MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
+7
jafrikayiti
Thunder
ainsi ne soit-il
kami
revelation
Le gros roseau
Joel
11 participants
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 2 sur 6
Page 2 sur 6 • 1, 2, 3, 4, 5, 6
MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Rappel du premier message :
DE GRAFF se youn lan pi gwo lengwis sou planèt lan.Repitasyon misye entènasyonal sou zafè lengwistik.Pa gen tankou misye sou lang KREYÒL yo;sou tout lang KREYOL.
E moun ki gen pwoblèm ekri kreyòl toujou swiv òtograf misye ize an,sa ap ede nou anpil:
http://www.lenouvelliste.com/articlephp?PubID=1&ArticleID=82891&PubDate=2010-08-30

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Osijè koze afrikanize a, mwen te wè sa ki te ekri nan lòt chenn diskisyon "Manigat" yo anvan mwen wè sa ki ekri la a...se sa ki fè se lòt bò a mwen reponn. Wi, mwen wè nesesite pou lang Kreyòl la, sèvi nou kòm yon zouti kle nandevlopman sosyal, ekonomik ak kiltirèl nasyon nou an. Anmenm tan tou, mwen wè rasin nou kòm pitit Lafrik Ginen kòm yon eleman fondamantal nan idantite nou. Men, pou mwenmenm, jan ou di a, kesyon Kreyòl la ak kesyon ras la, se ponm ak zoranj.
Martine erki: "Kreyol se lang matènèl men sa pa vle di ke li se yon lang ki devlope, syantifik".
Kisa sa vle di yon lang ki "syantifik"? - èske se pa moun ki devlope, adapte, adopte, konsèp syantifik yo?. Kidonk, se pa lang nou ki limite, se nou ki limite lang nou.
Problèm ki genyen nan peyi a, se pa ni lang franse, ni lang kreyòl ki lakòz yo. Problèm nan sè ke n ap sèvi ak move zouti pou nou fè yon seri travay ki ekzije nou chwazi ZOUTI APWOPRIYE.
LANG MATÈNÈL gen wòl li ka jwe ke lang aprann pa ka jwe. KREYOL se lang matènèl nou. Se sa ekspè yo demontre nou depi dikdantan. Sa pa vle di ou pap jwenn endividi ki reyisi pase nan sistèm tèt bòbèch nou an, epi yo rive "chape" - yo tounen bon doktè, bon enjenyè ki fonksyone nan lang Franse - menmsi odepa yo pase anpil mizè pou yo aprann konsèp syantifik, matematik elatriye ke yo te ka aprann pi vit, pi byen si odepa se nan lang matènèl yo yo te premye fè konsesans ak konsèp sa yo. Sa pou nou konprann, sè ke yon sistèm edikatif pa monte pou - ka eksepsyonèl yo - Si ou gen kèk moun ki chape, sa pa pwouve sistèm nan bon. Se lè ou gade rezilta global la ou ka tire konklizyon.
Konsa tou, se pa koze lang lan ki RESPONSAB tout echèk sistèm edikasyon nou an. Kidonk, li pa vo lapenn pou nou ap pran ekzanp ekzajere pou eseye pwouve yon pwen.
Gen plizyè faktè ki patisipe nan echèk nou tout nou ka obsève a. Sèlman, sa n ap mande se pou moun ki enplike nan chanjman sistèm nan itilize rezilta rechèch syantifik pou yo bati eskanp yon nouvo sistèm.
Pa gen nesesite mete anpil emosyon nan deba sa a.
Respè,
Jaf

jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
M'dako avek w Martine!! Dan le zanne 1980 yo anpil ti moun african-american o Zeta-Zini tap fe move not lekol e aktivist kankou Jesse Jackson, Arl Sharpton etc.. tap mache di ke timoun nwa yo pakab adapte yo nan lang angle a.Martine di: Se manti, lang franse pa yon andikap pou peyi a.
Se "Ebonics" pou yo itilize nan lekol yo pou yo sa aprand. (Ebonics lan se yon slang ke african-ameriken yo itilize nan guetto, e nan mizik yo.)
Fanmi timoun sa yo mande anraje!!
Yo di ke se an angle pou edikasyon pitit yo fet.
Yo pap aksepte zafe "Ebonics" saa.
System edikasyon nan tout Eta nan Unyon an oblije fe yon jefo pou bay timoun african-ameriken yo e tout lot immigrant plis attention nan lekol yo.
Donk si nap koute aktivist Ayisyen kap di ke lang franse aa mete tiAyisyen an reta, jan Matine di a
Se system edikasyon nou an pou nou chanje, se pa lang lan. Pa vin pran lang franse aa kom yon scapegoat pou jistifye echek nou nan system edikasyon peyi a.
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Zafè di kreyol pa yon lang syantifik se radot nan mache se radot.Ak devlopman indistri enfomatik la genyen yon seri de moun si yo te leve anba tè kote yo antere ya ki ta mande ki lang moun ki ap viv jodya ap pale konsa o Zeta Zuni.Barbara Streisand genyen yon chante li chante kote li di ke jargon teknoloji ke li tande pitit li yo ap anploye jodya se grek pou li.Franse ke yo te pale nan lil de frans nan 17emem syek pa menm franse ke yo pale jodya an frans .Tankou tout lang kreyol ka devlope tou tan peyi ya ap pi devlope.Angle pat genyen mo tankou internet,icon,cursor la dann lontan. ou di mwen se pa anpil moun ki te konn tande mo sa yo ;jodya li rantre nan vokabilè preske tout moun. e byen se menm jan tou kreyol ka ajoute lot mo tou tan peyi ki pale kreyol yo ap devlope.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Menm yon moun tankou Danny laferriere ki ap viv o Kanada depi lontan;ki gwo ekriven lotrejou map tande yon interview ke li ba yon jounalis ;wii li pale franse men ou wè se pa lang li.ou wè se yon moun ki ap fè jefò poul eksprime li nan yon lang ke li aprann.e ke li pa genyen menm ezans ak moun ki pale lang depi yo te piti.Yon moun ki konn tande franois Duvalier ap pale franse san papye se menm konsta tou ke w ka fè.men bovarism kiltirel la fè yo ap monte yon kalvè pa do pou yo montre ke yo se save.Lotrejou mwen pat ka bouke ri Lè Michel martelly tap diskite ak jounalis ki tap pose l kestyon an,lè li te beswen santi li alez poul te reponn san mamote li pale kreyol net al kole.e Michel Martelly pa yon iyoran.poukisa li pat kontinye pale franseuuu?mwen ka di se rar ayisyen pa menm 2% ki pale franse san aksan ni oken pwoblem.Premye jou mwen tande kote Viaud ki te Minis edikatyon natyonal la ap pale franse san se pa diskou li tap fè mwen ri jis mwen ta mouri.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Poukisa an Inde yo gade angle? Vre repons sou system scolaire ayisyen an, mwen kwè ke se pa regrese ti moun yo regrese, se ke yo ap gen chans pou yo pratike franse yo. Si yo te kon wè moun etranje, ki pat ka pale kreyol e yo te eksprime ak yo mwen sur jounen jodya nou pat tap gen deba sa
Invité- Invité
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
T-NEG
Pa kontinye repete bagay sa yo.Angle se jis youn lan 250 lang ENDYEN yo pale.Yo gen enterè pou kenbe ANGLE ;sa pèmèt yo konprann yo youn lòt.Enpe ladan yo;te gen yon premye minis Endyen ki pa t pale yon mo Angle.
Genyen anpil peyi afriken ki konsa.
Noumenm nou pa t bezwen lòt lang nasyonal,paske gen yon lang ke nou tout konprann alawonnbadè.
Lè apre 1804 ,yo te fè FRANSE vin lang nasyonal ,se pa t ini li te ini nou ,se pito dezinyon li vin kreye
Pa kontinye repete bagay sa yo.Angle se jis youn lan 250 lang ENDYEN yo pale.Yo gen enterè pou kenbe ANGLE ;sa pèmèt yo konprann yo youn lòt.Enpe ladan yo;te gen yon premye minis Endyen ki pa t pale yon mo Angle.
Genyen anpil peyi afriken ki konsa.
Noumenm nou pa t bezwen lòt lang nasyonal,paske gen yon lang ke nou tout konprann alawonnbadè.
Lè apre 1804 ,yo te fè FRANSE vin lang nasyonal ,se pa t ini li te ini nou ,se pito dezinyon li vin kreye
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Kreyol pa yon lang syantifik, zafè sak fache e k'ap vin pale de enformatik ki gen a pèn 30 ane depi li devlope e vulgarize. Kreyol pa yon lan orijinèl se sa ki fè li a la remok franse pou tèminoloji. Jodi a menm sa pi rèd paske Ayisyen Ozetazini kite mots kreyol nèt yo ranplase yo ak mots angle, jis pou montre ke yo a la mód.
Ayisyen pa janm aprand, yo gen mantalite ikonoklast konsa. Se sa ki fè jodi a, se tèt fè mal pou rekupere objè ki apatni a patrimwan' kiltirèl e istorik nou.
Se pou sa mwen toujou di ke Dany Laferrière pran enspirasyon lan kilti peyi'l men li pa yon pareseu ki gen lespri fèmen. Dany te gen 23 ane lè li te rive Kanada, se normal pou li gade aksan Ayisyen. E pi se pa lan tout entèviyw moun alèz menm si se te kreyol w'ap pale.
Se w k'ap radote tonton, internet nouvo men icon (icône), cursor (curseur) pa nouvo mezanmi. Sa pa wont ap demanti moun e pi l'ap admèt ke se lan lót lang pou nou al chèche terminoloji. Gade papi, te gen lót syans anvan enformatik tande. Mwen repete'l ankor, manyè fè la diferans antr lang matènèl ak lang akademik.
Ayisyen pa menm ka di ódinatè yo pito konpiywtè pouki sa mwen pa konen, yo pa al legliz ankor non... se church, yo pa di telefone'm ankor non... se ban'm yon call, yo pa al lan mache ankor nou... se market, yo pa di konseye ankor non... se council. Koulye a se sou band Ayisyano sa yo ki pi Ameriken ke Ameriken mwen pwal konte pou anrichi kreyol la.
Se yon kestyon de tan anvan yo deklare ke kreyól la gen plis parante ak angle-ameriken ke franse. Talè gen yon jenerasyon k'ap pase ki pwal mande pou nou dechire tout liv ki te ekri, tout muzik ki te konpoze. Si yo se move protestan menm, y'ap mande pou kraze tout legliz katolik, y'ap mande pou entèdi relijyez ki pote vwal. Ala kote nèg deformatè. Tout se yon band diktatè wi.
Menm sou sit la, se pa paske yon moun pale kreyol ke li konprand de ki sa k'ap diskute. E se yun lan rezon gen lè yon lót te manke'n dega di ke nou pa konn li. Mwen pat nesesèman dakor ak nèg sila, men gen yon seri de endividu, yo ta renmen pou chèz yo vin chita a pran form dèryè yo...

ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Peyi dayiti pa yon peyi syantifik ki jan pou kreyol ta yon lang syantifik,franse ki te pale nan lil de frans o 16 e 17eme syek la eske li te yon lang syantiifik.dayè Joel di te genyen plis franse analfabet ke moun ki konn li.si genyen lang ki te lang syantifik a lepok la se te grek ak latin.se nan yo ke mo franse yo soti.poukisa kreyol pa ka tire mo de lot lang yo tou?A la yon fraz mwen renmen papa ke moun saaa te ekri sou forum lan:"L'origine de la haine est la haine de ses propres origines".nanpren manti nan sa vre.ou paka mande yon moun ki pa renmen tet li poul renmen lot moun ki sanble ak li.poul renmen lang li ,kilti li.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Roseau,
Tanpri an nou rete sou 21e syek la. Mwen bouke tande de 16e ak 17e e 18e syek.
Tanpri an nou rete sou 21e syek la. Mwen bouke tande de 16e ak 17e e 18e syek.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
non ma chè deba pa fet konsa ou pa ka vle se sa w vle tande selman pou moun ki ap konbat ide w la ekri.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
kote ti pwa plim yo;yo kouri devan gwo frap dr Desgraff ak dr Dejean yo.ah ah ah
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
[quote="revelation"]
[size=18]Dan le zanne 1980 yo anpil ti moun african-american o Zeta-Zini tap fe move not lekol e aktivist kankou Jesse Jackson, Arl Sharpton etc.. tap mache di ke timoun nwa yo pakab adapte yo nan lang angle a.
Se "Ebonics" pou yo itilize nan lekol yo pou yo sa aprand. Fanmi timoun sa yo mande anraje!! Yo di ke se an angle pou edikasyon pitit yo fet. Yo pap aksepte zafe "Ebonics" saa.
