Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

Poeme de Felix Morisseau-Leroy: FMI

2 participants

Aller en bas

Poeme de Felix Morisseau-Leroy: FMI Empty Poeme de Felix Morisseau-Leroy: FMI

Message  gwotoro Lun 23 Oct 2006 - 22:29

F.M.I.
travay Feliks Moriso Lewa



Gen twa lèt pou n bliye
nan silabè malveyan yo
twa lèt ki plen madichon
twa lèt pou n rache
nan jaden kreyòl nou an
twa lèt k a toufe tout bon plant
nan jaden kreyòl nou an
bliye f
bliye m
bliye i
twa lèt sa yo
ka lage yon sèl devenn
nan bounda n
yon kolik mizèrere
nan boyo granmoun kou timoun
bliye lèt f m i yo
ki vle di ki vle di
sa yo vle di?
f ki vle di fon
m ki vle di monetè
i ki vle di entènasyonal*

si ou tande yon vakabon
vini bò kote kay ou
ak twa lèt sa a yo
kwape l kou chen
twa lèt denmon sa yo
fon monetè entènasyonal
pa kite blan ki gen twa lèt sa a yo
ekri sou valiz li
pwoche kote w
pran l ak grap
èfèmi konsa yo rele l
èfèmi
sak èfèmi a
se yon vye blan rich
pase tout milyonnè
k ap mache vòlò lajan malere
pou l sa pi rich toujou
li soti pou l fè n plannen
ata bout nat
nou kouche dòmi
pou l boure pòch li
ak pòch tout dyab
k ap travay ak li
èfèmi se pi gwo dyab
sou latè beni alèkile
men lò èfèmi ap parèt douvan w
ou pa fouti konnen sa li ye
li kab sanble yon bèl ti gason
ak bèl dan lò chapo panama linèt
bèl pawòl nan dyòl li
bèl mannyè san repwòch
onèt fòk pa plis
bwòdè kou konpè chen
k pral laparad
santi bon kou latrin
fre kou ze zwa
li kab met mas nwa tou
sou figi l pou l pa paret twò blenm
bèl ti gason kou Andwou Yong
se yon vye blan aganman
ki pran pòz moun debyen l
pou l sa mache pete malere
nan tout peyi
pa kite èfèmi penetre
nan lakou w
tou tan li pa fin souse
tout san w
li pap lage w
tou tan li pa fin ravaje
tout jaden w
li pap vire do l
li mèt ofri w dola
pa pran
li mèt ofri w milyon
pa pran
dola l va tounen pwa grate
nan men w
milyon l va tounen lagal
nan tout kò w
èfèmi se pou w pè sa
kou fizi de kou
bon zèb pa pouse kote èfèmi pase
lapli pa tonbe
èfèmi pi rèd pase siklòn
pitit pitit pitit ou
ka gen pou l peye
dis fwa
san fwa
mil fwa
chak dola
èfèmi foure
nan gòj ou
lajan èfèmi
se kou ki dire
yon lòk
li peze nen timoun
vide nan gòj yo
fè yo vale l
yon lòk
lwil palmakristi
melanje ak ji lalwa
panzou madyouba
sorosi tout fèy anmè
ka fout ou yon sèl vant mennen
ak yon swèf
pou pete fyèl ou
plis vant ou mennen w
plis w anvi bwè lòk la
jouk vant ou mennen w
mennen w
mennen w
mennen w
nan pòk

tout yon pèp
de pye lonje
k ap fikse
tèt zòtèy li


*yo te konn ekri l Intènasional lè poèm sa te ekri
*******

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Poeme de Felix Morisseau-Leroy: FMI Empty Re: Poeme de Felix Morisseau-Leroy: FMI

Message  Rodlam Sans Malice Mar 24 Oct 2006 - 7:54

A la yon bel lang tonnè pou moun ki pa snob ki konn apresye sa ki payo.Tande yon gwo levanjil Felix Morrisseau Leroy ekri nan lang kreyol nou an.Nonm lan blayi yon verité ke tout moun ki genyen je ak zorey dwe konprann.Mwen kole pawol saa ak sa nonm ki ekri liv :"Confession of an economic hit man la."epi mwen konprann pouki sa genyen misè konsa sou la tè.Nou tout te dwe li de travay sayo.Gwotoro mèsi anpil ;kontinye travay pou fè tout moun konprann nan ki jwet lajan nou ap pase .Koumatiboulout se kon w pran ou konnen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum