Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -29%
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 ...
Voir le deal
499.99 €

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

5 participants

Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  ainsi ne soit-il Sam 15 Fév 2014 - 20:43

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Safe_i10Non, se pa de Obaka ak bandi a m'ap pale.

Dany Laferière fè konen ke lan rankontr li ak François Hollande yo te diskite sitou de Kebèk ak Ayiti. Neg Dany sa a gen finès ak diplomasi. Premyèman, li pa di ki sa yo t'ap di osijè Kebèk... Dezyèman, misye di ke li sikjere Prezidan fransè a pou Lafrans ta pi prezan an Ayiti, parekzanpl pou yo ta dote ti peyi a de yon gran biblyotèk modèn. Hum! pa mal olye ke n'al lan konfrontasyon ak colons cupides la.

Mwen konen ke sa pwal choke certains esprits, se pou sa m'ap raple yo ke yon bibliyotèk, yon grand biblyotèk ankor lan ka sa a, se pa jis pou liv ak dokiman an franse... A bon entendeur, salut!


Dernière édition par ainsi ne soit-il le Dim 16 Fév 2014 - 15:55, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Marc H Sam 15 Fév 2014 - 20:52

Mwen aprouve demann sa 100% . Tankou  le gran bibliotek nasyonal du Quebec  ki nan monreal la . Se yin bibliotek  bilingue wi .
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Rico Dim 16 Fév 2014 - 0:04

Zafè la kilti sitou Franse se yon menas pou sèten revolisyonè popilis  ti nèg. Yo pral di yo pa bezwen bagay konsa, yo two konnen, se pral yon dominasyon enperyalis kiltirèl. La Frans se koken, veye yo. gade anro, gade anba.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Joel Dim 16 Fév 2014 - 12:16

Gen NÈG ki toujou lan yon zafè KILTI;kilti popilis.
Men tou NÈG pa fouti defann sa y ap di ;si yo pa lan JOURE.
Franse yo pa defann KILTI yo ,menm jan ak sèten NÈG.Franse yo vin wè LIMITASYON yo.Yo ize zafè KILTI sa a ,jis pou yo defann ENTERÈ yo .

Pran MEN nou,na pran sèten MOUN oserye ,lè y ap defann FRANSE ak kilti FRANSE san yo pa bezwen lan JOURE.
W ap pale de KILTI e ou tonbe lan JOURE ,se preske inyorans.

monhaiti;
Gen NÈG ki pa p menm dakò ak ou ;lè w di se yon BIBLIYOTÈK BILENG.

Mwen kwè se yon BIBLIYOTÈK BILENG FRANSE ak ANGLE?
Gen yon seri de NÈG si se pa de FRANSE w ap pale yo pa ladann .

Epitou,pataje ak nou ;oumenm ki te fè etid segondè w lan KEBÈK.
Di nou ki kantite LITERATI FRANSE ou te etidye!

Zafè POPILIS RANS lan ,mwen pa bezwen li sa ou tande sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Joel Dim 16 Fév 2014 - 12:59

M ap kontinye adrese m ak ou MONHAITI ;paske sèten NÈG ou pa diskite ak yo.

Mwen pa kwè ke nou bezwen yon GWO BIBLIYOTÈK FRANSE.
Gen de peyi ;yo ap ""phase out"" zafè BIBLIYOTÈK lan.De peyi RICH tankou SINGAPORE pa egzanp.
Se liv RA ke yo kenbe lan BIBLIYOTÈK toujou lan peyi sa yo.
Lè w ale kote BIBLIYOTÈK sa yo te ye se yon TÈMINAL DIJITAL ou jwenn.
Sou GOOGLE sèlman moun kapab gen AKSÈ ak de DIZÈN de milyon de LIV -GRATIS.

Si se LANG FRANSE an ou renmen ;ou gen DWA ale sou GALLICA.FR ki se sit BIBLIYOTÈK NASYONAL FRANS e ou ap gen AKSÈ ak MILYON LIV an FRANSE.
W ap gen AKSÈ ak DOKIMAN tou ;alòs zafè pou la FRANS ta bati yon GWO BIBLIYOTÈK pou AYISYEN ;ou pa p wè sa e sa pa nesesè non plis!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  ainsi ne soit-il Dim 16 Fév 2014 - 15:58

Se pa nou-menm k'ap deside mezanmi. Lè nàp pale de anafabetizasyon se pa jis pou franse sa vre pou kreyól itou.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Amoph Dim 16 Fév 2014 - 17:33

An kwa yon grand biblyotèk fransèz enstale an AYITI o servis de la populasyon, deranjan pour ayisyen ?

Edukasyon : kèl sOrt de sosyete de demen nou vle vrèman kree an AYITI, yon peyi jodia, dan de trè grav difikulte ekonomik, e sèrten swèt ke peyi a dote li de yon epès karapas an beton ("à pratiquer le repli sur soi") ? NO CONTACT !!!

Evokan GOOGLE : èske machIn plu zentèlijan ke sèrvo umen ?


Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Marc H Dim 16 Fév 2014 - 18:02

Epitou,pataje ak nou ;oumenm ki te fè etid segondè w lan KEBÈK. Di nou ki kantite LITERATI FRANSE ou te etidye! a écrit:

Joel

Pa genyen bagay konsa nan segondè bo icit. Sel kondition pou genyen diplome wou ,se réussi cours francais segondè 5 wou ak tout lot kou obligatwa yo .

Joel
nan nivo segondè ou genyen 2 chwa
a) formation general si wou vle kontinye nan college ak inivèesite ou
b) yon fomasyon ak metye si wou pa vle ale kolej ak inivèsite

Nan fomasyon generale an , si wou fô an mathematik , ou ka ale etidye nan syans et si wou bon an fransè, wou ale syans imenn .

nan syans imenn lan , genyen plisye kategori. Si wou renmen ti fransè 'w , wou ka toujou al etidye litterati.
Bref, pa genyen bagay litrati nan segondè.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Joel Dim 16 Fév 2014 - 18:36

Mèsi anpil monhaiti;

Tankou yo di ;sèl bagay KEBÈK gen an komen ak FRANS se LANG lan.

Se konsa lekòl segondè ye OZETAZINI tou.Moun pa etidye LITERATI lan lekòl SEGONDÈ OZETAZINI.
Yo etidye GRAMÈ ak kèk TÈKS ANGLE men pa literati.

Ann AYITI ,pi fò tan TIMOUN yo pase se etidye FRANSE ak LITERATI.
Yo pa fè sa an FRANS ankò.
Timoun yo ann AYITI konnen VOLTAIRE,MONTESQUIEU,RACINE elt..timoun yo an FRANS mwen pa kwè yo konnen OTÈ sa yo.

Gen de NÈG depi w vle fè diskisyon kon sa ;yo tonbe joure ;pou yo se FRANSE ou mete an kesyon.

Gen yon FRANSE ki rele ARNAUD ROBERT ,mwen kwè ki te de pasaj ann AYITI apre GOUDOUGOUDOU an ;misye di ke l poko janm wè MOUN renmen LITERATI ak EKRIVEN tankou AYISYEN.
Bagay FRANSE sa a ;se pa jwèt ann AYITI;pa gen tan pou TIMOUN yo aprann okenn lòt bagay.

Gen sa yo rele BAKALOREYA a.Pa gen sa lan KEBÈK men genyen l an FRANS.
An FRANS ,timoun yo ka konpoze lan preske 40 MATYÈ lan BAKALOREYA ann AYITI pa gen menm 10 ke yo ka chwazi ,paske FRANSE ak LITERATI preske pran tout TAN timoun yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Marc H Lun 17 Fév 2014 - 0:19

Ainsi, mwen poste foto rankont nan paj 'w an .
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  ainsi ne soit-il Lun 17 Fév 2014 - 13:58

Mèsi. Se dam sa ki te ankouraje pou li poze kandidati'l. Hélène Carrère d'Encausse, yon soviétoloque ou russologue. Mwen rekonèt fanm sa a depi plis ke 20 ane. Si moun ki t'ap eksplike kouman Ameriken ak Ris se 2 pèpl ki gen plis resanblans ke moun te kwè a l'epók; 2 gran pèp... 2 peyi enperyalis san konte lót kalite ke yo pataje.

Dam sa a se moun ki konn politik entènasyonal trè byen e konsèy li trè prize an Ewóp. Ayayay, Dany lan gran jipon tou d'bon. Gen plizyè fason pou moun fè politik. Mwen pa't aprouve reyaksyon enpoli nèg yo men gen yon mobil politik itou dèyè promosyon a. Malerezman, nèg yo tro emosyonèl pou yo obsève poze sa k'ap pase.

Mwen pa konprand poukisa nèg ap di ke Ayiti pa bezwen yon grand bibliyotèk. Nèg yo bóne sou kestyon sa a.


Dernière édition par ainsi ne soit-il le Lun 17 Fév 2014 - 14:19, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Joel Lun 17 Fév 2014 - 14:18

Ke AYITI ta bezwen yon GRAN BIBLIYOTÈK ;eske la FRANS ap konstwi youn pou AYITI vre.
Mwen menm ,mwen pa janm di ke mwen konnen ,paske MONN lan ap chanje twòp.

Sa m ap di tou si Tout LIV ou ta ka mete lan yon BIBLIYOTÈK FRANSE ,ou ka jwenn yo sou:

www.GALLICA.fr

Ki nesesite pou la FRANS ta konstwi yon BIBLIYOTÈK FIZIK?

Yon bagay tou ;si y ap rele ETAZINI ak ansyen INYON SOVYETIK lan kòm pwisans ENPERYALIS ;se pou nou pa bliye la FRANS tou non.
la FRANS se jis youn ou kèk BARO anba lechèl lan ,se sa sèlman.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  ainsi ne soit-il Lun 17 Fév 2014 - 14:55

Han! mezanmi nou tro eklere pou n'ap pale konsa. Jisteman se pa jis livr klasik franse moun jwenn la bibliyotèk menm si se an Frans w'ap viv. Se pa pou literati klasik ou romantik moun al lan bibliyotèk. Bibliyotèk gen seksyon syans, ekonomi, spor, ar, mizik, droit, livr pou ti-moun, literati pou la jenès, gen livr elektronik, dokiman odiyo-vizyèl, elatrèy. Se kote moun al dokimante yo kèlke swa rechèch ke w vle fè. E pi, yon tèl bibliyotèk t'ap gen tout livr Ayisyen ke se an kreyol ke se an franse.

www.gallica.fr, wikipedia, se sa ki pa manke pou moun fè rechèch. Sa posibl itou lan bibliyotè. Pa bliye ke n'ap pale de Ayiti. Menm bor isit kote majotite moun gen aksè a Entènèt, bibliyotèk pa janm manke klyan e nou pa tande y'ap revoke anplwaye. Entènèt la ankouraje anpil plajya.

Pèsonèlman, mwen pa pran abitid al sou Entènèt pou tout sa mwen bezwen. Mwen menm gen KOBO nèf ki chita la, se te yon kado e mwen refize abonman paske mwen pa renmen itilize'l. Mwen chaje yon senkantèn liv sou li men mwen panko li youn. Mwen renmen pran lodè papye lè m'ap li pa pale lè odè sa a melanje ak lodè yon tas kafe fumant... kon di Dany ta di. Ha! ha! ha!

Pa gen moun ki di ke Lafrans pwal bay Ayiti yon bibliyotèk, nou jis rapóte sikjestyon Dany di li fè prezidan franse a. Mwen pa kwè se kui Dany te prezante devan François Hollande. Mwen sèten ke se yon repons Dany te bay'l paske Ayiti relasyon kooperatif ak Lafrans depi tout tan.

Mezanmi nou pa dwe kite resantiman sibmèje'n.

Kouman yon nèg fè di ke Ayiti pa bezwen bibliyotèk si se ta yon jès Lafrans? An nou rete lan la verite, mezanmi. Si sa ta fet menm, nou gen le t'ap bwe pwazon.  :) 
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Joel Lun 17 Fév 2014 - 15:57

Tankou ekspresyon FRANSE an l di ;pa gen MOUN ki gen ""la science infuse"".
Nèg ki renmen otè franse yo ka sonje ke DESCARTES te di lan LA MÉTHODE ke pa gen anyen ki sèten ,gen pwobabilite yon bagay ka pi pwobab ke yon lòt ;se sa k fè pou w pale pou bay AGIMAN pou w ogmante pwobabilite an ke bagay lan VRE.

Se sa k fè mwen pa p lan joure MOUN ,si m ap diskite yon bagay;se pa nesesè.
Sa mwen vle di e mande pouki sa la FRANS ta konstwi yon BIBLIYOTÈK ;konbyen li ap koute e lan ki sa l ap bon e pou la FRANS e pou AYITI?
Se sa m ap mande?
Eske si la FRANS ta konstwi yon LOPITAL ou byen fè yon lòt JÈS ,eske sa t ap pi bon?
Si se ta LIV MEDSIN ,TEKNOLOJI wi ;men si se ta LIV LITERATI ,se pa nesesè paske w ap k ap jwenn tout LIV sa yo sou GALLICA.FR

Ou ka gen aksè a dè MILYON de LIV sou GALLICA ;san pa bliye anpil OTÈ AYISYEN ,preske tout sa ki te pibliye an FRANS yo ;preske TOUT!

An pasan si nou vle konnen ISTWA AYITI e preske tout DOKIMAN PIBLIK ki te pibliye de 1804 a anviwon 1850 ;KONSILTE VOLIM ke GRANGRAN PAPA prezidan nou an (lol) te pibliye .
Se LINSTANT PRADINES ,tankou m di l,misye se grangranpapa MATELI.
N ap jwenn tout sou GALLICA.FR
Gallica tou pa tankou wikipedia ;se pa enfòmasyon ,se LIV KONPLÈ.
Yo menm kite w kopye LIV yo ;si w vle.
W ap jwenn liv ANTENOR FIRMIN,DEMESVAR DELORME,BEAUBRUN ARDOUIN,THOMAS MADIOU elt...
Tout liv yo!
FR

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien? Empty Re: Que se sont-ils dit, ce président-là et l'élu haitien?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum