Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% Baskets Nike Air Huarache
Voir le deal
64.99 €

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

+7
jafrikayiti
Thunder
ainsi ne soit-il
kami
revelation
Le gros roseau
Joel
11 participants

Page 1 sur 6 1, 2, 3, 4, 5, 6  Suivant

Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mar 31 Aoû 2010 - 9:44

DE GRAFF se youn lan pi gwo lengwis sou planèt lan.Repitasyon misye entènasyonal sou zafè lengwistik.Pa gen tankou misye sou lang KREYÒL yo;sou tout lang KREYOL.

E moun ki gen pwoblèm ekri kreyòl toujou swiv òtograf misye ize an,sa ap ede nou anpil:

http://www.lenouvelliste.com/articlephp?PubID=1&ArticleID=82891&PubDate=2010-08-30

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Le gros roseau Mar 31 Aoû 2010 - 11:05

Dr desgraff mande pou tout frankofou rale kò yo ba pep la lè poul aprann e eksprime li nan lang pa li.poul aprann tout bagay nan lang pa li.Alyenatyon saa ki te fet nan tet ayisyen lontan yo dwe geri.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mar 31 Aoû 2010 - 11:33

Mwen renmen agiman Dr DE GRAFF lè l ap reponn moun ki ap vin di ke KREYÒL lan izole nou.
Misye di ,o kontrè ,se FRANSE an ki izole nou,si gen izolman ;paske lan AMERIK lan gen plis moun ki pale Kreyòl ke genyen ki pale franse

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  revelation Mar 31 Aoû 2010 - 13:14

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Michel_degraff
Michel DeGraff
Joel rete'l di: DE GRAFF se youn lan pi gwo lengwis sou planèt lan.Repitasyon misye entènasyonal sou zafè lengwistik.Pa gen tankou misye sou lang KREYÒL yo;sou tout lang KREYOL.
Mesi boss papa, le monnd tro piti pou w, se planettt pou di!
M'pa gen problem avek Michel DeGraff, men proje sa pap fasil jan li montre'l la e benefis a longterm sa kap pa jamb realize paske angle ak panyol komanse pran pye sou franse e memm sou kreyol nan peyi Dayiti.
Anpil ti Ayisyen, memm jan ak w Joel, rev yo se al viv nan yon peyi etranje. Se CNN, BBC, TeleMundo, ak radyo ke yo ap tande tout jounnen.

Pou proje Michel DeGraff la ta reyissi, fok nou premyeman retire konsepsyon nan tet pep la ke kreyol la se yon lang inferye.
Fok tout intelektyel yo ta pale kreyol e tout administration Leta addresse pep la yo an kreyol pou barrye inferyorite sa ta tombe.

Joel fe yon referendum e mande tout peyizan yo, nan ki lang ke yo ta remen ke ptit yo edike??
W ap etonne de rezilta mon fre.! Kom w renmen palé de lang kreyol, M'kap ba w Michel email e invite'l nan deba saa si w vlé.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mar 31 Aoû 2010 - 13:20

Ou wè jan DE GRAFF pran kesyon sa a oserye;li pibliye menm atik lan ann ANGLE sou jounal BOSTON GLOBE.

http://www.boston.com/bostonglobe/editorial_opinion/oped/articles/2010/06/16/language_barrier_in_haiti/
REV;
Poukisa se toujou menm bagay yo w ap repete ?Kijan yon peyizan ta ka pa di se an FRANSE pou pitit li edike?
Ou pran yo pou moun sòt vre.Yo toujou di l franse se lang siperyè an.
Oumenm ki pase tan lekòl konsidere franse an siperyè ,alòs ou ta mande yo pou yo panse otreman?
AYITI pa yon ka espesyal.
An RISI lè yon moun pa konn alman jis lan kòmansman 19yèm syèk lan ,yo pa t konsidere w edike.An WOUMANI menm se franse.
Mesye sispann repete menm rans yo.
Mwen li anpil bagay DE GRAFF ekri ,mwen gen yon ti familyarite ak jan misye panse!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  revelation Mar 31 Aoû 2010 - 13:48

Revelasyon,

Thank you for your email.

I'm away on vacation with family from August 13 to August 29, 2010, without regular access to email.

Apologies, in advance, for any tardy reply.

If this is urgent, please contact Mary Grenham <edel@MIT.EDU> at MIT Linguistics, tel: +1 (617) 253-9374.

Warmly---

Mèsi pou mesaj la.

M an vakans ak fanmi m soti 13 out rive 29 out 2010. Mwen pap jwenn entènèt fasil pandan peryòd sa a.

Tanpri, eskize m si mwen pa ka reponn ou toudsuit.

Si gen ijans tout bon vre, tanpri kontakte Mary Grenham <edel@MIT.EDU> nan Depatman Lengwistik MIT. Telefòn li se: +1 (617) 253-9374.

Kenbe la---

Michel DeGraff
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
http://web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff
Saa se yon email ke'm voye bay professe DeGraff pou'l vinn bay plis explikasyon sou zafe edike piti pep la an kreyol!

Joel, w se yon bon kreyol-fou paske w di ke "Oumenm ki pase tan lekòl konsidere franse an siperyè ,alòs ou ta mande yo pou yo panse otreman?" Se exakteman sa Joel, se panse otreman saa pou komanse fe avan ke w vle foure yon edikasyon an kreyol nan gagand nan gog yon pep!

Imaj e aspirasyon pep Ayisyen an pou pitit yo se aji e panse memm jan ak lelite la mon fre. Nou voye'w al fe yon referandum sou lang preferans pep la, w semante e frappe ko ate se an kreyol ke w vle anseye pep la.
Si w insiste toujou, memm pep saa ap koupe tet w.
Rev linguistik pa w, pa memm ak pep la mon fré.

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  kami Mar 31 Aoû 2010 - 14:02

Mwen dakor pou ediker pep la an kreyol nan klass primer yo, tankou seten peyi arab yo fe, epi franse a pita. Si se pa sa ak ki liv (text book) ke elev yo ap itilize, kouman pou yo tradwi chimi, fisik, literati, elatriye an kreyol. Eske gin moun pou sa nan peyi-a ou byen se blan franse a ki pral fel pou timoun ayisyen yo?
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mar 31 Aoû 2010 - 14:14

Gen de fwa mwen paka swiv sa w ap di.
Poukisa lan NOUYÒK ak BOSTON gen yen ""edikasyon bileng""e AYISYEN lan NOUYÒK ak BOSTON yo pa pwoteste?
Se menm ayisyen yo wi;mwen kwè ou familye ak edikasyon bileng.
Moun yo pa atache ak franse an ;yo montre sa.Tankou m di l deja ,gen yon egzamen lan 6zyèm ane fondamantal ki rele ""Kominikasyon KREYÒL"".Ou tande moun yo pwoteste.
Yon lòt bagay lan PLATO SANTRAL ,lan lekòl ""TI-SÈ ak TI FRÈ ENKANASYON"" lekòl se esklizivman an KREYÒL li fèt.Se kongregasyon FRÈ AMAN an.
Tout timoun lan lekòl sa yo ,pase lan egzamen 6zyèm ane fondamantal lan.
Mwen rekòmande w li liv Dr IV DEJAN ki rele ""Yon lekòl tèt anba ,lan yon peyi tèt anba""
Lekòl an KREYÒL se pa rèv mwen ,se etid syantifik ki fèt ,lan 50 dènye ane yo;e m ap di w lengwis tout plim ,tout plimaj rekonèt ke se yon bagay inevitab,malgre moun ki panse tankou w yo ,kontinye ap di

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  kami Mar 31 Aoû 2010 - 14:19

Il parait kem pa supoze poze kestyon jodiya, paske se bek map pran depim matin.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mar 31 Aoû 2010 - 14:26

kami a écrit:Mwen dakor pou ediker pep la an kreyol nan klass primer yo, tankou seten peyi arab yo fe, epi franse a pita. Si se pa sa ak ki liv (text book) ke elev yo ap itilize, kouman pou yo tradwi chimi, fisik, literati, elatriye an kreyol. Eske gin moun pou sa nan peyi-a ou byen se blan franse a ki pral fel pou timoun ayisyen yo?

KAMI;
Se sa yo fè lan edikasyon bileng lan wi.Lè timoun yo sòti ann AYITI e yo pa konn pale angle;yo kontinye ap aprann Matematik ak Syans an Kreyòl.
Epitou kisa franse vin fè lan tradwi liv yo;yo paka tradwi liv klasik Angle yo an Kreyòl?
Ou pa menm bezwen liv yo ;w ap jwenn yo tout sou web lan e ak amelyorasyon
WWW.GOOGLETRANSLATE.COM ou pa p menm bezwen moun ki pou tradwi yo ;w ap jis klike e tout bagay ap tradwi an KREYOL.
Pa gen okenn pretèks yo te konn bay pou pa itilize KREYÒL lan ki kenbe toujou.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mar 31 Aoû 2010 - 14:28

kami a écrit:Il parait kem pa supoze poze kestyon jodiya, paske se bek map pran depim matin.
KAMI
Se ak REVELASYON mwen t ap pale.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  kami Mar 31 Aoû 2010 - 14:54

Okay Joel. lol... MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Roflmao
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Le gros roseau Mar 31 Aoû 2010 - 14:55

Revelatyon

chak fwa mwen li sa w ekri mwen ta renmen konnen ki moun ou ye ou di mwen nan ki klass sosyal ou soti an ayiti.zafè w di si yon moun ta fè yon anket an ayiti pou ta mande moun yo nan ki lang yo ta renmen edikatyon pitit yo fet mal pose ;se posib ou genyen moun ki ap di ke se an franse menm pami pov yo paske yo fè yo konprann depi yon moun pa pale franse genyen pos ou pa ka okipe ou pa moun .Ak yon alyenatyon konsa nanpren moun ki panse ke 100% ayisyen ap di ke se an kreyol yo vle edikatyon pitit yo fet.men si w chita pale ak moun yo pou fè yo konprann avantaj ki genyen nan sa dr desgraff di ya e byen mon chè mwen garanti w ke o minimum75% ayisyen ap di ke se nan lang pep la pou edikatyon fet.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  revelation Mar 31 Aoû 2010 - 16:22

Kami, fok w pa kite Joel ak Roseau kraponnen w non. W te met pale net al kolé!!
Mesye sa yo se díctate revolisyone! Yo pa mande pep opinion yo paske yo panse ke pep la pa konnen gou bouch yo.

Mesye sa yo ap revé yon system edikasyon an kreyol pou pep la aloske se pa sa pep la bezwen vlé.
Men mesye sayo ap konfond “kominikasyon e edikasyon”.
Edikasyon pep la kap kominike e transmet an kreyol, men li pa bezwen forseman fet an kreyol.
Yon professe gen dwa fe yon exposse mathematic an franse, men li gen dwa ouvri deba e aksepte ke elev yo mande yon explikasyon an kreyol.

Joel ak Roseau e lot mesye yo ba nou inpressyon ke se voye jeté lang franse a paske mesye sayo traumatizé de system colonial la an Ayiti. Yo panse ke lang franse a se yon pinga, yon madichon, yon malediksyon, yon retardatif pou pep la akoz de sipetisyon ezoterik mesye sa yo.

Saa se problem pa Joel ak Roseau, Jaf, Michel DeGraff e latrye!

Kom Duvalier toujou ap repete : Je ne fais pas mes discours en créole même si je m’adresse à mon peuple! Je les fais en français car la langue française fait partie du butin qu’on a enlevé des colons. Nous avons une obligation de la partager avec le peuple. »
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  ainsi ne soit-il Mar 31 Aoû 2010 - 23:24

Ouais! Pale pou pale, se lang franse ki pè Ayiti póv konsa, se lang franse ki fè ke 75% moun yo analfabèt, se lang frans e ki fè ke nou pa gen menm yon grenn lopital modèn, se lang franse ki fè ke nou pa gen rezo routye, se lang franse ki fè ke nou pa gen yon lame profesyonèl, se lang franse ki fè nou pa gen okin mwayen lojistik pou al sekouri sinistre nou yo, se lang franse ki fè ke chak desizyon prezidan peyi a vle pran li bezwen aprobasyon anbasadè ameriken, se lang franse ki fè ke tranbleman de ter kraze Pótoprens, Leogan' ak Jakmel.

Li toujou bon wi pou nou rekonèt yon seri de nèg k'ap pale. Le monde est p'tit, comme on dit. Mezanmi wo! Tout nèg sa yo k'ap pale a, se pa kreyol y'ap defand tande. Yo tout pran lan pèlen detour Ameriken ak move protestan ap utilize pou chanje imaj peyi nou an tande.

Mwen-menm k'ap pale la, franse'm pa ti kal, men m'pa janm lan pale franse an Ayiti kelke swa lan buro ke m'te konn antre. Mwen byen renmen kreyol mwen, men m'pa nèg k'ap bay tèt li manti ki pa vle admèt ke kreyol la gen limit e ke se pa yon lang diplomatik li ye parekzanpl. Ouais! nèg pwal leve kanpe kontr sa mwen di men m'ap deja raple yo ke lè blan a aprand kreyol, se pou l'ka vale w byen. E pi se lang ki plis fasil pou moun aprand sou tè sila wi. Sa se yon bagay ki pa rasuran menm.

Mwen tande yon patryot k'ap di ke gen plis moun ki pale kreyol ke franse an Amerik. Tout sa se estatistik ki pa vle di anpil. Dayè, nou pa bezwen apui lot ti zile yo pou konsta sila; Ayiti pou kor'l gen anviron 9 milyon moun.

ForumAyiti manke epis ak sèl wi. Trop suseptibilite e an mèm tan, trop kaponay. Trop pasyon, mezanmi. Anvan anyen se komeraj.

Lan mande zèl pou vole (pou ki rezon? se gangan yo ye) se yon boulèt ke w trouve'w ap trenen... Dans la langue rejetée, on dirait que le site a du plomb dans l'aile... Wanga pa bon.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Thunder Mer 1 Sep 2010 - 0:42

Tout moun remake ke se an kreyòl ke mwen toujou ekri sou fowòm nan, sa vle di ke mwen pa ka genyen pwoblèm ak lang kreyòl lan. Pwoblèm mwen, se youn nan agiman ke anti franse yo avanse ke mwen panse ki pa kòrèk.

Lè nou pale de Franse ki se yon lang etranje, mwen panse ke kreyòl lan se yon lang etranje tou, e se menm Fransè yo ki te vini ak tou 2 nan koloni an. Esklav yo te oblije adapte lang etranje pou yo te ka kominike antre yo, paske si nou tout ta pran pale lang zansèt nou yo vre, konbyen tribi ke nou t ap genyen an Ayiti?

Donk mwen panse ke si Joel ta vle pou diminye enfliyans Fransè yo an Ayiti vre, fòk li ta mande pou rejete ni Franse, ni Kreyòl. Paske tou 2 sòti an Frans. Se pou l ta ap mande pou nou pale Fon, Yoruba, Dendi... Paske se lang sa yo ke zansèt yo te konn pale.

Peyi an itilize 2 lang etranje pou l itilize, nenpòt moun kapab chwazi lang ke yo vle itilize an. Men, yon lòt bò, mwen dakò ak wou ki ekri ke tout eskiz yo pa ka kenbe ankò. Mwen panse tou ke pi gwo eskiz pou nou konbat jounen jodi a se eskiz mantal lan. Mwen garanti w, si mwen ekri yon disètasyon an kreyòl, epi mwen tradwi lan an franse. L ap trè ra pou w pa jwen ke moun bay tradiksyon an plis respè, e sa valab menm pou nou menm ki sou fowòm nan. Epoutan, agiman pou agiman, pwa pou pwa, tou 2 disètasyon egal ego. Sa la a pwoblèm nou ye.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Joel Mer 1 Sep 2010 - 7:29

Thunder a écrit:

Lè nou pale de Franse ki se yon lang etranje, mwen panse ke kreyòl lan se yon lang etranje tou, e se menm Fransè yo ki te vini ak tou 2 nan koloni an. Esklav yo te oblije adapte lang etranje pou yo te ka kominike antre yo, paske si nou tout ta pran pale lang zansèt nou yo vre, konbyen tribi ke nou t ap genyen an Ayiti?

Donk mwen panse ke si Joel ta vle pou diminye enfliyans Fransè yo an Ayiti vre, fòk li ta mande pou rejete ni Franse, ni Kreyòl. Paske tou 2 sòti an Frans. Se pou l ta ap mande pou nou pale Fon, Yoruba, Dendi... Paske se lang sa yo ke zansèt yo te konn pale.


Kote ke agiman w lan pa kenbe ;sè ke LANG FRANSE an se te yon lang etranje pou kolon lan koloni an .KOLON YO PA T PALE FRANSE,yo pa t enterese pale franse ,se te menm jan ak yon moun lan SITE SOLÈY yo te ye.
Tankou mwen te mete lan yon lòt pòs;menm blan franse lan FRANS METROPOLITEN an pa t pale FRANSE.FRANSE se te yon lang rejyonal li te ye;se moun ki te lan rejyon ""ile de France"",zòn a rebò PARIS an ki te pale l.
FRANSE SE PA T LANG KOLONI AN,SE PA T LANG KOLON YO,SE PA T LANG AFRANCHI YO,SE SITOU PA T LANG ESKLAV YO.LANG YO TOUT SE TE KREYÒL.

Pou REVELASYON ki ap repete sa DUVALIER te di kòm agiman.
Alòs,pawòl DUVALIER gen plis pwa ke DE GRAFF ou byen IV DEJAN sou kesyon sa a.
Franse se te biten kolonyal?
Ki biten?YON KÒFREFÒ VID,paske FRANSE pa t ekziste LAN KOLONI AN.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 8:56

Rev

depi se Duvalier w site.ou nan misitifikatyon,demagoji .Mwen sonje li te di li pat konn pale kreyol byen men lè poul te di :"si nou pa disipline, mwen ak jacques gracia ap fè bouda nou tounen yon paswa "li te konn ki lang poul te itilise poul te fè pep la pè.

ou se yon moun ki pa konn ki bò tet w plase ou di ke mwen ak Joel ,ak Desgraff. se revolutyonè.bon mwen dakò e mwen fyè de sa paske mwen pa nan tolere anyen ki pa mache.depi yon bagay pa bay rezilta ke li te dwe bay la fok mwen chache yon lot metod.Ou di nap konfonn edikatyon e kominikasyon.ki jan pou edikatyon ka fet byen si pa genyen bon jan kominikatyon ant profesè ak elev yo.Genyen eksperyans ki montre ke elev yo pi enterese lè se nan lang pa yo profesè yo ap anseye.Si w se yon alyene ki pa bay lang ,kilti w enpotans nanpren moun ki responsab sa.Te genyen esklav ki te kont endepandans paske yo te santi yo byen lakay met yo.Men ou pa ka vle tout moun menm jan ak w.Kote w jwen bagay wap plede repete di pep la se an franse yo vle ke ptiti yo aprann?ou te fè yon anket sou sa deja?Ki rezilta survey sa, ki gwosè echantiyon ou te pran an ?eske li te represante popilatyon ayisyen?Pale de sa w konen non;ou se lingist?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  ainsi ne soit-il Mer 1 Sep 2010 - 9:25

Ki ótograf nom kreyolis la ojist: Desgraff, Degraff, De Graff. Mezanmi deside'n tande. Doktè a li menm sanble li byen fyèr de eritaj franse'l...

E pi agiman franse pat lang kolon yo pa demanti anyen, juska prezan gen parler rejiyonal lan tout kwen la Frans men sa pa anpeche ke tout moun pale franse, an Ayiti menm se pa tout sa moun Okap ap di ke mwen konpran an kreyol, lan Kanada pi presizeman lan Kebèk, plen parler ou aksan rejyonal, lan Vietnam plen parler rejiyonal e se otorite lengwistik e politik kii te deside ke tout moun se vietnamyen y'ap pale malgre yon multitude de variantes.

Lè nou byen gade nou rive ak an Amerik an mèm tan ke Kanadyen-Franse yo ki te soti lan tout kwen Lafrans tankou m'ta di pou kolon Sen-Domeng yo. Menm si mwen admèt ke kreyol se te parler tout popilasyon lan koloni a, sa pa vle di ke franse pat lang blan yo. Donk situasyon n'ap viv jodi a pa nouvo tankou se yon minorite ki plis metrize lang franse an Ayiti. Se pa akoz de diskriminasyon klas ou koulè si nou byen gade.

Jan mwen wè Jeff parekzanpl devan ap brandi drapo Afrik li a, mwen gen nouvèl pou li. Afriken pa menm fanatik pase sa. Lè li finn tande 'w, li jis di ke se an aryè w bezwen menen'l ak band koze nwaris nou yo. Afriken a se lan metisaj ke li kwè. Si w vle defand kreyol, se trè byen men pa mele pom ak zoranj, sa pa gen anyen pou'l wè ak la ras. Mwen pa akize'l men mwen jus pa bay moun pou mwen sou kestyon justis an jeneral an Ayiti.

Se je wont je ki fè kreyolus-kreyoli ForumAyiti yo panko mande pou nou renonse a alfabè franse. (lol) Talè gen k'ap vin di'n pou nou suspand utilize kouto ak fouchèt tankou moun k'ap manje tom-tom san ke yo pa janm lave main yo... Kouman pou Ayisyen ap pale de chanje yon peyi san ke yo pa men kapabl antand yo kontradiksyon y'ap viv. W se yon peupl ki depourvu, si w gen sa yo rele jeni toudbon, se sèvi ak zoutil ke w gen lanmen'w pou travay. Se manti, lang franse pa yon andikap pou peyi a. Tankou yon nèg t'ap di, nou gen dwa kontinye anseye lang la menm jan, men nou ka debat lan klas an kreyol... Si se pou sa, mwen te gen yon longè davans paske lan klas rheto an Ayiti, nou te konn angaje lan gwo echanj an kreyol ak Pè Direktè a ki te profesè literati fransèz an pasan.

E pi, se regretan ke anpil moun ki p'ap viv an Ayiti kotidyènman, ki lwen ansèyman, ki plis enterese lan endividu k'ap fè politik ou k'ap fè nouvèl, pou yo ap mache de konferans a konferans, sou tout sit, ap di ki sa ki bon pou Ayiti. Al chèche konprand pou ki sa yo pa finn renmen form tèt yon seri de dyaspora. Mwen byen di wi, yo seri de dyaspora. Paske gen anpil Ayisyen ki retounen lakay e ki met men yo dan la pat e ki ap fè chanjman lan peyi a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  kami Mer 1 Sep 2010 - 9:35

Kom Duvalier toujou ap repete : Je ne fais pas mes discours en créole même si je m’adresse à mon peuple! Je les fais en français car la langue française fait partie du butin qu’on a enlevé des colons. Nous avons une obligation de la partager avec le peuple. »

Revelation,

C'est la l'opinion d'un sociologue avise et averti, un homme bien imbu des problemes du milieu social haitien!
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 9:38

"Nou genyen dwa kontinye anseye lang menm jan"

na toujou ap mamote nan nenpot interview tankou bèkèkè yo ki refize pale lang yo.na toujou konsidere 98% popilatyon an kom moun sot paske yo pa ka kole 2 mo franseuuu.Konbyen bachelier ayisyen ki ka kenbe yon konversatyon an franse pandan lontan?Yon pitit boujwa an ayiti di menm lè swa disan moun lan lelit la ap fè ti pedan pale franseeu nan biro; lakay yo se ak kreyol yo sèvi.poukisa pou bovarysm kiltirel saa kontinye menm?SAL PWODWI?THIS IS THE QUESTION.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 9:45

Kami

poukisa nan yon reyinyon 22 Mai o debi manda li ya li pat di:Demandez moi donc ce que vous desirez"li te di moun ki te devan l yo;"mandem sa nou beswen" poul te fè yo repete "Duvalier a vi."se ak sa li te sèvi poul te foure non l nan tout bilten ki te enprime nan yon elektyon lejislatif poul te di ke pep la ba li yon lot manda.Si w pat la ou pa ka pale de sa w pa konnen.Kite moun ki te temwen okilè di w ki jan bagay yo te pase.ki biten franse ye ;konbyen ayisyen ki jwen pa yo nan biten saa?


Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  kami Mer 1 Sep 2010 - 9:51

Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa fouti aprann byen lè lekòl fèt an franse.
E pitit bonn ak jeran lakou ki avoka, dokter, etc. epi li minm tou, mwen sur ke yo pat pale franse. Haitien renmen jeneralize twop, epi l pa bay egzanp.

Ler ti ayisyen yo rantre bo isit sak rive yo? ler yo aler kanada franse ki sak rive yo? give me a break!

Mwen fe inan lekol an Ayiti, mwen pat konn pale franse se angle selman mwen te pale, sa pat anpechem pale anpil.

Alor mwen konprann messye yo. Yo ginler fache toujou kont la frans poutet yo te nan konplot dapre yo pou te mete arisitd deyo nan peyil. Sa-a mwen konen ke Joel ak Rozo pa janm padonen la Frans, men yo padone amerikin!!!!!
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  kami Mer 1 Sep 2010 - 9:55

Le gros roseau a écrit:Kami

poukisa nan yon reyinyon 22 Mai o debi manda li ya li pat di:Demandez moi donc ce que vous desirez"li te di moun ki te devan l yo;"mandem sa nou beswen" poul te fè yo repete "Duvalier a vi."se ak sa li te sèvi poul te foure non l nan tout bilten ki te enprime nan yon elektyon lejislatif poul te di ke pep la ba li yon lot manda.Si w pat la ou pa ka pale de sa w pa konnen.Kite moun ki te temwen okilè di w ki jan bagay yo te pase.ki biten franse ye ;konbyen ayisyen ki jwen pa yo nan biten saa?

Roseau,

Ou pi mieu plase pou reponn ke mwen. eklere lantern mwen; mwen pa la, mwen pot ko fet, ni mwen pat travay pou Duvalier.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  ainsi ne soit-il Mer 1 Sep 2010 - 11:14

Bovarisme culturel sa se yon ekspresyon ki date. E pi sa pa gen rapor jis ak pale franse. Bay moun van yo, konbyen fwa mwen antre lan anpil plas an Ayiti ke madigra ki byen chita se angle yo vin pale ak mwen pou yo ka valorize tèt yo. Ozetazuni menm, sa pi rèd. Kouzen zanmi tout renmen fè chèlbè ap vin pale angle men lè m'louvri bouch mwen yo tout ret sezi.

Yun lan rezon ki fè ke Ayisyen konn malalèz devan mikro se paske yo pat abitye gen la pawol. W gen majorite yon populasyon ki ba gen yon aktivite kèlkonk, ki pa konn li e ekri, ki pa gen formasyon, ki pa gen sa yo rele "skill" an angle, tout joune se voye monte sou politik.

Kreyol se lang matènèl men sa pa vle di ke li se yon lang ki devlope, syantifik. Problèm nou se reta nou genyen sou anpil kestyon. Se pa franse mezanmi. Nou pa lan bay moun manti, nou-menm.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Empty Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 6 1, 2, 3, 4, 5, 6  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum