Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

Ayibobo pou MARIANA GRAJALES

Aller en bas

Ayibobo pou MARIANA GRAJALES Empty Ayibobo pou MARIANA GRAJALES

Message  Joel Jeu 13 Sep 2007 - 18:37

Ala papòt ,se pou nou mande tèt nou,kouman fè yon ti Kiben konnen kilès Dessalines,Pétion,Christophe elatriye ye,e timoun nou yo ann Ayiti pa konnen kilès MARIANA GRAJALES ak pitit gason li an ANTONIO MACEO (Kòmandan an chèf lame revolisyonè MAMBI an),kilès yo ye.
Ti Kiben yo aprann listwa Dayiti e noumenm ki listwa n aprann;listwa franse?
Se pou nou konsidere tou ke "Pwovens Oriente" pi pre Okap ak Pòdpe ke vil sa yo pre Pòtoprens.

Ti ayisyen te dwe konnen kilès moun sa yo te ye ,paske ANTONIO MACEO te konsidere tèt li yon Karayibeyen epitou misye te fè plizyè vwayaj ann Ayiti nan ane 1880s yo ,e li te rankontre ak prezidan SALOMON ak Jeneral JOZEF LAROCHE.

Fanm sa a ki te rele MARIANA GRAJALES lan,pa t gen tankou l.Karayib lan pwodwi anm vanyan tankou SANITE BELAIR,Marijàn Lamatinyè elatriye ,men pou defann libète ,pa gen tankou Mariana Grajales.

Yon lòt konsiderasyon .Revolisyon Fidel Castro an pa orijinal non ,paske Castro te mennen yon kanpay ki te tèt koupe ak MAMBISES yo .
Yo te kòmanse kanpay lan nan SIERRA MAESTRA nan pwovens ORIENTE .MAMBISES yo gwosi bann lan .Yo te kòmanse ak mwens ke 160 moun epi Lame Revolisyonè MAMBI vin gen 70 mil solda.

De ORIENTE,yo pote la gè an nan lòt pwovens Kiba ,jis lè yo te koupe KIBA an de e yo t ap prepare pou yo avanse sou La Havàn ,e se lè sa a Ameriken yo entèvni pou yo vòlò viktwa MAMBI yo.Ameriken yo pa t ka aksepte yon gouvènman nwa Kiben a 90 mil de kòt Florid lan ,paske sistèm apatèd lan t ap kimen nan Sid Etazini an.

Mwen fè ti entwodiksyon sa a anvan nou fè konesans ak MARIANA GRAJALES.Paske se limenm ak pitit gason l yo ki te kondwi gè an ,byen ke se nan background li te ye ,men tou san limenm Lame MAMBI an pa t ap sa li te ye an.
E yon lòt konsiderasyon tou plis ke 90%MAMBISES Yyo ,se te NWA

(A swiv)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou MARIANA GRAJALES Empty MARIANA GRAJALES-MANMAN KIBA

Message  Joel Ven 14 Sep 2007 - 6:32

[b]Mariana Grajales grandi nan vil Guantanamo ,nan pwovens Oriente.Gen istoryen ki di li te fèt an Dominikani an 1808,men sa pa fin si.Sa ki sèten sè ke li te grandi nan vil Guantanamo e li te la depi lè li te yon ti katkat.

Depi Mariana timoun ,li t ap tande sa ki te pase nan il a kote an,ki se il Dayiti.Enfliyans Ayiti te gwo anpil nan pwovens Oriente an,paske pandan evènman ki t ap mennen ak endepandans Ayiti an ,gen de blan franse ki te sove ak esklav yo sou bato e yo t al etabli nan pwovens sa a.
Se franse sa yo ki te entwodwi sistèm gwo plantasyon kann nan Kiba ,e se poutèt sa tou Lang Kreyòl lan se dezyèm lang nan Oriente apre Panyòl.
Donk epope ,mirak ki te fèt ann Ayiti an ,se maten midi e swa MARIANA GRAJALES t ap tande bagay sa a.
E lè li vin gen pitit ,se maten midi e swa l ap rakonte yo istwa sa a.Manmzèl se te yon "Pardo" ,yon nwa lib ou byen afranchi.
Ak sa kite pase ann Ayiti an,li mete nan kòlòs tèt pitit li yo ,ke pa anyen ki di ke yo bezwen rete yon sitwayen dezyèm klas e ke yo ka menm chanje istwa peyi yo ,menm jan nwa parèy yo fè l nan il akote an.

Lè Mariana te jèn ti fanm ,li te marye ak yon nonm ki te rele FIRMEN RIGUEYFERO e li te fè 4 pitit ak misye .Youn te mouri an ba zaj.
Firmen vin mouri ,e zafè l pa t bon,se konsa li vin rankontre ak MARCOS MACEO.Li plase ak misye an 1842 e li te fè 9 pitit ak MARCOS.An 1851 mesyedam yo te regilarize inyon yo nan legliz.
E se an 1845 ke ANTONIO MACEO ki te vin Jeneral an chèf Lame Revolisyonè MAMBI an te fèt.

An 1868 ANTONIO DE CESPEDES libere esklav li yo e li mande abolisyon lesklavay.
Nou ka konprann kijan gran plantè Kiben yo ki t ap pwofite de sistèm lan mete ak gouvènman Panyòl lan,kouman yo reyaji.

Panyòl yo kraze revolt lan.Te rete 42 nèg ki mawon e ki al refjye yo nan Sierra Maestra pou kontinye lit lan.

Se la Marcos Maceo ak madanm li Mariana antre ann aksyon.Kote mesyedam yo remakab ;sè ke yo te gen anpil pou yo te pèdi ,paske sitiyasyon ekonomik fanmi MACEO an te bon.Marcos te achte plizyè plantasyon e li te nan pozisyon pou l te gen esklav si se sa li te vle ;men tou se yon bagay ke li te refizè fè.
Moun ki te travay pou li ,li te peye yo e pitou ,te gen anpil pitit gason nan fanmiy lan.

(A swiv)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum