Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Tablette 11″ Xiaomi- Mi Pad 6 global version ...
Voir le deal
224.97 €

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

+4
Joel
kami
Rico
jafrikayiti
8 participants

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Sam 21 Mai 2011 - 22:55

Osijè relijyozite premyeminis presanti a, Msye Daniel Rouzier, kanmarad Piporiko ekri nan yon lot chenn diskisyon sou fowom nan:

"Peyi a pa ka "payer le luxe" pou yon Ayatola ap dirije. Kote separasyon Leta ak relijyon ye la a? Relijyon se yon zafè prive. Li pa dwe gen pa sou zafè Repiblik la...."

Mwenmenm, mwen pa kwè - e sitou mwen espere - Rouzier pa yon fanatik relijye nan pwen pou li ta merite konparezon ak yon Ayatola. Mèzalo, komantè sa a makonnen ekzaktman ak youn nan pi gwo enkyetid mwen genyen sou direksyon peyi a pran la a. Ayiti deja ap kokobe anba fos sipèstisyon ki lakoz anpil bagay pou nou ta twouse manch chemiz nou travay pou nou fè, se bouji n ap plede limen pou nou anrichi moun rich, epi anyen serye pa janm regle. Paregzanp, jiskaprezan konsèy elektoral la pwovizwa epi, chak fwa moun kravate yo amize yo rele "le peuple en ses comices", se yon tralala kote chak denominasyon relijyon blan ki ap fè kèt nan peyi a, rive chwazi reprezantan pa yo pou yo mete djobe nan mitan 9 raketè ki pote tit manm KEP (ki sètoblije avozod blan Washington yo keseswa sa ou tande zot ap di nan sèmon ekaristik la!).

Depi sou inogirasyon 14 me a, m ap sonnen lalam sou plas mesyedam gwo palto legliz yo pran nan seremoni pou resevwa nouvo prezidan an. Gen lè se yon eta Taliban Kretyen moun yo kwè Ayiti ye!? Mouche Kebreau fè yon diskou manchlong kote li touche tout koze eksepte krim Legliz Katolik fè osnon kosyone sou nasyon an, epi ki demach mesye ak wob long yo konte fè pou yo ede REPARE po kase yo. Okontrè, menm jan ak chèf biznis la, Joseph Ratzinger, ki ap boloze tankou Newon, nan gwo palè dore Vatikan an, "Mon Seigneur" mete mask odasye li nan figi li l ap fè pèp lamoral. Kidonk, nou rantre drèt dirèk nan rèy REYAKSYONÈ je chèch.

Remake, kit se Ozetazini, Lafrans, Langletè, Kanada....blan yo pa itilize mesye wob long yo anko pou fè teyat, lè yon nouvo chèf d Eta pran pouvwa. Yo kite seremoni akayik sa yo pou pèp yo fin delala anba kolonizasyon fizik, mantal ak sosyal yo....

Kidonk, diplomat "communauté internationale" yo chita byen banda nan seremoni sipèstisye a, y ap ri nan moustach pandan mouche Kébreau ap djèdjè, o wi, li lage fal peyi a nan men bon "Sen Joseph", "Sen Michelakanj" ak tout lot ti sen blan moun pa janm wè ak je yo.... pou yo pwoteje li kont sezon tanpèt 2011 lan.

Men, Sentoma yo pa wè se nan bidjè peyi a, pou resous ta mobilize pou bay Ayisyen pwoteksyon yo merite? Okontrè, y ap fè teyat pandan 1.2 milyon moun toujou anba tant, ekspoze devan tout kalite dipopo....epi, yomenm menm, menm jan ak gran prèt alepok Jezi yo, y ap prelase ansanm ak gwo palto ki nan pouvwa politik yo nan fèt tafyatè gwo kolèt - anwo tèt mon nan.

Se pa Osiris ki fè sipèstisyon blan kretyen yo se sou 100%manti li bati vre!? Mwen ta kontan wè Jezi a tounen tout bon vre jou 21 me 2011 sa a (jan youn nan chèf sipèstisyon sa a te pwofetize sa), pou li ta rantre nan tanp lan epi jwenn ap tout moun sa yo k ap pase pov vèv yo fin dechèpiye yo nan betiz ak lapriyè manch long yo a. Ala tab li ta vire tèt anba...ala kout rigwaz "monseigneur" ak "mon père" ta pran?

Toutotan nou nan rans "te deum", se sentom ki montre chenn nan tèt kontinye ap anpeche nou mache nan direksyon limyè ak libète.

SIPÈSTISYON PA JANM DEVLOPE PEYI. KIT SE SIPÈSTISYON NÈG, KIT SE SIPÈSTISYON BLAN! KASE CHENN YO FOUT!

http://www.godisnotwhite.com

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)


Dernière édition par jafrikayiti le Sam 21 Mai 2011 - 23:24, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Rico Sam 21 Mai 2011 - 23:06

SE MENM RADOT AK VYE MIT LWA, AFRIKA , LWA GINEN, LWA MONDONG NEGRO SPIRITYÈL E LATRIYE.

Tout kilti gen kinan yo, nan blofe moun.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Sam 21 Mai 2011 - 23:30

SIPÈSTISYON PA JANM DEVLOPE PEYI. KIT SE SIPÈSTISYON NÈG, KIT SE SIPÈSTISYON BLAN!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 7:59

jafrikayiti a écrit:SIPÈSTISYON PA JANM DEVLOPE PEYI. KIT SE SIPÈSTISYON NÈG, KIT SE SIPÈSTISYON BLAN!

Ebyen se pou voye je-w bo isit o Zetazini. Epi tou pa bliye ke wap pale nan vid paske majorite ayisyen pratike yon relijyon kelkonk. Aktyelman gin anpil relijyon kap nouri ayisyen se sak fe yap mache deye yo, kote ateis yo?
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Dim 22 Mai 2011 - 8:33

Kami,

Pratike relijyon ou se youn, enpoze li atravè lwa ak enstitisyon peyi a se yon lòt bagay.

Ozetazini, anpil moun rellijye,men yo pap mete nan lwa yo fòk Supreme Court ki gen dwa deside nan konfli elektoral yo gen 7 pwostestan sou 10 osnon kèk estipidite parèy. Ni non plis ou pap wè yo rele Bill Graham vin fè inogirasyon yon nouvo Prezidan.

Se pa yon kesyon pwomosyon osnon defann ateyis. Se yon kesyon defann yon Repiblik layik.

Jan nou renmen kopye sou blan. Pou ki se sa yo fè ki bon lakay yo nou refize kopye?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 8:49

jafrikayiti a écrit:Kami,

Pratike relijyon ou se youn, enpoze li atravè lwa ak enstitisyon peyi a se yon lòt bagay.

Ki politisyen ki taka vyole konstitisyon an? Mwen pa rezon pou ap pale anpil kont relijyon/koyans yon individi tankou Rouzier kom premye minis. Kom lot moun yo di piwo, Aristide te sevi ka relijyon li poul te rive prezidan.

Relijyon yon individi se afer pesonel li, respekte li minm jan nou respekte anti relijyon/ateism or whatever ou minm ak Joel.

Jafrika pa kouri devan ap imajine min sa Rouzier ka fe; an nou rete tann toujou. Si gen magouy ke se swa, map an premye fe appel a ou minm.

Kanta pou lwa KEP la, poukisa se konye-a wap fe bwi sou sa, pa bliye ke se depi an 1987 li te fet, epi men konye-a yo sot siyin amandman epi nou pat di anyin. Pa pran sa kom yon sije pou atake ni Rouzier ni Sweet Miki.

BTW, jan ou rayi politik Amerikin epi wap site yo kom model. mwen sezi kou-w berejenn Very Happy

Tet fret, chilax messye.



kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 9:02

KAMI;

Ki peyi ki fè TE-DEUM toujou?
Poukisa konstitisyon ayisyen pa rekonèt relijyon nasyonal epi tout fèt katolik yo se jou ferye?

Tankou JAF di ;nou priye twòp ;mwen ta renmen pou si yo nonmen ROUZIER ,se mete l o travay san li pa bezwen fè referans a relijyon.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Dim 22 Mai 2011 - 9:18

Tankou ou ka remake nan tèks mwen an, se pa Rouzier ki enkyetid mwen. Gen lontan m ap denonse koze distribisyon djòb nan KEP a bay raketè legliz yo. Tyeke achiv fowòm sa a ou va wè sa. Kanta pou inogirasyon 14 me a, se aspè sipèstisye nan diskou Kébreau fè nan seremoni manchlong lan mwen kritike.

Se pou Rouzier pratike relijyon li an prive. Ayiti dwe kite kafou tenten neyokolonyal sa a.

Legliz se yon zouti ki toujou itil reyaksyonè yo nan Ameriklatin. Lè ou bezwen zonbifye yon popilasyon blan yo konnen pa gen pi bon zouti pase sa.

jaf


Dernière édition par jafrikayiti le Dim 22 Mai 2011 - 9:46, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 9:43

Haiti tankou tout lot peyi gin kilti li, nou gen Te Deum pou instale prezidan sa fe pati de kilti nou, nou selebre 18 mai minm jan-an tou ak Te Deum, tout grand fet tradisyonel nan peyi-a toujour akonpaye de yon Te Deum ou lames. Si nou pa renmen Te Deum, kom Ayiti se yon peyi demokratik nou gin dwa sigjere yon referandum na we sa majorite peyi prefere.

Apre sa na adrese nou a Sweet Miki e ak 49e legislature an pou ler fin manda yo preske fini ya fe yon amandman nan konstitusyon an, nou gen 4 an ankor devan nou, al etidye.

kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 10:14

Zafè TE-DEUM lan ,lan konstitisyon an ?
Mwen kwè ke KONSTITISYON an pa rekonèt relijyon nasyonal.
Se lan konstitisyon ,FÈT DYE,LA TOUSEN,ASANSYON ,se jou ferye?
Lè m te timoun ,jou fèt prezidan MAGLWA ,si m sonje, te yon jou ferye.
Sou DIVALYE menm kesyon an pa t poze tou,paske misye se le 14 AVRIL li te fèt, ki te fèt PANAMERIKANISM tou.

Peyi dwe evolye ,bagay ki te konn fèt depi dikdantan pa nesesèman dwe fèt jodi an.
Se bagay sa a ki yon defo ka noumenm ayisyen ;nou refize chanje anyen.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 10:32

Joel,

Aler an Ayiti, ekri tout bagay sa yo sou pankat e peye moun al sikile nan peyi-a bon-n nouvel ou an, tankou paster pwotestan-an sot fe. Sa ta yon sous de revenue pou paket Ayisyen ki pap travay.

kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 10:41

MENM VODOU GIN TE DEUM PA LI ...LE YON MOUN FINN KANZO....M'TE WE SA LAN YON LAKOU LAN MAHOTTIERES .

Te deum laudamus , Thee, O God, we praise :Grand Dieu nous te prions et benissons ...



Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 10:54

kami a écrit:Joel,

Aler an Ayiti, ekri tout bagay sa yo sou pankat e peye moun al sikile nan peyi-a bon-n nouvel ou an, tankou paster pwotestan-an sot fe. Sa ta yon sous de revenue pou paket Ayisyen ki pap travay.



KAMI;
Se k ap diferans ant mwen ak ou ;mwen pa genyen bòn nouvèl;mwen pa di mwen konnen pase pè pap.
Se rezon sa a mwen pa relijye ;paske mwen kesyone tout bagay e si w kesyone relijyon ou pa p ka ""relijye"".

Si yon bagay pa fè sans pou mwen ;mwen kesyone l.
KAMI;
Si w se yon bon kretyen ,ou renmen pwochen w ;ou pa fè medizans,mal palan ,ou onèt dapre presèp relijjyon an ;""by all means"" rete yon bon kretyen.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 11:08

A tous ceux qui viendront,verront :

Kami est une penseuse humaniste de la foi chrétienne. Elle est patriote sans etre démagogue. Elle porte la couronne de sa moralite avec elegance, prudence et sagesse . Elle ne met jamais sa foi au sevice du parti-pris .Peut-être c’est la raison qui explique l’hypnotisme qu’elle exerce sur ses nombreux contraires.

En outre,elle est de ma "caste ". farao king queen flower
O que j'adore ce mot du marxisme depasse, a genoux et vaincu !
.


Dernière édition par deza le Dim 22 Mai 2011 - 11:12, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Mai 2011 - 11:12

jafrikayiti a écrit:Kami,

Pratike relijyon ou se youn, enpoze li atravè lwa ak enstitisyon peyi a se yon lòt bagay.

Ozetazini, anpil moun rellijye,men yo pap mete nan lwa yo fòk Supreme Court ki gen dwa deside nan konfli elektoral yo gen 7 pwostestan sou 10 osnon kèk estipidite parèy. Ni non plis ou pap wè yo rele Bill Graham vin fè inogirasyon yon nouvo Prezidan.

Se pa yon kesyon pwomosyon osnon defann ateyis. Se yon kesyon defann yon Repiblik layik.

Jan nou renmen kopye sou blan. Pou ki se sa yo fè ki bon lakay yo nou refize kopye?

Eske w sur de sa w ekri a? Eske w sur ke Bill Graham pat ofisye lan inogirasyon Clinton ou yon lót prezidan Ameriken? E pi m'trouve ke USA pa on bon ekzanpl, si on moun vle pale de kote relijyon ak lEta separe tou d'bon.

Si m'ta vle pale de Repiblik layik mwen ta pi vit pran Lafrans kom ekzanpl avan USA.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Dim 22 Mai 2011 - 11:55

Ou gen rezon wi Martine, si ou konpare Etazini ak Lafrans, modèl Lafrans lan pi layik epi pi fè sans pase pa Meriken yo. Mèzalò, menmsi ou konpare sitiyasyon Ayiti ak Etazini, ka pa nou pi grav lontan. Omwens Ozetazini gen yon deba sou koze a, e li klè prezans relijyon nan seremoni inogirasyon yo, se pa yon bagay ki konstitisyonèl ni non plis se pa prezans lidè relijye yo ki reprezante nannan seremoni ofisyèl la. Ojis, menm itilizasyon mo jenerik "God" la nan sèman prezidansyèl la yo kesyone l ozetazini.

Tyeke atik sa yo:

Presidential Inauguration Remains Unconstitutionally Religious ....Several months ago, Michael Newdow began legal proceedings, along with over 230 other plaintiffs, against two components of the inaugurations:
The addition of the term “so help me God” in the presidential oath. Note that the word “God” isn’t in the original Presidential Oath of Office in the Constitution.
Government-sponsored use of clergy members to issue public prayers both before and after inoguration ceremonies (invocation and benediction). It’s tradition for 2-4 clerics to be invited for that purpose. Both practices violate the Establishment and Free Exercise Clauses of the First Amendment and are therefore unconstitutional...

The new lawsuit says in part, “There can be no purpose for placing ‘so help me God’ in an oath or sponsoring prayers to God, other than promoting the particular point of view that God exists.”

Newdow said references to God during inauguration ceremonies violate the Constitution’s ban on the establishment of religion...

http://www.atheistreality.com/presidential-inauguration-remains-unconstitutionally-religious

Ou kapab ale nan paj sa a pou ou wè istorik wòl Billy Graham jwe nan inogirasyon ki pase Ozetazini yo. Pa bliye, gen yon diferans enpòtan ki merite fèt ant seremoni prive epi seremoni nasyonal, epi sa ki konsakre nan lwa ak enstitisyon nasyonal peyi a.

Alewè: Presidential Inaugural Prayers and Sermons of Billy and Franklin Graham
http://www.wheaton.edu/bgc/archives/inaugural01.htm



jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 12:38

martine la tourmente a écrit:
jafrikayiti a écrit:Kami,

Pratike relijyon ou se youn, enpoze li atravè lwa ak enstitisyon peyi a se yon lòt bagay.

Ozetazini, anpil moun rellijye,men yo pap mete nan lwa yo fòk Supreme Court ki gen dwa deside nan konfli elektoral yo gen 7 pwostestan sou 10 osnon kèk estipidite parèy. Ni non plis ou pap wè yo rele Bill Graham vin fè inogirasyon yon nouvo Prezidan.

Se pa yon kesyon pwomosyon osnon defann ateyis. Se yon kesyon defann yon Repiblik layik.

Jan nou renmen kopye sou blan. Pou ki se sa yo fè ki bon lakay yo nou refize kopye?

Eske w sur de sa w ekri a? Eske w sur ke Bill Graham pat ofisye lan inogirasyon Clinton ou yon lót prezidan Ameriken? E pi m'trouve ke USA pa on bon ekzanpl, si on moun vle pale de kote relijyon ak lEta separe tou d'bon.

Si m'ta vle pale de Repiblik layik mwen ta pi vit pran Lafrans kom ekzanpl avan USA.


M...
Ou ta gen dwa wè BILLY GRAHAM wi ;men se jis pou l pwononse yon priyè .Ou wè diferan ""fwa"" yo fè priyè lan inogirasyon.
Lan KONGRÈ an menm BOUDIS,ENDOU konn fè priyè pou inogire sesyon yo.
Ann AYITI menm se LEGLIZ KATOLIK sèlman ki gen dwa o chapit.
Wi modèl FRANSE an ,repiblik layik lan se pi bon modèl lan ;men sa pa t fèt dijou o lendmen non.

Se apre anpil konba wi e lè legliz katolik reyalize sa t ap fèt ,li te rantre lan tantatv koudeta wi ak JENERAL BOULANGER.Pa gen anyen ki nèf non; anyen.
Tankou JACQUES DELORS te di l ;ansyen koloni FRANSE yo gen tandans pou yo imite sa k pi mal ka FRANSE yo ,yo pa imite sa k bon.
Jan AYITI an ,se konsa franse yo te ye ,yo korije l ;ann AYITI menm y ap bay yon milyon rezon pou bagay yo rete jan yo ye an


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 12:56

deza a écrit:A tous ceux qui viendront,verront :

Kami est une penseuse humaniste de la foi chrétienne. Elle est patriote sans etre démagogue. Elle porte la couronne de sa moralite avec elegance, prudence et sagesse . Elle ne met jamais sa foi au sevice du parti-pris .Peut-être c’est la raison qui explique l’hypnotisme qu’elle exerce sur ses nombreux contraires.

En outre,elle est de ma "caste ". farao king queen flower
O que j'adore ce mot du marxisme depasse, a genoux et vaincu !
.

Merci DEZA! queen

Kitem di nou mesye, an nou pran egzanp Martelly ki katolik, se tout dwa li poul mande Legliz poul fe Te Deum pou li.

Aristide kam vodouizan konveti te gin manbo ak boko vin-n ofisye nan instalasyon kom prezidan; se tout dwa li.

Yon pwotestan monte prezidan se tout dwa li poul fe yon seremoni d'Action de Grace nan installation li.

Pa vin-n palem de peyi etranje ni de Billy Graham

Min sa konstitisyon an di konsenan pratik relijyon

SECTION D :
DE LA LIBERTÉ DE CONSCIENCE

Article 30:
Toutes les religions et tous les cultes sont libres. Toute personne a le droit de professer sa religion et son culte, pourvu que l'exercice de ce droit ne trouble pas l'ordre et la paix publics.

Article 30.1:
Nul ne peut être contraint à faire partie d'une association ou à suivre un enseignement religieux contraire à ses convictions.

Article 30.2:
La loi établit les conditions de reconnaissance et de fonctionnement des religions et des cultes.

Male tou
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 13:22

Pour vous edifier:





Dernière édition par kami le Dim 22 Mai 2011 - 13:23, édité 1 fois
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 13:22

[quote="kami"]
deza a écrit:[size=24][i]

Aristide kam vodouizan konveti te gin manbo ak boko vin-n ofisye nan instalasyon kom prezidan; se tout dwa li.



Kilè ARISTIDE te vodouyizan an? .Se yon bagay w ap aprann mwen.
Aristide pa t brav ase.Misye pa t ka fè menm jan ak presidan EVO MORALES ke lè li t ap inogire se lan yon seremoni piblik relijyon ENDYEN BOLIVI yo ,li t ale.

Menm pwent pye yo ,yon prezidan AYISYEN pa p mete lan yon ONFÒ.
Mezi kritike yo te kritike ARISTIDE paske l te jis di ke relijyon VODOU an gen dwa tou

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 13:36

kami a écrit:
Pour vous edifier:





Wi mwen konnen ke krisyanism te an ETYOPI ,500ZAN ou plis anvan l te ann EWÒP.
ETYOPI pa twò lwen IZRAYÈL e kiltirèlman li pa t twò distan de rès zòn lan kote relijyon kretyen t ap boloze.
Anvan sa ,te gen anpil ETYOPYEN ki te JWIF;anviwon 500 zan anvan JEZIKRI.

Palan de EWÒP ,nou konprann se konsa konsa relijyon kretyen an te etabli ann EWÒP ?
EWOPEYEN yo te rendong;sa k epe wi krisyanism layite kò l.EWOPEYEN yo te gen relijyon yo ,yo pa t vle konvèti non

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Maximo Dim 22 Mai 2011 - 13:38

[quote="Joel"]
kami a écrit:
deza a écrit:[i]

Aristide kam vodouizan konveti te gin manbo ak boko vin-n ofisye nan instalasyon kom prezidan; se tout dwa li.



Kilè ARISTIDE te vodouyizan an? .Se yon bagay w ap aprann mwen.
Aristide pa t brav ase.Misye pa t ka fè menm jan ak presidan EVO MORALES ke lè li t ap inogire se lan yon seremoni piblik relijyon ENDYEN BOLIVI yo ,li t ale.

Menm pwent pye yo ,yon prezidan AYISYEN pa p mete lan yon ONFÒ.
Mezi kritike yo te kritike ARISTIDE paske l te jis di ke relijyon VODOU an gen dwa tou



[size=18]Yo pa mete pye yo nan ou onfo men yo fè onfo vini jwen yo, pa gen on politisyen ayisyen ki pa gen ougan'l.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 13:48

Wi mwen konnen ke krisyanism te an ETYOPI ,500ZAN ou plis anvan l te ann EWÒP.

Alor sispann di ke kristyanite se relijyon blan

Minm jwif sa yo kite bayo relijyon hebre an se minm kalite jwif sa yo kite minen kristianite an Afrik.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Dim 22 Mai 2011 - 14:24

Te deum nan listwa peyi nou:

"...Lè Kolonèl Paul Eugène Magloire rive Gonayiv, se Monseyè Robert ki ansanse misye epi mete bon jan van nan vwèl li. Moseyè Robert sa a ou tande a...misye te pè nan pawas Pòtoprens men, menm lelit reyaksyonè lavil Pòtoprens lan te twouve misye cho pase dife lanfè, twò cho devan bann nan nan kanpay REJETE a. Yo te bay misye pwomosyon Monseyè pou yo te ka retire li nan kòsaj yo ekspedye l al pèsekite malere nan lavil Gonayiv pito. Kidonk, nan lavil Gonayiv, se Monseyè Robert ki resevwa Sekretèdelenteryè Paul Eugène Magloire. Nan mitan Te Deum nan, Monseyè enpwovize yon litani lwanj pou Magloire. Li deklare kare bare ke se Bondye menm nan sajès li ki te chwazi Magloire kòm "sovè peyi d Ayiti". Monseyè rapousib sou menm boulin nan li di: daprèzavwa tout pouvwa se Bonde ki bay sa, lepèp sètoblije lapoula koube devan volonte Bondye. Se konsa Magloire sòti nan katedral la gonfle tankou konpè pan antoure ak sòlda an pozisyon de gè. Sou woulib sa a, paltan li rive lavil Okap, se an chèfdeta yo resevwa Paul Eugène Magloire menmsi eleksyon pot ko menm fèt.

A eleksyon! sa se ti fòmalite deryen ditou. Trapde "Assemblée Constituante" te gen tan fòme... Natirèlmman, lame pran sa an men epi, 8 oktòb 1950, «tel que convenu en hauts lieux» Jeneral Paul Eugene Magloire pran pouvwa a ansakalite de "president de doublure" ki dirije nan entèrè oligachi tradisyonèl la ant 1950 epi 1956.

Sous: Griyo # 52 (Dumarsais Estimé yon prezidan ki make listwa peyi d Ayiti) - 28 Oktòb 2001 - Seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi nan Ginen - Jafrikayiti


Nou retounen sou chimen listwa nan finisman ane 1802, kòmansman ane 1803 kote youn sèten Jeneral Donatien Rochambeau ap panike pitit Bondye sou zile Ayiti. Pou nèg Afriken, ti kolon franse rasi kou sitwon sa-a ki ranplase Jeneral Leklè te reprezante dyab sou latè. Li voye chèchè yon kalte gwo bouldòg yo drese ekspre sou zile Kiba pou devore nèg Afriken, fanm tankou gason, grandèt tankou tilezanj. Poutan, sou chè legliz kote yo fè seremoni pou rekonèt li kòm ranplasan Jeneral Leklè sou zile a, monpè deklare kijan tout kolon blan parèy li chanse dèske yo gen kòm jeneral mouche sa-a yo bay pou Rochambeau a, paske li swadizan gen youn kè nòb, li se moun bon ras, bonjan Katolik k ap defann enterè zansèt li.

Sous: Griyo Nimewo 18 – Rochambeau dyab sou tè (14 novanm 1999) - Seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi nan Ginen - Jafrikayiti

Le général Rechambeau était au Port-Républicain quand il apprit la nouvelle de la mort de Leclerc. Il fut installé en l'église de cette ville, dans sa nouvelle dignité de capitaine général de la colonie. La cérémonie fut pompeuse. Le préfet apostolique Lecun exprima, en chaire, combien le général Leclerc avait laissé de regrets, tout en faisant ressortir la sollicitude que le général Rochambeau portait aux habitants de la colonie, les talents militaires de ce guerrier, le sang illustre de ses aïeux, la noblesse de son cœur, et son amour pour la religion de ses ancêtres.

Sous: Histoire d'Haiti, Volume 2 By Thomas Madiou, paj 371
http://books.google.ca/books?id=it8CAAAAYAAJ&vq=lecun&pg=PA371#v=onepage&q&f=false



jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 14:51

kami a écrit:
Wi mwen konnen ke krisyanism te an ETYOPI ,500ZAN ou plis anvan l te ann EWÒP.

Alor sispann di ke kristyanite se relijyon blan

Minm jwif sa yo kite bayo relijyon hebre an se minm kalite jwif sa yo kite minen kristianite an Afrik.


KAMI ;

Eske m te di ke krisyanite se relijyon blan.Gen anpil bagay ke nou konprann se bagay blan ,se pa sa non.

Anpitou krisyanite ann EWÒP lan pa menm jan ak sa ann ETYOPI an non.KRETYEN ETYOPYEN yo ,se te lan menm tradisyon JWIF lan yo te ye wi.
Si w te vle KRETYEN ann ETYOPI ou kretyen ,men si w pa t vle kretyen tou ,yo pa t pre pou yo pase w pa lè zam.

Palan de bagay sa k blan ak sa k pa blan an .
Mwen fèt kòmande liv MARTIN BERNAL lan ""BLACK ATHENA-THE AFROASIATIC ROOTS OF GREEK CIVILIZATION"" lan AMAZON.COM.

Gen anpil bagay nou konprann se bagay blan ,se pa bagay blan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum