Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
Ecran PC GIGABYTE 28″ LED M28U 4K ( IPS, 1 ms, 144 Hz, FreeSync ...
399 € 499 €
Voir le deal

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

+4
Joel
kami
Rico
jafrikayiti
8 participants

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Sam 21 Mai 2011 - 22:55

Rappel du premier message :

Osijè relijyozite premyeminis presanti a, Msye Daniel Rouzier, kanmarad Piporiko ekri nan yon lot chenn diskisyon sou fowom nan:

"Peyi a pa ka "payer le luxe" pou yon Ayatola ap dirije. Kote separasyon Leta ak relijyon ye la a? Relijyon se yon zafè prive. Li pa dwe gen pa sou zafè Repiblik la...."

Mwenmenm, mwen pa kwè - e sitou mwen espere - Rouzier pa yon fanatik relijye nan pwen pou li ta merite konparezon ak yon Ayatola. Mèzalo, komantè sa a makonnen ekzaktman ak youn nan pi gwo enkyetid mwen genyen sou direksyon peyi a pran la a. Ayiti deja ap kokobe anba fos sipèstisyon ki lakoz anpil bagay pou nou ta twouse manch chemiz nou travay pou nou fè, se bouji n ap plede limen pou nou anrichi moun rich, epi anyen serye pa janm regle. Paregzanp, jiskaprezan konsèy elektoral la pwovizwa epi, chak fwa moun kravate yo amize yo rele "le peuple en ses comices", se yon tralala kote chak denominasyon relijyon blan ki ap fè kèt nan peyi a, rive chwazi reprezantan pa yo pou yo mete djobe nan mitan 9 raketè ki pote tit manm KEP (ki sètoblije avozod blan Washington yo keseswa sa ou tande zot ap di nan sèmon ekaristik la!).

Depi sou inogirasyon 14 me a, m ap sonnen lalam sou plas mesyedam gwo palto legliz yo pran nan seremoni pou resevwa nouvo prezidan an. Gen lè se yon eta Taliban Kretyen moun yo kwè Ayiti ye!? Mouche Kebreau fè yon diskou manchlong kote li touche tout koze eksepte krim Legliz Katolik fè osnon kosyone sou nasyon an, epi ki demach mesye ak wob long yo konte fè pou yo ede REPARE po kase yo. Okontrè, menm jan ak chèf biznis la, Joseph Ratzinger, ki ap boloze tankou Newon, nan gwo palè dore Vatikan an, "Mon Seigneur" mete mask odasye li nan figi li l ap fè pèp lamoral. Kidonk, nou rantre drèt dirèk nan rèy REYAKSYONÈ je chèch.

Remake, kit se Ozetazini, Lafrans, Langletè, Kanada....blan yo pa itilize mesye wob long yo anko pou fè teyat, lè yon nouvo chèf d Eta pran pouvwa. Yo kite seremoni akayik sa yo pou pèp yo fin delala anba kolonizasyon fizik, mantal ak sosyal yo....

Kidonk, diplomat "communauté internationale" yo chita byen banda nan seremoni sipèstisye a, y ap ri nan moustach pandan mouche Kébreau ap djèdjè, o wi, li lage fal peyi a nan men bon "Sen Joseph", "Sen Michelakanj" ak tout lot ti sen blan moun pa janm wè ak je yo.... pou yo pwoteje li kont sezon tanpèt 2011 lan.

Men, Sentoma yo pa wè se nan bidjè peyi a, pou resous ta mobilize pou bay Ayisyen pwoteksyon yo merite? Okontrè, y ap fè teyat pandan 1.2 milyon moun toujou anba tant, ekspoze devan tout kalite dipopo....epi, yomenm menm, menm jan ak gran prèt alepok Jezi yo, y ap prelase ansanm ak gwo palto ki nan pouvwa politik yo nan fèt tafyatè gwo kolèt - anwo tèt mon nan.

Se pa Osiris ki fè sipèstisyon blan kretyen yo se sou 100%manti li bati vre!? Mwen ta kontan wè Jezi a tounen tout bon vre jou 21 me 2011 sa a (jan youn nan chèf sipèstisyon sa a te pwofetize sa), pou li ta rantre nan tanp lan epi jwenn ap tout moun sa yo k ap pase pov vèv yo fin dechèpiye yo nan betiz ak lapriyè manch long yo a. Ala tab li ta vire tèt anba...ala kout rigwaz "monseigneur" ak "mon père" ta pran?

Toutotan nou nan rans "te deum", se sentom ki montre chenn nan tèt kontinye ap anpeche nou mache nan direksyon limyè ak libète.

SIPÈSTISYON PA JANM DEVLOPE PEYI. KIT SE SIPÈSTISYON NÈG, KIT SE SIPÈSTISYON BLAN! KASE CHENN YO FOUT!

http://www.godisnotwhite.com

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)


Dernière édition par jafrikayiti le Sam 21 Mai 2011 - 23:24, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas


Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 12:57

JAF;

Ou gen blan tankou BASIL DAVIDSON ,pwofesè OXFORD ki ekri premye tòm istwa LAFRIK anvan penetrasyon an fòs LEWÒP.

O u genyen tou de ""blan"" tankou MARTIN BERNAL ,pwofesè lan OXFORD ak YALE ki ekri""BLACK ATHENA -AFROASIATIC ROOTS OF GREEK CIVILIZATION""
Tit lan pwovokatè ,fèt eksprè.
Misye di ak anpil prèv ke sivilizasyon GRÈK lan se pitit sivilizasyon ejipsyen an li di kouman ekriven EWOPEYEN yo te konplote pou yo voye sivilizasyon GRÈK lan monte

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 13:02

T-NEG
Ou di lejann lougarou prezan lan tigiyana.Lan ki ti giyana;ou konnen gen youn se yon koloni franse?
Kite m poze w yon kesyon.
Ou janm wè yon lougarou.Ou konnen yon moun ki janm wè yon lougarou.
Mwen si si yon moun ap pale de lougarou ,l ap di w se pa limenm ki te wè l ,se yon mon ki t ap rakonte l sa.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Mar 24 Mai 2011 - 15:47

Joel a écrit:T-NEG
Ou di lejann lougarou prezan lan tigiyana.Lan ki ti giyana;ou konnen gen youn se yon koloni franse?
Kite m poze w yon kesyon.
Ou janm wè yon lougarou.Ou konnen yon moun ki janm wè yon lougarou.
Mwen si si yon moun ap pale de lougarou ,l ap di w se pa limenm ki te wè l ,se yon mon ki t ap rakonte l sa.

Guyana pas guyane fransèz. Sa te etonem kijan on zanmim tap pale de kijan moun pè soti lan nwit, daprè yon ekpreyans li te viv

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Mar 24 Mai 2011 - 16:21

T-NÈG

Genyen 3 GIYÀN ;yon franse,yon olandè ak yon angle.Siman w ap pale de REPIBLIK GIYANA ,sa ki pale ANGLE an.

Zan mi w lan te gen dwa ap rakonte w istwa ;li jis sipèstisye menm jan ak lòt moun yo.

Ann EWÒP lejann LOUGAROU an te fò an FRANS ak ann ALMAY ;men se an FRANS ,li te pi fò.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Mer 25 Mai 2011 - 19:23

JAF;

Yon ti nòt sou relijyozite DANIEL ROUZIER an.
Nèg ki te minis INTERYÈ sou gouvènman ELIE LESCOT se te GONTRAN ROUZIER.Mwen byen kwè se a PARIS ,GONTRAN ROUZIER te fèt.
Se misye ki te mèt kanbiz ,pwogram ""REJETE"" an ;youn lan pi gwo atak sou kilti pèp AYISYEN an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Mer 25 Mai 2011 - 19:34

Joel a écrit:Se misye ki te mèt kanbiz ,pwogram ""REJETE"" an ;youn lan pi gwo atak sou kilti pèp AYISYEN an

Se sous-secretaire d'etat kel te ye, kouman poul ta fe chef kanbiz pwogram rejete an?
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Mer 25 Mai 2011 - 21:01

Li pa t minis de LENTERYÈ an 1946 ,lè ""REJETE"" te vin rebise?
Antouka si gen yon non moun ki asosye ak kanpay sa a se GONTRAN ROUZIER

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Maximo Mer 25 Mai 2011 - 21:16

E ki sa Daniel Gérard Rouzier gen pou'l wè ak Gontran Rouzier 1 ou a zak li, eske Daniel Rouzier se Gontran Rouzier, kounye ya nou pèdi la kat tèt kale, a la pataswel fè mal papa.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Mer 25 Mai 2011 - 21:50

Mwen te tande òganizasyon VODOUYIZAN yo atake DANIEL ROUZIER sou RADYO KISKEYA.Yo di yo pa tande DANIEL ROUZIER di anyen san l pa pale de fwa kretyen l ;yo fè peyi an sonje ke se GONTRAN ROUZIER ki te minis ENTERYÈ an pandan kanpay REJETE an.
Se yon avètisman pou DANIEL ROUZIER pa konpòte l an fondamantalis kretyen tankou GONTRAN.
Pandan kanpay sa a ,la polis ak LAME te penetre lan onfò yo ,kraze tou sa yo te jwenn ;gen moun ki te gen rogatwa yo ,yo kraze yo.
Mwen te tande yon ANTROPOLÒG AMERIKÈN BLANCH ki t ap pale de kanpay sa a ;li te rele l yon ""jenosid kiltirèl"".
Li di ke gen anpil relik ,atifak ki te detwi lan kanpay sa a.
Se jis yon avètisman yo voye bay ROUZIER;E SA VALAB

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Thunder Jeu 26 Mai 2011 - 0:19

Kijan menm? Yon kretyen pa genyen dwa pou li sèvi peyi l?

Mwen si e sèten ke si se te leka kontrè kote ke Rouzier ta yon Voudouyizan, e legliz katolik ta fè yon remak konsa, anpil ti nèg isit lan t ap tonbe 4 pat anlè.

Chak moun fè chwa pa yo, kisa ki genyen? Eske misye montre siy ke l se yon ekstremis, yon entoleran, yon moun ki pral mete baton nan rwou lòt relijyon?

Maladi ke yo soufri an, se pa li ke yo di dòk lan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 26 Mai 2011 - 8:36

Thunder a écrit:Kijan menm? Yon kretyen pa genyen dwa pou li sèvi peyi l?

Mwen si e sèten ke si se te leka kontrè kote ke Rouzier ta yon Voudouyizan, e legliz katolik ta fè yon remak konsa, anpil ti nèg isit lan t ap tonbe 4 pat anlè.

Chak moun fè chwa pa yo, kisa ki genyen? Eske misye montre siy ke l se yon ekstremis, yon entoleran, yon moun ki pral mete baton nan rwou lòt relijyon?

Maladi ke yo soufri an, se pa li ke yo di dòk lan.


Se mòd ou sa ,fè amalgam.Si MATELI te yon vodouyizan deklare ,kote li t ap pase pou li ta vin prezidan DAYITI.Se de AYITI w ap pale?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Jeu 26 Mai 2011 - 11:06

Joel,

Daniel Rouzier pa desandan Gontran Rouzier, ou tronpe-w.

D'apres yon historien haitien, Gontran Rouzier te sous-secretaire d'etat de l'interieur sou prezidan Lesco ant 1941-1946.

An 1946 se Boileau Mehu kite secretaire d'etat de l'interieur sou prezidan Estime.

Daniel Rouzier se desandan presidan Louis Borno.

Kom nou pa moun Port-au-Prince nou dwe pa konen ke gin 2 famiy Rouzier.

kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 26 Mai 2011 - 11:33

A ki moun w ap pale KAMI.
Se lan menm katye mwen sòti ak DANIEL ROUZIER.Se yon ri ki te separe premye kay papa m te bati an ak kay granpapa l DANIEL BRUN.
Mwen pa konnen fanmi ROUZIER bò papa l ;men mwen konnen trè trè byen fanmi bò manman l;manman l MARIE HÉLÈNE;nonk li yo JACQUES ak DANIEL ""DADOU"" BRUN.

Se lan menm katye ak ROUZIER ke m te fèt.
Diferans lan sè ke granpapa DANIEL ROUZIER sou bò manman l se vini yo te vini ,tandis ke grangrann mwen te la deja.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Jeu 26 Mai 2011 - 11:55

Cheche zo lan kalalou .Gin pliss pataswel ak palavire ki deye toujou pou montre pep la se exspre nou te kon fe pou nou fe li manje biswit sab

C'est la chretiennete qui est venu avec la notion Amour et amour du prochain. Anvan sa sete chyen manje chyen.Sispan voye fler non bann Save.La doctrine chretienne a ete le vrai moteur d'ascendance sociale parmi les peuples de la terre,surtout en occident, malgre les defauts d'execution de sa doctrine.

Les haitiens devraient etre reconnaissants eners le christrianisme car le vodou n'a libere aucun peuple de l'oppression sur aucun continent connu de la terre.

Nous sommmes tous ,egaux ...est un mantrra du christianisme.



Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Jeu 26 Mai 2011 - 11:57

Joel,

Pran san-w moncher chilax, epi aler li sa ou sott ekri-a apre sa na pale sou fanmiy Rouzier.

Ou janm li yon ansiklopedi sou fanmiy ayisyenn?

A ki moun w ap pale KAMI.
Se lan menm katye mwen sòti ak DANIEL ROUZIER.
Alor ou konen la famiy Rouzier

Mwen pa konnen fanmi ROUZIER bò papa l

Alor ou pa konen la famiy Rouzier.


Kom mwen di-w Daniel Gerard Rouzier, fils de Gerard Rouzier pa desandan Gontran Rouzier. Manman-m se moun Port-au-Prince min li konen fanmiy sa-a tres byen tou.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Invité Jeu 26 Mai 2011 - 12:04

A PA JOEL KONVETI LAN VODOO.
TALE KONSA TOUT EKIP NEG SA YO PWAL SOUKE TCHA TCHA LAN DINGON NOU
MIN BON DIE PI FO

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 26 Mai 2011 - 12:23

kami a écrit:Joel,

Pran san-w moncher chilax, epi aler li sa ou sott ekri-a apre sa na pale sou fanmiy Rouzier.

Ou janm li yon ansiklopedi sou fanmiy ayisyenn?

A ki moun w ap pale KAMI.
Se lan menm katye mwen sòti ak DANIEL ROUZIER.
Alor ou konen la famiy Rouzier

Mwen pa konnen fanmi ROUZIER bò papa l

Alor ou pa konen la famiy Rouzier.


Kom mwen di-w Daniel Gerard Rouzier, fils de Gerard Rouzier pa desandan Gontran Rouzier. Manman-m se moun Port-au-Prince min li konen fanmiy sa-a tres byen tou.
[b]

KAMI;

Sa m vle di w ;mwen sonje lè DANIEL ROUZIER te fèt.Mwen te konn granpapa l ,grann li sou bò manman l ki se pitit prezidan BORNO.
Lè papa l vin marye ak MARIE HELÈNE ;se sou tè granpapa l DANIEL BRUN yo te bati kay yo e se la DANIEL ROUZIER te fèt.Se te tou pre an tou LUC ALBERT FOUCARD ki te marye ak SIMONE DUVALIER an te rete.Se lan men DANIEL BRUN granpapa DANIEL ROUZIER yo te lwe kay.
Mwen di w mwen pa konnen fanmi misye sou bò papa l ;men mwen konnen granpapa l;grann li ,nonk li yo sou bò manman l;trè,trè byen.
Mwen pa konnen si papa l se nèg PÒTOPRENS ,men grann li sou bò manman l se moun PETYONVIL lè PETYONVIL te separe ak PÒTOPRENS

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 26 Mai 2011 - 12:26

zouke a écrit:A PA JOEL KONVETI LAN VODOO.
TALE KONSA TOUT EKIP NEG SA YO PWAL SOUKE TCHA TCHA LAN DINGON NOU
MIN BON DIE PI FO


ZOUKE;
Se wou ki sipèstisye ;mwen pa sipèstisye;menm rezon ki fè m pa kretyen ,se li ki fè m pa vodouyizan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Jeu 26 Mai 2011 - 12:30

Joel,

Alor ou konen famiy Brun ki fanmi Daniel Rouzier du cote maternel.

Sa pa di ke-w konen la famille Rouzier yo juskas ke pou ap di ke Daniel Gerard Rouzier se desandan Gontran Rouzier.

Joel, mwen te toujou admire le-w pale sa ou sur ke-w konen.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 26 Mai 2011 - 13:42

[b.
Mwen te relate sa VODOUYIZAN yo te di.
Map repete l ;mwen pa konnen fanmi papa DANIEL ROUZIER ;moun mwen konnen se fanmi manman l yo ;sa ki desann de prezidan BORNO yo .
Se moun mwen konnen depi m te ti kat kat[/b]

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  kami Jeu 26 Mai 2011 - 14:05

Joel,

Kom ou tap mande si se ak ou mwen tap pale tankou ou konen tout moun; fok mwen te montre ke se pa vre ou nan lerer; wap di sa ou pa konen. Fanmim se moun potoprins depi des jenerasyon, mwen pa soti dans l'arriere pays.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 26 Mai 2011 - 14:32

KAMI;

Mwen pa di mwen konnen tout moun ;sispann ti bagay ""got you"" yo.
Lè w wè pale de moun ;se moun ki te rete lan katye lakay mwen.Gen anpil ladan yo se la yo te rete.
Eske w ou wè mwen di ,mwen konnen branch fanmi ROUZIER an?
Moun mwen te konnen se te GERARD ROUZIER papa DANIEL ,pou rezon m te bay lan.
Pou lòt yo ,a pa sa k pa t rete lan katye lakay mwen yo ;mwen te konnen yo paske PETYONVIL lan ane 50s yo se te yon ""ti vil"" ki te gen apèn 15 mil moun ladan L.
Kanta moun PÒTOPRENS ,mwen pa konnen yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Menm Trouillot pran rele, èske n ap toufe?

Message  jafrikayiti Jeu 2 Juin 2011 - 14:43

Attention danger !!!
Autour du "congé catholique" de l’Ascencion


jeudi 2 juin 2011,




Par Lyonel Trouillot

L’arrêté présidentiel proclamant le jour de l’Ascension jour de congé ne peut être considéré que comme un mauvais précédent, aux yeux de la logique républicaine. La république haïtienne sera laïque ou ne sera pas. Les quelques acquis démocratiques obtenus de haute lutte par le peuple haïtien sont la liberté d’expression, un début de laïcisation de l’Etat et de la vie civile, la représentation (pour maladroite qu’elle soit) de couches sociales jusqu’ici interdites de politique dans la vie politique du pays.

Une présidence vigoureuse nous change certes du laxisme honteux auquel nous avaient habitués les années Préval, en particulier depuis le 12 janvier 2010. Dans notre galerie de chefs d’Etat, René Préval gardera une place particulière. Avant lui, il y avait eu les soulouqueries de Faustin 1er,, la ruse de Canal, l’infamie de Borno, le mulâtrisme de Lescot, les beuveries de Magloire, la violence de François Duvalier, le pillage des finances publiques sous la dictature molle du jeanclaudisme, les gesticulations d’Aristide. Sous Duvalier on avait eu peur, sous Aristide on craignait la démence. Nombreux sont-ils qui nous ont mal servi. Mais jamais de mémoire de citoyen on n’a eu aussi honte que sous le règne Préval : notre misère à l’encan. N’importe quel prétendu aideur faisant tout, rien et n’importe quoi ; un gouvernement muet, ce qui était peut-être un mal pour un bien, puisque lorsqu’il prenait la parole, sa l di a ak sa l pa di a se te menm bagay la ; des élections réalisées dans l’indignité, la « communauté internationale » corrigeant les copies et décidant des résultats. Il y a des personnages dans l’histoire qui –indépendamment de leurs intentions, si intention il y a – finissent par être méchants par défaut, par apathie et ignorance totale des valeurs symboliques. On demandait donc un changement, une présidence, enfin. C’est aussi pour cela que Michel Martelly a été élu. Un peu de nerfs et de (bonne) volonté, choses qui nous auront beaucoup manqué au sommet de l’Etat ces dernières années.

Mais la bonne volonté ne suffira pas. Et très vite on risque d’arriver à une situation dans laquelle qui veut faire l’ange fait la bête si ce volontarisme fait fi des acquis démocratiques et des principes républicains. La république n’est ni catholique, ni protestante, ni vodouisante. Le devoir de l’Etat et du gouvernement est d’assurer le libre exercice des cultes et de l’athéisme dans la sphère privée. On se souvient des malheurs causés par la tristement célèbre campagne anti superstitieuse. (De toutes les façons, comme le rappelait un célèbre anthropologue français : « la superstition, c’est la religion des autres. ») On vit aujourd’hui des conflits larvés, certains représentants des cultes réformés s’arrogeant le droit d’accuser le catholicisme et le vodou de compter parmi les causes de nos malheurs. Voilà que le président vient lui-même mettre de l’huile sur le feu en proclamant un jour de congé pour une croyance qui ne concerne que les catholiques et ne s’inscrit pas dans une symbolique nationale. C’est pour le moins une erreur de jugement, et au pire une menace sur les acquis démocratiques si elle annonce une ligne de conduite.

S’il vous plait, monsieur le président, monsieur le premier ministre désigné, messieurs et dames les ministres pressentis, vivez vos croyances en privé et gardez-les hors des affaires publiques. Libres à vous et à tous d’avoir qui ses Jésus, Marie, joseph, qui ses Damballah et Erzulie, qui son mystère de la trinité et de l’immaculée Conception, qui ses mystères tout court qui dansent sa tête, qui pas de mystère du tout et la simple espérance que « l’humanité ne se pose que des problèmes qu’elle peut résoudre ». Dans la sphère privée. Mais n’imposez à personne vos mythes et vos prières.

« Repons peyizan » et bigoterie catholique, mariage ranje ou divorce annoncé ? Dans tous les cas, cet arrêté présidentiel est contraire à l’esprit de la Constitution et place un culte religieux au-dessus des autres, et ce n’est pas pour cela que nous payons le Président.

Lyonel Trouillot, 2 juin 2011

Sous: Radio Kiskeya
http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article7793

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  jafrikayiti Jeu 2 Juin 2011 - 14:49

Lyonel Trouillot itilize plim li pou li salanbe Preval byen salanbe, li teke Aristide epi li di zanmi li Miki, pa fè sa Miki....

Li klè se yon GNBis ki ap ekri pou zanmi GNBis li k ap voye flè. Men, misye merite kredi paske li rekonèt li pa dwe rete bèbè devan kout gidon rapid sa yo ki koumanse ap fèt pou oligachi tradisyonèl la asire Miki li sou do pèp Ayisyen an, ak yon diktati taliban katolik.

Si Jezi pa vini ni an me ni ann oktòb, èske n ap sove?

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Joel Jeu 2 Juin 2011 - 15:55

Mwenmenm tou mwen etone pou misye ap bay jou ferye toujou ;se kòmsi timoun yo pa gen ase jou ,yo pa ale lekòl.

LIONEL TROUILLOT ,GNBis ekstrawòdinè ,ki san dout sou pewòl sèvis ENTELIJANS FRANSE yo,di yon bagay ou gen dwa dakò ak li.

Bagay sa a ,lan mete plis fèt katolik lan, ap konfime la pè anpil moun genyen ;nou ala vèy yon REPIBLIK ENTEGRIS FONDAMANTALIS TALIBAN KATOLIK.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè! - Page 3 Empty Re: Te deum se radot, pito n plante Te Vèvenn pou kwape doulè!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum