Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -28%
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G ...
Voir le deal
389 €
anipassion.com

Eske protectionism se yon move bagay?

Aller en bas

Eske protectionism se yon move bagay? Empty Eske protectionism se yon move bagay?

Message  Rodlam Sans Malice Lun 1 Juin 2009 - 23:13

Byen souvan mwen konn tande ekonomis ap kondane moun ki ap mande pou ti peyi yo pwoteje ekonomi natyonal yo an enpozan tarif dwanye pou pemet inidstri natyonal yo ka fonktyone.Eske anploye General Motors ak bond holder yo pa ta swete jodya ke gouvenman ameriken te mete yon kota sou kantite machinn ki ap soti lot kote ki ap vann o Zeta Zuni?

mwen tap gade yon ameriken ki tap pale de bankwout General motors la li di: se yon wont natyonal pou ameriken se komsi nou pa konnen sa nap fè.mwen pa vle pran pos konesè tankou yon moun akise m deja men kestyon sa yo lè m pose yo se pa pou mwen montre ke mwen konnen tout bagay non se selman pou mwen ensite yon diskisyon sou yon sijè ki enpotan pou mwen.

Mwen panse tou tan se yon ekonomi neoliberal ke ekonomis yo ap voye monte e byen baton ki bat chyen nwa ka bat chyen blan tou.Jodya se mare ren yo sere mete men nan tet ke dilè ak anploye GM yo ap fè, Chrysler refize pran machinn yo nan men dilè ki blije ap likide machinn yo ,Dow Jones lan retire GM ak City bank nan konpayi ki konpose endex la.ki moun ki te ka panse yon aktyon ki tap vann a 65 dola jodya li pa vo menm 80 santim?CEO GM lan ki tap touche 100 milyon dola pa ane eske li te merite salè saa?

pafwa lè mwen pose kestyon sa yo genyen moun ki dim mwen egri se pa egri mwen egri non men lè mwen te envesti lajanm nan yo konpayi poum wè a koz enkonpetans yon paket enbesil ki ap pran poz ke yo konen eske mwen pa genyen rezon fache.Byen ke mwen blame tet mwen tou paske mwen te dwe wè ak tout konpayi ki ap fabrike machinn nan le mond konpayi GM lan pat fleksib ase pou l te soutni konpetityon an.

Si yon peyi teknolojikman avanse tankou Eta Zuni ka ap sibi kalite gwo sekous sa yo e yon ti peyi san teknoloji tankou ayiti?Eske nou ka pratike yon ekonomi neo liberal vre si nou vle devlope endistri lakay nou?Lotrejou mwen tap koute yon entreprenè ameriken ki fabrike asye ki tap di ke sa pa eksiste vre yon ekonomi de mache lib; li di ke endistri asye ameriken yan pa ka nan konpetityon ak chinwa yo kote endistri sa yo sibvantyone li di se yon ilusyon ke anpil ekonomis genyen lè yo di ke si yon peyi tankou Eta Zuni mete tarif dwanye lakay li pou li pwoteje endistri laky li yo lot peyi yo ap fè menm bagay la tou epi sa ap la koz yon retresisman nan ekonomy mondyal la.

mwen pa genyen oken pretantyon non men map mande eske neg tankou Greespan yo te konnen vre sa yo tap fè.Eske CEO bank tankou City bank ak bank of America ak konpayi tankou GM e Chrysler genyen ekspertiz ke yo di yo genyen yo?mwen toujou di ke konesans se yon bagay ki relatif genyen en pe moun ki genyen yon ti kras konesans pase yon lot gwoup men de jou an jou mwen fini pa rann mwen kont ke nou tout se borgne.se pousa nanpren oken moun ki ka mete oken konpleks lakay mwen.nanpren oken moun ki omnisyan sou la tè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum