Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

GNBis jiska lanmò...

+8
Rodlam Sans Malice
Marc-Henry
Doub-Sossis
jafrikayiti
piporiko
charles
Joel
Thunder
12 participants

Page 7 sur 8 Précédent  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Ven 11 Avr 2008 - 16:10

Rappel du premier message :

Mwen wè ti nèg ap pale de lojik, ki lojik posib wou ka bay pou Lavalas, apre desas, vol, represyon, koripsyon ke mesye sa yo sèvi kòm baton Moyiz ? Lavalas pa kite oken baz solid pou yon moun defann li...Se nou menm ki pèdi lisidite nou nan eseye defann lendefandab. Se nou menm ki soufri konplèks ki konprann ke nou enferyè pa rapò ak yon seri lòt moun.

Alò paske yon moun sòti nan klas defavorize a, fòk mwen mache dèyè l tankou bigay k'ap swiv zye timoun ki genyen azoumounou ?

...Alò fòk se FAd'H, Makout, Duvalier, Chamblain, Avril, Latortue pou nou denonse sèlman ? ...alò se Michel Francois ke yo te sispèk ki nan dwòg sèlman ?

Alò se Duvalier ki te konn asasinen opozan politik li ? ...Se FRAPH ki te konn touye moun Site Solèy sèlman ? ...ki te konn mete dife nan tout yon katye sèlman ?

Si se denonse lavalas tou pou :

_ piyay ke yo fè lan kès leta, vòlè anpil milyon san konte lajan dwòg.

_ pèp Site Solèy ak lòt zònn defavorize ke yo pa bati menm yon latrinn piblik, ale vwa yon Lekòl teknik. Antrene anpil jèn pitit Sòyèt, ki te ka itil peyi a demen, nan move zak, paske nou pwomèt yo chèk zonbi nan biwo leta.

_ 10 zan yo sòti fè ap trenen Ayiti pi ba toujou.

_ Eddy Lindor, Jacquelin, David ...yo tout se manb Fanmi Fanmi Lavalas ki te konn ap bwè san pèp-la...

[/size][b]Si se denonsyasyon sa yo ak lòt ankò ke mwen pa site, avèk si se ranvesman yon Diktatè sanginè, ki pran pouvwa an gwo ponyèt, k'ap vòlè, k'ap vann dwòg, k'ap bafwe tout zye pete klere ak demagoji, ki soufri megalomani, k'ap masakre pèp-la. KI Fè KE YON MOUN GNBis, EBYEN MWEN GNBis JISKA LAMò E MWEN FYè DE SA[size=12]
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas


GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Sasaye Ven 2 Mai 2008 - 14:50

Colo,

Mèsi pou rapèl mesaj mwen an.

Mwen ta renmen ke entèvenan yo fini avèk diskisyon saa.
Pou m pa oblije fèmen sijè a.
Pou m pa tande moun ap vin pale de pati pri e latriye.

Pandan tan saa, nou pap reflechi sou kijan pou Ayiti sòti lan twou a.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 1:03

Mésié sé nou vlé fèmen paj la sé tout dwa nou afè nou pou nou li rélé nou chè mèt chè mètrès.

Mennouwè jis ki koté zafè libèté dé la presse la sé yon ITOPIE ..

Dépi gen tinèg kap voyé Mové son lanJazz la fok tinèg jwenn yon Moyen Kelkonk pou fèl Pé:

Jan Dominik Kaptèn mwen
Koté w yé a mwen
Voyé yon chapo Bawou
Nawè anro a
Paské janm wètanmaré
mwenpa gen anpiltan
afè anba ankorr
Ya débat jan w kon di
Noumenm nou fè bout panou

Adios Amingos
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 8:20

Joel a écrit:Ti dejenere sousèt blan?
se Blan ki pou ta sousèt MYRIAM DESULME.Fanmi Desulme an posede youn nan pi gwo fòtin nan Jamayik e manmzèl reponn a kritè moun ke ou vle yo:li sipè edike: Cambridge,ekòl la ann Itali elatriye.
Sèlman ,li pa vle wè GNBis ke li konsidere kòm yon pichon pou peyi an (lol)

La plus importante , la plus utile règle de toute éducation ce n'est pas de gagner du temps, c'est d'en perdre'
J.J. Rousseau.

JoJo, tidam Désulmé ya pa yon référans nonplis pou Doub-la non. Li étidié Cambridge... sou do lanjan papi sé bon pouli .bonn chans pou li..men sa pa garanti li plis savé sou kozé dayiti ké menm yon analfabèt pa bèt non...aléwè pou doub-la.

Anoufè yon rétou an bak-arrière KI KOTÉ LAJAN DÉSULMÉ SOTI?

men sa zot di nan yon ti répotaj de salon:


Duma, you remind me of my friend who
passed on, a "brother," Thomas Désulmé whom I came to know well during
nearly 40 years in Haiti and abroad. Tom came also from peasant stock.
He began his working life as a truck driver and then successively he
held high governmental positions.
He had to leave Haiti as a
politically exiled senator after the arrival of François Duvalier in
the presidency, although he had helped Papa Doc in becoming president.


Thomas
Désulmé settled in Jamaica and left his mark as a successful
industrialist in his country of adoption. Candidate to the presidency
of Haiti after the overthrow of Baby Doc in 1986, Tom did not win. He
returned to Jamaica and after his death a few years later, he was
honored by the Queen of England for his multiple contributions to the
industry in Jamaica. And yet, Tom had received a limited education and
did not have any university diploma.


Today,
in Florida, I miss Thomas Désulmé where I enjoyed his company and the
great restaurants of Coral Gables where we spent wonderful moments
discussing national and world problems. I will never forget those
exchanges of ideas and enlightning moments.


In
short, Duma, you are also of peasant stock and contrary to Thomas
Désulmé you received an education in higher learning. Your professor
was none other than the illustrious Milton Friedman, professor in
economy and universally recognized as the leading expert in the field
of business. The pupil proved that he had learned his lessons well.
Your company, Siméus Food International, Inc., is estimated in the news
at a value of 120 million dollars. Is this correct?


Mwen té kavin a plis wi men sé pa la pèn poumap lévé kozé konsa sou ti démwazèl Cambridge la, li pa résponsab pakipot papal passé pou lévé PRIÉMIÈ MANMAN KOB LAB.

Mwen pa vlé di Thomas Désulmé pa gen valè non, sé yon gwo travayè et li prouvél sam vlé di la plipa de nèg sayo Yo tout gen GWO ZANO KAY OFÈV...Kouman Yon chofè Camion

held high governmental positions sou Estimé..vin janbé nan Divalié...épi li Domi Pov ..Lévé Riche...

SOT KI BAY IMBÉCILES KI PA PRAN....

Men Modèl hommes de la classe yo wi....
politik sé jis yon tremplinpou yo..

La prèv ki Investissement Désilmé janm fè Haiti, nan pakèt kob li kouri Jamaik yo , men li té gentan ranjé kol poul vin kinté piplis ankorr sou Do Bèf la..après 86 KOM KANDIDA..SA PA MACHÉ ..LI BAY TALON..NOU PA JANM WÈ PWENT BÈK LI..KOULIA LOT TI KOMÈ YA KI LÉVÉ JAMAIK..KI PA KON h NAN PÉYI tON-mA KONPRAN LI KA LÉVÉ HÉRITAY PAPAL KITÉ POU LI...NAN PÉYI TONMA..hé_héy...SÉ BON POU LWA..

Méssié ma dinou sa Kassayol té di Bèf la wi..

Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Sam 3 Mai 2008 - 9:58

mwen pat vle reponn ankò paske mwen te vle koute sa Sassaye di ya. men gen lè ou vle dekouraje tout patisipan sou forum lan.Se sak fè vre nou pa konprann ke genyen moun yo pa beswen pase nan iniversite pou yo itil limanite.Bill gates pat rete nan iniversite ,Oprah winfrey ki ap bati kay pou mete moun ki sinistre nan Mississipi, lekol pou ti fi nan South Afrika pat ale nan iniversite ke apre li finn gran fanm.mwen ka site anpil lot nwa ki fè gwo dekouvert ke nap servi ak yo jiska presan yo pat injenyè.

Se pa nesesè ke se volè Thomas Desulme te volè ki fè li te genyen lajan.Mwen sonje lè mwen te ti moun neg ki te pi byen nan vil o Kap se kamonyè tankou Makorel, Georges ak tout frè li ,mesye ki ten genyen kamyon St Charles Borhomé. yo.An tou ka mwen tap vote pou Thomas Desulme anvan mwen ta vote pou anpil tekzokrat initil pale anpil.Lè w di: "men Model hommes de la classe wi".Brandt se youn Jamayiken tou ki jan fè se an ayiti li vinn etabli kò li?Thomas desulme etabli li jamayik apre ke Duvalier finn krase Sena paske li te youn ekzile politik.Wi li te dwe rete an ayiti aprè defet li te sibi nan elektyon men pafwa ou bouke lite ak youn peyi ki tou tan se nan rekomanse nou toujou ye. mwen pa ka blame li tou tan tribinal pa kondane li pou koriptyon pandan ke li te nan gouvenman.Mwen dwe rekonet li se youn gwo travayè.ki malgre orijinn li ;li reyalize vi li ;Depi nan ginnen bon neg ap defann neg parey yo .konsa tou move neg toujou ap denigre neg parey yo pa jalousy egoyist mank estim de tet yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Sam 3 Mai 2008 - 10:22

Malis,

nou gen dwa pale de Thomas Desulme paske sa sòti de diskisyon Lavalas ak GNBis ke Sasaye t ap pale an.

Alòs misye te vle pou Désulme te rete ann Ayiti pou ye te touye l.Konbyen moun tankou Desulme ki gen ann Ayiti ki ta ka ede men ti klik boujwazi atoufè an pa bay yo jwen.
Zafè misye ap pale de edikasyon Desulme ,se yon sèl bagay nou ka di misye se ale l "la prit".Wi ak eksperyans nou konnen de moun ki konstwi etazini yo;depi JOHN D ROCKEFELLER,JACOB ASTOR,CARNEGIE,ELI WHITNEY,FRICK elatriye ;pa t gen youn ladan yo ki te gen edikasyon fòmèl.

Mesye sa yo fè gwo fòtin ,e lè yo fin fè l,yo kreye gwo Inivèsite pou fè rechèch,gwo mize ,gwo laboratwa rechèch.
Nèg pa nou yo ki te konn ale an Frans al etidye ,tounen ann Ayiti ,vin fè gwo gagann,ki sa yo te janm remèt?

Ban m yon Thomas Desulme olye de mil Manigat ou byen dimil Micha Gaillard elatriye!!!

Epitou,desulme pa t koumanse gwo,lè li te rive Jamyik nan ane 50 yo.Li te envesti nan "plastik" e se la fòtin li koumanse grandi ,apre sa fanmi yo envesti lan lòt domèn.
Jamayik genyen anpil rekonesans pou Desulme ki kreye de milye djòb nan peyi sa a.Yo ba misye tout kalite dekorasyon!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 11:52

JOHN D ROCKEFELLER,JACOB ASTOR,CARNEGIE,ELI WHITNEY,FRICK elatriye ;pa t gen youn ladan yo ki te gen edikasyon fòmèl.

Mesye sa yo fè gwo fòtin ,e lè yo fin fè l,yo kreye gwo Inivèsite pou fè rechèch,gwo mize ,gwo laboratwa rechèch.

Mésié kilang nou palé ankor sé sa menm wi mwen sot dila pandan nap voyé pwent 24-24 sou boujwa kap pran risk 24-24 nan péyi ya nou toujou jwenn yon tèt chatt nan makout pou dédwané dé trèt de la ras tankou Désulmé ak Siméus jis paské yon gen yon ti koulè lokal...
SA NEG SAYO FÈ POU HAITI' POU BIWITT LABOU AK TOUT MILLIONS YO...
POU MWEN YO PA FRENK HAITIEN SÉ SOUSSÈT YO YÉ MWEN PLITO MOUN VINI KI ANDÉ DAN PÈEP LA KAP VIV AVÈL ÉDÉL TANKOU PARADI DES INDIENS....

AL SIMEUS AK LOT LA K.M Blan...

Map répété nou sa Toussaint té di:



" la couleur de ma peau nuit-elle à mon honneur et à ma vaillance "?

oubien

" la couleur de ma peau est-elle une marque d' honneur et de vaillance "?
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Sam 3 Mai 2008 - 11:57

Anvanm kite ayiti se youn sel lekol kite genyen youn labaoratwa ladann sete Lyse petyon ki moun ki te fè lekol la kadol se te brandt.ki les nan mesye je swi Sorbonar yo ki te kite anyen pou ede ti ayisyen?Clmeard Joseph Charles ki mouri youn nan ayisyen ki te pi rich e ki te fome bank komersyal pou ede jenn bisnissman pat frekante gwo iniversite poutan li te anploye Boyer kom gwo zen telektyel ak anpil lot ti ekonomist deyè manman.Taka genyen anpil lot Thomas Desulme toujou si neg ki monopolise ekonomi peyi ya pat kreye gang yo ki pou touye moun ki tounnen nan peyi ya ki ka fè yo konkirans.se sa yo ap anpeche menm ki fè pou ti krik ti krak yo destabilize peyi ya.Men fout jou va vyen.

nanpren moun isit la ki ap jije moun sou koulè ,nou ap pale de zak moun fè.se yè mwen te ekri poukisa se pa Louis dejoie fils ke Preval te nomen kom Premye Minis youn moun ki ap travay pou kwape grangou koloroks la.Mwen rekonet moun tankou mevs se moun ki itil peyi ya.Forbes yo se moun ke mwen respekte.moun nap kritike yo se sangsu yo ke yo nwa ou byen jonn ki ap fè gwo benefis sou kouraj pep la men ki ap voye lajan yo sere nan bank etranje.Volè nwa yo gwo blufè devan leternel ki genyen lajan pep la nan men yo ki sere nan bank swiss.Kouman pou youn peyi devlope si tout benefis ke bisniss fè se nan bank etranje ke lajan yo sere?ake ki pou gouvenman bay servis ki pou edike pep la?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 12:34

Taka genyen anpil lot Thomas Desulme

Tonè Malis sé saMenm wi ki pa bon an KOMKWA MONSTRES SILAYO SÉ YON MODÈL..

KOMKAWA REYISIT MATÉRIÈL INDIVIDUALIS PA NENPOT KI MOYEN SKÉ VAN MANMAN W OU SÈW OU MADANM WOU ...SÉ NOMAL ...


MWEN PA KONEN SI SÉ DIVALIÉ KI TÉ DIL MOUN SAYO PA GEN ANKEN KONSEP KONSIANS DE CLASSE YO TOUJOU AN TRANSITION...SÉ JIS OPOTINITÉ YAP TAN POU RÉJÉTÉ KOTÉ YO SOTI...MENM SI AN PIBLIK YO PO LA KOZ YA GAGANEN..OH..WI..MWEN SÉ PITIT SOYÈT...JESUI JÉTTÉ..JESUI ..RANMASSÉ

PRÉMIÈ BAGAY POU YO FÈ POU MOUNTRÉ ZOT YO RIVÉ SÉ POU YO KOUMANSÉ ÉTALÉ YON SÉRI DE LUXE ROCOCO LAN FIGI MOUN KI PA FÈ SANS NAN YON PÉYI TANKOU HAITI MOUN AP MOURI GRANGOU KLOROX, YO KONPRAN SÉ BON YO BON PASKÉ KÈK BOUJWA BAYO BÈL ALLO AK BONJOU ÉPI SÉ RI YAP RI MALÉRÉ YA NAN DOL JANL RIDIKIL AK PAKÈT LUX KI KOLÉ SOU LI TANKOU YON KOSTIM MAKAK.

SÉ KANSÈ SA_A MENM KA KALÉ BISWITT LABOU AK GRANGOU KLOROX HAITI

PA GEN YON GOUTTE MORALITÉ KI RÉTÉ LAN SA YO RÉLÉ KLASS MOYÈEN AK KLAS PROLÉTÈ HAITI...

SÉ SA KI KALÉ FÉNOMÈEN KIDNAPING LA TOU...

FÈ NENPOT KISA POU RIVÉ

DÉPI WOU GEN BIYÈ VÈT
OUSÉ MOUN TOU..OU SÉBOUJWA TOU
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 12:49

nanpren moun isit la ki ap jije moun sou koulè
- wOUmANTOR mALIs, KONBÉ FWA WOU DI SOU SIT LA WOU PLITO VOTÉ YON INBÉCIL PPOUTÈT KOULÈ.? MEN YON DOUZÈN FWA POU PLI PITI..APRÉ SA WOU FÈ MEA KULPA..KOMKWA SÉ PASA GEN KÈEK EXCEPTION...MENSÉ YON BAGAY TRES PWOFOND LAKAY WOU KI SOTI NAN ÉRRÈ NWARIS YO TOUT MOUN RÉJÉTÉKOULIA OUMENM WOU TOUJOU LADAN EN 2008É


Dernière édition par Doub-Sossis le Sam 3 Mai 2008 - 13:11, édité 1 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Sam 3 Mai 2008 - 12:54

"pa gen yun gout moralite nan sa yo rele klass moyenn ak klass proletè ya"

genyen anpil moralité nan mesye ki ap li nan gwo liv yo ki pa wè Ti Saintanys ki ap fè esklavaj lakay yo. ou byen ka boujwa ki ap peye moun 2 dola pou 10 è travay ou byen gran don ki ap fè peyisan travay kom de mwatye pou youn ti pitans sou tè yo ?ou jwen imoralite nan tout kouch nan sosyete tout kote.ki diferans ki genyen ant youn ti malere ki pa ka jwen travay ki ap vann marijuana poul manje ak youn doktè ki ba moun fo dyagnostik poul fè ou depanse plis lajan ou byen li melanje piki yo ak dlo poul ba moun ki genyen kansè. ou byen ki ap fè medicare peye pou servis ke li pat rann moun?

ou pa ka ekri de mo pou prejidis ou pa gaye devan je tout moun.Ou manti mwen pa janm kondane moun sou koulè yo mwen kondane moun a koulè ki meprise moun lot koulè ke yo rele yo dyol fwa mou, gwo zotey, neg kongo.se moun sa yo ke mwen rele moun po lanvè;se tou tan map rann omaj a youn paket blan tankou jimmy Carter.Ted Turner ,Georges Soros,Bill gates etc ke mwen rekonet kom moun de byen .kanta pou ti blan mannan ki chaje ak prejidis e ki ap eksplwate ouvriye ayisyen yo ,ou met di sa fò mwen pa renmen yo vre.e se pa yo sel non ke mwen pa renmen non ;neg ki soti nan klass mwen yo ki pran ti pwomotyon sosyal apre sa ki ap pran poz ke wa pa kousen yo ,presidan pa bò pè yo;yo se diy eritye rwa de frans yo ke viej pete jem fok genyen youn revolityon kiltirel ki pou fet an ayiti pou reedike neg sa yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 13:15

Alos poki wap défan Désulmé konsa?
ni Siméus, ni Ciné sé yon pakèt ki rivé Ki sayo fèfou la class?
kisa woumem wou fè?

sè nèg men wè ladan yo kap fè yon bagay plizoumwe sé wycleff
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Sam 3 Mai 2008 - 13:21

poukisa poum pa defann Desulme ak Simeus?Menm si yo pat mete travay an ayiti paske peyi ya pat ba yo chans pou yo te rete ladann men yo kreye travay pou ba moun nan jamayik ak o Zeta Zuni. e sim ta konnen yo se eksplwatè ki refize peye moun salè minimum ke gouvenman ameriken ou byen gouvenman jamayiken reklame mwen tap fout kondane yo tou.Mwen pa deja di nou mwen pa adoratè oken delenkan ke li blan je vet ou byen nwa tankou bouda chodyè.Si youn ti milat sou pwel te manke m dega map toujou di sa.sa pa vle di mwen kondane tout milat daye mwen genyen pitit pitit mwen ki milat ak milatres.Se ta youn enbesilite pou m ta kondane tout milat ou blan.Mwen pa renmen tout vagabon nwa ak kravat nan kou yo non plis.

Chak moun ede selon moyen yo.ki jan ou fè konnen ke mwen pa ede.Se pa nan kondityon saa ke peyi ya ye jounen jodya a koz mank patriyotism youn paket delenkan nwa ,milat ,blan mannan ke mwen pral desann vin envesti ti lajan m ke mwen redi fè.Lè hing hang la a fini ,lè na rekonet se pa pouvwa politik selman ke youn moun ka chache pou ede peyi w ;lè saa sim la toujou ma mete men a la pat tou.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Sam 3 Mai 2008 - 13:41, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  charles Sam 3 Mai 2008 - 13:34

Doub,

Mwen te konen Thomas pesonelman. Mwen ka diw ke li te monte 2 isin an 87. Se Bernard ki te nan K.E.P. ki tap dirije yo. Isin yo te femen pandan anbago.

charles
Senior

Masculin
Nombre de messages : 55
Age : 66
Localisation : USA
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 15:10

Mèsipou infomationa n charles paské mwen sonjé tout pmomès éléktoral missié désilmé tap fè épok sila yo sé bagay mwen té pwèt pou al voté pou li lè sa.

sé tavay icitte travay agoch...li tounen nèet sé pa pou éléktio sèlman...

Charles éské ouka banou yon ti diplid ki kaltéizinn eske sé izinn plastik toujou? poukisa yo fèermen?
Ki relation bernard ak missié désilmé?
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 15:15

aske peyi ya pat ba yo chans

-NONNON Malis sa-a mwen pap pran li
Sé TWOPP chansnèegsa yo jwenn lanpéyidayiti ki fè yo rivé koté yo rivé...Mwen DI SÉ VOLO YO VOLO CHANS PA 8 million lot ki pa jwenn CHAANS SA

- SÉ POU YO RÉMÈT CHANS SA BAY ZOT PASKÉ YAP RÉTÉ DWÉ PÉYI A TOUJOU NI OUMENM TOU ESKÉ WOU JANM KALKILÉ NI LÉTA KI PÉYÉ LÉKOL PIBLIK POUWOU NI LAMÉ KI VOYÉW BAW CHANS APRAN COMINIKATION NAN PÉYI BLAN WOU LAGÉL PI DEVAN. KOMBÉ KOB WOU DWÉ PÉYI DAYITI...

SÉ PA $50 ak 100 voyé ba ti niès ti névé yon lè konsa
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  charles Sam 3 Mai 2008 - 16:00

Doub,

Izin sa yo sete izin kote yo te fe rad. Sim pa trompem yo te nan zon Fabnac. Pwoblem de mash, "rashe manyoc", kraze vit mashin etc nan peyia epok saa te empeshe Thomas fe plis. Li te kon di ke li pa kompran ke moun ki pi bezwen travay nan peyia se li menm kap dekourage moun investi avek ambians dezod e anashi.

Mwen te respekte msie anpil pase an desam 87 lame te essaye convink li pou li aksepte prezidan nan eleksyon janvier 88. Li te refize. Li te di ke si poul te prezidan se nan bon eleksyon poul te genyen.

charles
Senior

Masculin
Nombre de messages : 55
Age : 66
Localisation : USA
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 16:04

ok charly.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Sam 3 Mai 2008 - 16:07

Bon ki jan Desulme pat servi peyi ya?Men Charles sot di w ki sa li te fè.Simeus li menm te kite peyi ya depi li te finn fè klass sekondè li papal ak manman l te peye taks pou leta te mete lekol nan peyi ya pou li te ka jwen ti bout edikatyon ke li te pran an.kom ayisyen dorijinn nou tout dwe peyi dayiti mwen toujou di sa.ke sim pale nan politik ayisyen toujou malgre deseptyon ke mwen pran nan men politisyen bo palè se paske mwen konnen mwen dwe pep ayisyen youn det de rekonesans.

kanta pou zafè bous detid ke mwen te jwen nan lame mwen peye lajan ke yo te depanse pou mwen yan dix fwa.dayè se pa leta ayisyen ki te banm bous detid se te ed militè ke Eta Zuni ta bay ayiti ki fè mwen te benefisye bous la.ayiti te konn peyem youn ti chocho ke mwen te kite an ayiti se lame ameriken ki te banm manje , se pa youn ti moso pen ak kafe non ak mayi moulen ak pwa non ;banm iniform ,banm youn chanb poum domi; pran swen mwen lè mwen te malad. peye m chak mwa menm jan tankou youn solda ameriken. mennem al visite mezon blanch, menen m nan stad al fè konesans ak gwo jwe bisbol ki parafe youn boul bisbol pou mwen.lè map tounnen voye m al fè touris Puerto Rico nan Fort Buchanan pandan preske 2 semen anvan mwen pran avyon Pan Am retounnen an ayiti.Mwen rete preske 2 zan apre sa map travay preske 12 è pa jou nan lame jis ke mwen pat ka kenbe ankò pou plisyè rezon. mwen bay demisyon mwen .se pa deserte mwen te deserte lame non mwen pat pran anbasad ;se moun kite pase tan nan akdemi militè ki te pran anbasad yo ke w ka di ki deserter e menm sa tou ou pa ka di yo se deserter lè ti Doktè ya tap fizye yo tankou poul,byen ke genyen anpil nan yo kite merite sa yo te pran an;se nan peyi ya mwen te rete pandan preske 6 zan apre.se travay mwen tap travay di nan monte morn san manje poum al bay moun grenn kont malarya pou youn ti chocho.Mwen kite lekol a 17 an mwen kite peyi ya a 29 an.Ou wè ke mwen peye sa ke peyi ya te ban mwen.E jiska presan peyi dayiti ap benefisye de ti bout edikatyon ke yo te ban mwen.

genyen youn neg vre ou ka di ki pat remet peyi ya sa li te fè pou li .li te jwen youn bous tou epi li tou kraze rak ak youn pwel swa li ale nan youn lot peyi poul pat retounnen an ayiti..mwen pap lomen non li(lol) si lap li sam ekri ya la konnen se de li menm map pale.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Sam 3 Mai 2008 - 16:42, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Sasaye Sam 3 Mai 2008 - 16:34

Mennouwè jis ki koté zafè libèté dé la presse la sé yon ITOPIE ..

Dépi gen tinèg kap voyé Mové son lanJazz la fok tinèg jwenn yon Moyen Kelkonk pou fèl Pé:


Doub,
Yon deba ki gen 11 paj, ak voye monte pwent ak tripotaj two long pou kenbe entere patisipan epi lektè sit lan.

Tout pawol two long vin fatigan epi lè tout moun fin bay opinyon yo, kisa ou vle anko?

Ou paka di ke libète de la près pa respekte paske oumenm ak tout lot patisipan yo di sa nou vle san oken moun pa sansire nou.
Sel bagay ki toujou valid se respè pou nèg kap pale avè w la.

Donk, Doub, se pou w konprann ke nou gen règleman administratif ki pa gen rapo ak politik.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Sam 3 Mai 2008 - 19:14

oK- PAP
Mayèt woulan men w
Fè sa w pito avèl

Sépa mwen kité parèt ak posla
Sil kinbé la UNE sou sit la
Généré débat passionèl
sé paské li manyen yon kod sansib
pèp la an general ki bouké
Li prè a tou alos pa pran poul malad la bien
poun vin fè diagnostik têt chatte
lagé péyim nan nan tchouboumm pi fond.

Malé PAP-la
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Ven 2 Jan 2009 - 12:19

Jan kèk patisipan ap pale, yo sòti pou louvri yon lòt sijè sou zafè GNBism lan. Yo bezwen fè li tounen yon pati politik, pandan ke yo konnen byen pwòp ke se yon mouvman popilè. Fòk mwen raple yo kijan GNBism te pran nesans, e fòk mwen raple yo tou ke se pa mouvman sa a ki te kòmanse kriz lane 2000 yo. Mouvman sa a, se yon reyaksyon ki vinn apre yon aksyon komèt pa yon seri de politisyen san vègònn ki konprann ke yo ka kraponnen tout moun.

Mwen ap repete tèt mwen

Mwen wè ti nèg ap pale de lojik, ki lojik posib wou ka bay pou Lavalas, apre desas, vol, represyon, koripsyon ke mesye sa yo sèvi kòm baton Moyiz ? Lavalas pa kite oken baz solid pou yon moun defann li...Se nou menm ki pèdi lisidite nou nan eseye defann lendefandab. Se nou menm ki soufri konplèks ki konprann ke nou enferyè pa rapò ak yon seri lòt moun.

Alò paske yon moun sòti nan klas defavorize a, fòk mwen mache dèyè l tankou bigay k'ap swiv zye timoun ki genyen azoumounou ?

...Alò fòk se FAd'H, Makout, Duvalier, Chamblain, Avril, Latortue pou nou denonse sèlman ? ...alò se Michel Francois ke yo te sispèk ki nan dwòg sèlman ?

Alò se Duvalier ki te konn asasinen opozan politik li ? ...Se FRAPH ki te konn touye moun Site Solèy sèlman ? ...ki te konn mete dife nan tout yon katye sèlman ?

Si se denonse lavalas tou pou :

_ piyay ke yo fè lan kès leta, vòlè anpil milyon san konte lajan dwòg.

_ pèp Site Solèy ak lòt zònn defavorize ke yo pa bati menm yon latrinn piblik, ale vwa yon Lekòl teknik. Antrene anpil jèn pitit Sòyèt, ki te ka itil peyi a demen, nan move zak, paske nou pwomèt yo chèk zonbi nan biwo leta.

_ 10 zan yo sòti fè ap trenen Ayiti pi ba toujou.

_ Eddy Lindor, Jacquelin, David ...yo tout se manb Fanmi Fanmi Lavalas ki te konn ap bwè san pèp-la...

[b]Si se denonsyasyon sa yo ak lòt ankò ke mwen pa site, avèk si se ranvesman yon Diktatè sanginè, ki pran pouvwa an gwo ponyèt, k'ap vòlè, k'ap vann dwòg, k'ap bafwe tout zye pete klere ak demagoji, ki soufri megalomani, k'ap masakre pèp-la. KI Fè KE YON MOUN GNBis, EBYEN MWEN GNBis JISKA LAMò E MWEN FYè DE SA
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Marc-Henry Lun 12 Jan 2009 - 12:26

Le forum le plus lu de l'année 2008.

Bravo Thunder.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 14 Jan 2009 - 12:05

Mèsi Marc Henry, se yon topic ki te fè anpil tape, leve plim sou do anpil moun, E fè konprann nesesite pou pwoteje Ayiti kont tout kalite kriminèl ak inifom militè, makout oubyen soutane.


M paka dako pou moun ap rele chal bare dèyè yon seri de sanzave, epi menm moun sa yo vle pou yon lot seri vagabon san konsyans ap fè lalwa avi nan peyi a.

Nou ap goumen pou chanje sitiyasyon peyi Dayiti, nou pap goumen pou chanje bouro l yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Sam 17 Jan 2009 - 11:16

Mesye GNBis jiska lamò yo,nou rekonèt nou ou pa lan atik sa asou blog ELSIE HAAS lan.

Atik sa a mete pou nou wi:

http://elsie-news.over-blog.com/pages/Operation_grennnanbounda_ou_instrumentalisation_de_la_peur_en_Haiti-436685.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  piporiko Sam 17 Jan 2009 - 14:36

APRE SAM FINN LI LA A.OU KWE GEN SANKOUTYA KAP REKLAME YO DE GRENN NAN BOUDA?

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 7 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 7 sur 8 Précédent  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum