Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m.

2 participants

Aller en bas

MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m. Empty MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m.

Message  jafrikayiti Lun 25 Aoû 2008 - 21:55

BONDYE PA BLAN! MAKANDAL PA DYAB!
Konferans ak Jafrikayiti

Television Nationale d’Haiti (TNH), Ayiti, Jedi 28 Out 2008, 3 p.m.


Nòt pou Laprès


Pòtoprens, 24 out 2008,

Pou onore memwa fanm ak gason ki te kanpe, nan mwa Out 1791, pou yo kwape lesklavaj rasyal sou zile d Ayiti, otè – fouyadò Jean Saint-Vil alias Jafrikayiti kole zepòl ak Harry Nicolas, manm fondatè Fondasyon N a Sonje, pou yo reyalize yon konbit brase lide k ap tabli sou tèm « Bondye pa blan! Makandal pa dyab ! ». Brase lide sa a ap tanmen nan lakou TNH la jedi 28 out 2008, apati 3 zè nan apremidi.


Alèkile, chak jou dimanch tankou jodi a, plis pase 300 milyon "Moun Nwa" sou latè ajenou pou yo lapriyè tou pre foto osnon estati yon gason "Blan" legliz kretyen yo pwopaje toupatou sou latè kòm pòtre « Bondye », osnon pòtre «Pitit Bondye ». Ki kote imaj gason "Blan" sa a sòti ojis? Jodi a, ki konsekans itilizasyon imaj sa a genyen sou moun tout laj, toupatou sou latè, sou pèp Ayisyen an, an patikilye? Anvan itilizasyon imaj sa a, kisa Afriken yo te abitye itilize pou yo reprezante « Bondye » ? Kisa Boukman te di 14 out 1791, jou gwo leve kanpe Bwa Kay Iman an, osijè imaj sa a?

Se pou ede reponn kesyon sa yo ak anpil lòt ankò, Jafrikayiti, otè Viv Bondye Aba Relijyon (2000) ak seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi nan Ginen (2003, 2006), envite tout moun alawonnbadè vin patisipe ak li nan konbit brase lide sa a.

Jafrikayiti ap louvri konbit brase lide sa a avèk yon prezantasyon miltimedya ki genyen yon latriye foto, videyo ak son li ranmase toupatou sou latè, rive jouk nan fon kè piramid Lafrik yo, nan peyi Lejip. Animasyon rankont sa a ap fèt sou lobidyans M. Harry Nicolas, manm fondatè Fondasyon N a Sonje.

Pou interview osnon plis detay, souple rele : (509) 38 56 27 58



-------------------------------------------------------------------------------------------------------

Ki lès Jafrikayiti ye ?


"Mwen se yon pitit Lafrik Ginen ki fèt Ayiti. Ak sekou Granmèt la, m ap pase kèk jou ap feraye Okanada demannyè pou demen, mwen kapab al pataje lavi, lapè, lanmou, epi moso lakonesans ak tout Ayisyen parèy mwen, nan peyi nou, jiskaske tout chive nan tèt mwen va blanchi, epi Granmèt la va rele m vin jwenn li nan fon latè."

NOTE BIOGRAPHIQUE

Jafrikayiti (Jean Saint-Vil) est né à Port-au-Prince, en Haïti, le 27 novembre 1967. Il a complété ses études secondaires à Ottawa, au Canada, après y être immigré en avril 1983. Il est détenteur d’un Baccalauréat avec spécialisation (Biologie) de l'Université Waterloo en 1991. Il a reçu son diplôme à Port-au-Prince où il était revenu juste après son dernier examen de session à l'université.

Suite au putsch militaire de 1991, il est retourné au Canada et s’est établi dans la région d’Ottawa-Gatineau avec sa famille. Cependant, il est retourné régulièrement en Haïti. Son expérience la plus récente en sol haïtien comprend une période d’un an et demi passée à Port-au-Prince entre 1997 et 1998 ainsi que la couverture en direct des événements entourant les célébrations du Bicentenaire de l’indépendance d’Haïti (décembre 2003 et janvier 2004).

Écrivain, peintre et réalisateur, ses oeuvres paraissent sous son nom de plume Jafrikayiti. Jean Saint-Vil est l’auteur de la série LAFIMEN : Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen, 2006 (disques 2&3), 2003 (disque 1) - enregistrement audio traitant de l’histoire du peuple haïtien ; Viv Bondye ! Aba Relijyon!, 2000 - livre, essai sur la spiritualité et l’expérience des Afro-Haïtiens avec le christianisme; Si Garvey était ici - documentaire vidéo, 2001; Representing YBM Productions - documentaire vidéo; Il a aussi contribué à la production de Dlo se lavi - livre de Antonio Miguel ainsi que Li, Ekri Konprann - Yon Ti Jaden Kreyòl - ouvrage collectif.

Artiste/militant et supporter d’un mouvement international prônant la paix et la justice sociale, animateur de deux émissions radiophoniques: Bouyon-Rasin sur les ondes de CHUO 89.1 FM (Université d’Ottawa) et Rendez-vous haïtien sur les ondes de CKCU 93.1 FM (Carleton University). Jean Saint-Vil a été analyste politique invité de la radio et de la télévision de CBC / Radio-Canada, de la chaîne politique canadienne CPAC, ainsi que de la chaîne Télé de Rogers Ottawa.

Marié et père de 2 enfants, Jean Saint-Vil est Directeur adjoint au Conseil de recherches en sciences naturelles et en génie du Canada (CRSNG) où il travaille depuis 1992.

Conférencier / paneliste invité :

African Film Festival, Schumberg Centre for Research in Black Culture, New-York, février 2006.
Forum social mondial, Caracas, Venezuela, janvier 2006.
8e édition des Rencontres internationales du documentaire de Montréal, novembre 2005.
Challenging Imperialism, Toronto, Canada, février 2005.
Fighting Imperialism from Kanesatake to Haiti, Montreal, Canada, janvier 2005.
African Socialist International Conference, Londres, Angleterre, juillet 2004.
Nesesite rakonte listwa pèp Ayisyen anKreyol, Port-au-Prince, Haïti, décembre 2003 et janvier 2004.


http://www.jafrikayiti.com
http://www.godisnotwhite.com

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m. Empty Re: MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m.

Message  Sasaye Lun 25 Aoû 2008 - 23:37

Jaf,

Konpliman e mèsi anpil pou gwo travay wa p fè pou pèp ayisyen an.
Kontinye simen lide ak konesans sou moun.
Nou bezwen chanje mantalite pèp la.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m. Empty Re: MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m.

Message  jafrikayiti Mar 26 Aoû 2008 - 16:32

Mèsi anpil Sasaye pou ankourajman ou. Mwen espere kanmarad ki ap Pòtoprens nan moman an ap fè deplasman an.

An pasan, m ap pwofite di nou kanmarad, lavi a chè tout bon vre pou fanmi nou yo. Men, tout moun ap debat pou yo jwenn moso lavi. Pa gen reziyasyon, menm si gen anpil fristrasyon. Paske pandan moun ap fè efò pou yo siviv nan fon kè peyi a, tankou MOLE ST-NICOLAS, JEAN RABEL ak anpil lòt kote mwen vizite pandan mwa Out la, nan radyo ak televizyon se imaj yon bann IRESPONSAB yo wè k ap fè vye lakilbit politik olye yo ranmase karaktè yo, eseye bay popilasyon an ti kal nan sa limenm li ba yo.

Mwen desi anpil devan enkonpetans klas k ap dirije a. Men, anmenm tan tou, mwen wè ki jan Ayiti vivab. Ensekirite a pa nan nivo y ap di a. Omwens, govènman sa a gen lè mete anpil efò nan fòme nouvo polisye ki okipe espas fiik peyi a. Sa bay yon bon souf. Konsa tou gen yon latriye poubèl yo mete nan lari a. Sa ede. Kote dezòd la pran tout teren an se onivo politik. Anpil pale anpil pou anyen. Tandiske moman an mande pou mesyedam yo ta konprann ijans sitiyasyon an epi envesti nan gwo pwojè remanbre pou peyi a kanpe sou yon bit poitif, nou remake se blablabla k ap fèt.

Antouka, mwen teke fren mwen la. Sèl sa mwen ka di, pèp Ayisyen an bèl malgre l ap viv nan mizè. Li gen kouray malgre li ta gen rezon fatige.

Kenbe red!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m. Empty Re: MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m.

Message  Sasaye Mar 26 Aoû 2008 - 16:42

Jaf,
Mèsi anko pou ti kont randi w sot bay la.
Mwen te toujou konvenki ke pèp ayisyen an se yon gwo pèp.
Ke malgre lamizè li konn kenbe tèt li e li pa kite okenn moun vinn di l kkje se linèt.

Se la tout resous peyi a ye. Lan sajès ak entegrite pèp la.

Moun ki ap fè makak yo, se yo ki responsab malsite a: keseswa politisyen keseswa boujwa.

Afè pale anpil la se youn lan madichon ki pou soti lan mantalite nou.

Kenbe la, frè m.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m. Empty Re: MAKANDAL PA DYAB! Conference a la TNH, Haiti, Jeudi le 28 Aout @ 3 p.m.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum