Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

5 participants

Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Sasaye Lun 20 Déc 2010 - 2:16

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Sasaye Lun 20 Déc 2010 - 2:18


Wozo, kisa w panse?
Se travay Chancy wi.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Invité Lun 20 Déc 2010 - 15:46

ou fèm grangou sasaye!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Joel Lun 20 Déc 2010 - 15:51

Nou paka minimize valè travay sa yo non.
Depi apre lendepandans ,ti elit lan ap foure lan tèt moun yo ke se bagay ki fèt aletranje ki pi bon.Si de travay konsa ,de piblisite konsa fè moun yo panse otreman ;se ap yon avans.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Sasaye Lun 20 Déc 2010 - 17:07

Jowèl,
Se jisteman pou sa ke m mete pos saa.
Avèk piblisite saa moun pral achte manje ayisyen.
Kiltivatè ap pwoduy plis paske yo gen plis debouche,
machann pral gen plis komès,
restoran pral gen plis biznis.

Ekonomi an pral avanse paske mwens manje enpote.
Benefis dominiken ap fè lan voye manje ann Ayiti, pral diminye.
Plis moun ap travay.

Se konsa peyi devlope: plis pwoduy nasyonal, plis travay dirab, lajan ak sikile.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Le gros roseau Lun 20 Déc 2010 - 17:25

Sassaye

gen lè w konnen janm anvi manje sa yo ki fè w mande m sam panse.Mwen genyen yon doktè ayisyen ki te dim se nou ki genyen meyè kwisinn lan mon chè lèw jwen yon fanm ayisyennn ki konn fè manje se yon tresò.Se nan restoran dominiken kotem ye ya pafwa mal goute yon ti manje ki tankou sa lakay la.Gadem gade manje sa yo selman fem sonje lakay .bon ji kachiman. bon jan ji korosol;genyen yon manje manvi manje mwen pa konn ki jan poum fè manjel se yon mayi moulen Saint marc ki kwit ak bon jan andwi,ti sale. ak ji kokoye ak pwa rouj ak yon yon bon grenn pwason roz epi yon moso yanm blan.apre sa ou bwè yon jis kachiman ou byen melon deyel.ou byen yon kola spure deyel.apre sa wal pran yon ti movie nan kapitol ou byen paramount ou byen Rex teyat a swè ou genyen yon dyal 17 lane nan menw ki pou fè kè w kontan epi ou nan paradi wi.ah ah ah.

ki zafè manje enpote saa.si se pat yon paket sankoutya ki tap dirije peyi saa poukisa ayisyen ta beswen enpote manje ki pa natirel ke nou pa konnen ki maladi yo ka ba nou.menm ze wap manje isit pa genyen menm gou ak ze ke nou te konn manje lè nou te ti moun.lè w manje yon diri ak djonjon ak pisket se net al kole.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Invité Lun 20 Déc 2010 - 17:59

Sasaye a écrit:

Du non sens et de la masturbation mentale!!!!!!!!!!!!!!!

L'agriculture haitienne ne produit pas suffisamment pour nourrir la population locale....

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  revelation Lun 20 Déc 2010 - 20:40


Rozo di: lè w manje yon diri ak djonjon ak pisket se net al kole.
Roz! Sanble ke yo pa di wou ki kote ke djondjon sa yo donnen! Very Happy Very Happy

Plat manje sa yo bel se vre men se pa tout moun ki gen pouvwa lajan ki kap achte yon bel plat manje konsa.

Jan Colo di a, Ayiti pa pwodui ase manje pou bay 8 million moun manje chak jou.

Pito piblisite saa te montre moun kap planté e rekolté manje olye de rezilta final la. jan Colo di a se fil a langue ak la sisinn ke piplisite sa ap fe nou la.

T-Neg, Joel, Rozo, Sasaye etc yo tout anvi manje ayisyen, men lonje yon pikwa al pel ba yo pou yo simen e rekolte lajan, memm 2 jou yo pap kab fe nan travay saa.

Experyans saa te fet an Floride kote yo te chwazi redneck natif natal ameriken. yo bayo $30.00 dolla/heur pou yo te ranmase zoranj ak chadeq nan mitan soley cho Florida. Apre 2 jou travay yo pa tounnen anko!

Se sak fe ke mwen respekte travaye ayisyen ak mexiken!! Se gras a yo si'm kap manje yon bon tomate ak leti ou byen bwe yon bon ji zoranj!

Nap reve bel plat manje!! Travay la terre se travay ki di wi mesye!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Le gros roseau Lun 20 Déc 2010 - 22:49

Rev

Tande non travay la tè di si se ak pik ak ratwa wap laboure tè ya.Ou konn wè kote yon sel plantè ak yon traktè ap laboure des santenn dekta tè lè fini menm jou li plante .lè Colo di agrikilti ayisyen pa pwodwi ase manje poul nouri 10 milyon moun se vre.men sak fèl pa pwodwi ase se paske nou genyen yon paket snob kap dirije peyi sa twò lontan ki pa envesti nan sa ki nesesè yo pito ap imite sa franseuu genyen lakay yo;President , Premye Minis, Sena,minis de la kilti ,minis de la kondityon feminine.minis zafè etranje ke w pa janm wè.

Si o lye nou te genyen tout birokrat sa yo nou te genyen 10 bon Ministè ki genyen resous ase pou ogmante prodiktyon agrikol la jodya se pa an dominikani nou ta va achte manje.Se bagay saa ki fè mwen pa genyen kandida nan selektyon saa paske mwen pa wè youn ki pral chanje jan yo vle administre peyi ya.Deyè yo won epi yo vle pt kare.yo pito ap mande pou yo peye youn paket ambasadè ,Senatè depite, minis initil tandiske ke menm dlo pwop yo pa ka ba pep la.

A laj mwen ye la jodya sim di yon moun mwen ka al bay 10 zè de tan nan lagrikilti se manti ,men si yon nonm tankou Chancy fome yon konpayi ki ap pwodwi ze ,vyand ,let,fromaj ,yogut,bè nan peyi ya mon chè map envesti lajanm ladann wi.se bagay saa menm ki pou fet an ayiti ,Chancy pa beswen minis poul ede peyi ya.se pou gouvenman an anfème tè leta yo ba moun ki vle pwodwi manje ,fè elevaj nan peyi ya.Preval te di yon bagay yon fwa mwen dakò ak sa li te di ke agrikilti wou ak pikwa pa ka ba 10 milyon moun manje e se vre.Agrikilti ya vinn pi enpotan koulyè ya.paske si nou pa kwatruple pwodiktyon agrikol la ak ogmantatyon popilatyon saa se yon famine se pa grangou klokox selman ki pral genyen an ayiti.Se nou ki konnen ki sa nap fè.An touka mwen la map gade vre si nap kite peyi saa disparet.Kote agronom ki di li fò pase tout moun nan poukisa li pa ka fòme konpayi ki pou pwodwi manje nan peyi ya o lye lap defann lendefandab depi 10 zan sou internet la?Poukisa alexis pa metel ak preval pou yo fome yon konpayi tankou tyson food, kraft, delmonte,Dole etc?Poukisa yon nonm tankou jean Robert Estime pa ka fome yon konpayi tankou Mosanto an ayiti?Genyen moun ki di mwen se yon egri lè map kritike lelit di savwa saa.men God damn it show me what they have done to alleviate the sufferings of the people?Menm dlo pwop lelit di savwa saa pa ka ba pep la epi yon moun vle poum ba yo louwanj? pale franseuu pa enpresyonem ankò.se montrem sa w ka bay nan gad la.Pito se Chancy Preval te chwasi pou ranplase l.Palem de pititi pitit Louis dejoie yo dim ki ap travay pou ba pep la mnaje se moun sa yo ke mwen respekte.Moun tankou Edward Mews.gade ki jan Cowboy nan eta tankou Arizona anfème tè nan men leta pou yon ti kras lajan pou yo fè elvaj;se sak fè pap jnam genyen grangou klorok o Zteta zuni gouvenman rekonet valè agrikilti.Nou nou di peyi ya se yon peyi agrikol epi se sketèagrikol ke nou pi meprise. ki jan pou fè pa genyen grangou kloroks an ayiti.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Invité Mar 21 Déc 2010 - 6:43

Rèv, depi plis pase 180 an fanmi se agriltè nan commune jacmel nan leyogan. Jous granpapam mouri se de agrikilti li te viv. kounia se yon tonton'm ki pran mayet la

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Le gros roseau Mar 21 Déc 2010 - 8:00

Martine di lè moun pase nan lame tet yo pa dwat men li bliye se Paul Magloire ki te kreye ODVA e ki te bati barrage peligre la ki te la non selman pou ba zonn lan elektrisite men pou te arose dè milye de karo de tè.si apre depa magloire gouvenman kann kale ya te kreye plisyè ODVA nan tout depatman nan peyi o lye se pouvwa ak volè yo tap defann ,si yo te kontwole kwasans demografik la jodya se pa an dominikani nou ta va ap enpote manje.Si Doktè, antropolog, ehtnolog, politolog la ,pou moun ki ap pale de pi kapab yo te fè yon bon jan refom agrè pou ogmante prodiktyon agrikol jodya se pa grangou kloroks ki ta va ap koupe trip ayisyen ak yon kolera mete sou li.

konpare 6 zan Paul magloire ak 29 lane Duvalier yo na dim ki lès ki te fè plis pou peyi .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  revelation Mar 21 Déc 2010 - 11:16

Rozo di: Rev,

Tande non travay la tè di si se ak pik ak ratwa wap laboure tè ya.Ou konn wè kote yon sel plantè ak yon traktè ap laboure des santenn dekta tè lè fini menm jou li plante .

lè Colo di agrikilti ayisyen pa pwodwi ase manje poul nouri 10 milyon moun se vre.men sak fèl pa pwodwi ase se paske nou genyen yon paket snob kap dirije peyi sa twò lontan ki pa envesti nan sa ki nesesè yo pito ap imite sa franseuu genyen lakay yo.
Nou pa fi’n dako ak wou Rozo!
Fok wou di ke popilasyon peyi a ogmanté, e Rod San Malice toujou ap repete ke fok nou jwen yon solisyon pou diminye popilasyon saa.
kantite ekta ter arab yon diminye akoz de espas pou lojman tout moun sa yo.

Majorite terren prodiktif yo se nan morne e trakte pakab laboure morne e diriz ak pwa pa donnen nan morne.

Fok wou fe analiz cost and benefits, comparative advantaj, environman klimatik, finansman etc. avan ke investisman fet nan domaine sayo.
Anpil snob nan peyi Dayiti investi lajan yo nan izin mango, maiz, pwa, zaboka, e anpil lot prodwi agroindistryel, e pharmasetik ke nou we nan market Miami, Brooklyn, Montreal etc...

Poukisa ke prodwi lokal nou yo ap pran wout pou peyi blan?
Pou antre deviz money etranje, e ansouwit pep la pa gen yon pouvwa d’achat si li pa gen travay! Bay pep la travay, lap kab achte tout sa li vle bezwen.

Wou di ke « snob » kap dirije peyi a pa investi !
Se pa vre Rozo !
Mesye sa yo investi nan tout bagay ki bayo dividend ak intere. Memm nan ranmase KK, 10,000 solda MINUSTAH, ak restaurant e lHotel nan peyi a.
Bayakou se bizniss « number one » nan peyi Dayiti! Anpil kamyon seweraj, ak drenaj, antre nan peyi a sejou si.
L’argent n’a pas d’odeur mon frère!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Sasaye Mar 21 Déc 2010 - 12:20


Lè yon pos parèt sou fowom nan, mwen konnen alavans kijan chak entèvenan pral reyaji.
Gen nèg ki gade kontèks atik lan, yo analize valè l lan konteks bezwen peyi a, epi yo reyaji dapre sa.

Gen lot nèg ki pa menm pran tan pou yo li atik lan pou wè pozitif ak negatif, yo kouri voye monte pou la galri.

Gen lot anko ki obskirantis e yo bare la wout a tout lide pwogresis.

Mezanmi, lè nou pa dako avèk tèl ou tèl opsyon se pou nou di poukisa.
Sigjere altènativ paske se solisyon nou sipoze ap chèche.
Si yon moun mete yon atik ke li twouve ki enteresan oubyen itil,
se pa kanpe vinn kritike l, komante sou atik lan pito.

Pa ekzanp, mwen pa chwazi atik lan paske mwen anvi manje manje sayo.
Mwen pa bezwen ale ann Ayiti pou sa.
Tout engrendyen yo la e mwen gen moun ki kapab kwit yo.

Mwen mete l paske se yon aksyon pwogresif ki kapab ankouraje ayisyen konsome pwoduy lokal.

Sa vle di ogmantasyon pwodiksyon an, memsi li pa kapab bay 8 milyon moun manje, ogmantasyon kanmenm ki pou bay anpil moun travay ki ka pèmèt yo achte manje lokal yo epi pi bon kay pou yo rete.

Lè ayisyen vinn apresye pwodiksyon pa yo, yo pral achte plis, kiltivatè yo pral plante plis olye yo desann lan bidonvil lan gran vil yo.

Epi konsèp saa kapab aplike lan tout aktivite komèsyal lan peyi a.
Sa kapab fèt pou pwodiksyon rad, soulye, mèb et tout bagay.

Se pa yon kestyon de choute sou yon lide si se pa nou ki vini avèk li.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Le gros roseau Mar 21 Déc 2010 - 13:02

Rev

Lè m di snob mwen pa vle di boujwa yo non mwen pale neg ki ap imite strikti administratif ke lot moun genyen lakay san yo pa teni kont de beswen e moyen peyi ya.moun ki prefere konsome pwodwi etranje ki pafwa pa pi bon pase sa nou pwodwi lakay nou yo.nou te konn genyen bon bos tayè, bon boss kondonye ,bon ebenis ki te konn pwodwi bon jan meb ki dire.men jodya ayisyen pito mete pèpè sou yo depi se nan lot peyi li soti.

ou di pwa pa donnen nan mòn se pa vre mwen konn wè pye pwa kongo nan mòn.wi se vre fok gouvenman te kreye zonn kote ou pa ka bati kay.jodya yo dim ke Croix des bouquets ak Port-au-prince fè yon sel men si te genyen moun ki tap planifye vre eske zonn plenn yo pat dwe reserve pou lagrikilti selman konsideran ti kantite tè ke nou genyen.Se lotrejou mwen tande Preval di an nou agrandi vil yo an otè.men se bagay ki te pou fet depi lontan.zafè kontwol nesans saa e byen mwen pa kache di yon moun si pwochen gouvenman an pa mete yon fren nan bagay saa e byen kelke swa ed yo bay peyi ya se lave men siye a tè ;nap kouri tou dwat vè yon famine ki ap pi red pase grangou kloroks ke nou konstate jodya.se pa jodya moun ki wè pi lwen pase pwent nen yo ap pale de bay agrikilti priyorite nan peyi ya men fout bann snob yo pito ap depanse lajan pou peye birokrat initil o lye yo envesti ti resous peyi ya nan sa ki ka ogmante prodiktyon agrikol la.eske ayisyen te dwe ap achte ze an dominikani?or depi nou tou piti yo parann nou valè ze, let, fromaj,vyann nan nutrityon yon moun.menm lan mè ki antoure ayiti se li ki genyen Florida tou poukisa yon paket ameriken ka viv de la pèch epi ayisyen pa ka jwen ase pwason pou yo manje?nou ka gade kabrit ,poul, porc, bef, mouton,kodenn, kana tout kote nan peyi ya.poukisa genyen grangou kloroks saa aloske tout moun konnen ke ayisyen pa parese.Poukisa pa genyen dlo potab an ayiti e pa genyen secheres nan peyi ya?nenpot gouvènman ki pa ka ba pep li manje ak menm dlo pwop pou yo bwè pa merite eksiste.

Wi fok nou apresye sa nou pwodwi lakay nou.o lye nap achte sak sot nan lot peyi ,yon ayisyen santi li pi fyè sil ap manje yon pòm o lye li manje yon bon mango rosaly ou byen yon bon mango batis poukisa eske se vre pòm lan genyen pi bon gou ke mango a ou byen li pi nitritif? eske se vre diri Miami genyen pi bon gou pase diri lakay nou?poukisa li vann pi bon mache lakay nou ke sa nou pwodwi ya?kestyon sa yo fok nou pose yo tou.se pa chache job ke nou pa ka fè epi apre na di:" na naje poun soti","ou byen a lenposib nou toutouni."Si la marine pa metye w ou pa ka Kaptenn bato.Manyè konnen limit nou pou nou fout bouke avili peyi ya bann sankoutya.


Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  jafrikayiti Mar 21 Déc 2010 - 14:47

Sasaye ekri: "Mwen mete l paske se yon aksyon pwogresif ki kapab ankouraje ayisyen konsome pwoduy lokal"...


M ap ajoute, ekip KPL la gen lontan y ap feraye nan peyi a e se pa moun k ap pale pawòl tafya, yo aji. Ari (Fèy Vèt) nou remake nan plizyè videyo sa yo, se yon nèg ki gen anpil ane depi l ap feraye sou dosye sa a. Mwen te patisipe ak li nan yon seri emisyon sou Radyo Ginen ak Lòlò epi Manzè nan ane 1997-98 yo.

Depi mwen remake videyo Sasaye poste a, mwen mete li sou paj facebook mwen pou fè koze a mache. Ou pa ta fè ou yon lide kijan lide sa yo fè chimen yo. Se pa ni de ni 3 moun ki atire nan travay òganizasyon nou an ap fè paske nou chwazi non AKASAN an pou nou batize li. Chanjman mantal pa fèt bridsoukou. Se ranfòsman lide pozitif, konstriktif...chak moun bay yon inisyativ pozitif jarèt, jan li kapab epi ti pil, gwo pil...nou jwenn rezilta.

Se konsa, nan konferans Inisyativ Ottawa sou Ayiti nou te fè nan ane 2009 la, sa te fè mwen espantan epi kontan anpil lè Edwidge Danticat te reponn kesyon mwen te poze li osijè pwogram Lèt agogo ki pèmèt moun nan dyaspora a achte bèf pou ede peyizan Ayisyen jwenn aktivite komèsyal nan domèn pwodiksyon manje lokal....epi li te reponn mwen li deja pwopriyetè plizyè bèf.....

Olye nou rete anbreye sou negativite, annou kore sa k ap fèt ki pozitif, rezilta yo ka pa toujou vizib men yo la e yo dirab!

Bilolo pou tout gouvènè lawouze k ap simen bon semans...!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Le gros roseau Mar 21 Déc 2010 - 15:39

Gerard Bissainthe pwopose yon konsey pou kanalize jefò dyaspora ver yon menm bi mwen kwè se yon bon lide.tankou loubert te ekri nan yon teks fok nou rekonet ke politic echwe.ki jan nou ka fè pou nou ede frè ak sè nou yo san nou pa depann de gouvenman an e de leta.?Mwen kwè jodya tout ayisyen konsyan dwe rekonet nanpren oken Tonton Noel ou Imakile konseptyon ki ap retire nou nan sa nou ye,. se nou ki pou trouse manch nou pou nou mete men a la pat.fok genyen yon biro dyaspora an ayiti.mwen ta byen renmen achte kek bef tou.kek mouton, kek kabrit .men poum fè sa fok genyen la jistis ak la pè e la stabilite nan peyi ya.Fok hing hang pou pouvwa a fini.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti. Empty Re: Yon bon piblisite pou fè moun sèvi avèk pwoduy lokal ann Ayiti.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum