Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Disque dur SSD CRUCIAL P3 1 To (3D NAND NVMe PCIe M.2)
Voir le deal
65.91 €

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

4 participants

Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Sasaye Dim 8 Juin 2014 - 22:38


Avèk milye solda ki soti ann Amerik disid, Nepal, End, Srilanka, Filipinn, Nijerya,Senegal ak konbyen lòt peyi nou paka site.....konbyen pitit nèg sayo pral kite lan peyi an?

Nou konnn deja gen anpil plasaj, bouzendri ki af fèt tout kote ganizon etranje sayo ye.
Avèk sitiyasyon ekonomik peyi an, anpil fanm ayisyèn tout ran sosyal aksepte moun sayo.
Menm (...) jwen pa yo.

Kifè, na p kase fèy kouvri sa komsi anyen pap pase?
Komsi pa gen okenn reponsabilite lan gagòt saa?

Petèt na p pale de plizyè milye ti ayisyen ki pa menmjan ak ayisyen de souch.

Eske lan 20tan, Ayiti pral gen yon lòt melanj etnik.
Eske sa pral agrave pwoblèm moun anro ak moun anba ke nou panko rezoud?
Eske pwoblèm arabayisyen an pral ogmante ak endoayisyen, ou filipinayisyen?

Sonje byen, nou deja genyen Kazal, Fondèblan, Fondènèg, Pòsali elatrye.

Mwen se premye nèg ki soulve kestyon sayo.
Kilès ki vle pale de sa?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Joel Lun 9 Juin 2014 - 20:29

Franchman ,pa gen ase MINISTA pou pwoblèm sa a ta poze.
Kote TWOUP MILITÈ ye toujou gen pwoblèm kadejak wi.
Lè twoup RIS yo t ap rantre ann ALMAY se sou santèn de milye si se pa milyon FANM yo te fè kadejak sou yo.
Twoup AMERIKEN yo ,lè yo t ap debake an FRANS an 1944 ,yo pa t pran NON pou repons non.
Se yon bagay ke de FRANSE ap plenyen de yo toujou lan okazyon 70zyèm anivèsè debakman ALYE yo an FRANS.

Twoup MINISTA yo ap kite ""kaka san savon"" pou repete ekspresyon an ;men dapre mwen sa pa p terib menm jan ak lòt kote ,paske kantite SOLDA MINISTA yo pa t si tèlman elve.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  jafrikayiti Lun 9 Juin 2014 - 21:44

Odela kesyon pitit yo kite nan peyi a, mwen plis kwè se chanjman nan abitid sosyal moun ki abite tou pre kan militè yo ki ka kite sekèl. Men, tankou Joel di, kantite a pa anpil, sou yon popilasyon plizyè milyon - men sa depann konbyen tan nou pral kite bagay sa a ap kontamine anviwonman nou an. Blan an limenm pati pou yon lot dizan, si nou pa montre aklè nou pap tolere l. Moun yo wè enterè sou zile a.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Sasaye Lun 9 Juin 2014 - 22:12

Mwen pa t mansyone kadejak ki pakab kontabilize. Lan peyi tankou Ayiti pi fò kantite ka sayo pa rapòte, men dwe genyen anpil. Ki genyen sèkel sikolojik si se pa yon pitit.

Gen moun ki di ke lan Grandans gen ti adolesant ki gen 2 zou 3 timoun pou solda.
Men gen fanm ki plase ak jandam minista ki genyen otan oubyen plis pitit.

Kontèks Lalmay ak Lafrans diferan.
Dayè yo lan yon sitiyasyon blan ak blan, ki pa menm ak sitiyasyn pa nou, kote ala gè kòm alapè, pye nèg you sou kou nou.

Alò nou dwe atann nou ke se menm bagay lan tout zòn kote militè sayo baze.

Epi minista ale lan tout bal, fèt, kanaval, plaj ann Ayiti e menm moun lan lelit lan byen kontan pitit yo kouple ak yon minista, depi se pa ayisyen.

Mwen te mansyone Kazal.
Se yon vil ann Ayiti kote majorite moun yo se desandan solda polonè ki te debake pandan lagè endepandans. Polonè yo te chanje bò. Yo kite twoup ewopeyen pou sipòte kòz Ayisyen.
Moun sayo gen trè diferan, ten diferan, zye ble e yo izole tèt yo de rès ayisyen yo.
Twoup polonè yo pat anpil.

Pòsali genyen yon pwopòsyon moun klè, menmjan ak Fondèblan.
Anpil ayisyen entelektyèl konplekse ale lan zòn sayo pou yo marye ak peyizàn iletre; pou yo klèsi laras.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Joel Mar 10 Juin 2014 - 5:56

Paske n ap diskite ;mwen gen dwa di ke zafè KOULÈ sa a pa gen enpòtans ke l te genyen.
Sekèl kolonyal sa a ap diminye;sitou lan yon peyi tankou AYITI ak yon popilasyon dorijin ADRIKEN si tèlman.

Koulè te gen anpil enpòtans ak dominasyon EWOPEYEN yo ki te san pataj e se yon bagay ki ap chanje.
Mwen t ap li sou JOUNAL DOMINIKEN yo ;diskisyon sou LAKOU an ki te retire NASYONALITE AYISYEN yo.
Mwen te fè kèk entèvansyon lan diskiyon sou DOMINICANTODAY ki parèt ann ANGLE.

Se pou wè jan OPINYON DOMINIKEN yo ki te pran bagay lan sou yon PWOBLÈM RASYAL ,jan opinyon yo chanje.

Pou yo te ka kontinye diskite ,yo oblije di ke AYISYEN gen yon KILTI diferan de pa yo an.

Gen yon ENBESIL menm ki te di ke AYISYEN se VODOUYIZAN ,mwen te reponn li si AYISYEN se VODOUYIZAN e nou vle kwape yo pou sa ,ki sa BREZILYEN yo ap fè LAKAY YO.
Pa gen VODOUYIZAN pase BREZILYEN ,AYISYEN pratike VODOU an kachèt,pa BREZILYEN .
Lè NÈG sa a ki te prezante l tankou yon DOMINIKEN ak cheve BLON ak zye BLE ap di wi se sèl AYISYEN ki pratike VODOU lan Karayib lan;mwen di misye se pou l ale KIBA pou l di KIBEN yo sa.

OZETAZINI ,si w ale lan JERSEY CITY ak LITTLE HAVANA ,;lan tout rakwen yo se BOTANICA ,se konsa KIBEN ak PÒTORIKEN yo rele ""ONFÒ"" yo.
Bagay koulè sa a ap pèdi FÒS ke l te genyen ,gen yon AMERIKEN ki te di ke DOMINIKEN yo dezespere ""BLANCOS DE LA TIERRA"" an DOMINIKANI ap marye ak KOUZIN yo ;paske DEMOGRAFI etan sa l ye an ,DOMINIKANI ap NWASI lol..

AYITI ,se pi rèd!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Sasaye Mar 10 Juin 2014 - 9:06

Jowèl, mwen pa ta p pale de koulè, men de diferans rasyal ke moun toujou pratike.
Se pa t koule paske gen endyen ak srilankè e filipen ki pi nwa pase ayisyen.
Gen afriken lan minista tou.
Yo fè gwoup apa, yo pa melanje ak ayisyen otomatikman.

Menmjan ak wou, mwen ta swete prejije koulè ta disparèt, men sa pap janm rive toutotan class dirijan lelit yo se moun a poklè. Yo gen kontwòl sosyoekonomik peyi an. Yo chwazi moun ki lan gou yo pou bay travay, pou mariaj yomenm ak pitit yo. Yo chwazi ki moun pou yo bay kontra ak patnèship lan biznis.
Enfen yo pèpetre prejije koulè paske yo gen pouvwa.

Se menm bagay an Dominikani.
Ya p pale de diferans kilti. Milat Ayiti pale de diferans klass. Tou sa se prejije koulè.

Mwen gen yon bon zanmi ayisyen ki nwa fonse. Li marye avèk yon Alemann, yo gen yon ti fi milatrès.
Misye ap viv Kanada depi li te gen 15zan. Manman l te marye plizyè fwa e konsa li gen yon frè milat ki te etidye ann Ewòp ki ap viv ann Ayiti.
Premye fwa li tounen Ayiti, misye te gen gwo pwoblèm paske yo pat vle aksepte l lan sèk relasyon frè an. Chak fwa se te pou eksplike se frè lòt lan pou yo te resevwa l menm lan kay prive.


Dernière édition par Sasaye le Mar 10 Juin 2014 - 9:49, édité 1 fois
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Joel Mar 10 Juin 2014 - 9:27

Mwen pa doute de sa w di an non.
Se sa ki gen po FONSE yo ki pèmèt bagay sa yo pèpetre.Kelkelanswa kote an ,si NÈG wè yon AVANTAJ lan pèsepsyon KOULÈ an ,yo pa p lage l.
Pa gen anyen rasyonèl lan bagay sa a.
Se tankou sa LULA ap di ;misye se yon MOUN a po klè;misye di se lan TÈT MOUN yo pou yo travay;se pou sa misye di se pou yo anseye ISTWA AFRIKEN lan BREZIL lan.

Prejije RASYAL se yon bagay relativman NÈF .Se yon bagay ki vini ak ESKLAVAY lan AMERIK lan.Pou lontan PÒTIGÈ ak PANYÒL pa t konnen ki jan pou metrize bagay sa a ,konsideran ke pandan MYAYENNAJ EWOPEYEN se NÈG NWA KI TE SOU tèt yo lan SID EWÒP.
Prejije RAS gen TÈT di men mwen kwè ke se yon bagay ki pou disparèt ou byen ap vin ensiyifyan.

Pa p gen ase MILAT pou fè PREJIJE ann AYITI.
Bagay yo gen 2 TRANCHAN.Peyi tankou MEKSIK,PEROU elt.. te gen yon LAJ POPILASYON NWA ;yo jis disparèt lan popilasyon an.
Menm LAJANTIN te gen yon bon pousantaj NWA ,ou pa wè yo ankò.
Lan 25 an ,ale lan DOMINIKANI e wa w`ap wè kouman popilasyon ap ye.DOMINIKEN yo konn sa;pou anpil ladan yo se AYISYEN ki ap ""NWASI"" popilasyon yo ,alòs ke se pa vre!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Rico Mer 11 Juin 2014 - 18:37

Mesye mwen ta konseye nou pli relaks pa  kreye yon divizyon ant pitit
ki lejitim ak sa nou rele Tibata yo. Pou komanse yo pa te janm mande fèt.
Alos annou konsidere kom kinan nou san diskriminen yo.

Mezanmi nou pale desandan Polonè yo, se byen konnnen istwa nou.
Zansèt moun sayo se te ekip Polonè kite anbandone  twoup Franse, 
ki pral bakpo lame Desalinn. Se te pi gwo taktisyen, espesyalis batri lou ki pral
ede lame revolisyonè kont Franse.

O pwen ke tout Polonè sou Desalinn te rekonèt kom Ayisyen. Moun sayo gen dwa nan peyi dAyiti.
kom Ayisyen antye.

BON POU ARAB YO, SE PA MOUN KITE VINN RICH SE DURRRR TRAVAYÈ,
MEN KOM NATI GEN ORÈ DI VID,YO SENPLEMAN , TRIMEN DURRR KOM SENP BOUTIKYE, KOMÈSAN.

Pandan ti nèg klas mwayenn meprize aktivite sayo pou avoka, doktè.
Saki rive ti bizismann arab sayo gradye kom endistriyèl, bizismann ro nivo. 

Ekonomi peyi a tonbe nan men yo, kèksyon kilti sosyal peyi dorijinn yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti? Empty Re: Apre Minista rache manyòk, konbyen tibata ya p kite ann Ayiti?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum