Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

+2
jafrikayiti
Joel
6 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Mar 16 Mar 2010 - 12:13

Rappel du premier message :

Dr DARSI FERRER ,afwosantris kiben an mouri lan grèv grangou lan prizon Kiba,semenn pase an
Gen anviwon 50 ou 60 afwosantris kiben ki lan prizon.
Se pa yon bagay fasil pou diskite paske Kiba se pi bon zanmi ke AYITI genyen sou planèt lan,se peyi tou ki gen kilti ki pi sanble ak pa nou an.
Se lit pou siksesyon KASTRO yo ki komanse e entelektyel afwosantris kiben yo deside ke sa ki te pase an 1912 lan ,lè "iberik" yo te dekapite mouvman afwosantrk lan ,lè yo te touye ak èd ameriken yo ,plis ke 6000 elit militè,relijye,ekonomik afriken an e mete chita dominasyon "iberik" yo.
Gade premye petisyon ke CARLOS MOORE ki se yon alye "gusanos" lan FLORID lan mete deyo e gade repons lan.

Kote sitiyasyon an konplèks ,sè ke de AFWOSANTRIS tankou ABDIAS DE NASCIMENTO (BREZILYEN KI LAN 90S li) siyen petisyon an,de nèg tankou MOLEFI ASANTE ELT...


JAF,sa w panse ,mwen konnen byen ke se yon refleksyon ki pa p fasil.
Li ,opinyon pou ak kont ak 2 gwoup diferan entelektyel:

http://afrocubaweb.com/actingonourconscience.htm

http://afrocubaweb.com/cubaroadmap.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas


Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 5:53

Sasaye a écrit:Thunder,

Ou konnen konbyen prizon ki genyen Ozeta?
Ou pa konnen se youn lan pi gwo endistri Ozeta?

Avèk konpayi prive ki bati prizon epi kenbe prizonye pou gouvènman?
Ou pa konnen avèk 12% popilasyon, moun nwa reprezante apeprè 80% prizonye lan peyi saa?

Nou pakapab di ke demokrasi meriken echwe pou bagay sayo.

Ekzanp ou bay sou Kiba yo se pa bagay ki tout kote lan Kiba.

Obama ap rele amwe pou 2 zou 3 ka aloske gen milye oubyen milyon ka konsa Ozeta.

Fidèl retrete pou koz maladi. Eske se de li wa p pale oubyen de Raul?

Si w vle al Kiba, ou ka pase pa Meksiko paske meriken retire libète w pou voyaje al Kiba.

Men sa ta vo la pènn, konsa ou ta wè kiben se yon pèp lib.

Sasaye pa ekzajere bagay yo nan eta sa a monchè. Pousantaj moun ki de 30 a 34 lane ki nan prizon nan Etazini repati konsa: 35.4% Nwa, 32.9% Blan, ak 17.9% pou Panyòl.

Popilasyon pou popilasyon, sipèfisi pou sipèfisi, mwen kwè ke Kiba genyen plis prizon ke Etazini. E m ap fè w remake ke Etazini se yon peyi kapitalis nan sans ke klas ekonomik ekziste, sa vle di ke banditism ka jwenn plis motivasyon pou vale teren. Kontrèman ak Kiba ki reklame ke tout moun "egal". Donk si se pa banditism ki oblije ke Castro bati "gavetas", se kisa? ...eksplike souple.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 6:42




Rejim diktaoryal Kiba a pè menm yon bann medanm abiye an blan k ap pwoteste ak flè nan men yo. Mesye tanpri, nou gen dwa apiye rejim nan, men pa bay moun Anana pou Sizann
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Jeu 25 Mar 2010 - 8:52

Thunder,

ou pa pou eleksyon lib ann Ayiti.Si gen sa e mesye LAVALAS yo genyen l ou t ap rele koken.
Sa se youn!

Mwen retounen sou 1898 ,paske se pou w konnen istwa yon peyi pou w konprann atitid aktè prezan yo.
Se pou w konnen sa k te pase an 1912,kote ameriken yo alye ak boujwazi blanch lan te masakre 6000 nèg nwa (6 mil) nan sa yo rele masak de LOS INDEPENDIENTES DE COLOR.
Se sa k fè moun nwa lan Kiba te apiye e kontinye ap apiye revolisyon an.
wi se pou w konnen ant 1912 a 1959 ,moun nwa lan kiba pa t gen dwa a edikasyon,swen sante elt.. e anpil ladan yo se te de mwatye yo te ye menm jan ak anpil peyizan lakay ,lè te ge tè pou travay.
Se pou gouvènman kiben an fè tankou La Chine ,se pou l kontwole chanjman yo menmjan ak La Chine ak Vietnam.Se sa RAOUL ap eseye fè.
Ak degre edikasyon Kiben yo ,yo genyen pou yo devni yon peyi dominan ekonomikman ,si se yo ki kontwole chanjman yo,tankou La Chine ki ap vini premye pwisans ekonomik mondyal.
Si yo kite boujwazi rasis Florid lan ,vin pran kontwol peyi an ankO ,tankou anvan 1959,moun nwa lan Kiba ap tounen lan sibsèvyans ankO e se pou pa gen sa pyès

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Marc H Jeu 25 Mar 2010 - 11:06

Joel

Kite'm redi'w anko ke lavalas tel le te ye avan renvèman Aristide la an 2004 , pa existe anko.

Bien sur, il faut s'attendre à un nouveau parti lavalas sans Aristide dans les prochains mois.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Sasaye Jeu 25 Mar 2010 - 11:53

Ou bay yon pousantaj pou moun ki gen 30 a 40 an.
Al gade pousantaj tout popilasyon yo.

Memsi nou pran statistik ke w montre yo,

Nou kapab mande kijan 12% nwa gen 34.5% prizonye aloske blan gen 32.9%.
Sa montre ke panyol yo menm yo se tilèzanj?

Lanpwen pè medam ki abiye an blan.
Gen règleman byen presi kijan pou moun fè demonstrasyon.

Se pou remake anko ke mesye afromeriken yo ap denonse inegalite ki rete avèk nwa kiben yo, men yo rekonèt e sipote Revolisyon an.
Yo pa di ke gen rejim diktatoryal Kiba.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Jeu 25 Mar 2010 - 12:48

Marc a écrit:Joel

Kite'm redi'w anko ke lavalas tel le te ye avan renvèman Aristide la an 2004 , pa existe anko.

Bien sur, il faut s'attendre à un nouveau parti lavalas sans Aristide dans les prochains mois.

Marc,
Sa w di an pa fè okenn sans .Si Lavalas jan l te ye anvan 2004 lan pa ekziste ankO ,poukisa PREVAL ak alye l yo pa t kite yo patisipe lan dènye eleksyon yo?

Jiska nouvèl Od pa p gen Lavalas san ARISTIDE.Se sa w ta swete ou byen sa zOt ta swete ,men politik gen pwOp lwa li.
Tankou m ap repete ,depi lan ane 40s Peronis yo koutinye ap genyen eleksyon.PERON mouri depi lan ane 70s yo,mwen kwè 3 lan 4 dènye prezidan AJANTIN yo se peronis.
Mwen kwè se VALENZUELA ,Asistan Sekretè deta (aktyèlman) ki te deklare an 2004 ke Repibliken yo kreye yon lOt PERON,ak renvèsman ARISTIDE lan.
Sa w swete an ,se pa sa non!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Amoph Jeu 25 Mar 2010 - 20:38

Thunder:

Pousantaj moun ki de 30 a 34 lane ki nan prizon nan Etazini repati konsa: 35.4% Nwa, 32.9% Blan, ak 17.9% pou Panyòl.



Sasaye:

Ou bay yon pousantaj pou moun ki gen 30 a 40 an.
Al gade pousantaj tout popilasyon yo.

Memsi nou pran statistik ke w montre yo,

Nou kapab mande kijan 12% nwa gen 34.5% prizonye aloske blan gen 32.9%.
Sa montre ke panyol yo menm yo se tilèzanj?


Sasaye rele, li trouve pilul la amèr e trè dur a avale !!!



Selon les chiffres officiels du Département de la justice des Etats-Unis au 31 mars 2009. La population carcérale américaine s'élevait à quelque 2 310 984 de personnes, sur une population adulte de 230 millions de personnes.

La moitié des détenus étaient des Afro-américains et le quart des Hispaniques.


Aux Etats-Unis, où nous trouvons :

66% Blancs;

15% Hispaniques;

12% Afro-Américains;

04% Asiatiques et Insulaires du Pacifique;

01% Américains Indiens;

02% Autres.



Nos calculs vont se porter uniquement sur la population adulte des Etats-Unis.



Donc,


Combien de Blancs y a-t-il aux USA ?

66% de 230 000 000 de personnes :
(66 Blancs/100 personnes) * 230 000 000 personnes = 151 800 000 Blancs;


Combien d'Hispaniques y a-t-il aux USA ?

15% de 230 000 000 personnes :
(15 Hispaniques/100 personnes) * 230 000 000 personnes = 34 500 000 Hispaniques;


Combien d'Afro-Américains y a-t-il aux USA ?

12% de 230 000 000 personnes :
(12 Afro-Américains/100 personnes) * 230 000 000 personnes = 27 600 000 Afro-Américains;


Combien d'Asiatiques et Insulaires du Pacifique y a-t-il aux USA ?

4% de 230 000 000 personnes :
(4 Asiatiques et Insulaires du Pacifique/100 Adultes) * 230 000 000 Adultes = 9 200 000 Asiatiques et Insulaires du Pacifique;


Combien d'Américains Indiens y a-t-il aux USA ?

1% de 230 000 000 personnes :
(1 Américains Indiens/100 personnes) * 230 000 000 personnes = 2 300 000 Américains Indiens;


Combien d'Autres y a-t-il aux USA ?

2% de 230 000 000 personnes :
(2 Autres/100 personnes) * 230 000 000 personnes = 4 600 000 Autres.



---------------------------------------------------------------------------



Sur 2 310 984 détenus, 50% sont des Afro-Américains :

(50 Afro-Américains/100 détenus) * 2 310 984 détenus = 1 155 492 Afro-Américains;



Sur 2 310 984 détenus, 25% sont des Hispaniques :

(25 Hispaniques/100 détenus) * 2 310 984 détenus = 577 746 Hispaniques;



Sur 2 310 984 détenus, 25% sont des Blancs + TousLesAutres :

(25 Blancs + TousLesAutres/100 détenus) * 2 310 984 détenus = 577 746 Blancs et TousLesAutres.



Légende:

TousLesAutres = Asiatiques et Insulaires du Pacifique + Américains Indiens + Autres



---------------------------------------------------------------------------



La proportion des Afro-Américains en prison aux USA :

1 155 492 / 27 600 000 = 0,04186565217 = 4,186565217 / 100

Soit un peu plus de 4 Afro-Américains sur 100 se trouvent derrière les barreaux.



La proportion des Hispaniques en prison aux USA :

577 746 / 34 500 000 = 0,01674626087 = 1,674626087 / 100

Soit un peu plus de 3 Hispaniques sur 200 se trouvent derrière les barreaux.



La proportion des Blancs + TousLesAutres en prison aux USA :

577 746 / (151 800 000 + 9 200 000 + 2 300 000 + 4 600 000) =

577 746 / 167 900 000 = 0,003441012507 = 0,3441012507 / 100

Soit un peu plus de 3 Blancs + TousLesAutres sur 1000 se trouvent derrière les barreaux.



Merci de votre attention.



Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Marc H Ven 26 Mar 2010 - 0:17

Marc,
Sa w di an pa fè okenn sans .Si Lavalas jan l te ye anvan 2004 lan pa ekziste ankO ,poukisa PREVAL ak alye l yo pa t kite yo patisipe lan dènye eleksyon yo?

Jiska nouvèl Od pa p gen Lavalas san ARISTIDE.Se sa w ta swete ou byen sa zOt ta swete ,men politik gen pwOp lwa li.

Joel

Na wè sa pi devan. Mwen genyen bon jan infomasyon wi zanmi sou sa ki bral pase lan prochain mwa yo.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Joel Ven 26 Mar 2010 - 7:25

Marc,

Ou te mèt gen enfOmasyon,defOmasyon ,twafOmasyon se nad marinad.
Tout nèg depi 1995 yo ki ap eseye demake yo de ARISTIDE,sa k rive yo .Yo blije antre lan lojik koudeta.
Si w tande de nèg ki ap di ke y ap fOme Lavalas san Aristide se pete y ap pete pi wo pase bounda yo.Y ap echwe.

Si gen eleksyon lib , kandida ke ARISTIDE epole an ,se limenm ki ap genyen.Se yon fè.
Gade atik AP an kote yo kalifye SO ANNE de "pwisan".
Dapre ou kote pwisans lan sOti?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Sasaye Ven 26 Mar 2010 - 11:38

Amof,

Mèsi pou enfomasyon ke w mete sou sitiyasyon prizon Ozeta Zini.
Chif yo pa bezwen komantè.

Si kantite prizonye detèmine si yon gouvènman diktatoryal, alo nou pa gen bouch pou pale.

Kenbe la.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Ven 26 Mar 2010 - 23:41

Lanpwen pè medam ki abiye an blan.
Gen règleman byen presi kijan pou moun fè demonstrasyon.

Se pou remake anko ke mesye afromeriken yo ap denonse inegalite ki rete avèk nwa kiben yo, men yo rekonèt e sipote Revolisyon an.
Yo pa di ke gen rejim diktatoryal Kiba.

Wi! ...Sou Duvalier, sou Diktati militè ak sivil nou yo te toujou genyen "règleman" byen presi kijan pou moun fè manifestasyon tou. Youn nan "règleman" yo, se pa rele "aba" rejim ki an plas lan.

Moun yo ap rele "libertad", men wou pa satisfè, wou di ke yo pa konsidere rejim nan kòm yon diktati. Epoutan Sasaye! ...Moun k ap mande "liberte" se moun ki estime ke yo prive yo de sa. Si yo prive de sa, sa pa menm diktati ankò, se lesklavaj.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Sam 27 Mar 2010 - 0:57

Sasaye a écrit:Amof,

Mèsi pou enfomasyon ke w mete sou sitiyasyon prizon Ozeta Zini.
Chif yo pa bezwen komantè.

Si kantite prizonye detèmine si yon gouvènman diktatoryal, alo nou pa gen bouch pou pale.

Kenbe la.

Sasaye,

W ap devye diskisyon an. Si nou vle pou nou fè yon diskisyon nan poukisa ke genyen plis nwa Ozetazini ki nan prizon pase tout lòt ras? Pandan ke yo reprezante yon minorite, nou ka toujou fè l. Men la a n ap pale de politik an jeneral, mwen te mansyone prizon yo, pou m te mande w nan ki sikonstans ke genyen tout prizon sa yo nan peyi Kiba pandan ke Castro reklame ke tout moun "egal"? Kontrèman ak peyi tankou Etazini kote ke klas sosyo-ekonomik eksiste avivwa. Donk se pa sèlman kantite moun ki nan Prizon pou detèmine si yon gouvènman diktatoryal ou pa. Men se ki jan de prizonye ke yo genyen ki pral detèmine sa.

An nou pran yon ti ekzanp senp: Nan Etazini li obligatwa pou polisye, k ap arete yon moun, li "Miranda rights" moun sa a. Sa vle di ke polisye a dwe li dwa konstitisyonèl ke moun nan genyen pandan ke li anba arestasyon. E an plis, li dwe di moun nan ki chaj ke li mete sou li, sa vle di poukisa ke li arete l. Tandans lan se sispè a inosan toutotan ke yo (sistèm jistis lan) poko pwouve lekontrè.

Kiba li menm genyen sa yo rele "peligrosidad social" (danje pou sosyete). Sa a se yon pratik kote ke rejim nan ka arete w e mete w nan prizon si yo "sispèk" ke w ka komèt yon krim à l'avenir. Pa bezwen genyen prèv, se "sispèk" sèlman pou yo pa "sispèk" wou. Donk anpil opozan rejim nan nan prizon pou "peligrosidad social".

Alò se konsa ke w ta renmen konpare libète ke 2 pèp sa yo genyen? An nou antann nou Sasaye...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Thunder Sam 27 Mar 2010 - 2:52

Sasaye ekri:

Yo pa di ke gen rejim diktatoryal Kiba
.

M ap kite youn nan prizonye politik yo reponn:




Nov. 27 - Prisoner of conscience Dr. Oscar Elias Biscet spoke with Radio Martí from the Combinado del Este prison, to announce a new campaign [b]asking the Castro regime to respect the human rights of the Cuban people.


Dr. Biscet is asking Cubans in and out of the island and people all over the world to support this campaign that will begin on December 5 and end on December 10, the International Day of Human Rights.

Dr. Biscet said that he is on cell 1232 on the second floor of the Combinado del Este prison, a maximum security area where the most violent common criminals are being held.

Because he has to share his cell with prisoners accused of violent crimes, Dr. Biscet considers that his life is at risk.

"I feel good, even though I still suffer from several illnesses that I have managed to keep under control. However, I have lost most of my teeth due to the stress and the lack of hygiene at the prison," Dr. Biscet told Radio Martí.

Dr. Biscet was sentenced to 25 years in jail for teaching his fellow Cubans about Dr. Martin Luther King and his peaceful protests in support of civil rights in the United States

[/b].



Mwen ta renmen konnen eske rejim k ap vyole dwa pwòp pèp li se pa yon rejim diktatoryal?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. - Page 2 Empty Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum