Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

An nou pale.

3 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

An nou pale. Empty An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 11:08

Colo ekri :

Thunder,

Mwen menm ak ou sanble nan menm generasion.

Se sak fè mwen di, tonè boulè'm mwen pap kite ou nan men GNB yo.

Pou nou sèvi peyi nou bien, tou dabo, fok nou nan bon kan an. Nan 5 ak 10 zan, se nan men nou mayèt la pral ye

Colo, si mwen kont politik ak pratik lavalas sa pa vle di ke mwen nan kan oken lòt demagòg ak asasen. Mwen chwazi kan m deja, kan pa m se kan PèP SAN VWA A, pèp ki pa janm pale a, ke pifò moun pa menm konnen si yo ekziste a, epoutan se yo ki an majorite a.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 11:14

Thunder a écrit:Colo, si mwen kont politik ak pratik lavalas sa pa vle di ke mwen nan kan oken lòt demagòg ak asasen. Mwen chwazi kan m deja, kan pa m se kan PèP SAN VWA A, pèp ki pa janm pale a, ke pifò moun pa menm konnen si yo ekziste a, epoutan se yo ki an majorite a.

Ou rapele'm ti pè nan Saint-Jean Bosco a.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 11:17

Se pa ti pè ki te mouri depi 7 Fevriye 1991 lan ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 11:24

Thunder a écrit:Se pa ti pè ki te mouri depi 7 Fevriye 1991 lan ?

Mwen pa wè de kilès ou vle pale?

Map pale de tipè a ki toujou popilè an Ayiti ak 90%, sitou nan kè moun pov sa yo ke mwen pran plezi wè wap defan jodia.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 11:31

Mwen poko wè de kimoun wou vle pale toujou, mwen te rekonèt yon moun ki te konn di ke li ap defann yo vre, men moun sa a mouri depi lò li te foure menm l nan lajan moun pòv sa yo, pou regle zafè pèsonèl li. Moun sa a mouri depi premye milyon dola Taiwan nan ki te ale sou kont bankè pèsonèl li.

Moun sa a defann yo nan bouch sèlman, men moun sa soulaje mizè pa l sèlman. Li reyisi san PèP KI PA GENYEN VWA A .

Eske se de menm moun nan ke nou ap pale ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 11:39

Thunder a écrit:Mwen poko wè de kimoun wou vle pale toujou, mwen te rekonèt yon moun ki te konn di ke li ap defann yo vre, men moun sa a mouri depi lò li te foure menm l nan lajan moun pòv sa yo, pou regle zafè pèsonèl li. Moun sa a mouri depi premye milyon dola Taiwan nan ki te ale sou kont bankè pèsonèl li.

Moun sa a defann yo nan bouch sèlman, men moun sa soulaje mizè pa l sèlman. Li reyisi san PèP KI PA GENYEN VWA A .

Eske se de menm moun nan ke nou ap pale ?

Thunder,

Annou poze pwoblem lan yon lot jan.

Eske ou panse yon sèl grenn moun ka konbat koripsion an an Ayiti?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 11:53

Paske yon sèl moun paka konbat koripsyon an Ayiti, sa pa vle di pou li jwenn yo. Mwen pa t espere pou yon sèl moun fè travay la nan 10 lane, men mwen pat espere pou y ap jwenn 300.000 USD k ap pouri nan kòf moun sa a nonplis.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 11:59

Thunder a écrit:Paske yon sèl moun paka konbat koripsyon an Ayiti, sa pa vle di pou li jwenn yo. Mwen pa t espere pou yon sèl moun fè travay la nan 10 lane, men mwen pat espere pou y ap jwenn 300.000 USD k ap pouri nan kòf moun sa a nonplis.

Nap kontinie deba an tèt frèt.

Nap pral bilan pa bilan.

Kijan moun avan misie yo te konnen aji?

Mwen te rete Péguy-Ville, nan Meyotte, bo kay Cédras pandan koudeta a. Misie te pran tout dlo nan zonn la pou mete nan citerne li epi li te betone antre lakay li sèlman.

Titid li menm fè gros citerne pou tout moun jwen dlo epi li fè wout (Boulevard 15 Octobre, Route Delmas 33 pase pa Tabarre, Saint-Patrick, Carrefour Marassa) pou soti lakay li rive nan palè a.

Ou pa wè yon diferans?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 12:26

wouyyyy ! Pale lè mouche t ap agrandi chato l la tou, kote mèt tè ki pat vle vann ak papa a ?

E moun Kafou yo kote 20 milyon dola wout pa yo a ?

Nan tou 2 moun sa yo sanble Duvalier te pi bon, paske li menm li te fè wout Site Simòn. Li te mete tiyo dlo la pou tout moun ki te vle pran tiyo lakay yo. Kisa w panse te apwòch sa a li menm ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 12:33

Thunder a écrit:wouyyyy ! Pale lè mouche t ap agrandi chato l la tou, kote mèt tè ki pat vle vann ak papa a ?

E moun Kafou yo kote 20 milyon dola wout pa yo a ?

Nan tou 2 moun sa yo sanble Duvalier te pi bon, paske li menm li te fè wout Site Simòn. Li te mete tiyo dlo la pou tout moun ki te vle pran tiyo lakay yo. Kisa w panse te apwòch sa a li menm ?

Duvalier se yon viktim. Anpil moun panse depi yon nèg te kontt Duvalier li te yon bon mounm. Maleresman, se pitit moun sa yo ki rapote istwa sou Duvalier.

Mwen pa gen pwoblem pèsonèl ak Duvalier. Men vagabon kite bo kote misie te rand travay misie difisil.

Nan ka pa Titid la, li pat gen mwayen pou li mate vakabon ak zanmi ki tap sabote li.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 13:09

Sa m vle fè w konprann se ke Duvalier li menm pat rete Site Simòn. Epi nan tan lontan sa a li te gen tan konnen ke nou paka rete nan estad bwote dlo sou tèt toujou.

wou wè diferans lan ?

Menm sou rejim yo di ki touye plis moun pou 20 syèk lan an Ayiti, te genyen yon minimòm estanda. Donk zafè fè wout bò lakay oubyen devan pòt lan, tout se demagoji.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 13:14

Thunder a écrit:Sa m vle fè w konprann se ke Duvalier li menm pat rete Site Simòn. Epi nan tan lontan sa a li te gen tan konnen ke nou paka rete nan estad bwote dlo sou tèt toujou.

wou wè diferans lan ?

Menm sou rejim yo di ki touye plis moun pou 20 syèk lan an Ayiti, te genyen yon minimòm estanda. Donk zafè fè wout bò lakay oubyen devan pòt lan, tout se demagoji.

Touye plis moun pou 20 sièk la?

Ou ouvè yon lot deba.

Sa pou misie te fè ak GNB ou kamoken ki te vle destabilize ti peyi a nan menmen li?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 13:21

Kifè depi yon moun pa apiye politik ak pratik li, li genyen dwa lavi ou lanmò sou moun sa a ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Dim 5 Avr 2009 - 13:26

Thunder a écrit:Kifè depi yon moun pa apiye politik ak pratik li, li genyen dwa lavi ou lanmò sou moun sa a ?

Annou di pito, depi yon nounm pran zamm kont gouvènman an, fè mouveman rebèl, li merite mouri.

Se sa branch GNB ke Apeid te delegue Guy Philippe la tap fè.

Se la a wi, mwen di ou te antre nan yon sauce ou pat konnen.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Lun 6 Avr 2009 - 10:50

Konstitisyon an prevwa kòman pou yo destitiye yon gouvènman lejitim, men li pat prevwa kòman pou dechouke moun ki pran pouvwa a an gwo ponyèt. Depi moun ki la pou fè travay la pa fè l, sitwayen peyi a gen dwa pou yo fè travay la ak men pa yo.

Wou pale de rebèl ki merite mouri, ...gen lè se "rebèl" san zam yo ke w ap pale paske se yo sèlman mwen wè ki mouri, tankou : Maxime Desalmours, Brignol Lindor, Jacques Florival... Pandan tan sa "les grenn plen" tankou Guy Phillippe, Chamblain ap paweze nan lakou Peyi Dayiti san pwoblèm. Sou kisa dan pouri genyen fòs ? ...w konnen repons lan.

Fòk mwen raple w ke GNB pat kòmanse rebelyon Gonayiv la. Se rat kay ki t ap manje pay kay. Se Lame Kanibal ke nou te ame pou aneyanti opozisyon an ki te premye mete djòl zam Lavalas sou Lavalas. Alò pinga nou blèm lòt moun.

De ki sòs w ap pale la a ? ...mwen di w sa deja, mouvman GNB a te genyen tout kalite moun ladann ak background ak eksperyans diferan. Sa vle di yo chak genyen rezon pa yo pou yo rantre nan mouvman an.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Lun 6 Avr 2009 - 15:04

Thunder a écrit: Wou pale de rebèl ki merite mouri, ...gen lè se "rebèl" san zam yo ke w ap pale paske se yo sèlman mwen wè ki mouri, tankou : Maxime Desalmours, Brignol Lindor, Jacques Florival... Pandan tan sa "les grenn plen" tankou Guy Phillippe, Chamblain ap paweze nan lakou Peyi Dayiti san pwoblèm. Sou kisa dan pouri genyen fòs ? ...w konnen repons lan.

Thunder,

Depi kilè ou kite Ayiti?

Gouvènman lavalas la pat janm touye opozan politik kite de men vid. Sou rapele oubien wap sonje se So Ann ki te responsab bagay sa a e se igwaz li te distribie. Ou rapele la pli igwaz gwoup 184 te resevwa sou bisantenè, men yon tèt pat kase.

Mwen rete kwè te gen moyen pou moun serie tankou ou ak lot te cohabite ak Titid e evite 3 e okipasion sa a. Malerèsman, Apeid ak Lucas te gentan touche nan men blan an e te oblije limen dife tout pa tou e manipile moun. Si tèt mwen pat soudozepol mwen, yo te ka manipile'm tou.

[color=red]Sou gade bien, wap wè anyen poko regle, lo poukisa nou te dechouke Titid la a?
[/color]

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Lun 6 Avr 2009 - 15:07

Thunder a écrit: Wou pale de rebèl ki merite mouri, ...gen lè se "rebèl" san zam yo ke w ap pale paske se yo sèlman mwen wè ki mouri, tankou : Maxime Desalmours, Brignol Lindor, Jacques Florival... Pandan tan sa "les grenn plen" tankou Guy Phillippe, Chamblain ap paweze nan lakou Peyi Dayiti san pwoblèm. Sou kisa dan pouri genyen fòs ? ...w konnen repons lan.

Thunder,

Depi kilè ou kite Ayiti?

Gouvènman lavalas la pat janm touye opozan politik kite de men vid. Sou rapele oubien wap sonje se So Ann ki te responsab bagay sa a e se igwaz li te distribie. Ou rapele la pli igwaz gwoup 184 te resevwa sou bisantenè, men yon tèt pat kase.

Mwen rete kwè te gen moyen pou moun serie tankou ou ak lot te cohabite ak Titid e evite 3 e okipasion sa a. Malerèsman, Apeid ak Lucas te gentan touche nan men blan an e te oblije limen dife tout pa tou e manipile moun. Si tèt mwen pat soudozepol mwen, yo te ka manipile'm tou.


Sou gade bien, wap wè anyen poko regle, alo poukisa nou te dechouke Titid la a?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Mar 7 Avr 2009 - 1:08

Sa w di ? ...Lavalas pa fouti anvye manb FRAPH tankou Hervé Black, Komandan Sidwann, Martin elatriye... mesye sa yo te konn vide anpil rigwaz ak baton tou sou tout "ti pèmèt". Apa de maspinay yo ke So Ann, Paul Raymond, Rene Civil... Lavalas asasinen anpil moun tankou Christine Jeune, Berthony Bazil, Yo kokobe Bèf ak katouch... Wou ta renmen mwen mete yon lis pou wou Colo ?

Apre 17 Desanm 2001, negosyasyon pat posib ak Fanmi Lavalas anko, Liy wouj lan te gen tan janbe.

Sou gade bien, wap wè anyen poko regle, alo poukisa nou te dechouke Titid la a?


Kesyon sa a pa ka komanse sou Tutud, se pa li ki te premye dechouke. Lot moun te ka mande tou : Si w gade byen, w ap wè anyen poko regle, alo poukisa nou te dechouke defakto 1991-1994 yo ? Poukisa tout milya dola sa yo te depanse ?


Tout sakrifis sa yo, epi anyen pat janm chanje ?

Epoutan kounyea genyen amelyorasyon. Lavalas sot fè plizyè manifestasyon la a, konbyen moun wou tande ki mouri ? konbyen wou tande ki maspinen ? ...konbyen wou menm tande ki pran kout rigwaz ?

Sa vle di, si Lavalas ka san danje pou manifeste jodi a. Se gras ak sakrifis Mouvman GNB a. Bourik travay, chwal galonnen.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Joel Mar 7 Avr 2009 - 10:58

colocolo a écrit:

Thunder,

Depi kilè ou kite Ayiti?

Gouvènman lavalas la pat janm touye opozan politik kite de men vid. Sou rapele oubien wap sonje se So Ann ki te responsab bagay sa a e se igwaz li te distribie. Ou rapele la pli igwaz gwoup 184 te resevwa sou bisantenè, men yon tèt pat kase.

Mwen rete kwè te gen moyen pou moun serie tankou ou ak lot te cohabite ak Titid e evite 3 e okipasion sa a. Malerèsman, Apeid ak Lucas te gentan touche nan men blan an e te oblije limen dife tout pa tou e manipile moun. Si tèt mwen pat soudozepol mwen, yo te ka manipile'm tou.


Sou gade bien, wap wè anyen poko regle, alo poukisa nou te dechouke Titid la a?


Colo,
Lè w ap fè echanj ak moun tankou THUNDER se tan w w ap pè di tande.
Men misye ap konpare mesye FRAPH yo ak mesye ARISTIDE yo.
Sa se malveyans.
Epitou misye se yon ansyen polisye .Kouman yon moun ki panse jan misye te panse an ,te fè lan la polis?
Bagay sa a mwen pa konprann li ditou.Ann Ayiti pa gen sa yo rele "vetting" lan?
Yon moun konsa si le te gen kontak ak mesye STANLEY LUCAS yo kouman li t ap reyaji?
Mesye yo pa ko rekonèt konbyen mal yo fè peyi an ak zafè koudeta yo an.
Ni koudeta 91 lan ,ni sa an 2004 lan se bak yo fè peyi an fè bak.
Mesye rann nou kont de sa ,e sa pa gen anyen pou l wè ak ARISTIDE

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Invité Mar 7 Avr 2009 - 14:04

Joel,

Lorsque je me débats avec Thunder, j'ai un objectif très clair: l'aider à revenir au bercail.

Des jeunes intelligents comme lui doivent etre au service de leur pays et surtout renforcer les capacités motrices de Fanmi Lavalas au bien-etre du peuple haitien.

Retenez bien que Titid a toujours été en difficulté à cause de cette carence en cadres dynamiques et intelligents. Laissez venir ces jeunes à Titid, le pays a besoin d'eux.


Quant à Rico, l'objectif est différent. C'est de lui faire comprendre que ses enfants et petits-enfants peuvent avoir une meilleure vie en Haiti, via les réformes de Titid, que les douleurs du jeun qu'il avait endurées dans ce pays durant son enfance et jeunesse.

Votre serviteur est très habile et n'est pas du tout en train de tuer le temps.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Mer 8 Avr 2009 - 7:17

Joel a écrit:
colocolo a écrit:

Thunder,

Depi kilè ou kite Ayiti?

Gouvènman lavalas la pat janm touye opozan politik kite de men vid. Sou rapele oubien wap sonje se So Ann ki te responsab bagay sa a e se igwaz li te distribie. Ou rapele la pli igwaz gwoup 184 te resevwa sou bisantenè, men yon tèt pat kase.

Mwen rete kwè te gen moyen pou moun serie tankou ou ak lot te cohabite ak Titid e evite 3 e okipasion sa a. Malerèsman, Apeid ak Lucas te gentan touche nan men blan an e te oblije limen dife tout pa tou e manipile moun. Si tèt mwen pat soudozepol mwen, yo te ka manipile'm tou.


Sou gade bien, wap wè anyen poko regle, alo poukisa nou te dechouke Titid la a?


Colo,
Lè w ap fè echanj ak moun tankou THUNDER se tan w w ap pè di tande.
Men misye ap konpare mesye FRAPH yo ak mesye ARISTIDE yo.
Sa se malveyans.
Epitou misye se yon ansyen polisye .Kouman yon moun ki panse jan misye te panse an ,te fè lan la polis?
Bagay sa a mwen pa konprann li ditou.Ann Ayiti pa gen sa yo rele "vetting" lan?
Yon moun konsa si le te gen kontak ak mesye STANLEY LUCAS yo kouman li t ap reyaji?
Mesye yo pa ko rekonèt konbyen mal yo fè peyi an ak zafè koudeta yo an.
Ni koudeta 91 lan ,ni sa an 2004 lan se bak yo fè peyi an fè bak.
Mesye rann nou kont de sa ,e sa pa gen anyen pou l wè ak ARISTIDE

Mwen mete Joel an defi pou li denonse yon bagay ki te konn fèt sou FRAPH men ki pat fèt sou Lavalas. Si Li arive montre sa ak bon jan agiman, m ap sispann konpare 2 fos fè nwa sa yo ansanm. Men si li rete bèbè kom dabitid, pinga li janm pwoteste lè mwen mete kotkot ak figawo sa yo bwadsi-bwadsa.


Ki jan mwen panse ki fè ke mwen pa t ka polisye a ? ...eske se paske mwen pa pran Tutud kom sovè pèsonèl mwen ? ...eske se paske mwen ap denonse sa ke Titidis yo pa vle denonse a ? ...si se pou sa, do m laj.

Si an 2004 te genyen koudeta vre, zo Tutud pa t ap bon pou fè bouton nan moman n ap pale la a. Dènye koudeta peyi a konnen se te nan dat 21 Me 2000. Si tout mwayen te bon pou chase koudetayis 1991 yo, mwen pa konprann kouman fè ke tout mwayen pa bon tou pou rele chalbare dèyè koudetayis 2000 yo ?

Ti kouto w jwenn atè bo chemen, se bo chemen w pèdi sa. Ki ti pa le P, perira pa le mèm P. Baton ki bat chen nwè a, se li k ap bat chen blan an tou. Batwèl ki nan men Sesilya a pa la pou lave rad Ti Loulou sèlman, li la pou bat bounda l tou.

kreyol pale,kreyol konprann.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Mer 8 Avr 2009 - 7:32

colocolo a écrit:Joel,

Lorsque je me débats avec Thunder, j'ai un objectif très clair: l'aider à revenir au bercail.

Des jeunes intelligents comme lui doivent etre au service de leur pays et surtout renforcer les capacités motrices de Fanmi Lavalas au bien-etre du peuple haitien.

Retenez bien que Titid a toujours été en difficulté à cause de cette carence en cadres dynamiques et intelligents. Laissez venir ces jeunes à Titid, le pays a besoin d'eux.


Quant à Rico, l'objectif est différent. C'est de lui faire comprendre que ses enfants et petits-enfants peuvent avoir une meilleure vie en Haiti, via les réformes de Titid, que les douleurs du jeun qu'il avait endurées dans ce pays durant son enfance et jeunesse.

Votre serviteur est très habile et n'est pas du tout en train de tuer le temps.

Fok lavalas t a chanje mèt, chanje metye epi tounen yon aktè pozitif pou peyi a. Apre sa, pase m pran m pou m ka pote labanyè a pou yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  piporiko Mer 8 Avr 2009 - 10:27

colocolo a écrit:Joel,

Lorsque je me débats avec Thunder, j'ai un objectif très clair: l'aider à revenir au bercail.

Des jeunes intelligents comme lui doivent etre au service de leur pays et surtout renforcer les capacités motrices de Fanmi Lavalas au bien-etre du peuple haitien.

Retenez bien que Titid a toujours été en difficulté à cause de cette carence en cadres dynamiques et intelligents. Laissez venir ces jeunes à Titid, le pays a besoin d'eux.


Quant à Rico, l'objectif est différent. C'est de lui faire comprendre que ses enfants et petits-enfants peuvent avoir une meilleure vie en Haiti, via les réformes de Titid, que les douleurs du jeun qu'il avait endurées dans ce pays durant son enfance et jeunesse.

Votre serviteur est très habile et n'est pas du tout en train de tuer le temps.

REZONE THUNDER ,SE KOMSI SI TA WE AL CAPONE VINN DIREKTE BANK SANTRAL.MWEN DI W SA ,YON MILITE AK YON POLISYE PA PI ITIL KE YON BAYAKOU.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Thunder Lun 13 Avr 2009 - 10:10

Mwen pa kwè nan lapawòl sèlman. Mwen kwè nan rezilta. Leve defi ke m te bay Joel la epi m ap sispann konpare 2 fòs fè nwa sa yo.

Yon lòt kote, w pale de polisye ak militè ki pa pi itil ke yon bayakou, pa vre ? ...Teknikman, yo 3 a fè apeprè menm travay. Men sa ki rapwoche yo ansanm plis, se paske yo genyen yon ènmi komen antre yo ki se Kaka. Yo di Kaka konn jwe foutbòl, men se pa nou tout ke misye ka bay gòl ak men, nou ta pito bwote l swa al jete nan lanmè oubyen anbake l tankou yon pil ranyon sal nan menm avyon li te tounen an. (lol) S AK PA KONTAN, BWè PWAZON! (lol)

Thunder, Le Gardien. (lol)
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  piporiko Lun 13 Avr 2009 - 12:37

Thunder a écrit:Mwen pa kwè nan lapawòl sèlman. Mwen kwè nan rezilta. Leve defi ke m te bay Joel la epi m ap sispann konpare 2 fòs fè nwa sa yo.

Yon lòt kote, w pale de polisye ak militè ki pa pi itil ke yon bayakou, pa vre ? ...Teknikman, yo 3 a fè apeprè menm travay. Men sa ki rapwoche yo ansanm plis, se paske yo genyen yon ènmi komen antre yo ki se Kaka. Yo di Kaka konn jwe foutbòl, men se pa nou tout ke misye ka bay gòl ak men, nou ta pito bwote l swa al jete nan lanmè oubyen anbake l tankou yon pil ranyon sal nan menm avyon li te tounen an. (lol) S AK PA KONTAN, BWè PWAZON! (lol)

Thunder, Le Gardien. (lol)


S AK PA KONTAN, BWè PWAZON! (lol)
OU WE JAN LAVALAS LA GEN BON BAGY LADAN'L.GADE SA LI FE POU WOU.GADE W JAN PRAN SITASYON MET BELL ANGELO A.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

An nou pale. Empty Re: An nou pale.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum