Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display One Piece Card Game Japon OP-08 – Two Legends : où la ...
Voir le deal

An nou pale e ekri kreyol byen.

3 participants

Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 19 Déc 2008 - 10:04

Te genyen yon forum konsa deja mwen kwè li itil pou nou kontinye li.mwen sot ap li Marc henry ,gran kreyolist devan leternel ki ekri :"Ki jan li tap koupe li byen"Tap koupe" li byen montre ki jan ke kreyol lan fome tan nan verb la.mwen pa konnen sam di ya si li fè pati reg gramè kreyol la map chache ti liv gramè kreyol mwen yan mwen pa ka jwen li; pi ta ma konfime si sam di ya se sa.

eske genyen yon jan nou konjige verb yo an kreyol pou mwen "tap koupe" ya montre klerman ke se yon bagay ki tap kontinye men ki pase.li represante tan enparfè franse yan.gade nyans lan si Marc te ekri ki jan li te koupe li.ki plis pale de aktyon pase definitivman ke nou ka di ki pi sanble ak passé konposé franse ya men ki pa osi konplike .

Ala yon bel lang ke esklav yo envante ;li senp e ou ka eksprime tout nyans ak li.map rete la se te senpleman yon ti apresyatyon de lang nou an ke mwen te vle fè kom aryennafè; nou pa beswen kouri dim grammaryen veneryen.(lol)Ah ces jaloux.Ils n'apportent rien aux discussions que des critiques acerbes de vieux grincheux .Que voulez-vous le monde est ainsi fait.Il faut savoir s'y accomoder et lacher prise quand c'est nécéssaire.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Sasaye Ven 19 Déc 2008 - 10:37

Genlè genyen yon bagay mwen manke kèk kote !!!
Kiles Mak "tap koupe konsa a"?
Yè misye tap mande pou yo padone peche l.
Mezanmiro!!!! kou lòt la te konn di!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 19 Déc 2008 - 10:41

Sassaye

se nan yon teks ke li ekri kote li di ke yon blan tap rakonte li ki jan blan an tap koupe yon ayisyenn byen.se tan "tap koupe "ya mwen vle montre ki jan kreyol la itilise oxilyè ak verb tou poul sitiye ki lè aktyon an te pase .byen ke kreyol la pa genyen tout mode ak tan franse yo li eksprime tan yo osi byen e pi senp.

remarke ki jan mwen di "tap rakonte li"ki montre yon bagay ki tap kontinye fet nan tan lontan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Joel Ven 19 Déc 2008 - 13:44

Wi pou w pale kreyòl lan byen ,se pou w respekte règ gramè yo e natirèlman moun ap konprann pi byen sa yon moun vle di.

Nou sonje chante Nemou Jan Batis lan:

M ap viv
L ap viv
Y ap viv
N ap viv
Sa a se yon konjigezon;
Se te yon konjigezon vre wi

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 19 Déc 2008 - 18:18

l ap koupe ,li tap koupe , e li te kpupe fanm lan diferan.franse li menm di il coupe ,il coupait.il avait coupé.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Joel Sam 20 Déc 2008 - 6:48

Rodlam Sans Malice a écrit: .byen ke kreyol la pa genyen tout mode ak tan franse yo li eksprime tan yo osi byen e pi senp.

remarke ki jan mwen di "tap rakonte li"ki montre yon bagay ki tap kontinye fet nan tan lontan.

Se sa menm Malis,
Se youn lan bagay ke franse yo menm ap repwoche lang yo an.
Mwen te pran exanp viv lan,ki se "vivre" an franse.
Pa gen absoliman anyen tankou w di pou w pa sinyifye sa w vle di an ,san kondisyonèl ,kondisyonèl pase 2yèm fòm,patisip pase elatriye,ke kreyòl lan pa genyen.
E se pou yon timoun aprann bagay sa yo ,pou l ka ekri franse byen,e poukisa.
Epitou lè w tonbe lan eksepsyon konjigezon franse yo ;woyy!ou mouri lan fim lan nèt.
Angle an ,pi senp anpil lan sijè vèb yo;tankou kreyòl lan,modifikasyon an se anvan vèb lan ,se pa lan vèb lan menm.
Angle an ,genyen 2 zou twa eksepsyon vèb iregilye,men yo pa anpil.

Franse an limenm,ou pa ka konte konbyen ki genyen

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 20 Déc 2008 - 7:23

se konsa lotrejou mwen ekri exprimasse paske mwen te anploye imparfait du subjonctif genyen yon moun ki di lè li li sa se yon ekla ri li fè.kote nan kreyol la mwen te beswen al jis nan imparfè subjonctif pou mwen exprime yon bagay ki te ap kontinye nan pase.non selman fok ou panse ki mode pou itilise men tou ki tan nan mod la.Si w pa ka fè sa ou pa pale ou ekri franse byen.

men sa ki pi komik ak ayisyen lang ki pi fasil pou yo se pa li yo renmen.Se pou montre w jis ki bor kolonisatyon an domaje lespri kolonise yo.genyen ki di w kreyol ap isole nou komsi chinwa isole chine, lang koreyen yo isole yo?.?Se depi la pou nou komanse konbat "hair tien".se sak fè nou chante tou le jou m sou se Whiskey m bwè se pa kleren.ou pap tande yon russ di se whiskey li bwè se pa vodka.mwen pa kwè wap jwen yon Vietnamyen ki konnen literati franse plis pase literati pal la.ki jan pou yon moun ki pa renmen sa ki pal ka kontribiye nan vansman peyi li?mwen sonje yon bagay yo di ke ansyen jeneral Lavaud ,chef deta major ki te fè kou deta ak paul Magloire ak Levelt la an 1950 .Yo di apre ke mouche ap viv an france li di ke koulyè ya fanmi li pa genyen preske san nwa ankor paske se ak blan pitit li marye.ki jan yon moun konsa ta ka vle wè byen pou ayiti?li se yon konplekse ki pa renmen pwop tet li paske li se milat mwen te pral ekri milet.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Joel Sam 20 Déc 2008 - 8:49

Malis,
Mo "milat" lan se byen yon koripsyon mo "mullet" an e si w vle mo "milèt" lan.
E sou bagay gen moun se ak blan pou pitit yo marye an.
Bagay sa a se yon trajedi.
Gen yon fanmiy,mwen pa p repete non l ,ki te rete kote m leve an,mòd yo se depi medam yo ,gen laj 18 an se ann Ewòp fanmi an voye yo pou yo al chache mari.
Fanmi sa a se yonn lan fanmi ki te pi rich ann Ayiti yo.yo te posede preske tout gildiv ki genyen lan plèn Leyogàn lan,depi tan la koloni, e yo te genyen magazen lan bòdmè an tou.

Lan bagay sa a te gen youn ladan yo ,ke fanmi an te voye apre fen dezyèm gè mondyal lan ,pou l al chache mari.
Manmzèl jwenn yon alman ak 2 po bounda l an Swis.Ou tou konnen se te tankou gwo lo H..by te tonbe.
lè mesyedam yo tounen ann Ayiti ,misye deklare kareman ke li pa p travay;misye di ke li pa p leve ni lou ni lejè.
Ou konnen ,moun kòmanse pale.Yo konn mande misye pou l desann Pòtoprens ,al chita lan yon biwo ,jis pou aparans ;misye deklare pa p gen sa pyès.
Mosye se yon koleksyon tren li te genyen ,l ap jwe ak yo tout la sent jounen,yon koleksyon ki te chè anpil.
Mwen pa p di non fanmi an ,paske n ap rekonèt li ,men se pou di w zafè koulè sa a ann Ayiti ,se yon trajedi wi!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale e ekri kreyol byen. Empty Re: An nou pale e ekri kreyol byen.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum