Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien

4 participants

Aller en bas

Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien Empty Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien

Message  Joel Lun 9 Avr 2007 - 7:28

Men yon kominikasyon enteresan ki ka sèvi elèv nan Inivèsite MARC-HENRY yo.

Sa ki remakab nan kominikasyon sa a ,se respè grandèt nou yo,te genyen pou lang kreyòl lan ;tankou otè an di ke Jeneral GERIN ki te Sekretè Pétion ak Minis Enteryè tou ,te rekòmande pou lekòl fè an kreyòl.
Konstitisyon 1843 ak 1867 yo te rekòmande tou ke tout lang yo ize nan peyi an,dwe anseye nan lekòl.

Sanble lontan nou te gen moun lespri ,se kounye an nou genyen yon pakèt moun sòt ki ap dirije nou,tankou vateryen ki Minis Elevasyon Nasyonal kounye an,ap pase patou na peyi an ,pou l ankouraje dikte an Franse ,men ou pa janm tande l ap ankouraje dikte kreyòl:

http://www.univ-ag.fr/gerec-f/arec-f/ajoint/index.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien Empty Re: Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien

Message  alex jacques Lun 9 Avr 2007 - 8:53

Mon Che Joel;

Sa ki fe-m mal anpil la, se loske mwen we ke de twa moun ki ka degaje yo an Franse, konsidere tet yo kom entelektyel.

Gade, se you privilej pou yo le yo ka kole demo dwat e goch. Yo gonfle lestomak yo, yo santi ke yo pa gen dwa janm mouri anko.

Mwen konsidere sa, kom you banm ignoran, ki vle fe tout you pep pase pou pi ignoran pase yo. Moun sa yo pi ignoran ke you analfabet.

E byen si se te konsa, you moun ki fet an Frans pa bezwen al Lekol pou-l vinn entelektyel, paske yo tout konn pale Franse.

Tyoup!!!!!!
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien Empty Re: Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien

Message  Rodlam Sans Malice Lun 9 Avr 2007 - 9:55

Se ak plezi ke mwen li teks saa .moun ki ekri teks sa se yon moun ki di bagay yo jan yo yé.Joel di yon bagay la ki se yon verité :li sanble ke chef lontan yo te pi pwogresis.e atik la di yon bagay ke nou konstate koulyè ya pi red:apre tout tan saa ti moun yo fè ap etidye fransé se yon ti gwoup ki reyisi pale e ekri franse a byen.Yon moun ka li sa serten moun ki swa disan filosop pou wè ke lang ayisyen se kreyol.Yon lang pou pale li byen fok ou pratike l ,kelke swa lang lan.ki jan pou yon ti ayisyen pitit so yet ak boss jo fè pale franse byen si li pa janm pale li lakay li.eske se pa yon konpleks ou kreye lakay li lè ke pou li kominike ak yon lot moun swa oralman ou byen pa ekri ou mande l pou li ekri yon lang ke li pa pale.

An nou pran nenpot amriken pov ki pa fè anpil tan lekol ak yon ayisyen menm kategori ya pou wè ki les ki genyen plis fasilite pou li eksprime li si se an franse ou mande ayisyen pou eksprime li.pafwa ayisyen ka menm fè plis tan lekol ke meriken yan ,poutan meriken an eksprime li plis ou mwen korek nan lang li.Se sel moun ki bouche yo ki pa rekonet ke lang ayisyen se kreyol.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien Empty Re: Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien

Message  Sasaye Lun 9 Avr 2007 - 12:34

Non selman Ayisyen sèvi ak lang franse pou yi domine e pran poz sou pep la.
Men yo menm ki pale franse a, yo chaje ak konpleks. Yo santi yo enferyè vizavi blan franse.

An 1988 lè m te rete Montreal, mwen te gen yon machinn Renault. Mwen te konn mennen machin nan pou yo ranje, lan yon garaj Renault ki te gen boss mekanisyen franse ap travay.

Mwen te vinn abitye ak boss la e li te konn vinn pale avè m lè li finn fè job la.

Yon jou, li ban mwen yon liv ki te lan atelye a.
Li di m: Mesye, ma p ba ou liv saa. Se yon ayisyen parèy ou ki ekri l. Mwen konn ranje machin li tou epi li fè m kado liv saa.

Mesye, mwen pa fè gwo etik, sa nèg saa ap pale lan liv saa depase m. Mwen kwè ou pi kapab konprann li.

Tit liv la: Haiti, quel développement?

Tonnè boule m !!!!!

Eske ti neg saa, ta pote yon liv li sot ekri bay yon boss mekanisyen Ayisyen?

Yon Ayisyen intelektyel pa kapab we diferans lan edikasyon ak yon lot moun ki pale franse.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien Empty Re: Le Bilinguisme Français/Créole dans l'Enseignement Haitien

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum