Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -55%
Coffret d’outils – STANLEY – ...
Voir le deal
21.99 €

Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019

2 participants

Aller en bas

Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019 Empty Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019

Message  Joel Mar 21 Mai 2019 - 10:40

Diskou FRITZ DESHOMMES lan ,REKTE INIVESITE DETA an,ase enteresan.

Lan Diskou an ,DESHOMMES mansyone SOULOUK.

Ou pa ka pale de SOULOUK ,san w pa mansyone LYSIUS SALOMON.SALOMON ki te pitit yon MATINIKE ,li pa kle si l te vini ann AYITI kom ESKLAV ou byen kom AFRANCHI.
Pwobableman kom AFRANCHI ,paske misye sanble l te konn li ak ekri e li te youn lan NEG ki te pi RICH lan DEPATMAN SID lan.

PIERRE ETIENNE SALOMON te fe vi l ak konbat ENFLIYANS MILAT lan DEPATMAN SID lan ,misye se te youn lan RA FANMI "NWA ki te RICH e ki te enstwi.

Apre TRIYONF MOUVMAN 1843 a ,LYSIUS SALOMON t ap pwoteste paske CHARLES RIVIERE HERARD te aksepte pou l yon DOUBLI pou "MILAT" tankou FRE ARDOUIN yo ,HERARD DUMESLE elt.

CHARLES RIVIERE HERARD te egzile LYSIUS SALOMON an 1843,lan NEYBA pou debarase l de li

An 1859,le menm NEG yo te konprann yo t ap fe SOULOUK menm jan ke yo te fe RIVIERE HERARD,PIERROT,PHILIPPE GUERRIER elt.
SOULOUK voye chache LYSIUS SALOMON ki te vin tankou yon PREMYE MINIS.
SOULOUK nonmen LYSIUS SALOMON,MINISFINANS,KOMES,JISTIS,EDIKASYON ak KILT.
Li te kimile tout FONKSYON yon sel KOU.
SALOMON te "slow down" yon zafe KONKODA ak LEGLIZ KATOLIK ki t ap pale.Li pa t vle livre PEYI an bay LEGLIZ KATOLIK.
Yon bagay ki te fet IMEDYATMAN apre GEFFRARD te jete SOULOUK ,bagay ke nou kontinye ap peye pou li.

Ti PASAJ LAN DISKOU FRITZ DESHOMMES lan:

http://potomitan.info/ayiti/deshommes/drapo_2019.php

Ki sa sa vle di? Sa vle di pwojè zansèt nou yo te mete yo dakò sou li a nan dat 18 me 1803 nan Kongrè Akayè a e ki rete nan wout la, an n reyalize l. An nou fè l rive  jis nan bout li. Sa vle di: an nou deside konstwi ansanm yon peyi pou nou tout. An nou mete tout fòs nou, tout volonte n, tout kapasite n, pou kreye yon veritab nasyon kote tout moun se moun, tout moun gen dwa, tout moun gen devwa.  Kote tout moun ka manje, bwe, dòmi, jwenn edikasyon, lasante, travay, sekirite, elatriye.

Men kesyon sa a pa piti non. Se pou tèt li wi yo pa t ezite sakrifye papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, epi fè silans sou non l pandan 40 lane. Papa Nasyon an wi!!!.

Eske n sonje ki prezidan yo plis pase nan betiz, nan tout listwa peyi a? Li rele Faustin Soulouque!!! Anben, Soulouque se premye dirijan apre Dessalines ki te  adopte mezi ekonomik  an favè moun ki pi pòv yo. Pou anpeche “mèt peyi yo” fè plis move lajan sou do majorite a.!!!

Eske n konnen ki prezidan yo pi imilye nan peyi d Ayiti? Sèl prezidan ki ale nan egzil yo pimpe tounen trapde epi yo jije l, yo kondane l, yo fizye l sou laplas piblik? Sylvain Salnave, yonn nan ra prezidan ki te montre anpil preokipasyon pou  byennet popilasyon pòv la.

An n vanse. Yo ka di pawòl Dessalines, Soulouque, Salnave, se pawòl ansyen tan. Nou nan yon lòt epòk konnye la a.
An nou pran yon istwa ki pi pre. Nou papral  two lwen an aryè.  Nou ka menm rete nan moman prezan an. An 1986, nou goumen, nou kraze yon diktati bout di. Nan okazyon sa a, tout peyi a leve kanpe pou l di ki mòd peyi l vle. Pawòl «peyi pou nou tout» la tounen pi rèd. Nou mande yon lòt Leta. Yon Leta nan sevis tout popilasyon an. Se te premye fwa depi 1803 tout fòs tout peyi a tout kote nan tout kwen  ak tout dyaspora a te mobilize dèyè lide sa a.
Ki sa sa vle di? Sa vle di pwojè zansèt nou yo te mete yo dakò sou li a nan dat 18 me 1803 nan Kongrè Akayè a e ki rete nan wout la, an n reyalize l. An nou fè l rive  jis nan bout li. Sa vle di: an nou deside konstwi ansanm yon peyi pou nou tout. An nou mete tout fòs nou, tout volonte n, tout kapasite n, pou kreye yon veritab nasyon kote tout moun se moun, tout moun gen dwa, tout moun gen devwa.  Kote tout moun ka manje, bwe, dòmi, jwenn edikasyon, lasante, travay, sekirite, elatriye.

Men kesyon sa a pa piti non. Se pou tèt li wi yo pa t ezite sakrifye papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, epi fè silans sou non l pandan 40 lane. Papa Nasyon an wi!!!.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019 Empty Re: Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019

Message  Marc H Jeu 23 Mai 2019 - 12:23

Yon bonn analys Joel
Mesi anpil
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019 Empty Re: Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019

Message  Joel Jeu 30 Mai 2019 - 7:42

MAK;

AYISYEN pa konn ase a pwopo de SOULOUK ak LYSIUS SALOMON.

FANMI SALOMON an "des CAYES" se te youn lan FANMI ki pi RICH lan PEYI an ,kom PWOPRIYETE TERYEN ak ESPEKILATE.

SALOMON comme SOULOUQUE etaient des DESSALINIENS "INTEGRAUX".Ils peinaient de voir la campagne de DENIGREMENT que les BOYERISTES faisaient contre la memoire de l'EMPEREUR.

De tres tot apres le renversement de BOYER ,en1843,SALOMON entamait sa rehabilitation.
C'etait ose parce que ceux qui avaient assassine DESSALINES avaient peur de lui meme MORT.

Voici ce qu'a rapporte DAVID NICHOLLS dans son magnifique livre ,bien documente "FROM DESSALINES TO DUVALIER"

Part du discours de LYSIUS SALOMON ,prononce devant une EGLISE aux CAYES,rapporte par DAVID NICHOLLS:

"Homage,homage,glory to DESSALINES.No one,before or after him,has done more for the chidren of AFRICA.Haiti a free,sovereign and independent state,he assured to black and brown men of all countries a part of the earth where they could realise the dgnity of their being"

"Hommage, hommage, gloire à DESSALINES. Personne, avant ou après lui, n'a fait plus pour les enfants d'AFRIQUE.Haïti un État libre, souverain et indépendant, a-t-il assuré à des hommes noirs et bruns de tous les pays du monde où ils pourraient réaliser la dignité de leur être"(1843)

Ces mots avaient panique les BOYERISTES de PORT AU PRINCE qui avient contraint CHARLES RIVIERE HERARD a exiler LYSIUS SALOMON.
Ces meme mots avaient signale LYSIUS SALOMON a SOULOUQUE qui avait fait SALOMON son "BRAS DROIT" quand il avait pris le POUVOIR en 1859.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019 Empty Re: Diskou FRITZ DESHOMMES lan OKAZYON 18 Me 2019

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum