Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Je parle français, c'est la faute à Dessalines

+2
Le gros roseau
ainsi ne soit-il
6 participants

Page 1 sur 5 1, 2, 3, 4, 5  Suivant

Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 15 Déc 2013 - 16:42

Lè sou Dessalines, nou t'ap kraze bounda Franse yo, misye te trye pami yo itou pou itilite yo. Eske n'ap kondane'l pou sa?

Si m'te kapabl se kalandrye a mwen ta chanje pou Ayiti. A chaque début de siècle, toujou gen yon malè ki vin frape tè sa a. 1503..., 1806, 1915, 2004/2010.

Lè Angletè te voye emisè Bird pou wè kouman yo ka ede la nouvelle nation, Lafrans te kanpe an kwa paske li te konn potansyèl ansyèn koloni a e pi li t'ap proteje enterè'l paske Boyer te plye bay yo. Deja Ayiti te pran lan yon angrenaj; Angle te pèdi koloni Amerikèn li a, Lafrans te fin vand rès koloni Amerikèn li yo. Donk li klè ke Ameriken yo itou pa t' favorabl a tro grand prezans Angletè an Ayiti. Mwen te aprand ke Angletè te ralenti ou te retire kor'l sou kondisyon ke Lafrans te abandone veleyite pou l'ta retounen atake an Ayiti. Ayiti li menm te oblije reziye'l pou kontinye peyi dèt sal la.

En conclusion, mezanmi, ladies and germs, macaques, orang-outans, ouistitis, sapajous comme Roseau le dinosaure cloné nous appelle, Ayiti ke n'ap gade la a, se yon peyi sakrifye sur l'autel de la diplomatie coloniale dès sa fondation. Si ces faits sont exacts, et je doute du contraire, les détails historiques qui s'ensuivirent ne sont qu'accessoires.

Invariablement,

Ainsi ne soit-il.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 15 Déc 2013 - 21:12

"Ayiti ke n'ap gade la a, se yon peyi sakrifye sur l'autel de la diplomatie coloniale dès sa foundation"

se pa mwen ki ekri fraz saa non,e se yon konsta ki just alor wa dim moun kap chache rantre kor yo pi fon anba blan franse pou  perpetye imperialism kiltirel pou yo kontinye souse san nou plis ki sa yo ye.Yo pap ba Akademi kreyol la yon ti bourad.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 15 Déc 2013 - 22:57

Diskisyon yo pa pote sou sa, mon che. Pa gen moun ki pa apiye anyen. Se nou ki proklame tet a'n sel defanse kreyol. Si gen moun ki oze kritike'n nou pa ezite pou kategorize yo.

M'ap vini ak kritik yon jounalis demen pou montre'n kouman nou gen dwa gen resev sou desizyon Dany a san denigre'l pou sa.

Ki sa w vle di ke nou pa p'bay Akademi kreyol la yon ti bourad? Ki nou ou ki yo? Mwen espere ke se pa ed Lafrans w-menm menm ta ap mande.

Roseau est un francofou qui s'ignore, Roseau is in denial. Semante ke madanm a'w pa tonbe sou charm le w'ap pale franseu devan'l.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 15 Déc 2013 - 23:30

Ou chire ti pap li pa vle tande saa menm li dim se malelve.paske mwen konnen byen li pa ka konprann sa map di.san fanfaronade eske w kwè tap genyen tou piblisite saa si se te nan akademi kreyol la ke yo te aksepte kandidati Danny. dayè li pa tap menm fè demann lan.fok ou pa pè rele yon spade by his name ,man.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 15 Déc 2013 - 23:39

Dyagnostik francofou a fo.depim te ti katkat mwen te konn mande gran paran m yo poukisa se an franse frè yo vle fè m aprann alor ke mwen pa ka konpran sa yap eksplikem yo byen.e yo pa pale menm lang ak mwen.ou pa wè sa se yon enbesilite. pou mete yon moun anseye yon ti moun e yo pa pale menm lang.sa kreye yon perez lakay ti moun ki pafwa dire tout vil.

Si w te konnenm byen ou ta konnen ki kalite jefor mwen fè anvan mwen resiyem menm si moun kritike m pou m  ekri an franseuuu.poutna mwen pat genyen konpleks saa poum ekri an angle ni an kreyol.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Lun 16 Déc 2013 - 7:44

Mwen ,mwen pa fouti konprann pou ki sa MOUN santi yo atake depi kesyon LANG lan soulve.
Anpil peyi pase pa la e yo regle kesyon sa a san PWOBLÈM.
Epitou ,BLAN FRANSE ki t ap sèvi DESSALINES yo ;sa k pa di se tankou nenpòt noumenm jodi an yo te ye .Yo te konn ekri FRANSE men se KREYÒL yo te pale.
NÈG sa yo ;mwen te doute ke lè yo t ap pale ak DESSALINES se pa t an KREYÒL yo te pale ak li.Pa gen jan pou DESSALINES ta konprann FRANSE ,,se te preske enposib.
Pa t preske gen okenn MOUN lan KOLONI an ki te pale FRANSE ;fò k yo ta mwens ke 1%.
Lè GOUVÈNMAN FRANSE an te vle kominoke ak MOUN lan KOLONI an e yo ekri PWOKLAMASYON pou yo se lan yon KREYÒL FONETIK yo te fè l.
Nou gen dwa li kèk lan yo sou NÈT lan ;tankou PWOKLAMASYON LIBÈTE ESKLAV lan NÒ an 1793 ak MESAJ LEKLÈ lè li te rive lan RAD lan.
Kanta MOUN ki di ;tankou SENATÈ ANICK JOSEPH;ki di ke ENDEPANDANS lan te fèt an FRANSE an;yo te fè l jis pou MOUN a letranje ka konprann ;paske chak BATO ETRANJE ki te rive lan PÒ ATITI yo ,yo te ba yo yon KOPI DEKLARASYON.
Te gen DISKISYON lan REPIBLIK de LWÈS lan pou adopte KREYÒL kòm LANG NASYONAL.
JENERAL GERIN ki te pi PWISAN apre PETYON ,ki te MINIS ENTERYÈ te pwopoze sa ;men sa te vin tonbe a LO.

ISTORYÈN ALYSON GOLDSTEIN SEPINWALL di ke se lan korespondans ABE GREGWA ak NÈG SAVE apre LENDEPANDANS lan ,yo vin konsolide bagay pou FRANSE vin LANG NASYONAL.
Li gen korespondans lan ,len 3 TÒM li pibliye sou ABE GREGWA.Manmzèl se yon gran admiratè GREGWA men li di se 2 MAL ke misye te fè ;enfliyanse AYISYEN yo pou yo adopte FRANSE epi apiye PETYON ak BWAYE.

Kanta DESSALINES ,pa gen anyen ki di ke misye t ap adopte FRANSE ,paske gen yon ANEKDÒKT ke gen yon MOUN ki t ap eseye kèk MO FRANSE a misye ;e yo di misye te reponn ""Ti f2,pale LANG A W"" an bon kreyòl NÈG NÒ!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Lun 16 Déc 2013 - 13:53

Si Ayisyen te fyè konsa, yo pa ta trouve nesesè pou yo lan jouman ak Lafrans. Tout sa se yon band bri pou anyen.

M'ap tande n'ap pale de Louverturien, mwen-menm m,ap mande'm de ki Louverture n'ap pale. Se pa menm Toussaint a ki te ekri Napoleon ''du premier des Noirs au premier des Blancs'' a?

Jodi a stati Toussaint kanpe lan Lafrans, ironikman mwen bije aksepte ke Lafrans deklare ke Toussaint fè pati de istwa entegral yo paske Toussaint te travay pou'l vin Gouverneur de Saint-Domingue. N'ap pale ke Lafrans te fè Toussaint mouri men pa blye ke sor Napoleon pa't miyor.

Po dyabl Dany.

Anekdot sa yo pa eteye anyen. Dessalines gen dwa pa t' janm di pawol konsa.

Gen bagay ki merite chanje an Ayiti men se pa lan kase zouti ki te itil nou chak pou nou rive kote nou ye la.


Dernière édition par ainsi ne soit-il le Lun 16 Déc 2013 - 15:39, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Lun 16 Déc 2013 - 14:23

Mwen di GA#SON mwen wè yo ""blip"" mwen pa konn pou ki sa.Mwen pa konn ki sa ki dewogatwa lan MO sa a.
Kanta sa DESSALINES ta di ou pa ;se yon ISTORYEN mwen te tande di sa sou RADYO KISKEYA.

Nou pa bezwen pete KONT ;men lan ki sa LANG FRANSE an ta sèvi nou an.Kanta DESSALINES menm pa gen jan pou misye ta konn pale FRANSE;an FRANS menm ,an 1804 , se yon ti KRAS MOUN ki te konn pale FRANSE ;dapre ABE GREGWA se te MOUN ki te rete a rebò PARIS yo ;kote yo rele ""ILE DE FRANCE "" lan ki te pale l!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Lun 16 Déc 2013 - 14:24

Ki donk ou pa rekonet Toussaint kom premye gout la pli ki te fè lab veritab endepandans lan pouse, Ainsi soit -il?mon chè sil di du premier des noirs au premier des blancs sa pa ka diminye kontributyonl nan endepandans peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Lun 16 Déc 2013 - 14:36

Pou kontinye sou zafè ABE GREGWA a ki te pi gran CHANPYON lang FRANSE an e espesyalis sou MISYE di se limenm ki te kontribye pou fè LANG FRANSE an vin lang ki domine lan peyi DAYITI ak korespondans li ak de MOUN tankou INGINAC.
Li te pwononse DISKOU sa a an 1794 lan ASANBLE NASYONAL lan ;se lan lannen 1880s yo ke FRANSE vin LANG tout FRANSE yo ak sa yo te rele ""scolarité universelle"" lan.

www.assemblee-nationale.fr/histoire/Abbe-Gregoire1794.asp

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Lun 16 Déc 2013 - 17:36

Pa di tou, Toussaint te yon diplomat, se la yo pyeje'l. Men li konn ki sa li te kite.

Men non mon che. Mwen respekte Toussaint men pafwa mwen bije siyale ke li pa pafe le neg ap cheche la ptit bet. :-)


ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Lun 16 Déc 2013 - 22:33

se pa nesesè pou nou reevalye kontribityon gwo neg zanset nou yo.mwen kwè Toussaint li menm te vle  ayiti te rete sou drapo franse ya kom yon koloni de moun lib.se petet yon mank de reyalissm lakay li.men Desslaines li menm apre Leclerc ak Rochambeau finn arête Toussaint li te vinn rekonet se lute armé ki pou retire esklav yo anba kout fwet.

Mwen pa kwè se yon revolutyonè tankou Dessalines ki fè jodya nap monte yon kalvè ak yon lang  nou pa pale,mwen kwè kom Joel eksplike ya se infliyans Abbe Gregoire  sou moun tankou Boisrond Canal ki fè jodya nou di franse se lang ofisyel ayisyen. kan 90% moun an ayiti pa pale franseuu.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Lun 16 Déc 2013 - 23:22

Tout moun dwe we ke se youn lan pi gwo gaf Sweet Mickey le li te propoze Franse lan fan forum moun yo kom lang ofisyel menm jan yo pa t' bay misye enportans. Se pa demanti m'ap demanti moun, mezanmi. Se jis mwen di ke se la ptit istwa.

Vietnam te deja gen sivilizssyon pa'l. Menm si Franse te ret la pou yon syekl yo pa t'ap ka fin kolonize'l. Yo gen yon rekonesans itou a blan ki te kodifye lang yo a. Se pa menm bagay pou Ayiti. Yo reyisi fe yon lot bagay enpotan itou, se ke yo debarase yo de tout enperyalis oksidantal yo. Men devan Lachin, yo pa plye. M'ap sonje yon jenn Vietnamyen ki te di'm we don't mix an palan de Lachin. Se pou di ke se yon pepl ki fye e se pa lan bouch selman. Le m'te konn al lan yon katye Chinwa, gen otan sinon plis biznis Vyetnamyen ke Chinwa. Si Vyetnam devlope konsa se savwa-fe yo.

Aysyen gen yon chemen long pou yo fe. Se pa chita ap fe wanga.

Ayiti kwense itou lan yon koze franmason. Mwen menm tande ke lan peyi Congo, lan Cameron, se pa de ravaj, se pa de eksklizyon.Si w pa inisye w met blye karye.

Nou pran anba gouvenman mondyal.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Mar 17 Déc 2013 - 5:40

Sou zafè LANG lan.
Tankou ALYSON GOLDSTEIN SEPINWALL di l ;fonksyon yon LANG se yon fonksyon inifikatris.Se sa ABE GREGWA te rekonèt lè li te pwononse DISKOU li an devan ASANBLE NASYONAL FRANSE an,an 1794.
Nou ta wè misye te di ke yo pale plis ke 30 LANG an FRANS.Alòs misye di pou la FRANS vin yon NASYON tout bon ,yo bezwen FRANSE an pou simante yo.
Dapre ALYSON SEPINWALL ;se tou le kontrè ke ABE GREGWA fè lè li enfliyanse AYISYEN yo vin adopte FRANSE.
Se pa ke AYISYEN yo te bezwen lòt LANG pou inifye yo ,dapre ALYSON SEPINWALL ;yo te deja gen LANG KREYÒL lan.
Blan ki te ""PLIM E ANK"" yo te deja abitye ekri lan LANG KREYÒL lan.
MOREAU DE SAINT MERY repwodwi anpil ladan yo ;tankou LISETTE QUITE LA PLAINE ;powèm DUVIVIER DE LA MAHAUTIÈRE lan ;EVANGILE SELON SAINT JEAN (1742);QUAND CHER ZAMI MOIN VA RIVE elt..

Blan lan KOLONI an ;byen ke pa t gen anpil ki te konn li ;te konn ekri KREYÒL.Anpil ladan yo si yo te menm tande FRANSE;si yo te fèt lan KOLONI an ,ou ta menm pale CHINWA ak yo ,se t ap preske menm bagay.Yo pa t familye ak FRANSE.
RAPHAEL CONFIANT di yo jwenn NÒT lan BITASYON BEKE yo ,lan MATINIK ak GWADLOUP ,preske TOUT se te an KREYÒL.
Si ou pale yon jan preske tout popilasyon an konprann ,ou pa bezwen al chache lòt LANG.
Pwofesè SEPINWALL di pi gwo enstriman divizyon ki fèt ;se lè LETA AYISYEN al adopte FRANSE kòm LANG ADMINISTRASYON ak EDIKASYON.
Tankou MICHEL DE GRAFF di gen yon ti PÒSYON lan POPILASYON an ki vin ize FRANSE an pou yo diferansye yo de rès popilasyon AN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Mar 17 Déc 2013 - 12:07

se sak fè jodya nou genyen yon Presidan kap joure lot ayisyen led e santi kk epi ou jwen ouistiti kap pyafe. pou dil martelly peyi ya se pou wou vire dada w jan w vle.menm si lap vannen lajan peyi ya devan je yo.Yo divise nou tout jan pou yo reye.Ti wouj pa vle wè ti neg,sak pale franse pa vle wè sak pale kreyol. moun la vil pa vle wè moun nan morn.rich pa vle wè pov.sak rete nan eyi ya pa vle wè dyaspora menm si se dyaspora kap mete manje nan bouch yo.katolik pa vle wè pwotestan ,pwotestan pa vle wè vodouwizan.etc. ki jan pou yon peyi konsa fè yon pa nago.Yo edike nou pou nou bliye zafè:"L'union fait la force."yo menm fè nou rayi yon ayisyen ki di" men anpil chaj pa lou." yo di se li ki ap divise peyi ya.e genyen anpil ouistiti ki de se vre.yo mande Georges Bush pou voye marine al arête l.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Mar 17 Déc 2013 - 13:58

Le gros roseau a écrit:se sak fè jodya nou genyen yon Presidan kap joure lot ayisyen led e santi kk epi ou jwen ouistiti kap pyafe. pou dil martelly peyi ya se pou wou vire dada w jan w vle.menm si lap vannen lajan peyi ya devan je yo.Yo divise nou tout jan pou yo reye.Ti wouj pa vle wè ti neg,sak pale franse pa vle wè sak pale kreyol. moun la vil pa vle wè moun nan morn.rich pa vle wè pov.sak rete nan eyi ya pa vle wè dyaspora menm si se dyaspora kap mete manje nan bouch yo.katolik pa vle wè pwotestan ,pwotestan pa vle wè vodouwizan.etc. ki jan pou yon peyi konsa fè yon pa nago.Yo edike nou pou nou bliye zafè:"L'union fait la force."yo menm fè nou rayi yon ayisyen ki di" men anpil chaj pa lou." yo di se li ki ap divise peyi ya.e genyen anpil ouistiti ki de se vre.yo mande Georges Bush pou voye marine al arête l.

Mwen konn ap fè e pi m'ap mande kouman sa fè posibl pou nou rive osi ba. Osi ba ke nou freeze devan bagay sa a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Mar 17 Déc 2013 - 16:07

Jan NÈG yo ap VÒLÒ la a ;fò k gen yon bagay ki pou di.
Mesye yo ap kolekte sou TOUT apèl ki ap fèt de LETRANJE ;gen lòt TAKS yo kolekte swa dizan pou voye TIMOUN lekòl.
Mwen tande USAID bay LAJAN pou LEKÒL tou.
Okenn lan TAKS yo pa fiskalize.Mesye yo plede ap kolekte.
Mwen tande yon NÈG di lale kèk kote lan SID lan e li wè se sou WÒCH timoun yo chita.
KOTE LEKÒL YO?
KI KOTE LAJAN SA YO PASE?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Mar 17 Déc 2013 - 21:24

Mesye yo ap plen poch yo lan vand tout ti rest espwa ki te rete lan peyi a. Gouvenman ki pwal suiv yo a se swa yo rete mains liees ou byen yo mande pou revize tout kontra yo te pase yo. Men nou konen ki sa k' ka rive. Epe Damocles koudeta ap pand men si w pa fe fas a toro a se le gain w bay'l.

Lan tout pale joure n'ap fe la, enpresyon pa'm se maske n'ap maske enkonsyaman stress. Nou strese mezanmi, nou enpuisan devan sa k'ap pase. Se pou sa nou dwe kontinye rele kontr madichon sa a yo lage lan fal popilasyon a. Sa bay anpil krent pou prochen gouvenman ta jis vin pran la relev kote lot bandi di se tour pa yo.

Lan lespri moun m'ap tande, misye pa ka rete sou pouvwa plis ke senk an li a. Men fok nou veyatif anpil; yo gen dwa ap prepare yon gwo kriz le l'ap aproche fen manda'l. Pa blye ke gen yon menas yo rele Hilary ki ka bezwen vin regle zafe'l an Ayiti. LOL

Ameriken ap pase yon move moman la a. Tankou J...te fe remake,Ayiti se youn lan denye peyi kote y'ap bay diktat yo. Sonje pawol ki di ke le Satan move se boule l'pwal boule. Ameriken anba anpil presyon, yo sot pran yo gwo kalot lan zafe Syrie a. Pou sa ki pa we sa ki sot pase, poze kestyon sou rezon yo te back up. Gen 2 gwo toro ki senen yo. Gen yo gwo koze ki manke pete. Piga yo tou vin defoule yo sou ti peyi nou a plis ankor. Sanble se sel an Ayiti yo rete yon ti cote d'amour...Preval is a friend, disait-elle avan li plase Sweet Mickey. Veye konplo, ti peyi a pa ka pran ankor. Nou gen bagay serye pou nou fe, nou pa ka ap entredechire'n ankor. Nou pa ka kite neg kontinye ap betize nom ak zev Dessalines.

Pa blye, bet la de tre movez ime. Li sot pran yon kal serye menm si yo evite ke sa fe bri. :-)
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Mer 18 Déc 2013 - 9:03

Ou mande ki jan fè nou rive si ba. e byen banm diw nou mouri depi o pa lè yo te touye Dessalines nan pon wouj la an 1806.li pat gen tan finn bati fondatyon peyi ya byen.te genyen twop senkyem kolonn nan peyi ya ki te merite eliminen.se senkyem kolonn saa ki fè nou pa janm ka fè yon pa an avan.e depi nou pa ka metrise senkyem kolonn saa nap kontinye fè bak jis nap pèdi ti bout tè sa.mwen ka pa la jou dominiken ap blije okipe nou ,men se sa ki pral rive si nou kontinye nan menm hing hang pou pouvwa a.se pa pesonn kap lakoz sa se nou menm kap detwi tet nou.Tou sa ki inifye nou se yo nou pi rayi.nou meprise lang nou, relijyon nou kilti nou. ki jan pou fè genyen l'Union fait la force.

Tout dominiken pale menm lang menm si tout pa pale ak menm observans reg gramè yo men dominiken pa genyen 2 lang.nou menm yo fout yon division nan nou depi o pa.e menm apre preske 3 syek nou pa fouti konprann sa ki divise nou konsa.paske yo mal edike nou.tan li pran pou yo abeti nou ak literati pa yo nou finn tounen zonbi. se sak fè nap pyafe tankou makak paske yo resevwa yon ti neg ti goave nan akademi franse. mande moun kap pyafe yo sa sa pral regle pou 95% ayisyen ki ap manje chen janbe yo mwen pa konnen.e ki ap mouri ak kolera.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Mer 18 Déc 2013 - 9:40

Roseau, w repond a premye kestyon a'm an mem tan w profite eskive sa mwen di sou dam a w la. Nevetheless, w met dwet sou bobo a le w di ke se metrize senkyem kolonn sa a. Lan yo peyi kote yon gwoup endiferan pou avni peyi a yo sipoze konforme yo parey a pouvwa majorite a.

Zafe Dany sa a bay trop tet chaje. Konbyen fwa mwen di ke moun Ayiti yo pa pense menm jan ak nou. Kite moun yo trankil ap jwi on ti moman de glwa pou konsitaden ak konpatryot yo. Nou pa bezwen ap ensiste joure sou kestyon lang la. Pa gen moun ki kontr Akademi kreyol la.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Mer 18 Déc 2013 - 10:08

se pa vre non genyen moun ki kont akademi kreyol la .genyen moun ki menm kont zafè ofisyalize lang kreyol la.yo di w li pral izole nou. kom si japonè ,koreyen , vyetnamyen ,chinwa, e tout lot pep ki pale lang yo izole.

Fok ou pa bliye non plis se yon kanadyen nwè kap viv o Kebek yo aksepte nan akademi franse ya se pa yon ayisyen.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Mer 18 Déc 2013 - 10:51

ROZO;
Zafè IZOLASYON LANG KREYÒL lan ,bliye sa.Lan yon 1 ou 2 zan kon sa ;yon MOUN ki konn pale KREYÒL AYISYEN an sèlman ,pa p bezwen pase pa ni FRANSE ,ni pa ANGLE pou yo patisipe lan ENTÈNÈT.Yo ka fè sa depi jounen jodi an ,men KREYÒL lan toujou enpe angoudi.
Kreyòl lan ENTÈNÈT lan ap amelyore de jou an jou e toutotan nou itilize l ,plis l ap pi bon.
Mwen pa pale PÒTIGÈ ;mwen konn konsilte JOUNAL BREZILYEN  yo e mwen konn li yo an KREYÒL e mwen konprann sa y ap di an.
Eseye pou w wè .METE YON FRAZ AN KREYÒL ;KLIK ANGLE pou w wè ;li ap tradwi l otomatikman.
Zafè LREYÒL ap IZOLE nou an ;pa gen sa pyès ankò.
BING fè sa tou.
ESEYE .POU W WÈ:

http://translate.google.com

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Mer 18 Déc 2013 - 11:59

pito ainsi soit-il te di C'est la faute à Boisrond Canal.Dessalines pat konn pale fransee li pa ta di pou se franse ki lang ofisyel peyi ya.se neg ki tal etidye an frans yo ki foure antrav saa nan peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Mer 18 Déc 2013 - 12:26

Mwen pa imajine'm ke des individus ta di ke prop lang yo ta yon faktè pou izolman'l. Kom si se pat kreyol ki te toujou pale an Ayiti. Sepandan, pou nou te ka kominike ak lót moun e par bezwen administratif nou te itilize franse ki lè byen gade te plis yon lang second.

Tout moun gen dwa natiralize sof Dany, tout gen dwa reyalize anpil ak sitwayènte lót peyi sod Dany. Roseau, jisteman se pa figi Dany y'ap peye, se pa paske li Kanadyen, se paske li kapabl, se paske li se yon gran espri ki fè se glwa k'ap tonbe sou li.

Dany gen dwa Ayisyen, Kanadyen, Kebekwa sa pa dwe deranje pèsonn. Mezanmi, depi yo tande pale de Dany, lespri neg boulvèse. Chak moun gen chans yo. Ban'm van'm.

Tout neg gen dwa profite de fasilite angle a men. N'ap di "Zafè LREYÒL ap IZOLE nou an ;pa gen sa pyès ankò", pa t' janm gen sa.

Dessalines pa t' deklare ke Franse se lang ofisyèl men li pa t' kontr ansèyman Franse a, li pa t' osi borne. Agiman nou yo al two lwen, tankou mwen di se cheche la ptit bèt. Alor nou tout ki konn pale Franse ak Angle ak Espayol la , se fanmi tout ki pale lang sa yo?

Si gen moun ki mal konporte yo sa pa vle di ke tout bagay move an antye.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Mer 18 Déc 2013 - 13:02

Se pa jwèt NON mesye ,zafè KREYÒL-FRANSE sa a pa yon bagay mens non.
Se tankou an RISI ,lè NÈG ""SAVE"" te konsidere MOUN ki pale RIS sèlman se te ""peyizan"" se te KOZAK;se te anviwon 1830 konsa lè ALEXANDER POUCHKINE kòmanse pwodwi bon LITERATI an lang RIS .
Pou w te montre w enstwi an RISI ;se te ann ALMAN pou w te pwodwi.
Apre ke POUCHKINE te montre sa lang RIS lan ka fè ;la RISI te vin pwodwi pami pi gran romansye lan istwa ;de MOUN tankou TOLSTOY,DOSTOYEVSKY elt..
Gen lòt peyi ann EWÒP ki te pase pa la tou ;yon peyi tankou WOUMANI ke w pou montre ke w edike se FRANSE pou w pale .
Peyi sa yo ak lòt ,regle bagay sa yo ;san nou pa bliye de peyi tankou PHILIPPINES ki pandan 3 SYÈK te koloni ESPAY ,epi ant 1898-1945 yo te vin koloni ETAZINI.
Lè yo te mete 2 PEYI sa yo deyò ,yo te vin adopte LANG pa yo ki se TAGALOG.
Se pa ,pa AZA non ,ke MATELI refize siyen LWA sou AKADEMI KREYÒL lan ;se yon bagay kalkile.
Se paske lang FRANSE an apre 2 SYÈK ,pa janm pran pye ann AYITI vre.
Preske nou TOUT ,se lan LEKÒL nou aprann li.
Gen NÈG ki sispèk ke si yo bay KREYÒL lan plas li vre ;enpòtans lang FRANSE an ap disparèt.
Ann AMERIK di NÒ lè GOUVÈNMAN LETA kote gen anpil AYISYEN yo tankou MASSACHUSETS,FLORIDA ou bien NOUYÒK ;yo pa adrese yo ou teni kont de FRANSE se an KREYÒL yo adrese AYISYEN yo,kelkelanswa DOKIMAN y ap adrese ba yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 5 1, 2, 3, 4, 5  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum