Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Haiti stands with Japan

3 participants

Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Haiti stands with Japan

Message  Invité Sam 12 Mar 2011 - 19:52


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  jafrikayiti Sam 12 Mar 2011 - 21:15

Mesye tit video sa pa apwopriye! Pou Ayiti kanpe ak Japon, se pou nou ta Aji pou ede sove lavi kèk Japonè oudimwens, ede sila yo ki siviv yo jwenn mwayen pou yo reprann lavi yo pi byen. Kriye se yon emosyon natirèl kay moun. Men, fè montaj - ki dayè parèt fo - ak 2 timoun ki chita nan lakou yon katafal kay ann Ayiti, ap gade videyo sou ipad, se pa sa ki reprezante "kanpe" ak kikseswa. Yo fin abitye n ak chobiznis twop.

Okontrè, nan moman an, se pou Ayisyen pran leson pou nou aprann kanpe menm jan ak Japon. Peyi sa a devlope yon sistèm enpresyonan, nan jan yo mete disiplin nan lavi yo, epi yo itilize teknoloji pou byennèt popilasyon yo.

Jodi a, yo nan lapenn e nou pa konnen ki gwo kalamite ki ka ajoute sou sa ki deja rive - sitou ak materyèl nikleyè yo....men se pa ni lapriyè, ni dlo nan je, ni konferans entènasyonal ak pwomès èd ki pral ede limanite chape. Se fome ponpye, ekipe sekouris, envesti lajan nou nan byennèt kolektivite a, se sa ki ka ede n chape!

Kanta pou noumenm Ayisyen, leson semenn sa a sè ke, chak kote tranblemanntè a te pase ane pase, li revizite yo ane sa a. Kidonk kriminèl ki fenk depanse 80 milyon goud nan kanaval sanwont yo a, yo va parèt figi yo devan moun de ran dlo de ran larim, jou malè retounen laky nou epi li jwenn nou toutouni anko!?

Nou dwe sispann fè teyat. Lavi 9 milyon moun enpotan, menmsi se plizyè milyon moun pov, yo chak gen yon sèvo ki gen menm potansyèl ak sèvo gwo jeni ki te viv sou tè sa a.....se opotinite nou pa kreye pou devlope kapasite 9 milyon jeni potansyèl sa yo.

Li lè pou nou sispann kriye. Yon tan pou chak bagay!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  Invité Sam 12 Mar 2011 - 21:46

Jaf,

Qu'est-ce que vous vous voulez proposer pour aider les Nippons?

Ou se yon Aristidiste traitre, ou desann Ayiti, bwè e piaffe ak Ram e tout lot enmi chèf la...

E pote videyo sou Entènèt pou frè pwopagand Micky....

Demen Titid ap tounen....e tout moun ap genyen pou reponn de zak malonèt yo devan li....


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  Sasaye Sam 12 Mar 2011 - 22:07


On ne peut donner que ce que l'on a.

Li malere ke Ayiti poko devlope e oganize ase pou voye avyon l avèk sekouris e ponpye pou ede Japon lan gwo trajedi la p travèse, menmjan yo te ede nou lè malè te frape nou 12 janvye ki sot pase laa.

Men sa nou kapab bay ki pa koute anyen, se sipo moral, senpati, enpati avèk bon souwè pou yo travèse trajedi san twop dey ak dezolasyon.

Yon not de senpati de gouvènman ayisyen an avèk yon manifestasyon epi yon konsè oganize pa atis ayisyen ann Ayiti e lan dyaspora a ta kapab reyini yon fon lajan ki ta yon senbòl kooperasyon anvè peyi saa ki toujou ap ede Ayiti.
Yo ede akoz de senpati yo genyen pou nou.
Yo pa bezwen ni Ayiti, ni ayisyen.

Nou ta kapab komanse sou fowomAyiti avèk yon moratoryòm sou voye gilbrèt, ranse e fè betiz. Trajedi konsa mande refleksyon e priz de konsyans pou sa ki kapab rive nou ankò.

Ann pran yon minit silans ak refleksyon pou soulaje pèp japonè an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  Le gros roseau Sam 12 Mar 2011 - 22:53

mwen segonde proposityon Sassaye ,mwen pral voye yon ti lajan ba la Kwa rouj demen,men tou se pa ed monetè selman ki genyen valè pafwa ed moral la pi bon toujou.Bagay sa yo komanse vreman inkyetan chak ane ou tande se yon tribilatyon nan yon peyi.ki mirak anti ameriken yo pa di se zam ameriken ap eseye ki fè sa tou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  Sasaye Sam 12 Mar 2011 - 23:36

Les stagiaires haïtiens au Japon sains et saufs après le tremblement de terre;
entre 10 et 15 autres Haïtiens vivent dans ce pays


Port-au-Prince, le 11 mars 2011 – (AHP) – Le chef de la mission japonaise de coopération, M Ota a fait savoir vendredi que les stagiaires haïtiens actuellement au Japon sont sains et saufs suite au violent tremblement de terre de 8.9 qui a frappé le pays, faisant quelque 1000 morts et des centaines de disparus, selon des chiffres provisoires communiqués par l'Agence Kyodo.

M. Ota a indiqué qu'il était encore trop tôt pour dresser un bilan officiel et précis des victimes, mais il a assuré que la vingtaine d'Haïtiens qui effectuent un stage dans son pays, n'ont pas eu de problèmes.

En dehors des stagiaires, entre 10 et 15 Haïtiens résident au Japon. On n'a pas encore de nouvelles précises sur leur situation. Le personel dipomatique haïtien dans ce pays est limité à 2 membres.

La ministre haïtienne des affaires etrangères s'est entretenu ce vendredi avec le chargé d'Affaires ai du Japon, Kentaro Minami, pour lui présenter ses condoléances . Un haut cadre du Ministère s'etait rendu auparavant à l'Ambassade du japon pour lui faire part des sympathies et de la solidarité du gouvernement après le séisme, le plus violent qui ait frappé ce pays.

La ministre Rey devrait également adresser un message en ce sens à son homologue japonais
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  jafrikayiti Dim 13 Mar 2011 - 12:07

Se ekzakteman sa Sasaye ak Wozo pwopoze yo ki pou fèt pou nou montre solidarite sensè ak Japonè yo. Se aksyon konkrè, kit se lajan, kit se yon èd moral, men fok li fèt nan nivo epi nan fom li dwe fèt pou li efikas.


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Haiti stands with Japan Empty Re: Haiti stands with Japan

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum