Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-40%
Le deal à ne pas rater :
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + Casque filaire ...
29.99 € 49.99 €
Voir le deal

Nominasyon Michelle P.Louis yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon

3 participants

Aller en bas

Nominasyon Michelle P.Louis  yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon Empty Nominasyon Michelle P.Louis yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon

Message  Rico Jeu 31 Juil 2008 - 22:35

Mezanmi depi kelke jou peyi dAyiti nan yon kriz pou nomen yon premye minis. Se twouve yon senp ti fanm , yon pèsonaj ki gen yon bilan enpresyonan nan entèvansyon sosyal ak edikatif pral vini yon vèdet kont li menm nan aktyalite politik la. Madanm Michelle Pierre Louis ke Prezidan Preval chwazi apre 2 refi palmantè pou Eric Pierre ak Bob Manuel ratifye o nivo Sena. Se yon bon debi pou premye minis presanti kap tann vot sou politik jeneral li nan yon dezyèm etap.


Men kote nou vle vini nominasyon Madanm Pierre Louis pa telman apresye pa ni yon sektè ki rele tèt li la DWAT ni tou saki fè konnen se la GOCH. Sou yon forom kote grann pati se ansyen makout, Duvalyeris, Janklodis melanje ak zanmi militè jounen jodyè a se yon jou LANTÈMAN, dwatis pran yon gwo kou ak nominasyon Madan Pierre Louis. Se pou byen di forom sa te tounnen yon veritab chan batay pou sali, kraze Madanm Michele Pierre Louis,

Rico te youn nan premye vwa sou forom sa ki defann madanm Michelle Pierre Louis apre byen verifye pedigri ak kalite pèsonaj la. Mwen twouve se plat pou yon ti peyi san resous nan nivo Madanm lan yap dekriye l, sali l sou vye koze ki pa kenbe. Mwen afronte gwo tèt de pon ki soti patou nan mouvans dwat la ki vle sabote yon konpatriyot. Batay kont vye pratik delwayal sayo pral bay Rico pwoblèm kom radyason sou yon forom.

Yo arive menm pran kontrol sedo pou fè li di sayo vle. Mwen di nou gen koken tout bèl vizaj nan kominote Ayisyenn nou nan dyaspora. Nou pa janm panse ni kwè Madan Michelle pral livre machandiz osi fasilman. Nou pa janm rete yon enkondisyonèl ni jwe fanatik yon pèsonaj. Tou senpleman nou respektye, vle bay yon moun ki fè prèv li chans pou ede ti peyi sa. Madan mMichelle pral gen pou fè prèv li pou mwen ankouraje l ou byren kritike l.

Annou pale ak zanmi la GOCH yo. Sou forum Ayiti ki akeyi m bra ouvè byen antandi apre lese frape kite genyen mwen sezi pou konstate Michelle Pierre Louis pa gen bonn gras. Se diferan ak lot forom la kap joure di betiz sal, voye difamasyon monte. Men deba yon kenbe nan yon nivo akseptab ak plis entelijans. Poutan Preval ki te bon alye pou anpil nan patisipan forom sa konteste chwa Madanm Michele Pirrre Louis. Se konpreyansib pou zanmi goch yo ki nan chire pit pou 2011. Madanm Michele Pierre Louis pa reprezante grann choz pou yo.

Se la mwen di se yon bon sign, mwen pa te janm twonpe m sou Madanm sa ki sanble yon moun odesi mele, ki pa nan preferans ak ni yon dwat bidon ou byen yon goch two fanatik , militan. Selon mwen se moun konsa peyi sa bezwen olye jan de premye minis ki akroche nan politikayeri nou abitye yo. Alos map di Madanm Michelle Pierre Louis bonn chans nan pwochenn etap li yo. Peyi a ap tann, li ta anpil, chay la lou.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Nominasyon Michelle P.Louis  yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon Empty Re: Nominasyon Michelle P.Louis yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 31 Juil 2008 - 22:56

ki goch ?tankou youn moun te di :"Socialiste haitien ,j'en connais pas."et li te genyen rezon.wi se youn santris menm ke nou beswen.youn moun ki pa youn eksremis ni de dwat ni de goch.paske tankou kakaok konn di li difisil pou fè yo rankontre.nan moman difisil saa ne nap viv la se ta youn dernye kout pel nou talage sou peyi ya si pou nou ta mete youn ekstrmis nan tet gouvenman an.Si nou pa beswen youn restavek enstituyon enternatyonal la ki pral ranpli wol youn komisyonè pou aplike youn poliytik ekonomik ki pa apwopriye pout youn ti peyi pov tankou ayiti san pran an konsidweratyon soufrans pep la,nou pa beswen youn moun non pli ki pral efarouche envestisè natyonal e etranje yo non plis.



wi nou beswen refom nan administratyon peyi ya se nan sans sa ke mwen di nou beswen youn revolutyonè ki pa vle di youn moun ki pral aplike youn teyori sosyal ki defase a epok ke nap viv la men youn moun ki ka konprann ke nou pa ka imite menm strikti administratif ak peyi ki genyen moyen yo.fok se yopun moun ki pragmatik e onet ki pou rekonet ke youn peyi pa ka genyen youn bidjè ki depann de kotisatyon peyi etranje.se youn moun ki konprann enpotans youn politik fiskal e monetè responsab.youn moun ki konprann ke lè ou pa ka fè tout a la fwa ou komanse pa sa ki pi enpotan yo.Youn moun ki ka konprann fok nou kwoike chapo nou kote men nou ka rive san nou pap imite lot moun tankou makak.konsa na bati nich nou peti a peti.Se pa mache mande prete lajan pou achte machinn ba politisyen epi apre sa nou genyen youn entere ki ap pete fyel nou paske nou pat itilise lajan pou nou kreye byen ak servis.se youn moun ki koonprann ke koruptyon se kansè ki anpeche nou derape e ki pral konbat li depi nan palè ya jis rive nan pi piti biro leta.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Nominasyon Michelle P.Louis  yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon Empty Re: Nominasyon Michelle P.Louis yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon

Message  Marc H Ven 1 Aoû 2008 - 2:01

Rico

2e etape la bral pi di pou madann lan. Antouka map prepare 'm pou'm fe bon jan oposisyon sou fowomayiti...

An atendan map felisite madan Michele Pierre-Louis pou ratification li joinn jounen jodi a lan sena ayisien ... bravo madann
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Nominasyon Michelle P.Louis  yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon Empty Re: Nominasyon Michelle P.Louis yon bon sign ak sektè goch ou dwat ki nan opozisyon

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum