Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

4 participants

Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  revelation Lun 18 Mai 2009 - 11:29

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken 800px-Cumbre_Iberoamericana_2007


Prezidan Dominiken an Leonel Fernandez, mande group peyi Ibero-Ameriken yo pou yo resevwa Ayiti kom mamb group sa ki gen ladan Espagne, Portugal, e tout lot koloni Iberik nan le mond.

Prezidan Dominiken an di ke fok Ayiti fe pati de group sa paske li fe pati de l’ile Hispanyola ke li pataje avek Repiblik Dominikenn.
Ayiti sete yon nan premye zonn nan l’ile sa ke espanyol yo te etabli yo avan ke angle ak franse te vinn mete pye.

Ayiti merite sa paske li se premye peyi ki libere tet li anba esklavaj e pemet tout lot peyi nan l’Amerik e nan Karayib la pran indepandans yo tou.

Ayiti se yon peyi ki pa gen chans, apre indepandans li, la Frans fe yo peye che pou indepandans sa, tandiske l’Espagne te ede nou ekonomikman, kiltirelman, sosyalman e banou anpil heritaj espanik ke nou konseve jiska prezan.

Ayiti fet pou soti nan fe nwa ke li ye konnyen la e chache fe zanmi avek moun ki kap ede nou.
Memm jan le Eta Zini rete bon zanmi avek l'Anglete ki te kolonize yo, nou kap fe zanmi e pataje konesans ak kilti tou avek ansyen kolon nou yo tou.

Revelasyon


Dominican president calls for Haiti's Ibero-American membership
Posted on : 2009-05-18 | Author : DPA
News Category : America

Madrid - Dominican Republic President Leonel Fernandez on Monday called on the Ibero-American Community to admit Haiti as a member in an act of "historic reparation."Haiti was the first Caribbean republic to proclaim independence in 1804, Fernandez pointed out on beginning a five-day official visit to Spain.

He was referring to the celebrations that are being prepared in many Latin American countries to mark the bicentennial of their independence from Spain.
Haiti was a Spanish colony before going under French rule.

Haiti also broke ground by abolishing slavery, for which it paid a "heavy price," said Fernandez, whose country shares the Hispaniola Island with Haiti.

The Ibero-American Community, which includes Spanish- and Portuguese-speaking nations in Europe and the Americas, stages annual summits.

http://www.earthtimes.org/articles/show/269286,dominican-president-calls-for-haitis-ibero-american-membership.html#
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Rico Lun 18 Mai 2009 - 12:48

Revelasyon se byen mwen toutafè dako ak tout solidarite entènasyonal kap pote di plis pou peyi dayiti. Men wap sonje bann ti ekstremis radotè ki toujou kanpe an kwa kont listwa mande mete dlo nan diven yo. Nan peyi dAyiti genyen vye kouran ekstremis kite siye bis Kiristof Kolon sou waf jete l a tè. E byen bis sa Dominiken rekipere l, mete nan mize lakay yo. Mwen sezi lè mwen tande demand Prezidan Dominiken apre gwo afron kont pèsonaj de mak istorik Iberyen sa .

Alos se pou di w nan peyi dAyiti, move enkilt pa konprann anyen nan istwa te vle rann Kristof Kolon responsab tout pwoblèm yo. Wi se vre Lespay enpotan nan istwa peyi dAyiti. Men ti ekstremis prefere rete nan izolman, fè rondonmon olye entegre nan sivilizasyon modenn.

Revelasyon se vre meriken flanke zansèt yo bon pataswèl mete deyo, men sa pa anpeche renwe lyen rapwochman ak yo. Ti nèg lakay rankinye anpil, toujou kanpe sou bit revanch ras refize fè pa dè choz.Yo pa vle frankofoni yo rele frankofou, yo pa vle meriken nan kanpe sou bit Chalmay Peralte.

Wouuuuyyyy koulyè a wap mande pou yo anbake nan solidarite Ibero. Eske se pral yon rounou rounou, nasyonalis ti nèg pral monte yo pou leve koken. Antouka mwen swete rezon ak bon sans pral fè yo pran bonn direksyon. Nou bezwen solidarite kelkeswa nachon pou soti nan izolman.


Dernière édition par Rico le Lun 18 Mai 2009 - 14:51, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  revelation Lun 18 Mai 2009 - 14:09

Rico di: Revelasyon se byen mwen toutafè dako ak tout solidarite entènasyonal kap pote di plis pou peyi dayiti. Men wap sonje bann ti ekstremis radotè ki toujou kanpe an kwa kont listwa mande mete dlo nan diven yo. Nan peyi dAyiti genyen vye kouran ekstremis kite siye bis Kiristof Kolon sou waf jete l a tè. E byen bis sa Dominiken rekipere l, mete nan mize lakay yo. Mwen sezi lè mwen tande demand Prezidan Dominiken apre gwo afron kont pèsonaj de mak istorik Iberyen sa .
M'dako avek w Rico!
Bay kou pote mak sonje!
Men fok nou aprand fe rekonsiliasyon avek l'enemi nou pou sove aveni peyi nou.
Mesye sa yo ap lonje la men banou paske yo rekonet vale istorik prezans peyi d'Ayiti nan zonn nan.

Nou byen kontan ke raprochman sa ap fet, e ke memm reine peyi d'espagne nan te vin we nou le 4 cyclon sa yo te kwaze Ayiti.
Solidarite a la fok nou apresye li e fok nou pa jwe wol gate manje.

Nou gen anpil etidyan ayisyen e nan lot peyi karayib la ke yo aksepte nan lekol medecinn o Zeta Zini, men yo pa gen lajan pou peye pou lekol sa yo.

Se an Dominikani al Puebla, Mexico ke yo pral etidye paske la vie a meye mache e anbyans lan pi akseptab.

Li le e li te tan pou nou mare konn lonbrit nou avek vwazin panyol, e brezilyen nou yo.
Pete, atitid nou va chanje.

Rico, w memm ak mwen nou we sa kom yon bonn nouvel, men gen lot moun ki pa we'l konsa.

Fok extremist sa yo banou yon souf e kite pep la fe zanmi ak lot pep!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Sasaye Lun 18 Mai 2009 - 14:37

Ki pawol zanmi saa?
Depi kilè yo te renmen Ayiti konsa?

Si Fènandez renmen Ayiti, li rekonèt wòl Ayiti lan liberasyon Amerik Latin, poukisa li pa preche sa lakay li?

Fè edikasyon pèp dominiken pou yo wè ayisyen pa bèt sovaj.

Fè dominiken rekonèt ras yo e ke se pa "indio" yo ye pou sa ankouraje yo rekonèt ke ayisyen se frè yo?

Se pou l kondane move zak ki ap fèt sou ayisyen an Dominikani depi syèk e ki te vinn yon politik gouvènman depi sou Trujillo.

Lè saa, la gen otorite moral, pou l pale.

Dayè, lòt gouvènman laten ameriken yo pap bal kredi ak dosye saa ke anpil ladan yo kritike deja.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Invité Lun 18 Mai 2009 - 14:42

Sasaye a écrit:Ki pawol zanmi saa?
Depi kilè yo te renmen Ayiti konsa?

Si Fènandez renmen Ayiti, li rekonèt wòl Ayiti lan liberasyon Amerik Latin, poukisa li pa preche sa lakay li?

Fè edikasyon pèp dominiken pou yo wè ayisyen pa bèt sovaj.

Fè dominiken rekonèt ras yo e ke se pa "indio" yo ye pou sa ankouraje yo rekonèt ke ayisyen se frè yo?

Se pou l kondane move zak ki ap fèt sou ayisyen an Dominikani depi syèk e ki te vinn yon politik gouvènman depi sou Trujillo.

Lè saa, la gen otorite moral, pou l pale.

Dayè, lòt gouvènman laten ameriken yo pap bal kredi ak dosye saa ke anpil ladan yo kritike deja.

Mèsi. Mwen ta pwofite poze kesyon sa: eske Fernandez wè tet tankou yon nwa?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  revelation Lun 18 Mai 2009 - 16:41

Sasaye di: Ki pawol zanmi saa?
Depi kilè yo te renmen Ayiti konsa?
Si Fènandez renmen Ayiti, li rekonèt wòl Ayiti lan liberasyon Amerik Latin, poukisa li pa preche sa lakay li?
Fè edikasyon pèp dominiken pou yo wè ayisyen pa bèt sovaj.

Fè dominiken rekonèt ras yo e ke se pa "indio" yo ye pou sa ankouraje yo rekonèt ke ayisyen se frè yo?

Se pou l kondane move zak ki ap fèt sou ayisyen an Dominikani depi syèk e ki te vinn yon politik gouvènman depi sou Trujillo.

Lè saa, la gen otorite moral, pou l pale.

Dayè, lòt gouvènman laten ameriken yo pap bal kredi ak dosye saa ke anpil ladan yo kritike deja.Mèsi.
Chak bagay pran tan yo. Bagay yo pa fet vit konsa.
Lipran Ayiti anpil tan avan ke yo admet li nan CARICOM.
Pran yon ti pasyans toujou.

Ti-Neg di: Mwen ta pwofite poze kesyon sa: eske Fernandez wè tet tankou yon nwa?

Se pa yon kestion de koule ke nap diskite la.
Se yon kestion d'apartenans geografik ke nou ap pale la.
Ayiti fe pati peyi Iberik nan l'amerik la!!
Ke yo vle'l ou pa fok Ayiti mamb tou!!

Si gen manje kap separe ant l'Espagne, Portigal e lot piti li yo nan l'Amerik la, fok Ayiti jwen yon ti kichoch tou.

Se papa Christof Colomb ki mouri e kite heritaj hispanik sa pou nou, fok nou e gen dwa reklame'l.

Li te premye europeyen kite passe sou vent manman d'Ayiti e li baptize pitit li "Hispagnola"
Pa gen manti nan paj istwa sa lot timoun yo pakab di ke se yo selman ki legitim, Ayiti pa ladann paske yo nwa.
Se yon rezonman rasist ki pa gen enyen pou we avek kondition pou apartenans geografik.

Peyi latino sa yo se yon band hypokrit paske gen plis nwa ak indien nan lamerik latinn nan ke desandan panyol!

e si Prezidan Dominiken an, Leonel Fernandez vote pou Ayiti ki chita nan l'ile hispagnola fok lot rest peyi latino yo aksepte Ayiti.

Blan angle yo le yo te vini nan l'Amerik la yo te di ke tout lot peyi ki pa fe pati de commonwealth yo e ki pale yon lang derive de latin, se latino ke yo ye.

Eske Leonel Fernandez nwa??

Wi li nwa memm jan ak Sammy Sosa, Alex Rodriguez, Tejada, Ronaldiho, Gilberto Gill, Jommy Ventura, Fransisco Pena Gomez, Ti-Neg, Sasaye, Revelasyon, Rico, Rod, Joel, Colocolo, Marc, Marc Henry, Piporiko, Ana Kreyol, Jaf, Benlatay, Lentslow, Webmaster e tout lot kamarad yo!!

Wiiii nou tout se nwa e nou tout se LATINO!!

Kom Rico toujou di, nap jwen detrakte afrocentrik kap di ke se manti. Saaa se bizniss pa yo!!
Yo pa gen dwa re-ekwi l'istwa jan yo vle!!

Revelasyon

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Rodlam Sans Malice Lun 18 Mai 2009 - 16:59

"Ayiti fè pati peyi Iberik nan l'amerik la!!" Revelatyon

Oh oh ou konnen mwen sezi;sa sa vle di menm?mwen te kwè iberique vle di pati west ki ant espay e portugal.se la ayisyen soti?ki kalite kose sa mezanmi,menm orijinn nou tou yo vle chanje.Moun ki ekri "l'origine de la haine est la haine de ses propres origines lan pa manti sim te jwen li mwen tap peye l pou verite saa.mwen ka konprann ke Leonel Fernandez vle reklame eritaj iberik li men pa yon ayisyen.se panyol ou portugè ki lang ayisyen?

nou mal se vre men nou panko ap di ke nou se dominiken ou iberik .No way jose.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Invité Lun 18 Mai 2009 - 17:25

Se dwa prezidan dominiken an pou li mande pou Ayiti.

Lè nou grangou, se lakay li nale kriye e chache manje.

Epi, poukisa Ayisien pa vle antre nan oganizasion sa a?

Nou pa nan francophonie?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Rodlam Sans Malice Lun 18 Mai 2009 - 17:39

nou pa pale panyol ni nou pa soti ni an espay ni portugal ;nou vle rete kote nou genyen menm dwa ak tout moun; Caricom se la ki plas nou.nou pa mande Leonel Fernandez mande anyen pou nou.ki dwa l poul fè yon demann konsa?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  revelation Lun 18 Mai 2009 - 17:42

Rod di: "Ayiti fè pati peyi Iberik nan l'amerik la!!" Revelatyon

Oh oh ou konnen mwen sezi;sa sa vle di menm?mwen te kwè iberique vle di pati west ki ant espay e portugal.se la ayisyen soti?ki kalite kose sa mezanmi,menm orijinn nou tou yo vle chanje.Moun ki ekri "l'origine de la haine est la haine de ses propres origines lan pa manti sim te jwen li mwen tap peye l pou verite saa.mwen ka konprann ke Leonel Fernandez vle reklame eritaj iberik li men pa yon ayisyen.se panyol ou portugè ki lang ayisyen?

Rod SVP, pa chwazi mô pou mô nan yon sije pou tire konklisyon w nom fre.
Chache konprand legalite e demand d'apartenans Ayiti nan group peyi Latino yo ke Fernandez ap esseye fe a.

Si w pa konprand lejitimasyon demand e playdwaye ke prezidan Dominiken Leonel Fernandez ap parenne o nom de peyi d'Ayiti ki pataje memm l'ile ak peyi pa li, ke Christof Colomb te dekouvri, e ki kite yon heritaj latin lakay nou se ke w pa konprand ke peyi w, Ayiti se yon poto mitan istorik nan rejion an.

Gen yon seri de neg ki fet par accident nan peyi d'Ayiti.
Yo pa chache konnen e propaje vale istorik peyi yo.
Period pre-kolonyal e kolonyal la yo pa chache konnen sa ditou.
Se de Dessalines jiska Titid ke yo swadizan konnen.
Yo kite ke se lot moun kap fe rechech pou mete yo sou bonn direksyon.


Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Rodlam Sans Malice Lun 18 Mai 2009 - 18:10

antouka mwen konnen ke majorite ayisyen se desandan afriken ki soti nan peyi tankou dahomey.ke Chrisophe kolon te jwen ed Rwa e Renn despay la pou li te fè voyaj la men moun li te jwen yo se pa eropeyen yo te ye.se eropeyen yo ki al chache afriken vinn travay an ayiti.chak bor lil la te divise ant lespay e franse.se sak fè domoniken pat vle rete sou lobedyans afriken se sak fè yo fome yon lot peyi jodya si fernandez ap chache federe tou 2 peyi yo se a koz de anpil ayiseyn ki pa renmen orijinn yo.ki bliye sak te pase.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Rico Lun 18 Mai 2009 - 18:39

Rodlam Sans Malice a écrit:nou pa pale panyol ni nou pa soti ni an espay ni portugal ;nou vle rete kote nou genyen menm dwa ak tout moun; Caricom se la ki plas nou.nou pa mande Leonel Fernandez mande anyen pou nou.ki dwa l poul fè yon demann konsa?

Antouka mwen santi m plis laten ke karayibeyen ki osi frekan si non plis plis pase Hernandez ou anko Dominiken ki pa vle wè nou. Nou pa pale non plis angle ni gen kilti anglofonn. An plis se kay blan pou twouve manjay , mwayen viv nou vinn gazouye angle OKANADA AK OZETZANI.

Pa pete tèt nou, ni pran nou pou lot moun.

Patikilyarite nou se nèg kreyol ak yon ti minorite ki itilize lang blan franse. SA NOU TI NÈG BEZWEN SE SOLIDARITE KÈLKE SWA PWOVNANS LI POU SOTI ANBA PROP ENJISTIS TI NÈG PARÈY NOU, VRÈ LENNEMI NOU.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Rodlam Sans Malice Lun 18 Mai 2009 - 23:18

se dwa w pou santi w pi latin pase karayibeen;mwen ,mwen santim pi a lez ak trinidadyen ak jamayiken ak grenadyen ke dominiken ak Puerto Riken, ak Arjanten, ak Chilien ki se blan ou byen ki kwè yo se blan.

Dominiken ap di nou ke yo pa vle nou vinn lakay yo; yo koupe ponyet nou tet nou epi w di ou santi w pi byen kote yo ke kote jamayiken,yo di gran moun ak moun fou fè sa yo pito .Antouka mwen pa iberik. ni mwen pa beswen iberik,na fè sa nou pito mwen pa ladann.ou pa tap janm tande yon afro ameriken, yon trinidadyen ,yon jamayiken di li pi alez ak latin ke ak ayisyen. se la raj.tankou Jaf di ya chenn nan tet la pi red pase chenn nan pye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Sasaye Mar 19 Mai 2009 - 0:59

Orijin iberik pa gen anyen jeyografik an amerik.
Se yon temm ki aplike ak moun ki gen san oubyen kilti kolonizatè ki soti lan penensil Iberik, ki konprann Espay avèk Potigal.

Sa vle di moun ki pale panyol ak potigè e viv avèk mès e enfliyans ak manyè moun sayo.

Kidonk tout peyi Amerik di Sid, san konte 3 Giyann yo.

Lan Antiy yo se Kiba, Dominikani ak Potoriko.
Lan Amerik santral, retire Beliz.

Se pa yon afè de ras paske an Afrik: Angola, Mozambik, Il Kapvèt, Ginen Bisaw etc... se Iberik yo ye tou.

Sa Fènandez ap fè pa yon zak amitye oubyen solidarite, se yon taktik promosyon peyi pa l.

Nou pa we lan atik ke Pipo poste an panyol la, gran manchèt pale de sa Fènandez ap fè pou Ayiti, men se 3-4 liy ki pale de sa, rès la se zafè pa yo.

Panyol kelkeswa peyi yo soti lan Amerik, èa p pale de peyi yo, pèp yo ak kilti yo, yo rele l la "raza".

Ayisyen ladann?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken Empty Re: Prezidan Dominiken mande pou Ayiti vinn mamb Ibero-Ameriken

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum