Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go ...
Voir le deal
1099.99 €

Etiquette et savoir vivre

+2
kami
dilibon
6 participants

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Lun 14 Sep 2009 - 15:49

Rappel du premier message :

Tout peyi ki eksiste devlope youn seri de kod ak konvansyon pou regle koman lavi dwe ale nan espas fizik lakay yo. Jan de kod sa yo se yo menm ke yo rele savwa viv, polites, koman moun viv nan sosyete, bonn manye, ou byen anko etiket. Kod sou konpotman sa yo fasilite relasyon ant endividi e yo kontribye pou kreye youn amoni nan sosyete yo.

Tout reg sa yo, tout kod sa yo ak konvansyon sa yo genyen diferans nan yo de youn peyi ak youn lot menm si baz la toujou rete menm. Anvan ou ale kom touris nenpot kote li ta bon pou w ta cheche konnen yo de moyen pou w ka konnen sa ke yo atann de ou, sak pemi ak sak entedi, koman pou w reyaji ak yierachi ki nan sosyete yo, koman ou aji ak gason e ki konpotman ki akseptab le wap aji ak fanm, ak timoun, ak bet ou byen ak ekoloji'a. Paske ase souvan ingorans reg ak konvasyon sa yo konn asimile ak youn moun ki manke pwotokol, ki manke nan edikasyon li, ou byen ki tou senpleman manke kalite necese pou viv nan sosyete. Kashe deye "mwen se touris", mwen pat konnen ou ignorans valab le ou fek komanse viv nan espas etranje a, men depi yo ta fe w konnen sak akseptab ak sak pa akseptab, tout moun nan nouvo sosyete ap espere we ke ou swiv reg yo tout swit.

Kesyon "you lie"

Prezidan ameriken an tap pale de devan tout kongre ameriken an, sa vle di depite ak tout senate demokrat, repibliken ak endependan rasanble. Diskou se sou ki pwoje prezidan genyen sou kesyon swed sante ki dapre msie ne sije ki pi kritik pou sove ekonomi ameriken ki toujou sou youn pant glisant. Pendan msie tap pale ke plan li genyen pap la pou moun ki ilegal, Joe Wilson, youn depite ki soti andeyo nan Karolinn di sid, rele kareman ke Prezidan ap bay menti.

Mwen cheche nan listwa ameriken mwen pa janm ka jwenn kote youn bagay konsa te fet deja. Sa pa vle di ke politik nan peyi isit toujou sivil non. Men, mwen pa sezi ke depite sa'a reyaji konsa paske depi apre eleksyon Obama rive nan komansman summer a, GOP, pati repibliken deside ke si li kanpe ap jwe gentleman ak Obama non selman lap fe 8 tan men lap ka rive ede youn lot demokrat monte pou fe 8 tan anko, sel bagay ki pou fet se demobilize msie. Yo komanse depi apre li prete seman pou di ke msie pa prete seman byen, li pat di pawol yo byen sa vle di ke li pat prezidan. Pou la premye fwa youn prezidan premye seman 2 fwa paske jistis Robert, ke Obama pat vote pou li, te di pawol yo mal e Obama te repete pa nan menm sans konstitisyon an mande'l.

Toutswit apre lel dwat pati repibliken tonbe kouri bri ke li pat fet nan peyi a men nan youn lopital nan Kenya. Yo vini ka 2 fo batiste ki genyen repiblik Kenya kan Kenya pat endependan nan lane 1961.

Yo di ke msie genyen youn plan pou fose Lamerik depanse tout sal genyen, kraze peyi a epi vann li a youn consortium de peyi etranje. Yo di tou ke msie se kominis li ye, men li vle sosyalize peyi a menm jan ak lot peiy ki an Ewop yo. Msie se imaj Lisife, se dyab an pesonn, se anti ameriken, se menm lide Hitler yo li genyen, si se pa Hitler ki tounen kom youn neg nwa pou vanje echek li. Msie se fachis etc... Jan de ennmi Obama genyen, dapre mwen menm si li fe tout sal vle li pap janm rive fe yo konprann ke peyi ameriken nan mitan lanme de oyun kriz ekonomik ki komanse depi sou gouvenman Carter e denye kout tiwel la rive apre administrasyon George Bush Pitit kite youn bon jan ignoran de reg fondamantal sou koman yo mennen youn peyi tankou Etazini. Nan mwens de 1 nan youn prezidna pat ka mennen youn peyi nan pwen sa'a.

Kom nou di deja pati de ansyen senate Joseph McCarthy a vle repwan pouvwa nan fe kalomni, fe moun pe nan bay kont dyab gran jounen, jwe sou analfabetism pep la, bogotri, ak taktik avadra ki pa pe bay nenpot kou anba vant pou yo ka genyen youn konba.

Nan tout 19iem syek la nou jwenn politik sal, politik led nan peyi ameriken. Nou we kote depite ak senate konn pete goumen sou flo kote yap de deba yo menm. Pa ekzanp, 1798 federalis Roger Griswold te fe yon diskou kote lite pale de youn repibliken kite rele Matthew Lyon kote li te fe mizopwen sou pozisyon repibliken sou lage an jeneral, Lyon te move, li te mashe sou msie lite krazhe nan figi li devna asanble a. Groswold menm te pran youn baton yo yo konn seiv pou brase dife nan chemine a e li flanke msie 20 kout baton pendan ke koleg yo tap gade enpwisan. Nan lane 1856 kongressman Preston Brooks kite vekse de diskou ke Senate Charles Summer kite soti nan leta Massassussets te fe kont lesklavaj kote lite site non tonton msie. Brooks te tonbe bat Simmer ak baton li kote msie te endispoze anba kout baton. Nou pa menm beswen pale de Senate McCarthy kite akize youn paket koleg li, anploye nan depatman deta, ak lot ofisyel nan ekzikitif ak anpil lt sitwayen de moun kap sipote kominis entenasyonal kont entere ameriken. McCarthy te menm rive di ke desisyon Prezidan Truman pou retire Jeneral Douglas McArthur kom jeneral nan lage kitap fet nan Kore di no kom youn zak trayison e li t3e mande si Prezidan pat sou le li tap pwa desisyon sa'a. Prezidan Ragan tap pale devan kongre le demokrat ansanm te chayite msie.

Genyen moun ki di ke se youn mank dedikasyon, Joe Wilson pat dwe fe oyun bagay konsa. Chanm depite ta dwe reprimande msie fo amwens ke li vinn devna chanm nan vinn mande ekzkiz. Men ekzkiz ou pa bagay sa deja fe depite a tounen youn sensasyon nan intenet la kote msie deja ranmase plis pase 1 milyon dola de moun ki renmen ke msie te manke prezidan dega nan figi li. Sitou sa fet nan lendemen de youn gwo mash kite genyen plis pase 500 a 600 mil moun kont gouvenman Obama.

Serena Williams

Nan youn lot bo, movez manye kontinye pi red sou teren tenis. Youn nan pi bel atlet ke mwen renmen pesonelman, Serena Williams. Youn jij pwan desisyon kont jwe tenis nan, mwen pa beswne konnen si jij la te korek ou pa. Sa pa enpotan pou mwen. Ou se pwofesyonel, yo pwan youn desisyon kont ou, sel sa ou genyen pou fe se boule etap pouw mande revisyon ou byen ou kontinye jwe korekteman. Men zafe kite match la, ale nan espas jij la pou w menase ke si li fe w pedi match la, wap pouswiv li, wap jwenn li kote wap ka foure youn balon tenis nan goj li. E ak anpil betiz anko! Non sa pa pwofesyonel. Komite an chaj chanpiona chaje manzel 10 mil dola selman. Mwen pense ke manzel aji tankou nenpot vye madan Sara, mashann nan mashe lasalinn, se pou yo sispann li pou res ane pou li pa jwe nan peyi a anko e youn penalite de omwen 200 mil dola. Se malelve, se mal edike!

Kanye West

Men youn neg ki pa merite genyen okenn zanmi nan mond nan. Men youn model de zanzave abiye kita sipoze retounen al viv nan kek jeng kek kote nan Afrik di sid. Youn atis ki rele Taylor Swift resevwa youn trofe kom meye video ke youn fanm fe ki rele "You Belong With me", bel video! Pendan lap fe diskou pou aksepte trofe a, enbesil setifye kirele Kanye West la monte senn nan, li rale mikro a nan men dam nan ki espantan, li deklare avek stil ameriken nwa ki pat janm pase devan youn lekol menm "Hey, Taylor, I am really happy for you, but Beyonce had one of the best videos of all time" ki vle 'Hey, Taylor, mwen kontan pou ou wi men fok mwen di se Beyonce ki fe vdieo ki pi bel pou tout tan". Se pa le moman, se mal plase, se konpotman ki fe moun edike anvi vomi. Se pou w we tet neg la, mwen telman wont pou li mwen santi mwen ta rale msie nan TV mwen tap gade poum dil sispann fe moun wont kom nwa, fe manman w ki sot mouri nan move kondisoyn vire nan tonb nan si li te fe edikasyon vre! Konpotman zanzave, avadra de denye nivo! Youn ne gki pa janm genyen okenn trofe sal pedi sou senn nan. Bodye fe genyen moun ki edike toujou. Se le Beyonce te resevwa trofe pou meye single video ke li deside pa pale men rele Taylor Swift pou li te ka finn pale e di tout sal vle nan plas li! Sa'a se te jistis e nou respire ...

Forumhaiti

Denye frekansite ki melanje ak tout youn grenn pemet. Se le nou konsidere youn nonm ki genyen youn forum e envite lot moun vinn patisipe, epi envite soti pou mande neg la, onon de la demo-kras-si nan deye rat pou li rale ko li e bay lot moun administre. Sa'a se moun ki pa finn tro konprann.... Se le ou we koman youn seride moun pa ka pale ak youn diskou kle, bon jan agiman le yo pa dako kote yo prefere vinn dezafreyab.

Nan post sa'a nou pwal chita sou sak akseptab sak pa akseptab nan sosyete jan ke nou konprann li e nou envite tout moun vinn patisipe.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas


Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty etiquette et savoir vivre

Message  travers Mer 16 Sep 2009 - 15:18

oui j ai bien compris vous avez raison
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 15:38

Frez ak lot fwi ki nan menm group sa'a ou manje sa ak menm kwiye ou manje dese.
Jeneralman moun manje melon ak kwiye. Si li paret sou tab two gro ou ka koup eli an 2. Si yo sevi an gwo tranch le sa ou ka sevi ak foushet ak kouto.

Seriz ak fwi ki genyen grenn, ou souse fwi a epi ou krashe grenn nan ak anpil diskresyon nan men'w epi ou mete li akote asyet pa'w la, pa nan anyen ke lot moun ka byen al itilize.

Pou fwio tankou grenadia, ou koupe li an 2, epi ou pwan youn ti kwiye pou w ka manje sak andedan fwi a.

Ou pa kraze salad, ou pa koupe salad ak kouto, se ak sou kote foushet la ou sevi pouw koupe yo. Pa kraze menm si se pom de te, PA KRAZE anyen nan salad la nan asyet la.

Epi mayi?

Ou pwan li ak m'w ou byen si genyen ti pik ki tashe ladan ou pwan li ak ti pik la. OU rantre ti pik la nan chak kote epi mayi a epi ou manje mayi asan ou pa manyen epi a. Si pa genyen pik ou manje ak men'w san ou pa sal tout ponyet ou, ni voye grenn mayi sou lot moun ki anfas ou. Anpil diskresyon.

Eseye pa mete tet ou nan okenn pozisoyn kote pouwap di "Mezanmi, ekskize'm wi" "hey, se pa foto mwen non, s mayi a ki vole kareman". Tout moun konnen ke mayi a pa vole pou kont li, se pa mayi ki genyen pwoblem se moun kap manej mayi'a kap koze troub nan kare djazz la!

Pwason?

Fann pwason an ak kouto. Komanse koupe arebo, zel pwanson an, retire vyann nan ak foushet epi mete nan boush ou. Le ou fini ak oyun bo, vire li epi pwan vyann ki sou lot bo a. Men pa itilize kwiye nan bagay sa, se foushet ak kouto selman. Si ou jwenn zo, krashe zo yo nan ti youn ti sevyet. ypun napkinn, ou byen mete zo yo arebo asyet la.

Somon?

Yo manje sa ak foushet selman. Daye yo sevi somon an fom ti transh piti epi genyen sitwon ki arebo asyet la pou w ka pije sou somon an. Pa mete men le wap manje somon.

Tout likid, soup, krem, potaj, etc... sevi nan asyet ki fon epwi ou itilize kwiye, kit se kwiye special pou soup ou pa.

Le ou preske fini ou kapab inkline asyet la nan sans sou ou pouw ka fini, men mwen pa janm ankouraje moun fe sa. Ou pwan mezi ou ka pwan pendan asyet la chita a, si genyen ou pa ka pwan kiteres kareman.

Spaghetti?

Ah, bagay sa fe lapenn le wap gade anpil aysien swwa nan restoran ou byen menm lakay oy kap manje spaghetti. Mygosh, ou we lign spaghetti a ki rete pendya pendan moun nan ap rale swuuuuuuuuuu pou fil spaghetti a rantre nan boush li finalman ak youn vlooooooop. Konn genyen gres ki vole sou rad lot moun ki chita kote mun nan. Se la raj. Ou konn finn manje ak moun nan epi ou santi ke'w plen!

Pa koupe spaghetti a. Yo sipoze ase long pou w ka vire yo nan foushet la. Ou kenbe foushet la dwat epi ou vire spaghtti a pou li fe plisye tou, otan de tou ki posib, epi oumete li nan boush ou. SI ou we li difisil ou ka sevi ak kwiye pou soup la pou edew silefo. Men siw rive an Itali yo pa peme tou sevi ak anyen ke foushet ou pouw manje spaghetti.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  revelation Mer 16 Sep 2009 - 15:42

Dillibon di : Kounye la'a menm ak kesyon lavalas la menm, pa pale de radot konsa, tout vroom se do. Tout homme est un homme! Tout moun fe sa yo pi pito sou moun nenppot kijan. Se epok JPP - jan'l pase li pase! Tout moun se moun! OU pa beswen ale lekol pou w dokte! Ou pa beswen nan manje sou tab, se rive nan akroupi'm chaje'w. Menm anploye leta se nan chien janbe yo al manje. Moun manje mango lage po nan lari. Libete vle di mwen fe sam pito nenpot kote.

Si w ap fe yon rale sou bonn manye, w pa bezwen pran Lavalas, ou byen pe a komm move egzanp! paske se manti ke w ap fe!

Wi se sou Lavalas ke pitit pep la voyaje al tou patou !!
Se sou Lavalas ke anpil moun vwayaje, al Cuba, ONU, NY, Paris etc..

Se nan fe nwa ke nou tap viv!!
Lavalas ouvri pot peyi d’Ayiti kite femen pandan plis ke30 tan sou diktate Duvalier yo! Se le Jean Claude pran l’exil ke li konnen sak rele monte avyon!


Byen ke tout moun se moun, men tout vroom pa do !!

Avek tecknoloji konnyen la, gen anpil pitit pep ki gen bonn manye passe boujwa! Avek Lavalas yo antre anpil kote ke granneg pa gen protokol pou antre la !

W gen anpil pou aprand nan men pep la.
Premye leson, tout moun se moun!
Se w aprand leson sa, w ap rive louyen Dilibon !!

Dilibon di: Men sosyete a te konn swiv kek reg minimal kite konn distinge nou de animal ak animal ki sanbel ak moun ki menm rive sou lotel kom pe!
This is a petty how bigotry, prejudice and ignorance can blind someone vision!
This former priest was a 2-term president, and has a PhD!
Ki yes ke w konprand ke w kap aprand la!!

Revelasyon

Nou se pitit pep se vre!! men nou aprand leson nou avan ke nou al nan salon moun!!

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 16:08

Revelasyon,

Ou rive kote mwen te vle mennen w nan!

Anvan kite mwen souliye kek bagay ou di ki pa mashe ak laverite istorik. Se pa sou lavalas ke pitit pep la voyaje ale tou patou.

Aeropo a ke yo rele tout nom apre Divalye sete aeropo Franswa Divalye ke li te rele. Si lavalas te vle rele youn aeropo Mayi gate ou byen Tousen Louveti, se lot aeropo pou li te konstwi nan Okap ak lot kote. Ou ka byen pat konnen sa.

Se sou Divalye anpil pitit pep la voyaje, kote ak nenpot 500 dola moun te konn al jwenn Parenn epi li voye w al pwan viza ameriken. Nan epok sa'a se ak kafe, pen griye bere yo te konn resevwa moun nan salon nan konsila ameriken an.

Aysien te konn ale etidye an Ewop menm anvan Divalye. Le Dim'ase Estime te soti etidye an Frans, le pou yo te vinn kandida pou prezidan li te chanje nom li nan Dumarsais Estime.

Ale pwan lis ekriven aysien epi dim si ou pa jwenn reprezantna pititi pep la, alo ke lavalas potko eksiste!

Ou di anko "Si w ap fe yon rale sou bonn manye, w pa bezwen pran Lavalas, ou byen pe a komm move egzanp! paske se manti ke w ap fe!"

Mwen te genyen chans rive nan New Orleans nan fet Lamerik fransez, kote te genyen anpil lavalsyen kite reprezante gouvenman an. Te genyen depite, senate, konseye prezidan ak anpil gwo vedet nan mouvman lavalas la. Zanmi mwen, si mwen te ka diw koman moun sa yo aji, wap di se mwen kap[ fe pawol.

Neg yo rive, san invitasyon yo gentan chita, yo rale chez yo tankou moun ki anba peristil, yo rantre pen nan potaj kite sevi epi yap manje pendan boush yo plen.

Mwen pap pale w de malere non, neg ki rive nan pwen pou reprezane youn nasoyn aletranje ki malopwen konsa.

Map kite ou mande lavalsyen kite nan Wasington rakonte w koman prezidan nan dine nan Mezon blanch konbyen fo pa li te fe, konbyen fwa li te mande ekskiz de otes la telman li fe anpil "ere" men mwen te ka peshe motel. Jsikaprezan mwen pa kwe monpe finn konn koman pou li manje sou tab kote tout pwotokol yo anh aksyon.

Kom mwen toujou di: Pa konen pa pwoblem nan, men le ou pa konnen ou mande lot moun ki konnen kesyon sou reg, ak kod ki akseptab nan sosyete! Men gende nivo ou rive fok ou pwan tan pou w konnen ke minimum nan koze sa yo. Ou pa beswen oyun fin danse, men fok ou ka fe youn minimum, ou pap ka di ke ou se pwotestan tout tan, ni ou pap ka kashe tout tan, ni di ou malad nan pye tout kote.

Ou ka pa konnen tout fromaj, men ou pa ka we fromaj ameriken blan epi pou w di se fromaj swiss li ye!

Ou di anko: "Avek tecknoloji konnyen la, gen anpil pitit pep ki gen bonn manye passe boujwa! Avek Lavalas yo antre anpil kote ke granneg pa gen protokol pou antre la !"

Well mwen konnen anpil swadizan "boujwa" ki ap konnen kod sosyal yo ak pwotokol ki tabli. Bonn manye, savwa viv, reg byenseyans se pa oyun kesyon de boujwa ak malere, se youn kesyon de fomasyon li ye tou senpleman. Boujwa ki pa aprann yo ka aji tankou koshon ki nan pak li, menm jan ak malere ki pa ekspoze ak yo e ki pa janm edike tet li!

Ou di "This is a petty how bigotry, prejudice and ignorance can blind someone vision!
This former priest was a 2-term president, and has a PhD! Ki yes ke w konprand ke w kap aprand la!!"

Monpe ka byen genyen 1 milyon Phd, si li ap manje epi gres ap koule nan boush li sal tout chemiz blan ki sou li'a, li manke nan fomasyon li!

Fomasyon akademik la bon wi, men le li chita sou youn tab li bwe preske youn boutey diven pou kont li san li pa kite lot moun jwenn chans li aji tankou youn bourik! Se pa sou lotel li li ye. E menm si li ta sou lotel, fok li ta kite diven pou lot moun jwenn...

Madanm li, sepandan, se oyun dam ki byen fome, ki konn aji nan sosyete e li demontre sa anpil fwa. Mwen pa konnen poukisa madanm li pa ba li kek presisyon!

Pitit pep ou pa, tout moun dwe konnen tout reg e koman pou aplike le yo nan sosyete kote lot moun ap viv ak yo! Lamize, klas sosyal pa youn ekskiz. Ou ka ap manje youn plat mayi moulen, zaboka, ak aran barik sa pa di ou oblije ale manje nan chanm kote ou koushe a, sa pa vle di ke ou pa ka mete li sou youn tab, pouw ranje kouve w byen pwop pou w manje ak kwiye, foushe, kouto!

Sa pa vle di tou ou oblije kraze zaboka nan mayi'a, fe youn meli melo ak aran epi wap plen boush ou tankou se youn moun yo di ke manje pwal fini... Sa'w pense? Mwen ka toushe kek nerfs wi men se konsa edikasyon fet. Edikasyon, tankou pawol Bondye'a, se tankou youn kouto yo rantre nan tet ou ak nan ke'w pou fe move san soti... Se nomal pou w vekse, men apre le ou evite youn move pa, wap di mesi Dilibon, tande? Ok Revelasyon?


Dernière édition par dilibon le Mer 16 Sep 2009 - 16:34, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mer 16 Sep 2009 - 16:13

Dili w gin rezon wi mon frer,
Mwin sonje mwin tale an Ayiti sou Preval le Manno Charlemagne te Mer de potoprinss lan .Mwin te gan yon zanmi ki finn anraje poum fe konessans avek li .Bon mwin ale avek mysye la kominn . Li pat sanble ak la kominn ke mwin te konen le'm te piti a kite bo la poss la avek far la . Premye saki te atire atansyon mwin le'm tap tann Mer a vini seke lan denye etaj la se instriman mizik Mer la ki la paske se la mwin tande ke li te antrene pou "pep " la .

Mon cher mwin fe konessans ak misye .Sete menm vye diskou goshiss yo ka pagin apwi lan realite politik peyi a . Saki te etonem seke misye ak tout chante lap chante kontt kolon yo li te depan anpil de anbasadeu merikin an pou developman karye li paske li ite vle miniss de linterieu e anbassadeu a di ke li tap fe yon bon miniss ide linterieu ...Mysye di devan mwin ke si li miniss de linterieu lap arete lap minote Aristid kom vagabon eke li deja di Preval sa . Misye di anko ke li di Preval si li bali otorizasyon an lap arete Aristid antan ke Mer de potoprinss pou magouy drog li okouran ke misye tap fe ak zanmi li yo . Mwin gantan we ke misye patap dire klontan lan politik peyi dayiti .

Antouka poum fe listwa a kout gan yon le ki rive mwin di ke mwin grangou e mwin mande si pagin restoran bo isitt la .Misye dim "Mewi " epi li voye yon neg avek mwin .Sekrete a passe avek mwin deye la kominn nan kote stati Colomb an te kouche a ter a epi win mwin we ke mwin devan yon paket ti abri sou katt poto ki kouvri ak twal ouswa latanye . Chodye ak recho gaye lan zonn nan tribo babo .Mwin mande matador mwin an a sasaye la a .li dim se yon kote k chaje ak bon ti restoran ki fe bon manje chyen janbe .

Mwin mande misye sak chyen janbe a .Misye di'm antre mache gade pou we saou vle . Dili kondisyon ijyen yo epouvantab . La pli te tonbe la vey oswa kidonk se yon melanj labou gwo mouch a ver chyen skeletik move zodeu anba yon soley ki cho kou dife .Mwin gade misye e mwin mande eske misye byen lan tett li .Non selman mwin pa abitye manje lan a ri min le'm te piti an Ayiti mwin pat kon manje konsa an piblik .Sete swa boulanjeri laposs obek fin Ron Pwin( ak granmoun yo) ouswa komande manje chinwa kay New canton bo magazin Bata a lan pwentt kafou gran ri ak ri des miracles .

Menm le fanmi a ap vwayaje nou pwal lan pwovinss passe vakanss se lan mashinn nan pou chita pou manje si papa'm kite nou achete manje sou wout la paske nou te rinmin sa e manje yo le sa a te sevi kote ki pwop .Teknik ke mwin menm ak frem ak sem yo te devlope se di ke nou bezwin pipi nou swaff depi nou we yon mashann lan kafou kap fe manje anba yon seri de gwo pye bwa ki bay lonbraj .(Sou woutt fond des negres te chajeak sa .

W kon manman .Li toujou di "PAPA DEZA kite ti moun yo amize yo non .Se anvakanss yo ye ." Mwin te rinmin afe ke yo sevi'm manje lan gwo fey malanga paske pagin asyet epi yo fe kwye pou nou ak po kokoye. Mwin te rinmin gade figi papa'm le sa a .Misye kite nou manje min li pap manje menmsi nou te ka we ke li te fe mashann yo konfyanss lan afe prepare manje a ! Kidonk le machinn lan derape nou chita deye machinn nan ap ri epi nap di lan zorey misye move "figi li moksiss " paske li grangou.

Se vre dili ke te ginyen yon kouran labienseyanss lan sosyete a lan tout klass yo .Pou mwin peyizan pat sofistike min yo te pi poli gin pliss la byenseanss passe anpil moun ke mwin te konen le sa a .Tegin yon seri de bagayke nou te pataje pov kou rich .Tout sa poum di ou nou fe bak anpil lan afe sivilizasyon ak politess la .Nou tankou sovaj kounye a .Komsi pesonn pa resevwa edikasyon lakay yo anko .Min vle pa vle depi yo monte sou forum sa a yap apwan tichoy san yo pa konen.Lan bon frekantasyon selaman Etiquette et savoir vivre - Page 2 Icon_sunny .

Keep up the good work,my dear friend .God will bless you for trying when everybody says it is hopeles.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mer 16 Sep 2009 - 16:20

A tous ceux qui pretendent reecrire notre histoire :

Anvan kite mwen souliye kek bagay ou di ki pa mashe ak laverite istorik.

Se pa sou lavalas ke pititi pep la voyaje ale tou patou. [/size]

Aeropo a ke yo rele tout nom apre DIvalye sete aeropo Franswa Divalye ke li te rele. SI lavalas te vle rele youn aeropo Mayi gate ou byen Tousen Louveti, se lot aeropo pou li te konstwi nan Okap ak lot kote. Ou ka byen pat konnen sa.

Se sou Divalye anpil pitit pep la voyaje, kote ak nenpot 500 dola moun te konn al jwenn Parenn epi li voye w al pwan viza ameriken.


Nan epok sa'a se ak kafe, pen griye bere yo te konn resevwa moun nan salon nan konsila ameriken an.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 16:30

Deza,

Mesi poutet ou separe eksperyans ou ak kek souvni danfans ak nou!

Men kite'm di'w! Le mwen te piti, mwen te konn ale andeyo, kote pap amwen te genyen youn te ke li te bay peyizan rete sou li. Jiskaprezan peyizan yo sou te kom propriete paske yo sou te a telman lontan pa genyen moun ki ka al reklame byen sa yo!

Andedan kay moun yo te ka pa glasiye, pa an beton, men te a te telman byen bale, netoye, aroze ke andedan kay la anba pay yo te fre. Yo te kraze fey bazilik nan dlo pou aroze andedan, li santi bon anpil. Yo pat genyen frijide, men dlo ke oy pran nan kanari'a te glase, gode aliminium yo te klere nan soley la. Dlo a ou te ka gade figi'w ladan li.

Peyizan te poiv men li pat malere! Li pat kite sityasyon li deifni ki mounli ye. LE manje kwit, madnam peyizan ak tout pitit yoranje tab byen pwop, bel nap kote tout moun tap manje. Pat genyen anpil vyann, yo pat genyen anpil men yo te bay vizite yo tout sa yo genyen ak prestij e one!

Timoun te respekte granmoun! Moun te respekte moun! Men jodya menm moun ki soit nan pi gwo inivesite nan peyi etranje ap kenbe foushet tankou manshet pou rantre paket manje nan bouch pendan ke genyen kap sal ko yo epi yo di se la demokrasuuuuuu.

Menm jan ou we nan lekol isit depi oyun ti nwa pale angle byen yo rele li whitey ou byen Oreo, moun kap pwan poz blan, kounyea la nan sosyee ayisienn nan kit aletranje ou byen lakay depi wap pale de byenseyans yo diw wap pwan poz blan w!

Mwen invite youn zanmi lakay mwen Ayiti, gwo jounalis devan letenel. Le manje rive, mwen invite msie pou li akonpaye tout moun. Msie di, nou pat beswen fe tout gran panpan sa yo. Mwen di koman se konsa wi nou manje isit la chak jou wi. Msie telman anbarase, ke mwen dil ou met mete w alez wi. Msi edi eh byen Ok. Le'm gade msie mete tout manje yo ansnam, tout bagay ansanm, epi se ak kwiye elman li manje. Tout kote msie te chita sal net ak sos, kras manje, dapre mwen fok te genyen grenn diri menm nan popye je msie telman li manje led!

Ou pa beswen mande ke mwen pap janm fe grenn frekansite sa'a poum janm ofri manje sou tab anko, map retire li pote li bay msie ak youn kwiye poum ka mete li alez tankou Met Blez paske avan tou neg la se zanmi mwen!

Nou pedi bagay sa yo net. Gwo van ak kouran lavalas pote tout nan lanme!


Dernière édition par dilibon le Mer 16 Sep 2009 - 16:34, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  revelation Mer 16 Sep 2009 - 16:32

Dilibon di: Bonn manye, savwa viv, reg byenseyans se pa youn kesyon de boujwa ak malere, se youn kesyon de fomasyon li ye tou senpleman!

Se egzakteman sa!!
Di la verite a kote ke li ye a san foure ni chwazi Lavalas ak Pe a komm bouk emisser!!
Se pa jist sa!

Zafe bonn manye a, anpil nan nou ki nan diplomasy konn sa tre byen e avan ke nou al nan fet ki gen protokol nou repasse e etidye e fe entrennman plizye jou a lavans avan ke nou al nan salon e salle a manje moun!!

Gen erre ke anpil blan fe ke nou memm pitit pep la nou pa fe! Fok w admet sa tou!

Pou zafe manje sou kaband, kraze zaboka nan maiz moulin se bagay ke nou fe tout tan!!
Off the record!
Poudan election, tout moun i konpri prezidan, sekrete deta, minist, jounalist etc.. gen tranch pizza, sandwitch subway nan men yo ap manje e chita devan television ap tand rezilta elektion.
Nan tan modern ke nap viv konnyen la, microwave dinner, TV-dinner etc tre konvenyan e pa mande chita sou tab.

Men le protokol la mande bonn manyer, anpil nan nou pare pou sa!!

Kite Lavalas ak pe a an repo nom fre!!

Revelasyon

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  kami Mer 16 Sep 2009 - 16:50

Dili,

Fanmim te nan diplomasi minm sou tan lavalas, sa wap di la yo se vre mwen kapab fe anpil temwayaj, min fanmim aprann mwen umilite epi mwen pa kwe li necese poum ajoute ak verite ke-w wap di la yo sou lavalas ki nan diplomasi, ak depute, senate ler yo antre nan US yo minin yo nan BBQ kay gran neg. mwen te konn amuzem ak gade mwen te konn ap mande kote yo pase pou yo palmanter a koz de kondwit sosyal yo, de moun kipa konn pale minm kreyol ale vwa pou franse.

Kontinye mon frere, mwen pa konin tout bagay nan bonne maniere, mwen toujou ka aprann.
Mesi anpil!!!!
Etiquette et savoir vivre - Page 2 U070m351
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 16:55

Revelasyon,

Anpil nan nou ki ap pwan poz lavalasyen nou devan letenel la, alo dapre ou si lavalas te bon se ou menm ki tap konnen sa. Nou tande pale de Ariside, men mwen manje sou menm tab ak Aristide deja wi. Si mwen te deye riches ou byen mwen te partisan du moindre effort, mwen tap nan menm kan ak ou jodya!

Mwen pap di'w anyen, men mande nenpot moun kite nan Washington le Aristide te la ya diw koman msie te konn fe moun ront! Kom ou konnen Aristide pa tande pesonn, menm le yo dil pa souse dwet ou nan sosyete, se kom si se ekspre li fe rantre dwet nan sos pwa ou sos vyann epi sou se dwet li byen fo! Apa mwen di'w ke madanm tre sofistike nan bonn manye, se pa figi li map achte men se verite tou pi...

Mwen pap pale w de le wap viv pou kont ou.

Men, mwen ka diw menm le ou lakay ou ak madanm, genyen youn minimum pou w swiv kan menm paske menm madnam ou ap swiv koman wap viv. Gendele, li mezire jan w viv pou trete w. Koman ou ka fe dim pou youn moun pa janm pwan tan pou manje an fanmi? Madnam mwen pap janm prepare manje kote tout bagay melanje pote ban mwen. Si mwen deside ale pwan manje mwen pou kont mwen, mwen ka fe sam vle. Men li ap swiv oyun minimum standa pou li sevi mwen. E menm bagay la pou mwwen tou. Mwen konn pote ti dejene sou kabann pou li, men fok ou ta we sa, genyen youn ti tab pou sa, ki byen ranje ki ka ede li manje san sal kote li ye a.

Sam vle di'w menm si ou pov, men sonje ke ou aletraje kote bagay oy pa vann tro che. Ou ka mete kek ti bagay, kek ti decorum tou piti menm le ou lakay ou.

Nan kapay, nan eleksyon, nan sistiyasyon travay, tout moun ka konprann, men le ou nan sosyeet, le yo invite w, le ou nan pozisyon politik e sosyal kote wap fe kontak moun si ou pa konnen ou aprann.

Kite'm diw youn moun ka revize sal te konnen deja. Si'w pat konnen youn seri de prensip, se a la denye minit le yo invite w ou pwal pwan liv, wap fe ere kan menm!

Alo, zanmi, se pa bouk emise map fe lavalas sevi non, men anpil moun ki nan keip solid lavalas la, ou met al mande yo, pa aplike bagay sa yo okenn kote, menm le yo reprezante nou. Se sak fe, anpil etranje konn pense ke tout ayisien menm jan an tande!


Dernière édition par dilibon le Mer 16 Sep 2009 - 17:05, édité 1 fois

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mer 16 Sep 2009 - 17:00

revelasyon ekri :

Zafe bonn manye a, plizye jou a lavans avan kanpil nan nou ki nan diplomasy konn sa tre byen e avan ke nou al nan fet ki gen protokol nou repasse e etidye e fe entrennman e nou al nan salon e salle a manje moun!! [u]

Antouka diplomat sayo poko gan eksperyanss potokol lakay yo ditou si chak tan pou li soti fok li rale yonti liv li poul repasse leson yo plizye jou a lavanss .Se komsi chak tan mwin pwal chita a tab fok mwin rale yon ti liv tou poum we kijan pou sevi ak tout sa yo mete lan aranjman yon tab .Revelasyon,kite zanmi a ede nou tande .Kite li fe travay li . Bonn manye pa yon kalite lavalass .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 17:25

Deza,

Mwen sonje nan Holiday Inn kite nan delmas 33 a. Sete youn kote anpil gwo ofisyel nan gouvenman Jean Claude la te konn rankontre. Te genyen youn ti jenn ofisye kite nan sikilasoyn an kite sou tab ak anpil lot minis. Le msie paret sou tab la li rale oyun ti pen ron li fann li epi li mete be ak fromaj andedan li pendan dine potko komanse. Neg yo di msie al manje nan kwisinn nan. Yo fe msie deplase korekteman.... Ou ka pa pat renmen divalyeris men anpil nan oy te konn respekte youn minimum standa!

Mwen sonje le Latoti rive nan Gonayv, li di li grangou. Li rantre nan youn restoran sou plas la, msie telman sal rad ak gres ke tout moun te ront pou msie. Pendan boush li plen lap pale radot!@

Preval rive St Domeng, ti pantalon te telman sere sou li, le lap desann limousinn nan fouk la chire. Sak red la kalson an pat finn blan, tout ti pati msie nan lari. Dim byen eske youn bagay konsa ka fet sou moun.

Preval rive nan Washington, youn atis ayisien ameriken byen koni, invite msie lakay li pou li vinn dine. ANpil moun te la, anpil jounalis te la men yo pat sou menm tab ak msie. Msie pwan larol net pou li. Se li sel ki tap pale. Se nan goumen pou youn lot moun, menm met kay te rive di youn mo. Le li finn manje, kwe'm si'w vle, msie rantre lendeks li nan boush li, li dekrase tout kwen boush li, epi li manje yo anko!

Bagay sa fe'm manke vomi apre mwen finn we li!

Preval anko, denye fwa li soti nan L'ONU'a, li te ale nan fondasyon Clinton nan. APre evenman an ofisyel yo, yo invite dine. Mezanmi, moushe a kenbe foushet la ak kouto tankou oyun manchet, ou pa fouti we pwent anle ni kouto ak kwiye, boush se mityik, mityak, twap, twap. Fey salad rete deye, se ak men li ap rantre yo nan boush li! Mezanmi eske nou ka kontinye genyen moun konsa kap reprezante nou!

Bush papa, pat genyen anpil decorum tou non. Lite genyen youn abitid pale gaye, mete men nan posh li tout tan, pwente lindeks li le lap pale. Se youn dam nan decorum yo te anploye pou ede msie. Malgre sa, le li te rive Japon youn boulet te soti nan lestomak li al frape oyun moun an fas li!

Bush pitit pat tro an fom tou non. Msie te tre rid, men li aprann enpe koman pou li viv nan sosyete. Malgre sa li konn fe anpil fot menm jan le li te konn pale lang anglez la!

Pa genyen pwoblem nan pa konnen, pwoblem nan se nan denye ke ou pa konnen, se nan di ke bagay sa yo se bagay boujwa, yo pa enpotan, se nan refize aprann jiskaske ou rive fe tet ou ront nan sosyete!

Le ou rive devan youn seri de tab, frison ap pran w, ke w ap sote pakse ou pa konn sak akseptab, sak pa akseptab, wap fe ere sou ere, wap sal moun, wap fe konvesayon ki maladwat, wap moushe sou tab!

Wap di byen fo pendan tout moun ap manje poupou kenbe mwen,

Wap pile moun anba tab la,

Wap sekwe tab la jiskaske ve preske kraze,

Dam ki chita bo kote w vle diven ou pa menm we sa, sa pa gade'w, ou pat vini ak moun, aloske lap tann pou w mete pou li, si se pou ou kom gwo soulye lap mouri ak swaf.

Wap manje tankou saf, moun ki fe lontan li pa we manje. Boush ou moutyouk, moutyak, grenn diri pedi jis nan pafouten w....

Kote met kay la diw "konpliman, monshe mwen we ke ou genyen bon jan apeti, ap okipe w de nap la, li met sal mwen te mete li la pou sa."

Ou menm ou pwan sa pou konpliman epi ou di "Ah manje a bon vre wi".

Wap kraze bel ve ra moun yo genyen..

Kote, le ou reyisi ale, yo pwal semante devan bawon samdi pou kite koshon an nan patiraj e ke yo ap di se swa JAME ANKO!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  kami Mer 16 Sep 2009 - 17:52

Preval rive St Domeng, ti pantalon te telman sere sou li, le lap desann limousinn nan fouk la chire. Sak red la kalson an pat finn blan, tout ti pati msie nan lari. Dim byen eske youn bagay konsa ka fet sou moun.
Preval rive nan Washington, youn atis ayisien ameriken byen koni, invite msie lakay li pou li vinn dine. ANpil moun te la, anpil jounalis te la men yo pat sou menm tab ak msie. Msie pwan larol net pou li. Se li sel ki tap pale. Se nan goumen pou youn lot moun, menm met kay te rive di youn mo. Le li finn manje, kwe'm si'w vle, msie rantre lendeks li nan boush li, li dekrase tout kwen boush li, epi li manje yo anko!

Dili,

Si Preval konpotel konsa se paske se malapri kel ye les Preval soti nan yon bonn fanmiy. Se yon fanmi ki te ase eze nan Potoprins. Papal Claude Preval te minis Agrikilti sou Paul Magloire, manmanl se yon fiy Talleyrand, gran famiy nan Gonaives. Si li konpotel konsa mwen ront pou li, manmanl ak papal dwe ap vire tankou yon boul nan sekey yo pou jan yo dwe fache.

Pason, mwen ta rinmin pou kontinye toujou. Gin yon move jess ke fiy nwa (ameriken ak ayisyen) tout tan ap fe ki bay moun ker tounin se ler yo a piblik yo leve min yo by ro yap grate tet yo, epi ler yo fini yo netoye zong yo, jete salte yan ater. Wouch, mwen rayi sa, sa fe malprop.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mer 16 Sep 2009 - 17:57

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Lol Etiquette et savoir vivre - Page 2 Lol
a swiv

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Mer 16 Sep 2009 - 17:59

Kami,

Leve men grate tet la pa di anyen, se le anba bra yo pa fet la. Genyen youn jaden epis anba bra moun nan... Ou konnen se ete ou pwal mete rad bout manch, ou konnen fok ou raze w. Non selman yo pa raze yo, ape sa yo mete poud blanch anba bra yo ki vinn fe youn mas jonn. Woups mama mia!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  kami Mer 16 Sep 2009 - 18:08

Wouy!! mwen gin mal tet!!!
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Mer 16 Sep 2009 - 18:49

Dili kontinye fe travay "pep " la tanpwi siouple .Sesa li bezwin .Apwan saki bon ak sak ipa bon .Mezanmi li bezwin moun ki respekte tout bon .Pa vye demagog ki toujou sou plan toujou sou manti !. Li bezin moun ki vle edike li pou li vinn sivilize tou pou vagabon kap epele mo sivizasyon an lan begue pa vinn pan avantaj de li voye li lan ri al fe tintin pou yo .

Ah .Dili !Toney kraze'm se yon bon travay wap fe la a !Nou bezwwin chanje mantalite pep nou an pou nou sa mache ansanm pou konstwi yon peyi jan w kon di a : Le ayisien komanse ap panse mete tett yo ansanm vre se gade pou lot peyi ap gade' l ap passe telman nap bayo pousye .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  revelation Mer 16 Sep 2009 - 20:56

Deza di: Antouka diplomat sayo poko gan eksperyanss potokol lakay yo ditou si chak tan pou li soti fok li rale yonti liv li poul repasse leson yo plizye jou a lavanss .Se komsi chak tan mwin pwal chita a tab fok mwin rale yon ti liv tou poum we kijan pou sevi ak tout sa yo mete lan aranjman yon tab .Revelasyon,kite zanmi a ede nou tande .Kite li fe travay li . Bonn manye pa yon kalite lavalass.

Kom w se neg ki fo, w pa bezwen repasse leson bonn manye w! Zafe protokol se pa one fits all. Chak peyi gen kilti yo.

Fok nou di w ke Protokol lakou peyi Anglete diferan de Cite Vatican.

Fason ke yo manje an europ ak le Eta-Zini diferan de fason ke yo manje an Ethiopie, Arabie Saoudite kote ke moun retire soulye yo, chita ate e manje ak men yo.

Fok w konnen bonn manye moun sa yo tou pou pa di ke se Lavalas ke yo ye..

Dilibon di : Mwen sonje nan Holiday Inn kite nan delmas 33 a. Sete youn kote anpil gwo ofisyel nan gouvenman Jean Claude la te konn rankontre. Te genyen youn ti jenn ofisye kite nan sikilasoyn an kite sou tab ak anpil lot minis. Le msie paret sou tab la li rale youn ti pen ron li fann li epi li mete be ak fromaj andedan li pendan dine potko komanse. Neg yo di msie al manje nan kwisinn nan. Yo fe msie deplase korekteman.... Ou ka pa pat renmen divalyeris men anpil nan yo te konn respekte youn minimum standa!

Fe yon ofisye wont an piblik e al voye’l manje nan kwizinn nan se yon mank dega, yon radiyes, yon frekansite san parey kite tre kouran pandan epoq sa.
Sa pa rele yon minimum standa nom fre!

Yo pat tap fouti fe TiBobo ou byen BossPaint sa! Al voye yo manje nan kwizinn!

Revelasyon

Nou pa bezwen Duvalierist montre nou bonn manye, avek technoloji, nou konn kote pou nou ale !!

W te met kontinye ribrik bonn manye sa Dilibon !
Men pa mete’l chita sou dô pitit pep la konn model gwo soulye e movez manye !!

Se pa jist sa !!

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Maximo Mer 16 Sep 2009 - 21:17

Kom w se neg ki fo, w pa bezwen repasse leson bonn manye w! Zafe protokol se pa one fits all. Chak peyi gen kilti yo.

Fok nou di w ke Protokol lakou peyi Anglete diferan de Cite Vatican.

Fason ke yo manje an europ ak le Eta-Zini diferan de fason ke yo manje an Ethiopie, Arabie Saoudite kote ke moun retire soulye yo, chita ate e manje ak men yo.

Fok w konnen bonn manye moun sa yo tou pou pa di ke se Lavalas ke yo ye..


E poutan diplomat ayisyen yo jiska avan lavalas la te pase te gen anpil pwotokol e anpil edikasyon, se pa konsa yo te nomen on nèg diplomat, gen lekol pou sa, e diplomat nou yo pa't gen anyen pou apwan nan men anken moun, o kontrè yo te konn briye pa konpotman yo, domaj lavalas la pase e yo ranplase tout diplomat de karyè nou yo pa analfabèt pa bèt yo, kote tout voum se do. Nou pat telman diferan non mon frè avan la desant o zanfè ke ti pè defroke ya menen peyi ya.

Fe yon ofisye wont an piblik e al voye’l manje nan kwizinn nan se yon mank dega, yon radiyes, yon frekansite san parey kite tre kouran pandan epoq sa.

Pito yo fè ofisye ya wont o lye ke se peyi ya ki wont, nan wont li ya la va apwann bonn manyè e pwochenn fwa la konpote li pi byen. Lè on ti moun konpote'l mal se pa pini yo pini'l, lè yon nèg fè on bagay ilegal se pa arete yo arete'l e pini li, lè on nèg gen on movez kondwit an sosyete fok yo di'l li sitou lè se ofisyel on peyi ki sipoze ap reprezante peyi ya, imaj li bay la se imaj tout peyi ya. Ki afè se derespektan sa? Se misye ki derespekte tèt li e lot invite ki te la yo nan movèz kondwit li.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty etiquette et savoir vivre

Message  travers Jeu 17 Sep 2009 - 4:16

dilibon
ca m e facine d entendre tout ca chez nous en france certains haitiens gardent toujours leurs principes .quand aux femmes haitiennes(se banda yo ka tire banda) tellement yo chelbè.elles ne mettent pas de la poudre sous les bras pour tuer (les morpions)
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  piporiko Jeu 17 Sep 2009 - 9:00

travers a écrit:waou!!! dilibon vous avez les competences d un maitre d hotel
BRAVOS

MWEN RENMEN SA A NET..

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Jeu 17 Sep 2009 - 13:41

An nou pale de diven plis an detay http://www.vinsdusiecle.com/

Nan dine jounen jodya, anpil konese dako ke chanpay dwe sevi kom aperitif epi se rarman ke yo sevi 2 diven. Epi pendan repa se met kay la (gason an) ki okipe de diven.

Ki diven ki bon pou chak sikonstans?

• Avek ti soup ke yo rele "potages" la, li ta pi bon pou sevi dlo fre ak oyun diven rouj leje tankou (beaujolais) ou byen diven blan si se youn soup ki genyen nenpot pwodwi ki soti nan lanme ou byen pwason.

• Avek salade ou lot manje ki genyen vineg ladan li : dlo fre selman paske vineg la ka kraze diven.

• Avek pâté : diven rouj leje.

• Avek manje ki genyen ze ou genyen baz ze : diven rouj ki genyen gou pwononse ou byen ki fo (rouge corsé) tankou (bourgogne) ou byen diven blan sek tankou (muscadet).

• Avek pwason se toujou diven blan sek (muscadet). Si se pwason fime, ou ka chwazi youn diven ki pi fo tankou (riesling).

• Avek youn manje ki genyen anpil epis ak piman tankou koukous, vyann curry se toujou youn diven roze.

• Avek vyann rouj se toujou diven rouj ki fo (corsé).

• Avek volay tankou poul, pintad ki nan sos sevi diven blan tankou (riesling, sancerre) ou byen diven rouj leje (beaujolais).

• Avek volay tankou poul ak kodenn sitou, ki boukannen anba fou ou byen ki fri se youn diven leje tankou (côtes-du-Rhône)- Si se kana, ou byen zwa sevi yo ak diven rouj ki genyen youn gou pwononse tankou (saint-émilion, bourgogne).

• Avek fromaj se diven rouj ak gou pwononse ou byen diven blan sek! Si se fromaj kabrit se diven ki genyen esans fwi.

• Avek dese ou dwe sevi chanpay ou diven blan ou byen bon like seriz, dlo fre.
• Toujou sonje ke si wap sevi plisye diven komanse sevi diven blan anvan diven rouj.

• Toujou sevi diven leje anvan diven ki genyen gou pwononse.

• Toujou sevi diven fre anvan ou sevi diven ki genyen taperati chanm ou tanperati nomal.

• Sonje ke tanperati pou sevi diven rouj se 17 degre santigrad, kise tanperati nomla.
• Sonje ke taperati pou sevi diven blan se ant 9 a 12 degre santigrad.

• Sonje ke tanperati pou sevi diven roze se ant 6 a 10 degre santigrad.

• Pou rafreshi diven mete li nan pati frijide a ki fe fret mwens, sa vle di pa janm mete diven nan freezer!

• Anvan ou seivi diven an mete nan youn ti bokot ki genyen dlo glase ak glas lage landan li. Si se diven rouj ou ka vlope nan bel ti twal blan ki imid ou byen ki glase. Si ou vle sevi ak tanperati chanm vlope nan youn twal tyed.

• Kile pou w ouve diven? Si se diven rouj, ou dwe ouve boutey la 10 ou 20 minit anvna ou sevi li.

• Si se diven blan ou sevi li anvan manje ki dwe akonpagne li.

• Pa janm kenbe youn boutey diven nan tet, kenbe li nan ko boutey la.

• Pa janm manyen arebo ve wap mete diven an, kenbe ve a nan ko li ak prekosyon.

• Met kay la dwe ouve boutey la, vide youn ti kras nan fon youn ve epi li santi li, li goute, li retire tout kras ki soti nan boushon an anvan li komanse sevi lot moun!

• Si se youn diven ansyen, vye, kite boushon an arebo boutey la pou si tout pa itilize.

• Apre met kay la, finn sevi youn ve, li dwe vire boutey kote li fe youn koub de 45 degre pou evite gout diven tonbe sou nap la. Genyen atrap gout an ajan ke yo vann pou mete arebo tet boutey la pou anpeshe gout diven sal nap la.

• Genyen bagay ki fet pou depoze boutey diven yo ak karaf yo pouw pa mete li direkteman sou nap ki sou tab la.

• Pa plen ve yo ra boush, plen tout ve rive omwen a 2/3.

• Met kay la dwe poze ve a sou tab la, met kay la pa dwe janm lonje ve bay invite a men nan lamen.

• Met kay dwe asire li ke chak invite genyen youn ve ki genyen diven ladan li.
Manke sevi youn invite se pi gwo gaf youn met kay ka fe. Si genyen plis pase 6 moun sou tab la, met kay la ka mande chak moun pou ranpli ve moun ki chita bo kote li.

• Pinga ou janm ranpli youn ve a mwatye.

• Si se youn diven ki fek paret ke wap sevi, ki diferan de sak te sevi anvan an, met kay ka mande tout invite fini ve yo a anvna li komanse lot la pou gou yo pa melanje.

• SI youn invite di li pa vle double, met kay pa dwe insiste.

• Depi genyen diven fok toujou genyen dlo pou invite yo ka bwe.

• Ou pa beswen vide tout diven nan youn karaf ou byen nan youn lot veso, se pa tout diven ki merite dekante. Men si se diven rouj ki vye kite koushe nan depo pendan lontan, ou dwe ktie le pase ladan li epi vide li nan youn karaf anviron 30 minit anvan ou sevi li. Gou depo a ap rete anba karaf la jiskaske li vinn genyen menm gou!

• Si se iven ki jenn ou ap beswen dekante li, ou pa beswen mete li nan karaf diven, ou ka kite li nan boutey la kote invite ka tou li etiket diven an. Ou byen ou ka vide li nan karaf apre 30 minit ou remete li nan menm boutey la.

• Nan ki ve?

Genyen ve Bordeaux ki genyen gro vant pou diven blan ak ve Bourgogne pou diven rouj. Men ou ka deside kijan de ve wap kite pou diven blan ak kiles wap kite pou diven blan, e ki kalite kap pou chanpay, men sonje oyun bon ve diven toujou pi delika ke ve dlo pou invite yo ka genyen kontak ak diven an epi pou sant nan ka pwopaje nan sal la e ve dwe toujou transparan.

• Si genyen plisye diven, anvan ou pase de youn diven a youn lot, sonje ke se pen ki ak retire gou ak arom premye'a.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  dilibon Jeu 17 Sep 2009 - 14:08

An nou sonje kisa ou pa dwe fe le ou chita sou tab wap manje kom invite:

• Le ou finn manje foushet, kouto ak kwiye dwe tounen nan asyet la. Konsidere asyet la tankou youn revey, rantre kouto a nan dan foushet la nan youn pozisyon de "4h20", kote ki file nan kouto dwe andedan foushet la pou sevant ou byen moun kap debarase tab la pa blese pa ere!

• Apre ou finn bwe dlo ou byen diven toujou pwan swen siye boush byen. Apre chak goje siye boush ou!

• Nou te di sa deja men nap repete pa itilize kouto pou manje salad, ze, pen, pwason, pate ak nenpot patisri!

• Si vyann nan mou tankou pate ak fwa gra pa itilize kouto pou w koupe li!
• Pa dekrase dan w sou tab la ou byen nenpot kote menm. Genyen moun ki itilize lang yo sou dan yo pou yo rale kras vyann ki kol enan twou dan yo, kote yo fe youn gwo bwi malsen twiiiiit... sa pa fet menm nan okenn ka! Sevi ak pwan dan pou fe sa diskretman tou!

• Pa rantre men nan zorey pouw retire kras nan zorey ou! SI zorey ou ap grate w, mande ekskiz pouw ale nan twalet!

• Evite tout aksidan pouw pase gaz sou tab la! Pa janm pense ke yap pense se youn lot moun ki fe'l! NAn peze deye w pouw fe youn van, li ka soti byen fo, le sa'a wap ront anpil! Ale nan twalet pou fe sa!

• An fet evite grate okenn kote nan ko'w pendan wap manje!

• Pa moushe nen'w ou byen dekrase nen'w pendan ou sou tab la!

• Menm si pye w santi pi bon pafen nan mond nan, pa retire soulye w pendan wap manje! Gende moun se le sa yo retire soulye yo pou yo ka frote pye ak kek dam ki bo kote yo, evite ef sa, paske aksidan ka pase kote ou sekw etab la epi bwouyayy!

• Pa pale ak boush ou plen manje!

• Pa ri tro fo. Anpil fwa youn blag pati, tout moun ri epi yo kanpe ou menm se le sa ou tonbe ri, wap ri jiskaske dlo soti nan ke'w! Kenbe diyite'w!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Invité Ven 18 Sep 2009 - 9:19

L'haitien a tendance a rire a gorge deployee quel que soit le milieu ou il se trouve .J'ai toujours trouve que les femmes qui suivent cet exemple des hommes jettent leur dignite ...dans la poubelle de la vulgarite .Je me demande si c'est un trait culturel ...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty etiquette et savoir vivre

Message  travers Ven 18 Sep 2009 - 9:31

je ne crois pas deza
ma tante disait toujour
la betise se met en avant pour se faire voir et l intelligence reste en arriere pour regarder
cela est valable pour tous les pays du monde
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Etiquette et savoir vivre - Page 2 Empty Re: Etiquette et savoir vivre

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 3 Précédent  1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum