Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-40%
Le deal à ne pas rater :
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 pièces (induction, ...
59.99 € 99.99 €
Voir le deal

GNBis jiska lanmò...

+8
Rodlam Sans Malice
Marc-Henry
Doub-Sossis
jafrikayiti
piporiko
charles
Joel
Thunder
12 participants

Page 6 sur 8 Précédent  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Ven 11 Avr 2008 - 16:10

Rappel du premier message :

Mwen wè ti nèg ap pale de lojik, ki lojik posib wou ka bay pou Lavalas, apre desas, vol, represyon, koripsyon ke mesye sa yo sèvi kòm baton Moyiz ? Lavalas pa kite oken baz solid pou yon moun defann li...Se nou menm ki pèdi lisidite nou nan eseye defann lendefandab. Se nou menm ki soufri konplèks ki konprann ke nou enferyè pa rapò ak yon seri lòt moun.

Alò paske yon moun sòti nan klas defavorize a, fòk mwen mache dèyè l tankou bigay k'ap swiv zye timoun ki genyen azoumounou ?

...Alò fòk se FAd'H, Makout, Duvalier, Chamblain, Avril, Latortue pou nou denonse sèlman ? ...alò se Michel Francois ke yo te sispèk ki nan dwòg sèlman ?

Alò se Duvalier ki te konn asasinen opozan politik li ? ...Se FRAPH ki te konn touye moun Site Solèy sèlman ? ...ki te konn mete dife nan tout yon katye sèlman ?

Si se denonse lavalas tou pou :

_ piyay ke yo fè lan kès leta, vòlè anpil milyon san konte lajan dwòg.

_ pèp Site Solèy ak lòt zònn defavorize ke yo pa bati menm yon latrinn piblik, ale vwa yon Lekòl teknik. Antrene anpil jèn pitit Sòyèt, ki te ka itil peyi a demen, nan move zak, paske nou pwomèt yo chèk zonbi nan biwo leta.

_ 10 zan yo sòti fè ap trenen Ayiti pi ba toujou.

_ Eddy Lindor, Jacquelin, David ...yo tout se manb Fanmi Fanmi Lavalas ki te konn ap bwè san pèp-la...

[/size][b]Si se denonsyasyon sa yo ak lòt ankò ke mwen pa site, avèk si se ranvesman yon Diktatè sanginè, ki pran pouvwa an gwo ponyèt, k'ap vòlè, k'ap vann dwòg, k'ap bafwe tout zye pete klere ak demagoji, ki soufri megalomani, k'ap masakre pèp-la. KI Fè KE YON MOUN GNBis, EBYEN MWEN GNBis JISKA LAMò E MWEN FYè DE SA[size=12]
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas


GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Jeu 24 Avr 2008 - 20:52

Thunder a écrit:Wi ! m pat ba yo tan pou fè anyen pou peyi a, men m te bay tout bawon lavalas tan pou siyen milyonè. Anbago sa mwen te mete a, se sèl lè pou regle koze pèp-la ke li te anvigè ? ...lè se pou peye milyon pou sekirite, milyon pou lòby, milyon pou chato tou nèf, milyon pou peye chimè, milyon pou separe bay zanmi ak fanmi... toujou genyen lajan.

Nou pa santi ke vye eskiz sa yo pou kache safte, kretinism ak movèz fwa nou pa kanpe sou anyen.

Moun pa dakò ak Bush, men li menm tou li rete nan limit li, lejou Bush ta debòde gade pou w wè si li ap rete sou pouvwa a.

- baallli Bulova Thunder.....
- bèbè yo mwen pa tandé nou?


Dernière édition par Doub-Sossis le Ven 25 Avr 2008 - 7:18, édité 1 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Jeu 24 Avr 2008 - 23:17

TOC TOC TOC

DIFÉ LAN KAY LA
TOUT NÈG MAWON????

Typical no?

Wouyyyyyyyy!!!!!!! Question Question Idea Idea Arrow Arrow Arrow Arrow
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  piporiko Ven 25 Avr 2008 - 9:20

NOU FINN ENTATAD.....

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Ven 25 Avr 2008 - 10:42

banm foure mo pam tou.Byen ke mwen pa dako ak tou 2 kou deta ,byen ke mwen rekonet ke lavalas pat ka geri kansè ya nan 10 zan ke li pase o pouvwa mwen rekonet tou si yo te genyen GNB se sel mouvman ki te ka fè refòm ki merite fet yo.Se nan roule m de bò ,pè pran mezi ki merite pran yo pou satisfè youn paket organisation ki pa beswen wè devlopman ti peyi yo vre pou se gwo zotobre ki toujou genyen pi gwo standa de vi.pou se yo ki toujou manjeur ki fè jodya maladi ya pi grav.

men tou mwen pa renmen tande se moun ki te pase 30 lane o pouvwa san yo pat fè anyen ki bon ki se sou yo peyi ya komanse desann nan trou ki jodya ap vinn kondane lavalasyen.O mwen lavasyen yo bati plis lekol ke yo.lavasyen goumen pou ogmante salè minimum, lavasyen pemet tout moun genyen dwa dyol yo.pa genyen Fort Dimanch ankò.Lavasyen pa vann ayisyen pou yo al fè esklavaj an dominikani.O mwen lèdè lavalasyen yo pase men nan tet moun ki ap manje biswit labou yo.yo genyen konpasyon pou yo.pa genyen youn kò represif ankò ki pou touye 10000 ayisyen ki ap manifeste pou yo jwen yo moso pen.Sa nou pa fouti di se manti si se lè FADH la te la jodya se pa milye ou ta tande pitit pep la mouri nan manifestatyon ki sot fet la si se pa menot yo te rantre mete nan men Preval.

Kom mwen toujou di se pa paske genyen move gid ki fè poum abandone mouvman popilè ya non .se poum bat pou nou pa pran nan blufè ankò.nan bo palè, nou beswen youn lidè tankou Francois Duvalier men ki youn pwogresis.Paske mwen fini pa reyalise se youn moun konsa selman ki pou fè retire kò w pou mwen fè youn kout volè ya fini.Se sak fè mwen di se pou nou rebati tonel MOP la mouvman ouvriye peyisan ak bon jan lidè pa lèdè non.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 26 Avr 2008 - 12:04

Doub-Sossis a écrit:
Thunder a écrit:Wi ! m pat ba yo tan pou fè anyen pou peyi a, men m te bay tout bawon lavalas tan pou siyen milyonè. Anbago sa mwen te mete a, se sèl lè pou regle koze pèp-la ke li te anvigè ? ...lè se pou peye milyon pou sekirite, milyon pou lòby, milyon pou chato tou nèf, milyon pou peye chimè, milyon pou separe bay zanmi ak fanmi... toujou genyen lajan.

Nou pa santi ke vye eskiz sa yo pou kache safte, kretinism ak movèz fwa nou pa kanpe sou anyen.

Moun pa dakò ak Bush, men li menm tou li rete nan limit li, lejou Bush ta debòde gade pou w wè si li ap rete sou pouvwa a.

- baallli Bulova Thunder.....
- bèbè yo mwen pa tandé nou?

Mwen refize pou moun ban m zannana pou Zizann. M pat ka te Ayiti, pou m wè tout zak ak koutay Lavalas konsa, epi pou m ta kite yon moun ap ban m zagribay kenbe.

Se lòt koze y a pale, bouyon ke tout sektè koupab eksepte Fanmi Lavalas la, p ap desann nan gòj mwen vre.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Sam 26 Avr 2008 - 13:32

Rodlam Sans Malice a écrit:banm foure mo pam tou.Byen ke mwen pa dako ak tou 2 kou deta ,byen ke mwen rekonet ke lavalas pat ka geri kansè ya nan 10 zan ke li pase o pouvwa mwen rekonet tou si yo te genyen GNB se sel mouvman ki te ka fè refòm ki merite fet yo.Se nan roule m de bò ,pè pran mezi ki merite pran yo pou satisfè youn paket organisation ki pa beswen wè devlopman ti peyi yo vre pou se gwo zotobre ki toujou genyen pi gwo standa de vi.pou se yo ki toujou manjeur ki fè jodya maladi ya pi grav.

men tou mwen pa renmen tande se moun ki te pase 30 lane o pouvwa san yo pat fè anyen ki bon ki se sou yo peyi ya komanse desann nan trou ki jodya ap vinn kondane lavalasyen.O mwen lavasyen yo bati plis lekol ke yo.lavasyen goumen pou ogmante salè minimum, lavasyen pemet tout moun genyen dwa dyol yo.pa genyen Fort Dimanch ankò.Lavasyen pa vann ayisyen pou yo al fè esklavaj an dominikani.O mwen lèdè lavalasyen yo pase men nan tet moun ki ap manje biswit labou yo.yo genyen konpasyon pou yo.pa genyen youn kò represif ankò ki pou touye 10000 ayisyen ki ap manifeste pou yo jwen yo moso pen.Sa nou pa fouti di se manti si se lè FADH la te la jodya se pa milye ou ta tande pitit pep la mouri nan manifestatyon ki sot fet la si se pa menot yo te rantre mete nan men Preval.

Kom mwen toujou di se pa paske genyen move gid ki fè poum abandone mouvman popilè ya non .se poum bat pou nou pa pran nan blufè ankò.nan bo palè, nou beswen youn lidè tankou Francois Duvalier men ki youn pwogresis.Paske mwen fini pa reyalise se youn moun konsa selman ki pou fè retire kò w pou mwen fè youn kout volè ya fini.Se sak fè mwen di se pou nou rebati tonel MOP la mouvman ouvriye peyisan ak bon jan lidè pa lèdè non.

Sans Malice,

Se la a wi, ke wou pran nan toubiyon pwopagann mal estriktire Lavalas la. Alò wou panse ke se pè yo te pè pran desizyon ? ...oubyen se paske se kimeleboudism ke malpouwont te toujou konn pratike ? Sans Malice, fè tèt wou travay tande, wou twò nayif tande.

Adye wo! ...Tande Sans Malice ! Lavalasyen genyen plis konpasyon. Wou gen lè pa ka fè diferans ant konpasyon ak pase nan betiz ?

Sans Malice, se kò enjenyè US ARMY ki te bati lekòl sa yo tande. Lò Lavalas di y 'ap debloke Lajan pou founiti klasik, yo vòlò lajan an ankò. Jiska Prezan Lavalas deklare ke te genyen kantin eskolè ak popilè nan Site Solèy ? Men youn paka di ki kote yo sitiye. Sou paye yo di ke yo bay 100.000 timoun manje chak jou. kòb debloke vre, men li separe ant gran manjè e chimè yo.

Lavalasyen goumen pou ogmante salè minimòm ? ...Kisa ki salè minimòm ? ...eske se ki kantite zòrèy bourik ki nan men moun sa a ? ...oubyen eske se pouvwa dacha moun sa a ? Moun ki te konn touche 15 goud/jou anvan Lavalas yo, te konn pi byen manje, voye pitit yo lekòl pli alèz ke sa ki te konn ap touche 36 goud/jou sou lavalas yo. Se pase men nan tèt ki konpasyon an ? oubyen se sispann vòlè m ? ...Talè w a di m ke wou pap genyen pwoblèm pou yon mou vòlè tout sa wou posede depi li bafwe w ak yon ti karès nan tèt.

Se pèp Ayisyen an ak san yo, se pa Lavalasyen ki pèmèt mwen genyen dwa djòl mwen, sa se yon ensilt pou tout moun nan peyi a. Eseye di Fanmi Mireille Durocher sa, eseye di Fanmi Max Mayard, eseye di Jacques Fleurival, Antoine Leroy, Antoine Gracia Henrys, Brignol Lindor, Jean Dominique, Maxime Dezelmour ak tan lòt ankò... ke pap genyen plas ase pou m ta site non yo tout.

Lavalasyen pa vann Ayisyen kòm esklav ? ...Alò lè Aristide ale nan plèn Marie Bahoux nan Nòdès peyi a, ki se youn nan plènn ki te pli kiltivab ak yon tè arab ki pa kanmarad menm Latibonit, li siyen kontra pou yo pase ranblè ak bouldozè sou jaden peyizan yo, pou fim dominiken bati zòn franch. Lò peyizan leve pou fè manifestasyon, Lavalas voye CIMO al kraze zo yo. Sa li ye, ti nèg te gen tan fè koutay. Si sa a se pa yo tranzaksyon vann moun di mwen kisa li ye ?

Pa genyen kò represif ? ...Kisa ki LAME WOUJ ? LAME KANIBAL ? BAZ DòMI NAN BWA ? K.O.M.I.K.S ? BAZ KAMEWOUN ? BAZ HOLLYWOOD ? BAZ SEN MATEN ? e latriye... Di m kisa ki t ap fè represyon sovaj sou rejim Lavalas la ? ...Sans Maliiiiiiiiiice !

Lè Duvalier t ap ale te genyen manifestasyon, mwen pat wè milye ke FADH ou menm makout yo te touye, e menm si yo ta touye vre. Yo pa la, mwen wè moun pa janm sispann mouri nan manifestasyon. Sa vle di ke monopòl koule san an pa nan men yo.

Sans Malice si pou w nan mouvman popilè a, fòk wou pa defann gwoup gangstè Fanmi Lavalas la ki se bouwo pèp Ayisyen an.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mar 29 Avr 2008 - 10:39

Mwen kwè ke diskisyon sa a fèmen atò, Sans Malice ap pale sa li konnen kounyea. Se pou li chache konnen kisa ki Fanmi Lavalas anvan ke li fè somyè pou yo. Se pou l pale de 1946 a 1960 (lol), men 1990 pou 2004 la kite moun ki te nan peyi a, e ki t ap swiv bagay yo deprè pale.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Mar 29 Avr 2008 - 11:34

Thunder,

Pa gen moun ki vle fèmen bouch ou,menm si ou konnen sa w ap di yo se pa vre.
Se Lavalas ki te bati lekòl yo ,se pa t U.S army;U.S. Army te REPARE lekòl ki te kraze,yo pa t bati.
Kontinye konpare gouvènman lavalas yo ak Divalye yo.
Adye!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 29 Avr 2008 - 11:36

Mwen deja di se pa lavalass map defann se mouvman popilè ya ke mwen rekonet ki te enfiltre pa kek delenkan.Si w vle kwè se jean bertrand Aristide ke map defann se bagay ki gade w ,men si w te li kritik mwen te fè kont Aristide nan :"C'est fini le temps des illusions"wa rekonet ke mwen pa nayif jan w konprann lan.Menm jan ou di nanpren moun ki ap ba w zannana pou suzann lan mwen tou napren moun ki ap banm oken ti zann poum bliye sa ki te pase ant 1957 e 1986.

mwen byen di se pa ogmantè salè minimum lan selman ki ka resoud povrete e ,grangou kloroks la,wi se vre petet nan ane diktati ya moun kite ap touche 15 goud yo te ka achte plis a kob saa ke sa 15 goud la ka achte koulyè ya ,men eske ou pran an konsideratyon kantite moun ki ap chache achte mwens kantite manje koulyè ya a 15 goud lan.Pwoblem lan jounen jodya se neglijans depi lontan ke nap peye koulyè ya.

Wi mwen te kondane ak anpil kolè zafè pran tè fertil peyisan pou kreye zonn franch kote moun ap touche 2 dola pa jou.ou genyen rezon sa se youn zak malonet.men kom mwen di deja si malandren pat fè Aristide rantre nan konpwomi ak gwo pwisans poul te deloge gangstè ki te fè dappiyan sou pouvwa konstituyonel ke pep la te ba li ya petet ,mwen di petet paske an ayiti lè marengwen ap vole ou pa konn sa ki mal sa ki femel petet li pa ta blije vinn esklav yo.Mwen pa fanatik lavalas tankou ou di ya. mwen fanatik pep ayisyen ke mwen dwe youn det de rekonesans.se pou sa mwen pap janm adoratè oken delenkan .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 30 Avr 2008 - 10:54

Joel,

Mwen te la lò pa ekzanp lise Site Solèy la t ap bati. Se nonm zye vèt mwen te wè sou materyèl lou, ki te enjenyè ak plan nan men yo.

Se pa nan sa sèlman ke Lavalas pran zèv entènasyonal pase anba zèl yo. Gade pwogram Inyon Ewopeyèn nan, atravè frè Salezyen yo, ki genyen plizyè dizènn milye Timoun pou bay manje 2 fwa pa jou, Lavalas reklame l

Gade Plan Entènasyonal la, ki genyen yon ti sistèm "welfare" kote plizyè milye fanmi vini chak mwa pou pran yon ti tchotcho avèk yon ti sachè manje kri. Lavalas reklame l.

Wout Ayopò a, Taiwan oblije vini ak mendèv e materyèl pa l pou refè wout lan, paske li pa vle sa k te rive wout Kafou ak 20 milyon dola vèt la rive ankò. Lavalas reklame l...

Sa yo paka reklame yo, yo kraze yo, dechouke yo. Mande moun Site Solèy kisa ki te pase Sant Sante Solèy 2 a ? ...mande nan kisa ke Lopital St. Katrinn te pran ? ...Mande sa ki te pase Pè Joseph, Pè Lanno e menm defen Pè Yves Volèl ?

...Kache dèyè yon òdinatè epi defann yon bann sanzave, vòlò, machann dwòg, asasen k ap koupe rache nan non "demokrasi" pandan yon peyi ap finn mouri. Rete la ap blame Duvalyeris pou kimeleboudism, kretinism ak Titalbè Lavalas. Se toujou "se pa nou se yo", ala de traka pou bale kay tè...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mer 30 Avr 2008 - 11:09

Lavalas a-t-il crée la corruption en Haiti?

Est-ce le régime Lavalas qui oblige un policier à empocher de l'argent au lieu de donner un ticket de contravention?

Aujourd'hui, le lavalas n'est plus au pouvoir, pourquoi des juges exigent de fortes sommes d'argent pour faire un constat contrairement aux prescrits de la loi?

Les barons lavalas ont joui du climat de corruption qui règne en Haiti mais ils ne l'ont pas crée.

Thunder, soyez justes dans vos jugements.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 30 Avr 2008 - 11:16

Mwen pa di pou w bliye sa k te pase sou tan w, men li pa fè sans pou moun ap blame Duvalyeris toujou pou echèk malpouwont yo. Sitou lè eskanp figi peyi a te pi reprezantab nan men Duvalyeris yo. Wi ! peyi a te genyen mwens moun, men se pa yo pou nou blame si lòt sektè pa pran desizyon pou yo te pran.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 30 Avr 2008 - 11:23

colocolo a écrit:Lavalas a-t-il crée la corruption en Haiti?

Est-ce le régime Lavalas qui oblige un policier à empocher de l'argent au lieu de donner un ticket de contravention?

Aujourd'hui, le lavalas n'est plus au pouvoir, pourquoi des juges exigent de fortes sommes d'argent pour faire un constat contrairement aux prescrits de la loi?

Les barons lavalas ont joui du climat de corruption qui règne en Haiti mais ils ne l'ont pas crée.

Thunder, soyez justes dans vos jugements.

Petèt mwen gen dwa fè yon erè pandan m ap tape, men si wou wè yon kote mwen ekri ke se Lavalas ki kreye koripsyon nan peyi a, mete l la pou mwen souple. m a korije l.

M ap pran responsabilite pou m di ke yo se youn nan rejim ki pi pouri, kowonpi jis nan mwèl, ke peyi a pa janm konnen. Ki bat preske tout rekò nan vòlò plis lajan nan mwens tan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Sasaye Mer 30 Avr 2008 - 11:32

Mesye,
Paj saa long anpil.
Mwen kwè se paj ki pi long mwen wè sou sit la, si m pa twonpe m.

Kounyea a tout moun ki te gen yon bagay pou defann lan GNB oubyen LAVALAS,
yo tout te gen yon chans pou vini ak agiman payo.

Mwen twouve ke lan bagay saa moun komanse pral repete menm agiman yo,
se sak fè ma p mande pou nou fini avèk diskisyon saa,
paske se ideyoloji lap defann e kounyea
nou konnen kimoun ki gen tandans LAVALAS e kimoun ki gen tandans GNB.

Pandan tan saa, nou pap reflechi sou kijan pou Ayiti sòti lan twou a.

Ayiti malad, li lan movèzeta, li pwèt pou l disparèt.
Ayisyen gaye, yo tankou jwiferan, yo lan esklavaj kay moun.

Nou paka pase tout tan ap chèche kilès ki lakòz malsite a san nou pa diskite kijan nou pral repare dezas lan.

Kelkeswa moun ki responsab yo, Divalyeris, Gnbis ou Lavalasyen, mal la finn fèt e li bezwen remèd.

Si PIB Ayiti degringole depi 20 an, se travay pou nou travay pou chanje l, nou paka pran plezi ap konpare l ak lòt peyi.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mer 30 Avr 2008 - 11:39

Thunder a écrit:

Petèt mwen gen dwa fè yon erè pandan m ap tape, men si wou wè yon kote mwen ekri ke se Lavalas ki kreye koripsyon nan peyi a, mete l la pou mwen souple. m a korije l.

M ap pran responsabilite pou m di ke yo se youn nan rejim ki pi pouri, kowonpi jis nan mwèl, ke peyi a pa janm konnen. Ki bat preske tout rekò nan vòlò plis lajan nan mwens tan.


C'est ce que j'essaie de vous faire comprendre. Ce ne sont pas les barons lavalas qu'il faut blamer mais des institutions fortes qu'il faut installer dans le pays afin de controler la corruption.

Soyons honnetes entre nous. 95 % des hommes ne résisteront pas à la tentation de la corruption s'ils sont surs qu'ils ne seront pas attrapés. Regardez aux Etats-Unis ou Canada, pourquoi tous les gens, en contact avec l'argent (que ce soit un magasin ou un bureau d'Etat) ont un caméra sur leur tete? Ce n'est pas une marque de confiance mais plutot de controle. Etant surs qu'ils seront attrapés, ces employés ne vont pas essayer de voler.

Rendez-moi fou ou sage si les conditions restent les memes en Haiti, tous les futurs régimes excelleront dans la corruption. Le combat doit se faire dans le renforcement de nos institutions de controle et non dans le GNbisme qui consiste à renverser des régimes démocratiques en permanence.

Il faut préserver la démocratie et déraciner la corruption.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Mer 30 Avr 2008 - 11:47

Thunder a écrit:Joel,

Mwen te la lò pa ekzanp lise Site Solèy la t ap bati. Se nonm zye vèt mwen te wè sou materyèl lou, ki te enjenyè ak plan nan men yo.

Se pa nan sa sèlman ke Lavalas pran zèv entènasyonal pase anba zèl yo. Gade pwogram Inyon Ewopeyèn nan, atravè frè Salezyen yo, ki genyen plizyè dizènn milye Timoun pou bay manje 2 fwa pa jou, Lavalas reklame l

Gade Plan Entènasyonal la, ki genyen yon ti sistèm "welfare" kote plizyè milye fanmi vini chak mwa pou pran yon ti tchotcho avèk yon ti sachè manje kri. Lavalas reklame l.

Wout Ayopò a, Taiwan oblije vini ak mendèv e materyèl pa l pou refè wout lan, paske li pa vle sa k te rive wout Kafou ak 20 milyon dola vèt la rive ankò. Lavalas reklame l...

Sa yo paka reklame yo, yo kraze yo, dechouke yo. Mande moun Site Solèy kisa ki te pase Sant Sante Solèy 2 a ? ...mande nan kisa ke Lopital St. Katrinn te pran ? ...Mande sa ki te pase Pè Joseph, Pè Lanno e menm defen Pè Yves Volèl ?

...Kache dèyè yon òdinatè epi defann yon bann sanzave, vòlò, machann dwòg, asasen k ap koupe rache nan non "demokrasi" pandan yon peyi ap finn mouri. Rete la ap blame Duvalyeris pou kimeleboudism, kretinism ak Titalbè Lavalas. Se toujou "se pa nou se yo", ala de traka pou bale kay tè...

Ou mèt sote,ponpe,sa w ap di an se pa vre.
Sa pa vre ,tankou lè sanzave yo t al kraze antèn Boutilye yo,nou te di se Lavalas ki te fè l.

Sa pa vre ,tankou sanzave atake Kazèn Petyonvil ak Frè touye polisye epi nou di se pa vre ,se montaj.

Sepa vre ,apre sanzave antre nan Palè Nasyonal al mitraye epi nou di se yon lòt montaj ,paske Lavalas te vle atake lokal pati politik.
Epi nou di ke mesye yo te griye yon ti bebe ,se pa vre tou.
E mwen ta gen dwa kontinye.
Pwoblèm nou,se ke pèp lan konnen se manti n ap bay,e yo fenk koumanse eli Lavalas.

Se tankou MYRIAM DESULME ,pitit fi THOMAS DESULME ,te di lan yon atik sou JAMAICA GLEANER;koudeta 2004 lan nou fè l,paske nou konnen nou pa ta ka janm ka genyen eleksyon ,nou konnen depi eleksyon yo lib,nou chire.

Pi gwo pwoblèm nou genyen tou ,se ke ak tout gouvènman popilis ki ap pran pouvwa lan Amerik Latin yo;nou koumanse izole.N ap blije wete kò nou nan politik ,paske sa ap tounen se ra se ta pou nou eli,.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 30 Avr 2008 - 11:49

Mwen te di sa deja, men mwen ap repete l ankò : Si enstitisyon ki nan peyi a fè travay yo kòmsadwa, senp sitwayen pap bezwen fè travay yo ak men pa yo. Donk pap genyen GNBism.

E menm enstitisyon sa yo tou, se pa nan tete lang ke yo pral : " préserver la démocratie et déraciner la corruption "
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Thunder Mer 30 Avr 2008 - 12:15

Poze w Joel,

Tout moun konnen ke Zafè Petyonvil la se vòlè ki t ap vòlè vòlè. Nou vòlè zafè Kolonbyen yo, yo tounen vin pran l nan men nou. Zafè palè Nasyonal la se yon montaj tèt kale.

Epoutan, eleksyon sòt fèt la, mwen pa tande pati politik ki genyen 95% lachanm tankou nan sa 2000 yo.

Bon ! pouki Joel pa kite peyi kapitalis tankou USA epi li al rete nan peyi ki genyen rejim kominis ? Nou jwenn rezilta anako-popilo-tipepo-demagòg la an Ayiti deja, ...alò wou ta renmen ke nou rete bloke sou bak toujou ? Ala wou menm sa papa.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Mer 30 Avr 2008 - 12:21

Thunder,

Regardez ce qui se passe actuellement en Haiti. Chaque parlementaire a plus d'une douzaine d'employés à son service sans compter les pots de vin recus pour avoir une position lors des séances.

Si vous allez dans le système judiciaire, vous allez retrouver le meme cas de figure. Des juges qui exigeaient de fortes sommes d'argent pour faire des constats lors des dernières scènes de pillage...

A l'hopital général, les employés sont en grève et la corruption est l'un des grandes causes de ce mouvement.

Si vous allez dans le ministère d'agriculture, vous allez constater l'enrichissement illicite d'un secteur dans la distribution de l'engrais, les pesticides, plantules...

...

Le GNBisme ne pourra pas changer tout cela. Il faut avoir une stabilité et graduellement déchouker la corruption au sein de nos entreprises. Pour combattre la corruption, il faut établir une grille comme celle-la:

  1. motivation
  2. encouragement
  3. pressions
  4. sanctions
Au fur à mesure, le système changerait de ton envers un employé qui refuse de s'aligner. Cette lutte contre la coruption sera très longue. Il est déjà tard et nous devrons commencer si nous aspirons vraiment aux changements.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Mer 30 Avr 2008 - 18:47

Thunder a écrit:Poze w Joel,

Tout moun konnen ke Zafè Petyonvil la se vòlè ki t ap vòlè vòlè. Nou vòlè zafè Kolonbyen yo, yo tounen vin pran l nan men nou. Zafè palè Nasyonal la se yon montaj tèt kale.

Epoutan, eleksyon sòt fèt la, mwen pa tande pati politik ki genyen 95% lachanm tankou nan sa 2000 yo.

Bon ! pouki Joel pa kite peyi kapitalis tankou USA epi li al rete nan peyi ki genyen rejim kominis ? Nou jwenn rezilta anako-popilo-tipepo-demagòg la an Ayiti deja, ...alò wou ta renmen ke nou rete bloke sou bak toujou ? Ala wou menm sa papa.
Woy,anmwe,
Ti Pap,
Se Ravix Ramissainthe,Grenn Sonnen,Chamblain, elatriye ki di yomenm ke se yo ki te kraze antèn yo,fè atak sou kazèn yo e menm penetre lan Palè Nasyonal lan.

Se mesye ti Gi yo wi?
Nèg yo te monte nan radyo pou yo vante yo dezak ke yo te poze.
Adye wi!
Alòs si ou pa t okouran de sa ,pou bwi bagay sa a te fè ann Ayiti,enben pa vin nan di ke mesye Lavalas te fè sesi,yo te fè sela.
Epi de ki kominis w ap pale la a;mesye Lavalas yo te kominis?
Konbyen biznis yo te nasyonalize.
Pa konprann ap gen lòt sòt de gouvènman ann Ayiti sinon popilis.
Si nopu kite pèp lan vote lib e libè,li fèt tanmen vote pou popilis!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Jeu 1 Mai 2008 - 21:53

BALI BWA THUNDER !!!

WOU PA WÈ LÈ YO PANKA RÉPON YO VIRÉ KO YO TOUTJAN POU NOYÉ PWASSON AN NAN NAGÉ POU SOTI SI TÈLMAN YO RENMEN LA BOU SA-A.

TONÈ KRAKAM MÉSIÉ SAYO SÉ YON BASSIN LABOU MENM POUM KONSTRI BAYO SOTI DÉPI MALPASSE SOU FRONTIÈ YA RIVÉ TITANYEN POU YO AMIZÉ YO BIEN AK KÈK CAIMAN.



Poze w Joel,

Tout moun konnen ke Zafè Petyonvil la se vòlè ki t
ap vòlè vòlè. Nou vòlè zafè Kolonbyen yo, yo tounen vin pran l nan men
nou. Zafè palè Nasyonal la se yon montaj tèt kale.

Epoutan, eleksyon sòt fèt la, mwen pa tande pati politik ki genyen 95% lachanm tankou nan sa 2000 yo.

Bon
! pouki Joel pa kite peyi kapitalis tankou USA epi li al rete nan peyi
ki genyen rejim kominis ? Nou jwenn rezilta anako-popilo-tipepo-demagòg
la an Ayiti deja, ...alò wou ta renmen ke nou rete bloke sou bak toujou
? Ala wou menm sa papa.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Jeu 1 Mai 2008 - 22:33

Mesye pa vin ranse;pa gen 70,80% pousan majorite nan La Chanm ak Sena a ,se paske nou bay koudeta ,tankou MYRIAM DESULME te di l nan yon atik JAMAICA GLEANER.

Malgre nou te kontwole près lan,nou te blije ap pèsikite mesye Lavalas ,fè yo antre nan mawon ,pou nou sa te genyen eleksyon lejislatif yo,ak yon KEP telegide.
M ap repete l ,si eleksyon ki ap vini yo fèt lib e libè ,nou fenk koumanse pran popilis.
mesye yon Samedi ,eseye tande politisyen tradisyonèl dyòl pwenti yo sou RANMASE e na di si yo gen okenn chans devan "popilis" yo?

Epitou Doub-la se mesye Ti Gi yo ki te di ke yo te atake kazèn yo;pa vin repete bagay ke se zafè poud blanch ki t ap regle.
Wi nan yon sans se sa ,paske mesye ti Gi yo te bezwen jete mesye lavalas yo,pou yo mete yon rejim kote y ap kapab kontwole kòmès poud blanch lan;o eskize m "konbatan la libète " ti Gi yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Doub-Sossis Ven 2 Mai 2008 - 9:44

Epitou Doub-la se mesye Ti Gi yo ki te di ke yo te atake kazèn yo;pa vin repete bagay ke se zafè poud blanch ki t ap regle.

JoJo,

ginlè wou pa li nan ti lèt fin yo tou tankou lont kanmarad la!!!
Sé yon sillabè oubien yon ti-malis ginlè poum chaché prété w

monkonpè sé THUNDER ki tap kitap vidé Boulèt kanno sou wou!!
GNBis jiska lanmò... - Page 6 Haiti01_forteresse
mwen pa nen ti-dégénéré 'soussèt blan' jamaikan gleamer

Palé avèl!!!
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Joel Ven 2 Mai 2008 - 10:07

Ti dejenere sousèt blan?
se Blan ki pou ta sousèt MYRIAM DESULME.Fanmi Desulme an posede youn nan pi gwo fòtin nan Jamayik e manmzèl reponn a kritè moun ke ou vle yo:li sipè edike: Cambridge,ekòl la ann Itali elatriye.
Sèlman ,li pa vle wè GNBis ke li konsidere kòm yon pichon pou peyi an (lol)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Invité Ven 2 Mai 2008 - 10:20

J'invite les intervenants à relire ce message:

Sasaye a écrit:Mesye,
Paj saa long anpil.
Mwen kwè se paj ki pi long mwen wè sou sit la, si m pa twonpe m.

Kounyea a tout moun ki te gen yon bagay pou defann lan GNB oubyen LAVALAS,
yo tout te gen yon chans pou vini ak agiman payo.

Mwen twouve ke lan bagay saa moun komanse pral repete menm agiman yo,
se sak fè ma p mande pou nou fini avèk diskisyon saa,
paske se ideyoloji lap defann e kounyea
nou konnen kimoun ki gen tandans LAVALAS e kimoun ki gen tandans GNB.

Pandan tan saa, nou pap reflechi sou kijan pou Ayiti sòti lan twou a.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

GNBis jiska lanmò... - Page 6 Empty Re: GNBis jiska lanmò...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 6 sur 8 Précédent  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum