Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Etiquette et savoir vivre

+2
kami
dilibon
6 participants

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Lun 14 Sep 2009 - 15:49

Tout peyi ki eksiste devlope youn seri de kod ak konvansyon pou regle koman lavi dwe ale nan espas fizik lakay yo. Jan de kod sa yo se yo menm ke yo rele savwa viv, polites, koman moun viv nan sosyete, bonn manye, ou byen anko etiket. Kod sou konpotman sa yo fasilite relasyon ant endividi e yo kontribye pou kreye youn amoni nan sosyete yo.

Tout reg sa yo, tout kod sa yo ak konvansyon sa yo genyen diferans nan yo de youn peyi ak youn lot menm si baz la toujou rete menm. Anvan ou ale kom touris nenpot kote li ta bon pou w ta cheche konnen yo de moyen pou w ka konnen sa ke yo atann de ou, sak pemi ak sak entedi, koman pou w reyaji ak yierachi ki nan sosyete yo, koman ou aji ak gason e ki konpotman ki akseptab le wap aji ak fanm, ak timoun, ak bet ou byen ak ekoloji'a. Paske ase souvan ingorans reg ak konvasyon sa yo konn asimile ak youn moun ki manke pwotokol, ki manke nan edikasyon li, ou byen ki tou senpleman manke kalite necese pou viv nan sosyete. Kashe deye "mwen se touris", mwen pat konnen ou ignorans valab le ou fek komanse viv nan espas etranje a, men depi yo ta fe w konnen sak akseptab ak sak pa akseptab, tout moun nan nouvo sosyete ap espere we ke ou swiv reg yo tout swit.

Kesyon "you lie"

Prezidan ameriken an tap pale de devan tout kongre ameriken an, sa vle di depite ak tout senate demokrat, repibliken ak endependan rasanble. Diskou se sou ki pwoje prezidan genyen sou kesyon swed sante ki dapre msie ne sije ki pi kritik pou sove ekonomi ameriken ki toujou sou youn pant glisant. Pendan msie tap pale ke plan li genyen pap la pou moun ki ilegal, Joe Wilson, youn depite ki soti andeyo nan Karolinn di sid, rele kareman ke Prezidan ap bay menti.

Mwen cheche nan listwa ameriken mwen pa janm ka jwenn kote youn bagay konsa te fet deja. Sa pa vle di ke politik nan peyi isit toujou sivil non. Men, mwen pa sezi ke depite sa'a reyaji konsa paske depi apre eleksyon Obama rive nan komansman summer a, GOP, pati repibliken deside ke si li kanpe ap jwe gentleman ak Obama non selman lap fe 8 tan men lap ka rive ede youn lot demokrat monte pou fe 8 tan anko, sel bagay ki pou fet se demobilize msie. Yo komanse depi apre li prete seman pou di ke msie pa prete seman byen, li pat di pawol yo byen sa vle di ke li pat prezidan. Pou la premye fwa youn prezidan premye seman 2 fwa paske jistis Robert, ke Obama pat vote pou li, te di pawol yo mal e Obama te repete pa nan menm sans konstitisyon an mande'l.

Toutswit apre lel dwat pati repibliken tonbe kouri bri ke li pat fet nan peyi a men nan youn lopital nan Kenya. Yo vini ka 2 fo batiste ki genyen repiblik Kenya kan Kenya pat endependan nan lane 1961.

Yo di ke msie genyen youn plan pou fose Lamerik depanse tout sal genyen, kraze peyi a epi vann li a youn consortium de peyi etranje. Yo di tou ke msie se kominis li ye, men li vle sosyalize peyi a menm jan ak lot peiy ki an Ewop yo. Msie se imaj Lisife, se dyab an pesonn, se anti ameriken, se menm lide Hitler yo li genyen, si se pa Hitler ki tounen kom youn neg nwa pou vanje echek li. Msie se fachis etc... Jan de ennmi Obama genyen, dapre mwen menm si li fe tout sal vle li pap janm rive fe yo konprann ke peyi ameriken nan mitan lanme de oyun kriz ekonomik ki komanse depi sou gouvenman Carter e denye kout tiwel la rive apre administrasyon George Bush Pitit kite youn bon jan ignoran de reg fondamantal sou koman yo mennen youn peyi tankou Etazini. Nan mwens de 1 nan youn prezidna pat ka mennen youn peyi nan pwen sa'a.

Kom nou di deja pati de ansyen senate Joseph McCarthy a vle repwan pouvwa nan fe kalomni, fe moun pe nan bay kont dyab gran jounen, jwe sou analfabetism pep la, bogotri, ak taktik avadra ki pa pe bay nenpot kou anba vant pou yo ka genyen youn konba.

Nan tout 19iem syek la nou jwenn politik sal, politik led nan peyi ameriken. Nou we kote depite ak senate konn pete goumen sou flo kote yap de deba yo menm. Pa ekzanp, 1798 federalis Roger Griswold te fe yon diskou kote lite pale de youn repibliken kite rele Matthew Lyon kote li te fe mizopwen sou pozisyon repibliken sou lage an jeneral, Lyon te move, li te mashe sou msie lite krazhe nan figi li devna asanble a. Groswold menm te pran youn baton yo yo konn seiv pou brase dife nan chemine a e li flanke msie 20 kout baton pendan ke koleg yo tap gade enpwisan. Nan lane 1856 kongressman Preston Brooks kite vekse de diskou ke Senate Charles Summer kite soti nan leta Massassussets te fe kont lesklavaj kote lite site non tonton msie. Brooks te tonbe bat Simmer ak baton li kote msie te endispoze anba kout baton. Nou pa menm beswen pale de Senate McCarthy kite akize youn paket koleg li, anploye nan depatman deta, ak lot ofisyel nan ekzikitif ak anpil lt sitwayen de moun kap sipote kominis entenasyonal kont entere ameriken. McCarthy te menm rive di ke desisyon Prezidan Truman pou retire Jeneral Douglas McArthur kom jeneral nan lage kitap fet nan Kore di no kom youn zak trayison e li t3e mande si Prezidan pat sou le li tap pwa desisyon sa'a. Prezidan Ragan tap pale devan kongre le demokrat ansanm te chayite msie.

Genyen moun ki di ke se youn mank dedikasyon, Joe Wilson pat dwe fe oyun bagay konsa. Chanm depite ta dwe reprimande msie fo amwens ke li vinn devna chanm nan vinn mande ekzkiz. Men ekzkiz ou pa bagay sa deja fe depite a tounen youn sensasyon nan intenet la kote msie deja ranmase plis pase 1 milyon dola de moun ki renmen ke msie te manke prezidan dega nan figi li. Sitou sa fet nan lendemen de youn gwo mash kite genyen plis pase 500 a 600 mil moun kont gouvenman Obama.

Serena Williams

Nan youn lot bo, movez manye kontinye pi red sou teren tenis. Youn nan pi bel atlet ke mwen renmen pesonelman, Serena Williams. Youn jij pwan desisyon kont jwe tenis nan, mwen pa beswne konnen si jij la te korek ou pa. Sa pa enpotan pou mwen. Ou se pwofesyonel, yo pwan youn desisyon kont ou, sel sa ou genyen pou fe se boule etap pouw mande revisyon ou byen ou kontinye jwe korekteman. Men zafe kite match la, ale nan espas jij la pou w menase ke si li fe w pedi match la, wap pouswiv li, wap jwenn li kote wap ka foure youn balon tenis nan goj li. E ak anpil betiz anko! Non sa pa pwofesyonel. Komite an chaj chanpiona chaje manzel 10 mil dola selman. Mwen pense ke manzel aji tankou nenpot vye madan Sara, mashann nan mashe lasalinn, se pou yo sispann li pou res ane pou li pa jwe nan peyi a anko e youn penalite de omwen 200 mil dola. Se malelve, se mal edike!

Kanye West

Men youn neg ki pa merite genyen okenn zanmi nan mond nan. Men youn model de zanzave abiye kita sipoze retounen al viv nan kek jeng kek kote nan Afrik di sid. Youn atis ki rele Taylor Swift resevwa youn trofe kom meye video ke youn fanm fe ki rele "You Belong With me", bel video! Pendan lap fe diskou pou aksepte trofe a, enbesil setifye kirele Kanye West la monte senn nan, li rale mikro a nan men dam nan ki espantan, li deklare avek stil ameriken nwa ki pat janm pase devan youn lekol menm "Hey, Taylor, I am really happy for you, but Beyonce had one of the best videos of all time" ki vle 'Hey, Taylor, mwen kontan pou ou wi men fok mwen di se Beyonce ki fe vdieo ki pi bel pou tout tan". Se pa le moman, se mal plase, se konpotman ki fe moun edike anvi vomi. Se pou w we tet neg la, mwen telman wont pou li mwen santi mwen ta rale msie nan TV mwen tap gade poum dil sispann fe moun wont kom nwa, fe manman w ki sot mouri nan move kondisoyn vire nan tonb nan si li te fe edikasyon vre! Konpotman zanzave, avadra de denye nivo! Youn ne gki pa janm genyen okenn trofe sal pedi sou senn nan. Bodye fe genyen moun ki edike toujou. Se le Beyonce te resevwa trofe pou meye single video ke li deside pa pale men rele Taylor Swift pou li te ka finn pale e di tout sal vle nan plas li! Sa'a se te jistis e nou respire ...

Forumhaiti

Denye frekansite ki melanje ak tout youn grenn pemet. Se le nou konsidere youn nonm ki genyen youn forum e envite lot moun vinn patisipe, epi envite soti pou mande neg la, onon de la demo-kras-si nan deye rat pou li rale ko li e bay lot moun administre. Sa'a se moun ki pa finn tro konprann.... Se le ou we koman youn seride moun pa ka pale ak youn diskou kle, bon jan agiman le yo pa dako kote yo prefere vinn dezafreyab.

Nan post sa'a nou pwal chita sou sak akseptab sak pa akseptab nan sosyete jan ke nou konprann li e nou envite tout moun vinn patisipe.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Lun 14 Sep 2009 - 16:29

Kek bonn manye nap mantyone rapidman

Pa genyen le blan, le aysien ou byen lot fom de tan. Fok tout moun respekte le ou sa yo ponktyalite paske se youn nan pi bon aksyon nan savwa viv!

Si youn moun ba'w youn randevou nan lari fok ou rive ekzakteman ale. Reta kakseptab nan ka sa'a se 5 minit. Men si se youn randevou pou youn antrevi pou youn konpayi ki ap konsidere pou ba'w youn job, youn byen youn rendevou kay dokte, foka rive omwen 10 minit anvna le, kote wap gentan we ak sekrete a ki ap aveti moun nan ke ou deja la ap tann li! Okenn reta nan ka sa pa akseptab e bay refleksyon sou karakte menm si se vre ou si se pa vre.

Si wap anreta, kom kontretan ka rive nenpot kile, rele kek 10 a 15 minit anvna pou w di ke wap rive an reta ee konbyen tan reta ap dire ou byen ou ka mande oyun lot randevou. Rele apre le pa akseptab!

Pa rele kay moun apre 10 ze diswa amwens ke moun wap rele a se bon zanmi w ki diw ke ou ka rele byen ta.

Genyen aysien ki di yo genyen nostalji Ayiti men se paske yo sonje kek movez abitid ke yo genyen tankou manje kann, manje mango lage po a nan lari; ranse ak moun yo pa konnen, kesyone youn moun sou grose yo, dekouvri moun ki tro led pou yo bay move nom; betize ak fanm ansent ktoe yap mande yo ak ironi poukisa yo bwe pwa blan konsa; anmegde jenn tifi ki timid ki pap reponn yo; krashe , pise e menm poupou nenpot kote nan lari'a; mashe sou twotwa sispann mashe nan mitna lari e anpeshe mashinn sikile.

Si ou nan kamyonet, nan metro, nan bus ou chit aepi genyen youn andikape ou byen youn fanm ansent ou pa, youn moun ki genyen youn bebe osu bra li, leve bay moun nan kote ou chita'a.

Ayisien genyen youn lot defo, fikse moun nan je. An Ayiti le ou mande moun nan poukisa lap gade w fiz konsa li di w "si ou pa tap fikse le syel ou pa ta we le tan kouver" "si ou pa vle moun gade w se pou w leve oyun miray". Men nan asanse, nan transpo an komen, nan lari, tout kote ki genyen anpil moun li pa poli pou w kite je w fikse sou oyun moun. Le sa ou devizaje moun nan, ou mete li mal alez. Enswit nan kote ki genyen anpil moun konsa ou ap pale fo, genyen mizk ki fo, ou byen pale nan telefonn ak lot moun byen fo. An Ayiti, yo konn di "oh, oh, mwen peye lajan mwen, mwen granmoun, mwen ka fe sam pi pito" Se pa vre, le ou nan sosyete ou separe espas ak anpil moun ou granmoun se vre, men fok ou aji kom granmoun sosyab, grnamoun ki byen elve e non san sal ki anpeshe moun nan jwi de lajan pal la ke li peye menm jan ak ou.

Kit ou se fi kit ou se gason ou soti an group, toujou pre pou w separe bill la sof si moun ki invite ou byen oyun nan moun nan group la di ke lap peye pou tout moun. Mwen toujou di pitit fi mwen pa toujou pense ke le youn gason invite w al dine ke li pral peye pou li, menm si lap peye fok li genyen lajan nan posh li omwen pou li mete lajan kom poubwa pou seve yo.

Aysien pa renmen pwan lign. Nan nepot lign aletranje, lepli souvan depi ou we pouse, anpil fwa se youn aysiein ki vle pase devan, ki pa ka tann. Moun ki byen edike, ale deye lign nan, pwna patyans jiskaske tou pa li rive. Konbyen fwa wap tann nan youn lign nan bank an Ayiti epi ou we youn moun paret epi li pase devan epi yo sevi li anvan tout moun. Nan aeropo, ou we moun nan deye w epi li genyen moun li konnenli pase devan tout moun ki nan lgin nan. Si se ofisyel ke li pase nan salon jonn. Si se youn komesan ou byen youn envestise ki genyen sevis spesyal se pou li genyen youn lot fom, men ou p aka vinn cheche moun nan nan lign nan pou w sevi anvan tout lot moun kite la anvan li! Le konsa lot moun konn gade mal e konn menm genyen pale anpil, si pa genyen goumen!

Ayisien an toujou pense ke li odesi de tout lot moun. Ou pase nan youn pot, ou we lap vini ou kenbe pot la pou li, li pase, non selman li pa di mesi men li pa kenbe pot la pou moun ki deye'l la. Si ou ta dil sa, lap fashe mete sou li anko e li ka komanse diw anpil betz sal. Nenpot sevis, gwo ou piti, youn moun rann ou bay moun nan oyun ti souri epi di mesi.

Ou pile youn moun ou byen frape moun nan, se pat fot mande padon imedyatman.
Si ou resevwa youn kado, pa di mesi epi ou depoze li la wa ouvri li pita. Li ta bon pouw demontre ke ou kontan jes la, di mesi, anbrase moun nan, epi louvri kado imedyatman. Menm si kado pa few plezi ou byen se pa sa ou tap atann ou byen ou pa we itilite ou genyen pou li pa demontre ke ou desi men toujou genyen souri w nan boush ou, e kontinye di mesi pou jes e pou kado a.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Lun 14 Sep 2009 - 17:09

Dili,
Min swete ke w kontinye ak seksyon sou savo-viv sa a .Ayisyen mes frer mwin nou yo beziwn sa anpil .Yo gin yon tandanss pou yo gwosye maleleve e le w di yo ke sepa konsa yon bagay sipoze fett yo deside se dega wap manke yo eke w pa respekte yo . An pil fwa mwin konstate ke yo mete yo lan plass yo epi w tande se prejije se blan ki rasiss. Li pa janm mete lan tett li ke lot moun pa abitye lan afe monte sou moun tankou bourik la san di eskize'm chyen . Mwin swete tou ke tout moun ki konen saki savwa viv la kontribye pawol payo lan seksyon sa epi bay anpil ekzanmp.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Lun 14 Sep 2009 - 18:02

Mesi Deza... Map kontinye menm si yo pa li e yo pa tande!

Le ou rantre nan youn pyes kote ki genyen moun, li toujou bon pou w salye tout moun le ou rive, men ou pa oblije bay pesonn lanmen. Nan tan maladi H1N1 sa'a li preferab ke ou evite bay lamen mwen otan ke posib. Men si wap fe prezantasyon ou byen youn moun ap prezante youn enkoni wap oblije bay lanmen. Nan kote youn zanmi prezante w ou di Bonjou, mwen se Kojak Dilibon. Epi ou pa di anyen anko wap tann moun nan ki sipoze di oyun bagay konsa "Bonjou Dilibon. Mwen se Deza X, mwen byen kontan fe konesans - ou byen rankontre w" fe mwen kontan rankontre w dwe bay non ba li tou.

"Enchante", "Ravi de vous rencontrer" ou byen ou ou bay lanmen epi ou di "Bonjou Deza X, koman ca va?"

Sonje si ou fe konesans ak youn gason ke ou pa konnen, pou w pa tonbe nan bay akolad, bra de fer. Jeneralman lakay gason pa bo gason. Ti gason konn bo pap yo an pwovens, men jeneralman gason pa nan bo gason!

Si se youn dam ke ou pa konen bay lamen, men pa foure men w andedan men dam nan. Se plis pwent men li, ou pa kite men w toushe pla men dam nan.

Genyen neg an Ayiti pendan yap bay youn fi lamen yo konn pwofite grate mitan men dam nan kom youn mesaj ki di "mwen anvi koushe'w". Sa pa vle di bon jennjan, ni bon flane. Pa fe sa, se malelve. sa fe gwo soulye.

Si se youn fi ke ou konnen ou ka bo sou chak bo figi li. Ou pa dwe tonbe nan fe ere bo sou boush, bo kou, ou byen fe youn bo ki pa janm fini.

Ou kapab, si ou byen anpil ak dam nan, ba li lamen epi ou apwoche pou bo li toujou nan figi. Malgre Ozetazini ak lot peyi nan peyi ewopeyen bo sou boush pemi ant bon zanmi gason ak fi, nan kilti lakay, si dam nan se pa bon bon zanmi'w, zanmi ak benefis ou byen menaj ou fanm ou, ou pa bo li sou boush. Si ou fe sa, fi a ap siey boush li, lap gade w mal, e li ka menm mandew pou w pa janm fe li sa anko paske ou two rapwoche de li.

Genyen neg wpan plezi pou yo bo oyun fi 2 fwa sou chak bo figi epi yo kontinye bo youn 3iem ou byen youn 4iem fwa, kom si yo pa konnen ke se youn fwa ou byen 2 fwa sou chak bo fogi, pa fe sa paske si moun nan genyen neg li ou byen ,ari li la li ka pa renmen we paket bo sa yo kap pati.

Le se fi ak fi, depi se zanmi, moun ki abitye le pli souvan youn bo lot nan 2 bo figi tou. Le se gason kap anbrase yo pale de akolad. Fi ak fi ta dwe evite ap bo twop ou byen anpil tou paske le sa genyen move je ki ka mal enterprete relasoyn yo.

Gason tankou fi ta dwe evite ap mashe brasi bradsou, mete bra w sou do lot moun nan. Malgre sa ka fet ant zanmi ak zanmi, nan tan nap viv la yo plis pense ke moun ki fe sa se omoseksyel. Ki pa anyen si se sa nou ye vre, men ki ka anbarasan si se le kontre.

Hug! Sa'a se youn koutim nan amerik di no kote gason ak gason ap bay hug men yo bay lamen pou evite ke anba ko yo kole, men se plsi bisk yo ki kole, ni pa genyen okenn bo ki pati, se plis tankou youn tet kole.

Ou se gason wap bay youn fi ki pa anyen pou ou oyun hug, youn hug amikal, se rale deye ti kras epi kole plis pati siperye, pati anle san ransh ou pa kole sou fi'a. Evite tonbe ba hug ki pwolonje, ki sanbel pap janm fini. Pendan ou pre dam evite tou souse kou li, ou byen mode pwent zorey li. Le fet, fi a bay youn hug ki sanble tre rapwoche sa pa vle di ke li renmenw ou byen mande w renmen.

Evite koutim "hug" sa'a ak moun ki pa abitye ak li, moun ki pa voyeje paske li pa nan koutim tipik lakay! Gende moun ki voyaje ki ap janm aksepte li kom koutim.

Ou nan lari, ou we youn moun ou konnen, mashe pi pre ke posib, epi rele li, eseye atire rega li epi fe li youn jes byen diskre. Pa tonbe rele tankou moun ki sou tet monn kap rele moun anba mon'n: Josifra. Josifra wi, gade ale josifra" "Jo - si - fra oooooo". Tout moun ap vire gade w e si se pa Jesifra ke ou konnen an.

Si se youn siperye, youn pwofese, youn direkte kelkonk ou kwaze nan lari ou pa nan fe gwo konvesasyon, se salye raid ou byen jis fe youn mouvman ak tet ou, ou byen ou di Bonjou Mesye Entel epi ou pase. Pa vinn mande moun nan anyen nan lari ou byen tou profite mande anyen. Si ou beswen li ale nan biwo li! Finalman, pa kouri bay pesonn lamen monte, lamen mason, lamen lougarou, ou byen lamen chanpwel ke lot moun ka pa ka reponn ou.

Dyol-a-lele rapote ke Aristid te bay Bush papa youn lamen monte, msie rale men li nan men Aristid li foure li nan posh li, apre li di "msie fe men mwen cho wi la!", malgre sa li pat voye msie tounen nan peyi li kom li tap mande.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Lun 14 Sep 2009 - 21:25

Dili,
Se avek w map mache .Ou pa pe banou remed ke nou bezwin an menmsi nou pa vle di dokteu ki maladi nou soufri a .Tolere sak pa bon la kay nou sou preteks ke se yon lot fom de politess ke sa ye se yon synn irresponsabilite yon fasson pou nou di ke saki bon pou nou pabon pou lot eke nou pa bezwin fe koreksyon ki pou fe nou tout viv lan yon milye kote nou kwe lan menm prinsip de fomasyon sosyal .Se jan de bagay sa yo ki ranfosse tissu sosyal la le nou tout se menm nou menm nan lan bagay ki pozitif kipa magouy politik .
Merci,mon frere .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  kami Lun 14 Sep 2009 - 21:50

Merci Dili pour les conseils sur les bonnes manieres. En attendant laissez moi vous divertir avec ti blag sa-a:

Blague : Bonnes manières

Pendant une classe où l'on enseignait la morale et les bonnes manières, l'institutrice demande aux élèves :
- Michel, si tu étais en train de faire la cour à une jeune fille de bonne famille, très bien éduquée pendant un dîner en tête à tête et que tu avais besoin d'aller aux toilettes que dirais-tu ?
- Attends-moi une seconde, je vais pisser un coup.
- Ça serait très grossier et très malpoli de ta part. Jean comment dirais-tu ?
- Je m'excuse, mais il faut que j'aille aux toilettes, mais je reviens tout de suite.
- C'est déjà mieux, mais c'est désagréable de mentionner les toilettes pendant les repas. Et toi Toto, tu serais capable d'utiliser ton intelligence, au moins pour une fois, pour démontrer tes bonnes manières ?
- Je dirais "Ma chère, je vous demande pardon de m'absenter un moment, je m'en vais de ce pas tendre la main à un ami intime que j'espère pouvoir vous présenter après le dîner".

Bonsoir a demain!
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Lun 14 Sep 2009 - 22:17

Lol .Oh lala lala lala !Toto fait tout pour etre l'inimitable toto . l'instutitrice -SE BON POU LI- ne pourra jamais accuser toto l'espiegle de manquer d'imagination .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty etiquette et savoir vivre

Message  travers Mar 15 Sep 2009 - 8:40

madame kami vous êtes une coquine,mai j adore ce genre d humour malicieux
je parle souvent a doudou comme ça ,elle aime.elle me dit(vermineazailes)
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mar 15 Sep 2009 - 12:37

Mesi Deza pou ankourajman w!

Kami, blag delisye anpil! Ala youn fason pou moun di anpil san li pa dezagreyab!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mar 15 Sep 2009 - 13:41

Nan lang Kreyol ayisien an, menm jan ak lang angle a, nou pa genyen "tu" ak "vous" tankou lang franse a genyen li. Tout moun nap adrese kit se granmoun ou byen timoun nou di "ou". Men sa pa vle di ke pa genyen fason pouw pale ak granmoun, siperye yerachik ou.

Nan lang franse a genyen tout youn rityel kiltirel deye senp pwonon "tu" ak "vous" sa'a. Ou anploye "vous" se le'w vle fomel, alos ke "tu" a se le ou vle rete enfomel, ou vle rapwoche moun wap pale a, pouw ka demontre intimite, se le ou vle konvesasyon an genyen mwens fomalite nan fom wap kominike ak moun nan epi ka genyen tout youn seri de konvesasyon ki akseptab nan anplwa pwonon "tu" a.

Depi ou di moun nan "tu" se youn signal ki fe moun nan detandi, mwen strik, li santi li lashe mentalman e fizikman, fason li aji e konpote ak ou imedyatman chanje.
Alos ke "vous" a itilize plis ant moun ki pa konenn youn lot, moun ki genyen menm sex sitou, moun ki pi granmoun pase w, moun ki nan youn ran sosyal ki siperye a ou menm. Ou ak we youn anploye ap di "vous" epi boss la ap di "tu", ki pa bay anploye dwa pou di boss la "tu" tou. Jenn franse sevi ak tu yo kareman san pwoblem.

Timoun piti ki poko konprann diferans ant tu ak vous adrese tout moun ak tu kareman. Nan asosyasyon legliz, nan club, nan rankont familyal ou zanmitay tout moun ale ak tu kareman men ou pa ka ap pale ak reveran pe, paste, ou monsegne pou tou komanse ak tu. Le ou santi ou rapwoche ak moun nan, nan kilti franse a, li akseptab pou w di moun nan eske sa pa deranje w si nou pale an tu, veb la se "tutoyer".

Jis nan fen 18iem syel sete vous tout kote net jiskaske ou vinn jwenn filosof syek limye yo sitou Jean Jacques Rousseau anvan revolisyon an kite rekomande pou moun itilize "tu" el yo nan fanmi yo.

Nan lang kreyol aysien pa genyen bagay sa yo, se ton vwa w (intonation kise mizik ou fe pendan wap pale) ki demontre respe, se jan ou fomile fraz yo tou. Pa ekzanp si wpa pale ak oyun zanmi ou ka di li "Ou te ale nan bal ye swa vre?" men si se ak youn granmoun wap pale, wap desann vwa e wap komanse pa di " Ekskize'm Madam Jolive, mwen te vle mande'w si ou te ale nan mes ki tap fet nan Sent Kwa ye swa a?"

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mar 15 Sep 2009 - 14:02

Yo invitew nan youn fet prive...

Kit se youn sware, youn ti bal de salon, youn dine, ou byen you ti siye pye jan yo di'a genyen tout youn seri reg ou ta dwe swiv. Mwen di toujou rive nan le yo di pou tout moun la.

Si se bal yo dim lap komanse a 9h, mwen ap rive ve 10 ou byen 11 ze paske mwen konnen nan koutim aysien pap genyen moun vre a 9h tapan.

Si se youn dine selon moun ki envite mwen an map la ale. Genyen youn asosyasyon ameriken ki ap viv an Ayiti ki konn envite mwen le mwen an Ayiti, le konsa mwen rive anvan le paske mwen konnen tout moun ap la ale yo di'a.

Yo pa invite w nan anyen pouw mashe 2 men 2 pye. Sa pa fet nan sosyete. Pwen final! Kesyon vinn chante nan fet moun "mwen pa vinn isit poum betize, mwen vinn isit poum dekoupe pase isit kek kwis kodenn, pase'm lot bo 2 ve chanpay" la fok li sispann. Ayisien renmen bagay moun men li pap bay! Ayisien renmen mande sevis men li pap rann lot moun sevis.

Kelkeswa fet la kit se youn ti BBQ, youn ti fet de famiy ak zanmi, kominyon pitit youn zanmi (paske si li pa zanmi w se grate ou vinn grate nan fet kay moun nan), nenpot selebrasyon yo invite'w toujou sonje fok ou mashe ak youn bagay nan main w. Youn bouke fle toujou bienvini, youn bon diven, youn bwat chokola.

Si se nan maryaj, mwen toujou bay youn chek ki ka kouvri omwen depans moun nan pou pri li peye pou mwen ak lot invite mwen, youn fet pitit oyun zanmi mwen map genyen youn kado ou byen youn chek pou timoun nan selon laj i ka achte sal vle!
Li fe nogo, gwo soulye, san sal le ou rive kay youn moun san anyen nan men w. Epi le pli souvan, se jan de grate malapri sa yo, se yo menm ki pwal leve pi gwo plat manje nan banke ki la pou invite yo. Se yo wi, ki pwal manje plat rezeve tankou lanbi ak pwason boukannen yo anvan tout moun serye; epi yo pat sonje vini ak anyen! Se yo menm tou ki toujou ap plenyen ke tel mizik pa bon, tel bagay te dwe fet, san ke ou pat pote anyen! Yo anba tout pye yo anpeshe w danse telman yap fe tout vye mouvman andedan sal la!

An fet menm, sitou nan invitasyon dine kay moun, li ta pi bon si ou ta voye fle yo ak diven an lavey jou envitasyon an avek youn kat de visit pou remesye moun nan pou invitasyon an. Genyen moun ki pwal di e si manje a pa bon e si fet pa fet anko? Men, se sa ki tap pi bon an. Genyen lot ki ka di, mwen pat mande moun nan pou li invite mwen, kote mwen pral pwan lajanpoum nan pote kado ak fle sa'a? Eh byen, si ou pa ka onore moun nan ak presans ou kom sa dwa, ou ka refize invitasyon an sou nenpot preteks. Gende depans sosyal ou pa ka invite pendan wap pwal itilize moun nan.

Le ou rive nan fet la, fok ou abiye korekteman, Si ou pa si koman pou'w abiye ou ka poze moun ki invitew la kesyon sou protokol abiman pou sikonstans nan direkteman pouw pa ni tro abiye ni manke nan chelbe'w.

Yo kontan we'w ou remet kado ak fle, ou remesye moun nan anko, ou salye ti moun ki genyen 16 an, ou byen ki ap kominye a, ou byen moun ki marye'a, ou byen met kay la si se youn dine ak anpil reverans. Met kay la ou byen moun li designe, ka komanse fe'w fe konesans ak moun ki la. Pa kouri al intwodwi tet ou pou kont ou. Menm si ou we zanmi w ki la pa kouri sou yo, tann ke met la kay invite'w pou li intwodwi w. Si met kay la pa ta fe sa, le sa ou ka rapwoche moun ke ou konen pou w ka pale e rankontre kek lot moun tou.

Pa kite tout moun nan salon ou byen sou lakou, epi pouw pwan chanm pou ou!
Kenbe konvesasyon sou youn bon ton. Se pa le moman pou'w wap pale de travay ou. Genyen youn chofe taksi jonn nan NY, nan tout fet li rive ak madanm li, se kom si li pat vle la, se fose yo fose li, li pa janm manke bliye le ke Manhattan ap "move", sa vle di genyen anpil pasaje nan lari a. Jan de konvesasyon sa yo ka pa enterese lot moun ki la ki pa chofe taksi menm jan ak ou.

Pa bay blag betiz ou byen ki sigjere betiz ou vle di pa anba a!

Pa eseye kouvri tout moun, pou tout je brake sou ou, pa fe anyen pou w ka fe we bel mak rad ki sou you, mete chenn deyo chemiz sou kol pou w ka fe we bel meday dyaman ke'w genyen. Sa fe ti arivis grandan patekwe, sak genyen nan youn chenn tout moun ka achte youn si yo vle! Rantre chenn nan andedan rad ou!

Pa pale de bagay ki ka fe polimik tankou politik red sou Preval ak Aristid, paleman, amandman, kontra sosyal, GNBis, koudeta, sa peyi etranje fe Ayiti, etc... se pa le moman.

Pa pale de relijyon, moral, taks ak lot sije ke ou konnen tout moun pap janm dako ak antre yo! Pa kouri bay opinion w!

Pa pale fanm mal sou okenn preteks! Se pa le moman pou w vinn ap pale sa oyun jij fanm fe'w nan jijman pou w okipe pitit ou!

Pa kritike ou bay blag sovaj e stereotipe sou kek profesyon tankou avoka, pwofese lekol, dokte, injenye etc... paske ou pa konnen kiles ki nan sal kap tande w ki ka ofanse.

Pa tonbe ap vante tet ou:" Ou we mwen menm, le mwen te komanse nan job mwen an nan Wall Street, yo te komanse mwen selman ak 80 mil dola lan, apre 10 zan jodya mwen byen chita, se boss mwen ye" youn fason pou'w ka atire je tout fanm sou ou.

Pa fe ekspre ou pake mashinn ou nan driveway met kay, e tout moun, menm an ka dijans, jis pou yo ka rele met Mercedes Benz 2010 la nimewo AC2314 la, pou w ka kouri soti pou tout moun konnen ke ou genyen mashinn denye kri pou w ka fe fanm ou byen fe tet ou bel. Li few paret kom ignoran, neg sot, enbesil ki pa konnen fok li pake mashinn byen pou li pa deranje lot moun! ak genyen nan oyun vye mashinn, nan peyi etranje tout moun ak youn bon kredi ka pwan youn, se pa Ayiti ou pwal fe tet moun cho paske ou genyen youn mashinn nef. Epi si se youn mashinn nef ki fe fanm renmen w, e le bank nan ta vinn reposede mashinn nan, sa wap fe?

Pa monopolize tout konvesasyon, kom si ou se youn ekspe nan tout branch. Si la parol se ajan, silans se lo. Tout moun toujou ta renmen konnen sak nan tet youn moun ki pa di anyen! Menm le youn moun di youn betiz, youn bagay ki pa korek, pa kouri demanti moun nan. Tande, tande plis ke pale, kite moun kap pale finn pale anvan ou ka reponn. Tande repons ke yo bay deja ak kesyon ki poze pou'w pa tounen vinn poze menm kesyon yo, le sa ou paret vreman idyo!

Pa kenbe moun pendan lontan menm si ou we moun nan fe sanblan ke lap koute w ak intere. Si genyen youn moun ki vinn kote moun wap pale a, li ta pi bon si w ta kite yo pale antre yo, epi ou ale jwenn youn lot group!

Le moun pase atab, sa'a map pwan youn seksyon pou li apa!

Le wap pwale, asire w ke non selman ou we moun kite invitew la, met kay la, men salye yo e remesye yo anpil. Ou pa beswen al salye tout moun kite la tou. Men si se ti group piti, li ta bon pou w salye tout moun.

Pa kouri ale si w we ke depa w ka fe anpil lot moun ale tou epi kraze fet la pi bone ke met kay la te antisipe. Si met kay mande w pou w fe youn ti rete, fe efo pou'w dil konbyen tan wap ka rete anko si li posib. Si li pa posib, di li s jantiman epi ekskize w! Pati briskeman, san di pesonn anyen se bagay ki anomal, ki degoutan, ki pa poli epi pesonn pa konnen ak kisa menmou dwe deplase e poukisa ou ale youn fason malelve konsa.

Pa fe anyen pou w kite tras deye, pou lot moun ap pale w mal, ou byen pwan w kom ekszanp de movez kondwit ou pou fe ledikasyon lot moun!


Dernière édition par dilibon le Mar 15 Sep 2009 - 14:13, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mar 15 Sep 2009 - 14:11

Pipo,

Fe respe w! Ou genle pa we ke van an vire? Van chanjman ou tap mande a, ou tap priye Sen Nikola pou li te voye a, li rive nan kwen lakay ou epi ou pa menm pwan sant li menm... Zafe fe dechoukaj nan sije kap diskite a fini Boss Papa! Louvri post paw tande ti yason... PA genyen moun ki ap genyen zepolet li kap kite ou retire li konsa sou zepol li tande, amwens ke li pa brav ou se invite la men pa pedi rol ou pou w kite salon wap kouri ale nan chanm prive, saw pran se va paw tande pitit gason mwen! Ale dousman pou w p apile siw te konnen! Se sou forumhaiti ou ye la wi! Pridans jenn om! LA route tue et blesse! Dont drink and drive!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mar 15 Sep 2009 - 15:25

Le li pou nou pase a tab....

Si ou beswen teste si youn moun byen rode, byen fome, si ou beswen we si youn moun byen antrene ou byen genyen bon jan kalite savwa viv ak polites gade konpotman le lap manje sou tab.

Tab pare ou pa, sant manje ap rantre nan ti gojet ou pa, pa fe komante, pa di manje sa'a santi bon e ou ta swete ke li gou konsa, pa di anyen! Tann, tann ak patyans ke yo invite w pase sou tab!

Se youn fanm, otes la, pi souvan madanm met kay ki plase moun an plas yo arebo tab la, fok ou tann yo ba'w plas anvan ou chita pou w pa chita kote yo pat dwe chita. Kouri lage deye w nan plas kote met kay la ta pwal chita se aksyon koshon nan gomye!

Jeneralman si ou se gason wap nan mitan 2 fanm pou yo ka altene invite yo pa seks kote gason yo pwal fe konvesasyon ak moun ki chita akote li yo.

Pa rale chez la rapid, pa trenen li pou li fe okenn bri. Soulve chez la ak prekosyon, san okenn bri, men fel kom si se youn bagay ke ou fe chak jou, epi chita youn jan ki mete'w alez, pati anle w ap rete dwat epi wap chita 2 pye w ap devan chez la. Pa frape tab la ak pye pou sekwe tout sak sou tab la.

Wap jwenn youn ti sevyet ki sou chak asyet. Sak sou asyet pa'w la, depliye a mwatye epi mee li sou jenou'w ki ta sipoze oyun prekse kole ak lot. Mete tou 2 men ou yo sou tab la, pa mete koud bra w sou tab moun yo tanpri.

Sou bo dwat asyet la wap jwenn kouto yo ak youn kwiye pou w ka byen potaj, ti soup ke yap sevi anvan dine a komanse.

Fouchet yo ap sou bo goch.

Le pi souvan genyen 3 ve ki devan asyet la, sak pi laj la se pou dlo, sak pi piti a se pou diven blan, sak moyenn nan se pou diven wouj li ye.

Genyen youn ti panye ki chaje ak diferan kalite pen ou byen youn sel kalite tou sa depan ki pa two lwen w. Mezanmi, menm si ou renmen pen anpil, pa kouri nan panye pen an san yo poko sevi premye pla. Nan restoran ou ka komanse cheke pen ak be toujou, men nan dine kay moun ou pa ka fe sa.

Pa bwe anyen tout otan ke ou poko manje, siw ou te genyen youn swaf anraje depi le ou te vini se pou w te mande dlo. Pa kouri bwe dlo ki sou tab la. Epi tann otes la ou madanm met kay, menm dam kite mete w chita a di kile pou tout moun komanse manje!

Jeneralman se invite yo ki sevi tet yo kote yo pase plat yo, men gende kote se youn sevant ou byen youn moun kap ede sou tab la ki pase asyet la bay chak invite. Nan nenpot ka pa plen asyet la tankou moun ki sinistre ki genyen lontan li pa we manje.
Se gason yo ki ap sevi dam ki akote yo e se gason yo tou kap ranpli ve dam yo.

Si ou pap bwe anko kite ve paw la plen, le sa pa genyen moun kap sevi w anko.

Le wap bwe dlo, diven ou byen kwak se swa pa bliye toujou esiye boush ou, pa kite dlo ou byen diven ak koule tout arebo boush ou, ou byen kras boush ou rete nan ve'a, li fe led.

Le ou finn manje siye boush ou ak sevyet ki sou jenou w lan. Pa bliye le wap pwan sevyet al pou w pwan li ak 2 men.

Si met kay la, otes la, dam kite met w chita'a mandew pou w pwan plis, premye fwa li diw sa, refize, di li ou poko pou w pa sanble moun ki two gouman, ki two saf, ki tap tann sa pouw te kraze res manje'a. Si li ofri w anko, ou ta ka byen ou pa renmen manje a twop, pwan youn ti kras anko pou w pa ofanse met kay la.

Zafe le ou finn manje fok ou kite youn ti kras nan asyet la pouw ka demontre ke ou pa saf, ke ou pa afre, ou byen ke vant vreman plen an, pa fet sou moun anko. Ou pwan mezi ou ka manje epi ou pa dwe kite anyen nan asyet ou. Le ou kite youn ti kras kounyea sa vle di ke manje'a pa tro gou e sa ka ofanse met kay ki pedi anpil tan, enji ak efo pou prepare manje yo.

Gende kote le ou finn manje fok ou rann youn gaz nan boush ou byen fo pou w ka demontre ke ou vreman satisfe, ke manje a te gou, nan kilti lakay tankou nan Oksidan an sa pa fet sou moun. Pa rann gaz fo nan foul moun, se malelve!

Ou pa pale ak manje nan boush ou. Boush ou plen, ou kraze ou vale epi ou pale!

Ou pa ka ap manje epi se youn okes kap jwe. Boush ou tou ouve, manje ap soti nan boush ou, bri boush ou se mityak, mityak... sa pa fet.

Le wap bwe soup ou pa soufle li pou li ka fret epi le wap rle soup la genyen youn bri floup ki fet chak fwa. Sa pa fet sou moun!

Ou pa gen dwa ap koupe salad ou ak kouto,

Ou pa koupe omlet ze ak kouto,

Ou pa koupe pate ak kouto tou.

Ou pa kraze pom de te men se separe yo ak soukote foushet la.

Ou ka pouse moso vyann ak legim sou foushet la vek youn moso pen, men pa ak kouto'a.

Ou pa genyen dwa pwan pen pou'w ranmanse sos ki rete nan asyet la; ou ka fe sa lakay ou, nan restoran el ou pou kont ou, men sa pa fet nan dine kay moun!

Pa kraze fromaj pouw mete nan pen mezanmi!

Le yo sevi konfiti apre dine kom dese pa mande plis pen pouw ka manje ak li!

Pa ranmase ti moso, ti kraze pen.

Pa koupe pen ak kouto, ou koupe pen ak men'w.

Le ou finn manje ou depoze kouto ak fouchet nan asyet la, pa lage yo nenpot koman sou nap la.

Pa kouri leve kite tap la, tann met kay, otes la di ke nou ka leve pase nan salon, le sa ou depoze sevyet la san pliye tou pre asyet la pendan wap leve.

Remesye met la kay pou dine, konplimante li pou jan li dirije bagay yo, epi jan manje yo gou...

Rete jantiy tout tan...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mar 15 Sep 2009 - 17:55

Très intéréssant dilibon,
je n'ai pas pu me retenir à quelque occasion de rigoler.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mar 15 Sep 2009 - 18:22

Bien de gens de bonne foi vont apprendre ici ce qu'ils n'ont pas eu le temps d'apprendre durant l'enfance et l'adolescence a cause des vicissitudes de la vie .Merci encore ami dilibon .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty etiquette et savoir vivre

Message  travers Mer 16 Sep 2009 - 5:42

merci dilibon
cette education apartenait jadis a une certaine classe,mais pas le petit peuple qui etait comme vous en haiti
quand il reussissait a trouver a manger ,ben il mangeait avec les doigts et sessuyait sur ses vettements
cette education la n etait pas pour tout le monde mais on conaissait quelque rudiments
ce qu on m a appris a l ecole c est surtout le civisme et la politesse des que j avais 7 ou 8 ans cela etait apliquer pour tout le monde au memme titre que la geographie ou l histoire aujourdhui c est fini
limigration et l americanisme nous on transformes c est epouvantable le brassage des cultures a tout detruis mais c est pas plus mal cela met tout au memme niveau ca gomme les differences
je vais vous donner un exemple grossier qui nous laisse pantois nous autres francais
un arabe qui s adresse a une personne qui a du mal a le comprendre accrochez vous si vous le pouvez
(ouai je parle la france aussi tres bien que toi et je te merde ,nique ta mere)
evidement cela cree des tensions
mais les petits francais de la campagne ne sont pas trop ateinds,mais l education que vous narrez la c est fini
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  kami Mer 16 Sep 2009 - 8:30

Dili,

Map fe yon ti koreksyon. Retire kelke zero nan kantite moun kite asiste mash rasis ke Glenn Beck tap fe nan DC an. Mwen kwe ke se yon ti erer:

Sitou sa fet nan lendemen de youn gwo mash kite genyen plis pase 500 a 600 mil moun kont gouvenman Obama.

"D.C. police told ABC News the rally actually numbered 60,000 to 75,000."
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 9:22

Mesi T-Neg, Deza ak travers pou komante nou!

Kami ou genyen rezon paske lapolis nan Wasington estime atandans nan a 50 ou 60 mil moun aloske oganizate yo te estime preske youn milyon, alo mwen rele li the million mental-retards march! Obama toutnen mouton ki soti nan syel pou pote peshe tout dezod kitap fet nan Lamerik.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mer 16 Sep 2009 - 9:44

Dili,
Se yon gwo travay wap fe la a wi . Nou bezwin li . Se kom si wap tape a la machinn yon konstitisyon tou neff lan tet Ayisyen . Edikasyon pep la pa sanble interesse politisyen nou yo paske yo trete li tankou bett epi mande li pwan la ri le yo bezwin kraponyn moun kraze brize pou regle zafe yo . Li le ke yon moun serye komanse saki te sipoze fett depi lontan an.
Mwin sonje vye papa mwin ki te di 'm yon jou "kon li pa vle di sivilize,Deza " paske tegin yon neg ki te avoka ki te vinn lakay epi sete le manje .Papa'm invite li min li patka sevi byen ak Ver kiye fouchett kouto . Sapat di li anyen tou . Le mwin we yon neg pwan yon fouchett fe li sevi kudan tout kow'm fremi. Mwin te sezi le sa a pou jan neg sa a te kon vide franseu a ter.Sise mwin ki te fe sa devan papa'm seta le dyab dira poukwa !

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  piporiko Mer 16 Sep 2009 - 9:50

pipo,
Vous voulez me forcer la main,c'est bien ,Sachez que vous etes un adulte et que je ne peux passer le meilleur de mon temps a surveiller vos ecarts de langage sur le forum .Je vous ai deja averti de l'indesirabilite de votre comportement .Vous recidivez .Maintenant,je me contenterai tout simplement d'eliminer vos incartades du vif d'un sujet .[/size]

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 11:59

Rol otes la

Otes la, met kay la, ke nou di souvan kise madanm met kay la, dwe abiye pou sikonstans nan.

Fok li sonje tout je pwal brake sou li.

Nan pwen bagay ki pi degoutan le youn paket moun byen abiye, swiv nom pou abiyman epi met la kay youn fason ki pa korek. Pami invite yo, ka genyen liberal, konsevate, relijye, moun debraye, moun serye etc... met kay la pa dwe skandalize pesonn nan fason li abiye. Ayisienn genyen youn vye abitid kote moun ap rantre epi yo poko abiye yo menm, epi yap di "ekskizem wi, nou konnen se mwen kap fe tout bagay!"

Pa dwe genyen rans konsa, ou konnen wap fe youn dine kap komanse a 7h diswa, ou prepare ak lot moun kap ede'w tout bagay depi a 6h, kote ou mete sak pou rete sou ti dife pou manje yo pa fret, epi ou al pwan swen tet ou, demoyen pou premye moun ki rive ka jwen ou an penpan!

Se otes la ki pral gide tout invite yo, kom nou te di deja, e se li ki pwal asire ke invite yo pa chita jan yo vle, men altene gason ak fanm. Li ta tre byen si otes la ta prepare youn katon, ki genyen kote chak moun pwal chita. Met kay la, mari ak madanm ap nan sant tab la, sa vle di youn ap an fas lot.

Sou kote dwat ak goch met kay, otes la ap plae invite ki pi enpotan yo, ou byen moun ki granmoun yo, ou byen moun ki vini premye fwa nan kay la.

Si resepsyon an a fet a lone de oyun moun, eh byen se moun sa'a ki ap chita nan mitan, epi met kay la ap akote li. Si se youn fiyansay ou byen mariaj, se moun ki a lone oy ki ap nan plas met kay yo!

Si resepsyon pa genyen anpil pwotokol, sak dwe pi enpotan pou otes se asire ke tout invite konfotab kote li ap mete moun chita lwen moun ki ka nan kont youn ak lot, moun ki pa vle youn lot invite de moyen pou tout moun ka alez pou yo manje e pale youn ak lot. Se sak fe li ta bon si ta genyen katon nan chak plas ki genyen nom invite yo. Genyen otes ki fe li byen bel kote yo mete nom invite yo sou youn kokiyaj ki gneyen youn ti riban wouj ki mare li.

Otes la dwe sonje ke li pa beswne komanse sevi aperitif le tout ivite la, depi genyen kek invite ki komanse rive fok li komanse ak aperitif ki gendwa youn ve chanpay, ou byen youn ve diven nan premye diven ki pwal sevi sou tab la, paske genyen moun ki prefere bwe youn sel alkol pendan tout sware a, pendan ke wap tann tout moun rive.

Pendan wap tann tout moun rive, otes la ka sevi lot alkol tou kom aperitif a moun ki rive nan salon an toujou.

Otes la dwe mande invite ki rive a le yo, pou yo patyante, pote amiz-gel pou yo, finger-food, ti boushe cho, oliv, krakez, ti zel poul fri sek, etc.. youn seri de bagay ki pap plen vann pesonn. Invite yo dwe sonje ke se aperitif pou yo pa kouri plen vant yo kom si pap genyen anyen kap vini anko tankou moun ki anraje deye manje!
Menm manje sa yo nan youn dine fomel pa ta dwe rantre sou tab la men si se youn dine kote pwotokol pa totalman respekte yo ka sevi ak menm ti manje sa yo kom antre sou tab la. Pa sevi amiz-gel ki mande asyet ak kiye, foushet ou byen kouto, sevi bagay ki ka fe oyun sel boushe.

Avan met kay la, otes la, invite invite yo pou pase a tab, li dwe retire tout aperitif yo paske se la yo pral tounen ou yo pwan kafe nan fen repa'a. Aperitif dwe dire youn 30 minit konsa, 30 minit u byen 45 minit pou pemet moun ki rive an reta yo pou yo vini san pedi komansman dine'a.

Otes la, anvan li mande moun pase a tab, li dwe revizite pou'l gade si asyet yo byen plase, asyet dwe an fas do chak chez, 2 santimet (cm) de pwent tab la. Pa dwe genyen plis pase 3 asyet ki anpile ansanm.

Youn asyet ka koushe fas anba, 2 asyet ki chita sou sak koushe fas anle, pa ekszanp. Tout asyet ki komanse dine dwe rete sou tab la, apre chak sevis yo ka retire youn men fok genyen asyet ki toujou rete sou tab la jiskaske nou rive nan goute diferan fromaj ou byen dese (dessert).

Asyet ki anle'a, youn ti asyet ki genyen youn ti fon pou kenbe dlo potaj la, anba asyet potaj la se asyet rantre a, epi kouve propreman pale kouche.

Nou te di ke fouchet yo dwe plase a goch, kouto ak kwiye a dwat asyet la. Kote ki ka koupe nan kouto dwe toujou dirije ve asyet la. Reg jeneral la, otes la dwe asire li ke asyet yo ak istansil yo beyn plase nan lod moun pwal itilize yo.

Kelkeswa kantite ti kwiye, kantite fouchet etc.. yap dispoze nan lod yo espere ke invite ap pwal itilize yo. Li konseye pou pa genyen plis pase 3 istansil nan chak bo asyet paske sa ka kreye konfisyon. Res kwiye ak kouto ki necese ka vini sou tab la ak asyet ke invite yo ap beswen pi devan.

Konbyen ve ki dwe sou tab la?

Sa depan de vale dine a.

Ka genyen 2 jiska 5 ve devan chak asyet.

Si youn dine ant zanmi 2 ve sifi, youn pou dlo, youn pou diven.

Si wap resevwa moun ki konn diven, mate bon diven ki pwal fe wine tasting, goute diven ki le pli souvan genyen tout youn seremoni deye li ou ka mee 3 ve, youn pou diven blan, youn pou diven blan, youn pou dlo.

Ve yo dwe anle asyet la, youn ti jan a dwat. Ve long pou chanpay la (flute a champagne) dwe tout rete deye tout lot ve yo.

Karakte otes la paret nan fason ke ti sevyet de tab yo pliye e dispoze. Genyen moun ki pedi anpil tan nan sa, kote ti sevyet yo pliye an fom ti zwazo ou byen youn bel fle etc..., men ou ka senpleman vlope nan fom youn rektang epi ca va. Mete sevyet la a goch de asyet la.

Otes la dwe sonje ke moun ki konnen ap jije fason ke li dispoze sevyet la ke li ka sevi pou bay tab youn sensasyon de jwa, gete ak koule.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 13:05

Kek reg sou byenseyans

Se gason met kay la ki dwe sevi diven sou tab la, alo ke madanm li ki dwe sevi kafe! men si pa genyen gason nan kay la, otes la ki met lay ka fe tou 2, men okenn ka oyun ivite pa ka vle sevi diven ak kafe!

Le moun finn manje, metres kay la mande tout invite pase nan salon pou kafe. Le sa li pote, si se an Ayiti oyun sevant byen abiye, ap pote youn plato ki ap genyen tas ak soukoup ak youn ti kiye pou chak tas. Ti kiye sa pa dwe andedan tas la nan okenn ka. Li ta bon si plato sa'a ta prepare davans.

Genyen metres kay ki telman sansib pou salon yo, paske toujou youn indelika, youn malapri ki pral lage kafe sou meb yo. Genyen meb ki genyen youn pwodwi chimik spesyal ki ap kenbe likid, le konsa pa genyen pann. Anpil metres kay konn prefere, apre repa, fe bonn nan, ou byen moun kap ede li debarase tab la rapid, epi tou sevi kafe a sou tab la. SI se konsa metres la kay dwe aire ke tout ti kra ale tou.
Genyen anpil ayisien ki toujou ap repete ke yo pa kapab bwe kafe ak youn sel men, fok yo genyen pen.

Li pa rekomande nan moman sa'a pou okenn nan invite yo ta mande pote kobey pen an tounen sou tab la anko.

Si youn ta fe malelve e mande pou pen, tanpri pa tranpe pen andedan tas kafe a tankou timoun piti, kote wap manje pen mouye!

Ou fek sot manje, si manje a pat ase pou ou, se pou'w te repwan plisye fwa, men pa demontre met kay la, ak tout mou ke vant ou poko plen e ke wap finn ranpli li ak pen mouye nan kafe!

Se youn konpotman ki gravman grav! Se pa paske ou malere ki fe tout moun ap gade w se paske ou pa swiv reg yo...

Nan moman kafe a ap sevi, li ta bon pou oyun ve dlo ta rete la, paske anpil moun renmen bwe dlo apre kafe.

Kafe dwe fet nan kwisinn nan, pa nan sal a manje devan tout invite yo, li dwe vini nan youn kafetye.

Kafe a dwe sevi a dwat de invite a.

Kwiye kafe a dwe poze nan soukoup la a dwat de tas la.

Sik la dwe prezante nan youn sikriye. Pa pote tout demi ou byen liv sik la sou tab la! Otes la ta dwe sonje ke genyen moun ki gendwa diabetik ki pa pwan sik nomal men sik pou dyabetik.

Si se sik ki an ti moso yo, li ka nan youn pens sik, sa vle di genyen youn ti pinset ke ou ka sevi pou w ka pran ti moso sik yo, si pa genyen li ou ka pran sik la ak ti kwiye a, si ou pa ka fe li byen nan denye ka ou ka pran ti boul sik la ak dwet ou. AP rantre dwet ou tou tan ou pa genyen lot chwa.

Paske ou pa we lafimen kap soti nan kafe pa pense ke li pa cho, genyen tas ki fet pou sa menm ki pa kite lafimen soti men toujou rete kwe ke kafe a cho anpil. Nan kouri bwe kafe vit, genyen ivnite ki konn rele le yo boule, "Oh le ciel est bleu eu eu" ou byen "que le plafond est haut aut, aut!" Ou byen youn pawol ki ka pemet boush yo pwan van. Pa fe sa, paske tout moun ap ri'w! Yap we ke ou se youn aloufa, saf ki boule e ki byen fet boule!

Fok ou bwe kafe a ak elegans, meye fason pouw fe sa, se kenbe tas la ak men goch, vide kafe a nan soukoup la, pran soukoup la ak men dwat epi ou bwe li dousman. Li ta toujou bon siw te ka kole li nan po boush anvan pou'w ka we si li fret ase pou andedan boush ou ki ta dwe pi sansib ke deyo boush ou. Si ou goche ou ka fe li nan lot snas nan. Pa janm mashe ak tas la selman, tas la dwe toujou rete depoze sou soukoup la.

Ta sipoze genyen kafe ki genyen kafeyinn ak kafe san kafeyinn, menm bagay pou the.

Sevi sthe a pa tro diferan de kafe a eksepte ve yo konn pi laj. The pa sevi nan kafetye men nan theye, youn ti kontene ki genyen let, sikriye ak tas. Pa genyen okenn ka kote fok moun manje pen le wap bwe the. Le yo invite w al pran the nan salon, sou ti tab ki genyen the a metres kay la konn mete kek ti gato tranche ak youn karaf ki genyen jus fwi pou moun ki pa vle the yo. Pa kouri pwan tout gato yo, sonje ke ou fek sot manje!

Genyen moun ki toujou ap repete "on va sabler ou bien on va sabrer le chanpagne". Sa'a se pou epok kote yo te konn pwan youn sabre ou byen youn epe pou koupe tet chanpay nan. Ekspresyon yo itlize kounyea se "on va deguster le champagne".

Nou pwal degiste chanpay nan, pa genyen okenn moun ki pwal pwan gwo epe pou koupe tet chanpay nan okenn salonou byen sevi ak sab mouye pou li ka rete byen glase.

Chanpay pa bwe glase, ou byen ak glas.

Se mete chanpay nan frigide depi byen bone pou li ka frape. Tanperati chanpay dwe at 8 a 10 degre santigrad. Pa janm mete youn chanpay nan frize pake fredi a ap fe li pedi gou, lap kraze diven ki nan chanpay nan. Le li byen glase mete li nan youn ti bokit ki genyen dlo byen glase ak ti glas lage nan dlo a. Tout boutey la dwe andedan dlo sa'a.

Ou vle ouve boutey chanpay la pa vre?

Pa janm sekwe boutey la anvan ou ouve li, pou w pa fe boushon an vole ak tout chanpay nan. Koushe boutey la nan oyun ang de 45 degre, retire ti proteksyon an fe (muselet), retire boushon dousman san ke ou pa fe li vole rapid pou chanpay pa jayi sou tout moun. Dousman, wap vire boushon an, jiskaske ou kite youn bon pati nan gaz kabonik nan degaje, apre ou retire li net.

Ve chanpay se ve long, tranparan ki ka pemet moun we ti boul le ki nan chanpay nan (on voit petiller le champagne).

Ve ki pi konseye se ve ki genyen pye tulip kote arebo a fe youn koub ki ale preske andedan ve'a. Jan de ve sa yo konseve ti boul le yo (la mousse) pendan pi lontan. Men yo pa fasil pou jwenn, li pi fasil pou w jwenn ve ki tankou kon'n yo ou byen flutes, epi yo pi bon mashe tou.

Kelkeswa ve'a pa plen li ra boush, tanpri. Ranpli ve a a omwen 2/3. Gade byen ke ve a ekstreman pwop paske nenpot ti pay, ou byen rezidi nan rinsaj ka anpeshe mous nan rete lontan.

Kek nan bon chanpay: Dom Perrignon, Perrier Gran Brut, Vautrai-Paulet, Dumont, Lombart, Roederer, Charpentier, Sousa. Nenpot chanpay ke oy sevi w pa kouri idantifye li pou w ka demontre ke ou se youn met ekspe nan bwason, si ou pa korek wap soti byen led.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty etiquette et savoir vivre

Message  travers Mer 16 Sep 2009 - 13:11

waou!!! dilibon vous avez les competences d un maitre d hotel
BRAVOS
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 14:45

Non, travers, se sa nou tout dwe konnen paske mwen tande ke Maximo pral oganize youn rankont ant tout zanmi sou forumhaiti lakay li, msie swiv presip yo anpil! Mwen pa ta renmen le nou rive pou le yo ri nou pou nou pa di se poutet opinion politik nou, ou byen kote nou soti... ki fe moun ri nou!

Seryezman, Travers, se bagay pou nou pase bay timoun nou yo! Lontan menm nan kay moun ki nan klas pov ak nan klas moyenn yo te eseye mete anpil bagay nan bagay sa yo an pratik.

Mwen ka sonje koman manman mwen, kite konn prepare jenn fi nan kou "arts menagers", te konn fye de je asyet kite soti jis an Inde, nap brode, karaf pou diven, ti tab sou roulet pou sevi dese, kafe ak the. Timoun pat konn al je nan salon non. Pot salon femen, pou nou pa sal cehz salon kite la pou resevwa invite.

Teknik sou tab se chak sa te fet youn fason ou byen youn lot. Mwen te pwan youn kout pen nan figi paske mwen tap manje epi mwen mete tet mwen sou bra mwen net paske mwen pat sou manje men plis sou jwet.

Mwen ka sonje koman yo te konn mete aksan sou koman moun abiye. Mwen ka sonje papa mwen kite konn mete gro ves kazimi li ki soti an Italie, soulye serye pou resevwa gwo invite kite soti swa Potoprins ou byen Podepe. Le, kom timoun, ou pa kapab ou byen pa vle swiv reg tab yo, se deye yo voye w ale manje, apre pou yo regle ak ou!

Papa'm te konn di se reg sa yo ki diferansye nou de met yo. Li te konn di ou pa we ou voye manje nan patiraj la koshon an, li manje ak tout labou san refleksyon, ou menm ou pa ka swiv koshon an.

Menm esklav yo ditan lakoloni, te konn gade sa met yo ap fe, pou yo aplike lakay yo tou! Men jodya tout bagay sa yo genyen ti neg ki di se bagay boujwa, moun rich, yo pap swiv yo. Lakay yo, menm aletranje, madanm yo pote youn bokit manje devan yo, vyann nan youn ti kivet. Yo manje, boush yo plen yap pale san okenn jennman. Dim byen, genyen bagay ke moun pov an Ayiti ka byen nan enposibilite pou swiv, men konbyen youn boutey diven vann nan peyi etranje? Fe youn rechech ki pa syantifik, mande kek nan zanmi w depi kil eyo achte youn boutey kiven, si yo achte yo ka pa konnen nan ki sikonstans, apre ki manje ou byen tel tip de diven!

Youn zanmi dim deja:

"Ah monshe, nan NY kote moun pwan tan pou manje sou tab"

Tout fanmi msie manje tout tan nan chanm. Le yap manje ou pa ka we figi yo deye paket manje ki monte men rote nan asyet yo. Se le yo rive nan sosyete yap eseye aprann e fe edikasyon pitit yo! Mwen di msie menm youn jou, swa dimanch ou samdi, pou tout fanmi ak manje ansanm. Li di monshe sa pa posib tout moun toujou OQP!

Nan kout kat sa'a, olye nou avanse, nou fe gran back.

Kounye la'a menm ak kesyon lavalas la menm, pa pale de radot konsa, tout vroom se do.

Tout homme est un homme!

Tout moun fe sa yo pi pito sou moun nenpot kijan.

Se epok JPP - jan'l pase li pase!

Tout moun se moun! O

Ou pa beswen ale lekol pou w dokte!

Ou pa beswen nan manje sou tab, se rive nan akroupi'm chaje'w.

Menm anploye leta, pwofese lekol, etidyan e menm prezidan sak konnen, se nan chien janbe yo al manje.

Moun manje mango lage po nan lari.

Libete vle di mwen fe sam pito nenpot kote.

Men sosyete a te konn swiv kek reg minimal kite konn distinge nou de animal ak animal ki sanble ak moun ki menm rive sou lotel kom pe!


Dernière édition par dilibon le Mer 16 Sep 2009 - 15:02, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 14:52

Fwomaj!

Kom reg jeneral, youn moun sou tab ta dwe toujou koupe fromaj ak kouto, ou depoze sou youn moso pen epwi ou fe youn sel boushe pen an ak fromaj la ansanm. Ou pa nan kraze fromaj la andedan okenn pen. Plato fromaj la dwe pase youn sel fwa. Genyen menm 350 fromaj an Frans. Men jeneralman genyen 8 fanmi de fromaj, men yo:

• Fromages fondus ou byen fromaj fann nan dyol menm jan ak fromaj ki rele lavach ki ri ou byen, vache qui rit

Se youn melanj de fromaj, be, let byen redwi tankou krem let ke yo bouyi a 95 degre santigran (pasteurisé) ou byen a 125 degrre santigrad (stérilisé). Apre sa, yo konn mete bon jan epis, sel ki pou ba li bon gou. Li dire anpil tan. Timoun piti toujou fe foli pou jan de fromaj sa yo!

• Fromages frais - fromaj ki fre, fromaj ki fet ak let kabrit tankou chavrou Petit Suisse, le demi-sel

Fromaj sa yo pa rafine, ni sibi okenn femantasyon, se pwoteyinn ki nan let la ki fe boul, yo degoute gout yo nan boul yo - Se youn fromaj ki pa finn byen travay ke ou ka manje konsa ou byen ou ka mete bagay ki pou ba li pi bon gou!

Nan group sa genyen fromaj ki fet ak pat fre ki file tankou Mozarella. Se pat la ke yo petri, epi yo rale let kaye jiskaske li rive nan pwen konsistans ke yap cheche a pou pat la ka file. Jan de fromaj sa yo komen nan peyi Laswis.

• Pâtes molles à croûte fleurie - fromaj ki fet ak pat ki mou anpil, camembert, brie, Neufchatel, Livarot, Maroilles, Pont-l'Evêque, Munster, Langres

Fromaj sa'a pa chofe, ni prese. Koush ki sou li toujou blan. Li ta bon pou w bwe duven ki jenn tankou Bordeaux ak Beaujolais.

Youn diven jenn se youn diven ki poko genyen 25 ou byen 50 jenn ou byen jivenil.

Youn diven ki genyen 50 tan yo di ke li ekilibre

Youn diven ki genyen 100 lane diven ou plis yo di ke diven an vye ou rousi! Diven yo jeneralman koute pi che toutan yo pi vye! Pi rouye pi koupe! Vieux comme le bon vin! Sa vle di pendan wap vyeyi wap vinn pi bon toujou!

Depi nan boutey ou ka we youn diven ki jenn ke li instab, le ou goute li wap we ke diven an genyen gou seriz la toujou e diven.

Se mistik sa'a ki genyen nan diven, aloske menm diven an 50 tan apre de youn perido de ibenasyon nan youn tono byen boushe ou ka pran sant diven an.
Sonje se sel bagay ke ou ka senti pendan ou a tab.

Apre 50 tan diven genyen youn fos, seriz la pedi gou seriz la apre li mele ak tout transfomasyon chimik ki pase pou bay diven. Le li nan boush ou, ou ka senti ke boush ou genyen youn gou ki rich, ki fo, ki swav selon rejyon kote li soti. Li genyen mwens acidite, li pi ekilibre ke youn diven ki jenn ou byen tre jivenil. Li bon pou w sevi diven an nan youn karaf pou diven menm!


• Pâtes molles à croûte lavée - pat mou men do fromaj la byen swa tankou: pont l’évêque, munster

Sa vle di ke fromaj la pa chofe, ou byen pwan okenn presyon. Yo lave ou byen brose koush ki deyo fromaj la ak dlo sale ki genyen youn seri de bakteri byen spesifik se sak eksplike ke li genyen youn koule tankou zoranj. APt la mou epi li genyen diferan kalite sant ki fo anpil. Le wap manje fromaj sa li ta bohn pouw ta genyen diven ki youn tijan fo tankou diven blan, charsonnay, ak diven Bordeaux rouj.

• Pâtes persillées - fromaj ki genyen epis ladan li tankou: roquefort, bleu d’Auvergne, les formes d'Ambert

Fromaj sa yo toujou ble. Tout tan fromaj sa yo ap femante yo rantre youn paket egwi long andedan yo pou lage youn pwodwi chimik andedan yo ki fe yo chanje koule konsa, swa vet okomansman apre yo fini toujou ble.

Ak fromaj sa yo li konseye pou inivte yo ta bwe diven blan ki sikre tankou kek nan seri Bordeuax, diven St Emilion.

Kom nou ka we diven blan pa la pou bay fnam selman paske yo pa ka bwe diven ki pa dous.

• Pâtes pressées cuites - fromaj ki deja pase sou chale dife tankou: gruyère, Comté, le Beaufort ou l'Emmental

Let nomal la ak acidite i nan sitwon pa ekszanp transfome an let kaye. Bon let kaye nou te konn bwe lakay! Pendan let la ap tounen let kaye, yo chofe li a 55 degre santigras. Apre yo mete li nan press, yo moulin li epi yo mete femante. Se le sa vinn geneyn twou yo paske yo kite li nan oyun sousol ki fe cho anpil. Fromaj sa yo genyen anpil calsium. Pou li ka vini oyun gromaj ki fin sa ka pwan ant 3 a 9 mwa si se pa plis tan.

Li bon pou w manje jan de fromaj sa yo ak diven blan ki genyen gou fwi, diven rouj ki fo.

• Pâtes pressées non cuites - fromaj ki pa pase nan chale dife: cantal, reblochon
Kit yo genyen anpil gres ou pa!

Fok ou gade ki kantite de gres ak dlo ke fromj genyen! Youn fromaj ki sek sa vle di ke li genyen plis gres ke fromaj ki genyen anpil dlo ou byen ki genyen otan de gres ke dlo. Men sonje ke gres la se li ki kenbe kalite fromaj la e se li ki fe'l genyen gou diferan. Fromaj san gres yo toujou san gou, fad, epi menm epis la pa ka paret!

• Chèvres - lot fom fromaj ki fet ak let kabrit toujou: Selles-sur-Cher, Chabichou, Sainte-Maure, Picodon, Pélardon, Crottin de Chavignol

Fromaj sa yo diferan pa nan metod ke yo fabrike yo men akoz de let yo itilize kise let kabrit. Fromaj sa yo genyen anpil gou diferan menm si yo fre ou byen sek, menm si yo mou tankou krem ou byen youn ti jan pi di. Se youn seri de fromaj ki gou anpil. Pafwa yo pase chabon sou yo ou byen yo pase yo nan epis ki ba yo youn ti pike ke sekwe lang ou! Bon bagay!

Ou manje fromaj sa yo ak Saumur rouj ou byen Chablis.
[b]

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum