Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON ...
Voir le deal
1190 €

Georges Bush se kor milis li natyonalise Bank yo

Aller en bas

Georges Bush se kor milis li natyonalise Bank yo Empty Georges Bush se kor milis li natyonalise Bank yo

Message  Rodlam Sans Malice Lun 24 Nov 2008 - 7:27

mezanmi mwen sot li youn atik sou MSNBC kote yo di ke yè swa gouvenman federal meriken deside pou yo kore 306 billion det ke Citi bank genyen epi yap mete youn lot 20 bilyon ankor nan youn nan pi gwo bank ameriken yan apre yo finn fè menm bagay pou gwo bank tankou JP Morgan etce gwo kopnpayi asirans tankou AIG .Si youn moun gade pri tout aktyon ke Citibank genyen e si w divise lajan saa ke federal gouvenman mete nan bank sa vle di ke se Federal gouvenman ki met bank lan.Dayè nan kontra a yo di ke se pa citibank ki pou deside ki ogmantatyon poul mete sou dividand yo e ni non plis konpansatyon PDG ,pi gwo chef bank la pa ka pran san ke federal gouvenman pa apwouve li. sa sa vle di?

map mande si se youn lot ti peyi ki te fè bagay saa ki sa reyaktyonè ta di,Ayisyen genyen youn pwoverb ki di ke se nan ti kouri genyen kenbe tété, lè di fe gaye nanpren kenbe tété ankor se pye kout pran devan.Jodya nou ka wè ipokrisi, demagoji dwat reyaktyonè lè yap pale de populism, kominis, sosyalis.Men se Georges Busk ki ap natyonalise Bank o Zeta Zuni.

neg dogmatik ki toujou ap mete etiket sou moun sa nou di de sa?map tann nou pou nou dim ki diferans ki genyen ant sa Georges Bush fè yè swa ak sa Chavez fè o Venezuela pou indistri petrol la ou byen sa Evo morales fè nan Bolivie.mwen pa tande oken plenyen di ke Goerges Bush trayi peyi ya.li fè sa ki nesesè pou sove ekonomi peyi li.poukisa lè se lot moun ki fè menm bagay yo lakay yo,dwat reyaktyonè pati repibliken peye mèsènè pou touye presidan sa yo ou byen pou ranverse yo?kote dwa enternatyonal ki di chak peyi souveren nan teritwa pa yo?eske genyen moun ki ka di Georges bush li pa dwe natyonalise bank lakay li?

men sa ki enpotan pou nou gade nanpren ameriken ki ap retire lajan yo nan bank lakay yo pou yo voye sere a letranje.tandis ke patripoch nan peyi tyer mond yo ta gentan ap kouri sou bank yo pou yo al retire lajan nan bank peyi yo pou voye sere ka blan.Epi apre sa pou se yo ankor ki ap ekri ki jan mouvman populism lan echwe.Ki jan pou mouvman popilè ya ta ka reyisi depi li monte poul chanje kondityon moun ke papa yo te rete an afrik nou sere boulon robinè lajan an.

Se sak fè genyen youn paket journaleu e journalez youn moun pa menm beswen li sa yo ekri paske tout moun konnen sa yap defann.Ya mete peyi ya devan pou yo di tout manti paske se pa yo ki o pouvwa ,men yo te pase plis pase 25 lane sou Boyer tou lotrejou la yo pase 30 lane o pouvwa de 1915-46 sa yo te fè pou frize konsa poul rele pitit li frizelya?Where is the beef?Se pa kritike selman pou nou fè; nan tout peyi se pa gouvenman selman ki fè tout bagay.

kote lopital prive,universite, mise, sall de teyat, faktori ki pwodwi byen de konsomatyon ke nou bati nan peyi ya?Gade ki jan boujwasi lot peyi yo fè O zeta Zuni ,gade kobyen universite ki pote non gran fanmiy rich ameriken yo, sa se moun ki renmen peyi yo e nou sa nou bay nan gad la?Se pa repwoche pep la paske li vote pou youn seri de moun ;fok nou pose tet nou kestyon poukisa se pou moun sa yo ke yo vote.?eske se vre se paske yo se analfabet?e si se vre ki moun ki fè yo sot konsa apre 2 syek endepandans?

mwen pa konnen pou lot moun ki soti nan klass pov la ki ap pran poz pitit misye Goldenberg yo ,men kanta pou mwen se jis ma mouri ma perdi espwa nan mouvman pep la.paske boujwasi patripoch la pa janm bay youn bon alternatif.se tou tan yo pa bor tab la yap plenyen ;men ba yo pouvwa jodya talè konsa ou tande wa pat kousen yo .yap meprise moun nan peyi ya.Ya fout kreye youn diskriminatyon sibtil nan peyi ya ki pi red pase ka blan.se pa an franseuuu mwen ekri sa non.fok nou dim sim pa di sam vle di yo nan lang pam lan?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum