Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot ...
Voir le deal

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

+2
jafrikayiti
Joel
6 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Mar 16 Mar 2010 - 12:13

Dr DARSI FERRER ,afwosantris kiben an mouri lan grèv grangou lan prizon Kiba,semenn pase an
Gen anviwon 50 ou 60 afwosantris kiben ki lan prizon.
Se pa yon bagay fasil pou diskite paske Kiba se pi bon zanmi ke AYITI genyen sou planèt lan,se peyi tou ki gen kilti ki pi sanble ak pa nou an.
Se lit pou siksesyon KASTRO yo ki komanse e entelektyel afwosantris kiben yo deside ke sa ki te pase an 1912 lan ,lè "iberik" yo te dekapite mouvman afwosantrk lan ,lè yo te touye ak èd ameriken yo ,plis ke 6000 elit militè,relijye,ekonomik afriken an e mete chita dominasyon "iberik" yo.
Gade premye petisyon ke CARLOS MOORE ki se yon alye "gusanos" lan FLORID lan mete deyo e gade repons lan.

Kote sitiyasyon an konplèks ,sè ke de AFWOSANTRIS tankou ABDIAS DE NASCIMENTO (BREZILYEN KI LAN 90S li) siyen petisyon an,de nèg tankou MOLEFI ASANTE ELT...


JAF,sa w panse ,mwen konnen byen ke se yon refleksyon ki pa p fasil.
Li ,opinyon pou ak kont ak 2 gwoup diferan entelektyel:

http://afrocubaweb.com/actingonourconscience.htm

http://afrocubaweb.com/cubaroadmap.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Mar 16 Mar 2010 - 14:53

Pou moun ki gen dwa panse ,sa pa gen okenn enterè pou yo.
COHA te rapote ke se sou plantasyon FANJUL yo an DOMINKANI ke mesye GUY PHILIPPE yo te antrene.
BETANCOURT mansyone fanmi ekzile kiben sa a ,lan atik replik li an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  jafrikayiti Mar 16 Mar 2010 - 21:51

Mwen pral voye yon lèy. Se pa yon dosye mwen te konnen ditou. An pasan, Asante fenk fè yon kokennchenn diskou ann Afrikdisid osijè tranblemandtè a. Li parèt nan Haiti Liberté. M ap eseye post li pi devan si ou po ko jwenn li anvan mwen.

Ken la !

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Mer 17 Mar 2010 - 9:20

Wi JAF,
Se yon bagay serye.si wè ke ABDIAS DA NASCIMENTO pwononse l sou bagay sa a,se bagay ki mande refleksyon.
Tankou w ka konnen Da Nascimento yon panafrikanis brezilyen konsekan ki se yon admiratè pwogrè ke afriken-kiben yo fè sou Kastro ,siyen petisyon an.

Dr Da Nascimento ki enseye patou lan mond afriken an ,de Nijerya ak Inivèsite HOWARD lan WASHINGTON ,se yon moun ki respekte.
KASTRO limenm rekonèt ke gen prejije rasyal lan Kiba.Lan diskou li te pwononse lan katedral "St John the divine" (Harlem) landènye pasaj li lan Loni,misye t ap mande pasyans ,paske misye te di ke yo pa ka chanje 500zan istwa lan mwens ke 50 an.
Mesye KASTRO yo kapab fè plis,paske lè w ap gade manm gouvènman an ,pi fO se "iberik".
Se yon bagay ki pa akseptab,lan yon peyi ke ant 60 ak 70% popilasyon se dorijin afriken.
Men tou se pou gen pridans.youn lan pi gwo pwoteksyon rejim Kiben an se afriken OZETAZINI yo.
Si n sonje ke mesye Black Caucus yo te deklare ke yo pa p aksepte yon atak sou kiba ,lè mesye ekstrèm dwat repibliken an ,alye ak "gusanos" florid yo t ap fè epe yo sonnen.
Mwen sonje CHARLES RANGEL te di ke kiba se yon peyi a majorite nwa ,ke si gen yon atak ki fèt ,afriken-ameriken yo t ap fè dezobeyisans sivil.

FOK mesye KASTRO yo leve pye yo anvan yo mouri,represyon an ap kontèpwodiktif,paske sa ka afebli apwi ke kiba genyen lan mitan popilasyon afriken ameriken an;men tou se pou veye pou dwat reyaksyonè kiben pa "AMIOT METAYER" revolisyon kiben an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  jafrikayiti Mer 17 Mar 2010 - 21:27

Se yon bon mouvman daprè sa mwen li la a epi non mwen rekonèt sou lis la. Mwenmen se nan ane 1998 mwen te ale Kiba. Mwen pa ka di mwen te obsève okenn jès rasis pandan mwen te la. Okontrè, se premye peyi nan rejyon an kote mwen te wè peyizan blan ak peyizan nwa ap travay latè kotakot. Se vre lè ou gade reponsab leta yo, gen yon fos kote an favè blan, ki konprab ak sa nou wè nan rès kontinan an.

Antouka, se pou Kiba reponn kanmarad ki lanse petisyon sa a epi lage prizonye politik yo.


respè,

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 18 Mar 2010 - 1:51

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek

Si apre 50 lane, genyen prizonye politik toujou, pèp Kiben an pa genyen dwa pou fè chwa kijan pou yo viv, yo ap mouri ak grèv lafen nan prizon toujou, rasis elatriye..., konnen ke revolisyon kibèn nan echwe.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Jeu 18 Mar 2010 - 9:40

Thunder a écrit:Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Icon_eek

Si apre 50 lane, genyen prizonye politik toujou, pèp Kiben an pa genyen dwa pou fè chwa kijan pou yo viv, yo ap mouri ak grèv lafen nan prizon toujou, rasis elatriye..., konnen ke revolisyon kibèn nan echwe.
Thunder
pale sa w konnen.Kiba se yon peyi ke se lè an 1959 twoup FIDEL CASTRO yo te rive lan vil SANTA CLARA ke nèg nwa ki te lan mitan twoup revolisyonè yo kraze siy ki di "Rezève pou blan" ak "Rezève pou nwa".
Se yon peyi ki te genyen "apartheid"
Moun nwa lan Kiba pa t gen dwa ak edikasyon ou byen swen sante;menm si prezidan ke revolisyon an te ranvèse an FULGENCIO BATISTA se te milat li te ye.
Gen de klib ,ki pa t vle aksepte BATISTA kOm manm ,paske li te milat.
Se klib kote moun tankou fanmi FANJUL yo te manm.Se sou bitasyon FANJUL yo an Dominikani ke mesye GUY PHILIPPE yo te antrene anvan yo te debake ann AYITI an 2004.Se jis yon parantèz.
FANJUL apre revolisyon an te pran ekzil e misye te achte preske tout izin sik an Dominikani ak chan kann yo.

Si ou li repons BETANCOURT lan ou wè li di ke se ekzile kiben lan MIAMI yo ki ap voye "dife volan" ;se yon okazyon dO.
Mesyedam sa yo yon bann rasis devan letenèl ap fè dekabès ,paske san apwi popilasyon afriken-kiben an ,revolisyon an pa p ka siviv e an menm tan san apwi afriken ameriken yo ,revolisyon an ap vilnerab.

Se pou sa mwen fè alizyon 'Amiot Metayer".Te gen yon lè moun tankou w yo t ap rele misye bandi e apre evènman nou konnen yo ,misye mouri ,nèg te ize bagay sa a pou destabilize gouvènman Aristide an.

se pou moun ki gen senpati pou revolisyon kiben an,rekonèt sa li fè pou moun nwa toupatou lan mond lan,Se yomenm ki te kale Lame Sid Afriken an ,lan batay CUITO CANAVALE ,ki te fOse sid afriken yo sou tab negosyasyon ak ANC.

Nou konnen byen y ap fè tou ann AYITI.
An menm tan tou se pou gouvènman,lidèchip kiben an reflete konpozisyon popilasyon.
Castro te ranvèse sa k te pase an 1912 lan ,ak masak de "LOS ENDEPENDIENTES DE COLOR" lan men si frè CASTRO yo pa ale pi lwen ,pandan yo vivan la a,revolisyon an pa p siviv.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Jeu 18 Mar 2010 - 12:35

Nan tout kOmantè sou petisyon an ,nou wè yon non, ke panafrikanis afriken ameriken yo ak sila lan karayib anglofOn yo tankou Dr REX NETTLEFORD ,ap repete se ABDIAS DA NASCIMENTO.

Se gran panafrikanis BREZILYEN sa a ki atikile sa panse panafrikanis modèn lan dwe ye.
misye se yon moun ki anseye tankou m te mansyone anvan ,lan tout mond afriken an
Misye te pwofesè "African Cultures in the new world" lan Inivèsite Eta NEW YORK (Buffalo),misye te pwofesè "lang Afriken ak Literati" lan WESLEYAN UNIVERSITY,misye te pwofesè tou lan Inivèsite IFE (IFE,nIGERIA).

Misye te tounen lan BREZIL pou l al etabli yon SANT RECHECH AFRO-BREZILYEN.
DE TANZANTAN m a pataje lide misye yo sou "panafrikanis" ke misye abOde syantifikman ,san emosyon.
Anvan sa ,kite m mete yon ti pasaj lan liv misye ki rele "Essays on the Genocide of a Black People"
Misye t ap montre enpOtans revolisyon ayisyen sou mouvman panafrikanis.

misye di an 1824 te gen yon revOlt lan vil RECIFE (Paj 36)
Alatèt prizdam lan ki te rele EMILIANO MANDACARU te fè yon deklarasyon pou l deklare:
"Qual eu imito Cristovao "As I imitate Christophe
Esse imortal haitiano The immortal haitian
Eia!Imitar o seu povo, Hey!Imitate his people
O meu povo soberano!" O my sovereign people!"

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Sasaye Jeu 18 Mar 2010 - 12:39

Li evidan ke pratik rasis gen lavi di lan tout peyi e lan tout rejyon sou tè a, byen ke ya p diminye tout kote.

Se pou nou konsidere ke se te yon sistèm lavaj sèvo ki te afekte ni blan ni nwa, ki te pèmèt swadizan sivilization oksidantal avanse lan pwen li ye an.

Tout moun te pran lan sistèm saa e jiskounyea majorite moun bay blan kredi pou tout envansyon, tout bagay pozitif.

An Ayiti, lè yon nèg fè yon bagay briyan, yo di li fè tankou "vyolon lan men blan".

Malgre tout pwogrè ke mouvman dwa sivik (civil rights) fè Etazini, pratik rasis toujou ekziste an soudinn.
Lanpwen moun ki kapab vinn di ke sa pa ekziste Ozetazini e ke gen egalite totalkapital lan peyi saa.

Menm sitiyasyon an ekziste Kiba e yo fè anpil pwogrè ki chanje vi nèg nwa Kiba epi an Afrik.

Mwen dakò ke gouvenman kiben an dwe montre pwogrè yo lan konpozisyon gouvenman an ki pou reflete pousantaj moun nwa lan popilasyon an.
Menmsi Etazini poko fe sa, ni Kanada, ni Lafrans, ni Langlete, ni oken lot peyi lan Amerik latinn nan.

Se sèl Ayiti avèk Zil antiye angle yo ki gen refleksyon saa.

Si yon moun kapab di ke akòz de sa Revolisyon Kiben an echwe, kidonk demokrasi meriken an echwe tou, san nou pa bezwen pale de lòt yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Ven 19 Mar 2010 - 10:28

Si Cornel West ap leve vwa l pou l kritike gouvènman kiben an ,gouvènman kiben an gen pwoblèm.
Cornel West pa janm machande senpati l pou revolisyon kiben an e li fè plizyè vwayaj lan Kiba.

Epitou si ka gen yon "sipèsta' lan milye akademik yo ,se CORNEL WEST.Lè misye t ap kite HARVARD pou l ale PRINCETON ,sa te gen eko nasyonal.
CORNEL WEST ak JAMES EARLY (yon lOt pwa lou) ap di alatèt kiben yo ,se an "frè" y ap bayo konsèy sa yo.

Nèg yo di y ap konbat doktrin "White supremacy" (sipremasi blan) an,kelkelanswa kote l ap motre tèt li:

http://www.tavissmileyradio.com/guests09/121809/CornelWest_JamesEarly.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  jafrikayiti Ven 19 Mar 2010 - 10:45

Se yon bèl chita pale. Remake James Early pa siyen lèt la non. misye pa dakò ak pozisyon kanmarad yo arete a e li pa renmen ton lèt la. Li di mouche yo arete a se yon nèg ki pa respekte lwa peyi Kiba. Men, sa ki enteresan nan antrevi Tavis la, se nivo diskisyon ant 3 kanmarad yo ki pa nesesèman wè koze yo menm jan - men yo dakò sou pwen fondamantal yo, asavwa se devwa nou pou nou konbat rasis la kesesqwa kote li pwente tèt li.

Bon zouti!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Ven 19 Mar 2010 - 19:44

Kontinyan pale de ABDIAS DA NASCIMENTO gwo potorik gason sa a.
Pandan ke de nèg tankou LESLY MANIGAT ap pale de "la grande et généreuse France",gade ki konba l ap mennen a laj de 92 zan ,kounye an 96zan:

www.grioo.com/info7314.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Sam 20 Mar 2010 - 12:16

Yon refleksyon ABDIAS DA NASCIMENTO :

"The white minority in BRAZIL has never hesitated to demonstrate and exercise loyalty and solidaritywith its ethnic,cultural and politico-military european origin...It is a collusionthat has more in the way of mental subservience than of honest or dignified loyalty.
Never has the so called "Brazilian national conscience"questionned these spurious commitments.Europeans solidarity and racial cohesion with their white counterparts in the Americas has earned great benefits and consolidated power on both sides.

FOR US THIS IS ALSO POTENTIALLY TRUE and the Black majorityshould not have to invoke the precedent in order to act on ITS LEGITIMATE RIGHT TO BE LOYAL AND FAITHFUL,TO EXERCISE SOLIDARITY WITH,ITS AFRICAN ORIGINS,TO FEEL AND CONSIDER OURSELVES BROTHERS OF AFRICANS IN THE CONTINENT OR OUTSIDE OF IT.
Black Brazilians must assert their ancestral Africanity on the level of power,in consort and fraternitywith all Black people of the world.

(Brazil,Mixture or Massacre, paj 10)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Lun 22 Mar 2010 - 13:16

Sasaye a écrit:Li evidan ke pratik rasis gen lavi di lan tout peyi e lan tout rejyon sou tè a, byen ke ya p diminye tout kote.

Se pou nou konsidere ke se te yon sistèm lavaj sèvo ki te afekte ni blan ni nwa, ki te pèmèt swadizan sivilization oksidantal avanse lan pwen li ye an.

Tout moun te pran lan sistèm saa e jiskounyea majorite moun bay blan kredi pou tout envansyon, tout bagay pozitif.

An Ayiti, lè yon nèg fè yon bagay briyan, yo di li fè tankou "vyolon lan men blan".

Malgre tout pwogrè ke mouvman dwa sivik (civil rights) fè Etazini, pratik rasis toujou ekziste an soudinn.
Lanpwen moun ki kapab vinn di ke sa pa ekziste Ozetazini e ke gen egalite totalkapital lan peyi saa.

Menm sitiyasyon an ekziste Kiba e yo fè anpil pwogrè ki chanje vi nèg nwa Kiba epi an Afrik.

Mwen dakò ke gouvenman kiben an dwe montre pwogrè yo lan konpozisyon gouvenman an ki pou reflete pousantaj moun nwa lan popilasyon an.
Menmsi Etazini poko fe sa, ni Kanada, ni Lafrans, ni Langlete, ni oken lot peyi lan Amerik latinn nan.

Se sèl Ayiti avèk Zil antiye angle yo ki gen refleksyon saa.

Si yon moun kapab di ke akòz de sa Revolisyon Kiben an echwe, kidonk demokrasi meriken an echwe tou, san nou pa bezwen pale de lòt yo.

A monchè! ...Pou yon moun ta di ke rasism an soudinn, tankou w ekri deja, pa ekziste nan USA, konnen ke li fou. Men si yon moun konpare demokrasi Ameriken sa a ak revolisyon Castro an, konnen li debòde. 50 lane apre "Civil Rights Movement", Obama pran pouvwa a nan yon peyi ki genyen 12% moun nwa ladann. 50 Lane apre revolisyon Castris, se Castro ak zanmi l e fanmi l ki kontinye ap prive Kiben yo de libète yo.

De ki mannigans ke si revolisyon Castro a echwe, konnen ke demokrasi Ameriken an echwe tou la a? eskplike souple.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Sasaye Lun 22 Mar 2010 - 15:17

Non monchè!... pa gen manigans e pa gen rezon pou sa.

Se yon fason de pale. Lanpwen oken sistèm ki pafè, san fot.
Yon moun rekonet pwogre ki fet Ozeta depi ane 60 yo, kote lan Florid te gen siy ki di: Neg, Jwif ak Chen pa gen dwa antre laa.

Kounyea Obama prezidan, Se bel bagay.
Men prezans Obama pa kapab retire santiman rasis lan tet moun lan Sid epi lot rejyon lan peyi saa.
Men nou pakapab nye ke pwogre fet depi mouvman sivil right lan ki korije yon enjistis ki te ekziste lan tout kwen peyi demokratik saa.

Kiba te lan yon sitiyasyon an lan ane 60 yo ki te pi mal.
Revolisyon kibenn nan libere fanm de pwostitisyon ki te anvayi tout klas sosyal.
Libere neg nwa de eksklizyon sosyal.
Sistem edikasyon yo se yon ekzanp pou tout peyi: Lasyans, lamedsyn, lezarts (les arts).

Yo pwogrese malgre yon anbago ke meriken enpoze depi 50an e Kiba devan tout peyi Karayib yo e menm kèk gwo peyi Amerik di Sid.
Yo rive ede medikalman e militèman peyi afriken.

Yo antrenen jenn ayisyen pou vinn doktè poun ranplase alalong konbyen santènn doktè kiben ki an Ayiti ap ede popilasyon nou yo depi lontan.

Yon gouvenman revolisyonè pa lan fè eleksyon prezidan chak 5 an, men yo gen eleksyon minisypal ak rejyonal regilyèman.

Toujou gen koreksyon ki pou fèt, men se pou nou wè kisa ki fèt.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Lun 22 Mar 2010 - 19:05

Ayisyen ,si se liv ak jounal franse sèlman yo li ,pa p konnen sa Kiben yo akonpli ann Afrik.
Si se pa t pou Kiben yo ,petèt nou ta ka gen "apartheid" toujou lan Afrik di Sid.

Se pa pa aza ke lè NELSON MANDELA te libere ,youn lan premye peyi li te vizite se te Kiba ,pou l di CASTRO ak pèp kiben an mèsi.
Pou listwa,lan ane 1980s ,blan Sid Afriken yo t ap fè e defè lan Sid Afrik lan.Yo te okipe NAMIBI,yo te gen yon popetwèl lan ANGOLA ak JONAS SAVIMBI e yo te menm enfliyanse sa k t ap pase lan MOZANBIK.

Mesye ANGOLA yo mande KIBA konkou.Lan yon premye tan CASTRO voye konseye pou lame ANGOLA ,konseye yo te nwa yo jis te entegre lan ame ANGOLA a.
Lè yo pa t ka "stop" sid Afriken yo ,CASTRO voye de milye de twoup lan yon operasyon yo te rele "OPERASYON CARLOTA"
Lè nwa kiben yo debake ,premye bagay yo te di se "CARLOTA NOU TOUNEN"
Pou listwa,CARLOTA se te yon gwo pyès fanm ,ki te fèt lan KONGO.An 1844,CARLOTA te pran manchèt li pou l mande libète pou esklav kiben .Manmzèl te gen tan koupe tèt anpil blan esklavajis ,pase lan twa plantasyon ,libere esklav lan plantasyon sa yo epi li mete pwovens MATANZAS tèt an ba.lame panyOL lan te reyisi pran manmzèl e pi pann li.

Lan operasyon CARLOTA a ,twoup kiben yo te opoze an 1987 twoup Afrik di Sid yo lan yon kote yo rele CUITO CANAVALE.Te gen milye de twoup kiben.
Yo rete avans twoup Sid Afriken yo,apre yon batay "lejandè" ,yo te koumanse pouse blan Sid Afriken yo lan fwontyè Afrik di Sid lan.
Te gen gwo danje pou blan Afrik di Sid yo, pou Kiben yo te defèt Lame Sid Afriken ak "apartheid" e pou yo pèdi tout.
Se lè sa a blan Sid Afriken yo te koumanse negosye seryezman ak ANC,ki abouti lan liberasyon NELSON MANDELA ak lOt evènman ke nou konnen yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Mer 24 Mar 2010 - 1:26

Sasaye a écrit:Non monchè!... pa gen manigans e pa gen rezon pou sa.

Se yon fason de pale. Lanpwen oken sistèm ki pafè, san fot.
Yon moun rekonet pwogre ki fet Ozeta depi ane 60 yo, kote lan Florid te gen siy ki di: Neg, Jwif ak Chen pa gen dwa antre laa.

Kounyea Obama prezidan, Se bel bagay.
Men prezans Obama pa kapab retire santiman rasis lan tet moun lan Sid epi lot rejyon lan peyi saa.
Men nou pakapab nye ke pwogre fet depi mouvman sivil right lan ki korije yon enjistis ki te ekziste lan tout kwen peyi demokratik saa.

Kiba te lan yon sitiyasyon an lan ane 60 yo ki te pi mal.
Revolisyon kibenn nan libere fanm de pwostitisyon ki te anvayi tout klas sosyal.
Libere neg nwa de eksklizyon sosyal.
Sistem edikasyon yo se yon ekzanp pou tout peyi: Lasyans, lamedsyn, lezarts (les arts).

Yo pwogrese malgre yon anbago ke meriken enpoze depi 50an e Kiba devan tout peyi Karayib yo e menm kèk gwo peyi Amerik di Sid.
Yo rive ede medikalman e militèman peyi afriken.

Yo antrenen jenn ayisyen pou vinn doktè poun ranplase alalong konbyen santènn doktè kiben ki an Ayiti ap ede popilasyon nou yo depi lontan.

Yon gouvenman revolisyonè pa lan fè eleksyon prezidan chak 5 an, men yo gen eleksyon minisypal ak rejyonal regilyèman.

Toujou gen koreksyon ki pou fèt, men se pou nou wè kisa ki fèt.

Sasaye,

Youn nan rezon kifè ke mwen estime ke revolisyon Kiben yo echwe an, se paske mwen kwè ke si apre 50 lane, Castro panse ke pèp Kiben an poko ka fè chwa dirijan l toujou, konnen ke li echwe.

Moun pa viv de pen sèlman, se sa ki diferansye nou te bèt. Laprèv, se ke Kiba gen dwa parèt pi bon ke anpil lòt peyi nan Karayib lan, men sa pa anpeche ke li se youn nan peyi nan zòn nan ke sitwayen yo pran kanntè pi plis. Kiba plis sanble ak madanm ke yon mari ap abize, e malgre ke madanm nan genyen pi bèl kay nan katye a, madanm nan t ap plis anvi nan plas lòt madanm ke mari yo p ap abize yo konsa.

Dwa sakre #1 yon pèp, se libète l. Mwen garanti w ke si Castro ouvè pò peyi a, si tout moun ka kite peyi an jan ke yo vle, wou te ka bezwen yon Kiben pou w fè yon te, wou te ka pa jwenn li.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Sasaye Mer 24 Mar 2010 - 12:32

Thunder,
Wa p gade Kiba lan pèspektiv pwopagann meriken ki ensiste pou tout moun fè eleksyon memsi se eleksyon bidon.

Kiba pa gen sistèm repibliken.
Ya p viv lan yon sistèm revolisyonè ki mande ke lidè revolisyon yo rete lan plas yo pou kontinye revolisyon an lan pratik gouvènman.

Lanpwen altènans lan revolisyon. Si te gen altènans revolisyon an non sèlman ta ka echwe, men li ta gen dwa kraze e dejwe de objektif li nèt. (Pa elkzanp Larisi).

Revolisyon Kiben an ap siviv pou tout tan, paske li siviv 50 lane ki bay pèp yo benefis. Yo viv revolisyon an e yo apiye l.
Si majorite kiben pa t apiye sistem nan, li ta disparèt deja.

Non, si yo ta louvri pot Kiba, majorite kiben ta p rete lakay yo.
Natirelman genyen ladan yo ki ta renmen yon lot sistèm.



Tankou tout kote, men yo pa lan majorite a.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Mer 24 Mar 2010 - 14:01

Se pou nou pa minimize konkèt kiltirèl revolisyon kiben.Se sa yo rele yon pèp kiltive .
Noumenm ,gen moun lakay nou ki ap kraze a kout wOch moun ki ap pratike relijyon zansèt yo,lan Kiba menm se bagay gouvènman an ankouraje.

Li atik sa a yon nijeryen ekri,misye di gen yon seri de pratik ki ap disparèt ann Afrik ,li jwenn "fO" lan Kiba.
Sa a se yon pèp ki vrèman kiltive ,ki konnen sa yo rele "kilti"

http://afrocubaweb.com/ivormiller/westafricacuba.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 1:45

Non Sasaye! ...Se pa yon kesyon de pwopagann Ameriken jan ke w mansyone a, se yon kesyon de libète. Ke w vle l ou pa, Castro se yon diktatè, e youn nan karakteristik yon diktati se prive moun de libète yo.

Zafè ke pi fò Kiben aksepte diktati an se yon fab. Si se vre sa ke w di an, poukisa ke Castro genyen krentif pèp lan konsa a? Li oblije anplwaye taktik kraze zo pou l simen lapè nan mitan popilasyona an. Menm sou Batista, Kiba te genyen sèlman 11 prizon, kounyea an, sou Castro li genyen 300 prizon. Pifò nan prizon sa yo genyen selil ke yo rele "gavetas" (tiwa), kote ke plafon selil sa yo tèlman ba ke se tou long pou prizonye yo kouche. Poukisa mezi drastik sa yo nan yon sosyete ke tout moun ta sipoze "egal"? Poukisa fòk Castro kontwole sa Kiben yo dwe gade oubyen tande? Poukisa yo pa genyen dwa a entènèt? Poukisa ke gwo pinga mete pou moun k ap eseye sove kite zile an? ...?

Si se Castro ki oblije ap itilize fòs, e ki oblije rete sou pouvwa a pou Kiben yo pa fè altenans, konklizyon an senp: Revolisyon an echwe
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 1:51

Statement by President Obama on the latest events in Cuba

March 24 - President Barack Obama said on Wednesday he was "deeply disturbed" by recent events in Cuba, including the death of a hunger striker protesting his political imprisonment and repression of peaceful protests by families of political prisoners.

"These events underscore that instead of embracing an opportunity to enter a new era, Cuban authorities continue to respond to the aspirations of the Cuban people with a clenched fist," Mr. Obama said, calling for the immediate release of all Cuban political prisoners.

The strongly worded statement adds to mounting international pressure on Cuba over the events of the past few weeks.

Orlando Zapata, a 42-year-old laborer, died Feb. 23 after an 86-day hunger strike for better jail conditions, followed by another hunger strike by dissident journalist Guillermo Fariñas. Mr. Fariñas, who is demanding the release of 26 political prisoners with health problems, is reported to be in a hospital and being fed intravenously.

"During the course of the past year, I have taken steps to reach out to the Cuban people and to signal my desire to seek a new era in relations between the governments of the United States and Cuba," he said in the statement. "I remain committed to supporting the simple desire of the Cuban people to freely determine their future and to enjoy the rights and freedoms that define the Americas, and that should be universal to all human beings." Wall Street Journal AFP





Kisa ke nou panse de deklarasyon Obama sou kesyon Kiba a?

Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Jeu 25 Mar 2010 - 5:01

Al aprann istwa Kiba.Mande w poukisa Kiba se youn lan peyi ki pran endepandans li pi ta la Amerik lan ,an 1902.
Rezon an sè ke Etazini pa t vle sa ,paske se moun nwa ki te toujou devan pou Kiba pran endepandans li e Etazini te toujou pè ke yon peyi nwa endepandan a 90 mil de kOt Florid lan ,t ap mete Etazini tèt anba kote te gen esklavay e apre te gen "apartheid"
P0pilasyon nwa Kiba a te mennen yon doub konba ,kont lesklavay e pou endepandans.
Yo te genyen l tou ,lè an 1898 Etazini fè koken e vOlO endepandans lan lan men yo e mete yo sou yon pwotektora ke revolisyon Castro an ,ki te pi nasyonalis ke kominis ap vin kase an 1959.

Wi ,gen yon seri de nèg ki ap mande eleksyon lib lan Kiba .Ki dwa Etazini pou l ap mande eleksyon lib.
Eleksyon ke si rezilta pa sa yo eskonte an ,pou yo file zepon yo pou yo pa aksepte.
Tankou eleksyon lan NICARAGUA lan ane 1980s yo ak DANIEL ORTEGA ou byen eleksyon ARISTIDE ann AYITI.

Sa ki fOme FIDEL CASTRO ,se sa k te pase JACOBO ARBENZ GUZMAN lan GUATEMALA a.Se yon peyi ak yon gouvènman ki te bay pwogresis lan kontinan espwa.Lè ameriken yo jete gouvènman sa a an 1954 ,CASTRO reyalize ke Etazini pa p kite okenn chanjman fèt si yo pa kase enfliyans Etazini an.

Enhen!Etazini ak Obama ap pale de prizonye politik ,alOs ke yo te kOmandite masak de milye ,de milye ,de milye de pOv malere ann AYITI ak FRAPH ,sa pa gen lontan de sa.
Wi ,moun ki gen senpati pou revolisyon Kiben an ,gen dwa mande plis de revolisyon an, men tou zafè pou bay chen kanson an,pa p gen sa pyès.
Si OBAMA ka kontwole ekstrèm dwat ameriken an ,li gen dwa pale ,men li pa kapab ,donk se pou l fèmen dyOl li sou zafè Kiba a.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 5:27

W ap mande pou moun al aprann istwa Kiba pandan ke w poko menm aprann prezan l wou menm. Men kesyon senp ke m poze yo:

Ke w vle l ou pa, Castro se yon diktatè, e youn nan karakteristik yon diktati se prive moun de libète yo.

Zafè ke pi fò Kiben aksepte diktati an se yon fab. Si se vre sa ke w di an, poukisa ke Castro genyen krentif pèp lan konsa a? Li oblije anplwaye taktik kraze zo pou l simen lapè nan mitan popilasyona an. Menm sou Batista, Kiba te genyen sèlman 11 prizon, kounyea an, sou Castro li genyen 300 prizon. Pifò nan prizon sa yo genyen selil ke yo rele "gavetas" (tiwa), kote ke plafon selil sa yo tèlman ba ke se tou long pou prizonye yo kouche. Poukisa mezi drastik sa yo nan yon sosyete ke tout moun ta sipoze "egal"? Poukisa fòk Castro kontwole sa Kiben yo dwe gade oubyen tande? Poukisa yo pa genyen dwa a entènèt? Poukisa ke gwo pinga mete pou moun k ap eseye sove kite zile an? ...?

Si se Castro ki oblije ap itilize fòs, e ki oblije rete sou pouvwa a pou Kiben yo pa fè altenans, konklizyon an senp: Revolisyon an echwe

An rezime: Kisa ke Fidel Castro pè kifè ke li kenbe pèp Kiben an kout konsa a? ...Kisa li pè an tonnas? Si Castro poko ka fè pèp Kiben an konfyans menm apre 50 lane, REVOLISYON CASTRO AN ECHWE.

Kote sa ke w pa ka reponn la a? Pou w gen tan tonbe an 1898... patati patata?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Sasaye Jeu 25 Mar 2010 - 5:31

Thunder,

Ou konnen konbyen prizon ki genyen Ozeta?
Ou pa konnen se youn lan pi gwo endistri Ozeta?

Avèk konpayi prive ki bati prizon epi kenbe prizonye pou gouvènman?
Ou pa konnen avèk 12% popilasyon, moun nwa reprezante apeprè 80% prizonye lan peyi saa?

Nou pakapab di ke demokrasi meriken echwe pou bagay sayo.

Ekzanp ou bay sou Kiba yo se pa bagay ki tout kote lan Kiba.

Obama ap rele amwe pou 2 zou 3 ka aloske gen milye oubyen milyon ka konsa Ozeta.

Fidèl retrete pou koz maladi. Eske se de li wa p pale oubyen de Raul?

Si w vle al Kiba, ou ka pase pa Meksiko paske meriken retire libète w pou voyaje al Kiba.

Men sa ta vo la pènn, konsa ou ta wè kiben se yon pèp lib.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 5:34

Si OBAMA ka kontwole ekstrèm dwat ameriken an ,li gen dwa pale ,men li pa kapab ,donk se pou l fèmen dyOl li sou zafè Kiba a.

Si m byen konprann, Joel panse ke Obama se yon prezidan poupe twal? ...Oubyen Joel asime ke Obama pa genyen bon sans ase pou l konprann ke rejim Castris lan se yon rejim kraze zo?


Joel! ...Presize pou mwen souple.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum