Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go /1 To
1099.99 € 1999.99 €
Voir le deal

Etiquette et savoir vivre

+2
kami
dilibon
6 participants

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 3 Empty Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Lun 14 Sep 2009 - 15:49

Rappel du premier message :

Tout peyi ki eksiste devlope youn seri de kod ak konvansyon pou regle koman lavi dwe ale nan espas fizik lakay yo. Jan de kod sa yo se yo menm ke yo rele savwa viv, polites, koman moun viv nan sosyete, bonn manye, ou byen anko etiket. Kod sou konpotman sa yo fasilite relasyon ant endividi e yo kontribye pou kreye youn amoni nan sosyete yo.

Tout reg sa yo, tout kod sa yo ak konvansyon sa yo genyen diferans nan yo de youn peyi ak youn lot menm si baz la toujou rete menm. Anvan ou ale kom touris nenpot kote li ta bon pou w ta cheche konnen yo de moyen pou w ka konnen sa ke yo atann de ou, sak pemi ak sak entedi, koman pou w reyaji ak yierachi ki nan sosyete yo, koman ou aji ak gason e ki konpotman ki akseptab le wap aji ak fanm, ak timoun, ak bet ou byen ak ekoloji'a. Paske ase souvan ingorans reg ak konvasyon sa yo konn asimile ak youn moun ki manke pwotokol, ki manke nan edikasyon li, ou byen ki tou senpleman manke kalite necese pou viv nan sosyete. Kashe deye "mwen se touris", mwen pat konnen ou ignorans valab le ou fek komanse viv nan espas etranje a, men depi yo ta fe w konnen sak akseptab ak sak pa akseptab, tout moun nan nouvo sosyete ap espere we ke ou swiv reg yo tout swit.

Kesyon "you lie"

Prezidan ameriken an tap pale de devan tout kongre ameriken an, sa vle di depite ak tout senate demokrat, repibliken ak endependan rasanble. Diskou se sou ki pwoje prezidan genyen sou kesyon swed sante ki dapre msie ne sije ki pi kritik pou sove ekonomi ameriken ki toujou sou youn pant glisant. Pendan msie tap pale ke plan li genyen pap la pou moun ki ilegal, Joe Wilson, youn depite ki soti andeyo nan Karolinn di sid, rele kareman ke Prezidan ap bay menti.

Mwen cheche nan listwa ameriken mwen pa janm ka jwenn kote youn bagay konsa te fet deja. Sa pa vle di ke politik nan peyi isit toujou sivil non. Men, mwen pa sezi ke depite sa'a reyaji konsa paske depi apre eleksyon Obama rive nan komansman summer a, GOP, pati repibliken deside ke si li kanpe ap jwe gentleman ak Obama non selman lap fe 8 tan men lap ka rive ede youn lot demokrat monte pou fe 8 tan anko, sel bagay ki pou fet se demobilize msie. Yo komanse depi apre li prete seman pou di ke msie pa prete seman byen, li pat di pawol yo byen sa vle di ke li pat prezidan. Pou la premye fwa youn prezidan premye seman 2 fwa paske jistis Robert, ke Obama pat vote pou li, te di pawol yo mal e Obama te repete pa nan menm sans konstitisyon an mande'l.

Toutswit apre lel dwat pati repibliken tonbe kouri bri ke li pat fet nan peyi a men nan youn lopital nan Kenya. Yo vini ka 2 fo batiste ki genyen repiblik Kenya kan Kenya pat endependan nan lane 1961.

Yo di ke msie genyen youn plan pou fose Lamerik depanse tout sal genyen, kraze peyi a epi vann li a youn consortium de peyi etranje. Yo di tou ke msie se kominis li ye, men li vle sosyalize peyi a menm jan ak lot peiy ki an Ewop yo. Msie se imaj Lisife, se dyab an pesonn, se anti ameriken, se menm lide Hitler yo li genyen, si se pa Hitler ki tounen kom youn neg nwa pou vanje echek li. Msie se fachis etc... Jan de ennmi Obama genyen, dapre mwen menm si li fe tout sal vle li pap janm rive fe yo konprann ke peyi ameriken nan mitan lanme de oyun kriz ekonomik ki komanse depi sou gouvenman Carter e denye kout tiwel la rive apre administrasyon George Bush Pitit kite youn bon jan ignoran de reg fondamantal sou koman yo mennen youn peyi tankou Etazini. Nan mwens de 1 nan youn prezidna pat ka mennen youn peyi nan pwen sa'a.

Kom nou di deja pati de ansyen senate Joseph McCarthy a vle repwan pouvwa nan fe kalomni, fe moun pe nan bay kont dyab gran jounen, jwe sou analfabetism pep la, bogotri, ak taktik avadra ki pa pe bay nenpot kou anba vant pou yo ka genyen youn konba.

Nan tout 19iem syek la nou jwenn politik sal, politik led nan peyi ameriken. Nou we kote depite ak senate konn pete goumen sou flo kote yap de deba yo menm. Pa ekzanp, 1798 federalis Roger Griswold te fe yon diskou kote lite pale de youn repibliken kite rele Matthew Lyon kote li te fe mizopwen sou pozisyon repibliken sou lage an jeneral, Lyon te move, li te mashe sou msie lite krazhe nan figi li devna asanble a. Groswold menm te pran youn baton yo yo konn seiv pou brase dife nan chemine a e li flanke msie 20 kout baton pendan ke koleg yo tap gade enpwisan. Nan lane 1856 kongressman Preston Brooks kite vekse de diskou ke Senate Charles Summer kite soti nan leta Massassussets te fe kont lesklavaj kote lite site non tonton msie. Brooks te tonbe bat Simmer ak baton li kote msie te endispoze anba kout baton. Nou pa menm beswen pale de Senate McCarthy kite akize youn paket koleg li, anploye nan depatman deta, ak lot ofisyel nan ekzikitif ak anpil lt sitwayen de moun kap sipote kominis entenasyonal kont entere ameriken. McCarthy te menm rive di ke desisyon Prezidan Truman pou retire Jeneral Douglas McArthur kom jeneral nan lage kitap fet nan Kore di no kom youn zak trayison e li t3e mande si Prezidan pat sou le li tap pwa desisyon sa'a. Prezidan Ragan tap pale devan kongre le demokrat ansanm te chayite msie.

Genyen moun ki di ke se youn mank dedikasyon, Joe Wilson pat dwe fe oyun bagay konsa. Chanm depite ta dwe reprimande msie fo amwens ke li vinn devna chanm nan vinn mande ekzkiz. Men ekzkiz ou pa bagay sa deja fe depite a tounen youn sensasyon nan intenet la kote msie deja ranmase plis pase 1 milyon dola de moun ki renmen ke msie te manke prezidan dega nan figi li. Sitou sa fet nan lendemen de youn gwo mash kite genyen plis pase 500 a 600 mil moun kont gouvenman Obama.

Serena Williams

Nan youn lot bo, movez manye kontinye pi red sou teren tenis. Youn nan pi bel atlet ke mwen renmen pesonelman, Serena Williams. Youn jij pwan desisyon kont jwe tenis nan, mwen pa beswne konnen si jij la te korek ou pa. Sa pa enpotan pou mwen. Ou se pwofesyonel, yo pwan youn desisyon kont ou, sel sa ou genyen pou fe se boule etap pouw mande revisyon ou byen ou kontinye jwe korekteman. Men zafe kite match la, ale nan espas jij la pou w menase ke si li fe w pedi match la, wap pouswiv li, wap jwenn li kote wap ka foure youn balon tenis nan goj li. E ak anpil betiz anko! Non sa pa pwofesyonel. Komite an chaj chanpiona chaje manzel 10 mil dola selman. Mwen pense ke manzel aji tankou nenpot vye madan Sara, mashann nan mashe lasalinn, se pou yo sispann li pou res ane pou li pa jwe nan peyi a anko e youn penalite de omwen 200 mil dola. Se malelve, se mal edike!

Kanye West

Men youn neg ki pa merite genyen okenn zanmi nan mond nan. Men youn model de zanzave abiye kita sipoze retounen al viv nan kek jeng kek kote nan Afrik di sid. Youn atis ki rele Taylor Swift resevwa youn trofe kom meye video ke youn fanm fe ki rele "You Belong With me", bel video! Pendan lap fe diskou pou aksepte trofe a, enbesil setifye kirele Kanye West la monte senn nan, li rale mikro a nan men dam nan ki espantan, li deklare avek stil ameriken nwa ki pat janm pase devan youn lekol menm "Hey, Taylor, I am really happy for you, but Beyonce had one of the best videos of all time" ki vle 'Hey, Taylor, mwen kontan pou ou wi men fok mwen di se Beyonce ki fe vdieo ki pi bel pou tout tan". Se pa le moman, se mal plase, se konpotman ki fe moun edike anvi vomi. Se pou w we tet neg la, mwen telman wont pou li mwen santi mwen ta rale msie nan TV mwen tap gade poum dil sispann fe moun wont kom nwa, fe manman w ki sot mouri nan move kondisoyn vire nan tonb nan si li te fe edikasyon vre! Konpotman zanzave, avadra de denye nivo! Youn ne gki pa janm genyen okenn trofe sal pedi sou senn nan. Bodye fe genyen moun ki edike toujou. Se le Beyonce te resevwa trofe pou meye single video ke li deside pa pale men rele Taylor Swift pou li te ka finn pale e di tout sal vle nan plas li! Sa'a se te jistis e nou respire ...

Forumhaiti

Denye frekansite ki melanje ak tout youn grenn pemet. Se le nou konsidere youn nonm ki genyen youn forum e envite lot moun vinn patisipe, epi envite soti pou mande neg la, onon de la demo-kras-si nan deye rat pou li rale ko li e bay lot moun administre. Sa'a se moun ki pa finn tro konprann.... Se le ou we koman youn seride moun pa ka pale ak youn diskou kle, bon jan agiman le yo pa dako kote yo prefere vinn dezafreyab.

Nan post sa'a nou pwal chita sou sak akseptab sak pa akseptab nan sosyete jan ke nou konprann li e nou envite tout moun vinn patisipe.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas


Etiquette et savoir vivre - Page 3 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Ven 18 Sep 2009 - 12:02

Youn lot pati enpotan ki merite ke nou kanpe sou li rele galantri. Galantri se tout youn paket manye ke youn gason devlope pou fasilite deplasman, tout mouvman ou tout fason ke youn fanm ou byen youn dam ap fe. Genyen youn ote kite di ke fanm telman se youn bagay ki bel e frajil ke menm sifas youn roz tro red pou pase sou po figi li.

Youn gason galan tou bay fanm nan priorite a youn fanm pou li pase nan youn pot, li ouve pot mashinn pou fanm nan monte mashinn nan anvan li e le lap desann gason gentan fe sa anvan pou li ka non selman ouve pot mashinn nan men li pwan men li pou ede li desann ak fasilite. Nan transpo an komen gason an bay fanm, kit li ansent ou pa, kit li ak timoun ou pa, chita nan plas li e gende ka li ka menm ede li ak paket bagay ki nan men li.

Pou nou pi presi galantri se youn konpotman ki vle pou gason - se pa gason pense ke li se seks ki pi fo - se pa paske gason pense ke li siperye fanm non - wi pou gason an prevwayan, pou li toujou ap pote atansyon a fanm ki bo kote li pou li ka temywaye yo respe ak konsiderasyon. Genyen gason ki pa sonje ke tet yo te pase nan mitan janm youn fanm.

Genyen gason ki bliye ke malgre tout enpotans kontribisyon gason nan fe timoun, pi gwo troublay, kontak direk, kominikasyon enfini se ant fanm ki pote timoun nan ak timoun ki andedan li. Pi gwo soufrans ke gason pap janm konnen se mete youn timoun nan mond nan.

Si ou poko janm asiste youn akoushman, ou ka toujou repee ke gaosn se sex ki pi fo, men apre ou vinn gase youn akoushman wap rekesyone kiles ki pi fo. Mwen imajine ke jiskaprezan mwen pe egwi rantre nan ko mwen, mwen pa ka imajinen soufrans sa'a. Fanm nan te ka a nenpot moman femen janm li epi nou menm gason te ka pa genyen lavi!

Mwen refize tande gason kap checeh kek ekszanp de kek ra aksoyn iresponsab fanm fe pou diminye vale fanm. Mwen pa genyen patyans ak neg ki awoga, frekan ou byen kap cheche batay ak fanm. Mwen sonje menm le yo te di ke So Ann te ap bat advese lavalas ak rigwaz, li tap ankouraje politik voye ekskreman ak pipi osu moun, mwen te dekriye aksyon sa yo men mwen pat genyen kouraj pou di tout sak te ka di kont dam nan. Mwen pat ka di ke li pa moun, ni pa fanm tankou anpil moun.

Mwen pa genyen okenn pitye pou gason, sou okenn preteks ki bat madnam yo, abize madanm yo ak move pawol pimanbouk, diminye fanm, eksplwate fanm! Mwen pap preshe pou bay tout fanm youn chek an blan kom si oy pa konnen sa yap fe non, men genyen youn fom ak youn manye ke ou ka fe mesaj la pase san ou pa desann nan denye nivo pou w pedi tout sans respe ke ou dwe tout fanm.
Mwen toujou bay lamen ak respe, mwen toujou kw enan bezmen kom sign deferans anve youn fanm. Malgre anpil nmi mwen konn dim ke fanm yo genyen lage a, yo te vle egal ak lom, yo genyen. Kounyea la mwen pa nan okenn rans ak fanm, se tek pou tek, oeil pou eoil dan pou dan.

Mwen konpwann yo, men mwen pa ka dako paske fanm toujou ap toushe pi piti le yap fe menm travay ak gason. Mwen pa genyen kouraj pou'm envite youn fnam soti epi pou mwen mande'l paye pou pati pa'w la kelkeswa sityasyon marital, afektif ou byen finansye fanm nan.

Galantri se youn seri de fom eksterye nan relasyon ant endividi espesyalman gason ak fanm, men sonje youn gentleman toujou youn gentleman kelkeswa li ap reyaji ak gason men li pi konfom le li ap inteaji ak fanm. Nan sikonstans tankou nan youn dine, nan restoran anpil fwa moun kap sevi a konn bay fanm ki sou tab la.

Youn neg galan se youn neg ki koutwa, se youn gentleman, se youn chevaleresque. Denye mo sa'a rezeve nan ka kote pa ekszanp youn neg sove youn fanm ke youn lot masho, gouja san koutcha ap eksplwate ou fe tounen viktim.

Genyen moun ki di ke galantri se youn jwet sediksyon nan tout jes ak tout ti atansyon ak sak pa di. Nomalman, tout moun wap bay swen, wap temoye respe, wap bay atansyon, wap bay priorite ka telman apresye jes sa yo epi yo tonbe damou vre.

Sependan, galantri pa dwe genyen kom sel objektif sedwi oyun fanm, se pito oyun mak de respe pou fanm ki ap aji tankou lady. Se youn konpotman ki vini tankou youn 2iem nati, ki fe nou trete tout moun ak respe, ki fe moun nan apresye lanmou, lamitye, ki aji ak gason tou ak respe nan kondwit li. Le nan youn sikonstans mwen pa louvri pot mashinn pou madanm mwen, li toujou di epa peyi etranje ap few vinn sovaj!

Galantri genyen orijinn li tre ansyen nan tout sak tap fet depi nan Moyenaj kote chevalye yo te dwe onore, sevi e pwoteje dam yo. Genyen moun ki di galantri genyen youn ipokrisi ki transpire ladan, paske nan epok sa yo sosyete sivil yo te bay fanm youn stati inferye, fanm te sou dominasyon gason san dwa sivil e ppolitik, alo k enan sityasyon mondenn yo ou byen nan sityasyon domestik fanm oy nan youn tre rot pozisyon. Men kom jounen jodya genyen anpil avans ki fet nan tabli bon jan dwa pou fanm, sa pa anpeshe ke nou kontinye ba yo imaj de mak ki karakterize prezans yo sou late beni!

Youn galan pap mashe ak oyun dam nan lari pou li bali bo lari a kote ki pi danjere a, lap bali bo ki sou kay yo epi lap mashe sou bo lari a.

Kit se nan youn parking, nan youn aeropo, nan youn bar, nan youn kasino, nan youn eskalye gason ap genyen youn konpotman pwotekte.

Lap louvri pot, lap desann esklaye devan pou si fanm nan chape pye li ka pwan apwi sou do li, lap pote malet ki pi lou yo, etc...Nan youn dine, gason ap rale chez pou dam nan chita, le dam nan leve, lap leve pou indike ke genyen youn dam kap deplase.

Gason pa konnen tout fom de konpliman ki pap afekte dam nan sou manye li abiye ak elegans li. Konpliman tankou "Ah wi, ou vreman bel" men pa di "Ah ou vreman ravisant JODYA" sa vle di li pa konn bel lot jou yo! Ou ka di "mashe koule rad sa ale byen ak ou - Ou ka di "Michelle ou fe rad sa byen" sa vle di ke fom fi'a fe rad la bel, ou admet ke rad la bel men se dam nan ki fel pi bel. "ou reyose bote rad sa'a, map mande si ou genyen oyun ekip moun kap abiye e makiye w chak jou", konsa dam nan ap remesye ak youn mouvman et, youn souri.

Youn gason galan ap ede youn dam retire manto li, lap sevi li diven, dlo ak lot bwason sou tab, lap mete li nan pot la, li ka menm ofir li mennen li nan mashinn le li prale, lap ouve pot la, lap kanpe si oyun dam pwan pann sou larout, enfen lap toujou rete tre atansyone anve dam ki bo kote li! Alo avadra kap chase tout fanm nan forumhaiti, sonje ke administrasyon forum nan pap dako sa anko paske yo adopte tout presip sou galantri anve tout fanm!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 3 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  kami Sam 19 Sep 2009 - 15:58

Zafe bonn manye a, anpil nan nou ki nan diplomasy konn sa tre byen e avan ke nou al nan fet ki gen protokol nou repasse e etidye e fe entrennman plizye jou a lavans avan ke nou al nan salon e salle a manje moun!!

LOL! Very Happy Ginler ambasader nou gin DC petet te gin eksperyans ak yon seri de fo diplomat ke yo te voye bali, ki pa minm konin koman pou yo manje a tab.

Lakay ou ak deyo se preske minm jan a mwens ke se a dwet yo te konn manje.

Mwen gin telman de blag sou moun sa yo, bon se frem ak sem ayisyen ke yo ye, mwen pap di anyin. Selman map di nou yon bagay, diplomat fo sa yo konn fe moun ront anpil malgre ke yo te gin yon ti liv pou aprann.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 3 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 3 sur 3 Précédent  1, 2, 3

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum