Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le ...
Voir le deal

Kòmantè Jera Janjis...

3 participants

Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Kòmantè Jera Janjis...

Message  Sasaye Lun 11 Fév 2008 - 23:55

SOU KANAVAL LA.



4- AYITI: Grangou pa grangou, bat tanbou a tigason. Soufle tronbòn lan, Dodo.

Se tan kanaval. Banbòch gratis ki pa negosye. Anpil kòb brase pou fè kanaval.

Bèl koulè, mizik cho, pawòl pwent. Bravo, pesonn pa mouri. Li ta pi bon toujou si pat gen 600 moun ki blese.

Yon repòtaj non-konfime di chak cha yo koute omwen 300.000 dola vèt (3 san mil dola vèt).
Se lajan nou depanse chak ane pou plis pase 520.000 pla manje nan lamanjay Sent Klè.

Chak pla bon nouriti Sent Klè koute prèske 25 goud.

Imajine si nou te vle ede Pèp ki grangou manje an atandan yo jwenn travay.

Omwen, bonbon tè a ta sispann tounen yon nesesite.

Fò nou fè kichòy pou konpatriyòt ki grangou yo.

Pandan tan karèm sa a ki kòmanse mèkredi lèsand lan, dis kòb konsyans,
souple.

Ayisyen ki rich materyèlman yo, tande, pataje. Ayiti se pou nou tout.

"Il faut que quelque chose change." (Pap Jan Pòl 2, Mas 1983)


EXTRAIT DU BULLETIN NUMERO 2.
CE BULLETIN EST PUBLIE MENSUELLEMENT PAR GERARD JEAN-JUSTE.
IL COUVRE DES SUJETS HAITIENS ET LES SUJETS INTERNATIONAUX QUI TOUCHENT HAITI.


Dernière édition par le Mar 12 Fév 2008 - 12:34, édité 4 fois
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Sasaye Mar 12 Fév 2008 - 0:07

SOU POUL AK ZE DOMINIKEN:

7- AYITI-REPIBLIK DOMINIKEN:

Nou sipliye zotobre gouvènman Ayiti yo pou yo pa pran nan presyon vwazen dominiken nou yo sou kesyon lagrip avyè a.

Peyi kote maladi bèt volay sa yo ap fè ravaj oblije pran mezi
drastik pou dechouke tout volay ki gen maladi grip la.

Li pa kesyon voye vann yo kay vwazen.

Tout moun se moun. Vwazen pa do fè nou sa nou pap fè yo. Dayè yo pa tap aksepte nou fòse yo achte pwodwi kontamine.

Nan Jakarta peyi Endonezi, nan lespas 15 jou, omwen 7 moun
mouri ap grip avyè. Aktyèlman daprè nouvèl ki soti Jakarta zotobre yo depase pa maladi grip avyè a.

Nap ede Repiblik Dominikèn debarase yo ak maladi volay la, nou pap ka ede yo konsome vyann kontamine.

Nap ede yo dechouke maladi a, nou pap ka ede yo pwopajel.

Wi, nan Solidarite pou sove lavi nou tout sou zile a.
Non, a konplisite pou simaye lanmò sou zile nou an.

Zwazo a bezwen toulède zèl li yo pou li byen mennen.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Sasaye Mar 12 Fév 2008 - 0:11

SUR LES ELECTIONS:


8- ELEKSYON AN AYITI: Kòm kanaval la te pran priorite semèn lan, nou poko tande oken nouvo rapò sou travay Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Si bidjè nasyonal nou te ka sipòte KEP a tankou kanaval la, ala yon bèl leson patriyotik nou ta resite bay yon sektè nan
kominote entènasyonal ki pa janm vle ede respekte volonte Pèp Ayisyen an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 12 Fév 2008 - 8:25

Mezanmi nap eskize m si mwen pale twop nan zafè politik ayisyen sa ki bouke li sam ekri pa okipe m paske mwen se youn political junky tankou meriken yo di ya.se jodya mwen rekonet sa paske menm domi mwen pa ka domi ankò tan sa fè mwen mal poum wè se youn ortopedist blan ke mwen te al lakay li yè ki mande m ki jan fè nou rive nan kondityon kote menm manje nou pa ka manje ankò.bagay saa fok se youn moun ki pa kretyen selman ki ka rete endiferan.

mwen byen kontan jean Juste fè konparezon lajan ke nap depanse pou nou danse nan fatra ak konbyen pla manje ke lajan saa ta ka ba moun ki ap manje bonbon tè. ya.Wi Pè jean juste genyen anpil moun ki ta lve ede men kom ou se youn nonm ki deja sakrifye vi w pou sa ki ap soufri yo nou ta mande w pou komanse wè pwoblem yo sou youn lot ang.Tankou chinwa yo di ba youn moun ki grangou youn pwason ou ede l pou youn sel jou men si w montre l peche e byen ou ede l pou tout vi li.Se pa jodya nap voye lajan an ayiti pou fanmi ,pou zanmi nou sa pa regle anyen pou majorite pep la ;mwen pa di pou nou pa dwe voye lajan ankò non ,men fok genyen youn lot aproch pou nou resoud pwoblem grangou saa.

Pè jean juste kom youn moun ki konnen dyaspora byen fok ou vini mete tet ansanb ak Gerard Bissainthe ,bliye diferans nou nan politik pou le moman ,se tout ayisyen de bonn volonte ki pou mete tet ansanb koulyè ya pou nou wè si na sove peyi ya ak pep sa ki ap monte youn kalvè;fok ou mande Preval pou li mete tè leta yo a la disposityon oganisatyon saa ke nou vle kreye pou nou envesti nan lagrikilti lakay nou.Mwen fout bouke plenyen e pran wont tou tan nan malsite ki eksiste an ayiti.Youn moun met di m s youn ti frekan men mwen pa wè anyen ki fè nou pa ka ba pep la manje.Fok nou bliye politisyen ayisyen san koutya yo.fok nou pran tet mouvman an pou nou delivre pep la.

Jean juste menm si se pa wou ki Minis zafè etranje ou x1 depatman jan yo rele diaspora men se wou nou fè konfyans ,jiska prev di kontrè ou pankò montre nou ke dwet w long.Vini nan mwa ki ap vii yo pou nou fè youn chita pale ak kominote florida , New York , Boston ,Montreal, Paris tout kote ;li lè li tan pou diaspora mete lajan l kote bouch li ye.Se pa voye youn ti chocho chak mwa selman ;fok nou blije envsti lajan nou nan peyi ya.

jean juste fok ou blije ranpli rol Desjardins te jwe nan kanada pou lage bank de kredi agrikol nan tout kwen nan peyi dayiti.Fok ou komanse kanpay w depi koulyè ya pou nou wè sa ke ou ka bay nan gad la. Mwen konnen genyen moun ki pral di m se san wont mwen kwè nan Tonton Noel toujou ,se pa nan Tonton Noel ke mwen kwè non ;mwen kwè nan moun ki montre m ke yo genyen konpasyon, charite pou sa ki ap soufri yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Marc-Henry Mar 12 Fév 2008 - 10:00

Commentaires du Ministre des affaires sociales,

Le ministre des Affaires sociales banalise les allégations de famine vehiculées par certains médias etrangers, tout en reconnaissant l'existence de difficultés
--------------------------------------------------------------------------------


Port-au-Prince, le 11 février 2008 &endash;(AHP)&endash; Le ministre haïtien des affaires sociales, Gérald Germain, a banalisé lundi les informations selon lesquelles Haïti connaitrait actuellement une situation de famine aigüe.

Plusieurs médias européens, notamment Paris Match ont annoncé ces derniers jours l'existence d'une situation de famine dans certaines région du pays.

Selon ces médias, les populations de ces régions en seraient réduites à consommer de l'argile.

Ce n'est pas la première fois que des informations non fondées relatives à cette question sont véhiculées par certains médias étrangers, a fait savoir Gérald Germain.

C'est vrai qu'il y a des difficultés, c'est vrai que les prix des produits de première nécesssité ont augmenté, mais aller jusqu'à parler de famine est grave, a dit le ministre, faisant savoir que plusieurs facteurs expliquent la hausse vertigineuses des prix constatés aujourd'hui en Haïti.

M. Germain a cité entre autres le fait que les prix des produits de première nécessité grimpent au niveau international et qu'Haïti importe beaucoup.

Il a également lié cette situation à la hausse des prix des produits pétroliers. Le baril de pétrole qui se vendait dans le temps à 45 dollars américains est passé à 100, a-t-il dit, rappelant que les troubles politiques ayant frappé le pays ces dernières années y sont pour quelque chose.

Gérald Germain a également rappelé l'état de délabrement dans lequel le gouvernement avait trouvé le pays en 2006 après les 2 ans du régime intérimaire.

Selon lui, le moyen le plus efficace pour résoudre le problème de la cherté de la vie est la relance de la production nationale avec notamment l'implication du secteur capitaliste.

Le ministre en a profité pour attirer l'attention sur les efforts de stabilisation déjà consentis par les autorités constitutionnelles notamment sur le plan sécuritaire et des démarches en cours en termes de développement des filières et d'investissements majeurs.

Gérald Germain a également mis l'accent sur les efforts visant l'amélioration des conditions de transports, la révision à la hausse du salaire minimum des ouvriers en vue de l'augmentation de leur pouvoir d'achat et la création de nouveaux emplois dans le pays.

Le premier ministre haïtien Jaques Edouard Alexis est invité ce mardi au sénat de la république pour discuter du dossier de la cherté de la vie.

M. Alexis devrait à l'occasion présenter la politique à appliquer pour faire baisser le coût de la vie.

Parallèlement, des organisations d'étudiants ainsi que la Coordination Nationale des Sociétaires Victimes des Coopératives (CONAVIC) (dites en faillite) ont annoncé pour mardi et mercredi, des sit-in devant le parlement haïtien, pour dénoncer les conditions difficiles dans lesquelles évolue la population.

Selon le responsable de la CONASOVIC, Rosemond Jean, ce mouvement vise à dire non à la politique socio-économique du gouvernement et à obtenir la baisse des prix des produits de première nécessité.

Un responsable de la cellule de base de la Fanmi Lavalas, Byron Odigé, estime justes les revendications de ces organisations.

Byron Odigé met toutefois les étudiants en garde contre toute forme de manipulation des politiciens.

Il rappelle que la situation de misère que connait actuellement Haïti est également le résultat de mouvements antérieurs organisés par certains étudiants manipulés et de la mauvaise foi, a-t-il dit, du secteur ayant bénéficié de 3 ans de franchises douanières après le départ forcé du pr´é4sident Aeristide le 29 f´´vrier 2004.

Selon M. Odigé, la classe politique qui occupe encore tous les couloirs du pouvoir actuel est également concerné par cette situation.

AHP 11 février 2008 12:10 PM
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Marc-Henry Mar 12 Fév 2008 - 10:09

Selon lui, le moyen le plus efficace pour résoudre le problème de la cherté de la vie est la relance de la production nationale...


Marc Bazin conteste;

Les chances de réduire la hausse des prix par la seule relance de la production nationale sont donc nulles. Deuxièmement, la politique agricole que poursuit le gouvernement aux destins duquel le Président préside ne donne aucun signe qu'elle serait capable de relancer la production nationale. Troisièmement, toute politique de relance de la production nationale, pour réussir, devra passer obligatoirement par l'augmentation de la productivité du producteur agricole. Or, aucune des conditions de cette augmentation de productivité n'est aujourd'hui réunie. Dire que la relance de la production nationale peut faire baisser le coût de la vie sans qu'on ait défini au préalable un cadre, les moyens et les politiques appropriées à cette relance, c'est non seulement prêter le flanc à de nouvelles critiques mais c'est aussi susciter de faux espoirs et se bercer d'illusions.


Marc Bazin a ajouté :
B.- Le Ministère de l'Agriculture et des Ressources Naturelles n'est ni structuré, ni financé, ni administré, ni outillé d'une manière qui lui permettrait de conduire à terme quelle que politique que ce soit, et encore moins, à fortiori une politique de relance de la production nationale.
Entre 2005 et 2007, la part du Ministère de l'Agriculture dans le budget est de 4.4%, à comparer à certains pays africains au Sud du Sahara, où la part de l'agriculture dans le budget est de 10%. La part la plus importante du budget du Ministère est constituée par les dépenses d'investissements, lesquelles, sur la période 2004-2006 étaient financées à plus de 90% en moyenne par l'aide étrangère. De plus, les salaires sont bas mais ils représentent 82% des dépenses de fonctionnement, ce qui évidemment laisse peu de ressources pour l'achat des matériels, de biens et de services nécessaires aux opérations. De ce fait, il n'existe pratiquement pas de lien entre les dépenses de fonctionnement du Ministère et le financement extérieur, ni possibilité de contrôle du Ministère sur les investissements et sur l'adéquation des résultats par rapports aux objectifs.
À ce manque d'articulation entre l'aide étrangère et les capacités du Ministère d'une part, au manque d'intégration entre les orientations politiques et le budget d'autre part, il faut ajouter que, au plan interne haïtien, le secteur agricole n'est pas pris au sérieux. En 2006-2007, le Ministère des Finances a accordé à l'agriculture moins de 10% des ressources sollicitées. Le Ministère de l'Agriculture n'a donc pas la capacité de dépenser les ressources mises à sa disposition par l'aide extérieure. Sur environ $86 millions alloués par le CCI, à peine $30.2 millions (35%) avaient été consommés en Mars 2006.
Le Ministère n'a pas une stratégie propre. Entre 2004 et 2006, les allocations en provenance du Trésor avaient décliné de 70% en termes réels. Mais il a suffi qu'en 2006-2007, l'aide étrangère ait substantiellement augmenté pour que les allocations en provenance du Trésor se multiplient par six. En clair et en simplifié, les allocations au budget d'investissements dépendent de la disponibilité de l'aide étrangère et non pas d'une volonté politique autonome. Plus grave encore : l'incapacité du Ministère à absorber de larges flux d'investissements extérieurs conduit à un taux faible d'exécution des programmes d'investissements. Le sort de la relance de la production nationale aux fins de la baisse des prix des produits de première nécessité est donc, telles que les choses sont aujourd'hui, éminemment aléatoire car il est entre les mains d'un Ministère sans ressources propres, dépourvu de l'autorité nécessaire pour s'imposer au Ministère des Finances comme prioritaire dans le partage des ressources budgétaires, sans capacité d'imprimer sa marque sur les décisions et le contrôle des investissements et de vérifier la réalité des résultats,
C.- Un nouvel agenda du développement de l'agriculture
À la limite, on se trompe de cible et d'objectif. Avant de parler de relance et d'augmentation de la production nationale, il faut commencer par l'essentiel, c'est-à-dire commencer par prendre l'agriculture au sérieux, par prendre conscience du fait qu'elle représente, et de loin, l'activité économique et sociale la plus importante, dont vivent 4.700.000 personnes, qui emploie 70% de la population active et qu'elle est, en tout cas doit devenir, l'instrument premier du développement économique, de réduction de la pauvreté, de la gestion rationnelle de l'environnement et la source des devises étrangères nécessaires au financement des importations. Pour que l'agriculture porte l'effort de développement, l'objectif prioritaire qu'il convient de lui assigner est l'augmentation de productivité du producteur.

Conclusion

Nous constatons que le gouvernement ne sait pas ce qu'il fait et dit n'importe quoi sans même y réflechir. Pour cette raison , nous reclamons une remise en question du gouvernement de consensus de juin 2006.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 12 Fév 2008 - 14:33

mwen byen kontan li sa Marc bazin di jodya ;gen lè li reprann bon sans li.Se pa koulyè ya tout moun ap di ke se agrikilti ki pou genyen pi gwo priyorite nan peyi ya paske se li ki ka anploye plis moun e ki ka ede pep ki nan gran gou ;mwen li byen konsta ke Marc Bazin fè ya.Alò na konprann byen ke preval ak Alexis mare tankou krab nan youn konsansus ki fè yo pa ka dirije peyi ya pou ba aktivite ki nesesè yo priyorite.Se komsi se pat pep la ki te eli Preval ;se komsi li genyen youn redevans a politisyen ayisyen ki fè li pa ka koupe en pe Ministè, redwi nonb anbasadè ak konsil a letranje. di Alexis an nou kraze job Premye Minis. mande la chanb pou yo retire Sena ke ti mache two piti pou peye tout kolektè sa yo. Fok genyen youn chanjman ki fet: youn paket politisyen pa ka ap pran tout lajan peyi ya epi malere ap manje biskwit la bou.Politisyen refize di ke gouvenman koute two chè yo tout ap rode alantou plè sa pou yo sove job yo.Men tou tan vye strikti saa pa kraze nou pap janm ka jwen lajan pou nou envesti nan lagrikilti ki pou pemet nou ba pep la manje.

Tout radot sa yo ke palman ap fè ya se grimas Se Steven Benoit selman ki genyen konsyans.

minis zafè sosyal la tou ap pale pa genyen famine. ki jan moun fè ap manje tè an ayiti.Se pa di se manti se pwouve ke se pa vre,ki pwogram gouvenman genyen poul kontwole kwasans demografik la.Ki plan familyal nou mete sou pye pou moun bouke kale ti moun tankou lapen an ayiti pou nan 10 zan peyi ya pa vinn tankou Ethiopie kote se mouch ti moun ap manje?Nou pa ka ofanse lè Paris match ap pibliye atik sa yo si nou pa vle fè reform e sakrifis ki merite fet yo pou nou plè politisyen parese.Se pa paris match selman se tout moun blan tankou nwa ki ap mande ki sa ki ap pase an ayiti konsa.

Se 2 zan nou genyen ,wi sankoutya dwet long kite pran pouvwa an 2004 ki te konn ap kritike Aristide nan tout statyon televisyon nan Florida ak nan radio te kite peyi ya pi mal ke yo te jwen li men tou se nou ki la jodya fok nou montre sa nap fè pou o mwen demare peyi ya.Nou pa ka di tankou Latorti te di a lenposib nou toutouni ou byen nou pa ka fè san soti nan woch. Nou pran responsabilite pou nou ba pep la youn souf se pou nou komanse montre resilta yo .se pa apre nou kite pouvwa pou nou di nou te ka fè plis.Nou pa genyen oken ekskiz ankò.

lè youn peyi rive nan pwen ke se tè moun ap manje nan pren oken konsansus ki fè sans ankò.ki lakyel de konsansus ;di moun kareman nou fè youn pak antre tout politisyen mafyoso yo pou nou separe gato antre nou epi kite pep la ap manje biskwit labou.

Se pou statyon radyo komanse jwe misik Di fe nan kay la pou pep la mande Preval de ki prevyen.nanpren anyen ki di youn pep ki nan grangou dwe tolere youn paket politisyen initil nan youn gouvenman.Se swa nou ka bay resilta ou byen se rale kò nou.Mwen kwè se arogans e menm youn mank de charite pou youn moun konserve youn fonktyon kote ou pa ka fè anyen. Si Alexis avwe ke li pa ka fè anyen se poul genyen kouraj bay demisyon li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Kòmantè Jera Janjis... Empty Re: Kòmantè Jera Janjis...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum