Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur ...
Voir le deal
600 €

De ki pèp na p pale.

4 participants

Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Jeu 8 Nov 2007 - 1:15

Nou komèt yon erè souvan, lè na p trete pep Ayisyien an tankou timoun.

Nou toujou ap di yon seri de bagay tankou:
-Se pou nou edike pèp la.
-Se pou nou fè sesi oubyen sela pou pèp la.

Komsi pèp la pa kapab panse pou li di sa li bezwen.

Se petèt youn lan pi gwo pwoblèm avansman ak devlopman peyi a.

Paske atitid saa kontiniye sistèm eksklisyon ki pa kite pèp la patisipe lan devlopman peyi dapre sa li ta defini kom priyorite pa l.

Lè nou di pèp, na p pale de peyizan, de moun ki rete lan bidonvil, sa ki lan pwovens ak lan zonn riral yo.

Tout moun sa yo konnen sa yo vle e yap di w, si w al mande yo.

Tou sa ki reprezante yon imaj pozitif de Ayiti soti lan pèp la:
Mizik, penti, literati, atizana, et latriye.

Pi gwo revolisyon lan istwa dAyiti se lan pèp la li soti:
Kako, Pikè, 1946, 1986.

Nou wè kijan pèp la reyaji an 2004 e lan dènye eleksyon yo.

Yo montre ke yo konprann politik ak sitiyasyon peyi a pibyen pase anpil politisyen epi yo bay lelit la ak tout klas politik la yon leson ke yap riminen jiskounyea.

Si nou vle travay pou yon chanjman toutbon, se pou nou mete ak pèp la, tande sa la p di, pale ak li.

Lè nou tout genyen yon konsansis, lè saa, Ayiti va derape.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 8 Nov 2007 - 7:51

Nap pale de ouvriye ki ap touche mwen ke 2 dola pa jou, nap pale de peyisan ki pa ka jwen tè pou yo travay ki pa ka rete nan peyi ya paske gouvenman yo pa janm ba yo oken servis. Nap pale de moun ki rete nan bidonvil kote menm kochon nan peyi etranje pi byen loje.

Wi fok nou edike pep la pou li pa pran nan bel pawol anko.pou li konprann ke liberatyon l se li menm ki pou lite pou li. nanpren oken Tonton Noel ki pral vinn pote kado pou li;liberte se wou ki pran l 'yo pa ba moun liberte ni yon amelyoratyon depi ou pa rele anmwe.Tankou malcom X di ya moun ki chanje vi yo se moun ki pa pè mouri e ki rele anmwe lè yap soufri.Nou vle pou pep ayisyen mwen dosil ;"zafè pito nou led nou la "'fok li chanje a "pito nou mouri tan nou led."
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Jeu 8 Nov 2007 - 10:55

Sa m ap eseye di laa, sèke pèp la konnen tou sa w di a.

Ouvryie a konnen salè l paka bay limem ak fanmi l manje.

Peyizan an konnen li paka kiltive tè a anko se sak fè li vinn lan bidonvil oubyen Sendomeng.

Malere konnen poukisa yo paka jwenn travay.

Si w mande yo, ya p di w poukisa.

Men pwoblèm nan sèke moun ki vle ede yo konprann yo gen solisyon ak tout sitiyasyon sayo san yo pa jam pale ak ni peyizan an, ni ouvryie a.

Kestyon an se: kisa yo vle?

Sak fè yo reaji jan yo fè l la, se paske yo konnen ke pa gen diskisyon ni ak gouvenman, ni ak emplwaye, ni ak lasosyete pou tout moun pwogrese.

Yo pa ta bati bidonvil, si yo te kapab negosye yon teren e jwen materio pou yo bati, mem jan yo fè lan patlen yo.

Abitan bidonvil ak move rakwen pata pran lèzam pou yo jwenn manje.

Lè yo te leve avèk Chalmay Peralt pou konbat okipasyon, lelit nou yo ta p kolabore ak meriken.

Se yo kite leve e pran libète yo kom esklav epi se yo ki ba nou endepandans.

Tousen, Desalin, ak pifò ero nou yo, sé lan pèp la yo soti.

Donk an pale avèk yo petèt nou tout ka pwofite.

Sé pa politisyen ki pou ranjé Ayiti, sé noumem.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  revelation Ven 9 Nov 2007 - 9:25

Sasaye di:
Abitan bidonvil ak move rakwen pata pran lèzam pou yo jwenn manje.
Gen anpil pep ki pi malere pase Ayisyen ki pa pran le zam kont fre ak se yo pou jwen manje.
Anpil pep travay pou yo jwen manje, e sak pa gen terain ak plantasyon pou yo kiltive yo patisipe e kole ko yo avek lot peyizan paray yo nan konbit rekol pou jwen manje.
Poukisa se pa la vyolans pou nou rezoud problem sosyal nou?????
Rod San Malice di:
Tankou malcom X di ya moun ki chanje vi yo se moun ki pa pè mouri e ki rele anmwe lè yap soufri.Nou vle pou pep ayisyen mwen dosil ;"zafè pito nou led nou la "'fok li chanje a "pito nou mouri tan nou
Rod sa w di la telman pa fe sans mwen pap bay opinyon mwen sou sa.
Si w trouve ke pep la tro dosil, e byen bayo manje gep, vonvon ak piman bouk pou yo sa vinn pli mechan ke yo ye la e pou yo al touye fre ak se yo!!
Sasaye di:
Lè yo te leve avèk Chalmay Peralt pou konbat okipasyon, lelit nou yo tap kolabore ak meriken.
Sasaye li le li tan pou nou fini avek cheap shot sa yo!!
Lelit la te batay tou, jan yo te konnen!!!
e avek zamm ke yo te genwen!!
Nan 50 a 100 tan anko ti jenn intelektyel yopral mande apa se Dread Wilme e Metayer, Ti Sonnin selman ki tap batay kont MUNISTAH!!!
Kote lelit intelektyel nou yo ki Kanada, EtaZini e tout lot kote yo!!!
Se menm bagay sa yo ke w di la wi!! Mwen souwete ke jenn kap vini yo ap pi intelijan pase nou pou yo konnen ke se nou tout ki tat goumen, jan nou konnen.
Depi gen okipasyon, se tout moun, tout klass sosyal kap goumen jan yo konnen.!!!
Sispand bay pep la manti!!
Di li la verite!!
Si nou pakab fe youn bagay di kareman ke nou pa gen mwayen pou fe li, pa lonje dwet sou lelit la komm exkiz!!
Se malonet sa!!!
Sasaye di:
Se yo kite leve e pran libète yo kom esklav epi se yo ki ba nou endepandans. Tousen, Desalin, ak pifò ero nou yo, sé lan pèp la yo soti.
Mwen ta remen ke moderate forum nan pran sanksyon kont moun kap nonmen non hero nou yo pou gran mesi!! Kite Toussaint, Petion, Dessalines trankil!!
Yo finn fe travay pa yo nan epok pa yo!!
Nonmen non yo pou nenpot ti krik ti krak pap chanje anyen!!
Se aji menm jan avek yo e refleshi e negosye menm jan ke yo te fe a pou lite anba kominote internasyonal la ki te vle retounin Ayiti anba lesklavaj.
Intelijan e sajess, se sa ki konte sitou le advese a gen tout avantaj sou nou!!
Sasaye di:
Donk an pale avèk yo petèt nou tout ka pwofite.
Sé pa politisyen ki pou ranjé Ayiti, sé noumem
Sasaye, nap viv nan youn sosyete kote ke gen otorite, ke pep la eli e ki reprezante li.
Se pep la ki mete yo la e se pep la ki pou pale avek yo e prezante doleyans yo bay leta.
Zafe intelektyel aktivist kankou nou kap exsite pep la a la vyolans pandan ke nou chita nan salon nou, se malonet sa!!
Se vakabondaj intelektyel, teknolojik, insanse e mortel ki kap fe anpil viktim.

Menm si ke mwen ta peye youn tiket avyon pou nou al patisipe nan youn manifestasyon kraze grenn nan bouda avek pep la, anpil nan nou tap reflechi 100 fwa avan ke yo deside patisipe.
Paske nou tap panse a fanmi nou, a travay nou, a byenetre nou ak anpil benefis ke anpil nan nou pa deside sakrifye pou pep la!!!!

Sispand voyè montè pou gran mesi!!

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 9 Nov 2007 - 9:45

Revelatyon

Lè mwen ekri yon bagay fok ou reflechi anpil wi anvan ou di sa mwen ekri pa fè sans.Poukisa te genyen revolutyon an Frans?Poukisa te genyen revolutyon nan kolony an amerik yo. poukisa te genyen revolutyon bolchevik la.poukisa te genyen revolutyon kiba. poukisa te genyen revolution Saintdomingue ke Boukman ak Toussaint ak tout lot esklav yo te revolte.Si w tap viv an frans lè Rousseau tap ekri konsa ou ta di li sa li ap di yo pa fè sans tou paske ou pa nan posityon moun ki ap manje biskwit labou, ki ap domi kote ki pi mal pase kote chen domi nan peyi etranje , kote lè pitit yo malad yo paka mennen li ka doktè , kote malnitrityon ap touye yo ak tiberkiloz a koz de yon elit repiyan e malpwop.

Ou konnen byen sitiyatyon 95% ayisyen pi mal pase sitiyatyon afro amriken yo poukisa Malcom ak tout lod leader mouvman dwa sivil yo te leve kanpe nan ane 60 yo paske diskriminatyon te two red;se sak fè fos mal yo touye ni malcom , Ni martin , Ni john e Robert kennedy .malgre tou ti moun nwa te ka ale lekol. si yo te malad yo te ka jwen swen nan lopital.Si wou ou pat konn soufri an ayiti ou pa ka anpeche ke mwen ki te manke pran tiberkiloz ak malaria nan mache nan morn tout kote ka abitan pou ba yo grenn kont malarya rele anmwe pou sitiyatyon malouk ak soufrans ke mwen konstate ke majorite ayisyen ap soufri.Wi mwen repete sa Malcom te di ya.e se vre lè ou oprime pa yon gwoup malfektè se dwa w pou anploye tou moyen ki nésésè pou chanje sitiyatyon w ;se sa ke zanset nou yo te konprann.malerezman sa yo te fè ya se lave men siye a tè paske kolon neg ak milat yo ranplase kolon blan yo ;dayè yo pi mechan pase kolon blan ki te konn ba esklav o mwen manje.;esklavajis ki an ayiti yo koulyè ya menm manje yo pa permet ouvriye ak peyisan manje anko.

Tan pri souple si w vle nou rete nan sivilite pa janm di ke sa mwen ekri pa fè sans anko pase lè w di sa ou fè m konprann ke se klass esklavajis la wap defann epi ou vle fè m di mo ki pa bon.Ou genyen dwa pa dako ak sam di ya .Chak moun fè ekperyans yo nan la vi saa epi se moun ki fè voyaj la ki ka di sa li wè.Chak laj genyen bagay ou ka fè ,genyen yon tan mwen se te pot drapo nan manifestatyon devan palè lejislatif nan Port-au-prince ,menm nan New York tou ;chache konnen wa wè foto.men koulyè ya gras a enternet la ak jounal nou ka ba pep la bon jan edikatyon sivik pou yo mete tet yo ansanb pou yo soti nan malsite saa ke yo ap sibi depi 4 syek.Lè yon gwoup moun soti pou kidnape lider ki ap defann dwa pep la ,ap krase statyon radyo ap fenmen jounal ki ap defann dwa tout moun e byen se devwa pitit pep la pou yo organise yo pou yo koresponn ak malfektè ,sanginè, kriminel, mèsenè,eksplwatè ,malpouwont.Zafè pou rat ap mode yo epi apre ap soufle komsi pou soulaje doulè nanpren oken moun sanse ki ap pran nan kraponay saa anko.ni napren oken zafè tounen lot bo figi ya pou yo fout nou souflet an ko ;yon èy pou yon èy ;se swa yo rekonet ke tout moun se moun ou byen janl pase li pase.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Ven 9 Nov 2007 - 10:45

Revelasyon,

Eske w serye?

Se pou w di m kijan lelit ayisyènn nan te konbat okipasyon an.

Deki sosyete wa p pale kote pèp vote pou reprezantan ki defann interè yo?

Peyizan an gen lontan lap fè konbit, lap fè kòve pou li kapab bay tèt li mwayen pou li viv e manje.

Eske w vle li fè yon lòt 200zan lan mem bagay la oubyen li vinn yon sitwayen Ayisyen mem jan ak wou e mwenmem?

Ouvryie a travay tankou yon bèt pou li fè fanmi l viv.
Yo ba l yon salè ki paka achte ni manje, ni anyen ke li bezwen.

Eske w vle pou sa kontinye?

Povwete e lamizè tèlman rèd lan pwovens epi seksyon riral ke abitan desann vinn rete lavil, lè yo paka jwenn kote pou yo rete, yo bati site katon.

Si yo mande pou sa chanje, eske wa p rele sa vyolans?

Moun ki ap plede pou ameliorasyon sitiyasyon moun defavorize, se pwogrè yap cheche.

Lanpwen ni malonèt, ni vagabondaj si yon moun sinpatize ak viktim sosyete a.

Dayè, ou lan move patiraj, paske ou pa fouti di m se lan lelit ou soti. Donk se pou w defann kòz pèp kote ou soti a.

Se moun ki refize yo pwogrese ki lakòz vyolans.


Dernière édition par le Ven 9 Nov 2007 - 19:05, édité 1 fois
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 9 Nov 2007 - 15:42

Menm yon kanadyen ki pa ayisyen di:"Si kanadyen te trete chen lakay yo menm jan elit ayisyen trete peyisan ak ouvriye se pou gouvenman kanadyen te mete yo nan prison pou kruyote anver zannimo."E li pa fout manti.

Men yon ayisyen ap vit defann lelit repiyan an ;lè m palé de lelit mwen pa palé selman de moun koulè yo non ;mwen pale de lelit nwa ki pito ap pran lajan pou yo achte Lexus , mete servis dentelijans ki pa itil anyen pou yo volò lajan leta, mwen pale de diktatè ki volò lajan peyi ya voye sere nan bank etranje tandis ke ti moun pa ka jwen ban nan lekol pou yo chita ,lekol pa genyen tablo ni pot,lopital pa genyen menm yon moso gas pou yo panse yon blesi ou byen pou ba moun premye swen.pa genyen anbilans nan yon peyi pou lè moun malad pou yo mennen yo lopital se sou branka peyisan ap mache ak malad pandan plisyè kilomet pou yo mennen yo ka doktè, mwen wè yon fanm ki genyen yon kansè nan sen nan Pointe a Raquette. ou pa fouti rete yon ti moman nan kay la.lè m mande l poukisa li pat alé wè yon doktè li di m li pa genyen moyen poul menm peye batiman poul rantre Port-au-prince al lopital jeneral menm si li te ale la yo pa tap ka fè anyen pou li.

ki donk lè ti boujwa pa ka konprann sa mwen ap pale piga yo vinn pran poz gwo zentelektyel sou mwen .Paske mwen wè soufrans pep la, mwen pataje soufrans sa yo ak yo.Alò moun ki pa konnen soufrans sa yo se fenmen bouch yo.Kite moun ki konnen sa pep la ap soufri mete malsite ,soufrans lanfer sa pou tout ayisyen pran konsyans e pou etranje ka konprann poukisa ayisyen ap vinn mouri sou plaj florida tankou se bet ki ap kouri pou yon kote ki genyen di fe.Se pa san wont yo san wont se paske boujwa patripoch ak tout elit malpouwont yo pa bayo moyen pou yo viv ankò,yo pito ap achte machinn de liks, touche gwo per diem ;gwo bonus; yo kreye yon paket vye pos Senatè, depite ,Anbasadè,konsil Premye Minis ;konseye elektoral, komisyonè, delgue ,vice delegue, manb komisyon kominal, asanble kominal ,asanble depatmantal Minis de la kilti ,Minis de la kondityon femininn, Minis afè sosyal , Minis de la sante et de la popilation pou se yo ki pataje tout reset leta tandis ke majorite ayisyen pa ka jwen dlo pwop pou yo bwè.mwen pa beswen di w pou yo ta jwen manje ki pou fè yo devlope e viv an santé.

Tankou Docteur Lominy di ya si se pou konsa bagay yo kontinye e byen endepandans la pa fè sans ke nou asosye ak yon lot peyi ki ka ba moun sa yo ki ap endire soufrans saa yon souf.Se egoyis ,san charité ki fè yon moun ap gade kalite soufrans saa epi pou vle bagay yo rete menm jan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Ven 9 Nov 2007 - 19:27

Tout moun tap goumen jan yo konnen?

Genyen ki pran lèzam !!!!!
Genyen ki voye woch kache men !!!!
Genyen ki pran pòz yo avèk pèp pou yo pran enfomasyon pou bay lenmi pèp la !!!
Genyen ki kareman mete yo kote okipan an epi yap di se sa k bon pou pèp la !!!!!
Genyen ki vann sèvis yo e fè anpil lajan ak anvayisè a !!!
Genyen ki fè pitit yo maryie ak blan yo tou !!!!

Ki lòt jan ankò, Revelasyon ?

Pèp la sé oumen ak mwen.

Se pou nou mete tèt ansam, pou nou aprann pou nou ka konprann kote enterè nou tout ye.

Lan tout popilasyon ayisyènn: 8 milyon an Ayiti e 3 milyon lòt bò dlo, 98pousan se pèp la.

Ti rès ki rete a se sa yo rele lelit la.

Se pou nou mete nosyon saa lan tèt nou pou nou pa konprann nou fè pati de 2pousan an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  revelation Sam 10 Nov 2007 - 11:19

Rod di:
Le mwen ekri yon bagay fok ou reflechi anpil wi anvan ou di sa mwen ekri pa fè sans.Poukisa te genyen revolutyon an Frans?Poukisa te genyen revolutyon nan kolony an amerik yo. poukisa te genyen revolutyon bolchevik la.poukisa te genyen revolutyon kiba. poukisa te genyen revolution Saintdomingue ke Boukman ak Toussaint ak tout lot esklav yo te revolte.
Le mwen di ke sa w di a pa fe sans se pa neglije ke m neglije sa w di a. Li pa fe sans paske w fe alisyon ak revolisyon franses, Russe, Dessalines Petion etc san ke w pa mete suje debat nan kontex aktual la e na epok ke nap viv.
Fok w we ke se menm peyi a se menm pep la se vre , min epok la diferan e enemi yo diferan tou.
Fok w remake ke Ayiti mamb anpil organizasyon internasyonal e kom mamb fok Ayiti adere a lwa oganizasyon sa yo.
Mwen souwete ke le Sasaye poze kestyon sa: De ki pep nap pale la? Li vle di si mwen pa trompe m tout pep Ayisyen an general.

Paske si nou divize pep la an diferant klass sosyal, lelit, klass travayez la ou klass mwayenn nan e finalman klass defavorize yo nou pap jamb rezoud pwoblem peyi a an general.
Chak moun pral chwazi youn klass e a pati dela komanse voye monte pou klass sa san pou otan we pwoblem peyi a tout antye.

Pa egxamp, si gen youn pil fatra santi anba la vil la se tout moun ki pran sant li, ke w boujwa, ke w malere, ke w se tourist.
Si 2 klass sosyal sa yo mete ansamb pou retire pil fatra santi sa, se yo tou lede ki benefisye, e peyi a benefisye tou.

Si pa gen lopital, pa gen lekol se boujwa e pmalere a ki soufri.
Boujwa oblije depense lajan li nan peyi etranje poul al pran souyenyaj e voye pitit li al lekol lot bo dlo e depense anpil lajan akoz de sa.

Si boujwa ak malere a mete an samb, lajan sa yo kap rete nan peyi a.

Nap poze kestyon Sasaye a anko: De ki pep ke nap pale la??
Rod di:
ki donk lè ti boujwa pa ka konprann sa mwen ap pale piga yo vinn pran poz gwo zentelektyel sou mwen .Paske mwen wè soufrans pep la, mwen pataje soufrans sa yo ak yo.Alò moun ki pa konnen soufrans sa yo se fenmen bouch yo.Kite moun ki konnen sa pep la ap soufri mete malsite ,soufrans lanfer sa pou tout ayisyen pran konsyans e pou etranje ka konprann poukisa ayisyen ap vinn mouri sou plaj florida tankou se bet ki ap kouri pou yon kote ki genyen di fe.
Alo moun ki pa konnen soufrans pep la se fenmen bouch yo!!
Wap mande Bill Gates ak Bono U2 e lot moun rich yo kap fe zev a malere pou fenmen bouch a yo ????

Se genre de deklarasyon fantezist sa yo ki fe ke moun pa pran nou o serye e fe ke peyi a pap jamb avanse.

Se sak fe ke gen anpil moun ki kidnape e pran koz pep Ayisyen an an otaj paske yo konprand ke se yo ki mandate pou pale pou pep la e ke se yo ki gen solisyon an.Donk yo divize pep la an 2 moso, lelit e malere.
Rod di:
Se pa san wont yo san wont se paske boujwa patripoch ak tout elit malpouwont yo pa bayo moyen pou yo viv ankò,yo pito ap achte machinn de liks, touche gwo per diem ;gwo bonus; yo kreye yon paket vye pos Senatè, depite ,Anbasadè,konsil Premye Minis ;konseye elektoral, komisyonè, delgue ,vice delegue, manb komisyon kominal, asanble kominal ,asanble depatmantal Minis de la kilti ,Minis de la kondityon femininn, Minis afè sosyal , Minis de la sante et de la popilation pou se yo ki pataje tout reset leta tandis ke majorite ayisyen pa ka jwen dlo pwop pou yo bwè.mwen pa beswen di w pou yo ta jwen manje ki pou fè yo devlope e viv an santé.
Mesaj sa Rod se pou klass dirijant la pou voyel.
Pale avek yo direkteman.
Voye mesaj sa direkteman bay misnis afer etranjer la si w trouve ke gen trop diplomat ki pap fe anyen.
Voyel bay minis de la sante a, si w trouve ke pa gen ase lopital nan peyi a.
Voye mesaj la direkteman bay CAMEP si w trouve ke system distribisyon dlo a pa nan benefis pep la.
Si w trouve ke chak fwa ke gen sevis sosyal kap separe nan peyi a, yo soti pou fe la denye fe degui e fe koutay sou do pep la. Rele ammwee deye dirijan e tout akolit li yo.!!
Se dirijan sa yo ki konsene !!! Se yo ki pou fe travay yo !!

Sispand digue lelit la avek youn bout bwa e joure yo boujwa malpou wront, boujwa patripoch, wap fe yo vinn pi mechant anko.

Travay nou se mete anpil oganizasyon soupye e elatrye bezwen organozasyon sa yo bay kominote a e invite yo pou yo patrone program oganizasyon sa yo.
Sasaye di :
Eske w serye? Se pou w di m kijan lelit ayisyènn nan te konbat okipasyon an.
Mwen pat la an 1915 men, Laleau, Bellegarde, Price Mars, tout intelektyel Les Griots te la.
Se pat Charlemagne Peralte ak les Caco ski tap batay kont okipasyon an !!

Jodi a a se w se mwen se nou tout ki sou sit la kap batay jan nou konnen !!
Di ke se Dread Wilme, Ti Sonson ak band Chimere yo ki tap batay pa fe sans. Sasaye di :
Ouvryie a travay tankou yon bèt pou li fè fanmi l viv.
Yo ba l yon salè ki paka achte ni manje, ni anyen ke li bezwen.
Eske w vle pou sa kontinye?
Povwete e lamizè tèlman rèd lan pwovens epi seksyon riral ke abitan desann vinn rete lavil, lè yo paka jwenn kote pou yo rete, yo bati site katon. Si yo mande pou sa chanje, eske wa p rele sa vyolans?
Tout pwoblem sa yo Sasaye se ak dirijan nou yo pou nou adresse doleyans pep la bay yo.
Le nou pale fok yo tande nou e fok yo pran problem sa yo an konsiderasyon e si dirijan yo bezwen sipo nou pou rezoud pwoblem sa yo, nap bayo li !!
Si nou di pep la pou yo pran la ri e fe dezod piblik, sa kap kreye plis vyolans e fe sitiasyon an vinn pi mal pou yo.
Sasaye di :
Dayè, ou lan move patiraj, paske ou pa fouti di m se lan lelit ou soti. Donk se pou w defann kòz pèp kote ou soti a. Se moun ki refize yo pwogrese ki lakòz vyolans.
Sak inpotan dan la vi, se pa ki kote ke youn moun soti, men se ki kote ke li ye e ki kote ke li gen intansyon ale e ki jan ke li kap fe pou ede limanite avan ke lal lan peyi san chapo.

Jesus ki te pitit Bondye fet nan youn pak kochon ak bef, bourik, e manman li te youn malerez e papa li te yon chapantye.
Kom piti gwan met la, Jesus, si li ta retounen sou la te anko, li pa tap pran nesans nan Ritz Carlton Hotel, ni papa li pa tap Brad Pitt e manman li pat tap Angelina Jolie.
Le Bondye voye nou sou la te pou nou ranpli youn missyon, se ranpli missyon otan ke nou kapab avan ke gwan met la voye rele nou e avan ke nou pran rout peyi san chapo.
Nou pa bezwen wront de ki kote ke nou soti, ni se Ayisyen ke nou ye etc..
Kestyon an eske nou ranpli missyon ke Bondye te ba nou an ????

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Joel Sam 10 Nov 2007 - 11:59

Wi Léon Laleau,Dantès Bellegarde,Jean Price Mars te la an 1915;eske yo te bay apwi yo bay Ewo Kako yo ,ki t ap bay la vi yo pou peyi an pa t okipe?

Petèt si yo te fè sa ,istwa ta ka pase yon lòt jan.Pou mesye sa yo Ewo Kako yo p at menm ak yo,se te peyizan kako yo te ye e pou mesye frankofou sa yo se preske Ewo Kako yo se nan yon lòt peyi ,yo t ap viv.

Mesye yo ekri sou Endijenism,yo ekri sou retou alasous ,men yo pa t kwè sa yo t ap ekri an vre.
Yo pa t renmen ameriken yo ,pou jan yo te trete yo,e Ameriken yo se te konkiran yo vin ye sou dominasyon peyi an.
Bagay ki dwòl ,se entelektyèl ameriken nwa yo ,ki te konn pran la ri pou pwoteste kont okipasyon ameriken an.
Kanpay ke te gen de nèg kou W.E.B. DUBOIS nan "The Crisis" ak seri de atik ke yon moun tankou JAMES WELDON JOHNSON nan de revi tankou "THE NATION" te fè plis pou ekspoze vre nati okipasyon an ke ekriven ayisyen yo ki t ap fè yon sòt de "mastibasyon mityèl".

E de moun tankou DANTES BELLEGARDE ki te pi franse ke l te Ayisyen,kouman pou l ta fè defann enterè peyi dAYITI an vre ,tout peyi an?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Sam 10 Nov 2007 - 12:35

Si yon moun pa konprann yon kestyon, kijan li ta kapab bay repons?

Depi pèp na p pale?
-De pèp Ayisyen an.

Kiles ki pep Ayisyen an?
-Se tout moun ki fèt an Ayiti ki rekonèt ke yo ak manman yo ak, papa yo, ak tout kòt fanmi yo se pitit peyi a.

Ki sa k fè ou lan pèp la?
-Lè w rekonèt ke tout moun lan sosyete a gen menm dwa ak menm responsabilite.
-Lè tradisyon ak mès ak lang pèp la respekte.
-Lè w konnen ke entere pèp la se entere pa w.

Kilès ki lan pèp la?
-Pi gwo majorite moun ki lan peyi a ki gen konsyans ke se pou peyi a avanse e ke tout moun profite de pwogrè ke peyi a fe oubyen pataje mizè popilasyon an.

Ki moun ki konpozé pèp la?
Peyizan,
moun lavil,
moun andeyò,
moun ki ta l lekòl,
moun ki pa t al lekòl,
entelektyèl,
profesyonèl,
ouvryie,
atizan,
machann,
chomè,
tout tizorèy lan peyi a.

Men de ki pèp na p pale.

Sa k santi yo paka lan pèp paske:
yo pi bon pase pèp oubyen
yo gen plis tè oubyen plis lajan pase pèp oubyen
yo pi nòb pase pèp.
YO PA LADANN.

Kestyon saa poze paske lè yap pale de pèp, gen anpil moun ki vle fè konprann ke pèp la se yon bann moun ki apa, ki bezwen yo pran swen yo, ki bezwen pou moun al edike yo e al di yo kisa pou yo fè e kijan pou viv.

Lè konsa yo vle fè konprann yo pa fè pati de pèp.

Se de sa ma p pale.

Zafe ti nèg ap pale de tipepis lan se yon estipidite.

Epi lè w ap pale de pep, dirijan yo ladann tou:
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 10 Nov 2007 - 13:40

Revelatyon

Se pa mwen ki ap kreye sosyete klass la an ayiti ;li ekziste e si w fè komsi ou pa konnen ke li ekziste mwen ta mande w pou li liv ke Francois Duvalier ekri ki rele :"la lutte des classes à travers l'histoire d'haiti "E se pa li sel ki ekri sou divisyon ki eksiste nan peyi dayiti;Moun tankou Frederick Marcelin ekri sou sa tou.

gen yon lot bagay ou di :" se pa mande pou pep soti nan la ri pou fè dezod."Banm mande w yon kestion :Eske w kwè ke nou ta genyen moun Tankou Clarence Thomas nan kou suprèm ,moun tankou Collin Powell chef eta major lame e Condezza Rice Sekretè deta o Zeta Zuni jodya si moun tankou Roy Wilkins, Martin Luther King,Malcom X, Mohamed Ali,Stokley Carmichel,Harry belafonte;Sammy Davis ,Sidney Poitier ,et tout lot progessis yo te rete femen bouch yo san yo pat fè march pou integratyon?

Mwen pale de revolutyon ki fet nan lot peyi yo pou montre w ke pafwa nan yon peyi fok moun ki ap soufri yo leve kanpe pou bagay yo chanje.Ou dim ke ayiti siyen konvantyon enternatyonal,mwen pa wè sa konvantyon enternatyonal vinn fè nan kestyon entern peyi dayiti ;mwen pa mande pou ayiti anvayi oken lot peyi ,mwen mande menm jan Farakhan te fè mach Washington lan pou pep ayisyen tou fè yon mach pou mande palman an pou li chanje konstitutyon ki kom Presidan Preval rekonet kreye plis pwoblem pou peyi ya ke li ede gouvène peyi ya byen. Mwen pa mande pou yo fè oken dezod.Farakhan pat mande pou nwa yo kraze Washongton.Martin Luther king pat mande pou yo kraze Montgomerry.Poukisa ou pa vle ke pep ayisyen manifeste kont malsite ak soufrans ke li ap sibi?Mwen pa mande pou yo ranverse gouvènman ,men tou zafè pou tout reset peyi ya pase nan peye Senatè ,depite ,Premye Minis ,Presidan, anbasadè,delegue ,vice delegue , magistra ,manb asanble kominal ,manb asanble depatmantal epi menm dlo majorite moun nan peyi pa ka jwen a lez pou mwen se yon non sans.ki jan pou yon peyi genyen tout birokrat sa yo epi menm pou moun benyen se yon pwoblem nan peyi ya?mwen pa beswen di w pou manje?

Gouvènman konpose de tout Minis sa yo ke w site ya men Minis yo pa ka pran desisyon san ke li pa aporouve an konsey Minis 'alò se chef gouvènman ak Palman ki responsab pou chanje lwa nan peyi ya se a yo ke mwen adrese konplent sa yo.Banm ba w yon ti ekzanp de neglijans poum pa di movez fwa dirijan ayisyen.si w ap pase nan tout ti vil o Zeta Zuni ou wè yon sitern byen wo ke yo bati pou distribiye dlo kote moun rete.Lè wap gade yon zile tankou la Gonav .yon moun pa menm beswen genyen yon diplom de injenyè sivil ou byen enjenyè Sanitè pou ta ka bay ti vil nan la gonave yo dlo.Si w bati yon sitern nan pi wo pwen zilé epi ou itilise tuyo an plastik ki bon mache wap bay tout kote sa yo dlo.nan tan secheress ou ka desaliné dlo lan mè pou ba moun dlo ,jwif yo fè sa an Israel se pa syans nikleyè sa ye.ki sa ki fè nou pa ka fè sa.Wap pran elktrisite ;nou genyen soley preske 320 jou pa ane .genyen van la briz ki soufle pouki sa nou pa itilize teknoloji sa yo pou na ba pep la dlo ,elketrisite ak servis ke li beswen o lye nap plede peye yon paket birokrat ki pa genyen menm papye ak machinn pou yo servi?

Se pa bouché jé w di ke pa genyen divisyon de klass an ayiti ki ap resoud pwoblem ;se genyen kouraj pou gade reyalite an fas epi chache solityon pou resoud pwoblem yo.Wi li ta bon ke tout moun mete tet ansanb pou resoud pwoblem lan men nou konnen depi Pon Rouj genyen yon gwoup moun ki pa vle liberte, egalite ,fraternite pou tout moun.se eksplwate yap eksplwate sa ki pi feb yo pou yo ka genyen valè.Manyè fè yon kouté de twa plak maurice Sixto yon nonm ki te konn peyi ya byen wa konprann sa nap pale ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  revelation Sam 10 Nov 2007 - 20:22

Joel di :
Wi Léon Laleau,Dantès Bellegarde,Jean Price Mars te la an 1915;eske yo te bay apwi yo bay Ewo Kako yo ,ki t ap bay la vi yo pou peyi an pa t okipe? Petèt si yo te fè sa ,istwa ta ka pase yon lòt jan.Pou mesye sa yo Ewo Kako yo p at menm ak yo,se te peyizan kako yo te ye e pou mesye frankofou sa yo se preske Ewo Kako yo se nan yon lòt peyi ,yo t ap viv.
Joel chak moun batay jan yo konnen e avek zamm ke yo genyen!!

An 1915 Charlesmagne Peralte avek les Cacos li yo chwazi pou yo pran le zamm pou yo batay kont lokipasyon.
Le fet ke Jean Price Mars e mesye les Griots yo se avek plim ak papye ke yo ke yo te sevi pa vle di ke batay yo a pat symbolik menm jan ak Cacos yo.
Pensez-vous que si dans 50 a 70 ans, les jeunes de demain arrivent à dire : En 2007, pendant l’époque de l’occupation de la MINUSTAH en Haïti, les intellectuels haïtiens d’outre mer étaient que des farceurs, des bluffeurs et des fanfarons. Ils ne menaient pas vraiment la lutte contre l’occupation comme Dread Wilme, Gren Sonnen et les chimeres l’exécutaient sur le terrain.
Au lieu d’avoir un plan pour chasser la MINUSTAH, ces messieurs ainsi que les dirigeants ne pensaient qu’à utiliser l’occupation a leur profit en la renouvelant a chaque fois.
Joel l’histoire ne doit pas nous juger de cette facon. Le fett ke Bellegarde e Price Mars pap apye ti Charles ak Cacos li yo pat vle di ke yo pat ap batay tout bon vre.
Tout moun batay avek zamm ke yo genyen e jan ke yo konnen.
Joel di:
Bagay ki dwòl ,se entelektyèl ameriken nwa yo ,ki te konn pran la ri pou pwoteste kont okipasyon ameriken an.
Kanpay ke te gen de nèg kou W.E.B. DUBOIS nan "The Crisis" ak seri de atik ke yon moun tankou JAMES WELDON JOHNSON nan de revi tankou "THE NATION" te fè plis pou ekspoze vre nati okipasyon an ke ekriven ayisyen yo ki t ap fè yon sòt de "mastibasyon mityèl".
Mesye sa yo pat gen pouvwa 1915!!
Yo pat menm kap vote nan eleksyon, ni pisse nan menm twalet, ni bwe dlo nan menm tiyo ak blan yo.
Joel, w telman gen haine nan keur w kont lelit la, w pito bay neg ameriken rezon sou yo !!!
Menm jan tou wap bay Randall Robinson, Danny Glover, Maxim Waters e tout band Black Caucus yo rezon sou nou kom si ke yo konnen istwa peyi nou pi byen pase nou.
Mesi papa!!

Sasaye di :
Ki moun ki konpozé pèp la?
Peyizan, moun lavil, moun andeyò, moun ki ta l lekòl, moun ki pa t al lekòl, entelektyèl, profesyonèl, ouvryie, atizan, machann, chomè, tout tizorèy lan peyi a.
Se kounyen la wap pale sasaye!! Se nou tout ki pep la !!
Rod di :
Se pa mwen ki ap kreye sosyete klass la an ayiti ;li ekziste e si w fè komsi ou pa konnen ke li ekziste mwen ta mande w pou li liv ke Francois Duvalier ekri ki rele :"la lutte des classes à travers l'histoire d'haiti "E se pa li sel ki ekri sou divisyon ki eksiste nan peyi dayiti;Moun tankou Frederick Marcelin ekri sou sa tou.
Rod w we ke se politisyen ki mete nan tet nou ke genyen youn lit de klas nan peyi a, aloske se youn lit ekonomik e politik ki genyen.
Ke li nwa ke li milat, moun ki gen lajan e pouvwa politik la se nan lelit la ke yo metel chita.
An Ayiti, la vi a rele w pasa konnen. Nipot moun kap vini rich, nipot moun kap vini pov. Pa gen dinasty pouvwa anko.
Rod di :
gen yon lot bagay ou di :" se pa mande pou pep soti nan la ri pou fè dezod."Banm mande w yon kestion :Eske w kwè ke nou ta genyen moun Tankou Clarence Thomas nan kou suprèm ,moun tankou Collin Powell chef eta major lame e Condezza Rice Sekretè deta o Zeta Zuni jodya si moun tankou Roy Wilkins, Martin Luther King,Malcom X, Mohamed Ali,Stokley Carmichel,Harry belafonte;Sammy Davis ,Sidney Poitier ,et tout lot progessis yo te rete femen bouch yo san yo pat fè march pou integratyon?
Byen ke mwen gen anpil respe pou lide demokrat e aktivist ke w site la yo, men fok mwen di w ke nwa repibliken yo se ak fos kouraj yo tou kife ke yo rive kote ke yo ye la.
Se pa afirmativ aksyon ki mete yo la.
Fok nou bayo kredi tou e rekomet ke yo gen anpil inflyans le yo o pouvwa. Le Latortue te fe aretee Jean Juste e mete li nan prizon pou zafe posesyon zam e asasina Jack Roche la , sete youn Repibliken ti tefe lague li.
A loske tout demokrat sa yo te desand an Ayiti vinn fe dezod ak lobey, yo youn pat gen pouvwa ase pou te fe lague Jean Juste.

Map repete anko, pezon pap lite pou klas yo, paske moun kap lite pou malere yo vle chanje kondisyon ekonomik yo.
Paske depi kondisyon ekonomik w chanje, w pa malere anko.
Gen anpil malere ki monte nan klas lelit la tou. Kidonk malere sa yo ki chanje stati te fet pou nou chwazi yo kom « role model » pou nou e pran moun sa yo ko egzanp tou.Gen anpil malere progressist nan lelit la tou.

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Joel Sam 10 Nov 2007 - 22:00

Revelatyon,

Wi,an 1915 ,ameriken nwa pa t gen pouvwa pou yo te fè leve yon okipasyon.
Se lit ak plim yo ke nou ap konpare.Weldon Johnson se te yon repòtè pou "The Nation".Epòk sa a "The Nation" se te yon revi ke anpil moun nan "enteligentsia" kòt Es lan te li,preske tout lektè yo,se te blan.

Kanta 'The Crisis" menm ,se yo ki te pibliye anpil foto sou atrosite ke "marines" yo t ap komèt ann Ayiti.
Ou genyen foto ki genyen yon Solda ak yon manchèt ki te fèt koupe men yon geriya Kako.

Se pa kesyon de renmen ou byen pa renmen lelit ayisyen an.Antouka ki sa ki te gen plis efè;atik Weldon Johnson yo ou byen sa "entelektyèl "ayisyen yo t ap ekri.

M ap wè si m ka jwen atik Weldon Johnson yo e pi w ap wè si misye pa t ap frape okipasyon an trè fò.

Bon palan de "lelit ayisyen".Gade kijan mesye yo ap voye pye pou pa gen yon Konsèy Elektoral san fòs kote.
Gen anpil peyi ki te konsa ,men ki pa konsa ankò.Yon peyi tankou Dominikani pa egzanp.
Depi gen yon kontwovès nan Konsèy Elektoral ak manm li yo,Dominiken yo chache yon konpwomi e yo fè sa plizyè fwa deja.
Lend menm se modèl lan.Se rezon sa a ke peyi sa a ki gen tèlman divèsite;ki pale plis ke 250 lang diferan ,pou jouk jounen jodi an ,malgre kèk ti derapaj poko janm gen yon koudeta.Ann End mesye ki te sot OXFORD ak CAMBRIDGE ki te bay peyi an Endepandans an 1947 te deside ke tout bagay t ap fèt nan Transparans.Nan peyi sa a depi yon moun vle vote yo teni aske w vote.
Se pa mepri non mwen genyen pou lelit ayisyen,men se pou w dakò pou w di l,se yomenm ki responsab peyi an nan Eta ke liye an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 10 Nov 2007 - 22:45

Mwen pa renmen diskite poum diskite non nanpren moun ki di ke Jij Thomas ni Collin powell ni Dr Rice pa genyen valè ni se pa efo yo fè pou rive nan plas sa yo men poukisa anvan mouvman sosyal e dwa sivik moun tankou W.E Dubois. et tout lot gwo entelektyel nwa yo pat janm rive nan posityon sayo?

Se pa pase yon moun genyen lajan ki fè li se boujwa ou byen li chanje klass.Mwen pa di ke divisyon klass la pa diminye apre 46 non ,men di ke li pat ekziste se iyore istwa peyi ya.Dumarsais Estime pat yon pov ni li pat moun sot,Li te minis Edukatyon nationale poutan yon fanm ki pat menm yon milatress te refize danse ak li nan Club L'Union o kap paske li te nwa e fanm lan pat ba li enpotans.genyen klib nan peyi ya jis anvan Duvalier ki pat kite moun nwa gen dwa rantre nan bal ke yap fè.Se pa tout moun ki te frekante serk Port-au-Prince la.Alò piga ou vinn di se politisyen ki mete kose klass nan tet nou.koloni Saint domingue te base sou menm bagay divisyon sosyete franse ya.e jis apre endepandans yo te vle mentni menm divisyon saa toujou.fok granmoun lontan pale w de sa ki tap pase nan peyi ki fè nou te pran okipatyon an 1915 la.Ki jan Villebrun Guillaume Sam te mouri?e poukisa yo te sote Palè ak Leconte?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 11 Nov 2007 - 7:59

Lè nap pale de pep nou itilise mo a nan sans ayisyen ki vle di mass yo ,pwoletarya. ouvriye , peyisan ak lumpen la.Tout moun konnen definityon mo pep la nan lang franse ki se ansanb moun ki nan yon sosyete,ki genyen yon menm kilti,yon menm patri, ki pale menm lang e ki abite nan menm peyi.Si se nan sans franse e byen tout ayisyen se pep.

men tou tan genyen ayisyen ki ap rele ayisyen :abitan ,moun morn, neg sot, gwo zotey, dyol fwa mou.kongo etc nou pa ka di pa genyen yon divisyon nan sosyete ya.Menm jan an frans ou te genyen divisyon anvan revolutyon 1789 ;de noblesse, clergé et le tiers etat,byen ke tout franse te pale menm lang , yo te abite nan menm peyi e yo te pataje menm kilti sa pa vle di pat genyen divisyon e se menm sosyete sa ki te etabli nan koloni ya kote ou te genyen kolon , afranchi ak esklav.men endepandans lan pat bay tout moun liberte, egalite, fraternite vre paske nou konnen te genyen afranchi e menm nwa tou ki te pwopriywetè esklav.Se pou esklav sa yo ke yo touye Dessalines paske yo pat vle rekonet yo kom moun lib .egal e kom frè yo.Se menm divisyon sa a ki kontinye ki fè klass dominan pat vle wè Salnave,pat vle wè Leconte ;ki fè yo te di Firmin se ti neg Lafosette li pa ka presidan ; pat vle wè Estime , Daniel fignole ,jis yo te jwen ak met ke yo ki rele francois Duvalier.;Se sak fè Beauvoir yo ak tout militè boujwa yo te arete Daniel fignole epi yo di li Ti kok ou KK;se sak fè Cedra te arete Aristide.Se sak fè Simeus paka kandida men ou tande lot etranje Senatè.paske klass afranchi maledictyon ki vinn mete l ak moun vini yo pa vle ke pitit pitit ansyen esklav vinn genyen menm dwa e menm oportunite ak yo .Se bagay saa ke Sixto pale lè li pale de ti Saintanyz yo ke profesè ya pa wè nan gwo liv yo.se sak fè li di ki moun ki ap vinn sekoure ti Saintanyz.Tou tan genyen Ti Saintanyz nan sosyete e byen nou ki soti nan vant yon ti Saintanyz ,yon triyez kafe, yon madan sara,yon peyisann ,yon bonn, yon ouvriyè se pou nou mete tet nou ansanb ;se devwa nou pou nou lite pou sa chanje ;se pou nou mache mande pitit pep la ke nou voye nan palman ki refize chanje vye konstitutyon ki refize rekonet dwa nou ki te blije kite peyi ya :de ki prevyen? paske se nou ki mete yo la pou yo defann dwa nou tout.E se nou ki blije al bourike an deyo peyi ya ki fè yap touche ;kouri gwo machinn, voyaje tout la sent jounen al fè diskou,al resevwa swen nan lopital a letranje se lajan nou ki fè yo ka pale de kantamwa yo.Se papa ak manman nou ki te konn plante kafe ,kakako, pit, fig bannann, ki fè yo ka pale franseuuu, Sa moun tankou Ernest benett yo pa konprann si se pat abitan nan zonn o Borgne li pa ta genyen moyen poul gran neg.Si Nonce Norvella te rich ak tout Madsen ak brandt ak Boulos yo ta rete lakay yo.tankou pwoverb la di ya :" les bons blancs comme les bons vins restent en france."Se dagaje yo te vinn degaje yo an ayiti alò jodya desandan yo dwe sonje se abitan ki fè yap kouri bel machinn rete nan chato.fok gato a pataje ou byen nou tout ap perdi ,paske peyi ya ap disparet.Fok dwa tout moun respekte si se demokraty vre ke yo vle etabli nan peyi ya.

P.S. mwen te bliye ou jwen kek kokorat, mèsenè, machann diskou ki bliye kote yo te soti ki ap defann pou bagay yo pa chanje paske yo pran yon ti pwomotyon ;yo di yo se zentelektyel komokyel (lol)paske yo ka kole de mo franseuu.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Dim 11 Nov 2007 - 11:25

Ann Ayiti, malere pap janm vinn fè pati lelit, kelkeswa lajan li fè.

Genyen yon kòd ki pa ekri men ki defini ki lès ki boujwa, kiles ki pa boujwa e kiles ki pap janm vinn boujwa.
Yo genyen yon sèk ke lot moun paka penetre.

Simeus, kom ekzanp, milionè e li pi rich pase anpil swadizan boujwa ak lelit an Ayiti. Men yo pap janm aksepte l lan sèk yo. Li ta pi vit antre lan yon seri de kote Ozetazini, avèk promosyon li, kote li pat kapab antre anvan.

Mem bagay pou Wyclef Jean.
Sepandan, Wyclef konnen kote li soti e li solidarize ap pèp li, li pa pran pòz boujwa li nonplis.

Bagay sayo la toujou an Ayiti.

Fok ou gen yon NON ak yon istwa fanmi pou w ka aksepte.

Thomas Desulme, ki te youn lan depite pi progresis lan epòk Estime e Maglwa, te trè popilè, tout moun te konnen l e li te gen anpil pouvwa. E byen, yo te refize misye lan sèk Bellevue.

E sak pi rèd, li gen 2 pitit gason, youn nwa, lot la grimo, yo vinn aksepte grimo a lan fin rey Maglwa.

Pwoblèm nan sèke anpil pitit pèp la ap eseye travese lyi sosyal. Oubyen paske yo vinn fè lajan, oubyen ak frotman, yo konn maryie ak pitit boujwa san fanmi an pa vle.
Yo pa janm aksepte yo, men yo deja blyie orijin yo e yo pa mele ak pèp ankò.

Youn lan pi gwo nechèl sosyal ki te genyen se te lame dayiti.

Ti ofisye yo te chanje ran sosyal rapid, paske gen anpil boujwa ki te fèmen je yo kite pitit fi yo maryie ak yon ofisye, pou avantaj ke sa kapab ba yo.

An reyalite se yon sosyete pouri.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  revelation Dim 11 Nov 2007 - 11:34

Joel di :
Se pa mepri non mwen genyen pou lelit ayisyen,men se pou w dakò pou w di l,se yomenm ki responsab peyi an nan Eta ke liye an.
Joel, mwen pad ako avek w le w di ke selelit la ki responsab ke peyi a nan eta ke li ye an. Pou plizye rezon e map bay 2 e 3 la dan yo.

Sou 30 ane diktatoship ke nou sot pase la, peson ke w te nwa ke w te milat pat gen dwa fe okin aktivite sosyal e kominoter san konsantman Duvalier e Tonton Makout yo.

Si youn moun gen male te ouvri youn lekol ou byen youn lopital gratis pou malere. Gouvenman diktate a te kap di ke se kominis e kamokin ki vle andoktrine pep la pou ranvese gouvenman.

Lelit la pat kap fe okin travay sosyal pou developman peyi a. Tout patisipasyon yo nan developman peyi a se a traver les Duvalier ki pase mande yo lajan les yo vle fe bagay pou revolisyon Divalyerist yo.
Fok mwen di tou an pasan ke lelit la te fe anpil kob tou sou duvalier e yo bay Duvalier anpil kob tou.
Saaaa, pa gen manti ladan.

Apre les Duvalier e pandan 20 tan ki sot pase la, timidman, 2 e 3 mamb nan lelit la komanse vle patisipe ouverteman nan developman peyi a, e yo vle menm patisipe nan politik.

Men, malerezman, ekonomi e vale monote lajan peyi a vinn tombe nan dlo. Pou youn moun te gen 1 dola ameriken fok w te bay 50 gourdes olye de 5.
Kidonk ekonomikman, lelit la te nan pwoblem. Donk yo te oblije sere byen fon ti res lajan ke yo te genyen an.

Joel mwen pavle antre nan detail ni pran pou lelit la. Nou konnen res istwa.

Sel bagay ke mwen kap di avan ke mwen kite sije e deba sa. Lelit la pare pou investi ti lajan ke yo geneynan, men yo pa la pou fe zev Selman.
Tout invetisman sosyal e ekonomik gen risk la dann.
Plis invesman riske se plis chans w kap pedi lajan w.
Wap di ke si w moun investi nan edikasyon pa egzanp, lajan w ap fe pitit kanmenm.
Kom mwen di avan tout investisman gen risk ladann!!!!

Si youn moun investi laja l nan edikasyon riral. Bati bel lekol avek tout bibliotek, kantine manje, dotwa ak kaband pou elev ak profese e fanmi yo domi, bay tout founiti klasik, peye profese, netwaye sal de klas yo chak jou, fe lesiv pou tout moun. Konstwi youn legliz chretyen sou campus lekol sa e fe tout moun adere e obeyi lwa oganizasyon lekol sa. Ophrah kap fe li, men nou poko gen Ophrah nan lelit nou an e lelit nou an poko pare pou fe youn investisman « fet e founi » turnkey konsa.

Pa mete tout chanj la sou do lelit la mezami !! Di bagay yo jan nou wel la, pa jan nou vrel. Se Ayisyen ke y oye tou e yo pa mechan jan ke nou konpran li an. Si nou vini ak bel program sosyal, Digicel, Prestige, Coca Cola, Pepsi e tout lot konpani yo ap patisipe.

Men si nou konprand ke nap vinn rele yo malpou wront, malprotte, patripoch, most repugnant elite etc… kade nou sa yo sere pou nou an menm antoine nanGounier pa wel nan boul krystal li a.

Tout Lelit kelkeswa peyi a, yo rayi malere kap mande avek arogans !!!
Rod san Malice di:
Dumarsais Estime pat yon pov ni li pat moun sot,Li te minis Edukatyon nationale poutan yon fanm ki pat menm yon milatress te refize danse ak li nan Club L'Union o kap paske li te nwa e fanm lan pat ba li enpotans.
Rod, se pa paske yon fanm fe youn move zak pa vle di ke se tout peyi a kif e li.
An plis w di ke se paske Estime te nwa. Ki jan ke w te konnen ke se pou koule li ke fanm nan te fe sa?????
Sak padi ke se paske fanm nan te marye, ou byen li pat anvi danse ???
Sa pa jamb vinn nan tet w ???

Avek tanperaman milite ke w kiltive pandan karye w sou Duvalier, si se w ke malerez sa te bay rez sa, se posib ke w tap rale pistolet w e fout mamzel 6 ball nan deryell li !!
Se posib…mwen pa finn si de sa, paske mwen pa konnen tanperaman w tre byen..

Vale rez e malonet ke mwen pran nan kermessl Sheu Leu e Ambassade !! Si rez ak malonet te kom touye moun, mwen ta 6 pye anba te déjà.

Fok nou gade tout fasad youn sitiasyon ke youn problem genyen avan ke nou kouri pote youn jijman ou byen pran youn desizyon.

Revelation



revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Joel Dim 11 Nov 2007 - 11:45

Wi Sasaye,

Lè Thomas Desulme te pran ekzil e li te refijye l nan Jamayik misye te vin etabli youn nan pi gwo fòtin nan zile sa a.
Se misye ki te entwodwi plastik nan Jamayik e fanmi sa a se youn nan fanmi ki pi enfliyan nan zile an.

Lè w di sosyete Ayisyen an se yon sosyete pouri an,ou pa p fè "hyperbole" non.
Bagay ki pi rèd lan se pa koulè ki delimite diferans ann Ayiti.

Sa pa gen lontan ,te gen yon Senatè ki t ap kritike FRITZ ROBERT MONDE youn nan ideyològ poutchis yo.

Ou konn kisa kòlòwòch sa a reponn?
Misye di ke Senatè an se te yon ti "hussier" tribinal li te ye anvan li te vin senatè.
Mesye sa yo malad,yo pa bon pou peyi an e se pou tout moun ki kapab ,konbat yo ,pou yo disparèt de sèn politik ayisyen an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Rodlam Sans Malice Dim 11 Nov 2007 - 11:48

Revelatyon

mwen pa janm pale sa ke mwen pa konnen tande ,mwen konn fanm lan ,mwen te rete tou pre lakay li e se moun ki te nan bal la ki rakonte nou sa anvan li mouri.Sil te fatige li te ka di estime sa ki jan fè apre li leve al danse ak boujwa parey li.

tankou Sassaye di ya lame se te yon moyen ki te permet anpil pitit pep la pran pwomotyon lè yo soti akademi militè; mwen konnen yon ofisye neg o Cap mwen pap di non li ki te marye ak yon milatress. ki la koz ke yo pran bot li sou Duvalier a koz de sa. men apre ke yo revoke l fanm lan kite l.mwen konnen Revelatyon pral di m men se pa,premye koup ki divorse ,wi se vre men tou kote si li te pran yon ti malerez edike nan klass li ki ta ka soufri ak li ,milatress la li se prestij ak lajan kom afè yo te desann ki fè li te marye ak li.Nou wè bagay sa yo rive anpil ti neg klass moyenn yo ak ti malere ki vinn pran pwomotyon ki al foure tet yo nan gran jipon dexyem men ki lage yo sou bouda apre yo finn souse yo(lol)Mwen voye dlo mwen pa mouye personn.(lol)

ki karye militè wap pale ya mwen pat rete fè karyè nan lame ; ou di ou pa konn karaktè mwen epi ou di ke mwen ta ba fanm lan 6 bal nan deyè li ki jan ou fè di sa?Sim se moun kite ka ba moun sis bal nan deyè yo mwen pa ta demisyone nan lame al monte morn an ayiti pou ba moun grenn pou malarya.Si w te konnen mwen byen ou ta konnen ke mwen te ka chache wè Duvalier e vinn yonn nan gwo makout ki ap touye moun pou li.Mwen konn domi nan Palè ya epi lè swa lap mache sou promenad ki genyen nan residans presidan mwen konn wè li mwen salye li ;mwen ta fè l sonje ki moun mwen ye e ki bò nou te premye rankontre.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Sasaye Lun 12 Nov 2007 - 10:52

Bon Jowel, apa de koulè gen yon bann vye pretansyon ki fè nèg kreye diferans ant ayisyen.

Vye pretansyon sa yo pi mal pase prejije blan.

Men yon ekzanp:

Lan ane 60 yo, Tiroro ki pi gran tanbourinè ke peyi a janm genyen rive Montreal pou yon kontra avèk yon gran klib ayisyen yo te rele "Le pèchwa dAyiti".

Se pou m di w ke Tiroro, malgre li te yon jeni lan bat tanbou ki fè le toudimond, pat janm pase lekòl. Men a koz de siksè li, se te yon nèg chelbè ki pa wont kanpe ninpòt kote epi li pale kreyòl ki sèl lang li te konn pale.

Lot ayisyen rakonte yon pakèt blag sou li komsi pou yo pase l lan betiz: Li antre lan youn restoran ak yon group, pendan lòt mesye yo ap eseye konnen ki sa ki lan meni an, paske gen bagay yo pat konnen, Tiroro mande sèvèz la an kreyol: ou pa genyen yon ti poul?

Mesye yon komanse ri epi yo ekskize yo anvan yo tradyi pou fanm lan. Komsi yo jennen paske Tiroro pale kreyol ak fanm lan:

Men sak te pi anmèkde nè yo se lè Tiroro komanse ap raze medam kanadyèn yo.

Gen youn ki vekse paske li tap file yon fanm depi kèk tan, yon fanm ki profesè lekòl, epi Tiroro vinn ap soti avèk li.

Nèg lan al di fanm lan kijan li kapab ba l yon rèz epi lap soti ak Tiroro ki pa menm ka pale franse.

Dam nan di: lan je pa m, tout ayisyen se ayisyen.
Genyen ki konn pale bon franse, genyen ki konn pale move franse epi genyen ki pa konn pale franse.
Men mwen trouve Tiroro se yon kason ki pote kanson.

Nèg lan pa menm konprann kisa fanm nan te vle di.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

De ki pèp na p pale. Empty Re: De ki pèp na p pale.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum