Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

+4
Joel
kami
Rico
jafrikayiti
8 participants

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Sam 21 Mai 2011 - 22:55

Rappel du premier message :

Osijè relijyozite premyeminis presanti a, Msye Daniel Rouzier, kanmarad Piporiko ekri nan yon lot chenn diskisyon sou fowom nan:

"Peyi a pa ka "payer le luxe" pou yon Ayatola ap dirije. Kote separasyon Leta ak relijyon ye la a? Relijyon se yon zafè prive. Li pa dwe gen pa sou zafè Repiblik la...."

Mwenmenm, mwen pa kwè - e sitou mwen espere - Rouzier pa yon fanatik relijye nan pwen pou li ta merite konparezon ak yon Ayatola. Mèzalo, komantè sa a makonnen ekzaktman ak youn nan pi gwo enkyetid mwen genyen sou direksyon peyi a pran la a. Ayiti deja ap kokobe anba fos sipèstisyon ki lakoz anpil bagay pou nou ta twouse manch chemiz nou travay pou nou fè, se bouji n ap plede limen pou nou anrichi moun rich, epi anyen serye pa janm regle. Paregzanp, jiskaprezan konsèy elektoral la pwovizwa epi, chak fwa moun kravate yo amize yo rele "le peuple en ses comices", se yon tralala kote chak denominasyon relijyon blan ki ap fè kèt nan peyi a, rive chwazi reprezantan pa yo pou yo mete djobe nan mitan 9 raketè ki pote tit manm KEP (ki sètoblije avozod blan Washington yo keseswa sa ou tande zot ap di nan sèmon ekaristik la!).

Depi sou inogirasyon 14 me a, m ap sonnen lalam sou plas mesyedam gwo palto legliz yo pran nan seremoni pou resevwa nouvo prezidan an. Gen lè se yon eta Taliban Kretyen moun yo kwè Ayiti ye!? Mouche Kebreau fè yon diskou manchlong kote li touche tout koze eksepte krim Legliz Katolik fè osnon kosyone sou nasyon an, epi ki demach mesye ak wob long yo konte fè pou yo ede REPARE po kase yo. Okontrè, menm jan ak chèf biznis la, Joseph Ratzinger, ki ap boloze tankou Newon, nan gwo palè dore Vatikan an, "Mon Seigneur" mete mask odasye li nan figi li l ap fè pèp lamoral. Kidonk, nou rantre drèt dirèk nan rèy REYAKSYONÈ je chèch.

Remake, kit se Ozetazini, Lafrans, Langletè, Kanada....blan yo pa itilize mesye wob long yo anko pou fè teyat, lè yon nouvo chèf d Eta pran pouvwa. Yo kite seremoni akayik sa yo pou pèp yo fin delala anba kolonizasyon fizik, mantal ak sosyal yo....

Kidonk, diplomat "communauté internationale" yo chita byen banda nan seremoni sipèstisye a, y ap ri nan moustach pandan mouche Kébreau ap djèdjè, o wi, li lage fal peyi a nan men bon "Sen Joseph", "Sen Michelakanj" ak tout lot ti sen blan moun pa janm wè ak je yo.... pou yo pwoteje li kont sezon tanpèt 2011 lan.

Men, Sentoma yo pa wè se nan bidjè peyi a, pou resous ta mobilize pou bay Ayisyen pwoteksyon yo merite? Okontrè, y ap fè teyat pandan 1.2 milyon moun toujou anba tant, ekspoze devan tout kalite dipopo....epi, yomenm menm, menm jan ak gran prèt alepok Jezi yo, y ap prelase ansanm ak gwo palto ki nan pouvwa politik yo nan fèt tafyatè gwo kolèt - anwo tèt mon nan.

Se pa Osiris ki fè sipèstisyon blan kretyen yo se sou 100%manti li bati vre!? Mwen ta kontan wè Jezi a tounen tout bon vre jou 21 me 2011 sa a (jan youn nan chèf sipèstisyon sa a te pwofetize sa), pou li ta rantre nan tanp lan epi jwenn ap tout moun sa yo k ap pase pov vèv yo fin dechèpiye yo nan betiz ak lapriyè manch long yo a. Ala tab li ta vire tèt anba...ala kout rigwaz "monseigneur" ak "mon père" ta pran?

Toutotan nou nan rans "te deum", se sentom ki montre chenn nan tèt kontinye ap anpeche nou mache nan direksyon limyè ak libète.

SIPÈSTISYON PA JANM DEVLOPE PEYI. KIT SE SIPÈSTISYON NÈG, KIT SE SIPÈSTISYON BLAN! KASE CHENN YO FOUT!

http://www.godisnotwhite.com

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)


Dernière édition par jafrikayiti le Sam 21 Mai 2011 - 23:24, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas


Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 15:14

kami a écrit:
Wi mwen konnen ke krisyanism te an ETYOPI ,500ZAN ou plis anvan l te ann EWÒP.

Alor sispann di ke kristyanite se relijyon blan

Minm jwif sa yo kite bayo relijyon hebre an se minm kalite jwif sa yo kite minen kristianite an Afrik.
.
en effet, Il est interéssant de savoir que le christianisme est devenu religion d'état en 330.Alors que le christianisme s'implantait dans l'empire romain en 380. La plus vielle Bible est en Éthiopie si je ne me trompe pas, le Cannon est pratiquement identique avec quelques apocryphes rien de majeur.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Mai 2011 - 15:16

Joel a écrit:M...
Ou ta gen dwa wè BILLY GRAHAM wi ;men se jis pou l pwononse yon priyè .Ou wè diferan ""fwa"" yo fè priyè lan inogirasyon.
Lan KONGRÈ an menm BOUDIS,ENDOU konn fè priyè pou inogire sesyon yo.
Ann AYITI menm se LEGLIZ KATOLIK sèlman ki gen dwa o chapit.
Wi modèl FRANSE an ,repiblik layik lan se pi bon modèl lan ;men sa pa t fèt dijou o lendmen non.

Se apre anpil konba wi e lè legliz katolik reyalize sa t ap fèt ,li te rantre lan tantatv koudeta wi ak JENERAL BOULANGER.Pa gen anyen ki nèf non; anyen.
Tankou JACQUES DELORS te di l ;ansyen koloni FRANSE yo gen tandans pou yo imite sa k pi mal ka FRANSE yo ,yo pa imite sa k bon.
Jan AYITI an ,se konsa franse yo te ye ,yo korije l ;ann AYITI menm y ap bay yon milyon rezon pou bagay yo rete jan yo ye an

Se sa wi J.... Se pou sa menm mot petiboujwa gen on konotasyon negatif la dan'l wi. Se paske petiboujwa gen tandans tchenbe tout valè konsèvatris sa yo. Se sa ki fè ke m'konn ap sekwe tèt a'm lè yon koloniza ap rele lót kongo.

Jodi a, gen anpil parwas katolik, se prètr Afriken ki prensipal selebran lè dimanch, e pi Ruandais, Congolais, moun sa yo pi katolik, yo pi kretyen pase tout moun.

Do I need to add that it's a pleasure to read you? Le plus civilisé n'est pas celui qui croit l'être... Hum!

An pasan, m'ap di JAF mèsi pou referans yo.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Dim 22 Mai 2011 - 15:35

Kami,

Joel bay bon referans pou esplike diferans ant Relijyon Krisyanis la epi vèsyon ewosantrik relijyon sa a. Malerezman, pou rezon istorik, se vèsyon ewosantrik la k ap boloze Ayiti. Gen 2 pèsonaj santral pou ou konnen pou k konprann ki jan Krisyanis Ewosantrik la vin pran fos sou latè: Paul ak Konstanten. Ou ka jwenn plis detay sou istorik Krisyanis ewosantrik la, ki se yon relijyon mwen fèt epi grandi ladan li, nan liv mwen ki disponib gratis sou entènèt la: VIV BONDYE! ABA RELIJYON!

http://www.lulu.com/items/volume_65/1728000/1728817/2/print/1728817.pdf

Yon Juif ki abitye kolabore ak lame Women nan pèsekite “Juif-Kretyen” yo deklare li konvèti paske nan zòn ane 33 EK li te fè vizyon
Jezi (resisite) ap pale ak li gwo lajounen. Juif sa a, ki te rele Pòl, vide agiman jouk orezime li pran lidèchip sèk la epi li kòmanse fè lalwa
ladan li, apati yon seri lèt li ekri epi kontak li tanmen ak ti kominote “Juif-Kretyen” epi lòt moun ki pa Juif ki epapiye toupatou anndan
teritwa Women an, lòt bò dlo nan Lewòp, Lafrik epi Laziminè (Travay vèsè 9).

CHAPIT 1 - BONDYE
Viv Bondye! 1
Bondye se Manman Lavi ak Lakonesans 14
Yon pèp Bondye pi pito? 20

CHAPIT 2 - RELIJYON
Ki jan relijyon Krisyanis la debake Ayiti? 24
Ki jan relijyon Krisyanis la fòme? 49
Èske se vre makdwèt moun fè mikalaw nan Bib la? 75
Poukisa Pastè ak Monpè bèbè sou dosye a? 91

CHAPIT 3 - L IBÈTE/ LAVERITE
Bondye ak relijyon se lajounen ak lannuit 115
Doub manti fè dekabès 128
Poukisa sipèstisyon kokobe Ayiti toujou? 133
Libète – pran pou nou pran l 139
Definisyon kèk mo 151
Referans 154
Dokiman ak temwayaj 157

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 17288110

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  piporiko Dim 22 Mai 2011 - 16:16

JAF,JOEL
Mwen louvri pos sou Daniel Rouzier a ,se atansion mwen te vle atire sou ravaj ak inflians nefas relijion gen sou mach yon sosyete.Sa menenm poze yon lot kesion .Pouki sa moun sou enfliyans relijion yo violan konsa?Mwen gen ke sote pi plis le mwen we neg sa a ap fe apoloji politik Milton Fridman lan o Chili .Map pibliye latik sa a kote li tap souti kandidati Simeus an 2005.Moun tankou Gerard Rouzier violan ,len konsidere patisipasionl nan GNB a.Pou mwen se yon konportmananimal.Pou ki sa mwen di sa?
Yo di mesye a se yon moun entelijan men sa pa retire lefet ke li aji tankou animal.Li pa diferan tankou lot moun ki fe lager tout o lon de listwa pou motif relijye.Toujou gen yon jistifikasion pou moun tankou Daniel Rouzier fe moun la ger.Pa ekzanmp si wal nan bib la ,pran istwa Abel ak kayen jiska Duvalye,Bush,Rouzier ,Martelly,se toujou sak pi fo a,pi pisan an kap kraze zo e efase sak pi pitia.Kan Daniel Rouzier fe referans a relijion e ak labib li vle pale.An palan de bib la,si yon moun pran ansyen testaman,tankou jan yo vle fe kwe a,se pa yon zafe de konpasion,de pardon.Se pito je pou je,dan pou dan.Se efase gran moun ti moun ,bet.Ki les ki fe yo "PE LETERNEL".
Ki donk yon moun san konpasion tankou Daniel Rouzier se mete plis abse sou klou.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 16:26

jafrikayiti a écrit:Kami,

Joel bay bon referans pou esplike diferans ant Relijyon Krisyanis la epi vèsyon ewosantrik relijyon sa a. Malerezman, pou rezon istorik, se vèsyon ewosantrik la k ap boloze Ayiti. Gen 2 pèsonaj santral pou ou konnen pou k konprann ki jan Krisyanis Ewosantrik la vin pran fos sou latè: Paul ak Konstanten. Ou ka jwenn plis detay sou istorik Krisyanis ewosantrik la, ki se yon relijyon mwen fèt epi grandi ladan li, nan liv mwen ki disponib gratis sou entènèt la: VIV BONDYE! ABA RELIJYON!

http://www.lulu.com/items/volume_65/1728000/1728817/2/print/1728817.pdf

Yon Juif ki abitye kolabore ak lame Women nan pèsekite “Juif-Kretyen” yo deklare li konvèti paske nan zòn ane 33 EK li te fè vizyon
Jezi (resisite) ap pale ak li gwo lajounen. Juif sa a, ki te rele Pòl, vide agiman jouk orezime li pran lidèchip sèk la epi li kòmanse fè lalwa
ladan li, apati yon seri lèt li ekri epi kontak li tanmen ak ti kominote “Juif-Kretyen” epi lòt moun ki pa Juif ki epapiye toupatou anndan
teritwa Women an, lòt bò dlo nan Lewòp, Lafrik epi Laziminè (Travay vèsè 9).

pouki ethyopien pa efase pol sil li nefas konsa

CHAPIT 1 - BONDYE
Viv Bondye! 1
Bondye se Manman Lavi ak Lakonesans 14
Yon pèp Bondye pi pito? 20

CHAPIT 2 - RELIJYON
Ki jan relijyon Krisyanis la debake Ayiti? 24
Ki jan relijyon Krisyanis la fòme? 49
Èske se vre makdwèt moun fè mikalaw nan Bib la? 75
Poukisa Pastè ak Monpè bèbè sou dosye a? 91

CHAPIT 3 - L IBÈTE/ LAVERITE
Bondye ak relijyon se lajounen ak lannuit 115
Doub manti fè dekabès 128
Poukisa sipèstisyon kokobe Ayiti toujou? 133
Libète – pran pou nou pran l 139
Definisyon kèk mo 151
Referans 154
Dokiman ak temwayaj 157

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 17288110

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Dim 22 Mai 2011 - 16:51

T-Nèg ekri "pouki Etyopyen yo pa efase Pol sil li nefas konsa?"

Se konsa nou ta ka mande pou ki Ayisyen pa efase Christophe Colomb ki te sou premye paj liv listwa peyi yo. Pou kisa gen Ayisyen ki rele pitit yo Napoléon? Ou mèt si genyen ki ta two kontan rele pitit yo Rochambeau. Listwa se listwa, relijyon se relijyon. E malerezman, laplipa moun relijye, pa vle, osnon pa kapab, mete evenman yo nan kontèks istorik yo. Kidonk, yo pa konprann kontèks politik Jezi t ap evolye ladan l lan, ni non plis yo pa okouran konfli ki te ekziste anndan sèks Krisyanis la ant Pol epi fanmi Jezi yo. Se bagay ki prèske pase inapèsi, osnon ki san konsekans pou Kretyen modèn yo. Poutan chirepit sa a se yon bagay fondamantal pou yon moun konprann pakou relijyon sa a.

An pasan, se pa paske vèsyon Etyopyen an pi ansyen ki vle di li gen iminite kont sipèstisyon. Alabaz tout kwayans nan bèl mèvèy pataje yon seri karakteristik ki depaman ak reyalite verifyab. Alalong listwakont pran plas listwa, lejand tounen mirak.

Moyiz fann lamè 2 bout, Makandal tounen marengwen, se menm fenomèn nan...listwakont!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 16:59

Mesye,

Mesi anpil pou referans sa yo, mwen ta renmen konen eske se blan ou nwa ki ekri yo?


Pouki sa moun sou enfliyans relijion yo violan konsa?

Eske se sak fe aristide tap fe patizanl yo boule ak touye tout moun ki pat lavalas konsa?
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 17:17

TiNEG,

Mesi pou patisipasyon ou.

Ti-NEG,

Ou konen sa papam dim, se yon pet de tan pou ap engage-w nan yon diskisyon ak moun ki epouze ide sila yo. e si wap chache konen wap we ke te gin yon deblozay kelkonk lakay yo.

Moun sa yo toujou ap cheche e jwen yon isu swa pou yo ka diferan, swa pou yo ka ala mode. Se minm jan ak ler yon ayisyen gin foli komunis se toujou yon ti pwoblem ekonomik ki motive yo ki fe yo fe chwa-a, min o fon yo konen ke se pa vre yo pa sinser, se simpman yap cheche konvink tet yo tou nan echanj ak lot moun.

Mweminm mwen toujou tande granmoun. Male
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  piporiko Dim 22 Mai 2011 - 17:18

kami a écrit:Mesye,

Mesi anpil pou referans sa yo, mwen ta renmen konen eske se blan ou nwa ki ekri yo?


Pouki sa moun sou enfliyans relijion yo violan konsa?

Eske se sak fe aristide tap fe patizanl yo boule ak touye tout moun ki pat lavalas konsa?

TRES CHERE MADAME,SIW BANM YON GRENN PREV KE PREZIDAN ARISTIDE FE SAW DI A.AN VERITE DIE,MWEN PAP JANM PALE DE LI ANKO E MWEN PAP JANM LAN POLITIK ANKO.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Thunder Dim 22 Mai 2011 - 17:45

Tout plenyen an se paske ke relijyon vodou an p at genyen reprezantan l nan inogirasyon Martelly an. Mesye! fòk nou di doktè an ki maladi ke nou soufri an wi.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 17:52

Thunder a écrit:Tout plenyen an se paske ke relijyon vodou an p at genyen reprezantan l nan inogirasyon Martelly an. Mesye! fòk nou di doktè an ki maladi ke nou soufri an wi.

Voila, Thunder a parle et il a fait entendre sa voix!
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 18:12

Maximo a écrit:

Yo pa mete pye yo nan ou onfo men yo fè onfo vini jwen yo, pa gen on politisyen ayisyen ki pa gen ougan'l.


Ougan an pou fè ki sa?
Ougan ARISTIDE lan ,si l te genyen youn pa t fouti efikas;paske si se yon bon ougan misye pa ta pran 2 koudeta.

MISYE TOUT BAGAY SA YO SE RANS ;E OUGAN, E PÈ E PASTÈ PA GÈ POUVWA POU YO FÈ ANYEN

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 19:00

Kitem di nou. Kese swa politisyen, ate, chretien ki kont Legliz katolik, keseswa sal ye a 95% ayisyen li leve yon matin ak yon maltet, se moun kap fel mal.

Moun sa yo al we yon ougan nan matin epi aswe yo aler nan yon priye karismatik pou yo ka lapriye sou tet yo. E sa pa ta etonem non si Joel ou Jafrika ta malad (m-mande Bondye padon) yo ta fe rout sa yo paske se ayisyen tipik yo ye.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Maximo Dim 22 Mai 2011 - 19:36

Joel a écrit:
Maximo a écrit:

Yo pa mete pye yo nan ou onfo men yo fè onfo vini jwen yo, pa gen on politisyen ayisyen ki pa gen ougan'l.


Ougan an pou fè ki sa?
Ougan ARISTIDE lan ,si l te genyen youn pa t fouti efikas;paske si se yon bon ougan misye pa ta pran 2 koudeta.

MISYE TOUT BAGAY SA YO SE RANS ;E OUGAN, E PÈ E PASTÈ PA GÈ POUVWA POU YO FÈ ANYEN

Mwen pa janm di'w ougan te bon, pou mwen pa gen youn ki bon, dayè lè mwen konn al nan gagè se a kok ougan yo menm mwen te renmen lage kok mwen, yo konpwann kok yo monte, men bon zepon pa konn afè kok monte, tout kout mouchwa rouj yap voye se bouda nini, bon zepon kreyol mwen yo toujou voye kok gangan yo ad patrès.

Mwen repete'w anko, pa gen on politisyen ayisyen ki pa gen gangan'l.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 19:53

MWEN SONJE YUN WOUGAN YO TE WELE TI MAK MISIE BY YUN BLAN RENDEZVOUS LANNWIT LAN YUN CIMETIERE PENSAN BLAN AP PE E LI TOU FE KOB LA MISIE SEZI LE BLAN PAWET C LI KAP RAKONTE SA WI MISIE DI FOK MWEN MANDE BLAN YUN BAGAY LI PAKA FE LI DI BLAN KOUPE DWET OU C SA LWA MANDE BLAN RALE KOUTO LI LI KOUPE DWET LI C TI MAK GANGAN KI KOURI LOL LOL.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 6:36

Maximo a écrit:

Mwen repete'w anko, pa gen on politisyen ayisyen ki pa gen gangan'l.[/size][/color]


mwen m ap mande w ankò;yo gen gangan an pou fè kisa.

Yo te mèt gen gangan pou yo mare mwen pa konn ki sa ,yo te mèt al legliz pou yo priye chak jou;tout se tan pèdi

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 7:00

MAXIMO;

Se pou wou .Anpil istwa lougarou ou konn tande ;lougarou k ap vole ;moun ki chanje ou byen chanje lòt an bèt;moun yo chanje an chwal e monte yo ;wa reyalize kote istwa sa yo sòti.
Se pa lan VODOU non e pa menm ann AFRIK.
Li pito si w vle:

http://rking.vinu.edu/loup.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Maximo Lun 23 Mai 2011 - 7:27

Joel a écrit:
Maximo a écrit:

Mwen repete'w anko, pa gen on politisyen ayisyen ki pa gen gangan'l.[/size][/color]


mwen m ap mande w ankò;yo gen gangan an pou fè kisa.

Yo te mèt gen gangan pou yo mare mwen pa konn ki sa ,yo te mèt al legliz pou yo priye chak jou;tout se tan pèdi


Joel se politisyen yo pou ta mande pou fè ki sa? Mwen menm mwen pa ka ba'w repons paske mwen pa kwè nan rans konsa. Mwen konen anpil kwayans sipètisye ki lakay se an Frans yo soti, nan pwen pèp sipètisye tankou fransè, e se on eritaj yo kite pou nou ki mele ak eritaj lafrik la.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 8:05

3/4 de sa nou konn tande yo se eritaj franse.Se sa k fè lè gen de nèg ki ap pale de OKSIDAN KWESEKWANN KESEDYO,mwen pa konn de kisa y ap pale.
Zafè de lougarou;pwen disparèt,pwen pa pran bal;bag ou mete pou ka detekte si yo ba w pwazon ;tout se LEJANN FRANSE.

Gen moun ki vle toujou asosye bagay sa yo ak VODOU ,se absoliman pa vre.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Maximo Lun 23 Mai 2011 - 8:29

Joel a écrit:3/4 de sa nou konn tande yo se eritaj franse.Se sa k fè lè gen de nèg ki ap pale de OKSIDAN KWESEKWANN KESEDYO,mwen pa konn de kisa y ap pale.
Zafè de lougarou;pwen disparèt,pwen pa pran bal;bag ou mete pou ka detekte si yo ba w pwazon ;tout se LEJANN FRANSE.

Gen moun ki vle toujou asosye bagay sa yo ak VODOU ,se absoliman pa vre.


Ki jodi ya se lejand pa nou tou, depi ou fèk parèt ti bebe se jan de istwa sa yo yap rakonte'w, li vini fè pati de kilti nou.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Lun 23 Mai 2011 - 8:34


Te deum se yon moman spirityel inpotan kote kretyen rekonet li lan zev gwo achitek linive a .Di ke se radot se komsi ou di salye drapo lakay se radott tou .Neg yo rifize mete dlo lan di vin yo le yap pale ak fanatik .Yo vle detwi min yo pa kon konstwi . ..Le ou di yon moun ke li pa bezwin yon bagay ke li kwe ki itil li ak kisa wap ranplase li ?La nature hait le vide .Anik gade saki rive ak ranplase divalye le nou pat pare? Kisa nou we ki passe ?Chaos!

Pa dim na ranpalsse li ak kominiss paske mwin we yo fe esay sa adeja epi sa tonbe a leau.

Mon avis a tous nos intellectuels aigris et incapables de creer : Il faut comprendre la nature humaine et son evolution avant d'essayer de jouer au docteur Frankenstein.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Lun 23 Mai 2011 - 9:50

Mesyedam, rezon ki fè sipèstisyon kontinye ap boloze nan peyi nou an toujou se ase efo nou pa fè pou pataje lakonesans youn ak lot, nan yon nivo nasyonal. Paregzanp, mwenmenm tou mwen te grandi nan sipèstisyon blan yo. Gen yon epok, mwen te kwè si mwen priye Jezi pou Racing kale Violette, se sa ki t ap rive....poutan, se nan men Roger Lafontant rezilta match la te toujou ye ;o) Podyab mwen, m pat menm konnen bèl ekip mwen te renmen an, se ekip makout li te ye!

Seryezman, èske nou panse si chak ti Ayisyen te gen chans wè imaj Osiris, Isis ak Horus ki anndan mize Vatikan an, kote li klè se sou divinite KMT (Ejip) ansyen yo, blan yo kopye pou yo kreye mit bann ti bondye blan ak zanj blan yo, ki vin sèvi zouti alyenasyon pèp yo kolonize yo, timoun sa yo ta kontinye kwè nan tout sipèstisyon nenpot ti pè, ti pastè raketè ap vin rakonte yo?

Si depi timoun yo piti nou aprann yo fè rezonman lojik, aprann yo poze kesyon pratik sou ki jan lanati fonksyone....aprann yo fè diseksyon sou zandolit, mabouya, krapo....aprann yo mete ze nan vinèg pou pèmèt ze a rantre nan yon twou boutèy toupiti...konsa yo konprann fenomèn reyaksyon chimik.... pou di timoun sa yo ta grandi ap kwè se vwazin nan ki manje ti frè yo? Pou di yo ta kite chalatan ki di yo se Houngan, pastè, monpè vin volè ti ekonomi fanmi yo, mete deziyon nan fanmi yo....krabinen ti moso konfyans yo gen nan tèt yo, fè yo devlope prejije anti-syantifik - souvan kont pwop tèt yo, kont nasyon yo, ras yo, kont limanite an jeneral? (o wi, byenre les pauvres en esprit, car le royaume des cieux est à eux - taye rapyetè!)

Pou di si nou te mete strikti an plas pou ti Ayisyen te ka rantre anndan piramid ejip yo -menmsi se yon vwayaj vityèl - pou yo wè ak 2 je yo, ki jan Tutankamoun, papa li Akenaton, granmè li Tiye ak granpè li Amenofis III yo tout se nèg Nwa yo te ye, se moun ki t ap gouvène sivilizasyon ki te pi avanse sou latè pandan plizyè syèk, se yomenm ki te bati pi gwo moniman achitektiral sou planèt la pandan plizyè milenè....pou di Ayisyen sa yo pa ta sispann rayi tèt yo, devlope vizyon rachitik pou ki sa yo ka reyalize nan lavni....pou di yo pa ta konprann yo pa bezwen USAID ak OXFAM vin bati latrin pou yo nan peyi yo. Men, antank desandan batisè piramid yo ta konnen lasyans pa mistè, yo ta konnen matematik se kinan yo. Yo ta konnen Ayisyen gen tout sa li bezwen pou li soti nan twou mizè li anbreye depi plizyè syèk la.

Lè relijyon ou andojèn epi li pèmèt ou konekte jenerasyon zansèt ou ak jenerasyon desandan ou, se yon relijyon ki ba ou fos, ki ede ou bati lavni ou. Men, lè ou adopte relijyon lenmi ou, se kokobe li kokobe ou, li denannantize ou. Se sa ki pwoblèm nou ak krisyanis ewosantrik la. Se pa zouti a ki pwoblèm fondamantal la. Se adapte li pa adapte ak travay nou vle fè ak li a. Se tankou yon jwif ki ta lage pitit li nan adorasyon Adolf Hitler, epi li ta rete tann pitit sa a tounen yon moundebyen. Relijyon pèpè nou adopte yo se frèt pou kale pwop tèt nou yo te toujou ye. Depi sou Las Casas, rive sou "mon seigneur" Kébreau, nou annafè ak evanjelizazonbifikasyon.

Mwen detaye sa pou nou aklè nan Viv Bondye Aba Relijyon. Se pa bagay mwen envante, se moun ki pi save lontan pase m ki te fè rechèch orijinal yo. Nan liv Jean Fouchard yo, "les marrons de la liberté" ak "les marrons du syllabaire", gran istoryen sa a bannou dividal detay sou kijan blan yo te sèvi ak katechis, bib pou yo tante zonbifye zansèt nou yo. Travay evanjelizazonbifikasyon sa a kontinye jouk jounen jodi a. E se pa paske pè a, pastè a, se yon Nèg nwa menm jan ak nou ki fè travay la diferan. Okontrè!

An pasan T-Nèg ou te mande si se pa blan ki ekri anpil nan referans mwen bay yo - Pozitif, se blan blan ki ekri anpil nan liv mwen bay kom referans yo. Genyen se blan, genyen se chinwa, genyen se nèg....ojis tout se moun ki fè pati menm fanmi limanite a. Sa nou pa konprann nan, se diferans anti moun k ap denonse yon sistèm sipremasis, epi moun ki ap ranfose yon sistèm sipremasis. Mwen pa gen anyen kont blan. Mwen gen blan nan fanmi mwen e mwen sètènman chaje ak zanmi blan. Men, mwen pa zanmi okenn blan ki ap pouse lojik rasis, ni okenn nèg k ap pouse lojik rasis. Ki fè blan tankou John Brown ki te pran zam kont sistèm sipremasis Ozetazini an, se anti-blan li te ye pou sa? blan ki rele Kendall Clark ki ekri whiteprivilege dot com http://academic.udayton.edu/race/01race/whiteness05.htm kote li denonse sitèm sipremasis la se anti-blan li ye pou sa? Otank nou apresye travay jeni Nèg tankou Imhotep, Philip Emeagwali osnon Wole Soyinka, se otank nou apresye travay jeni blan tankou Albert Einstein (sitou li mete syans ak konsyans). Tout moun se MOUN. Ni plis, ni mwens!

Ou gen rezon wi Dezas, Te Deum pa radot, Te deum se pwazon vyolan!


Dernière édition par jafrikayiti le Lun 23 Mai 2011 - 10:20, édité 2 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 9:59

Maximo a écrit:
Joel a écrit:3/4 de sa nou konn tande yo se eritaj franse.Se sa k fè lè gen de nèg ki ap pale de OKSIDAN KWESEKWANN KESEDYO,mwen pa konn de kisa y ap pale.
Zafè de lougarou;pwen disparèt,pwen pa pran bal;bag ou mete pou ka detekte si yo ba w pwazon ;tout se LEJANN FRANSE.

Gen moun ki vle toujou asosye bagay sa yo ak VODOU ,se absoliman pa vre.


Ki jodi ya se lejand pa nou tou, depi ou fèk parèt ti bebe se jan de istwa sa yo yap rakonte'w, li vini fè pati de kilti nou.


Se sa menm wi MAXIMO.Men se la danje an ye tou,lè w kontinye ap kwè lan lejann sa yo.
Konpye pòv melerèz ou tande ke yo lenche paske yo di yo se lougarou;SE BAGAY K AP RIVE JOUNEN JODI AN.

B agay LOUGAROU sa a se te yon bagay ki te fò an FRANS.Yo estme ke o mwens 100 mil moun mouri lan 15zyèm syèk an FRANS sou akizasyon ke yo se lougarou.
Yo te touye yo tout jan :depatya,pann,kankannen elt..

Imite la FRANS ,bagay nou renmen fè ,sou pwen sa .
Noumenm nou tèlman entènalize lejann sa yo ;ke si nou tande yo touye yon moun pou lougarou;la polis pa p menm enkyete moun ki komèt zak sa a

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Maximo Lun 23 Mai 2011 - 10:06

Joel a écrit:
Maximo a écrit:
Joel a écrit:3/4 de sa nou konn tande yo se eritaj franse.Se sa k fè lè gen de nèg ki ap pale de OKSIDAN KWESEKWANN KESEDYO,mwen pa konn de kisa y ap pale.
Zafè de lougarou;pwen disparèt,pwen pa pran bal;bag ou mete pou ka detekte si yo ba w pwazon ;tout se LEJANN FRANSE.

Gen moun ki vle toujou asosye bagay sa yo ak VODOU ,se absoliman pa vre.


Ki jodi ya se lejand pa nou tou, depi ou fèk parèt ti bebe se jan de istwa sa yo yap rakonte'w, li vini fè pati de kilti nou.


Se sa menm wi MAXIMO.Men se la danje an ye tou,lè w kontinye ap kwè lan lejann sa yo.
Konpye pòv melerèz ou tande ke yo lenche paske yo di yo se lougarou;SE BAGAY K AP RIVE JOUNEN JODI AN.

B agay LOUGAROU sa a se te yon bagay ki te fò an FRANS.Yo estme ke o mwens 100 mil moun mouri lan 15zyèm syèk an FRANS sou akizasyon ke yo se lougarou.
Yo te touye yo tout jan :depatya,pann,kankannen elt..


Imite la FRANS ,bagay nou renmen fè ,sou pwen sa .
Noumenm nou tèlman entènalize lejann sa yo ;ke si nou tande yo touye yon moun pou lougarou;la polis pa p menm enkyete moun ki komèt zak sa a

Kelkeswa pou rezon moun mouri an Ayiti la polis pa janm enkyete pèsòn, se toujou lankèt se pouswi san pa janm gen swit.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Lun 23 Mai 2011 - 11:15

Joel a écrit:
Maximo a écrit:
Joel a écrit:3/4 de sa nou konn tande yo se eritaj franse.Se sa k fè lè gen de nèg ki ap pale de OKSIDAN KWESEKWANN KESEDYO,mwen pa konn de kisa y ap pale.
Zafè de lougarou;pwen disparèt,pwen pa pran bal;bag ou mete pou ka detekte si yo ba w pwazon ;tout se LEJANN FRANSE.

Gen moun ki vle toujou asosye bagay sa yo ak VODOU ,se absoliman pa vre.


Ki jodi ya se lejand pa nou tou, depi ou fèk parèt ti bebe se jan de istwa sa yo yap rakonte'w, li vini fè pati de kilti nou.


Se sa menm wi MAXIMO.Men se la danje an ye tou,lè w kontinye ap kwè lan lejann sa yo.
Konpye pòv melerèz ou tande ke yo lenche paske yo di yo se lougarou;SE BAGAY K AP RIVE JOUNEN JODI AN.

B agay LOUGAROU sa a se te yon bagay ki te fò an FRANS.Yo estme ke o mwens 100 mil moun mouri lan 15zyèm syèk an FRANS sou akizasyon ke yo se lougarou.
Yo te touye yo tout jan :depatya,pann,kankannen elt..

Imite la FRANS ,bagay nou renmen fè ,sou pwen sa .
Noumenm nou tèlman entènalize lejann sa yo ;ke si nou tande yo touye yon moun pou lougarou;la polis pa p menm enkyete moun ki komèt zak sa a

Se pa selman la frans, poukisa li prezan nan ti guiana?

An pasan T-Nèg ou te mande si se pa blan ki ekri anpil nan referans mwen bay yo - Pozitif, se blan blan ki ekri anpil nan liv mwen bay kom referans yo. Genyen se blan, genyen se chinwa, genyen se nèg....ojis tout se moun ki fè pati menm fanmi limanite a. Sa nou pa konprann nan, se diferans anti moun k ap denonse yon sistèm sipremasis, epi moun ki ap ranfose yon sistèm sipremasis. Mwen pa gen anyen kont blan. Mwen gen blan nan fanmi mwen e mwen sètènman chaje ak zanmi blan. Men, mwen pa zanmi okenn blan ki ap pouse lojik rasis, ni okenn nèg k ap pouse lojik rasis. Ki fè blan tankou John Brown ki te pran zam kont sistèm sipremasis Ozetazini an, se anti-blan li te ye pou sa? blan ki rele Kendall Clark ki ekri whiteprivilege dot com http://academic.udayton.edu/race/01race/whiteness05.htm kote li denonse sitèm sipremasis la se anti-blan li ye pou sa? Otank nou apresye travay jeni Nèg tankou Imhotep, Philip Emeagwali osnon Wole Soyinka, se otank nou apresye travay jeni blan tankou Albert Einstein (sitou li mete syans ak konsyans). Tout moun se MOUN. Ni plis, ni mwens!

se pat mwen

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 2 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum