Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display One Piece Card Game Japon OP-08 – Two Legends : où la ...
Voir le deal

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

+2
Joel
Marc H
6 participants

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Marc H Jeu 8 Sep 2016 - 12:20

Rappel du premier message :


UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Publié par Obed Alexis sur 8 Septembre 2016, 11:56am
Catégories : #AYITI ACTUALITES


En tant que Coordonnateur Lavalas à Paris, j'ai eu l’occasion d'écouter et de voir la rediffusion sur la chaîne haïtienne de France, HLIVE d’une interview de Moise sur Télé Métropole. La première remarque que je me suis faite, c'est que Moise centrait tout sur sa personne. Il a vite fait d'oublier qu'il était maire et sénateur de Fanmi Lavalas et que son carnet d'adresses dans certains pays d'Amérique Latine, il l'a construit grâce au parti.

Mais Moise " c'est moi je ". Et quand il emploie "le nous" pour la première personne du singulier, "je" c'est une catastrophe. Ce n'est pas une question de langue puisque Jean Charles Moise s'exprime très bien en créole. L’emploi du « nou » à tort et à travers semble une tactique pour dissimuler son égocentrisme.

Moïse, quoi qu’il fasse ne sera toujours qu'une photocopie du Président Aristide. Et pour cause, les relations du président Aristide en Amérique en général lui ont permis d'édifier la Fondation à laquelle collaborent étroitement des personnalités et institutions des deux Amériques et de la Caraïbe pour assurer son fonctionnement. Sympathie et appui sur lesquels Fanmi Lavalas au pouvoir pourra compter.

La deuxième remarque, c’est à partir de la déclaration de Moise Jean-Charles qu'il était socialiste. A l’écouter passer en revue sa politique dont les grands axes se révèlent être un copié/collé des propositions de Fanmi Lavalas, comprises dans le Livre Blanc. Le programme économique et social, voire politique de Jean-Charles Moïse prend sa source dans le Livre Blanc de Fanmi Lavalas. De cet ensemble de propositions, les gouvernements successifs y compris celui de Michel Martelly s'en sont également inspirés.

Or, présentement, Fanmi Lavalas n'a jamais dit qu'il se positionnait dans le courant socialiste ; comme il l'a plus ou moins été au début des années 1990.

Pour lire la suite ;
http://elsie-news.over-blog.com/2016/09/une-reponse-au-texte-de-trouillot-sur-jean-charles-moise-par-obed-sergo-alexis.html?utm_source=_ob_share&utm_medium=_ob_facebook&utm_campaign=_ob_sharebar
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas


UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Joel Lun 17 Oct 2016 - 19:12

Pa gen anyen ke w di la a ki montre ke se pa dyedyeye w ap dyedyeye.

Nou paka monte kounye an ,yon LAME ki pou kontrekare pa DOMINIKEN yo.
Nou pa gen kapasite pou sa.
Kounye an ,se pou nou devlope KAPASITE KO ESPESYAL yo ,tankou CIMO ,nou pa bezwen LAME.

Al devlope yon LAME ,KIMOUN ki pral gen ENFLIYANS sou li ,de MOUN tankou YOURI LATOTI , GUY PHILIPPE ak RHEBU?
KOUMANMAN.
Le JANCHAL MOYIZ ap voye bagay li yo monte ,li bezwen fe [plezi ak seten MOUN ,san l pa reflechi.

LAME DOMINIKEN an ,pa gen KAPASITE pou l ANVAYI AYITI.Mwen repete w anko ,ke LAME DOOMINIKEN "a sa plus simple expression"
PATI POLITIK lan RD yo pa vle yon LAME solid ,si w ta al refome LAME an ann AYITI ,se CHENN ou ta bay FOS EKSTREM DWAT DOMINIKEN yo pou yo REFOME yon LAME SOLID ,menm jan li te ye sou EPOK TRUJILLO an ,le yo te gen 6zyem AME lan AMERIK lan.
Dominiken yo gen kek TAN y ap demantle LAME yo an.
Sa a se yon ATIK ki te paret sou DOMINICANTODAY an 2012:

http://dominicantoday.com/dr/local/2012/12/19/46149/Tourism-enclave-becomes-first-province-to-rid-itself-of-the-Army

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Kanpedjanm Mar 18 Oct 2016 - 20:24

Joel ou soufri yon defisit konpreansyon grav! M pral ba w egzanp ki sipote sa m di a.  M envite w pran not paske w ou chita ap rakonte yon paket bagay ke w pa ka demontre, se sa yo rele voye monte.  Ou di ke yon lame ayisyen pral sibalten lame dominiken!  Sou ki baz ou di yon bagay konsa?...

Anbisyon, desizyon ladominikani pou pwodui pou tout Zile a mande ke l fe gwo envestisman ekonomik pou sa.  Envestisman sa yo mande yon seten garanti pou lajan an pa pedi.  Si yon moun fe tet li travay li pral remake ke gwo risk ki poze sou yon plan konsa se yon ekip nasyonalis nan Pale Nasyonal...Si yo avanse nan yon desizyon konsa sa enplike ke yo pran mezi pou Ayiti pa gen yon gouvenman k ap defann entere nasyonal li.  Sa vle di ke dominiken deside pran dispozisyon pou fe tout kalte entevansyon nesese pou kontwole sistem politik ayisyen an.  Nou di sa a se yon deklarasyon de ge kont peyi Dayiti...

Nan yon konteks konsa pale de devlopman ekonomik se nayivte paske si dominken yo rive kontwole pouvwa politik la, p ap gen okenn devlopman ekonomik serye ki pral menase envestisman dominiken.  Sa enplike tou ke san bakop leta tout inisyativ endividyel riske sibi sabotaj ajan dominiken nan peyi a...

Nou panse ke debakman lame dominiken apre matye a antre nan lojik kontwole eleksyon yo oubyen gate yo.  Kontreman ak sa anpil moun kwe dominiken yo pa vin ede vreman men yo vin asire, nan konplisite ak pouvwa pwovizwa a, ke yon ekip nasyonalis pa rive sou pouvwa a.  Pa gen okenn rezon pou yo nan peyi a, yo pa t rete apre goudougoudou...

Kidonk peyi Dayiti gen anfas li yon peyi ostil ki envante tout kalte teyori pou denigre Ayisyen lakay li e nan mond lan.  Jenosid komanse ak atak sikolojik anvan l pase nan etap masak. Lachte  ke w ap pwone a p ap ka regle anyen pou nou...


Dernière édition par Kanpedjanm le Jeu 20 Oct 2016 - 16:20, édité 1 fois

Kanpedjanm
Senior

Masculin
Nombre de messages : 51
Localisation : Amerik
Opinion politique : verite ak jistis
Loisirs : koneksyon majik
Date d'inscription : 13/09/2016

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Joel Mer 19 Oct 2016 - 6:23

Se TIPIK .
Moun ki panse tankou w yo ,pa gen lot jan pou yo diskite.

Ou louvri sa w ap di an ak de RANS tankou "JOEL OU SOUFRI YON DEGRE KONPREYANSYON GRAV"
Ki sa sa vle di?
Le w ekri de bagay konsa ,se de agiman ESTIPID ,se oumenm ki gen KONPREYANSYON?

Mwen konn ISTWA DOMINIKEN ;mwen konn al diskite sou ISTWA DOMINIKEN sou de SIT tankou DOMINICANTODAY.
Mwen byen enfome sou ISTWA LAME DOMINIKEN,mwen konn kenbe TET ak DOMINIKEN menm.
Sa pa vle di ke mwen ap di ke "ENTEL SOUFRI DEGRE KONPREYANSYON"

Al chache ?
An 1963 ,le JUAN BOSCH te di LAME DOMINIKEN an pou l MOBILIZE l pou l ATAKE AYITI ,LAME an te reponn li ,ke si yo ta atake AYITI ,se te ap yon "quagmire".
Lan EPOK sa a DOMINIKEN yo te gen plis ke 60 TANK ,AYISYEN yo pa t gen menm 5.
DOMINIKEN yo te gen anviwon 40 AVYON,AYISYEN yo pa t gen preske anyen ditou kom AVYON.

JENERAL DOMINIKEN yo di JUAN BOSCH ke wi,yo ka atake ,rive lan POTOPRENS ,men yo ka rive ,yo paka soti paske menm si AYISYEN yo pa vle we DIVALYE ,Y ap ralye pou defann li paske se DOMINIKEN ki ATAKE.
Se EPOK tankou m te di l ke DOMINIKEN yo te gen 6zyem AME lan AMERIK.

Mwen pa renmen di sa ,men se RANS w ap repete.

Wi,LAME DAYITI se te yon LAME SIBALTEN ,se pa t yon LAME ki te la pou defann TERITWA a.
LAME DOMINIKEN te kolabore ak LAME DAYITI pandan PERYOD KOUDETA 1991-1994 lan e yo te jwe yon GWO ROL lan KOUDETA 2004 lan.

ADYE!!!!!!

Antouka ,menm si sa ka ede yon ti prelyem ,li ti ATIK sa a ke yon "chercheur" yon "FOUYAPOT" te ekri sou INTERNATIONAL HERALD TRIBUNE ann AVRIL 2004.
Mwen di si sa ka ede ,byen ke mwen doute sa:

http://voltairenet.org/article13474.html

h

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Kanpedjanm Jeu 20 Oct 2016 - 15:56

Joel,

M pa two konprann sans atik Reseau Voltaire ou poste a...antouka...

Diskisyon an difisil paske w chita ap reflechi sou entansyon oubyen lekti pesonel ou de entansyon swadizan patriyot dominiken lisid...M eseye fe w remake ke apwoch sa a tetanba paske nan relasyon peyi ak peyi entansyon oubyen entansyon afiche pa konte. Rezon an se ke moun ka chanje entansyon nenpot ki le; moun ka maske veritab entansyon yo deye fo entansyon; moun ki gen entansyon w panse yo, si yo egziste vre e si se entansyon veritab yo, gen dwa pa janm rive nan pozisyon pou fe diferans; elatriye. Pou tout rezon sa yo diskisyon serye sou entere estratejik pa ka chita sou entansyon (afiche) moun....

Mwen eseye atire atansyon w sou zak dominken anve Ayisyen ki pale pi fo ke "entansyon" moun lisid ou yo. Zak sa yo revele ostilite total kapital. Nou envite w mwens fokis sou literati e plis fokis sou zak dominiken yo...

M mande w pou founi agiman ki fe w panse ke lame Ayisyen pral sibalten lame dominiken, ou reponn ke se konsa l te ye anvan...Eske lepase toujou kondisyone lavni? Epi lame ke n te genyen an se te yon lame ak dokrin okipasyon ki pa ka bay plis ke sa l te bay la. N ap atire atansyon w ke lame n ap pale a se yon lame ak doktrin desalinyen. Yon lame konsa pa pral sibalten okenn lame sou late...

Nan tet pa w sendomeng ap toujou devan nou ekonomikman. M konpran ke se konsa w we Ayiti paske w prizonye de vizyon ti sourit FL la. M vle fe w remake ke gen lot Ayisyen ki we Ayiti gran, yon Ayiti emejan...Nan yon lot entevansyon n ap raple w pawol Papa Nasyon an e w pral konstate ke wout lachte at iresponsablite ke w ap pwone a se yon trayizon total kapital de ideyal Fondate Nasyon te trase pou peyi a....

Kanpedjanm
Senior

Masculin
Nombre de messages : 51
Localisation : Amerik
Opinion politique : verite ak jistis
Loisirs : koneksyon majik
Date d'inscription : 13/09/2016

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Kanpedjanm Jeu 20 Oct 2016 - 16:19

LAME ENDIJEN!

Jodi a premye Janvye 1804, Jeneral an Chèf lame Endijèn nan rele tout lòt Jeneral yo ki se Chèf lame a tou pou yo pran desizyon k ap fè yo rive genyen yon peyi ki rele yo chè mèt chè metrès.

Apre Jeneral an chèf la fin rasanble tout lòt Jeneral yo; li di yo, tout rèv li se bay nouvo pèp Ayisyen an yon Gouvènman djanm; yon desizyon li pa deside fè bak sou li. Nan yon diskou klè kou dlo kokoye, Jeneral la fè Pisans Etranje yo konnen jan li deside tout bon vre pou bay peyi sa a endepandans li. Epi li vle pou libète sa a make ak san pèp Zile a. Apre Jeneral an chèf la fin tande tout lòt jeneral yo, li mande yo chak pou sèmante pou yo vire do bay lafrans jouk yo mouri, e pito yo mouri pase pou yo ta viv anba men franse, epi se pou yo goumen jouk yo rann dènye souf yo pou lendepandans peyi sa a.

Jeneral yo ki kwè nan prensip sakre sa yo dakò ak pwojè pou fè peyi a vin endepandan tout bon vre. Kon sa, yo sèmante; douvan lemonn antye, nan non sila yo k ap eritye Zile lib sa a, pou yo vire do bay Lafrans jouk yo mouri, e pito yo mouri pase pou yo ta viv anba men franse.

Deklarasyon sa fèt nan Gonayiv, premye Janvye 1804, premye jou lendepandans peyi d Ayiti.

Moun ki siyen yo: Dessalines, Jeneral an chèf, Christophe, Pétion, Clervaux, Geffrard, Vernet, Gabart,

Jeneral Divizyon yo; P. Romain, E. Gerin, F. Capois, Daut, Jean-Louis-François, Ferou, Cangé, L. Bazelais, Magloire Ambroise, J. Jques, Herne, Toussaint Brave, Yayou, Jeneral Brigad yo, Bonnet, F. Papalier, Morelly, Chevalier, Marion, Adjidan-Jeneral yo, Magny, Roux, Chèf Brigad yo, Chareron, B. Loret, Quené, Makajoux, Dupuy, Carbonne, Diaquoi aîné, Raphaël, Malet, Derenoncourt, Ofisye lame yo, ak Boisrond Tonnerre, Sekretè.

JENERAL AN CHÈF LA AP PALE AK PÈP AYISYEN AN

Frè m ak sè m,

Pou valè san sanginè sal sa yo fè koule nan peyi a pandan de san lane, flanke yo deyò sèlman pa ase

Pou mezi filalang yon ekip ti klik fè nou ak pwomès libète yo t ap pote ban nou sot lafrans, kanpe laviwonndede sa a pa ase

Fòk nou fè yon dènye aksyon pou plante reny libète a nan peyi kote nou fèt la. Fòk nou wete lide remete n nan lesklavaj nan lespri gouvènman san manman sa a ki pa te janm bouke imilye nou ak antòtiye lespri nou depi lontan.

Swa nou viv lib swa nou mouri.

Endepandans oswa lanmò……, se pou mo sakre sa yo soude nou, e se pou yo sèvi nou kòm dizon batay ak reyinyon nou yo.

Frè m ak sè m, Konpatriyòt mwen yo, nan jou san parèy sa, m rasanble tout militè vanyan sa yo ki te bay san yo pou sove libète a nan dènye moman malouk yo. Jeneral sa yo ki te alatèt batay kont sistèm san manman an pankò fè ase pou kè nou kontan nèt ale….. tout move tras franse yo la toujou nan tout rakwen peyi a.

Tras pèp sovaj sa a la tout kote; nan lwa nou yo, nan abitid nou yo, nan vil nou yo, tout pote mak blan franse; sa m vle di, gen franse toujou nan Zile nou an. Kidonk pa kwè nou fin debarase n ak Repiblik sa a. Se vre yo bat tout nasyon, men yo pa fouti gen laviktwa sou pèp ki vle viv lib.

Sa fè katòz lane n ap peye konsekans inosans ak bon kè nou. Se pa ak zam franse yo t ap kale nou, men se ak pawòl van ki sot nan bouch reprezantan li yo. Ki lè n ap sispann respire menm lè ak sanginè sal sa yo? Sa nou gen ki makònnen nou ak pèp san manman sa a? Gade ki jan yo kriminèl, epi nou-menm nou pasyan ak saj. Yo pa menm koulè ak nou, gade gwo distans lanmè ki separe nou, menm klima nou konbat yo. Tout bagay sa yo ase pou n di: yo pa frè nou, e yo p ap janm frè nou, e si jamè yo ta jwenn yon jwen pou yo fofile nan mitan nou, y ap kontinye simaye latwoublay ak divizyon.

Nou-menm Pitit tè a, gason, medam, fi ak timoun yo, voye je nou toupatou nan Zile a, chache frè nou, mari nou, sè nou, anfen, chache pitit nou, pitit nou ki nan tete. Kote yo tout pase ? M santi san m ap manje m antan m ap di sa…… san mamam yo disparèt tout.

Lè n ap chache tout fanmi inosan nou yo, se sou ansasen yo sèlman je n tonbe. Se atò y ap bwè san frè n ak sè n yo, nou dwe santi n koupab paske nou pran twòp tan pou n fè yon fen ak ansasen sa yo. Ki sa n ap tann pou n fè nanm grandèt nou yo repoze an pè? Sonje nou te vle pou kadav nou antere menm kote ak kadav grandèt nou yo lè nou fini ak rejim san manman an. Èske n ap desann nan tonm grandèt nou yo san nou pa fè yon fen ak ansasen yo? Pa gen sa pyès, sinon zo kadav grandèt nou yo ap pouse zo kadav pa nou deyò.

E nou-menm gason kanson, Jeneral vanyan yo ki pa te pè brave danje pou sove libète a ak san yo. Tande byen, nou pankò fè anyen si nou pa trase yon egzanp san pitye pou montre tout peyi sou latè fyète yon pèp genyen lè li libere tèt li. Pou n pwoteje libète sa a, ann mete laperèz nan kè tout sa ki ta gen lide wete libète n nan men nou. Ann lanse yon pinga bay franse yo an premye…………

Si tout zak kriminèl yo te fè nan Zile a pa ase pou fè yo tranble lè y ap pase nan zòn lakòt nou yo, desizyon kanson sa nou pral pran la a se kont: depi se franse ki ta vin sal tè libète sa a ak pye madichon li merite lanmò.

Nou te pran reskonsablite pou nou vin lib, se pou nou gen kouraj pou n kenbe l, e se pou n granmoun tèt nou. Ann suiv egzanp yon timoun k ap grandi, pwòp fòs li kraze limit ki anpeche l mache. Ki pèp ki te goumen pou nou? Ki pèp ki ta vle jwenn fwi travay nou? Ala wont pou n ta esklav toujou apre nou fin pran libète n!

Esklav!….. mo sa a se ak franse li sanble, yo pèdi batay la, kidonk yo pa dwe viv lib.

Ann pran yon lòt chimen, ann swiv tras lòt pèp ki vle mèt tèt yo, pèp sa yo ki ta prefere mouri pase pou yo ta aji kou lach, paske yo pa deside kite move egzanp pou sila yo k ap vini dèyè a.

An menm tan, pa kite tantasyon pou nou simaye revolisyon nou an pran tèt nou pou n pa detwi gwo travay nou sot fè a. Ann kite vwazen nou yo viv nan lapè, se pou yo viv nan lapè dapre pwòp lwa yo-menm yo fè. Ann evite ale nan lòt Zile yo tankou revolisyonè tou cho tou bouke pou fè lalwa. Ann evite pou kè kontan pa nou pa twouble lapè ki gen nan Zile vwazen nou yo. San pa te koule nan Zile sa yo tankou san inosan pa nou yo te koule nan Zile nou an. Se nòmal yo pa gen okenn vanjans pou yo fè kont otorite k ap dirije yo.

Se te chans pa yo; yo pa te pase menm tray ak nou, tout sa yo ka swete nou se yon demen miyò pou nouvo peyi nou an.

Se pou vwazen nou yo viv an pè, men madichon pou lafrans, rayisman pou lafrans pou tout tan gen tan; se dizon nou sa.

Pèp Ayisyen, se te chans pa m pou m te goumen pou libète sa a nou tout nou fè sakrifis pou li a. M pèdi nwit, m batay, e kèk fwa m te pou kont mwen. Si m rive gen chans jodi a pou m remèt nou kado sakre sa nou te lage nan men m nan, reskonsablite n konnya se pa kite l file nan men nou. Nan goumen pou libète nou tout, m te travay pou pwòp tèt pa m tou.

Anvan nou kore libète sa a ak lwa k ap garanti libète chak grenn pitit tè a, mwen-menm ak tout lòt Chèf yo ki ransanble isit la dwe ban nou yon dènye prèv ki montre bonjan volonte nou.

Jeneral yo, nou-menm lòt chèf yo ki la ak mwen pou byennèt peyi sa a, jou a rive, jou sa a ki pral make laglwa ak lendepandans nou pou tout tan.

Si ta va gen youn nan nou la konsyans li pa klè, se pou li demaske l la pase pou l ap tranble antan l ap repete sèman sila ki dwe soude nou tout.

Nou sèmante sou tèt nou, douvan latè beni, nan non sila yo k ap eritye Zile lib sa a, pou n vire do bay lafrans, e pito n ta mouri pase pou n ta viv anba men franse.

Se pou n batay jouk nou rann dènye souf nou pou kenbe lendepandans peyi a.

Nou-menm, pèp mwen an ki gen lontan l ap soufri, jodi a nou temwen sèman sa n ap repete a. Nou pa dwe janm bliye; se sou kouraj ak fòs nou m te mize lè m te anbake nan batay libète a pou m te ka fini ak rejim san fwa ni lwa nou t ap goumen kont li a pandan katòz lane. Pa bliye, pou m te ka libere Zile sa a, m sakrifye tout sa ki te ka fè lavi a dous pou mwen; manman m ak papa m, timoun, byen materyèl. Jounen jodi a, richès mwen se libète nou tout nou genyen an. Se pou non m tounen yon kwòk nan gòj tout sa ki vle lesklavaj, e se pou sanginè sal ak san manman yo madichonnen jou m te fèt la chak fwa yo va gen pou nonmen non m. Si sa ta rive nou renka oswa refize obeyi lwa sa yo k ap pwoteje libète nou an, nou ta merite chatiman yon pèp engra merite.

Se sèten sa p ap janm rive, n ap pwoteje libète sa nou renmen anpil la, epi nou va kore Chèf nou k ap dirije nou an.

Ann sèmante pou n viv lib ak endepandan, epi prepare nou pou nou touye tout sa ki ta vle mete nou nan lesklavaj ankò. Pou n fini, ann sèmante pou n kouri dèyè tout trèt ak lennmi lendepandans peyi a.

Deklarasyon sa fèt nan Katye-jeneral Gonayiv, premye Janvye 1804, premye ane depi Ayiti pran lendepandans li,

Moun ki siyen an: J.J DESSALINES.

NAN NON PÈP AYISYEN AN

Nou-menm Jeneral yo ansanm ak tout Chèf Lame Zile peyi d Ayiti; pou rekonesans nou gen nan kè n pou Jeneral an Chèf la, Jean Jacques Dessalines; pou libète sa nou tout ap banbile ladan an, e Jeneral la ap kontinye defann nan; nan non lalibète, nan non lendepandans, nan non pèp la li fè kè l kontan jodi a, nou nonmen li Gouvènè Jeneral pou tout tan gen tan; nou pare pou n obeyi tout lwa Chèf la pase san gade dèyè, sèl chèf nou konnen se li, nou ba li dwa pou li fè lapè, lagè, epi chwazi moun ki pou ranplase li sou chèz boure a.

Deklarasyon sa a fèt premye Janvye 1804, premye jou lendepdans peyi d Ayiti.

Moun ki siyen yo: Gabart, P. Romain. J. Herne, Capoix, Christophe, Geffrard, E. Gerin, Vernet, Pétion, Clervaux, Jean-Louis-François, Cangé, Ferou, Yayou, Toussaint Brave, Magloire Ambroise, Louis Bazelais.

Haiti and the Atlantic world!
Jacques Pierre, Duke University...

Kanpedjanm
Senior

Masculin
Nombre de messages : 51
Localisation : Amerik
Opinion politique : verite ak jistis
Loisirs : koneksyon majik
Date d'inscription : 13/09/2016

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Joel Jeu 20 Oct 2016 - 16:31

Mwen ba w legen ,paske w ap vire an WON.

ENTERE ESTRATEJIK AYITI se pa lan rekonstwi yon LAME.

Men kounye an ou tonbe lan bagay ke AYITI pa p POV jan li ye an TOUTAN.
Se SENP ,le nou pa POV jan nou ye an ,le sa a n a ANVIZAJE rekonstwi yon LAME.

MEKSIK gen yon LAME ,yo gen yon TERITWA LAJ ak de MILYE DE KM ak ETAZINI ,men se pa pou yo defann yo de ETAZINI.
YO PA KAPAB.
Apre ke KOSTARIKA te ABOLI LAME yo an ,an 1948 ;NICARAGUA SOMOZA a ki te gen LAME ki pi PWISAN lan AMERIK SANTRAL lan ,te konprann yo te ka ANVAYI KOSTARIKA an 1953.

NICARAGUA te rantre ak TANK sou TERITWA KOSTARIKA ;yo te blije KRAZERAK .

Si nou vle defann nou kont DOMINIKANI ,se pa ak yon LAME.
Mesye ,ki sou POUVWA yo depi kek TAN an DOMINIKANI yo pa vle we LAME yo an ,yo te soufri anpil anba LAME sa a.
Epitou mwen we ou mete DEKLARASYON PAPA NASYON an.

Lame sa a ,se TOUT MOUN kite ladan l ,FANM ak GASON;se pa tankou LAME nou te genyen anvan 1994 lan!!!
LAME DOMINIKEN an gen 44000 MOUN jounen Jodi an;dapre CIA WORLDFACTBOOK 60% ladan yo se pa lan DEFANS yo ye vre.
Yo lage yo lan tout RAKBWA pou veye MOUN ki ap KOUPE BWA pou fe CHABON elt.

Si yo taka DISPARET LAME yo an ,yo t ap fe l;e si w al RESISITE LAME DAYITI se KAT BLANCH w ap bay EKSTREM DWAT DOMINIKEN an pou yo ranfose lame Dominiken an ;Se sa y ap chache!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Kanpedjanm Ven 21 Oct 2016 - 16:54

M touve w tre dwol le w di ke m ap vire an won...nan tout "echanj" yo se sel mwen ki adrese pwen ke w avanse yo. Ou pa janm fe okenn efo pou adrese agiman m yo. Ou selman repete men bagay yo, kelkeswa sa m di. Men sa pa etone m paske m konnen tre byen ki motivasyon premye w. M te pale de pwoblem konpreyansyon grav. M gen pou m louvri yon lot pos kote m pral dyagnostike, esplike dispozisyon ak atitid ou. Pouki sa sevo w bloke sou sa k nan tet ou selman...Nan sans sa a m swete ke w va itilize dyagnostik la pou avanse e non konsidere l kom jouman...

Men pou m fini ak deba sa a...

Apre premye ge fwad la ameriken te redui tay lame yo a. Men sa pa te janm vle di ke yo pral elimine lame yo. Kidonk m twouve l tre dwol ke w met nan tet ou ke domiken pral kraze lame yo paske yo mete kek moun nan retret, oubyen redui tay lame a...

M pa kwe y ap fe l paske kontreman ak anpil nan nou, m imajine yo aprann de istwa yo...Men pwoblen nou Ayisyen se ke n pa menm konprann esans istwa n, kidonk nou pa sezi, retni e mete apwofi anseyman istwa peyi a. Rezon fondamantal la se ke n aprann pake nan yon lang ke n pa metrize...Paske an verite m pa we koman yon Ayisyen ki konprann sans istwa peyi a, e menm istwa neg nwe, ka jwenn mwayen pou di ke Ayiti pa bezwen lame...

Kiba nan pwoblem ak ameriken, men yo kanpe lame yo. Men ou vle fe n kwe ke sendomeng si telman yon sipepuisans ke n p ap gen okenn chans devan yo...

Sou kesyon envazyon an ou mal konprann kesyon an...Li pa nan avantaj sendomeng pou okipe peyi a fizikman. Yo selman bezwen kontwole sistem politik la. Konsa y ap kondane Ayisyen nan mize e nan malsite...Pandan sa w rele ekstremdwat dominiken ap fe w tranble, mwen siyale w ke dominiken deklare n lage deja ak plan pou yo pwodui pou tout Zile a. Kidonk pa gen anyen ke w pral fe ki pral reveye yo. Daye mwen fe w remake ke y ap anseye denigreman Ayisyen, yon zak ki se premye pa nan akonplisman jenosid yon pep. Men sevel ou telman bouche ak objektif prensipal ki nan tet ou a ke pawol sa a pa menm atire atansyon w...

Kanpedjanm
Senior

Masculin
Nombre de messages : 51
Localisation : Amerik
Opinion politique : verite ak jistis
Loisirs : koneksyon majik
Date d'inscription : 13/09/2016

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Joel Sam 22 Oct 2016 - 6:36

Lan zafe LANG w ap pale an,mwen pa konprann.

Sispann PRETANSYON.

Mwen deja a yon LAJ AVANSE.Ann AYITI ,byen ke se pa la m ap VIV ,se mwens ke 5% POPILASYON an ki gen plis ke 65 AN.
Mwen gen plis ke 65 AN.
Byen ke mwen li ARDOUIN,MADIOU ak lot yo ,se pa yomenm Selman mwen LI .
Mwen li tout kalite ISTORYEN sou AYITI e mwen li ISTORYEN ETRANJE tou e ak ENFOMASYON mwen rasanble ,mwen fe LIDE pa m.

Mwen pa p repete sa lot MOUN ap di.
Oumenm menm pa gen lan anyen w ap di yo ,ke mwen pa konn we lot kote.

Byen ke mwen pa renmen e apiye totalman sou egzanp lot kote ,men kom ou w ap bay egzanp lot kote.

LALMAY ak la FRANS depi sou TAN NAPOLEYON ,anvan menm se te GE SANGLAN SELMAN.
Lan 20yem SYEK lan SELMAN se plis ke 5 MILYON MOUN ki MOURI lan GE ant LALMAY ak la FRANS.

Apre 2zyem GE MONDYAL lan ,yo jwenn yon MWAYEN pou yo viv youn ak lot ,sa ki fe y ap depanse de mwenzanmwen PNB yo lan AMEMAN.
Se ETAZINI ki lan dengonn yo pou yo depanse plis LAJAN lan DEFANS.
Men tou M ALE ,mwen p ap voye WOCH pou konble LANME.
Gen anpil VWA MODERE ki ap leve an DOMINIKANI,gen de VWA ki ap leve pou yo KONSTWI yon SIPE BARAJ lan LATIBONIT pou bay ELEKTRISITE BON MACHE 2 BO kote ZILE an.
Se la LATIBONIT.LATIBONIT lan 2 kote ZILE an.
Ann AFRIK gen yon BARAJ ke ETYOPYEN yo ap konstwi ki pou bay ELEKTRISITE a GOGO a 5 PEYI.
Se pa CHITA ap pale de LAME!!!
LAME ann AYITI ak DOMINIKANI se yon bann FASIS ak REYAKSYONE ki te toujou ladan yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Kanpedjanm Jeu 27 Oct 2016 - 15:09

Joel a écrit:Lan zafe LANG w ap pale an,mwen pa konprann.

Sispann PRETANSYON.

Mwen deja a yon LAJ AVANSE.Ann AYITI ,byen ke se pa la m ap VIV ,se mwens ke 5% POPILASYON an ki gen plis ke 65 AN.
Mwen gen plis ke 65 AN.
Byen ke mwen li ARDOUIN,MADIOU ak lot yo ,se pa yomenm Selman mwen LI .
Mwen li tout kalite ISTORYEN sou AYITI e mwen li ISTORYEN ETRANJE tou e ak ENFOMASYON mwen rasanble ,mwen fe LIDE pa m.

Mwen pa p repete sa lot MOUN ap di.
Oumenm menm pa gen lan anyen w ap di yo ,ke mwen pa konn we lot kote.

Byen ke mwen pa renmen e apiye totalman sou egzanp lot kote ,men kom ou w ap bay egzanp lot kote.

LALMAY ak la FRANS depi sou TAN NAPOLEYON ,anvan menm se te GE SANGLAN SELMAN.
Lan 20yem SYEK lan SELMAN se plis ke 5 MILYON MOUN ki MOURI lan GE ant LALMAY ak la FRANS.

Apre 2zyem GE MONDYAL lan ,yo jwenn yon MWAYEN pou yo viv youn ak lot ,sa ki fe y ap depanse de mwenzanmwen PNB yo lan AMEMAN.
Se ETAZINI ki lan dengonn yo pou yo depanse plis LAJAN lan DEFANS.
Men tou M ALE ,mwen p ap voye WOCH pou konble LANME.
Gen anpil VWA MODERE ki ap leve an DOMINIKANI,gen de VWA ki ap leve pou yo KONSTWI yon SIPE BARAJ lan LATIBONIT pou bay ELEKTRISITE BON MACHE  2 BO kote ZILE an.
Se la LATIBONIT.LATIBONIT lan 2 kote ZILE an.
Ann AFRIK gen yon BARAJ ke ETYOPYEN yo ap konstwi ki pou bay ELEKTRISITE a GOGO a 5 PEYI.
Se pa CHITA ap pale de LAME!!!
LAME ann AYITI ak DOMINIKANI se yon bann FASIS ak REYAKSYONE ki te toujou ladan yo.

Si w konn we sa m ekri lot kote li t ap pi fasil pou ou pou reponn, men w pa montre okenn kapasite pou adrese sa m di yo. Ou senpman kontante repete sa w gen nan tet ou a tankou yon plk kole...

Epitou sendomeng gen lame, lafrans ak Lalmay gen lame, Etyopi ak tout 5 peyi bo kote l yo gen lame, men nan lespri pa w tout peyi sa yo nomal jis ou bay yo kom egzanp, men se sel Ayiti ki pa dwe gen lame? Alatraka. Erezman pou ou kontradiksyon pa trangle moun paske sinon ou te nan tout sa k pa bon...

Kanpedjanm
Senior

Masculin
Nombre de messages : 51
Localisation : Amerik
Opinion politique : verite ak jistis
Loisirs : koneksyon majik
Date d'inscription : 13/09/2016

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Joel Ven 28 Oct 2016 - 9:25

Wi repete RANS.

KOSTA RIKA ak PANAMA te gen LAME tou.LAME ke yo ABOLI lan 75 DENYE LANNE yo.

Se 2 PEYI ki pi byen an SANTE EKONOMIK lan AMERIK SANTRAL lan.

Sispann DYEDYE!!!!!!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Kanpedjanm Sam 29 Oct 2016 - 15:53

Kite m ede w...

A-2 peyi sou plis pase 200 peyi pa estanda, se yon eksepsyon...

B-Ayiti ak 2 peyi sa yo pa gen menm istwa: Se lame ki akouche peyi Dayiti.

C-Ayiti ak 2 peyi sa yo p ap evolye nan menm konteks jeyopolitik: Ayisyen ap viv tankou esklav nan sendomeng, dominiken ap anseye rayisman Ayisyen nan lekol/inivesite ak nan lapres...

D-Ayiti pa nan menm pespektiv jeyopolitik ak 2 peyi sa yo: dominiken gen anbisyon pwodui tout bagay pou Ayiti. Sa vle di y ap pran tout kalte mezi pou yon ekip patriyot pa rive sou pouvwa a, sa vle di y ap fe jan yo konnen pou manipile ou kousikuite eleksyon yo. Anfet se sa menm yo vin regle ak krim ki rele matye a. Yo vin makonen ak Privert pou kontwole ou dekontwole eleksyon yo. Konsa yo va pwoteje milya ke y ap fe sou do peyi a...

Kidonk tout eleman sa yo demontre ke Ayiti ap viv nan yon anviwonman totalman ostil. Noumenm Ayisyen nou pa gen pou n pipi sou nou paske nan rev ou dominiken se yon sipepuisans. Nou gen pou n pran konsyans sitiyasyon an, degaje n kou met Janjak pou n rpon awogans, ostilite ak kriminalite dominiken.

Pa gen wout pa bwa, Ayiti bezwen yon lame tankou plis pase 95% peyi ki nan mond lan...Men jan m souliye l deja, se pa entere Ayisyen ke w ap defann nan kesyon lame a, men se pito eritaj prezidan Aristide kom yon aristidis agrave...

Kanpedjanm
Senior

Masculin
Nombre de messages : 51
Localisation : Amerik
Opinion politique : verite ak jistis
Loisirs : koneksyon majik
Date d'inscription : 13/09/2016

Revenir en haut Aller en bas

UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis - Page 3 Empty Re: UNE RÉPONSE AU TEXTE DE TROUILLOT SUR JEAN-CHARLES MOISE - Par Obed Sergo Alexis

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum