Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
Voir le deal
399 €

Jete vye pòtre bondye blan yo!

5 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Empty Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Lun 2 Jan 2012 - 11:49

Rappel du premier message :

Pou kisa yo rele Lwa yo "LWA GINEN"?

Èske se pou anyen Gran Jean-Jacques Dessalines elve nan nivo espirityèl apre lanmò li?

Pou mwenmenm, Vodou a kreye epi devlope nan yon kontèks patikilye.

Tandiske kriminèl tankou Rochambeau, Napoléon, Leclerc...te genyen kriminèl a soutàn tankou Père Labbat, Père Fauque de Cayenne ki t ap ede yo konsolide pouvwa yo sou zile a. Chak dimanch, bouwo a soutàn sa yo te abitye monte sou chè pou yo di Afriken yo se nomal pou yo sèvi blan. Se Bondye ki vle sa. E yo te apiye sou plizyè vèsè biblik tankou Levitik 25 v 45 «Nou ka achte pitit moun lòt nasyon ki ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. Nou va kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Yo va sèvi nou jouk yo mouri…". pou yo foure salopri sa yo nan sèvèl zansèt nou yo.

Bon chans pou nou, te gen Bon Ginen tankou Makandal, Boukman, Cecile Fatiman...ki yomenm te kanpe an kwa kont vye pwopagann santi sa a. Nan goumen, nou reyisi kase chenn nan pye, chenn nan bra, chenn nan kou. Men, pou nou pete chenn nan tèt yo, anpil travay dwe kontinye fèt. Mwenmenm se la a mwen wè nesesite pou Vodou a netwaye tout enpirite ki kontamine li akoz fwotman li fè ak sipèstisyon esklavajis yo.

Relijyon pèpè yo te enpoze zansèt nou yo se yon zàm ofansif li te ye nan men esklavajis yo. Yo te atake nou ak tout zàm....boulèt kanno, bib, bòykotaj, eskamotaj (ranson) ekonomik, Noumenm, nou te itilize Vodou kom yon zàm defansif pou nou fè REZISTANS. Lè sa a, itilizasyon foto Sen Jak sou chwal li, ti Erzili po woz, sete taktik revolisyonè ki te nesesè epi adapte a bezwen rezistans lan. Kounye a, tan an chanje, kontèks yo evolye, fok taktik yo ta pran lòt fòm.

Se pa yon senp kesyon "koulè po". Pa bliye, Manbo Bwa Kay Iman an (Cécile Fatiman « Grann Iman ») se yon swadizan "milatrès" li te ye, pitit yon Nègès epi yon prens peyi Lakòs. Kidonk, yon moun « po wòz pal ». Mèzalò, Grann Iman te konprann nesesite pou li komèt suisid klas ak ras. Pou li bandone privilèj ki asosye ak pati ADN Ewopeyen li an, pou li te ka kanpe 100% ak zansèt manman li - Nègès Lafrik Ginen an.

Se pa yon senp kesyon koulè po. Se yon jenosid Ewopeyen yo te vle fè kont tout pitit Lafrik yo. Nou reysi siviv,,,,men si nou vle VIV fòk nou kontinye goumen ak entèlijans, pèsistans epi KOURAJ - menm jan ak Zansèt vanyan nou yo.

Zòt gen bondye Abraham, Izarak, Jakòb, ki se bondye Napoléon, Rochambeau, Jefferson ak Hitler. Yo fè bondye yo tèt koupe ak yo.

Noumenm, nou gen bondye Osiris, Imhotep, Akenaton, Kufu, Tiye, Dessalines, Makandal, Sanit Belair, Kebinda…Pou mwenmenm, li lojik pou imaj nou sèvi yo ta byen reprezante ni Zansèt nou yo, ni esans Lwa Ginen yo.

Ogoun Feray, se pa nan montay Lasuis li gen rasin li, se nan Wayom Ginen yo. Sinon, ki sans mo Ginen sa a genyen la a?

Jafrikayiti

2 janvye 2012
Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Papa-l12



Dernière édition par jafrikayiti le Mer 4 Jan 2012 - 0:30, édité 3 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas


Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jackoti01 Mer 4 Jan 2012 - 8:08

Kamarad joel,
Jaf te ka soutitre video sa an kreol pou yo pase ayiti.
Mwen konprann byen sa ou tap pale ya. Mwen te jis vle antre koule mistik la ladann. Kom "Pap" vodou a la lap fasil pou neg yo al benin pou yo gade. Yo gen dwa pa menm ale menm. yo ka mande enfomasyon sou imaj yo reprezante lwa yo ( si yo fe sa ak imaj)
Mesi anpil Mesi pou jaf tou

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Joel Mer 4 Jan 2012 - 10:49

JACK;

Yo paka reprezante ""orisha"" yo ;se tèm YOROUBA;lan lòt jan ke a moun nwa.Se pa estati yo te plis reprezante yo.Si w ale lan MOMA lan NOUYÒK w ap wè estati yo .Gen yon patikilarite estati sa yo se dyòl epè;sa moun ki pa konn kote yo sòti yo rele ""gwo dyòl""

MOMA te gen yon seri sou PAJ WEB yo an ;ki di ki LWA (ORISHA)yo te sèvi ;kilès ki asosye ak abondans e pwosperite lan lanne 1300 ak 1400 yo ;se te anvan EWOPEYEN yo te penetre lan zòn lan.
JACK;
Se pa flate m ap flate JAF non ;men mwen konn tande misye sou RADYO yo ann AYITI ,yo ba misye anpil respè.

Kite m repete l ankò.Ou wè ke yo envite PAP VODOU an lan kote yo pratike reljyon YOROUBA yo;lan NEW ORLEANS,lan KIBA ak lan BREZIL.
Yo pa janm envite misye pou l vin ann AYITI.SA K FÈ SA?

An palan de PAP VODOU an ;mwen kwè se misye PAP JEAN PAUL II te rankontre an 1994, lan BENIN pou l prezante eskiz pou pèsekisyon legliz katolik fè RELIYON YOROUBA a yo sibi.
Li lè tou pou yerachi LEGLIZ KATOLIK lan ann AYITI fè menm jès lan tou.


Dernière édition par Joel le Mer 4 Jan 2012 - 15:57, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Mer 4 Jan 2012 - 11:13

Kanmarad, souple pa rele mouche a "Pap Vodou". Mwen pa gen non an sou lamen la a, men Norluck Dorange te voye yon mesaj sou facebook mwen kote misye esplike ki tit chèf Vodou a genyen. Annou itilize mo ki nan kilti orijinal la, pa respè pou kilti sa a.

An pasan, mwen fenk poste yon tèks Jean-Paul Poulaga ki montre aklè, koze n ap pale la a, se bagay anpil moun je kale ap reflechi epi aji sou yo. Elit Afriken an ap travay...

http://www.forumhaiti.com/t13721-l-elite-africainne-reflechit-et-agit-sur-la-question-des-religions#115729

E noumenm Ayisyen ki sa n ap ofri tilezanj yo? lapèrèz, parès, konfomis? Mwen pa kwè sa! N ap leve pye nou tou pou nou mete lod nan zafè nou.

Ayibobo!


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  jafrikayiti Mer 4 Jan 2012 - 11:40

Men mesaj Norluck mete sou paj facebook li a, osijè sa mwen te wè sou mi kay chèf Vodou a, nan peyi Benin:

Ou te ka konprann se te sou mi lakay Daagbo Hounon an ou te wè vèvè, mi sou deyò a. Si w te pi fon nan Vodoun a ou ta ka konprann ke misye se yon entèlokitè ofisyèl li ye sèlman nan non tout chèf kouvan (hunkpame) ouswa peristil an kreyòl ki egziste nan Benin. Lè Leta a bezwen negosye ak Vodoun a se ak misye li adrese l. Gen anpil lòt etranje ki soti an Amerik ouswa Ewop ki vin pran ontak ak Vodoun a, yo toujou mennen yo lakay Daagbo a. Kidonk, anpil moun nan okisdan an ki konprann Vodoun a atravè liv sou vèvè Milo Rigaud ak Lwa Ayisyen yo, se sak fè, pou rezon maketing, (m plis kwè se yon koutwazi yo fè Ayiti tou) ou ka wè vèvè deyò sou mi lakay misye. Men sa pa gen anyen pou wè ak Vodoun Dahomey an, ki, lè nou ap pale de Vodoun nan Ginen an, se sa ki sa. Pou zanmi ki ap pale de vèvè nan Ejipt la, se pou nou fè anpil atansyon. Vini ak referans yo, lè sa a nap pale. Mwen sèvi ak lang kreyòl an Ayiti ki gen yon gwo dominant FON Dahomey a pou m chèche kole bout bout traidsyon oral ki ka ban nou istwa a byen. Mwen jwenn sa l vle di nan FON e map prepare yon liv ki gen pou soti ane sa a an angle, paske moun ki pale franse yo pa renmen envesti nan liv, map vini ak pwop eksplikasyon pa m sou sa.

https://www.facebook.com/jafrikayiti?ref=tn_tnmn#!/ndorange

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Jete vye pòtre bondye blan yo! - Page 2 Empty Re: Jete vye pòtre bondye blan yo!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum