Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

+2
Sasaye
Kiloutou
6 participants

Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Kiloutou Lun 16 Avr 2007 - 18:20

Gouvènman an pral vann BON TREZO, li konte vann 1 milya bon trezò.

Moun kap gendwa achte bon trezo sa yo se ayisyen kap viv nan diaspora-a, bon trezo sa yo ap vann pou yon dire de 1 an minimom e 10 zan maksimom. wap ka revann bon trezo w' san pwoblèm lè ou vle.

Lajan bon trzo sa yo ap sèvi pou peye tout anplwaye ke leta dwe, rès la ap sèvi pou demoli site solyè, rekonstwi lojman sosyal modèn lwaye modere.

Eske ayisyen nan dyaspora ki di yo renmen peyi yo, ki toujou ap plenyen pou eta peyi ya ye, ki toujou ap plenyen ki ta renmen evesti nan peyi yo, men bon nouvèl pou nou. eske nap kite pase sa?

eske nap kite gouvènman al kontinye trenen kwil pou peye anplwaye leta ak konstwi site solèy?


Sans malice Joel konbyen bon trezo nap achte?
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Sasaye Lun 16 Avr 2007 - 18:46

Si se vre, se yon nouvèl ki bon vre.
Ondire pitipiti gouvènman saa ap fè bagay pozitif.

Mwen ta swete se pa YODI selman saa ye.
Ki kote ou jwenn nouvèl saa, Jilyen?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Kiloutou Lun 16 Avr 2007 - 19:09

Sasaye se di yo dim,

mande nan abasad ou konsila kote ou ye ya si bon trzo yo deja rive pou yo vann yo.

san diskresyon konbyen bon wap pran?
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  gwotoro Lun 16 Avr 2007 - 19:40

Messieurs,

Evitons de rapporter des informations sur lesquelles on n'a pas d'informations concretes ou sinon, rapportons les comme telles, des rumeurs.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  OBSERVER KEEN Lun 16 Avr 2007 - 23:01

sa wqp pale la, ekwe dyaspora deja fe prev li. ou pap bay dyaspora okin defi paske se 70% nan gnp peyi ya nou kontribiye. se pou ou mande ki sa leta pral fe pou nou, eske leta pral ba nou dwa reprezantasyon, dwa vote ak tout lot bagay yo.
imajine nan yon konpayi, ou se aksyone ki met 70%, men ou gen okin dwa pou di aryen sou desizyon ki fet nan konpayi sa.
se dyaposra ayisyenn lan ki kontribiye plis en tem de resous li ak peyi orijin yo.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Rodlam Sans Malice Mar 17 Avr 2007 - 0:04

Menm si nouvel saa pa soti nan bouch Minis finans lan ou byen Premye Minis lan. men se yon bagay ki te pou fet depi lontan.Men tou fok genyen garanti ke lajan sa pa pral servi pou achte bel vwati bay Depite,bel kay pou Premy Minis ou byen peye yo 120000 dola pansyon chak ane. epi bay Anbasadè bonus.Fok gouvenman di ki to denterè li ap peye moun chak ane e nan konbyen tan wap ka chanje bon yo.,ki kalite bon yo ye. eske yap peye interè yo anyelman ou byen chak 6 mwa. Eske yap vann bon yo ak yon diskont lè moun achte yo.

mwen prè pou m achte pou mil dola pou m komanse ede peyi ya.menm si yo ban 3% denterè map achte yo ;nou pa ka mande pou tout moun achte menm kantite . men mwen kwè si gouvenman montre ayisyen nan dyaspora ke lajan saa se yon lajan ke yo pral mete travay ki pou pwodwi byen ak servis pou pep la ,mwen kwè se devwa nou tout ki te resevwa edikatyon nou gratis ti cheri pou nou remet peyi ya sa li te fè pou nou.Se pa ap ple de di sa ayiti ap fè pou nou se pou nou pran resolityon nou pou nou mande tet nou sa nap fè pou ayiti tou.

Mwen kontan anpil tande nouvel saa ,paske mwen kwè si jounal ,radyo ,nou tout mete zafè patisanery a kote pou nou di sa nan pren ni lavalas ,ni divalyerist , ni gnbist la dann se yon zafè ayisyen ki renmen ti bout tè sa ke zanset nou yo te goumen pou yo te kite pou nou;si se vre nou genyen yon ti kras lanmou ki rete nan kè nou pou ti peyi saa e byen mwen resi tande ke gouvenman an ap fè de twa bagay ki genyan sans.Mwen jire si se vre mwen wè lajan saa ap servi pou soulaje soufrans pep la map achte pou mil dola chak ane.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Kiloutou Mar 17 Avr 2007 - 13:46

Pèsonn moun pa ka di moun kap viv ale tranje pa ede ayiti, paske yo ede fanmi yo.

Men: 95% lajan dyaspora yo voye, retounen kote yo te soti ya, se vre moun yo manje, yo biye, men peyi ya antan ke peyi pa benefisye anyen m'espere nap konprann sam vle di.

Yon peyi ki pa pwodwi anyen lanjan se pase li pase ladan, lajan pa rete ladan. tout lajan dyaspora voye an ayiti bay fanmi yo retounenen etazini direk, genyen ki pase an dominikani, enpe rete e res la repati pou etazini. gen yon pati ki pase kiraso, panama, enpe rete la, e res la repati pou etazini.

Lè moun kap dirije peyi ya di ke dyaspora voye plis lajan an ayiti ke blan an, se vre men gen yon kalkil yo pafè ke lajan retounen kote li te soti ya. Moun yo manje, men pa gen lekol, pa gen wout, pa gen sante, pa gen kouran, pa gen sekirite, fatra ap pete je moun. si pa gen yon politik pou pwodwi byen ak sèvis nan peyi ya, menm si dyaspora-a voye 5 milya chak jou, anyen pap chanje nan peyi ya menm. Moun pa viv de manje sèlman.

Pa bliye ke lajan ke dyaspora voye pa mezon transfè yo, leta ayisyen pa kolekte okenn enpo sou yo; aloske nan peyi kote lajan sa-a ganye a e ki deja peye enpo sou li, takse avan li kite kote lap soti ya.

Donk lide ke gouvènman ap vann bon trezo ak moun kap viv nan dyaspora yo, se yon bon ide, donk moun sa yo ap prete leta lajan, pou ke leta amelyore kondisyon moun kap viv an ayiti ki pa ka pati e ki pa gen moun ale tranje kap voye lajan ba yo. Avèk imlya dola bon ki vann, leta ap ka peye anplwaye ke li dwe plis pase 6 mwa, anplwaye sa yo ki pral touche 6 mwa salè ke leta dwe yo, pral konsome, yo pral achete, lajan sa-a ap sèvi nan lekonomi peyi ya, menm si gen yon pati nan lajan sa-a kap pati aletrajne paske nou pa pwodwi, men moun yo ap manje.

Mwen espere se pa yon rimè, men se yon vrè enfomasyon.

pa bliye ljan sa-a pral sèvi pou konstwi site solèy, yo pral fè site solèy tounen yon vil modèn.

Map fè nou sonje lajan ke moun kap viv nan dyaspora gen nan bank aletranje ke bank sa yo prete moun yo pou yo anrichi peyi yo, se plizyè milya dola.

si nou achte bon trezo leta sa yo se ta pi gwo sèvis nou ta rann peyi nou.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Thunder Mar 17 Avr 2007 - 16:42

Mwen, m'poko ka di anyen toutotan ke nouvèl sa-a pa konfime, paske fòk mwen genyen kondisyon yo devan'm. Men, m'vle ouvè yon ti parantèz sou zafè tax ke leta ta dwe kolekte sou chak transfè yo.

Mwen panse ke tax sa-a ta dwe sòti sou moun ki ap resevwa transfè ya pou 2 rezon : rezon psikolojik ak rezon ke yo rele an angle "fair deal".

Rezon psikolojik : si se sou mezon transfè yo ki wou kolekte tax lan, y'ap oblije monte pri transfè yo ki deja nan 7% sa depan konbyen transfè lan ye. E nou konnen ke Ayisyen parèy nou yo se bèt ki kripya, yo pap konsanti pou yo peye tax 2 fwa sou yon lajan (etranje e nasyonal). Daprè mwen, sa sèlman gen dwa ralanti "flow" transfè yo. E poutan si se sou moun k'ap resevwa lajan-an ke tax lan pran, y'ap pi vit voye yon ti kòb anplis pou kouvri tax lan. Sa vle di kantite transfè-yo ap rete menm jan pandan ke leta ap kolekte tax li.

Fair Deal : expeditè-a peye tax deja, pou tranzaksyon-an balanse fòk lòt pati-an peye tou, 80% ayisyen an Ayiti pa janm peye tax nan vi yo, li lè pou nou aprann yo peye tax epi an retou ya jwi tout dwa yo tankou dwa sante, edikasyon, sekirite elatriye...an tan ke Ayisyen. tankou pwovèb Ayisyen-an di : "yon sèl dwèt pa manje kalalou".

Antouka nou gen dwa pa dakò ak vè'm, men sa-a se opinyon'm.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Rodlam Sans Malice Mar 17 Avr 2007 - 18:04

Men eske leta pa kolekte taxe sou vant an ayiti sa nou rele "Sales taxe isit."Si yo kolekte sales taxe nou pa ka di lajan pa servi peyi ya.Isit nan eta Florida se "sales taxes ak property taxe ke nou peye,Florida pa genyen income taxe poutan tout bagay mache trè byen .

mwen kwè se pou leta regularise sektyon informel lan nan ekonomi ya.Mwen pa kwè se pou bati kay ke leta dwe itilise lajan ke yo ta kolekte nan vann bon yo.Yon nan pwoblem nou ,lè nou resevwa lajan nou pa fè lajan an travay poul pwodwi lajan.Bati kay pou moun site soley pap fè lajan kreye lajan ni li pap ba yo manje ak edikatyon ak swen sante..Lajan saa se nan agrikilti,nan tourisme poul envesti se pou li envesti nan gwo ferm leta ki pou pwodwi manje, elevaj ,pech konsa na bay peyi ya sifisans alimantè e nou kapab eksporte cafe, cacao, figue bannann , mangue, zaboka , melon dous ak tout lot fwi ,paske moun ap chanje diet yo nan peyi eta zuni.nanpren moun ki vle manje menm jan yo te konn manje ankou se sak fè pwodwi natirel yo ap vann chè konsa.menm elvaj si nou fe sa ak lajan sa nou ka vann vyann ak po kabrit ,lenn mouton , Lotrejou map li nan Forbes magasinn yon injenyè ki kite travay li ak madanm li epi ki sa yap fe an Kaliforni se elve "cahmere goats" kabrit ki pwodwi kashmere.Kote ou tap tande yon ayisyen kite job biro pou li al fè sa poutan Ajamu ak madanm li Talibah Al-Rafiq se afro ameriken ki pa vle rete ak non esklav yo anko di ke yo santi yo pi byen.

Fok nou aprann fè lajan travay pou ba nou plis lajan.Se pa depi nou resevwa yon ti lajan epi tonbe achte machinn pou depite , ba diplomat bonus. mache fè touris pou nou touche gwo per diem epi apre sa nou rete ak yon det ke nou pa ka peye menm enterè ya.machinn pap pwodwi byen pou peyi ya o kontrè machinn se lajan li ap fè soti nan peyi ya.

Wi nou beswen netoye kapital la vre men se benefis lajan ki pou fè nou kraze site soley ak site katon pou ba kapital yon meyè figu. nan pren bagay ki dekouraje yon moun lè wap retounnen an ayiti pou avyon an sirvole La salinn anvan li aterri nan chanp daviyatyon ki te genyen lontan se kom si se yon kout ponya ou pran nan kè w ou santi menm lè ya ke w tounen nan lanfer anko 'sa ki pi red depi ou pase selman kek mwa ou kek ane a letranje se komsi lè ou wè bagay sa yo se komsi se nan yon kochma ou ye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  OBSERVER KEEN Mar 17 Avr 2007 - 21:38

peyi ya pa benefisye!!! ekonomy ya se yon sek ke li ye, si mwen voye lajan bay fanmi mwen, kob la peye lekol, setadi li peye pwofese, pwofese ashete manje, setadi, kob la peye mashannn manje, manshan manje bati yon ti kay li peye bos mason. ou we ke kob mwen bay fanmi an ede peyi ya.
monshe, julien pa di bagay konsa.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  gwotoro Mar 17 Avr 2007 - 23:25

Mais Observer Keen,

Il n'y a aucune production qui permette a cet argent de rester dans le pays comme le dit Julien.

Le ciment pour la maison de la marchande vient de l'etranger.

La plupart des aliments et des vetements que les gens achetent vient de l'etranger.

Les compagnies de telecommunication sont etrangeres, donc les paiement de factures s'envolent aussi.

L'essence vient de l'etranger.

Donc, l'argent ne reste pas longtemps dans l'economie haitienne. Pas assez longtemps en tout cas pour lui etre benefique.

La diaspora, de par ses transferts, permet a Haiti de survivre. Mais, survie et developpement sont deux choses differentes.

Malheureusement, en Haiti, nous n'avons pas d'experience de developpement. Nous ne savons pas comment faire, meme si notre fierte de premiere republique noire independante nous amene a penser autrement souvent. Le developpement demande une planification a moyen et long terme, ce que nous n'avons jamais fait dans notre histoire.

Heureusement ou malheureusment, nous entrons tous dans un processus d'apprentissage, ou nous devrons apprendre de ceux qui ont reussi, des autres. A nous de nous en rendre compte.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Kiloutou Mer 18 Avr 2007 - 7:35

Si Preval ak Aristid pat vann siman dayiti, yon bon pati nan lajan sa-a tap rete an ayiti, paske nan 10 ane ki sot pase yo gen anpil konstiksyon ki fèt an ayiti. malerezman siman ki konstrwi kay sa yo soti an dominikani, panama ak lot. gwo somodo 95% konsomasyon peyi ya soti aletranje, donk se tout peyi ya ki rine.
Nan eta ke Preval ak Aristid mete peyi ya, gen repèkisyon menm sou moun kap viv aletranje, paske yo oblije travay plis, pou nouri tèt yo ak nouri moun an ayiti ki fè fas a yon desas ekonomik dirijan iresponsab.

Lot gwo pwoblèm ayisyen ki aletranje fè fas jodiya, se fenomèn telefon selilè ya, 4 konpayi etranje pataje mache a sou do dyaspora, daprè etid ki fèt 30% lajan ke dyaspora voye an ayiti ale na kès konpayi tlefon selilè yo.
se vre yo kreye kelke pos travay, men moun sa yo kap travay la achte pwodwi ki soti ale tranje, donk lajan repati ankò. mwen pa kont nouvo sèvis sa-a ki pèmèt chak fanmi ki aletranje pale ak proch yo an ayiti , pran nouvèl se trè byen. distans ki separe potoprens ak rès peyi ya redwi konsiderablemn. Men si pa gen pwodiksyon an dedan peyi ya, telefonn nan se yon kouto a 2 tranchan, konsekans lan an majè pati sou do moun ki aletranje, ki dwe travay plis plis plis anko pou peye telefon pa yo kote yo ye ya, e peye telefon ki an ayiti ya.

Kisa ki anpeche ke dyaspora envesti nan agrikilti ki se motè devlopman yon peyi. si ayiti rine jodiya se paske tout sa nou bezwen pou manje soti aletranje, donk fok nou arete ak pratik sa.

agrikilti ap kreye anpil travay, lèm di agrikilti se tout bagay ki konpoze agrikilti ya, diri, pwa, vyann, fwi, elatriye.

Yon dyaspora ki ap vante tèt li ke li voye anpil lajan an ayiti, men ki pa pran konsyan ke lajan li voye ya retounenn nan peyi kote li soti ya, se yon move dyaspora.

Yon bon dyaspora ayisyen dwe fè kom dyaspora Izraelyen ak libanè.

Nan 15 an liban vin yon peyi modèn devlope, malgre li te revaje pa lagè. rekontriksyon liban fèt ak èd dyaspora libanè ki envestin nan peyi yo nan byen ak sèvis lajan yo voye yo rete oliban an mlajorite.

mwen pa bezwen pale pou Izrael nout nou konnen pwa peyi sa-a, e se gras a dyaspora juif la ki fè izrayèl sal ye jodi ya.

Si dyaspora ayisyen an pa chanje mantalite, pou arete di pa gen sekirite yo pa pral envesti an ayiti, lè yo gade nan mont yo yap wèl 13H.

Premye kriz grav ke dyaspora sa-a pral konfwonte se ke anpil ladan yo ap vin granmoun yo pap ka travay, anko, anpil ladan yo pap gen retrèt, paske yo pat kotize pou sa.
Dyaspora a pap ka voye kantite lajan li te konn voye an ayiti anko, donk pwoblèm. Pitit dyaspora ki ne nan peyi etranje, ti dyaspora yo, pa wè ayiti menm jan ak paran yo, chak jou yap rekile ko yo sou ayiti, donk pwoblèm.

Donk si dyaspora vle fè yon bagay pou ayiti se kounye ya, après li ap tre difisil.

Kisa ki anpeche dyaspora envesti nan yon izin kap fabrike radyo tranzistò? lè nou konnen peyi sa-a konsome anpil anpil tranzistò radyo. donk pwodwi lokal konsomasyon lokal. konbyen milyon dola ki depanse chak ane nan achte pil pou mete nan radyo?

Sak anpeche dyaspora envesti nan yon izin kap fabrike recho, fè pou repase, frijidè? fabrikasyon lokal, konsomasyon lokal.

sak anpeche dyaspora envesti nan yon izin kap resikle dechè domestik anyiti pou transfome yo, fè yo itil, lè nou konnen dechè domestik pa pèdi anko nan yon pakèt lot peyi?

Sak anpeche dyaspora envesti nan transpo modèn an ayiti?

Sak anpeche dyaspora envesti nan materyo pou konstwi, kom: siman, tol, ak dechè nou resikle yo nap ka pwodi planch ak yo pou konstwiksyon?

Kilè dyaspora ap ede ayiti fini ak tradisyonèl latrin nan tout vil yo, kap polye nap dlo nou yo nan ede ayiti konstwi mezon modèn ki pa koute chè pou chak fanmi an ayiti?

latrin an ayiti se sous gwo maladi kap ravaje ayisyen san ke yo pa konenen.

Dyaspora sispann frape lestomak nou, aji pou peyi nou.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Rodlam Sans Malice Mer 18 Avr 2007 - 13:16

Ou ka mennen bef la bo rivyè ya men ou pa ka fose l bwè dlo.Anvan ou blame dyaspora fok premyèman ou di ke an Israel pa genyen kou deta tou tan.Jwif yo pa volè lajan trezo piblik pou yo voye sere l nan bank etranje.Lekol an Israel se pa selman moun ki ka repete sa franse te ekri nan 18eme syek ke yo forme.klass elit jwif la se pa nan bank wall street li voye sere lajan li.Se yo ki kontwole ekonomi wall street la.ou pa ka konpare dyaspora jwif la ak dyaspora ayisyen,non selman yo pa genyen menm edikatyon men moyen yo pa menm.

nou voye lajan men se sa ki deyè yo ki pou degaje yo pou fè peyi mache,pou fè lajan an travay . apre yon moun finn pase 10 lane nan yon travay li pa fasil poul leve kite travay li pou li retrounen an ayiti.Premyèman pitit li lekol li pa ka retire yo lekol pou l tounen an haiti e pafwa se menm lè lap voye ti chocho a an ayiti ke li menm li ap esaye wè si li a fè yon ti ekonomi poul prepare e kolej ti moun e retret li.Lè li fini ak edikatyon ti moun 20 a 25 lane pase.li blije rete pouljwen sosyal li ak pansyon li.se konsa li gade viyes la rive a 6o ou byen 62 lane li pran retret li .ou ta di koulyè ya ti moun finn gran li genyen yon ti chocho ki asire chak mwa li ka retounen ,men la vi vin pi chè an ayiti ke kote li ye epi pa genyen sekirite , maladi ap fè ravaj ,kidnaping menm se pa pale.ki jan li pral retounnen la.Nou kite peyi ya finn tounen yon dezè koulyè ya se diapora nou vle rann responsab sa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Kiloutou Mer 18 Avr 2007 - 14:13

Kisa ki anpeche dyaspora-a mete kanpe yon fon envestisman pou ayiti?

Lè map pale de envesti an ayiti, mwen pa pale de yon endividi pou ale fè yon boutik kap van krèm ak fresko.
oubyen yon boutik kap vann farin sik ak kleren, kola elatriye.

Lèm di envesti, mwen pale de envesti nan inovasyon, kreye nouvo pwodwi daprè bezwen mache lokal,entènasyonal, devlope pwodwi ki ekziste yo, rantabilite, rechèch elatriye.

ke se wyclef ou simeyis, yo pa ka fè sa pou kont yo, paske sa mande anpil lajan. donk si nou vle fèk coz pou ayiti, se pou na dako pou nou mete kanpe yon fon envestisman kanpe. si nou vle nou kapab, arete fè endividyalis, mete sa nou genyen ansanm pou nou ka vin fo epi nap vanse.

Avèk preske 2 milyon ayisyen ki aletranje nou ka mete yon fon envestisman kanpe ak plizyè milya dola.

Ayisyen ki aletranje nou dwe reapwopriye mache ayisyen an, nou gen devwa, se responsabilite nou.

Yon lajan ki envesti nan siman se pa yon lajan pèdi, yon lajan ki envesti nan nan plante diri, pwa mayi se pa yon lajan pèdi, yon lajan ki envesti nan elvaj se pay on lajan pèdi.

Yon lajan ki envesti nan la rechèch se pa yon lajan pèdi mezanmi, se yon envestisman a mwayen e lontèm.

Yon dyaspora kap ranmase kakas machin al polye an ayiti se yon dyaspora sankoutya.

yon dyaspora kap achete zèl godenn perime pou al anvayi ayiti se yon dyaspora malonèt.

Yon dyaspora kap achete sadin pouri pou al anvayi mache an ayiti se yon dyaspora mechan.

Yon dyaspora kap ranmase vye rad sal pou al anvayi ayiti pou kase sizo tout atizan tayè yo se yon dyaspora malonèt.

se pa sa yo ayiti bezwen, ayiti ap tann yon vrè envestisman nan men tout pitit li ki aletranje poul devlope , poul vin yon peyi modèn.

Wi yon sèl moun pa ka fè sa, men ak yon fon denvestisman nap ka fèl.

Arete frape lestomak nou, arete di se nou ki kenbe ayiti, arete ak pwojè endividyèl. envesti an komen.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Rodlam Sans Malice Mer 18 Avr 2007 - 15:12

mwn pa vle efarouche prud yo men tankou lot moun lan te di ya chak chen ............,moun ki ap pote kakass vye machinn lan se sa li konnen se sa li fè.epi mwen genyen yon zanmi mwen ki dim li genyen yon jeep li ki an pann an ayiti li pat fouti jwen yon pyes pouli nan mache ya se ka yon neg ki genyen yon biznis van pyes de rechanj li te resi jwen pyes li te beswen ya.kiben yo voye motè, transmissyon ;kabiratè machinn ki kraze kiba tou.

moun ki ap fè komes pèpè se pa sa li ta renmen fè men se li li konnen se gouvenman an ki pou pran yon dekrè pou l di moun pa rantre ak rad pepè an ayiti. men tou fok ou pa bliye sa se gwo bizniss li ye o Zeta Zuni tou . gen de lè ou konn ale nan yon lanterman ou wè yon kalite neg ak gwo kostim ki yon ti jan two gwo pou yo se nan Brooklyn yo ale al achte pèpè saa (lol).Wap sezi wè moun ki ap achte meb ak rad nan boutik Salvation Army yo.

genyen moyen pou nou kreye yon fon denvestissman vre se sa ki rele yon mache lajan. fok se bankye ayityen yo ki pa rete selman nan yon sel zafè ti savings passbook, fok genyen investman bankye tou.Pa ekxanp si yon ayisyen vle mete yon chenn otel nan tou bel plaj nan peyi ya men li ka fome yon korporatyon tankou Sheraton konsa moun a envesti lajan yo nan korporatyon saa, sa ki rive tout ayisyen se bizniss pou kont yo yo vle fè yo di w yo pap achte menm yon poul ak moun ,men genyen lwa ki reji yon korporatyon.Se menm jan an nou pat beswen se etranje ki te achte siman dayiti ,ni minoteri.nou te ka achte tou 2; genyen lajan ase nan dyaspora pou nou te achte ni teleco, ni siman dayiti ni minoteri.men se nou ki pou mete tet nou ansanb pou nou fome bank sa yo.Si pa ekzanp lè yo tap vann siman dayiti nou te mete l a la kriye piblik e ke nou te genyen tet ansanb nou te fome yon korporatyon pou nou te achtel mwen kwè li pa ta nan men etranje jodya.

,men se elit la ki pou bouke okipe de fè konplo pou jete gouvenman ,kreye biznis pou moun ki pa ka retounen nan peyi anko ka envesti lajan yo nan bizniss ayisyen .mwen kwè byen si yon moun fome yon korporatyon tankou tyson food pou pwodwi e vann manje an ayiti ayisyen ka envesti nan yon konpayi konsa.se menm jan tou yon konpayi ki ap bati kay genyen moun ki ka envesti nan yon konpayi konsa , yon konpayi prive ki ap bay elektrisite moun ka envesti nan yon konpayi konsa.Yon konpayi ki ap pwodwi medikaman tankou Pfizer, merck, Ely Lily ayisyen ka envesti lajan yo ladann men se moun ki di yo save yo ki pou bouke ap pale de politik fè konplo pou ranverse gouvenman tout jounen ki pou demare peyi ya.

Se jeness la ki pou mande anraje pou yo jwen bon jan edikatyon pou yo ka pwodwi sa peyi ya beswen ,se pa fè yo aprann yon paket bagay ap kè epi lè yo resevwa diplom lan se yon diplom ki pa pemet yo pwodwi anyen.Menm yon bisiklet enjenyè mekanik nou yo pa ka pwodwi. menm si yon machinn beswen yon pyeks de rechanj yo pa ka fabrike li anko an ayiti.nou ka retire pyes mete pyes men nou pa ka fabrike yo.se sak fè tout lajan ke dyaspora voye yo kom ou di pa rete nan peyi ya paske nou pa pwodwi anyen anko.Se pa fot dyaspora. Se edikatyon pèpè ya ki pa pwodwi entreprenè,prodiktè.Mwen pa konnen si se yon sabotaj se nan tout peyi afriken ou tande ke yon paket jenn gason ak jenn fanm chaje ak diplom epi yo nan chomaj yo pa ka fè anyen ak ydiplom yo genmyen yo .Moun lan di w,li se farmasis epi li se yon revandè medikaman selman li ye.li di w li se yon enjenyè mekanisyen mande l ki machinn li pwodwi li pa ka di w poutan japonè ,chinwa , koreyen yo ap satire mache yo ak sa yo pwodwi.Ki jan fè injenyè elektrik nou yo pa ka mete yon santral elektrik kanpe nan peyi ya; pa ka bati yon plant nikleyè tou tankou franse yo.pouki sa nou pa ka pwodwi tren ak tranmway tou.pouki sa nou pa ka pwodwi yon MRI machinn tou?Mwen wè yon mekanisyen aeronotik ki ap fabrike yon ti avyon nan garaj lakay li, genyen mekanisyen ki pwodwi bel motosiklet ,bel machinn nan garaj lakay yo ,mwen wè yon nonm sa li ap fè se achte vye machinn ansyen yo epi li mete yo tout nef epi li ap vann yo kom antik pou yon paket lajan ,si se an ayiti ou ta tande yon ti avoka dyol bokyè di li se yon ti mekanisyen.(lol) ?Fok nou bouke etidye syans po,my a......

si gouvenman an tap fè travay li ,li ta mete enspektè ki pou ekzamine manje pourri sa yo ke w di genyen moun nan dyaspora ki ap rantre nan peyi ya ak yo .si tankou Minis komers la te fè ale nan magazen; fè enspektyon epi vide tout vye pwodwi perime sa yo nan yon kamyon fatra ,yo tap sispann fè li.Ou toujiou tande ayisyen di w degaje pa peche ,se leta ki pou anpeche yo fè sa; non selman sezi vye manje yo men fè yo peye yon amand pou vyolatyon lwa peyi ya.Konsa sa a sispann.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Kiloutou Mer 18 Avr 2007 - 16:27

Sans malice,

Gen 2 ayisyen ki tap koze, nan koze koze yo, yo pale yon bann koze, gen yonn ki di li gen pwojè poul bati yon kay, yonn di li gen pwojè poul achte 2,3 kawo tè poul fè elvaj.
Nèg yo pale yo pale, nan pale pale, gen yonn nan nèg yo ki di, monchè mwen pa gen kè, mwen se yon nonm ki gen kè sansib anpil. Lot la reponn li di monchè wap betize koman ou fè gen kè mou? misye di monchè mwen pa konnen petèt mwen ne konsa. lot la reponn li di non monchè, men sa wap fè: leve yon jou, pa lave je w', pa pale ak moun, ale nan mache achte yon kle gadna san machande, lè ou rive lakay ou fèmen kadna, epi metel bouyi nan yon chodyè byen bouyi, epi pran dlo kadna -a ki byen bouyi ya, metel nan yon gode san lave bwè 7 goje epi aprè kè w' ap vin di tankou fè.

Vwala koman ayisyen fè rechèch, vwala koman yo panse.

ayisyen fè rechèch ke pou yo fè mal.

se yon zanmi ki te rakontem sa, ke li temwen jan de rechech sa yo pou ayisyen ka vin gen kè di pou yo ka fè mal.

Si nou chanje mantalite ala bèl sa ta bèl.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  gwotoro Mer 18 Avr 2007 - 23:46

Citation de Julien

Si Preval ak Aristid pat vann siman dayiti, yon bon pati nan lajan sa-a tap rete an ayiti, paske nan 10 ane ki sot pase yo gen anpil konstiksyon ki fèt an ayiti. malerezman siman ki konstrwi kay sa yo soti an dominikani, panama ak lot. gwo somodo 95% konsomasyon peyi ya soti aletranje, donk se tout peyi ya ki rine.

Nan eta ke Preval ak Aristid mete peyi ya, gen repèkisyon menm sou moun kap viv aletranje, paske yo oblije travay plis, pou nouri tèt yo ak nouri moun an ayiti ki fè fas a yon desas ekonomik dirijan iresponsab.

Vouloir rendre Aristide et Preval seuls responsables de l'etat actuel de l'economie haitienne est simpliste, pour ne pas dire "malhonnete".

Au cours de ces 20 dernieres annees, les mesures qui ont eu le plus grand effet nefaste pour l'economie haitienne ont ete les baisses de tarifs douaniers pour les produits importes et l'introduction sur le marche haitien de produits de consommation pour concurrencer et reduire a neant la production nationale.

En y regardant de plus pres, les baisses des tarifs douaniers ont pour la plupart eu lieu entre 1986 et 1988 (regimes militaires post-JCD), entre 1991 et 1994 (regime de facto Cedras-Francois-Biamby et consorts) et entre 2004 et 2006 (regime interimaire Latortue-Boniface).

Pour l'introduction de produits de consommation sur le marche haitien, je vais prendre 2 exemples: le riz et la farine.

L'importation de riz a commence sous les regimes militaires qui ont succede a JCD et depuis est allee grandissante, entrainant peu a peu la mort de la production agricole dans la Vallee de l'Artibonite.

Lors du coup d'etat 1991-1994, le regime de-facto a fait ferme la Minoterie d'Haiti que la nouvelle administration lavalas avait rendu profitable en seulement 2 mois. Michel Francois controlait (dit-on) le business de l'importation de farine. Ce qui a detruit le marche local et facilite la privatisation de la Minoterie sous Preval I. Le meme "pattern" a ete suivi pour le ciment en Haiti.

Et si on veut poursuivre l'analyse, on peut aller plus loin dans le temps, dans les annees 1970. Je ne ferai pas cette analyse, puisqu'elle a ete excellemment faite dans un article recent d'Haiti en Marche: La relance en Haiti, une histoire de rendez-vous manques (https://forumhaiti.forumactif.com/Forum-sur-le-Developpement-de-la-societe-Haitienne-f2/La-Relance-en-Haiti-une-histoire-de-rendez-vous-manques-t1232.htm?highlight=haiti+en+marche).

On pourrait parler de plusieurs autres choses qui, sur le court terme n'ont pas eu d'effet sur l'economie du pays, mais qui 10, 20, 30 ans plus tard se font sentir.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl Empty Re: Ayisyen ki di yo renmen peyi yo, men yon bon nouvèl

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum