Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

Il ne faut plus parler de politique....

Aller en bas

Il ne faut plus parler de politique.... Empty Il ne faut plus parler de politique....

Message  dilibon Mer 13 Jan 2010 - 16:23

Wi anpil moun ki anime de bonn entensyon konsa tou reziltant de degeneresans nou yo mele e kouri di se moman pou nou antann nou tet bese, pa responsabilize pesonn kife apre 200 zan nou pa genyen okenn sistem de baz pou reponn a dezas, ijans e pwoteje popilasyon nou ki sinistre...

Yo di nou an nou pale damou, an nou pale de fratenite, an nou pale de solidarite.ak anpil lot bagay. Nou dako sou kadav vet fre nou yo, - sonje mwen poko menm pwan nouvel fanmi mwen - fok nou pwomet pou nou fe youn move sityasyon tounen youn opotinite pou nou rebati. Men rebati se pwal youn zak politik li pwal ye. Nou pap ka ini, solidarize ak tret nan mitan nou... Nou pap ka rebati, ini nou, solidarize nou ak neg kap cheche premye moyen pou fe kreye youn toubiyon pou vole tout trezo peyi'a.

Anvan nou kriye inite, fratenite, solidarite, youn lot Ayiti pou tout moun fok nou poze kesyon poukisa nou pa genyen youn fos lame ki pou ede nou se Dominiken, ameriken kap vini ede nou malgre Minustha sou teren an?

Poukisa nou pat mete anyen sou ktoe anka dezas natirel sa yo ta rive? Poukisa menm twal gaz, alkol, krakez, manje ki ka manje san kwit, dlo... nou pa genyen anyen menm. Nou pa genyen menm youn ekip sekouris, youn ekip volonte, ap menm youn ekip sapeur ponpye?

Aloske nou sot depense paket lajan nan elikopte, avyon prive, depans Teleco, 197 milypon dola disparet epi prezidan san vegogn ap pense paket ede kap ranatre selman. Se moman oyun prezidan pale ak pep li, rekonfote pep li, pale de pwoposyon di kisa ekip li a fe e kisa li espere yap vinn ede li. Ed pa vle di vinn fe tout bagya tout tan pou ou! Ed pa vl edi pou w rete parasit tout tan. FOk genyen moun ki genyen leadership, ki ka bay kontabilite, ki konprann dinamik mond nan, ki konprann la syans ki pou fome oyun nouvel ekip pou rekonstwi peyi a. Ak kanabwa sa yyo kila nap pwal lave main siye li ate!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Il ne faut plus parler de politique.... Empty Re: Il ne faut plus parler de politique....

Message  Invité Mer 13 Jan 2010 - 17:08

C'est aussi mon opinion .

Dili,

Mwin gin chanss se'm nan te gintan rantre yeswa. Li bebe lipaka pele .Se kabann li pwan .Sesakfe li pat gintan rele'm le li rantre .Li te fek sott ayiti pou li fe yon lan bagay ke nou adopte kom tradisyon chak ane a ki se achte kado pou sansinkant ti moun jwe mizik pou yo bayo manje tout jounyn la veille janvye . Ligin yon terib migraine ki refize kite li .

D'ordinaire se mwin ki konsole konseye moun lan fanmi a le bagay yo red min jodya mwin pa kapab. Pou sa map tande pou sa mwin we lan televizyon mwin konpwan jodia sa moun vle di le yo di manman pitit mare vantt yo .Mwin santi menm mare vantt paka ede nou kote nou ye a .Se dlo kap koule lan zyem.

Maintenant ,je comprends dans toute son ampleur la portee emotionnelle de cette expression dont les psychologues sont si friands :

La rage de l'Impuissance .

Que Dieu me pardonne si je ne comprends pas ,si je refuse de savoir pourquoi des enfants morts sont empiles , abandonnés dans les rues dévastées et les chiens affamés viennent, attirés par l'odeur de la charogne.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Il ne faut plus parler de politique.... Empty Re: Il ne faut plus parler de politique....

Message  Invité Mer 13 Jan 2010 - 17:10

dili mwen voye yun mesaj pou wou

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Il ne faut plus parler de politique.... Empty Re: Il ne faut plus parler de politique....

Message  dilibon Mer 13 Jan 2010 - 18:01

deza a écrit:C'est aussi mon opinion .

Dili,

Mwin gin chanss se'm nan te gintan rantre yeswa. Li bebe lipaka pele .Se kabann li pwan .Sesakfe li pat gintan rele'm le li rantre .Li te fek sott ayiti pou li fe yon lan bagay ke nou adopte kom tradisyon chak ane a ki se achte kado pou sansinkant ti moun jwe mizik pou yo bayo manje tout jounyn la veille janvye . Ligin yon terib migraine ki refize kite li .

D'ordinaire se mwin ki konsole konseye moun lan fanmi a le bagay yo red min jodya mwin pa kapab. Pou sa map tande pou sa mwin we lan televizyon mwin konpwan jodia sa moun vle di le yo di manman pitit mare vantt yo .Mwin santi menm mare vantt paka ede nou kote nou ye a .Se dlo kap koule lan zyem.

Maintenant ,je comprends dans toute son ampleur la portee emotionnelle de cette expression dont les psychologues sont si friands :

La rage de l'Impuissance .

Que Dieu me pardonne si je ne comprends pas ,si je refuse de savoir pourquoi des enfants morts sont empiles , abandonnés dans les rues dévastées et les chiens affamés viennent, attirés par l'odeur de la charogne.


Deza,

Mwen pap menm di ke gouvenman te ka prevwa tranbleman de terre la malgre genyen anpil moun, syantis ayisien kite predi li sou radyo. Men tout gouvenman ayisien ta dwe prepare pou katastrof depi lontan paske nou genyen youn istwa siklonn. Men apre Gonayv, nou te dwe mete youn minimum de respons, first responders. Nou fek sot envesti 90 milyon nan ekipman pou SNE koman yo rele yo a. Tout moun ki anrejistre camion ak gwo engin lourd te dwe konnen ke yo ba yo rediksyon paske le ijans yap apse nan sevis leta pou sove lavi!

An nou di ke youn dezas pase koman nou prepare konitnye leta'a? Eske gouvenman ayisien depi depa Jean Claude Duvalier janm chita e diskite sekirite nasyonal? Repons nan ka ijans tankou sa ki pase la? Se youn evenman ki depase nou se vre men nou pa ka komanse anyen, tout lespwa nou repoze sou letranje selman? Epi yap mande ak frekansite: Oh wi nou te batay pou ledependans ameriken, peyi latino ameriken jodya ke yo remet nou fave a, kile peyi sa yo ap finn peye det sa'a? Kile nap mete nou nan pozisyon pou ede tet nou ak lot moun anko? Devan pot tounen deye kay!

Men se pa kesyon an, nan ka sa mwen ap repete li se le moman pou prezidna an depase, pale k apep li, refe li kwe nan tet, dil sa lap fe e kisa lap mande etranje e le tout etranje ale koman li espere ke nou ka pase kap la, ki rendez vou nou genyen ak listwa koman se nan inite ka solidarite pou nou mashe, ki refom li pwal fe pou mete youn gouvenman de salut national ki pwal genyen reprezan tasyon tout fos viv peyi a. An nou kanpe nan politik ou politikayri pou nou mashe e fe fas a destin kom pep, pap genyen anro, pap genyen anba, men ap genyen aysien ki pwal demontre mond nan ke nou se youn pep resilyan, ki genyen kouraj, ki genyen fos e ki pwla rebati peyi yo ak fos nou e ak ed tout zanmi.... Pa vole, pa kraze magazen, pa frape, pa touye nou se ayisien sa vle di youn bagay... Men jan de diskou youn pep te ka espere de youn prezidan e non pou lap di CNN ke li poko konnen tankou oyun ti pov ki kote li pwal domi aswe a.... Le pauvre kanabwa n'en deplaise a ses femmes et pretendues...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Il ne faut plus parler de politique.... Empty Re: Il ne faut plus parler de politique....

Message  Invité Mer 13 Jan 2010 - 21:07

Dili,
A la verite pagin yon neg sayo ke mwin we la a ki pare pou dirije yon peyi tankou Ayiti lan siek sa a .Se yon job ki mande bonjan patriotism ,esprit d'innovation , intelijanss de la chose publique , flexibilite ak kapasite pou kreye yon plan de gouvenman progressiss kika mete an ekzekisyon lide kika fe peyi a avanse .lide yo ka paou oswa pa yon lont kanmarad ayisyen ki gin bon lide tou .La coherence se trouve dans la synthese disciplinaire d'idees contradictoires .

Fok neg sa a ta konen lan ki kontex geografi peyi li a ye e kisa ki taka bon pou developman li lan konteks sa a kigin konpetisyon pa li .Fok li kinbe toutan lan tett li ke se pou Ayiti lap travay eke sepa pimp aide etranje ke li ye lan peyi a.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Il ne faut plus parler de politique.... Empty Re: Il ne faut plus parler de politique....

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum