Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

Jete vye pòtre bondye blan yo!

5 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Lun 2 Jan 2012 - 11:49

Pou kisa yo rele Lwa yo "LWA GINEN"?

Èske se pou anyen Gran Jean-Jacques Dessalines elve nan nivo espirityèl apre lanmò li?

Pou mwenmenm, Vodou a kreye epi devlope nan yon kontèks patikilye.

Tandiske kriminèl tankou Rochambeau, Napoléon, Leclerc...te genyen kriminèl a soutàn tankou Père Labbat, Père Fauque de Cayenne ki t ap ede yo konsolide pouvwa yo sou zile a. Chak dimanch, bouwo a soutàn sa yo te abitye monte sou chè pou yo di Afriken yo se nomal pou yo sèvi blan. Se Bondye ki vle sa. E yo te apiye sou plizyè vèsè biblik tankou Levitik 25 v 45 «Nou ka achte pitit moun lòt nasyon ki ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. Nou va kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Yo va sèvi nou jouk yo mouri…". pou yo foure salopri sa yo nan sèvèl zansèt nou yo.

Bon chans pou nou, te gen Bon Ginen tankou Makandal, Boukman, Cecile Fatiman...ki yomenm te kanpe an kwa kont vye pwopagann santi sa a. Nan goumen, nou reyisi kase chenn nan pye, chenn nan bra, chenn nan kou. Men, pou nou pete chenn nan tèt yo, anpil travay dwe kontinye fèt. Mwenmenm se la a mwen wè nesesite pou Vodou a netwaye tout enpirite ki kontamine li akoz fwotman li fè ak sipèstisyon esklavajis yo.

Relijyon pèpè yo te enpoze zansèt nou yo se yon zàm ofansif li te ye nan men esklavajis yo. Yo te atake nou ak tout zàm....boulèt kanno, bib, bòykotaj, eskamotaj (ranson) ekonomik, Noumenm, nou te itilize Vodou kom yon zàm defansif pou nou fè REZISTANS. Lè sa a, itilizasyon foto Sen Jak sou chwal li, ti Erzili po woz, sete taktik revolisyonè ki te nesesè epi adapte a bezwen rezistans lan. Kounye a, tan an chanje, kontèks yo evolye, fok taktik yo ta pran lòt fòm.

Se pa yon senp kesyon "koulè po". Pa bliye, Manbo Bwa Kay Iman an (Cécile Fatiman « Grann Iman ») se yon swadizan "milatrès" li te ye, pitit yon Nègès epi yon prens peyi Lakòs. Kidonk, yon moun « po wòz pal ». Mèzalò, Grann Iman te konprann nesesite pou li komèt suisid klas ak ras. Pou li bandone privilèj ki asosye ak pati ADN Ewopeyen li an, pou li te ka kanpe 100% ak zansèt manman li - Nègès Lafrik Ginen an.

Se pa yon senp kesyon koulè po. Se yon jenosid Ewopeyen yo te vle fè kont tout pitit Lafrik yo. Nou reysi siviv,,,,men si nou vle VIV fòk nou kontinye goumen ak entèlijans, pèsistans epi KOURAJ - menm jan ak Zansèt vanyan nou yo.

Zòt gen bondye Abraham, Izarak, Jakòb, ki se bondye Napoléon, Rochambeau, Jefferson ak Hitler. Yo fè bondye yo tèt koupe ak yo.

Noumenm, nou gen bondye Osiris, Imhotep, Akenaton, Kufu, Tiye, Dessalines, Makandal, Sanit Belair, Kebinda…Pou mwenmenm, li lojik pou imaj nou sèvi yo ta byen reprezante ni Zansèt nou yo, ni esans Lwa Ginen yo.

Ogoun Feray, se pa nan montay Lasuis li gen rasin li, se nan Wayom Ginen yo. Sinon, ki sans mo Ginen sa a genyen la a?

Jafrikayiti

2 janvye 2012
Jete vye pòtre bondye blan yo! Papa-l12



Dernière édition par jafrikayiti le Mer 4 Jan 2012 - 0:30, édité 3 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Invité Lun 2 Jan 2012 - 12:35

Ils avaient fait omisssion

Exodus 21:16 "He who kidnaps a man, whether he sells him or he is found in his possession, shall surely be put to death.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Lun 2 Jan 2012 - 13:51

Jaf
sispan melanje bagay yo. Napoleon limenm te inisye nan rit masonik" memphis- misraim" ki akode anpil enpotans ak akhenaton ak osiris.
Listwa jezi pou seten moun se krache mit Isis- Osiris. Moyz li menm se you inisye li te ye tou lakay ejipsyen yo. Se a pe pre menm model sa li pote bay pep jwif la.
Ou jwenn bandi nan tout relijion, nan tout kilti menm jan ou jwen bon moun laka moun sa yo tou. Franswa Divalye se te gro patizan vodou li te ye. E poutant li touyen anpil moun.
Pe Jean Bertand Aristide se katolik li ye e poutan li tap defann dwa tout sitwayen ayisyen menm le li te refize padone sila li konsidere kom koupab.

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Lun 2 Jan 2012 - 14:05

Jackoti, se oumenm ki ap melanje koze yo. Se nòmal pou Napoleyon te okouran konesans KMT yo. Menmsi yo te gen tan pèvèti konesans sa yo alèpòk ti kolon rasi sa a. Wi, kit se jidayis la, kit se krisyanis la, se move fotokopi konesans KMT yo. Men, se pa sa k ap pale la a.

Kesyon fondamantal mwen soulve nan mesaj sa a, se pou ki sa yon nasyon 99.9% moun nwa kontinye ap itilize imaj ki pa koresponn a fizyonomi yo, pou reprezante èt siprèm nan ak lespri yo kwè ladan yo.

An jeneral, pèp yo deyifye zansèt yo, apre lanmò yo. Oudimwens yo bati mit, moniman ki onore memwa yo. Se sa ansyen moun KMT yo te fè ak AUSER (OSIRIS)....se sa juif yo fè ak Abraram, Jozye, Jakòb elatriye.

Mwenmenm mwen di, li pa nòmal pou nou kontinye itilize imaj zòt kòmsi zansèt pa nou yo pa te gen imaj oudimwens imaj pa yo pa bon ase pou reprezante nou. Souple, sispann melanje koze yo!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Lun 2 Jan 2012 - 16:33

JAF;

BREZILYEN yo ki de jou an jou ap pran konsyans ap fini ak pratik itilize SEN KATOLIK pou reprezante ORISHA (LWA) yo ;yo reprezante yo ak moun nwa kounye an.Se yon bagay yo kòmanse fè lan 20 dènye ane yo.
Se yon bagay gran PANAFRIKANIS BREZILYEN ki rele ABDIAS DA NASCIMENTO t ap konplenn de sa depi dikdantan.
Men ou konnen AYISYEN pa renmen chanje anyen;deoi yo vin jwenn yon bagay ,se konsa pou bagay lan rete.
Ou pa wè gen yon nèg ki sou sit lan di w li pa wè pwoblèm pou yo reprezante BONDYE tankou yon blan ;san nèg pa konnen ke reprezantasyon GWO TONTON ak BAB BLANCH lan se lan tradisyon GRÈK li sòti;se konsa yo te konn reprezante JIPITÈ.

Se moun NWA sèlman apa de blan ki reprezante BONDYE tankou yon BLAN

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Lun 2 Jan 2012 - 16:49

Tradisyon di ke se LAN LAKOU SA A SOUVENANS ke DESSALINES te pase 2 JANVYE ak JENERAL li yo.
Se pou moun ki ap repete rans ke VODOU se relijyon DYAB yo.Ki sa moun yo ap fè la a,ki gen rapò ak DYAB:

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=&ArticleID=55790

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Lun 2 Jan 2012 - 17:16

Monchè Joel, se pa blag! Ojis, youn nan motivasyon pou tèks sa a mwen pibliye jodi a se pou ankouraje lide mete lod nan Vodou a. Mwen te fè komantè sa a osijè yon repOtaj ki te poste sou yon sit facebook Vodou, kote Ati Nasyonal la, M. Max Beauvoir, t ap esplike jan Vodou a dwe opere aklè alèkile. Mwen di bravo pou atitid sa a paske se lè relijyon yo ap pratike nan yon kad oganize nou va kapab fè diferans ant pratik relijyon, libète ki garanti nan konstitisyon an dwe pwoteje, epi pratik kriminèl (tankou krim chimik) chalatan ap komèt anba kouvèti relijyon yo. Mwen di plis gen lod, plis li bon pou sosyete a.

Gen yon fanm etranje mwen abitye twoke kOn ak li sou entènèt la depi dikdantan ki pete lobèy kont nominasyon Ati Max Beauvoir la. Manzèl rele misye "Maxie" tandiske li refize yo rele li son non legal pa li, epi li deklare pa gen pèsonn ki chèf nan Vodou. Imajine ou kijan se yon awogans san limit pou yon etranje pale konsa sou yon fowom Ayisyen ki swadizan fokis sou yon relijyon ki souche dirèkteman nan eksperyans rezistans zansèt nou yo. Puiske mwen abitye twoke kon ak fanm etranje sa a ki deklare tèt li "Manbo" a, mwen konnen se yon moun ki pa janm respekte lidèchip Ayisyen. E podyab, se pa limenm sèl kom etranje ki soufri maladi sa a. Dotanplis, gen anpil nèg ki two kontan apiye atitid li a paske kondisyonman an fèt lontan pou nèg aksepte enjerans blan nan tout aspè lavi yo.

Imajine ou yon ti pè osnon yon ti kadinal ta soti Potoprens pou li ale Vatican ale di mesyedam yo Joseph Ratzinger pa gen dwa pap?

Bon sa ki pi rèd la gen nèg restavèk sou sit facebook kote mwen te poste mesaj la ki gentan mande araje nan dengonn mwen, yo menase oltègèt mwen paske mwen ap soulve kesyon demeplè! (CHEN NAN TÈT - ou kwè se di!)

Kenbe fèm!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Lun 2 Jan 2012 - 17:39

Jaf
mwen konprann sa ou vle di, men mwen pat finn dako ak egzanp ou pran lew te pale de napoleon. Mese sa yo te konn enpotans Aset, Sebek Maat. Yo te inisye nan rit ejipsyen yo tou.
Jwif yo padeifye abraham Izaak ak jakob. Yo plito altere mit KMT yo pou yo adaptel ak pep pa yo.
Le w antre nan vodou ayisyen, li you tijan konplike. Se you melanj nou gen lakay nou. Nou gen lwa blan, nou gen lwa nwa. Lwa blan yo gen dwa reprezante pa you imaj blan e lwa nwa yo pa you imaj nwa. Se kote fasil la mwen soulve la. Ou mande you chanjman nan prezantasyon lwa yo. Sa mande tou you chanjman nan konsepsyon yo genyen de lwa. Koman wap prezante sa yo rele lwa blan. Eske wap retire zafe konsep lwa blan.
Kijan wap reprezante simbi nan dlo? Sa mande pouw konpran kote simbi soti. Te gen you epok yo te chwazi sen nan legliz katolik pou te reprezante you lwa. Mwen dako kounye a nou pa ta dwe ap fe sa toujou.
Men la, pemet ke mwen rantre ou tijan fon nan etid sa avek ou. Poum fe sa, mwen oblije fe ou konprann ke jan yo te fel la, kreye sa yo rele you eneji ke moun ki gen konesans mistik rele egrego. Le w ranplase you imaj pa ou lot, gen you problem mistik ki poze. Egrego ki te kreye ya li abitye ak you imaj. E chak fwa prezantazyon imaj sa fet li mete li anbranl. Se tankou you veve. Le li trace lwa ki adopte veve sa tou pret pou li manifeste. Imaj la nan sans sa jwe rol you veve. Lew ou retirel, egrego la ou byen ansanb lwa ki te anbrasel pa foseman rekonet chanjman ou vin fe e se you problem misitk li lye. Plis egrego la gen plis tan plis li pi fo. Nenpot chanjman ou fe ladann li afebli li
Sa pa vle di pou nou paka pote cahnjman nan nan jan nou reprzante lwa lakay nou. Men sou plan mistik gen you fason pou sa fet. Ou pa chanje you veve konsa menm si nan veve ya ou we senbol lasentviejmari ladann. Ogou pa desann nan veve danmbala. Veve ezili pa veve simbi. Imaj yo vin fe you sel ak veve ya.
Anvan li pat reprezante konsa. Fok nou ta konnen jan yo te konn reprzante anvan melanj la. Ele piske gen you lwa ki di anyen pa pedi, nou kapab jwenn you ti kal nan eneji ki te la anvan. Sa vle di le nou te entrodwi imaj katolik nan vodou a nou te afebli egregop vodou ki te la anva. Avek le ten sa nou entrodwi ya vinn pi fo ke sa ki te la
Siw pa janm itilize imaj sa yo anko li kapab rete la a "l'etat latent" kouye you volkan
Mwen rete la
Mesi

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Lun 2 Jan 2012 - 18:36

Depi hèg tonbe lan zafè mistik lan,sa ban m zègrè.Ki sa ki mistik lan.BREZILYEN yo vyole lwa sa a ,paske yo ranplase ""ORISHA"" to?

Epitou JAF ,zafè ke VODOU an pa t gen chèf lan se pa vre.Lan tradisyon ki pi fò ka AYISYEN yo ,ki se tradisyon BENIN an ,chèf VODOU an yo rele l VODUN.
Mwen te li yon atik sou misye lan NEW YORK TIMES sa gen kelke ane de sa.M ap chache atik ,paske mwen gen aksè a achiv NEW YORK TIMES.
Premye VODUN lan lan liye misye an date de 16zyèm syèk.
Sa w di an enpòtan anpil;li lè pou VODOU an sòti lan klandestinite ;twòp asasen pran woulib sou sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Lun 2 Jan 2012 - 20:54

Joel. si se pa domen pa w pa antre. Gen jan pou sa fet. Pa gen anyen ki dwe fet nan dezod. Chak bagay gen prensip yo. Ou byen ou kwe ou byen ou pa kwe. Siw pa kwe rete deyo kite moun ki nan koze a pale. Ou gen dwa poze kesyon ridikilize siw vle.
Imaj la nan li menm vin fe you sel ak lwaa . Li aji tankou you veve. Gen de lwa si se pa veve pa l li pap manifeste. Gen de lakou ou ba bezwen veve pou lwa manifeste. Ou pa bezwen imaj pou sa tou. Si wap transfere fos you imaj sou you lot fok gen koodinasyon pou sa.
Se pa ou senp kesyon imaj. Se pa nenpot ki imaj ki reprezante danmbalah.
Pou kisa se se egzakteman tel imaj yo pran pou yo fe sa. Pou kisa se menm imaj saa ki reprezante nan preske tout kote? Poukisa ezili gen imaj pa li. Pou kisa yo pa reprezante ezili ge rouj ak menm imaj ak ezili freda? Pou kisa yo pa ranplase ti jan marasa ak imaj papa loko? Si yo fe sa, ki sa kap pase? Pou ki sa se imjaj sa menm yo te pran?

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  ainsi ne soit-il Lun 2 Jan 2012 - 22:13

jackoti01 a écrit:Joel. si se pa domen pa w pa antre. Gen jan pou sa fet. Pa gen anyen ki dwe fet nan dezod. Chak bagay gen prensip yo. Ou byen ou kwe ou byen ou pa kwe. Siw pa kwe rete deyo kite moun ki nan koze a pale. Ou gen dwa poze kesyon ridikilize siw vle.
Imaj la nan li menm vin fe you sel ak lwaa . Li aji tankou you veve. Gen de lwa si se pa veve pa l li pap manifeste. Gen de lakou ou ba bezwen veve pou lwa manifeste. Ou pa bezwen imaj pou sa tou. Si wap transfere fos you imaj sou you lot fok gen koodinasyon pou sa.
Se pa ou senp kesyon imaj. Se pa nenpot ki imaj ki reprezante danmbalah.
Pou kisa se se egzakteman tel imaj yo pran pou yo fe sa. Pou kisa se menm imaj saa ki reprezante nan preske tout kote? Poukisa ezili gen imaj pa li. Pou kisa yo pa reprezante ezili ge rouj ak menm imaj ak ezili freda? Pou kisa yo pa ranplase ti jan marasa ak imaj papa loko? Si yo fe sa, ki sa kap pase? Pou ki sa se imjaj sa menm yo te pran?

jackoti01,

M'ap siprand anpil moun, mwen trouve sa enteresan lè w'ap pale de koze sa menm si w pa ka fin bay tout sekrè yo. (lol) A la verite, w konn de ki sa w'ap pale. Sa enteresan paske sanble sa sipoze konesans rites ak óganizasyon pou konvenk e moun ki kwè e moun ki spektatè. Mwen respekte enterè yon nèg pou yon pratik ki kouran lan peyi'l men pèmèt mwen poze w yon kestyon pèsonèl: Ki sa w jwen lan sa ki rand w pi libr kom endividi? E pi èske m'pa yon Ayisyen total, eske m'se yon ènmi pou nèg lan tou 2 sit yo paske mwen m'pa pran bagay konsa oserye.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Lun 2 Jan 2012 - 22:14

Onè konpatriyOt,

nou ka remake mwen modifye foto a pou mwen ka jis anvè atis ki te kreye premye vèsyon mwen te itilize a, paske se sa misye itilize pou li fè pwomosyon biznis li. Nou ka byen enterese tyeke diskisyon mwen tanmen ak li sou fowom ki rele Lwa Rasin Ginen https://www.facebook.com/groups/DEKAVODOU/?ref=notif&notif_t=group_activity

It is actually an interesting discussion which is evolving in English at the above link about the reason why in 2012 it is typical to find Africans using images of white people to represent deities but, the reverse (i.e white people using images of Africans to represent deity) is not - or very seldom - done. We are looking at the historical roots of that phenomenon which is even observed in Haitian Vodou where the African deities are represented by images of white people - even in 2012. N.B. : I changed the image in order to be fair to the artist who created the one which i had used in the original posting, as he is using it for his business.

-----

Jackoti, se noumenm Ayisyen k ap betize ak bagay serye tande. Si ou suiv chenn diskisyon sou Lwa Rasin Ginen an, ou va remake menm ti blan ki louvri biznis vodou li a, deja ap mete li opa ak itilizasyon imaj Nèg pou reprezante Lwa yo. Si lidèchip Vodou Ayisyen an kontinye ap ranse, nou ka wè chanjman ki merite fèt yo se blan ki fè yo nan pwop relijyon nou.

Mwenmenm k ap pale avèk ou la mwen pa kwè nan ankenn relijyon. Kit se sipèstisyon Blan, kit se sipèstisyon Nèg, mwen konsidere se lakilbit moun ap fè pou yo eseye bay kesyon yo pa ka reponn yo yon repons kantmenm. MèzalO, menmso mwen pa kwayan (nan relijyon), mwen konprann enpOtans relijyon genyen nan yon sosyete. E mwen ta renmen wè sosyete Ayisyen an gen tout zouti li bezwen pou nou bati amoni antre nou. Kidonk, plis gen lOd, plis gen adaptasyon ki fèt pou pratik relijye yo bon pou sante fizik ak mantal nou, plis m ap di Ayibobo pou sa.

Se moun ki fè relijyon yo. Se moun ki pou asire yo relijyon yo sèvi nou byen olye yo kokobe kreyativite nou, libète nou, solidarite nou. Mwenmenm se pa Lwa yo ni lot ekstraterès - kit yo rele yo bondye, sen....ki enterese m - se MOUN!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Le gros roseau Lun 2 Jan 2012 - 22:21

Kitem pwofite anonse yon gwo entelektyel vodouisan ki sot kite nou se Jacquelin Despeigne ke anpil neg o Cap ka konnen.se yon e-mail mwen resevwa ki anonse depa misye.Byen ke li pat zanmim li se te zanmi yon zanmim .Mwen pap di plis paske mwen pa vle pale de sam pa konnen.kitem aprann pito .Genyen yon bagay Joel di ke mwen kontan fok genyen lod nan Vodou pou anpil malveyan pa pran wou lib sou li nan fè malfesans.sa enpotan anpil si pou relijyon vodou vinn tounen yon fos de rasanbleman pou pitit peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  ainsi ne soit-il Mar 3 Jan 2012 - 0:18

Jackoti, se noumenm Ayisyen k ap betize ak bagay serye tande. Si ou suiv chenn diskisyon sou Lwa Rasin Ginen an, ou va remake menm ti blan ki louvri biznis vodou li a, deja ap mete li opa ak itilizasyon imaj Nèg pou reprezante Lwa yo. Si lidèchip Vodou Ayisyen an kontinye ap ranse, nou ka wè chanjman ki merite fèt yo se blan ki fè yo nan pwop relijyon nou.

E byen yo fin volè menm loa Ayisyen lan main'l. Se Ayisyen ki remèt yo loa yo menm. Donk, se yon lót byen n'ap anvizaje reklame.

Sa fè lontan m'te fè yon komantè lan sit la lè li te Lavalas.org kote m'te siyale yon fanm blanch ki te gen sit vodou'l lan Entènèt la. Mwen te remake ke fanm la te konn vodou pi byen petèt pase nou tout k'ap pale a. Sa fè 10 an de sa lè m't'ap fè yon rechèch vit sou kilti atistik an Ayiti. Sa p'at plis entrige'm paske m'toujou tande Ayisyen k'ap di ke vodou se relijyon inivèsèl ki louvè a tout moun tout ras.

Gen anpil bluff lan kestyon vodou sila ki pi sanble ak yon komès ke lót bagay. Mwen pa janm wè kote majorite yon kominote rasanble pou al lan peristil ou lan lót seremoni loa an Ayiti menm janr ak tout moun k'ap mete yo sou 36 yo pou y'al legliz. E pi se toujou ke majorite Ayisyen se vodouizan y'ap di. Pou mwen sa p'at janm pa vre. Pito m'te konn tande y'ap di ke majorite Ayisyen lan maji. Ak sósèlri.

Sa mwen konprand e ke mwen met moun au défi pou di m'manti, sè ke spirityalite se yon bagay pèsonèl lan vodou itou si byen ke moun konn gen bwat rogatoire lakay yo.

Mwen sot li kote JAF di ke te gen yon moun ki di ke sa pa deranje'l si gen imaj blan lan kilt vodou, se pa't mwen ki te di'l men ofon sa pa dwe deranje yon moun ki pa vodouizan. Tankou m't'ap di lan diskisyon sou lEgliz Coltrane la, mwen pa lan relijyon men m'toujou met lan tèt mwen ke si moun vle kwè, yo sipoze jwenn prop Bon Dye yo e pi chwazi modèl ki sanble ak yo.

Cela dit, fason Jackoti01 pale a, li-menm ki se yon vodouizan, yon franmason, elatrèy, (lol) li ka pa fasil pou chanje iconographie vodou an Ayiti ke yo te toujou dekri pa sa yo rele syncrétisme religieux. E pi, se dènyèman mwen tande nèg ap seye oganize relijyon sa a san dout apre sa Beauvoir e Co ap gad k'ap fèt lan Brezil parekzanpl. Amwenske gen yon schisme ki fèt e ke moun sa yo ta deside pa sèvi ak imaj di tou lan rites pa yo.

Sa m'ta renmen wè, se ki chanjman lan ekspresyon on seri de atis an Ayiti ke revolisyon JAF ap defand la pwal produi pi devan. Men m'ap mande'm si an Ayiti nou gen ase fós, ase enèji, ase resous pou nou espere atake kilti dominant la de toutes parts.

Yo toujou di ke moun ki emigre se gadyen tradisyon; pandan ke peyi d'orijin yo ap evolye ou chanje, sa k'ap viv a l'etranje gen tandans pèpetye abitid lakay. M'ap fè yon ti ekzajere petèt, men sanble ke moun Nwa k'ap viv de pi 500 ane lan Amerik yo plis motive sou yon seri de kestyon ke Afriken ki vin fè nich yo bor isit. Jodi a, se pa 2-3 prètr kongolè ki ap selebre mès lan pawas blan Okanada. E pi prezans imigran Congolais, Ruandais, Burundais pèmèt anpil pawas reviv kote y'ap viv lan Kebèk ak Kanada.

Everything is a matter of business and power. Si vodou te janm yon relijyon ankre tou d'bon vre lan espri majorite Ayisyen, m'pa wè pouki sa nou santi nou menase pase sa. Mezanmi, mwen trouve ke lan ka Ayiti, Istwa ak Teoloji sa kreye friksyon. Kote mwen pa kontr ke vodouizan ap oganize yo, sè ke si yon ka konstitye yon faksyon progresis k'ap peze lan balans politik an Ayiti, yo dwe kraze baryè. M'ap raple ke pou mwen moun ki ap pratike vodou serye se pa yon majorite yo ye an Ayiti.

M'ap aprand nou ke lan yon projè akademik, gen yon Kebekwaz ki te envite'n lakay li. Lè m'te rive lan sousol kote li te enstale biwo'l, premye bagay ki te frape atansyon'm se te yon ti amwa ak on seri de imaj Sen ak lót ti objè, ak yon sort de lanp k'ap boule. Se lontan apre ke konpayèl Kebekwaz mwen a l'epók t'ap di'm: "w-menm, w pa janm di anyen."

Mwen ka pa't li byen, èske JAF di l'se vodouizan?
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Mar 3 Jan 2012 - 0:29

Non Martine, pa respè pou frè ak sè Vodouyizan m yo, mwen pa janm di mwen se Vodouyizan, puiske mwen pa pratike okenn relijyon. Yo te leve m nan bagay kretyen yo. Men, sa gen lontan mwen geri, mwen pa nan zèv sa yo anko. Kounye a mwen lib-e-libè - mwen kwè sa mwen kwè, san manti, san fè sanblan.

Antouka, mwen pral repoze vye kO a.....mwen kontan wè kalite diskisyon yo. Mwen aprann anpil bon koze nan men nou tout ki patisipe jiskaprezan. Si sante a pèmèt, mwen va pataje ak nou kèk refleksyon lot kanmarad fè sou kesyon an sou lot fowom - youn nan yo se yon konpatriyot ki Vodouyizan epi ki fouye fon nan koze yo. Misye rele Norluck Dorange.

Respè kanmarad e mwen swete Zansèt nou yo kontan ak ti efo n ap fè pou nou onore memwa yo - selon kapasite nou !

Bilolo!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Mar 3 Jan 2012 - 7:35

Zanmi kamarad mwen eseye reponn tet fret san blankofobi san blankofoli. Se you bel inisyativ pou chanje imaj blan nan vodou. Mwen repete ke fok nou pran an konsiderasyon nosyon ke yo rele "eggregore". Na chache sans mo saa pou nou konprann sam vle di. Le kolon te atake kilti nou li konnen li tap diminye li le li te fe nou boule pwop imaj pa nou. Nou te vinn ak imaj blan yo se pou nou te kapab tronpe pe katolik yo ki tap fose nou konveti. Konsa metod pa nou se te mete foto sen blan yo men an fet se lwa ginen nou tap adore. Yo te konprann nou kite pa nou pou nou anbrase pa yo, men se pa nou nou tap adore. Men le nou te fe sa nou kreye yo lot egrego ki bay vodou lakay nou you lot direksyon. Nou kreye you lot branch vodou. Gen lwa ki li menm vinn asosye yo ak imaj sa yo e moun ki sevi yo te oblije al achte imaj sa yo pou met lakay yo.
Si nou vle retire imaj sen sa yo se pou nou konnen ki imaj yo te konn itilize anvan si yo te konn itilize. Le sa nap retounen nan sous la. Nou pwal readapte nou nan egrego ki te la anvan. Se pa evidan ke lap gen anpil fos ( mwen konsidere nou li sou "eggregore" e nou konprann sa mwen vle di ya. Chanjman pafwa gen tandans desakralize. Fok nou ka respekte tou sa moun yo kreye menm le nou trouve li ridikil. Mwen gen zanmi pam ki ougan ki retire imaj sen blan yo lontan nan ounfo li. Mwen jis we li pa konn ki sal tap fe. E mwen pa kwe li konn nosyon "eggregore" la.

Men sa mwen te li sou net la.

D’ailleurs, certains auteurs pensent que c’est l’Église catholique ellemême
qui aurait imposé aux Yorubas les saints comme équivalents aux
orishas, l’idée étant d’amener progressivement les esclaves à se convertir
à la religion catholique. Cette hypothèse, qui semble néanmoins peu
probable, s’appuie sur un synode papal de 1687 au cours duquel l’Église
catholique conseilla au clergé de tenter d’accommoder les croyances
chrétiennes aux croyances animistes africaines. Un édit de 1792 préconise
également d’obliger les esclaves africains à abandonner leurs divinités
et à « trouver un saint catholique équivalent ».

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Mar 3 Jan 2012 - 7:45

jackoti01 a écrit:Joel. si se pa domen pa w pa antre. Gen jan pou sa fet. Pa gen anyen ki dwe fet nan dezod. Chak bagay gen prensip yo. Ou byen ou kwe ou byen ou pa kwe. Siw pa kwe rete deyo kite moun ki nan koze a pale. Ou gen dwa poze kesyon ridikilize siw vle.
Imaj la nan li menm vin fe you sel ak lwaa . Li aji tankou you veve. Gen de lwa si se pa veve pa l li pap manifeste. Gen de lakou ou ba bezwen veve pou lwa manifeste. Ou pa bezwen imaj pou sa tou. Si wap transfere fos you imaj sou you lot fok gen koodinasyon pou sa.
Se pa ou senp kesyon imaj. Se pa nenpot ki imaj ki reprezante danmbalah.
Pou kisa se se egzakteman tel imaj yo pran pou yo fe sa. Pou kisa se menm imaj saa ki reprezante nan preske tout kote? Poukisa ezili gen imaj pa li. Pou kisa yo pa reprezante ezili ge rouj ak menm imaj ak ezili freda? Pou kisa yo pa ranplase ti jan marasa ak imaj papa loko? Si yo fe sa, ki sa kap pase? Pou ki sa se imjaj sa menm yo te pran?


Non ;zafè de mistik ,de imaj lan se yon vèvè;mwen pa konprann.Annou kòmanse sou relijyon mizilman an ki pa gen okenn reprezantasyon SEN ,oumenm PWOFÈT MAHOMÈT.
Pou sa ki pa konnen ,relijyon sa a se pitit relijyon KRETYEN an ,se lan anviwonman sa a PWOFÈT lan te leve ;misye te wè dezòd nèg ap fè ak sa yo rele RELIK yo,IMAJ ,ki fè yo entèdi bagay konsa lan relijyon an .

Reprezantasyon blan an ,tankou AKANJ GABRIYÈL sòti lan yon kontèks byen presi ;se pa t ann AYITI sèlman ;sa te fèt lan sosyete esklavajis ki sanble ak pa AYITI an ,tankou KIBA ak BREZIL.
Esklav yo te bezwen yon reprezantasyon pou lwa yo e yo pa t vle tou ke mèt lan reyalize ke se LWA ,ORISHA (KIBA),ORIXA (BREZIL) y ap priye.
BREZILYEN yo sòti pou yo chanje pratik sa a ak akseptans ke relijyon an kontinye ap genyen lan peyi yo;sa ki pral pase yo?

Kanta pou bagay mistik lan ;mwen pa kwè gen okenn bagay mistik e ou pa p ka konvenk mwen.ANN RETE LA!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Mar 3 Jan 2012 - 8:00

Joel ou jwenn akanj yo tou lakay mizilman yo. Yo genyen veve tou ke yo rele mandala. Yo genyen pwop egrego pa yo.
Yo gen pwop strikti pa yo. Ou ka liv la magie des arabes pou ou gen ou lide.
Joel vodou ayisyen an gen ou ote misik ladann. Le wap aple 2 relijion ou dwe konnen ke relijion an baze sou mistik nan tout sans mo a.
Siw pa konprann poze kesyon. Sispann pale de saw pa konnen

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Mar 3 Jan 2012 - 8:42

JACKOTI,zafè mo ""konnen"" pa vin ize l ak mwen ;ou konnen ki sa ?
Ou konnen bagay ke yo aprann ou ;bagay ou aprann lan fran masonri petèt.
M ap ba w yon ti sekrè ,si w vle li liv MAJI ,ale sou GALLICA.FR.W ap wè tout liv maji ke yo pibliye an FRANS e ki lan domèn piblik.Si sa w konnen lan se lan yon lòt jan ou akeri yo se yon lòt afè.
Mwen menm mwen di w mwen pa kwè lan zafè MISTIK lan ;pa gen bagay MISTIK.TOUT RELIJYON an te gen bagay MAJIK yo ;jwif yo se KABALLAH,KRETYEN te genyen pa yo ,MIZILMAN yo tou.
ZAFÈ AKANJ GABRIYÈL LAN ,bon zanj ,move zanj ,SATAN elt.. se lan imajinasyon yon SAJ ""PERSIAN"" yo sòti ;yon saj ki rele ZARATHUSTRA yo sòti.Misye te viv 3 ou 4 mil an anvan JEZIKRI ,yo pa konnen ekzakteman.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Mar 3 Jan 2012 - 9:47

JAF;

Sou zafè ke VODOU pa gen CHÈF lan .Wa wè ke liy aktyèl PAP VODOU lan BENIN an ,liye l date de 1452.Wa wè tou ke yo envite misye lan NEW ORLEANS,BRAZIL ,KIBA men yo pa janm envite l pou l ale AYITI;
NEW YORK TIMES te ekri lòt atik sou misye:

http://www.nytimes.com/1996/03/10/world/at-african-heart-of-voodoo-pride-over-heritage.html?ref=benin&pagewanted=all

Men yon lòt atik ,ki di sa w vle di an ;men otè "'fim"" lan limenm se ak afriken ameriken li t ap pale:

http://www.cbsnews.com/stories/2006/10/25/entertainment/main2124524.shtml?tag=mncol;lst;1

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Mar 3 Jan 2012 - 17:20

Kamarad Joel Fe yo ti poze,
mwen diw vodou a gen aspe mistik ladann. Si w pa kwe, respekte omwen sa moun yo fe. Sa va montre tou ou gen respe pou yo. Ou gen dwa kesyone potre blan yo mete. Men fok ou antre nan prensip vodou ayisyen an menm pou w pote chanjman nan respe kwayans moun yo genyen. Mwen repete pou w egrego vodou gen poul we ak sa. Si ou vle chanje li se byen men fok ou konen sa ki genyen deyel tou.
Kamarad Joel mwen konprann kote w vle antre. Ann nou gade tout boulvesman Jaf kreye ak senp chanjman sa li mande ya. Sa Jaf mande ya , pote nou a chanje tout sistem vodu ayisyen an. Gen de lwa yo fete l menm jou ak fet sen blan. Eske nou pwal kite selebre fet lwa sa yo tou ou byen eske nap kreye ou lot jou pou yo? Eske nap mand e vodouyzan poul pa fete gede anko paske yo fetel nan dat blan yo bay? eske nap di yo pa al sodo anko paske se fet sen blan li ye?
Joel sa mande pou gen dyalog ak moun ki nan vodou ki konpran e/ou pratike vodou nan tout dimansyon li pou yo we kijan pou yo repentire avek koule lakay senpman e/ ou koule li te genye anvan li rive ayiti. Sa ap mande petet pou yo retire eleman moun po rouj yo ( endyen) ladann. Pa bliye vodou ayisyen an se you melanj li ye.
Joel, se pa oaza yo chwazi jou sa yo. Siw gade kom ou li nan liv wap se tout kilti ki fete you seri de fet menm jou ou byen nan men peryod. Fet sa yo se solstis (2) ak ekinoks (2) ki vinn baw kat (4) fet enpotan. Li nomal ke ou jwenn fet sa yo tou nan vodou. Ou jwenn katolik fete ekinoks prentan nan fet pak. Nan vodou yo fetel nan men epok sa yo tou kote ou jwen moun yo fe yo semen ap danse rara. Katolik fete solstis ive 25 desanm kom kwa se noel. Se epok renouvelman. nan vodou se menm epok sa yo tou moun yo renouvle angajman yo. katilik yo fete solstis ete na 24 jwen jou st Jan baptist. Vodouyzan yo tou gen lwa yo fete nan jou saa tou. Katilik yo fete ekinox otomn nan jou fet st michel 29 septanm. Vodouizan gen lwa tou li fete jou sa.
Es ke nap atake tout bagay sa yo tou. Eske nap retire kilti sa yo lakay vodouyizan?
Kamarad Joel se tout bagay sa yo pou chache konnen anvan ou pale.
Se tout ou refom sa mande men fok gen brase lide. Kote sa yo mwen soulve la se kote sa nou rele "exoterique", sipefisyel, piblik. Kote "esoterique" la (kache) se ougan konpetan ki konprann sosyologi, antropoloji, etnoloji, psikoloji, filozofi, estetik ( poum raple kesyon " artistique" martine la tourmente te soulve) avek "l'esoterisme du vodou haitien" pou ki chita ansanm pou fe sa.
Kamarad Joel mesi pou lyen an ou voye ya
Kamarad joel Se tou paw

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Mar 3 Jan 2012 - 18:04

JACKOTI;

San nou pa bezwen tonbe lan mo ""konnen"" an ;paske AYISYEN pale de mo sa a twòp pou yo tonbe lan blòf.Mwen pa p pale de wou non ;se jenetalizasyon m ap fè.
Semèn pase la a mwen tande yon nèg sou RADYO KATAYIB;yon blofè notwa ap pale de liv LINSTANT PRADIMES lan .Se yon ekselan liv vre wi ki ka w fè w konprann administrasyon BOYER an ;misye ap di liv lan ra.Li ra vre wi men tou ou gen dwa ale sou GALLICA.FR e ou ""download "" liv lan .Sa vle di nenpòt moun ki gen yon konpitè ak yon minimòm entelijans ou gen dwa gen aksè a li.Misye t ap montre ke li gen yon avantaj paske li liv lan e zòt pa li l
SE JIS YON PARANTÈZ.

Annou tounen sou sa n ap pale an.Mwenkwè ou konnen ke se pa lan fete solstis ke NWÈL ak PAK tonbe lè yo tonbe an.
Pa gen moun ki konnen kilè JEZI te fèt.Lè KRISYANIS te ap eseye penetre ann EWÒP ;yon bagay ki pa t fasil;yo tou fete nesans KRIS ;an menm tan ke DEYÈS ROMEN ki rele MITRA a lan menm epòk ;e tout manifestasyon fèt yo rele PAK lan gen trè pe pou l wè ak krisyanis ,se manifestasyon fèt KRETYEN yo te rele ""payen"" yo.

Ant yon lòt parantèz ,mwen kontinye ap mande m si DESSALINES pou l te kase kòd ki sa nèg ta di si l te tonbe rele jou dapre LWA VODOU yo ,tankou SAXON yo fè l jis jounen jodi an
Ap rele MADI,JOU-TWI (TUESDAY) ou byen JEDI ,THOR-DAY (THURSDA)
Lè kretyen yo penetre an ANGLETÈ tout sa yo fè SAXON yo pou yo chanje non JOU yo ;yo refize;se nan tradisyon yo..

Pou nou retounen sou sijè JAF lan ;ou konprann si ou pran yon reprezantasyon bondye ;youn nwa,youn blan e ou mande majorite ayisyen ,kilès ki reprezantasyon BONDYE an ;dapre wou ki reprezantasyon y ap chwazi.
Ou konnen kilès

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Mar 3 Jan 2012 - 21:59



I just finished watching this great interview which covers so many grounds, starting with Haitian Vodou, its connections to Africa, Brazil, Cuba, Trinidad, Black America etc... The latter part of the show covering universal issues of how cultures interact with each other, self-justification and demonization of the "other" is particularly POWERFUL. I am intrigued by the German joke Professor Matory says he had to sensor out of the interview. I appreciate the quality of the information shared and how this academic has successfully communicated it, in precise but accessible language.


BON ZOUTI! - si nou suiv byen, gen yon kote misye mansyone ki jan Ozetazini gen Nèg ki deja antame demach retire potre sen blan yo, nan pratik relijyon ansestral Afriken yo. Kidonk, jan mwen di sa deja, zafè lidèchip Vodou Ayisyen an si li vle rete nab dèyè kamyonèt la ap plenyen "o wi nou pè pou lwa yo pa pèdi fos". Kidonk, mete yo anba kouch foto bouwo ki te masakre zansèt nou yo pa te febli yo, men se remete imaj ki koresponn ak reyalite ansestral nou ki riske febli yo? ToutotanVodou an ap fonksyone nan lojik sa a, gen anpil moun ki pap ka pran nou oserye! Imajine ou yon bann jwif ki te ajenou devan foto Adolf Hitler epi yo ta mache ap di se bondye "Abraham" y ap adore. Ou pap janm wè moun ki pa fOktOp ap aji konsa.


PETE CHENN YO!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Mer 4 Jan 2012 - 0:33

Joel, menm ou menm ou pe di repons la. Bagay sa a grav wi. Mwen gen you pitit fi mwen tou di moun pa bal poupe blan men sa pa anpeche manman li achte poupe blan pou li. Bagay sa nevem. Mwen pa anti blan non. Mwen pa vle pitit mwen grandi ak referans e preferans blan kouwe sa profesem ka fre te ban mwen.
Se blan pou ki ta blan. Apre bondye se blan. Se vye koze konsa mwen te konn tande. Le nap gade aksyon lejand nan you fim, nou di mesi blan. Nan ka saa ou we ki bondye yap chwazi.


jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Mer 4 Jan 2012 - 2:40

Mwen byen kontan ou bay repons lan.Se yon pwoblèm ki pa piti non.Se konsa modèn kanpay pou DWA SIVIK OZETAZINI an te kòmanse.
Se lè pwofesè JOHN KENNETH CLARK ki te yon pwofesè PSIKOLOJI lan CCNY te fè demonstrasyon sa a.

Li te pran yon bann poupe ,Poupe yo te preske idantik eksepte yon PATI te gen koulè blan ,yon pati te gen kou;è NWA.Yo te pote poupe yo bay uon gwoup ti moun nwa e yo mande yo kilès ki pi bèl e ki poupe yo vle ;preske tout timoun yo te chwazi poupe BLAN an.
Se te youn lan pi gwo agiman lan pwosè BROWN vs BOARD OF EDUCATION lan.Timoun alèkile ,tankou pitit fi w lan ,ap chwazi poupe nwa a ;gen yon gwo travay ki fèt.
Si w sonje ,gen yon nèg ki te konn entèvni sou sit sa a;misye te gen yon ""avatar"" ak yon BONDYE BLAN ki ap veye sou EWO ENDEPANDANS yo.

JAF ale ann AYITI souvan e li entèvni lan radyo si l te ka kontinye ""KWAZAD'" sa a ,sa ta rann anpil sèvis.

Mwen remèsye JAF tou pou entèvyou sa a;nou bezwen moun tankou MATORY,pwofesè lan DUKE UNIVERSITY,youn lan pi gwo INIVÈSITE sou planèt lan ,pou misye al ann AYITI pou fè AYISYEN gen fyète lan relijyon yo.Ou pa janm wè yon atisyen eksplike VODOU an konsa.
Y o kite pwotestan AVARYE ap monte sou radyo toujou pou pale relifyon pèp lan mal

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum