Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

GNBis jiska lanmò...

+8
Rodlam Sans Malice
Marc-Henry
Doub-Sossis
jafrikayiti
piporiko
charles
Joel
Thunder
12 participants

Page 1 sur 8 1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Ven 11 Avr 2008 - 16:10

Mwen wè ti nèg ap pale de lojik, ki lojik posib wou ka bay pou Lavalas, apre desas, vol, represyon, koripsyon ke mesye sa yo sèvi kòm baton Moyiz ? Lavalas pa kite oken baz solid pou yon moun defann li...Se nou menm ki pèdi lisidite nou nan eseye defann lendefandab. Se nou menm ki soufri konplèks ki konprann ke nou enferyè pa rapò ak yon seri lòt moun.

Alò paske yon moun sòti nan klas defavorize a, fòk mwen mache dèyè l tankou bigay k'ap swiv zye timoun ki genyen azoumounou ?

...Alò fòk se FAd'H, Makout, Duvalier, Chamblain, Avril, Latortue pou nou denonse sèlman ? ...alò se Michel Francois ke yo te sispèk ki nan dwòg sèlman ?

Alò se Duvalier ki te konn asasinen opozan politik li ? ...Se FRAPH ki te konn touye moun Site Solèy sèlman ? ...ki te konn mete dife nan tout yon katye sèlman ?

Si se denonse lavalas tou pou :

_ piyay ke yo fè lan kès leta, vòlè anpil milyon san konte lajan dwòg.

_ pèp Site Solèy ak lòt zònn defavorize ke yo pa bati menm yon latrinn piblik, ale vwa yon Lekòl teknik. Antrene anpil jèn pitit Sòyèt, ki te ka itil peyi a demen, nan move zak, paske nou pwomèt yo chèk zonbi nan biwo leta.

_ 10 zan yo sòti fè ap trenen Ayiti pi ba toujou.

_ Eddy Lindor, Jacquelin, David ...yo tout se manb Fanmi Fanmi Lavalas ki te konn ap bwè san pèp-la...

[/size][b]Si se denonsyasyon sa yo ak lòt ankò ke mwen pa site, avèk si se ranvesman yon Diktatè sanginè, ki pran pouvwa an gwo ponyèt, k'ap vòlè, k'ap vann dwòg, k'ap bafwe tout zye pete klere ak demagoji, ki soufri megalomani, k'ap masakre pèp-la. KI Fè KE YON MOUN GNBis, EBYEN MWEN GNBis JISKA LAMò E MWEN FYè DE SA[size=12]
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Ven 11 Avr 2008 - 16:27

Il doit etre clair pour tout le monde qu'il n'y a pas une Haiti GNBiste, une Haiti Lavalas, ou une Haiti Makout. Il y a une seule Haiti. La période électorale n'est pas encore lancée et il n'est pas important de diviser le pays en blocs politiques.

Pour le moment et face à l'ampleur de nos urgences, il est crucial que nous faisions faisceau derrière le prochain gouvernement, quelque soit notre affiliation politique, afin de démarrer ce pays.

VIVE HAITI

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Ven 11 Avr 2008 - 16:55

Mwen konnen ke divisyon se pwazon, se avèg yo ki sòti pou yo fè mouvman GNB a tounnen yon klas sosyal byen detèmine. Epoutan mouvman GNB ki te pote Aristide ale an 2004 la te genyen tout klas sosyo ekonomik ladann. Lavalasyen toujou bezwen fè moun konprann ke depi wou pa sipòte Aristide wou se trèt, machann peyi, sousou boujwa, moun ki trayi ras yo...ak yon pil lòt tchanpan.

Menm lè ke genyen moun ki kont lavalas pou rezon pèsonèl yo. Men, mwen rete kwè ke laplipa moun ki kont lavalas se moun ki renmen peyi yo, se moun ki bouke ak pwomès tanto demen pral bon, ak pawòl toujou tankou Boujwa pa vle peye tax, ...elit lakòz anbago...epi pou menm pèp sa a wè dejou an jou vant gran manjè ap vini pi gwo ...Bacha lavalas ap bati chato tankou djon-djon ...ratman kòb sa menm ekziste se lè pou yo soulaje mizè pèp la ?


ABA LAVALAS, VIV AYITI !
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Ven 11 Avr 2008 - 18:12

Ou fèt koumanse rele ABA.Yap tounen nan dengonn ou pi rèd.
Men tou mesye ,nou gen defo pou nou di ke Aristide te vòlò pouvwa an 2001.

Eskize m ,te genyen ki te di li p at byen eli an 1990,kididonk se pa t an 2001 pou yo pa ta di li vòlò pouvwa.

Men tou tonnè ,bato nou an deja koule;nou p ap ka reyedite ele.ksyon tankou 2006 .
Si nou pa veye zo nou ,nou fenk koumanse ap rele ABA!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  charles Ven 11 Avr 2008 - 19:14

Thunder,

Baaaaaaali boul over!!!!!!!

Joel,

Se bato peyi d'Ayiti kap koule. Pandanstan wap ranse avek kestion de lavalas. Ki sa Lavalas te fe pou peyi a pandan 10 ans li te sou povwa'l?

charles
Senior

Masculin
Nombre de messages : 55
Age : 66
Localisation : USA
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  piporiko Ven 11 Avr 2008 - 19:32

PAT GEN EMEUTE DE LA FIN.PREZIDAN PA TAP KITE SA RIVE.MEN KOM OU PA ONET.....

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 12 Avr 2008 - 9:03

Men se vre Charles, Bawon lavalas yo konprann ke yo ka twonpe tout moun pou tout tan. Se kòm si yo panse ke pèp la pap janm konprann. Yo fè 10 zan kote se lavalas ki okipe tout pòs nan leta sòti sou Prezidan rive jis sou Kasèk. Epi taktik ke y ap anplwaye toujou se : Pa janm genyen lajan pou regle kose pèp la. Men lè se pou peye milyon pou lòbi, pou Sekirite rapwoche, pou achte chato, pou voye mennaj yo "shopping" a Paris, gaspiye milyon pou separe bay zanmi, milyon toujou pou chèk zonbi pou chimè... yo toujou jwen kòb lan.

Menm yon bagay ki relativman senp, konpare ak lòt pwoblèm, tankou chanje lwa ke mesye sa yo, atout yo pase 10 zan sou pouvwa san oken entèripsyon, yo pa janm fè sa. Gade lwa sou doub nasyonalite a ? ...sak ta di ke menm apre tan sa a ke lavalas pase sou pouvwa a pou FAd'H ta konstitisyonèl toujou ? ...alò kisa wou ka atann de yon gwoup san koutya ki pa menm ka regle sa ki nan avantaj yo ? ...m pa bezwen mande w pou peyi a.

Men, Se pat fòt yo, yo pat genyen tan. Yo t'ap prese fè ava sou kès leta. Yo te twò okipe ap kesyon dwòg la. Yo te genyen avyon pou yo ateri chak semenn elatriye... Palmantè yo menm se bizniss diri ak fèy tòl ke yo t'ap jere. Mesye sa yo fè plis milyonè nan vòlò an 10 zan ke menm Duvalier te fè nan 30 lane. Epi kounyea, pou moun ki di ke yo renmen peyi yo ap defann ak tout longè zepon yo, yon dezas, yon kòchma, yon kansè konsa pou peyi Dayiti. Bagay sa a depase konpreansyon mwen.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 12 Avr 2008 - 9:18

Ou fèt koumanse rele ABA.Yap tounen nan dengonn ou pi rèd.


Atansyon ! ...si se pa eleksyon lib, rezilta dènyè eleksyon jeneral yo montre ke sa nou panse a se pa sa.

...Si se pa lafòs, nou chire nou paka koud, Pa genyen oken Gouvenman Ameriken ki pral ban nou 22.000 militè ankò. E nou pa menm bezwen konte sou chimè yo nonplis.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Sam 12 Avr 2008 - 9:28

Thunder a écrit:
Ou fèt koumanse rele ABA.Yap tounen nan dengonn ou pi rèd.


Atansyon ! ...si se pa eleksyon lib, rezilta dènyè eleksyon jeneral yo montre ke sa nou panse a se pa sa.

...Si se pa lafòs, nou chire nou paka koud, Pa genyen oken Gouvenman Ameriken ki pral ban nou 22.000 militè ankò. E nou pa menm bezwen konte sou chimè yo nonplis.

Si sou pou la fòs ,bliye sa.Si se pou "mano a mano" bliye sa,fòs ou rezide sèlman nan zanmi entènasyonal.Si jodi an ,ou kwè ke nan yonkonfwontasyon ame ,se wou ki ap pote la viktwa ,sè ke ou pa li sitiyasyon an ,jan li ye.
E pwoblèm ou ,moun ki t ap kore bannann nou yo ,yo k ap pala ankò an Janvye 2009.
Nou p ap ka genyen yon konfwontasyon ame ,nou p ap ka genyen eleksyon lib non plis.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 12 Avr 2008 - 9:48

piporiko a écrit:PAT GEN EMEUTE DE LA FIN.PREZIDAN PA TAP KITE SA RIVE.MEN KOM OU PA ONET.....

Bon! ...Aristide se yon nan moun ki te bay pwodiksyon Nasyonal la pi gwo souflèt epi pou nou ap di li pa t'ap kite sa rive ? Ki onèt pou yon moun onèt ankò la a ? ...Ebyen, Latortue ka di tou ke pat genyen manifestasyon kont grangou sou administrasyon pa li ya nonplis. Li ka di ke li pa t'ap kite sa rive nonplis tou.

Mwen ta renmen konnen kisa ke Aristide bay yon seri de moun bwè, pou yo pèdi lisidide yo nan yon eta parèy ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 12 Avr 2008 - 10:00

Joel a écrit:
Thunder a écrit:
Ou fèt koumanse rele ABA.Yap tounen nan dengonn ou pi rèd.


Atansyon ! ...si se pa eleksyon lib, rezilta dènyè eleksyon jeneral yo montre ke sa nou panse a se pa sa.

...Si se pa lafòs, nou chire nou paka koud, Pa genyen oken Gouvenman Ameriken ki pral ban nou 22.000 militè ankò. E nou pa menm bezwen konte sou chimè yo nonplis.

Si sou pou la fòs ,bliye sa.Si se pou "mano a mano" bliye sa,fòs ou rezide sèlman nan zanmi entènasyonal.Si jodi an ,ou kwè ke nan yonkonfwontasyon ame ,se wou ki ap pote la viktwa ,sè ke ou pa li sitiyasyon an ,jan li ye.
E pwoblèm ou ,moun ki t ap kore bannann nou yo ,yo k ap pala ankò an Janvye 2009.
Nou p ap ka genyen yon konfwontasyon ame ,nou p ap ka genyen eleksyon lib non plis.

Ebyen, wou pat vivan an Janvye e Fevriye 2004 ? ...Wou pat konnen kijan ke Lavalas te goumen pou 'l pat pèdi lagè a ? ...Chimè yo se sou etidyan fakilte avèk manifestan pezib ke yo genyen fòs. Tout rebèl yo t 'ap banbile Pòtoprens san kè sote. Menm yon ti plim pa sòti sou do yo. Alò bay moun tèt yo ak "mano a mano" sa a.


Sa pa genyen lontan depi eleksyon fèt non Joel, w'ap pale de eleksyon nan tan fiti, pandan genyen youn ki fenk pase nan bab wou la a.

Reveye w Ayizan, 2008 se pa 1990.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  jafrikayiti Sam 12 Avr 2008 - 10:06

Mwenmenm mwen ta renmen konnen kisa Aristide bay kEk moun bwE pou yo pa fouti fEmen je yo lannuit pou se pa li yo reve.

NEg la ji ann Afrik depi plis pase 4 ane. Li te Jamayik, nou kriye li twO pre....Baby Bush ede nou pimpe li osi lwen ke li kapab.

Malgre sa, 4 ane pase, nou devan enkonpetans nou, enkapasite pou nou bati oganizasyon kredib devan je popilasyon an. Nou kontinye ale nan eleksyon ap fE mwayEn 1% menm lE abit pou nou....epi se yon sEl moun ki preyokipasyon nou jiskaprezan.

Koumatiboulout, ala pouvwa "dyab" sa a genyen ! Pou di se pa zanj yo ki kreye dyab enkontounab sa a pou yo esplike pwOp ekzistans yo?

Franchman vye diskisyon steril sa yo depriman! Klas la pa travay !

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 12 Avr 2008 - 10:28

Wi! ...se pou wou menm ke mwen te kòmanse pawòl sa a, se wou ki vle fè moun konprann ke lojik ta vle di Lavalas.

Aristide pa anpeche m dòmi, si nou pale lòt pawòl se sa nèt, se pa jodi a ke mwen ap mande sa.

Men sèl bagay, mwen te di nou sa deja, mwen pap pran gòl ak men, ni nou pap ban m zannana pou Sizann.

E se pou nou sispann bay moun bwè dlo sal, si nou pa vle yo vomi ban nou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Lun 14 Avr 2008 - 22:11

Sa fè kèk tan mwen fin pa rémaké Gen Yon séri de sijè mwen wè dépi ké yo parèt yo koulé thread la et yo rémouté yon ékip lot sijè djandjan ki pa fè sans.

Sa samblé yo koulé bato a ak tout mové tan nan yo godé dlo!

Mwen ta renmen mandé respéctueusement a mèt sit la eske sé yon politik menm sit la genyen ?

Si sé Pwopagan kap Fèt Pou yon Séktè
Soyéz assez honètes pour l'afficher.

Mwen ta tou renmenm mandé konpayèl jafrik la si sal diya sé vré kouman fè ékip titidus enkontoubab yo pa flank kô yo yon koté pozé, toutlajounen yo nan wèl pèp la.

Yo gen menm kès nwa millions dolla volè nan kès léta ak lajan dwog pou distribiyé mayo tou nèf bay chimè al krazé bizniss moun meté plis cahos, absé sou klou 'grangou klorox' pèp la, ké yo krée yo menm ak politik têt chat pirikaik: roche lan dlo roche lan soleil bayo sayo mérité ala yon bèel zouti li santi bon.

Merci,

Doub-la
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  jafrikayiti Lun 14 Avr 2008 - 23:00

Doub la, respectueusement, mwen chwazi reponn sa ou PA ekri a pito.

de rien !

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Lun 14 Avr 2008 - 23:31

Mèsi anpil pou nouvèl la mon konpè!

Sé Fèy nan Bwa nouyé!

Na rankontré anko!
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Marc-Henry Lun 14 Avr 2008 - 23:55

Doub-Sossis a écrit:Mwen ta renmen mandé respéctueusement a mèt sit la eske sé yon politik menm sit la genyen ?

Si sé Pwopagan kap Fèt Pou yon Séktè
Soyéz assez honètes pour l'afficher.


Doub-la

Pa fem sa Doub...wou ka konstate ke tout moun gen dwa pale jan yo vle kelke swa ideologi yo. Bien sûr, nou mande selman respect youn pou lot sou fowom sa..konsa nou ka pale nett al kole--nou ka pale tett kale. Tett frett.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 15 Avr 2008 - 0:03

politik se youn bagay ki fè moun pèdi bon sans yo.Jodya map pale ak doktè mwen nou tap komante kriz ayisyen an se konsa nou vinn tonbe nan anvironman.Mwen di li se pa koulyè ya repibliken yo ap pale pou yo genyen youn politik enerji pou peyi ameriken yan soti anba monopol peyi ki pwodwi lwil la men anyen pa janm reyalize ;li di li dakò men se demokrat yo ki bloke tou sa georges Bush vle fè.mwen blije pa pale paske mwen vinn reyalize lè youn moun rayi youn Presidan ou byen youn pati nanpren anyen ou ka di li.

karl te di youn fwa li bouke gade ayisyen ki ap danse tam tam.Mwen pa konnen ki jan fè mwen ap gade kontredans saa toujou paske son tam tam lan komanse reyelman anmegde m.Kom mwen adikte a politik mwen ap fè youn jefo pou m wè si ma kanpe sou zafè lavalas, gnbist , makout e tout lot divisyon ki genyen ant ayisyen.

makout vle fè konnen ke nou pa ka kritike yo paske nou fè pi mal.e desandan gwo zotobre makout yo ki pat janm konnen sa ki tap fet lè yo tap bwè diven enpote ,vann drug, ou pa genyen anyen ou ka di yo non.

mwen pa konen si yo genyen rezon paske mwen pat an ayiti ;kapab genyen vol ki te fet vre sou Aristide ak preval, men pou mwen nanpren konparezon ant 2 rejim yo.Tankou colo di ya se youn sel ayiti ki genyen e li ap koule a pic se swa nou pase chiffon sou sak te pase pou nou gade devan pou nou chanje atitud nou ou byen nou tout ap pèdi.

mwen te konn jennen pale kreyol nan elevatè nan travay mwen lè yo te konn ap montre ayisyen ki ap vinn mouri sou plaj florida an mwen te wont.e byen jou ya blije mete nou anba youn okipatyon manch long pou indisiplinn nou, egoyis nou pou anpeche ke youn Rwanda pa fet nan amerik la e byen lè sa se pa selman duvalierist , lavalasyen , gnbist ki ap wont non se nou tout ki genyen non ayisyen an ki ap wont paske depi nou rive youn kote se premye bagay yap mande nou kote w soti depi di w se ayisyen epi se komsi kelke swa valè ou genyen ou genyen youn deductyon de 50% ki fet nan valè w.Menm moun ki ap netoye nan klib kote wap fè spò depi li konnen se ayisyen w ye se komsi pou li ou se boat people ou se moun ki tap soufri tout kalite misè ou pa edike ou pa anyen.poutan te genyen youn tan ayisyen pat meprise konsa ke se swa kanada ou byen o Zeta Zuni.

Alò si nou ki jenn ki ap travay ak anpil lot etranje nou pa pran men nou pou nou chanje visaj peyi ya ,rete tou tan nan dechouke ou byen tankou karl di ya ap bat youn tam tam ki o lye li ini nou se divise li divise nou mwen se ale mwen prale se nou ki pral pran wont la.Pase lè yo di se ayisyen ki pote sida yo pa di se duvalierist, se lavalasyen , se GNBIST non yo di se ayisyen.Alò reflechi sou sa mwen di nou la,pase tanm tanm divisyon an se antere li ap antere nou wi.Se petet pou sa ke danny laferriere dwe ekri dernye liv li ya kote li di li vle pou li vinn youn ekriven japonè. mwen pankò li liv la men si nap gade sa ki ap pase an ayiti koulyè ya nanpren anyen ki ba youn moun fyète pou di w se ayisyen vre non.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Mar 15 Avr 2008 - 0:16, édité 2 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Mar 15 Avr 2008 - 0:05

Ok MH,

Mwen pwan w o mot!
Nou tout sé pitit yon sèl manman!
Mwen pa wè poukisa pou gen yon politik exklision!

Sé Sa Nap Konbat!!

Kenbé la Frèm

Doub-la
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Sasaye Mar 15 Avr 2008 - 0:07

yo rémouté yon ékip lot sijè djandjan ki pa fè sans.

Kilès ladan yo, Doub?


Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Mar 15 Avr 2008 - 0:16

Sasayé,

sa rété la wi mèt la, kom se yon ti nouvo mwen yé sou sit la mwen genlè panko fin konpran fonktionman téknolojik li dapré lè post yo posté.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Marc-Henry Mar 15 Avr 2008 - 0:21

mesi zanmi'w

Map rapele nou ke leu yon etrange ap dekri ayiti- li pa pale de ayiti Aristide, de Ayiti Duvalier ou Préval li pale de eta peyi sa. Ki jan peyi sa pov- anpil ak yon paket fatra...

Mwen preske bouke ak bagay ayiti sa.

Mon grand frere a un ami qui lui a déjà dit ,en parlant d'Haiti; yo te mete vann ayiti si se pou limen'm.
Mwen te toujou fache leu misye ap di de bagay konsa . Mais il faut se rendre à l'évidence. Moun an ayiti yo ap tounnen en rond matin, midi e swa. J'accuse le président de laxisme, d'incapacité, de manque de leadership,etc. Je m'arrête là. Je ne suis pas trop fier de ces politiciens Haitiens.

Bonne nuit
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Sasaye Mar 15 Avr 2008 - 0:26

Sanmalis,

Lipi grav toujou,
paske pitit ak pitit pitit nou
ki pa menm konn Ayiti
pase lan menm paswa a.

Yo pa konprann sak ap pase
men yo peye pou po kase a.
Reyalite a sè ke pa gen yon sèl Ayiti.
Chak gwoup reklame Ayiti pa yo
ki pa menm ak Ayiti pa nou an.

Genyen kap di w
saki grangou yo
pa menm ak yo.
Yo rele yo
moun sayo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Sasaye Mar 15 Avr 2008 - 0:38

Lè pawòl sida gaye lan ane 80 yo, se Monreyal mwen te rete.
Bagay saa te fè m mal anpil paske m te pè yon moun ta vin pale de sa avèk pitit mwen yo. Podyab.

Mwen te gen plisyè politisyen ayisyen ke m te konn rankontre souvan pou fè politik kont Divalye.

Lan pwochèn reyinyion an , mwen souklve kestyon an epi kisa nou pral fè pou denonse lakwarouj ki te mande ayisyen pou yo pa vin bay san.

Mezanmi, youn ladan yo di "kòs nap defann nan se an Ayiti, nou pap mele n lan politik Monreyal". Lot yo te dakò tou.

Mwen te vire do m, di yo lanmèd epi m pat janm pale ak nèg sayo anko.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Mar 15 Avr 2008 - 0:44

Sasaye a écrit:

Genyen kap di w
saki grangou yo
pa menm ak yo.
Yo rele yo
moun sayo.

Sasayé apa nou fin pozé épi wou soti pou lagué ban rara a déyor ankor?

Sé yon réalité socio-historique ke sé pa yon sèl Haiti ya ki existé. Georges Anglade kom gwo Aristidien de la première heure sé li ki ékril ak pwop plim li et zot avanl..

Alos mésie soyons sérieux...an kité afè démagojie ya de koté..

Répon mwen franchman eské wou rékonèt têt wou lan ékip chimè kitap assaili palais national la pouyal passé tiréné yon pè lébrun? Yo sanblé têt koupé ak menm ékip kité Montana a.

Siw li Balzac wap jwen 'Moun sayo'= 'Ces gens-la' ladan tou avec menm sens péjoratif la ladanl. Kidonk sépa yon fénomèn inik a Haiti, ki mandé pou nou attadé sou li. Anou attaké VRÉ PWOBLÈM YO DABORD a komansé pa kèksion 'Grangou Klorox-la'...Sé sa pèp la ap réproché nou, nou kité vré pwoblèm yo sou koté pou nap fè divèsion chasse aux sorcières imajinaires diaspora ak zot pèdi tan nan détay tintin 'je chwi nationo-konstititio-patripocho-sénatorio-koko'...dé hèl?
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 8 1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum