Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-34%
Le deal à ne pas rater :
-34% LG OLED55B3 – TV OLED 4K 55″ 2023 – 100Hz HDR 10+, ...
919 € 1399 €
Voir le deal

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

+2
Joel
Rico
6 participants

Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Rico Sam 17 Jan 2009 - 10:22

Nan zafè amandman konstitisyon kap pale Mèt Fevri nan emisyon ranmase voye yon pinga bay lavalasyen yo. Si Preval kenbe tantasyon pou chanje konstitisyon an jan li vle Aristide tou rete nan egzil li.

Selon Mèt Fevri konstitisyon 87 gen pwovizyon pou anpeche tout manèv pou kenbe yon ayisyen deyo nan peyi a. Amandman rejim politik sanble gen bon jan koutba pou kenbe frè dinozo Tutud deyo. Li ta sanble gen anpil koutba ap prepare kont lavalas nan chanjman konstitisyon . Alos map mande eske lavalasyen yo kwè nan yon demache parèy. A swiv......
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Joel Sam 17 Jan 2009 - 10:33

Rico a écrit:Nan zafè amandman konstitisyon kap pale Mèt Fevri nan emisyon ranmase voye yon pinga bay lavalasyen yo. Si Preval kenbe tantasyon pou chanje konstitisyon an jan li vle Aristide tou rete nan egzil li.

Selon Mèt Fevri konstitisyon 87 gen pwovizyon pou anpeche tout manèv pou kenbe yon ayisyen deyo nan peyi a. Amandman rejim politik sanble gen bon jan koutba pou kenbe frè dinozo Tutud deyo. Li ta sanble gen anpil koutba ap prepare kont lavalas nan chanjman konstitisyon . Alos map mande eske lavalasyen yo kwè nan yon demache parèy. A swiv......


Yeah Rico!

Mwen t ap tande Fevri tou ,magouyè ekstrawodinè.
Se sa wi Fevri ta renmen PREVAL fè.Mesye yo wè tout eleksyon ki ap vini se ant Lavlas ak Lespwa,yo pa p menm seleri nan bouyon an.

Donk mesye yo ap fè tout bagay pou genyen goumen ant Lavalas ak Lespwa.
Si yon moun ta konprann ke PREVAL se yon Lavalas toujou ,se reve w ap reve.
Genyen Lavalas ,genyen Lespwa e mesye Lavalas yo reyalize sa,men kanta Konstitisyon 87 Lame Dayiti an ,se pou l chanje,pa genyen rale mennen vini lan sa

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  ed428 Sam 17 Jan 2009 - 14:59

Se vre gen Lespwa e gen Lavalas, men pa bliye ke Lespwa se yon manb Fanmi Lavalas. Se menm yo menm nan!!! Kiyes ki te mete Prezidan Preval sou pouvwa? Eske se te patizan Lespwa oubyen patizan Lavalas? Apre evennman 2004 la, li kle ke te gen anpil represyon ki te fet sou anpil gwo zotobre Fanmi Lavalas, an patikilye Premye Minis Neptinn ak So Ann, elatrye. Se sak fe Prezidan Preval rekonet ke li pat kapab vinn kandida sou yon platfom Lavalas
Prezidan Aristid te fe yon deklarasyon kote l di menm si nou ta we gen chire pit ant li e prezidan Preval pa okipe yo, paske yo deja konnen kote yo pral rankontre. Prezidan Preval konn naje, e le li plonje li deja konnen kote li pral soti. Lan sans sa a "Naje pou w soti"
Prezidan Preval poko janm fe okenn eleksyon kredib. CEP tet chat ki anplas la, si gen eleksyon, se premye pyon ki an plas pou prezidan an "Pran tout" menm jan li te fe deja. Deja nou we ki gwoup ki an tet prezidans la lan chanm legislativ la. Le ekip la finn pran tout mesye gen le pral eseye aboli konstitisyon 1987 la pou fet e defet. Selman gen yon bagay ki di "Byen konte, mal kalkile!!!


Dernière édition par ed428 le Sam 17 Jan 2009 - 18:59, édité 3 fois

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Invité Sam 17 Jan 2009 - 16:49

Fevry prann tout moun lavalas pou embesil. Se yonn nan rezon ki fe li menm paret pou yon embesil.

Se domaj ke an Ayiti se politik kap bay leton!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Thunder Sam 17 Jan 2009 - 21:19

Lavalasyen pa ta dwe vle ke konstitisyon sa a amande nan moman sa a. Paske sa ka pote anpil sipriz. 10 zan wi yo soti fè ap kalbende, menm sa ki ta bon pou rejim yo a, yo pat genyen tan pou regle tèlman yo bizi nan koupe rache.


Se pa Preval sèlman ki pa lavalas anko, se pa kounyea ke moun ap bay Aristide do. Fok wou ta remonte depi an 1990. FNCD, OPL, MPP, Pitit Lejitim Lavalas, Bo Tab la, Anba Tab la(lol), Butter Metayer, Danny Toussaint, Menm Guy Philippe... tout se te Lavalas, nan yon espas mwens ke 10 Lane.

Sèl kesyon, eske se tout moun sa yo ki anto, oubyen se Aristide menm ki genyen pwoblèm ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  piporiko Sam 17 Jan 2009 - 22:02

Thunder a écrit:Lavalasyen pa ta dwe vle ke konstitisyon sa a amande nan moman sa a. Paske sa ka pote anpil sipriz. 10 zan wi yo soti fè ap kalbende, menm sa ki ta bon pou rejim yo a, yo pat genyen tan pou regle tèlman yo bizi nan koupe rache.


Se pa Preval sèlman ki pa lavalas anko, se pa kounyea ke moun ap bay Aristide do. Fok wou ta remonte depi an 1990. FNCD, OPL, MPP, Pitit Lejitim Lavalas, Bo Tab la, Anba Tab la(lol), Butter Metayer, Danny Toussaint, Menm Guy Philippe... tout se te Lavalas, nan yon espas mwens ke 10 Lane.

Sèl kesyon, eske se tout moun sa yo ki anto, oubyen se Aristide menm ki genyen pwoblèm ?
SI SE SE TE ARISTIDE KI TE PWOBLEM NAN,OU WE YO BAY KOUDETA,YAP DIRIJE DEPI 5 KAN.KI SA YO REGLE?PEYI A PI BYEN?SOU TIPEA PAT JANM PRAN EMEUTE DE LA FAIM NON.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Thunder Sam 17 Jan 2009 - 22:40

piporiko a écrit:
Thunder a écrit:Lavalasyen pa ta dwe vle ke konstitisyon sa a amande nan moman sa a. Paske sa ka pote anpil sipriz. 10 zan wi yo soti fè ap kalbende, menm sa ki ta bon pou rejim yo a, yo pat genyen tan pou regle tèlman yo bizi nan koupe rache.


Se pa Preval sèlman ki pa lavalas anko, se pa kounyea ke moun ap bay Aristide do. Fok wou ta remonte depi an 1990. FNCD, OPL, MPP, Pitit Lejitim Lavalas, Bo Tab la, Anba Tab la(lol), Butter Metayer, Danny Toussaint, Menm Guy Philippe... tout se te Lavalas, nan yon espas mwens ke 10 Lane.

Sèl kesyon, eske se tout moun sa yo ki anto, oubyen se Aristide menm ki genyen pwoblèm ?
SI SE SE TE ARISTIDE KI TE PWOBLEM NAN,OU WE YO BAY KOUDETA,YAP DIRIJE DEPI 5 KAN.KI SA YO REGLE?PEYI A PI BYEN?SOU TIPEA PAT JANM PRAN EMEUTE DE LA FAIM NON.

Ala koze! ...Duvalyeris yo kote nou ye? pou nou ta di Titidis yo pa kopye sou sa nou di deja.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Joel Dim 18 Jan 2009 - 9:02

colocolo a écrit:Fevry prann tout moun lavalas pou embesil. Se yonn nan rezon ki fe li menm paret pou yon embesil.

Se domaj ke an Ayiti se politik kap bay leton!


Wi Colo,se pou jèn moun yo konn pase nèg sa yo wi.Ayiti se yon peyi ki jèn anpil;mwen kwè ke se 5% popilasyon an sèlman ki gen plis ke 60 an.
Ann Ayiti aktyèlman yon nonm laj mwen se yon dinozò m ta ye si m t ap vivm lan peyi an.

Fevry se yon Divalyeris di ,se yon nonm ou gen dwa mete lan moun ke yo rele koudetayis ,poutchis pèmanan yo.
Depi 90 e menm anvan depi genyen ou pral genyen yon putsch,mesye sa yo parèt tèt yo.
Fevry se te konseye CEDRAS,mwen kwè misye te lan meeting GOVERNOR ISLAND lan ,sou premye koudeta a.
Misye te youn lan moun ki te pi cho devan bann ,pandan preparasyon dezyèm koudeta a.
Kounye an misye se yon regilye lan emisyon poutchis RANMASE an ,ki ap kritike PREVAL .
Si te gen yon posibilite pou yon koudeta kont PREVAL,ou t ap wè misye se youn lan premye nèg ak la banyè l lan men l

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Rico Dim 18 Jan 2009 - 11:48

Wi Colo,se pou jèn moun yo konn pase nèg sa yo wi.Ayiti se yon peyi ki jèn anpil;mwen kwè ke se 5% popilasyon an sèlman ki gen plis ke 60 an.
Ann Ayiti aktyèlman yon nonm laj mwen se yon dinozò m ta ye si m t ap vivm lan peyi an. Joel


De jou an jou mwen twouve w se yon bon demagog, kote w twouve eleman estatistik sayo. Se vre pwoposyon moun laj avanse redwi pa rapo jenn yo. Se nomal nan tout sosyete an kwasans. Men 5% sa w rele dinozo yo kote w twouve li. En pasan nou cho ak bouke nan dinozo, depi sou janklod se jenerasyon jenn politisyen magouyè ak volo ki pran pouvwa. Komanse depi sou janklod pase pran Aristid ak yon bann senate lavalas diri ak tol. Nou sanble bliye bann granmanjè lavalas yo nan 2 chanm yo. Anpil se jenn gason ki san kapasite ni moral osi konesans ki rive depite. Flanke dèryè nou yon kote. Nou san memwa ak vrè konesans pwoblèm peyi nou. Anpil Jenn gason peyi dAyiti pa nan zafè monte pati politik. Se dèryè avantaj yo nan tout pouvwa magouyè yo kanpe. Sa nou refize konprann la.

Politisyen 60 tan ak plis se toujou nan mog pati politik yo chita. Se toujou ansyen prof, pastè ki gen kont tan yo pou fè politik nan lopozisyon.Yo pa janm nan pouvwa politik vreman. Yo fini tankou Silvyo Klod ou Gregoire Eugwene. Yo toujou nan opozisyon tankou Benoit ou anko Serge Giles. Se tout yon jenès san preprasyon ak konpetans ki fout peyi sa pwoblèm nan kad enkopetan nan tout ministè , jenn depite kreten, kouyon an majorite nan 2 chanm yo . Se annik gade bann politisyen ki pa kanpe sou anyen ki toujou nan opozisyon pou pale mal.


Menm depi apre lanmo Duvalier se tout yon klik ti jenn magouyè kap defile nan djob leta yo sitou. Se volo ki nan kouri apre a letranje tankou Chanoine achte bèl kay. Kisa nou fè ak Janklodis yo, ekip jenn sayo rele super minis alepok se te jenn gason. Aristide vini apre ak tout ekip senatè Prince Sonson, Dany Toussaint ak latrye. Mwen di nou cheche vrè responsab yo. Rive nan ministè di Plan pou konstate se jenn nèg kreten ki pa kap fouti livre pwogram asistans yo. O pwen ke Preval ap plenyen. Souvan se nan dyaspora yo vinn cherche kad dinozo 60 lane pou ekri pwoje pou bann kreten sayo. Pale sa nou konnen se sitou pwoblèm ak yon ekip jenn kad enkonpetan peyi sa ap fouvwaye.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Joel Dim 18 Jan 2009 - 13:01

Kounye an tou sa m di w ap mande m kote mwen jwenn li.Se akimilasyon tout sa mwen li pandan vi mwen .Se pa sou Entenèt mmwen koumanse aprann.
Se swa lan lekòl ,inivèsite ak liv mwen achte e bibliyotèk elatriye.
Bon sa pa enpòtan ,mwen pa t bezwen vin sou sa ,men moun ki gen opinyon tankou w yo se tankou yon "template" ke nou genyen.

Zafè 5% an se dapre estastitik dènye sansis lan.Pa bliye ke esperans de vi yon ayisyen se anviwon 52 zan .
Epitou w ap ba moun entansyon.Kilès ki t ap pale de jèn moun ou byen pa jèn ki lan gouvènman ?
Sa mwen te bezwen ilistre se ke popilasyon peyi Dayiti an se yon popilasyon ki jèn anpil ,kididonk yo pa viv ou byen yo pa konnen anpil lan istwa resan peyi an.
Se pa sa ,ou bezwen plas gouvènman ?
Se bagay ki gade w ,mwen menm sa pa enterese m ABSOLIMAN ditou

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Rico Dim 18 Jan 2009 - 13:30

Joel a écrit:Kounye an tou sa m di w ap mande m kote mwen jwenn li.Se akimilasyon tout sa mwen li pandan vi mwen .Se pa sou Entenèt mmwen koumanse aprann.
Se swa lan lekòl ,inivèsite ak liv mwen achte e bibliyotèk elatriye.
Bon sa pa enpòtan ,mwen pa t bezwen vin sou sa ,men moun ki gen opinyon tankou w yo se tankou yon "template" ke nou genyen.

Zafè 5% an se dapre estastitik dènye sansis lan.Pa bliye ke esperans de vi yon ayisyen se anviwon 52 zan .
Epitou w ap ba moun entansyon.Kilès ki t ap pale de jèn moun ou byen pa jèn ki lan gouvènman ?
Sa mwen te bezwen ilistre se ke popilasyon peyi Dayiti an se yon popilasyon ki jèn anpil ,kididonk yo pa viv ou byen yo pa konnen anpil lan istwa resan peyi an.
Se pa sa ,ou bezwen plas gouvènman ?
Se bagay ki gade w ,mwen menm sa pa enterese ABSOLIMAN ditou


Monchè mwen byen konprann se konesans yo livre w wap voye monte. Nan ka ti peyi w la wou bezwen anpil konesans teren pou yon peyi ki gen anpil tradisyon oral sitou. Si mwen mande w presizyon sou estatistik 5% moun 60 ak plis se pwouve m jistès konesans syantifik inivèsitè w ak detay e chif presi. Wi esperan o zanviwon 52 zan pa vreman di 5% selman pou ene nou sayo. Li kapab plis ke sa ak anpil . Alos li ta pi serye pou pa di onèt, wou avanse vrè chif. Si mwen pale de jenn se paske nou vle fè ansyen nou yo yon fo prosè. Alos mwen di pito nou pale de jenn nou yo.

An pasan mwen twouve nou pa vreman sezi anplè pwoblèm politik yo nan plede pou yon jenès ki deja byen o pouvwa depi kelke tan. Sispann fokis nou sou Preval prezidan ak premye minis. Mwen sispek se yon bann ti dyasporyen ki pa konnen vreman peyi dAyiti kap pale. Pouvwa peyi dAyiti chita nan men 2 chanm yo, pase pa tout kad egzekitif yon jenès ki byen enplante yo patou. Ale nan lari a sa nou rele oganizasyon popilè kap jwe nan plas bon pèp se anko jenn gason ak fanm. Lè lavalas ou Rene Preval lanse yon mo dod se anko tout zway sayo ki pran lari a pou yo. Kisa nou refize konprann se la pouvwa chita . Bann ti granmoun ki minis yo se otaj moun sayo ye.

E se la danje chita pa vreman gen ekilib nan sosyete sa. Tout kouyon minis yo setoblije mennen yon politik zanmitay pou toujou kenbe plas yo. E pouvwa sa chita sou lari a ak yon ti gwoup moun mèt chantè, yon chanm jenn gason ak fanm ki rele CPP
ki nan kolizyon ak pouvwa .
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  gwotoro Dim 18 Jan 2009 - 19:41

Selon le Recensement Général de la Population et de l’Habitat de 2003, la population âgée de 65 ans et plus represente 5,1 % de la population totale.

Resultats RGPH 2003

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  gwotoro Lun 19 Jan 2009 - 12:00

Si yon moun ta konprann ke PREVAL se yon Lavalas toujou ,se reve w ap reve.

Ca me fait rire. Toujours cette meme volonte de vouloir disqualifier Preval comme lavalas, meme si on veut toujours qu'il fasse le travail pour le lavalas.

Et cette reaction face a Preval est la meme du cote de l'opposition. On rejete Preval, on le critique, mais on voudrait bien qu'il fasse le travail de l'opposition pour elle.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  gwotoro Lun 19 Jan 2009 - 12:49

Fevry a compris une chose simple.

Tout comme dans Fanmi Lavalas, certains (je dirais meme la grande majorite) doivent leur vie (et survie) politique au fait qu'ils sont portes par la vague Aristide; dans l'opposition, certains (je dirais egalement la grande majorite) doivent leur vie (et survie) politique a une "opposition" sans merci a Aristide.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Rico Mar 20 Jan 2009 - 19:43

gwotoro a écrit:
Si yon moun ta konprann ke PREVAL se yon Lavalas toujou ,se reve w ap reve.

Ca me fait rire. Toujours cette meme volonte de vouloir disqualifier Preval comme lavalas, meme si on veut toujours qu'il fasse le travail pour le lavalas.

Et cette reaction face a Preval est la meme du cote de l'opposition. On rejete Preval, on le critique, mais on voudrait bien qu'il fasse le travail de l'opposition pour elle.

Sa se yon reflèksyon ki pa kanpe sou anyen nan politik ti nèg koken. Kisak sipriz la koken ap sèvi ak koken. Kisak pi serye ant lavalas ak Espwa. Nou gen 2 koken kap jwe move kou pou pran pouvwa. Ki zafè opozisyon bezwen Preval fè travay pou yo. Se pa konprann anyen poukisa Preval pa te prezante pou lavalas. Non selman Preval pa janm manb lavalas li pap pran chans vinn prezante l nan pati pèsonèl Jan Bertrand Aristide li pi byen konnen pase tout moun.


E pi ki pati ki vle mete l sou rout ekip Espwa Preval se anko Lavalas. Alos kote w vle foure lopozisyon nan lese frape sa. Non Espwa Ti Rene gen obit li sou lavalas pou redwi a neyan. Se pral yon konba a mo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka  Fevry Empty Re: Manyen konstitisyon an Aristide pap janm tounnen selon avoka Fevry

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum