Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-40%
Le deal à ne pas rater :
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + Casque filaire ...
29.99 € 49.99 €
Voir le deal

GNBis jiska lanmò...

+8
Rodlam Sans Malice
Marc-Henry
Doub-Sossis
jafrikayiti
piporiko
charles
Joel
Thunder
12 participants

Page 5 sur 8 Précédent  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Ven 11 Avr 2008 - 16:10

Rappel du premier message :

Mwen wè ti nèg ap pale de lojik, ki lojik posib wou ka bay pou Lavalas, apre desas, vol, represyon, koripsyon ke mesye sa yo sèvi kòm baton Moyiz ? Lavalas pa kite oken baz solid pou yon moun defann li...Se nou menm ki pèdi lisidite nou nan eseye defann lendefandab. Se nou menm ki soufri konplèks ki konprann ke nou enferyè pa rapò ak yon seri lòt moun.

Alò paske yon moun sòti nan klas defavorize a, fòk mwen mache dèyè l tankou bigay k'ap swiv zye timoun ki genyen azoumounou ?

...Alò fòk se FAd'H, Makout, Duvalier, Chamblain, Avril, Latortue pou nou denonse sèlman ? ...alò se Michel Francois ke yo te sispèk ki nan dwòg sèlman ?

Alò se Duvalier ki te konn asasinen opozan politik li ? ...Se FRAPH ki te konn touye moun Site Solèy sèlman ? ...ki te konn mete dife nan tout yon katye sèlman ?

Si se denonse lavalas tou pou :

_ piyay ke yo fè lan kès leta, vòlè anpil milyon san konte lajan dwòg.

_ pèp Site Solèy ak lòt zònn defavorize ke yo pa bati menm yon latrinn piblik, ale vwa yon Lekòl teknik. Antrene anpil jèn pitit Sòyèt, ki te ka itil peyi a demen, nan move zak, paske nou pwomèt yo chèk zonbi nan biwo leta.

_ 10 zan yo sòti fè ap trenen Ayiti pi ba toujou.

_ Eddy Lindor, Jacquelin, David ...yo tout se manb Fanmi Fanmi Lavalas ki te konn ap bwè san pèp-la...

[/size][b]Si se denonsyasyon sa yo ak lòt ankò ke mwen pa site, avèk si se ranvesman yon Diktatè sanginè, ki pran pouvwa an gwo ponyèt, k'ap vòlè, k'ap vann dwòg, k'ap bafwe tout zye pete klere ak demagoji, ki soufri megalomani, k'ap masakre pèp-la. KI Fè KE YON MOUN GNBis, EBYEN MWEN GNBis JISKA LAMò E MWEN FYè DE SA[size=12]
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas


GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Lun 21 Avr 2008 - 18:04

Joel

pale m de moun ki ekri atik saa.Fok jenn moun yo li moun ki pap ekri pou voye tet yo monte selman men ki ap di bagay yo "like it is".Fok magouyè ak magouyez jwen moun ki ka di yo se manti malsite saa se pa koulyè ya li komanse.Mwen kontan li atik saa anpil ,mwen fè otè ya konpliman.Mèsi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Lun 21 Avr 2008 - 18:13

San Malis,

Vedrine se pwofesè nan Boston Inivèsite,misye se yon lengwis ki ekri anpil liv sou Kreyòl:Gramè,sinonim elt.
Misye te ekri liv pou pwogram bileng ti Ayisyen ki nan lekòl segondè nan Boston.
Misye ekri anpil ti tèks enteresan an Kreyòl.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Lun 21 Avr 2008 - 18:48

Bon, mwen kwè ké atik Vedrine ke Joel cité ya mérité cité an entié pou nou pa pran goal ak men.

Vedrine sé yon élément map suiv lontan ni sou sit liya potomitan, ni sou lot reaction ak déclaration lap fait nan lot forum.

San ké nou pa rétiré yon pwèl nan Valè yon gran otorité konsa nan domèn linguistikak kréol, mwen soutenu ke Védrine ni pa kalifié ni pa impartial nan analyz politik lap fè sou Haiti. Sé pou pran sal ékri yo ak yon gren sèl, tankou opinion pèsonèl , non-authoritative (sé pa domèn li, ni li pa outillé pou fè kalité réchèch otoritativ nan domèn sila).

Daprè sa mwen li dé mouché sa-a, ében toutsa li ékri sé lan yon optik gochis 'lutte des classes' ak optik nwaris 'nwa v.s milat' ke tout pi gwo intéléktièl ki fè 46, historiens politologues ak militans menm kominis ki kalifié nan domèn nan, yo réjété thèze sila, yo menm dénonsél kom yon dérive et yon érrè de jénès. Alos Védrine nan pwa lo sé linèt sa li itilizé pou fè analyz liyo....

Mwen kanpé la pou le moman réli bien texte la pou pa vin bay goal a men...

Jis pou léxamp map rélévé ki kalité érrè nou ka jwenn nan sa Védrine ékri yo nan fè généralizations ki pa kanpé sou aryen:

''Tout avan e aprè Dezyèm Gè Mondyal, bagay yo pa t janm pi bon pase sa Ayiti. Si yo
te pi bon, poukisa Ayisyen t ap pran bato pati al Kiba, al koupe
kann Kiba, al fè tout vye travay Kiba? Poukisa Baptista lage chen dèyè
yo Kiba nan fen ane 50 yo, yo sezi byen yo epi yo anbake yo de men vid
pou Ayiti? Poukisa yo te toujou ap pase anba fil pou al koupe kann
Sendomeng, fè tout vye travay Dominiken yo p ap fè? Poukisa Troujillot
te jwenn jwen pou l fè jenosid 1937 la?
Donk lè nou mete tout
kesyon sa yo ansanm, nou konkli ke bagay yo te toujou pa t mache byen
pou majorite Ayisyen''

- Prémièrman Védrine pa gen anken ESTATISTIKS ÉMIGRATION LAN PONYÈT LI' LI PA KA SITÉ YON GENN CHIF...
KI POUSANTAJ POPILATION AN KI TÉ HABITIÉ AL KOUPÉ KAN KIBA OU ST_DOMING...KOUMAN POUSANTAJ SILA ÉVOLIÉ DANS LE TEMPS? ESKÉ POUSANTAJ SILA RÉPREZANTÉ YON MINORITÉ OUBIEN YON MAJORITÉ? KIJANL FÈ KONKLI SÉ MAJORITÉ YA KI TÉ LAN AFÈ PABON? APRÉ 2 e GUERRE MONDIAL NOU JWENN MENM FENOMÈN NAN AN EROP NAN PÉYI tankou LITALI, LA GRECE, LALEMAY, YOUGOSLAVIE AK LOT PÉYI BLOC LEST YO KI IMMIGRÉ AN MASSE VIN FÈ VIÉ DJOB RANMASSÉ FATRA AK ZOT JOB MANÈV NAN USA AK CANADA...ALOS NOU PA YON CAS INIK....


Kisa pati politik Ayiti yo kontribye nan devlopman l?

Emmanuel W. VEDRINE
17 avril 2008

(an memwa Aimé Césaire, yon fa ki klere tout Karayib la)

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Gabourg_cesaire

© Gabourg.com

«Gade pati politik mezanmi! Gade pati! Gade, gade yo!»
Se
kri sa a ak anpil etonnman ki choke anpil moun apre tanpèt politik 1986
la lè anpil moun panse Ayiti ta pral kase koub wout chanjman an, men malerezman l ap woule desann nan falèz soudevlopman an. Jounen jodiya, pati politik fè kenken; yo pouse kou dyondyon apre yon move tan. Se yon fòm ONG ki dèyè lajan ak sipò blan epi ki wè pòch yo senpman ak objektif prensipal yo ki la pou pran pouvwa a ak yon filozofi matyavèl «jan m monte m monte» pou al piye kès leta a, epi pale anpil de yon kriz politik y ap pale de li depi lè konkonm t ap goumen ak berejèn.

Poukisa tout pati politik sa yo Ayiti ? ––
Si yo te reyèlman sousye de devlopman Ayiti, yo t ap antann yo pou yo konvèje an 3 pati politik dyanm epi yo ta eseye òganize eleksyon primè tankou sa fèt nan kèk gran peyi sivilize (pou fè eliminatwa) jiskaske 2 pati ta ale nan eleksyon final. Politisyen ayisyen pa avèg pou gade sa k ap fèt la a Sendomeng, yon peyi vwazen ki deside mache nan wout devlopman kote pa tèlman lontan ane sa a, yo sot inogire premye liy metro nan Karayib la pandan ke Ayiti poko menm gen yon liy otobis nan Pòtoprens. Konbyen pati politik ki gen Sendomeng? Nou kwè pèp Ayisyen, jodiya, bouke ak blòf, diskou long an fransè, bèl pwomès ak pawòl tafya politisyen de grenn gòch ap fè pou kontinye lolo yo.

Pèp
la ap mouri grangou. Nou sot wè sa lotrejou kote magouyè pakapala tou
pwofite antre nan bann rara a pou kraze brize – toujou menm
penpenp yo: yon dechoukay san fen pou kontinye kraze Ayiti. Pèp la rele
aba «lavichè»! Pèp la rele aba blofè k ap pran woulib sou do pèp! Men
kisa ki fè lavichè a? Premyèman, pwoblèm n ap wè jodiya, se rezilta sa gouvènman pa t fè depi kèk tan nan istwa Ayiti; se yon kansè politik ki dejenere.
Ayiti toujou rete mazora apre ale vini gouvènman ––
Gouvènman
monte gouvènman desann men Ayiti Cheri toujou rete mazora. Tout avan e
aprè Dezyèm Gè Mondyal, bagay yo pa t janm pi bon pase sa Ayiti. Si yo
te pi bon, poukisa Ayisyen t ap pran bato pati al Kiba, al koupe
kann Kiba, al fè tout vye travay Kiba? Poukisa Baptista lage chen dèyè
yo Kiba nan fen ane 50 yo, yo sezi byen yo epi yo anbake yo de men vid
pou Ayiti? Poukisa yo te toujou ap pase anba fil pou al koupe kann
Sendomeng, fè tout vye travay Dominiken yo p ap fè? Poukisa Troujillot
te jwenn jwen pou l fè jenosid 1937 la?
Donk lè nou mete tout
kesyon sa yo ansanm, nou konkli ke bagay yo te toujou pa t mache byen
pou majorite Ayisyen epi politisyen Ayisyen (anpil nan yo) te toujou pa
t gen nen nan figi yo lè, depi lontan, yo t ap maltrete Ayisyen tankou
chen nan lòt kote nan Karayib la; yo t ap depòte yo. Eske menm istwa sa
yo pa repete jounen jodiya? Kisa gouvènman ki sou pouvwa di de Ayisyen
y ap trete kou chen nan tout rakwen
Karayib la jodiya? Eske yo janm pale de sa? Eske yo gen plan pou ta fè
yo retounen Ayiti, pou ede yo, krete travay, aktivite pou yo? Gen yon rezon ki fè yo kite Ayiti (anpil, ladan yo, ilegalman).

Kijan ou vle pou Ayiti pa ta gen lavichè lè oken politisyen pa ka kole tèt ak lòt pou di: pwoblèm Ayiti ap konfwonte yo se pwoblèm nasyonal yo ye, ebyen solisyon yo dwe nasyonal.
Yo nasyonal paske se pwòp lidè ayisyen ki kreye yo, paske se pwòp
ayisyen ki kreye yo; donk nan tout domèn (san distenksyon), si Ayisyen
kapab rive chita ansanm pou medite sou pwoblèm sa yo, si yo kapab rive
fè yon egzamennkonsyans, ebyen nou rete kwè ke yo kapab fè kichòy pou
kòmsanse solisyone pwoblèm Ayiti. Donk ann panse a konbit
nan tout domèn pou devlopman Ayiti. Ann panse a ofri kèk nan tan nou
volontèman pou ede Ayiti. Ann panse a sa nou kapab fè de positif pou
jenerasyon k ap leve jodiya pou l pa tounen zenglendo, kidnapè,
politisyen raketè demen. Ann panse a bon dòz edikasyon li bezwen pou l ede sosyete a demen epi pou l fyè de tèt li.
Ayisyen pèdi fyète yo ––
Majorite
ti Ayisyen (kit yo Ayiti, kit yo nan dyaspora a) pa fyè de tèt yo
jodiya e nou pa kapab di yo pa gen rezon. Wi, yo gen rezon lè yo wè
jenerasyon ki devan yo pa regle anyen serye, pa kite okenn modèl
pozitif pou yo suiv. Yon kokenn zotobre matiniken ale nan peyi san
chapo jodiya,
an palan de Aimé Césaire. Yon kokenn powèt, yon kokenn òm politik ki
lite pandan plis pase 50 ane pou devlopman Matinik. Men sa se yon modèl
pozitif pou tout Matiniken, e nou ka di pou menm nou menm Ayisyen pase
Césaire, li menm etan youn nan gran ekriven, dènye potomitan Mouvman Negritid la e politisyen nwa ki soti nan Karayib tou pa t rate pale de istwa d Ayiti;
donk nou ka di Ayiti te sèvi l yon sous enspirasyon. Men jounen jodiya,
kilès politisyen Ayiti nou ka konpare ak Césaire, an tèm lanmou
patriotik? Donk nou bezwen modèl pozitif pou Ayiti nan tout domèn.
Kout rèl resan pèp ayisyen an ––
Kout rèl resan pèp ayisyen an gen pou wè grangou, lavichè, ensekirite tou. Men kisa Ayiti pwodui? Anpil nan nou, depi nou te piti n ap fè jakorepèt nan kèk liv ki di: Ayiti se yon peyi agrikòl.
Gwo mo! Epi tout kote nou pase Ayiti, nou wè dlo ap gaspiye koule al
nan lanmè; ti malere peyizan menm ap priye Bondye pou lapli tonbe pou
yo ka plante. Kote mesye agonòm, ki pèdi tan etidye nan inivèsite
Ayiti, lòtbò yo? Kisa k nan tèt yo, kaka kalbas? Kisa yo pwopoze pou
ede ak agrikilti sou fèy papye? Kote mesye enjenyè ki pèdi tan etidye
nan inivèsite Ayiti, lòtbò yo? Eske yo ka trase wout? Pon? kanal? Kisa yo pwopoze menm sou fèy papye?
Kote mesye politisyen ki sou pouvwa yo, ki dèyè pouvwa, ki anpàn
pouvwa? Eske yo pa konnen gen dlo k ap gaspiye prèske tout kote Ayiti?
Ki sistèm yo ka adopte pou kapte dlo sa yo pou ede peyizan wouze tè san
ke yo pa bezwen depanse milyonven? Kisa yon senatè, yon depite eseye fè
pou ede zòn kote l soti a? Eske l konn pwoblèm zòn kote l soti a? Eske
l konn problèm moun zòn sa a? Ki pwojè l pou devlopman zòn sa a si l
gen youn? Ki pwojè kominotè li ankouraje nan zòn sa a apa vin ranse
lachanm, byen kostime ak chemiz blan /bouton pwayè, bèl vès byen chè
anba yon tanperati ki cho kou dife. Sèjousi, yo vin lachann ak revòlvè
pou koresponnn ak kòlèg yo pa ka antann avè yo. Wi, yo fè sa paske
Ayiti tounen yon peyi kòbòy : tout moun gen zam pase pa gen leta k ap
kontwole zanm; leta an vakans manch long.

Sou pwodiksyon ––

Tounen
sou koze pwodiksyon an, nou rete kwè ke Ayiti p ap janm fè yon pa kita
yon pa nago san ke tout politisyen pa ka mete tèt yo ansanm pou
konsantre sou enpòtans lansman pwodiksyon agrikòl epi yon kontwòl sou pwodui etranje k ap antre jan yo vle nan peyi a, san oken vrè kontwòl leta pou y al toufe epi dekouraje pwodui lokal yo. Anpil nan nou bouke tande koze tankou: peyi etranje refize Ayiti devlope, peyi etranje ap toujou kanpe an kwa pou Ayiti pa devlope. Tout sa se bobin! Pawòl tafya! Si gen kontra matyavèl anbachal ki fèt, se toujou frè Ayisyen ki siyen yo, donk sous pwoblèm nan toujou sot nan Ayisyen. Se Ayisyen menm (po nwa, po klè, po wouj, ti zòrèy) ki kanpe an kwa nan wout devlopman Ayiti a. Lè Ayisyen refize pale de reyalite Ayiti, li toujou chèche pretèks pou l blame blan (etranje) pou sò Ayiti. Depi 1804, nou poko janm wè yon blan je vèt cheve siwo chita
pou chèz boure a; donk se Ayisyen k ap gouvène; se Ayisyen ki kaptenn
bato a (menm si yo te deside pran lòd anba anba nan men konpè blan magouyè pou kenbe pouvwa, vann peyi Desalin nan – sa toujou rete yon chwa endividyèl). Si tout moun nan yon zòn Ayiti ta deside fè yon bagay pozitif pou zòn sa a, mwen pa kwè gen van tanpèt ki ta ka kraze solidarite
pou atenn objektif yo. Ebyen si tout politisyen Ayiti (sa k sou pouvwa,
sa k anpàn pouvwa, sa k swaf pouvwa) ta rive dakò pou pouse kabwèt
devlopman Ayiti a, nou pa kwè oken peyi etranje sou latè ta ka estope yo kèlkeswa animozite ki ta nan kè peyi sa yo pou Ayiti.

Kisa Ayiti ka pwodui? ––

Se yon kesyon kèk moun ka poze. Men echantiyon sa l pwodui: bannann, diri, fri, kafe, kakawo, kann, legim, mango, mayi, patat, pitimi, pwa, yanm … ajoute sou sa. Sa vle di: si reyèlman te gen gouvènman ki pa t ap ranse lè yo monte sou pouvwa, yo ta pral pran pwodiksyon
sa yo an konsiderasyon pou fè sa yo kapab pou ogmante volim yo ak
koutmen yo ta bay peyizan pou fè sa (e.g., etablisman bank agrikòl,
sibvansyon pwodui kouwè angrè, pwojè irigasyon, bonjan zouti, elt).

Nou pa ka pale de agrikilti epi pou n ta kite elvay dèyè. Nou bezwen vyann
pou n manje, nou bezwen lèt pou n bwè … Ki pwoblèm peyizan yo ap
konfwonte nan koze elvay la? Toudabò, se yon koze ki dan griyen, poko
gen elvay vrèman Ayiti k ap pwodui volay, pwason, bèf, kabrit, kochon kreyòl
… pou mache lokal la. Bèt yo mal nouri, yo bezwen swen veterinè tou.
Kisa mesye politisyen yo di nan sa? Kisa gwoup moun ki vle wè chanjman
Ayiti di nan sa? Kote gwoup moun k ap di yo pwogresis yo? Eske nou
bezwen yon modèl tout bon pou n gade (pa ekz. ibrid bèf, kabrit … pou
kwaze yo pou bay pi bon rannman)? Ane sa a mwen t ap gade yon pwogram
sou yon kalite bèf nan peyi Laolann kèk peyi Afriken adopte kwaze yo
pase yo bay anpil lèt; se yon pwogram pou Ayiti ta panse a li. Gen yon
seri gwo kabrit /chèv afriken ki bay anpil lèt e lèt kabrit se yon
vitamin totalkapital ki te ka konbat malnitrisyon Ayiti. Pouki Ayiti,
gwoup moun Ayiti pa panse a enpòtasyon gwoup kabrit sa yo?

An rezime, nou te ka kontinye
diskite e elabore sou sijè a, “Pati politik vs. Devlopman Ayiti”, yon
sijè nou te ka pran pou ekri yon liv. Men la a, nou vle ratresi l kote
nou jis mansyone l avèk kèk pwen enpòtan ki gen pou wè ak Reyalite
Ayiti, pwoblèm ke tout gouvènman ki te pase nan tèt pouvwa a pa t janmen adrese pou ta reyèlman kòmanse solisyone kèk nan problèm
prensipal anpil Ayisyen ap konfwonte e pwoblèm ki fòse yo kite Ayiti
kote anpil nan yo fè sa ilegalman pou ale nan lòt kote nan Karayib la
kote y ap maltrete yo depi prèske yon syèk, y ap depòte yo adwat agoch.
Se menm pwoblèm, menm istwa sa yo
ki repete jounen jodiya nan venteyinyèm syèk kote politisyen ayisyen,
patikilyèman sa yo ki sou pouvwa eseye iyore tray yo, epi yo pa eseye
fè anyen ak pouvwa yo, pa sèlman pou ede yo retounen Ayiti,
men tou yo pa eseye fè anyen Ayiti pou evite flo Ayisyen ilegal ki pral
Sendomeng ak lòt kote nan Zantiy yo dèyè lavi miyò, yon rèv ki pa janm
tounen yon reyalite pou anpil nan yo.

(E. W. Védrine)

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Anis
Nouvo liv otè a ki gen pou pran lari an 2008 la:

  1. A healing paradigm for a new Haiti (essay | esè)
  2. A look at the problem of schools in Haiti (essay | esè)
  3. Ideas to found a private Haitian High Schools in Boston (debate | deba)
  4. Season of drought in Haiti (novel | roman)

Li atik anba yo pou rafrechi memwa w sou devlopman Ayiti:

  1. Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti
    (E. W. Vedrine)
  2. Agriculture the first Target for Haiti's Development
    (E. W. Vedrine)
  3. Ayiti, yon peyi ravaje nou dwe sispann detwi
    (E. W. Vedrine)
  4. Dyalòg sou rebwazman ann ayiti
    (E. W. Vedrine)
  5. Dialog on reforestation in Haiti
    (E. W. Vedrine)
  6. Estrateji pou rebwaze Ayiti
    (E. W. Vedrine)
  7. Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environnemental
    (E. W. Vedrine)
  8. Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti?
    (E. W. Vedrine)
  9. What’s really needed to be done to reforest Haiti?
    (E. W. Vedrine)
  10. 16 Pwen pou ede Ayiti bouje
    (E. W. Vedrine)
  11. 16 points to help Haiti moving forward
    (E. W. Vedrine)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com



Viré monté
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Lun 21 Avr 2008 - 19:19

Doub-la
Ou pa serye non,pou rele Vedrine gochis.Ki sa ki gochis la kay Vedrine lan an menm.
Alòs ,si yon moun pa rekonèt dwa pou yon ti gwoup dikte politik ann Ayiti,ou se yon gochis pou sa?
Si w rekonèt se pa vòt popilè ke yon moun gen dwa dirije peyi an ,ou se gochis?
Wi ,gen de fwa ,Vedrine konn ap pale de zafè koulè;mwen menm tou mwen gen dezakò ak misye sou bagay sa a;paske mwen pa wè ki diferans ki genyen ant yon Manigat ak yon Andre Apaid;ou met tande sa moun di ,mesye sa yo wè pèp Ayisyen an menm jan,se jis yon kesyon de degre.

Antouka ,mwen pa wè anyen de gochis lakay Vedrine.

Epitou,Potomitan se pa sit Vedrine non;misye pibliye sou sit lan.Met li se yon Fanm Bèlj ki renmen lang Kreyòl lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 1:46

Marc-Henry a écrit:Pour revenir au sujet, soit Gnbiste jusqu'à la mort. Je préférais dire que je suis un progressiste jusqu’à la mort. Car c'est par des idées nouvelles que nous arriverons à faire la différence dans ce pays. Le gnbiste était un mouvement progressiste ? Je ne pense pas .Le gnbiste a échoué. Il a échoué parce que leur mouvement n’a rien apporté de nouveau sous le soleil d’Haïti.



Nous avions tous été témoins de la gabegie administrative du coupe Alexandre Boniface / Gérard Latortue de 2004 à 2006. Que pouvons-nous retenir du mouvement gnbiste ?

Dans 100 ans, les haïtiens blâmeront ce mouvement pour avoir souillé le bicentenaire de l’indépendance nationale. Dans 100 ans, on dira qu’un mouvement a déstabilisé Haïti avant, pendant et après le 1e janvier 2004. Voilà. Peut-on aujourd’hui affirmer qu’on est fier d’avoir été gnbiste ? A vous de répondre!

Mwen regrèt ke se kounyea ke mwen reponn wou, men genyen kèk bagay ke wou ekri la a ki merite mete aklè.

Marc-Henry,

Yon moun pa ka pwogresis san ke li pa GNBis dabò. Wou pa konnen sa ki GNBism lan. GNBism se pa Gwoup 184 ak Guy Philippe, men li se plito pèp ki bouke ak bèl pwomès ki pa janm reyalize, pandan ke ti nèg ap benyen nan lwil, Yo mete Grenn Nan Bouda yo, yo pran lari pou fè san manman yo konprann ke se pa tout pèp-la ke yo ka entimide, pou yo ka vòlò, anba katouch ak baton makout, atache ak chimè Lavalas.

Se yon van GNBis ki te vante sou peyi an nan fen ane 1985 pou louvri lane 1986 ki te pèmèt ke menm avèk anviwon 30.000 milisyen pou pwoteje pouvwa li, Ke Makak la te oblije kase. De 1986 ak kounyea, ki kote nou ye ? ...eske wou dakò ke GNBism 1986 la echwe tou ?

Pa t genyen moun ki te fè kadejak sou mouvman popilè 1986 la ? ...Moun tankou Aristide yo se pa kadejakè politik ke yo ye ? Yo trayi pèp-la ...Men Aristide, a yon sèten moman, te yon GNBis tou.

Marc-Henry ! ...pou yon moun al manifeste pandan ke:

_ tout grif ak dan chimè yo grenyen tankou chat mawon.

_ manifestasyon semènn pase a, chimè te asasinen kèk patisipan.

_ machinn leta ak plak imatrikilasyon leta ap pase depoze chimè ame nan pwen estratejik tankou kafou Ayeopò, kafou Pòs Machan pou entimide ak touye manifestan.

_ Ofisyèl Lavalas ap mete entèdiksyon pou manifestasyon anti lavalas nan sèten vil peyi a, genyen nan yo ki di kareman pou moun pa oze di ABA Aristide, sinon y ap pran zewo tolerans...

Pou moun sa a al manifeste kanmenm, fok li genyen Grenn Nan Bouda l.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 1:56

Rodlam Sans Malice a écrit:genyen anpil moun ki konfonn gnbisme e oportunism.mwen pa kont youn gnbism ratyonel menm jan ke mwen pa kont militans.sa ke mwen kont se eternel mekontan yo ki pa janm satisfè depi se pa yo sel ki bò tab la.depi yap manje ou pa tande vwa yo ditou menm si majorite pep la nan grangou klorox.se ipokrit sa yo ke mwen pa renmen.genyen youn seri nan yo ki tap mande tet Aristide men depi latorti lage youn ti chocho nan men yo pou yo pa peye taks pou twa zan ou pa tande kote kontra sosyal ni gwoup 184 la pase.Chant Gnbism lan rantre nan ibernatyon apre li plen vant li byen plen.Jodya ti neg beswen ranpli pans yo ankò yo rekomanse ap rele anmwe.Yo di w se 18 lane ke lavalasyen fè ap dirije peyi ya pandan 20 lane ki sot pase komsi se yo sel ki ka konte.Komsi tout moun se mwens ke 30 lane ke yo genyen yo pat konn wè sa ki te ap pase nan peyi ya anvan 86.

mwen ta premye pot drapo nan youn mouvman gnbis ki pou youn chanjman total kapital,men mwen pap janm nan youn gnibist pou pratiquer retire ko w pou m mete pam pou m fè youn kout volò tou.paske mwen konprann san stabilite se lave men siye a tè.chanje gouvenman tankou nou chanje chemiz pa solutyon a pwoblem nou.

Vwala! ...se Sans Malice ki konprann sa ki GNBism lan. Pa genyen yon patisipan la a ki ka di ke mwen konn defann oken moun an patikilye la a. Mwen repete l ankò, GNBism 2004 lan se pa Apaid menm jan GNBism apre 1986 la se pa Aristide.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 2:06

colocolo a écrit:
piporiko a écrit:Cher ami ,
c'est comme preche dans le desert.Lui et son acolyte Thunder sont incorrigibles....

Pas du tout!

De 1990 à nos jours, Marc Bazin a beaucoup changé.


Alors, pourquoi ces 2 messieurs (Doub et Thunder)seraient-ils condamnés au GNBisme jusqu'à la mort?

Mwen oblije GNBis jika lamò paske mwen refize pou m yo zyepetekleris oubyen yon reziyen.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mar 22 Avr 2008 - 9:27

Encore une occasion ratée pour Haiti dans plus de 7 pages de discussions avec plus de 12 intervenants de diverses tendances!

Ce débat serait plus enrichissant si nous avions essayé de répondre à cette question:

Entre le Contral Social du GNB et le Livre Blanc "Investir dans l'Humain" de FANMI LAVALAS, lequel peut améliorer la situation en Haiti?


Si cette mentalité reste la meme, le pays ne pourra rien bénéficier de ce nouveau gouvernement de coalition.

Nous devrons dominer nos esprits de partisannerie afin de pouvoir analyser des programmes politiques.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 9:36

Wou pakak konpare 2 bagay ki pa menm. Fanmi Lavalas se yon pati politik, GNBism se yon mouvman popilè.

Wou gen dwa GNBis men wou pa dakò ak kontra sosyal la, men wou paka lavalasyen pou wou pa dakò ak liv blan an.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mar 22 Avr 2008 - 9:42

Thunder a écrit:Wou pakak konpare 2 bagay ki pa menm. Fanmi Lavalas se yon pati politik, GNBism se yon mouvman popilè.

Wou gen dwa GNBis men wou pa dakò ak kontra sosyal la, men wou paka lavalasyen pou wou pa dakò ak liv blan an.

Ne me dites pas que le principal but du GNBisme était de renverser Aristide.

Quel est l'agenda politique de GNB?

Quelle alternative propose le GNBisme au Livre Blanc de Fanmi Lavalas?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 9:49

Wou gen lè pa kreyòl ? ...GNBism pa genyen anyen pou l wè ak pati politik, se yon mouvman sosyal ki rasanble tout nivo sosyo ekonomik. Depi wou ka ban mwen katye jeneral GNB a ak moun ki sekretè Jeneral la, lè sa a na konpare yo.

Taktik ke w ap itilize la a mwen konnen yo. Se pa yon granmoun san dan ke wou ka montre fè grimas tande monfrè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mar 22 Avr 2008 - 10:02

Thunder a écrit:Wou gen lè pa kreyòl ? ...GNBism pa genyen anyen pou l wè ak pati politik, se yon mouvman sosyal ki rasanble tout nivo sosyo ekonomik. Depi wou ka ban mwen katye jeneral GNB a ak moun ki sekretè Jeneral la, lè sa a na konpare yo.

Taktik ke w ap itilize la a mwen konnen yo. Se pa yon granmoun san dan ke wou ka montre fè grimas tande monfrè.

Thunder,

Il faut rester dans le sujet et ne pas dévier car Sasaye et Malice sont aux alentours et interviendront pour mater tout dérapage si besoin se fait sentir.

Nous devrons continuer ce débat dans une atmosphère saine afin de faire jaillir la lumière.

Permettez-moi de faire une récapitulation de votre position:

Vous et les autres GNBistes aviez pris les rues pour manifester contre le programme de FANMI LAVALAS sans avoir une alternative et un plan, est-ce vraiment votre position?

Avant de rejeter un programme, vous devriez avoir un autre. Entre le programme de FANMI LAVALAS avec toutes ses failles, vous avez choisi le chaos car vous l'avez renversé sans rien proposer.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 10:47

Ki pwogram ? ...Fanmi Lavalas te genyen yon pwogram ? depi ki lè ? Moun paka manifeste kont yon bagay ki pa ekziste. Montre m ak prèv ke Fanmi Lavalas genyen yon pwogram ke li ta 'ap zwiv sou teren an.

Atenativ pa m se pat ranvèse Aristide non, mwen pa wè l konsa, altènativ pa m se debarase Ayiti de yon kriz politik. Fè eleksyon kòmsadwa e pou pèp-la jwazi moun ki nan lide'l, nan fason ke manman lwa peyi a pèmèt li.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 22 Avr 2008 - 10:58

E jiska kounyea wou poko ka ban mwen ki bò ke Katye Jeneral GNB a ye, ni ki moun ki Sekretè Jeneral li. Se kòm si wou ta mande pèp souvren 1986 la ki pwogram yo te genyen pou apre Duvalier ? eske se pèp la ki lakòz dezas san manman yo fè nan administrasyon piblik la ?

Pa melanje bannann ak patat asosye.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 22 Avr 2008 - 11:51

Thunder

Si w di alternativ pa w se pat ranverse Arsitide se te fè elektyon jan manman lwa peyi ya mande e byen ou denonse mouvman GNBIST la paske Aristide te dako pou elektyon 7 Senateurs yo te refet ;yo tout te bay demisyon yo.Arsitide te menm dakò pou opozityon chwasi youn lot Premye Minis poukisa malgre tout konsesyon sa yo nou lage peyi ya nan tyouboum saa.Se rezon saa ki fè mwen pap janm dakò ak mouvman ki ranverse Aritide la, se pa ke mwen se youn fanatik Aristide non se paske mouvman saa pat genyen lot bi ke se te di Arsitde retire kò w pou nou fè youn kout volò tou.

jou a genyen youn mouvman GNBIST pou chanje jan nou ap dirije peyi ya konpletman lè sa ou met pase chache m map pot drapo youn mouvman revolutyonè tout bon.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mar 22 Avr 2008 - 15:11

Thunder a écrit:Ki pwogram ? ...Fanmi Lavalas te genyen yon pwogram ? depi ki lè ? Moun paka manifeste kont yon bagay ki pa ekziste. Montre m ak prèv ke Fanmi Lavalas genyen yon pwogram ke li ta 'ap zwiv sou teren an.

Atenativ pa m se pat ranvèse Aristide non, mwen pa wè l konsa, altènativ pa m se debarase Ayiti de yon kriz politik. Fè eleksyon kòmsadwa e pou pèp-la jwazi moun ki nan lide'l, nan fason ke manman lwa peyi a pèmèt li.

Imaginez que vous avez raison et que le GNB soit un courant social et non un parti politique.

Malice vient de vous donner la réponse concernant Aristide qui était pret à satisfaire cette revendication. De plus, Latortue avait organisé les elections dont vous aviez sollicité, et le GNBisme était supposé s'arreter la car sa revendication est satisfaite.

Comment se fait que vous soyez GNB jusqu'à la mort alors que votre revendication (les élections) a été satisfaite?

Quel est le but du GNBisme de nos jours?

Je dois vous avouer que moi aussi j'ai été manipulé dans un temps par les leaders de ce mouvement. Mais avec un certain recul, je pus me ressaisir.

Il faut éviter de nager dans la contradiction. Un meme mouvement ne peut pas avoir des objectifs temporaires et vouloir etre pérenne jusqu'à la mort.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Mar 22 Avr 2008 - 15:41

Rodlam Sans Malice a écrit:Thunder

Si w di alternativ pa w se pat ranverse Arsitide se te fè elektyon jan manman lwa peyi ya mande e byen ou denonse mouvman GNBIST la paske Aristide te dako pou elektyon 7 Senateurs yo te refet ;yo tout te bay demisyon yo.Arsitide te menm dakò pou opozityon chwasi youn lot Premye Minis poukisa malgre tout konsesyon sa yo nou lage peyi ya nan tyouboum saa.Se rezon saa ki fè mwen pap janm dakò ak mouvman ki ranverse Aritide la, se pa ke mwen se youn fanatik Aristide non se paske mouvman saa pat genyen lot bi ke se te di Arsitde retire kò w pou nou fè youn kout volò tou.

jou a genyen youn mouvman GNBIST pou chanje jan nou ap dirije peyi ya konpletman lè sa ou met pase chache m map pot drapo youn mouvman revolutyonè tout bon.

Se pa t sa sèlman non,anbasadè BRIAN DEAN CURREN deklare ke non sèlman ARISTIDE te dakò pou l nonmen yon premye minis ki soti nan opozisyon an ,li ta p ba mesye yo anpil pòs nan Kabinè an.

pwoblèm mesye yo ,yo te konsidere ke toutotan Aristide te nan peyi an ,yo pa ta ka fè konpetisyon ak li.
Aristide t ap kontinye genyen eleksyon.
Se te yon JUAN PERON ,yo te gen anfas yo.

Lè mesye ekstrèm dwat Repibliken pa entemèdyè STANLEY LUCAS di mesye yo se efasman ARISTIDE ki pou fèt,yo pa t vle pran priyè nan men anbasadè BRIAN DEAN CURREN.
Responsabilite Aristide te minim nan sa k te pase an!
Ke peyi an te disparèt se pa t pwoblèm pa yo sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Mar 22 Avr 2008 - 18:36

RADOTAY MAKOMÈ!!!
MWEN PAP MÉLÉ!!!
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 23 Avr 2008 - 10:10

Rodlam Sans Malice a écrit:Thunder

Si w di alternativ pa w se pat ranverse Arsitide se te fè elektyon jan manman lwa peyi ya mande e byen ou denonse mouvman GNBIST la paske Aristide te dako pou elektyon 7 Senateurs yo te refet ;yo tout te bay demisyon yo.Arsitide te menm dakò pou opozityon chwasi youn lot Premye Minis poukisa malgre tout konsesyon sa yo nou lage peyi ya nan tyouboum saa.Se rezon saa ki fè mwen pap janm dakò ak mouvman ki ranverse Aritide la, se pa ke mwen se youn fanatik Aristide non se paske mouvman saa pat genyen lot bi ke se te di Arsitde retire kò w pou nou fè youn kout volò tou.

jou a genyen youn mouvman GNBIST pou chanje jan nou ap dirije peyi ya konpletman lè sa ou met pase chache m map pot drapo youn mouvman revolutyonè tout bon.

Lè wou tande Aristide t ap fè konsesyon sa yo, li te gen tan travèse liy wouj lan. Nan Politik tout kote men sitou an Ayiti, genyen yon limit ke wou pa gen dwa depase. Si wou fè sa, kèlkeswa fason an w ap kite pouvwa a.

Wou toujou ap di ke nou lage peyi nan tchouboum ? ...Kòman ? ...Se GNB ki te fè magouy nan eleksyon 2000 yo ? Se nan renmen tout ki fè ke Aristide pèdi tout. Alò fòk tout moun nan peyi a te kwaze 2 men yo, fè kòmsi yo pa wè anyen ? ...Nan non "demokrasi" ?

Byen antandi! sa a se opinyon pa m. Tout GNBis pa oblije te panse menm jan avè m.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  piporiko Mer 23 Avr 2008 - 10:20

SAK TA DI SA?LE POU THUNDER AK AKOLIT DOUB-LA AP KK-YE SOU ARISTIDE FE THIS,LI FE DAT.LI PILE TIBB,LI VOLE .MEN YO PAKA ELABORE SOU LE LIVRE BLAN AN AK KONTRA SOSYAL LA.INEVSTIR DANS L'HUMAIN SE YON NAN PI GWO PWOGRAM KI PA JANM ELABORE DEPI 50 TAN NAN PEYI A.MWEN PA DAKO AK LI(PARCE D'INSPIRATION NEO-LIBERALE),MEN KAN ASASEN PEYI A (GNB) PAT PWOPOZE ANGNE KI PI PWOFON.JWET POU NOU.PA VOYE MONTE,VINI AVEK DES FAITS.FOK NOU VIDE BAGAY SA A JODIA.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 23 Avr 2008 - 10:31

colocolo a écrit:
Thunder a écrit:Ki pwogram ? ...Fanmi Lavalas te genyen yon pwogram ? depi ki lè ? Moun paka manifeste kont yon bagay ki pa ekziste. Montre m ak prèv ke Fanmi Lavalas genyen yon pwogram ke li ta 'ap zwiv sou teren an.

Atenativ pa m se pat ranvèse Aristide non, mwen pa wè l konsa, altènativ pa m se debarase Ayiti de yon kriz politik. Fè eleksyon kòmsadwa e pou pèp-la jwazi moun ki nan lide'l, nan fason ke manman lwa peyi a pèmèt li.

Imaginez que vous avez raison et que le GNB soit un courant social et non un parti politique.

Malice vient de vous donner la réponse concernant Aristide qui était pret à satisfaire cette revendication. De plus, Latortue avait organisé les elections dont vous aviez sollicité, et le GNBisme était supposé s'arreter la car sa revendication est satisfaite.

Comment se fait que vous soyez GNB jusqu'à la mort alors que votre revendication (les élections) a été satisfaite?

Quel est le but du GNBisme de nos jours?

Je dois vous avouer que moi aussi j'ai été manipulé dans un temps par les leaders de ce mouvement. Mais avec un certain recul, je pus me ressaisir.

Il faut éviter de nager dans la contradiction. Un meme mouvement ne peut pas avoir des objectifs temporaires et vouloir etre pérenne jusqu'à la mort.

Se pa di imajine m non, se pou di ke wou pa konprann sa ki GNBism lan.

Onètman ak tou respè ke mwen genyen pou wou, wou pa kreyòl ditou. Wou plis sanble yon moun k'ap enpèsonifye yon Ayisyen. Oubyen petèt fòk se yon desen pou m fè pou wou pou w konprann sa mwen vle di.

GNBis jiska lanmò pa vle di pou m konbat tout gouvènman ki monte. Oubyen pran zam pou fè yo kouri tankou ti poul kayèt.

GNBis jiska lanmò vle di ke m ap konbat e pran zam silefo kont tout gouvenman ki pran menm wout ke anpil rejim pran deja. Pa dwe genyen oken tete lang ak oken sanzave k ap plen pòch nan non "demokrasi" nonplis.

Ke enstitisyon ki sipoze fè travay yo fè li. Si yo pa fè l, genyen senp sitwayen k ap mete Grenn Nan Bouda yo epi fè l.

La a Colo, si wou pa konprann se pa fòt mwen.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mer 23 Avr 2008 - 10:45

Thunder,

Au contraire, vous devriez me féliciter pour avoir crée les conditions pour que vous définissiez le GNBisme et votre affiliation jusqu'à la mort dans ce mouvement. C'était aussi une belle occasion pour dire à votre compère Doub-Sossis que ce Colocolo n'est pas si lavalas que l'on croit.

J'aurais la meme réaction si des gens me disaient" Aristide ou la Mort!" comme titre d'un sujet.

Bref, vous venez d'élaborer votre position en mettant les points sur les i et nous devrons progresser après plus d'une semaine de débats contenant plus de 8 pages de plus d'une douzaine de membres.

Que pensez-vous de la dernière intervention de Piporiko?


piporiko a écrit:SAK TA DI SA?LE POU THUNDER AK AKOLIT DOUB-LA AP KK-YE SOU ARISTIDE FE THIS,LI FE DAT.LI PILE TIBB,LI VOLE .MEN YO PAKA ELABORE SOU LE LIVRE BLAN AN AK KONTRA SOSYAL LA.INEVSTIR DANS L'HUMAIN SE YON NAN PI GWO PWOGRAM KI PA JANM ELABORE DEPI 50 TAN NAN PEYI A.MWEN PA DAKO AK LI(PARCE D'INSPIRATION NEO-LIBERALE),MEN KAN ASASEN PEYI A (GNB) PAT PWOPOZE ANGNE KI PI PWOFON.JWET POU NOU.PA VOYE MONTE,VINI AVEK DES FAITS.FOK NOU VIDE BAGAY SA A JODIA.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Jeu 24 Avr 2008 - 8:41

Bon ! ...Mwen byen kontan wè ke wou konprann kisa tit sijè a vle di.

Pou Pip la li menm, k ap di ke Liv Blan se pi gran program depi 50 lane... Wi ! pou epate moun ki pòv nan lespri.

Ban m fè yon ti remak, Lavalas te fè 10 zan avèk full pouvwa nan men yo, Nan Eta ke Aristide kite peyi a an 2004 montre kareman ke oubyen pwogram nan echwe, oubyen pat genyen oken pwogram vre.

Yon lòt bò, wou wè si se pou program sou papye, tout ti bwat fatra genyen sa. Kontra Sosyal mwen poko menm jete yon koudèy sou li, donk mwen pa ka elabore.

E nonplis, pwogram sou papye pa konte, se rezilta sou teren an ki konte, lò ke wou fenk pase 10 zan opouvwa. Tout moun ka ekri yon bèl ti pwezi oubyen roman pou bafwe moun. Se sou beton an pou m wè rezilta yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  piporiko Jeu 24 Avr 2008 - 9:37

OU PAT BAL TAN POU LI TE APLIKE PWOGRAM LI.OU TE METE ANBAGO SOU LI,OU TAO ANSASINEN MOUN .AN BON FRANCAIS ,OU TAP MENNEN YON GWO KANPAY DESTABILIZASYON KONT YON PEYU,SOU PRETEX OU PA DAKO AK YON PREZIDAN.GEN ANPIL MOUN KI PA DAKO AK BOUCH.OU PANSE YO RELE LA FRANS OU LAGLETE POU VINN DESHOUKE MOUSE?SE WOU KI PA GEN KARAKTE,PASKE OU SE DESANDAN NEG bosal..TANKOU LAMOUR DERANCE...

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Jeu 24 Avr 2008 - 10:03

Wi ! m pat ba yo tan pou fè anyen pou peyi a, men m te bay tout bawon lavalas tan pou siyen milyonè. Anbago sa mwen te mete a, se sèl lè pou regle koze pèp-la ke li te anvigè ? ...lè se pou peye milyon pou sekirite, milyon pou lòby, milyon pou chato tou nèf, milyon pou peye chimè, milyon pou separe bay zanmi ak fanmi... toujou genyen lajan.

Nou pa santi ke vye eskiz sa yo pou kache safte, kretinism ak movèz fwa nou pa kanpe sou anyen.

Moun pa dakò ak Bush, men li menm tou li rete nan limit li, lejou Bush ta debòde gade pou w wè si li ap rete sou pouvwa a.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 5 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 5 sur 8 Précédent  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum