Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -29%
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 ...
Voir le deal
499.99 €

Si m Tap Pale...

Aller en bas

Si m Tap Pale... Empty Si m Tap Pale...

Message  Marc-Henry Sam 7 Juil 2007 - 0:20

Si m Tap Pale... Cam34110

Si m tap pale

Mwen ta di w, lè m gade w
ou sanble tèt koupe
ak gason ke m te reve kontre
lè m pa te kò pèdi rèv fanm mwen
Si m tap pale, lè m gade w
men ta di w ke m wè na je w
limyè lanmou ke mwen te vle
fleri nan vim lè lanjelis pa te ko tonbe
sou jadin pasyon
lanne vin tan m



Si m tap pale, lè ou souri
Mwen ta di w kouman kèm bat,
kouman venn sansib mwen tranble
Mwen ta di w kouman map anraje
paske la vi pase m nan betiz
lè li tan tankou pwa tan
anvan li mete w sou chimen mwen
mwen pèdi pou revè
nan tann twòp
pou nou te fè fas kontre


Si m tap pale, mwen ta di w
kouman le swa lè mal kouche
lespri m pati tankou flonn
al chache w nan fè nwa
nanm mwen kase kòd
lal karese w nan lòt nivo
kote lespri nou paweze


Si m tap pale, ala m ta di w
tout pawòl ki kwense nan kabès mwen
pawòl secrè, pawòl malè
pawòl tòtòt mago fil
pawòl pese souse
pawòl siwèl a de
pawòl pastè legliz rele pawòl lachè
ki ka fèm pèdi lakòminyon m
Pawòl ki dous kou siwo myèl
pawòl ki pou ta fè pye nou pèdi tè


Si m tap pale, mwen ta di w
tout sa m pa janm di pèson
pawòl fanm pa di gason
pawòl piwouli ak dous makòs
pawòl kachkach liben
Men, mwen pè
lang ak je vèditè
jalouzi fèm koule piba ke tè
Fè m pa ka di w jan mwen renmen w
jan ou fè m viv chak ti moman
kote jew plonje nan je m


Sim tap pale, bèl nèg dafrik
dyòl kayimit, koulè kafe
Mwen ta diw kouman zantray mwen
jwe akòdeyon lè ou manyenm


Si m tap pale
cheri. m ta di w,
manch baton moyiz la
travèse dezè soufrans mwen
mache sous pwent pye w
jouk nan mitan tè pwomiz mwen
plante l, plante l
plante ma drapo w sou tèt sitadèl mwen
jete lank plezi w nan fondè mòl sen nikola m
matin midi swa,
ala m anvi w...
Men lavi koupe rasin pawòl lanmou
nan bouch mwen
Lè mwen gade w, si ou li na glas je m
wa va konprann
Ke se sèl men w ki tranble kòd gita m
ki fè ji fanm mwen koule sou mwen
cheri map diw, lè wap vini
m santi m prale, ale, ale...
jouk kote m pa ka rele


Si m tap pale...
a la koze m ta di w, gason
men...pito m pe
pou pawòl mwen pa vante

Par Academieca
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum