Pa kite politisyen san vizyon detounen nou
Page 1 sur 1

Onè konpatriyot,
Aswè a, pandan m ap travay sou yon pwojè ak kanmarad travay mwen, lide m frape sou jan noumenm Ayisyen nou kole nan yon kafou tenten kote politisyen san vizyon riske depafini enèji pozitif nou ta dwe ap mobilize pou byennèt peyi nou.
Imajine ou, pandan tout mwa novanm nan, gen yon mouvman ki batize Movember. "Mo" pou"moustach". Moustach tout gason aksepte pouse nan figi yo, nan kad yon kanpay ranmase lajan pou chèche solisyon pou kwape maladi kansè pwostat ki touye plizyè milye gason chak ane.
Mwen deside patisipe nan kanpay sa a ane sa a, paske lis moun mwen konnen ki tonbe aba tout klite kansè, koumanse long e dejouzanjou se moun ki aflèdelaj k ap mouri.
Alewè: http://mobro.co/saintvil
Sa sa gen arevwa ak Ayiti?
Imajine ou, jan mouvman sa yo ap fèt pou kwape kansè a, noumenm Ayisyen, nou te ka fokis sou yon seri mouvman konbit pou bagay serye tout bon vre, olye se betiz yon prezidan di yon depite, ki oblije ap okipe lespri nou, tan nou, enèji nou?
Se vre, enfrastrikti ki pou anplas pou nou gen konfyans nan mouvman konbit Ayisyen pou Ayisyen an, po ko anplas....men se pa toudenkou li oblije kanpe. Tout mouvman prn tan anvan li solid. Men, fok gen yon enèji ki depanse nan mete enfrastrikti sa a anplas.
Se pa yon solisyon mwen pwopoze. Se yon senp refleksyon mwen pataje ak konpatriyot mwen konnen ki gen Ayiti nan lespri yo, maten, midi, swa....menm jan ak mwen.

jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujets similaires
» Ki politisyen magouyè lavalas kite dèyè ansyen direktè Teleco Jn Rene Duperval
» Joe Gaetjens Souvni foutboblè Ayisyen kite jwe pou USA kite kale Angletè an 1950
» Vizyon doktè Guy Theodore pou Ayiti
» JUDE CELESTIN PA SANBLE YOUN LAN POLITISYEN TRADISYONEL YO NON
» Restitution: La France rendra HUM, ESKE SE RIMÈ LAVALASYEN KI DETOUNEN AFP

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|