Gen nèg ki de movèz fwa wi lan deba kreyol sila. Gen yon seri de erè ke m'pap fè. Pouki sa lan promosyon'm nou tout ekprime nou trè byen an franse, an angle kom se de 2 lang sa yo n'ap pale. Paske nou te pase lan bon lekol, e ke kote nou soti te gen aktivite kiltirèl ki pou te estimule kreyativite'n, paske lan zon' lakay mwen pat gen tout kalite vye distraksyon. Menm elèv ki te dènye lan klas nou pat oblije double klas la.
M'ap tou profite di nèg Ozetazini ki serye e ki pa okouran ke gen Kebekwa ak Kebekwaz parekzanpl ki trè byen eduke k'ap bay formasyon depi kèk jou anba lakay pou nou ka gen meyè profesè. Gen yon travay k'ap fèt kan mèm anba a. Si nou pa konen, pa vin chita jerontokrasi lan deba yo.
Manyè pale de vrè problèm yo. Manyè met lan tèt nou ke si tout ti-moun an Ayiti te asure pou yon jwenn 2 repa lan yon jounen, yo ta plis kreatif, yo ta plis devlope, yo ta gen meyè rezilta lan lekol. Manyè suspand ranse lè nou fin byen gra. An nou, sispand entèlektualize problèm Ayiti. Ti-moun pa sipoze deja ap sonje si li pwal jwenn manje demen ou apre demen ou semèn prochèn. Mwen-menm ki pa yo moun k'ap viv pou manje, mwen admèt ke san manje w pa ka espere anyen de yon endividu pa pale pou yon jeunes pousses yo. Se jan de privasyon a la baz sa yo ki fè ke sa vin rete yon trè regretabl lan kilti nou paske depi Ayisyen an lan yon pozisyon kote lajan ap pase, premye reflès li se kouri plen póch li. Lè manje rive pou sinistre, gen ki kouri ranmase pou lakay yo menm si pita manje sa yo tonbe pouri pandan ke lót frè Ayisyen yo, prop fanmi yo t'ap kreve de faim.
M'ap tou profite di nèg Ozetazini ki serye e ki pa okouran ke gen Kebekwa ak Kebekwaz parekzanpl ki trè byen eduke k'ap bay formasyon depi kèk jou anba lakay pou nou ka gen meyè profesè. Gen yon travay k'ap fèt kan mèm anba a. Si nou pa konen, pa vin chita jerontokrasi lan deba yo.
Manyè pale de vrè problèm yo. Manyè met lan tèt nou ke si tout ti-moun an Ayiti te asure pou yon jwenn 2 repa lan yon jounen, yo ta plis kreatif, yo ta plis devlope, yo ta gen meyè rezilta lan lekol. Manyè suspand ranse lè nou fin byen gra. An nou, sispand entèlektualize problèm Ayiti. Ti-moun pa sipoze deja ap sonje si li pwal jwenn manje demen ou apre demen ou semèn prochèn. Mwen-menm ki pa yo moun k'ap viv pou manje, mwen admèt ke san manje w pa ka espere anyen de yon endividu pa pale pou yon jeunes pousses yo. Se jan de privasyon a la baz sa yo ki fè ke sa vin rete yon trè regretabl lan kilti nou paske depi Ayisyen an lan yon pozisyon kote lajan ap pase, premye reflès li se kouri plen póch li. Lè manje rive pou sinistre, gen ki kouri ranmase pou lakay yo menm si pita manje sa yo tonbe pouri pandan ke lót frè Ayisyen yo, prop fanmi yo t'ap kreve de faim.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Bwè tafya w! Thick! Poids graisse.
E pi koze Ebonics sila montre w jan yo jwe lan mind Afro-Ameriken. Pou mwen sa pat fè sans. Imajine'w, moun yo fin goumen pou yo gen dwa a edukasyon, lót imigran ou etudyan tout peyi vin profite te sistem edukasyon ozetazini e pi Black yo ap fè bak pou yo fè promosyon Ebonics. Yo anraje wi.
Zafè lan franse ofisyèl an Ayiti a se pat pou suplante kreyol. Sa gen dwa sèvi anpil prejuje men an verite antre nou mezanmi se pa de prejuje ke Ayisyen a pa gen lakay li pou l'ap vin oze di ke problèm peyi a se franse. Depi tout tan sila, sa pa janm rive sof ke se gras a franse tout kreyolus-kreyoli pran fós e ke yo kontinye ap okulte vrè problèm payi a.
Antouka, pou mwen defand kreyol mwen pa oblije rayi franse. Lang franse an Ayiti se yon atou ke li ye. Se pa dwe nou dwe LaFrans si nou kenbe lang la. Se dwa'n. Se pa kopye n'ap kopye moun. Tonè! Man-yè bouke voye ti machatè ki sezi al fè tenten. Gen yon seri de moun, rèv yo se pou yo ta vin gen restavèk yon jou pou yo voye al fè provokasyon. Mwen pa bezwen site nom paske yo deja previsibl e fasilman rekonesabl.

Konbyen lekol konsa ki genyen an ayiti e konbyen ti moun ke paran yo genyen moyen pou voye yo nan lekol sa yo.ou di w pale franse tankou blan franse kapab se vre ,men se pa yon bagay ki verifyab se sou enternet la nou tout ap radote.(lol)Zafè sa Revelatyon ekri mwen pap di se manti,men mwen te O zeta Zuni mwen pat janm tande kote jessie jackson ni Rev Al Sharpton te di fok se nan Ebonics ke yo anseye ti nwa o zeta zuni. Si 2 mesye sa yo ta di yon bagay konsa se pou fè demagoji ki ekspertiz ke 2 neg sa yo genyen pou yo di yon bagay konsa/paske angle se lang ke tout ameriken pale ,byen ke nanpren lang ki ofisyel nan konstitutyon ameriken tankou nan konstitutyon ayisyen an.de Dr sa yo ki di ke kreyol la ta pi bon pou nou itilize li pou anseye ti ayisyen se pa politisyen ki ap radote non se lengwist yo ye se chan pa yo menm.Yo pa pran nenpot ti mazet ki ap fè le frekan pou anseye nan MIT non.(lol)
Nou pa ba moyen audiovisyel yo enpotans nan metrise yon lang, ti meriken nwa menm si se harlem li rete li genyen television lakay li.al nan morn ayiti kote plis ke 70% pep la ap viv wa wè konbyen aparey televisyon ki genyen.mwen sonje se jis lè mwen te genyen 10 zan konsa ke yon tant mwen te achte premye aparey radio pou mete lakay la.Ki donk ti moun sa yo ki ap viv nan trou koukou kote se yon sel profesè ki genyen nan yon ajoupa ou vle se an franse pou yo aprann yo tou?Ou pa konn reyalite peyi ya poukisa ou vle pale nan tout sa w pa konen.konbyen ti moun sa yo ke paran yo te ka achte liv pou yo tankou paran pa w yo?
Nou pa ba moyen audiovisyel yo enpotans nan metrise yon lang, ti meriken nwa menm si se harlem li rete li genyen television lakay li.al nan morn ayiti kote plis ke 70% pep la ap viv wa wè konbyen aparey televisyon ki genyen.mwen sonje se jis lè mwen te genyen 10 zan konsa ke yon tant mwen te achte premye aparey radio pou mete lakay la.Ki donk ti moun sa yo ki ap viv nan trou koukou kote se yon sel profesè ki genyen nan yon ajoupa ou vle se an franse pou yo aprann yo tou?Ou pa konn reyalite peyi ya poukisa ou vle pale nan tout sa w pa konen.konbyen ti moun sa yo ke paran yo te ka achte liv pou yo tankou paran pa w yo?
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Joel a écrit:Thunder a écrit:
Lè nou pale de Franse ki se yon lang etranje, mwen panse ke kreyòl lan se yon lang etranje tou, e se menm Fransè yo ki te vini ak tou 2 nan koloni an. Esklav yo te oblije adapte lang etranje pou yo te ka kominike antre yo, paske si nou tout ta pran pale lang zansèt nou yo vre, konbyen tribi ke nou t ap genyen an Ayiti?
Donk mwen panse ke si Joel ta vle pou diminye enfliyans Fransè yo an Ayiti vre, fòk li ta mande pou rejete ni Franse, ni Kreyòl. Paske tou 2 sòti an Frans. Se pou l ta ap mande pou nou pale Fon, Yoruba, Dendi... Paske se lang sa yo ke zansèt yo te konn pale.
Kote ke agiman w lan pa kenbe ;sè ke LANG FRANSE an se te yon lang etranje pou kolon lan koloni an .KOLON YO PA T PALE FRANSE,yo pa t enterese pale franse ,se te menm jan ak yon moun lan SITE SOLÈY yo te ye.
Tankou mwen te mete lan yon lòt pòs;menm blan franse lan FRANS METROPOLITEN an pa t pale FRANSE.FRANSE se te yon lang rejyonal li te ye;se moun ki te lan rejyon ""ile de France"",zòn a rebò PARIS an ki te pale l.
FRANSE SE PA T LANG KOLONI AN,SE PA T LANG KOLON YO,SE PA T LANG AFRANCHI YO,SE SITOU PA T LANG ESKLAV YO.LANG YO TOUT SE TE KREYÒL.
Donk, wou pa genyen pwoblèm si Ayisyen pale yon lòt lang ki sòti an Frans, se jis Franse a ke w pa vle pou yo pale? Se pa kreyol sa a pou nou ta rejete an premye lye, dapre sa ke w di la a? Se li menm ki te lang esklavajis de premye plan yo. Li difisil pou m swiv sa ke w ap di la. Pito w kenbe agiman ke se kreyol ke tout Ayisyen konprann nan pito, tan pou w ap eseye fè kreyòl pase pou lang pa nou menm. konsa l ap pi fasil pou w agimante w.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
[b]Tonnè fout!
Se sa k fè mwwen rayi fè kwelkeswa echanj lan ak ou.Ki kote KREYÒL te sòti an FRANS lan ?
Panyòl,Pòtigè,Italyen,Franse gen baz yo lan LATEN ;se menm lang yo ,yo ye?
Se lang ki transfòme lan jiwon ,lan nannan kote diferan pèp yo ta p viv.
Annou pran lang franse an ,li a baz Laten ,men li gen mo SELTIK ladann pa egzanp.Lan mo LOUP GAROU an pa egzanp ;mo GAROU an se yon mo SELTIK li ye;yon mo ki vle di ""transfòmasyon""
Pou KREYÒL ta yon lang franse ;eske si w al an FRANS kelkeswa kote lan EKZAGÒN lan w al pale KREYÒL;y ap konprann ou?
TONNÈ!
Se sa k fè mwwen rayi fè kwelkeswa echanj lan ak ou.Ki kote KREYÒL te sòti an FRANS lan ?
Panyòl,Pòtigè,Italyen,Franse gen baz yo lan LATEN ;se menm lang yo ,yo ye?
Se lang ki transfòme lan jiwon ,lan nannan kote diferan pèp yo ta p viv.
Annou pran lang franse an ,li a baz Laten ,men li gen mo SELTIK ladann pa egzanp.Lan mo LOUP GAROU an pa egzanp ;mo GAROU an se yon mo SELTIK li ye;yon mo ki vle di ""transfòmasyon""
Pou KREYÒL ta yon lang franse ;eske si w al an FRANS kelkeswa kote lan EKZAGÒN lan w al pale KREYÒL;y ap konprann ou?
TONNÈ!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
"Lang franse se yon atou"
pou ki moun?pou 5% ki ka palel malman yo?Angle se yon atou paske genyen plis ayisyen ke angle fè viv jiskaske yo ka ede moun lakay ke franse.nanpren moun ki di frankofou yo pa dwe apran franse si yo vle.gen lè w pa sosyab pou tou tan se yon kestyon de tafya wap pale.ou konn wè m sou nan la ri,ou konn tande yo arete m pou DUI?si lidem dim pran 2 kou eske m konn mande w prete lajan deja?lè w pa ka diskite san w pa atake vi prive moun ou pa rantre nan ron pitit sesil .ou montre kareman ou se yon gwosye personaj.yon insivilisé.ou pa janm gade an tout seremoni ofisyel kio jan invité yo ap bwè chanpay ,diven.Ou pat gade ki jan Presidan obama te chita nan la kou mezon blanch la ak Vice presidan Biden, Profesè Gates ak yon plosisye pou yo diskite de yon ensidan ki te pase. gen lè ou sot an deyò ta epi wap vinn pran poz moralist konesè w sou moun.

Dernière édition par Le gros roseau le Jeu 2 Sep 2010 - 9:41, édité 1 fois
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
depi 2 syek yap anseye ti moun lekol nan yon lang,byen ke pa genyen anpil lekol ki genyen moyen odyovisyel pou anseye lang byen,men resilta yo montre ke pwoblem lan pi konplike a koz moyen ekonomik peyi ya.eske nou dwe kontinye menm jan an pou fè serten alyene mantal plesi paske yo te genyen oportunite pou yo te ale nan bon lekol tandiske ke 95% ti ayisyen ki rantre lekol pa rive frekante yon iniversite.Wi se pa franse ki lakoz sa se vre men se paske se franse ke yo anseye ki fè ayisyen an majorite pa konn ekri ni lang pa yo ni franse Yon zanmim ap rakonte m ki jan amerikan airline ekri instriktyon ni an franse ni an kreyol li dim ke majorite ayisyen yo pa ka li ni franse ya ni kreyol la.aloske nou di ke se 2 lang sa yo ki lang ofisyel peyi ya.Mwen te genyen plis pase 50 lane ke mwen pat ka ekri ni li lang maternel mwen.eske se yon bagay ki normal?moun ki vle pitit yo aprann an franse genyen dwa mete pitit yo nan lekol kote yo aprann selman an franse men lekol ke lajan peyisan peye kom tax pou yo fonktyone dwe anseye ti moun ke paran yo pa konn pale franse an kreyol tou.ou pa ka ap fè yon ti moun monte yon kalvè poul aprann nan yon lang ke li pa pale nan peyil saa se yon non sans.Kanadyen franse ya pa aprann an espayol, Anglosaxon pa aprann an portugè. kolonisatyon an kite yon siga limen nan 2 bout ke nou pa ka fimen.se akiltiratyon saa ki fè nou pa ka antann nou pou nou fè yon pa an avan ,nap viron ron tankou yon topi an plas.me fout nou refize retire chenn lan nan tet nou.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
koze sa mwen pa kwè nap janm ka entann nou
Invité- Invité
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Le gros roseau a écrit:kote ti pwa plim yo;yo kouri devan gwo frap dr Desgraff ak dr Dejean yo.ah ah ah
Roseau,
Mwen pat janm panse ke-w te gen konpleks non. Kife la-a paske moun pa reponn sa pa vle di ke se pwa tiplim, Men non mon cher okontrer kom ene, ou pa rive konvink nou ak ti agiman 15e ak16e syek tou simpleman nou pa dako ak ou. Se pa avek Degraff ke nou pa dako non, paske yon langistik paka ta di po yo ta elimine yon lang nan yon peyi. Sa se pawol ou ak Joel ki rayi franse paske yo te mete Aristid deyo an Ayiti.
Mwen minm, non ak tit pa epatem paske nan peyi isit yo toujou ap cheche token.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
genyen yon diferans ant yon moun ki sèvi de diplom pou mystifye lot moun epi genyen bon jan syantis tou ki sèvi ak bon jan eksperyans pou fè valè opinyon yo.ou di kijan fè pou yon moun aboli yon lang nan yon peyi 'konbyen moun ki pale lang saa? ki jan fè Vietnamyen yo aboli lang saa lakay yo?
Wi mwen ak Joel ka rayi franse vre e tout ayisyen ki pa rayi franse pa kon istwa peyi yo.Mwen pap pale sou pwen de vi individyel ,map pale de sa gouvenman franse yo fè deja an ayiti ki lakoz jodya nou nan eta saa.Si wou ou renmen franse yon moun ka konpran w paske depi nan ginen neg ap trayi neg epi te genyen esklav ki te konn di met "kay nou ap boule."
epi nanpren moun ki di moun ki vle aprann franse pa genyen dwa aprann li non. ayisyen dwe aprann tout lang ke yo vle.mwen ta renmen aprann chinwa sim te genyen tan.mwen ta renmen aprann portugè tou.men mwen konnen ke lang pam lan se kreyol e se ladann ke mwen ta rnemn ke yo anseye m lè m te ti moun paske se li mwen te pale e konprann byen.
Wi mwen ak Joel ka rayi franse vre e tout ayisyen ki pa rayi franse pa kon istwa peyi yo.Mwen pap pale sou pwen de vi individyel ,map pale de sa gouvenman franse yo fè deja an ayiti ki lakoz jodya nou nan eta saa.Si wou ou renmen franse yon moun ka konpran w paske depi nan ginen neg ap trayi neg epi te genyen esklav ki te konn di met "kay nou ap boule."
epi nanpren moun ki di moun ki vle aprann franse pa genyen dwa aprann li non. ayisyen dwe aprann tout lang ke yo vle.mwen ta renmen aprann chinwa sim te genyen tan.mwen ta renmen aprann portugè tou.men mwen konnen ke lang pam lan se kreyol e se ladann ke mwen ta rnemn ke yo anseye m lè m te ti moun paske se li mwen te pale e konprann byen.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
kami a écrit:Le gros roseau a écrit:kote ti pwa plim yo;yo kouri devan gwo frap dr Desgraff ak dr Dejean yo.ah ah ah
Se pa avek Degraff ke nou pa dako non, paske yon langistik paka ta di po yo ta elimine yon lang nan yon peyi. Sa se pawol ou ak Joel ki rayi franse paske yo te mete Aristid deyo an Ayiti.
Mwen minm, non ak tit pa epatem paske nan peyi isit yo toujou ap cheche token.
KAMI;
Ki sa mwenmenm ak WOZO genyen pou l wè ak kesyon sa a?.Se yon inisyativ DE GRAFF n ap diskite.
DE GRAFF limenm anplifye ofansiv pro lang kreyòl lan ,se paske DEJAN mete yon petisyon deyò, li mande pou moun siyen petisyon pou reklame ke lekòl fèt an KREYÒL.
KAMI;
DEJAN se pa moun ki ap pale an lè non ;se misye ki te enplemante edikasyon bileng lan BANK ST COLLEGE OF EDUCATION.Se pwogram misye an ,panyòl,chinwa,RIS elt kopye lan NOUYÒK ak lòt eta lan ETAZINI.
Dr DEJAN pa mande pou yo elimine okenn lang;men misye di ke lekòl paka fèt ann AYITI an franse.Misye,depi 30 ak 40 an ap repete ,ke timoun yo dwe aprann franse tankou yon lang etranje.E ou paka di se rayi misye rayi franse ,paske li te etidye an FRANS tou ;byen ke doktora l ak tèz li se OZETAZINI li te fè yo
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Ayisyen aprann fèmen bouch yo an franse
N ap pale tèt kale, men fòk nou pa bliye aji tou!
Jisteman! si ou pot ko fè sa, ale siyen petisyon an...
http://ayiticheri.com/rebati/
Men yon ti fraz Doktè Déjean mwen renmen site paske li rezime koze a aklè :"sou ban lekòl, timoun nan peyi d Ayiti aprann fèmen bouch yo an franse".
M ap ajoute kòmantè ki mande reflechi, yon bon kanmarad ekri nan paj siyati petisyon an:
Jaf
"tout pawòl gen valè. Mèzalò, si pawòl pale se van, pawòl ekri se dokiman. Se aksyon konsekan, ki pote chanjman".

Mwen di Ayibobo pou inisyativ sila a. Anplis mwen ankouraje moun ki siyen petisyon an pou yo viv chak jou odyapazon ak lespri petisyon an. Lè n ap pwodui pou Ayisyen, fè li nan lang Kreyòl, sèl lang ki simante tout Ayisyen. Anrichi patrimwàn Kreyòl la ak liv, jounal, atik, mizik, pwezi, reklam. Menm jan gen nan moun m wè la konn tradui liv pou depatman edikasyon nan peyi etranje kote y ap viv yo, fè tradiksyon liv lekòl pou timoun lekòl Ayiti epi bay Edikasyon Nasyonal dwa gratis pou repwodui travay sa yo pou benefisye peyi a. Pa annik siyen petisyon an pou bèbèl. M ap souri paske sa fè m plezi pou wè siyati zanmi ki te konn diskite ak mwen ke l pa posib pou lekòl Ayiti fèt nan lang Kreyòl "paske pa gen liv Kreyòl pou sa". Ayisyen ki siyen petisyon sila a dwe konprann enpòtans pou yo menm tou yo aprann pale, li epi ekri Kreyòl pou yo ka rive viv pi byen ak Ayiti ak Ayisyen. Sa nan nou k viv nan peyi k pale Angle epi k pi maton nan Angle pran anpil prekosyon pou n pa p bay Franse kout wòch epi anba anba n ap bay Angle bourad, plis espas pou l ap vale teren lakay nou. Ayibobo! Ti bourik la ap mache! Dahoud Andre, www.Lakounewyork.com, Brooklyn, NY
Jaf
"tout pawòl gen valè. Mèzalò, si pawòl pale se van, pawòl ekri se dokiman. Se aksyon konsekan, ki pote chanjman".
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Jaf mete limyè pou yo.konbyen fwa yon ekolye ayisyen pa konrpann yon konsep epi li pè mande frè ya eksplikatyon paske li pa vle yo kritike l pou jan li pale franseuuuuu.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Page 2 sur 6 • 1, 2, 3, 4, 5, 6
Sujets similaires
» Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF
» Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF
» Yon kokenn travay MICHEL DE GRAFF deja fè.
» Et vous faites la promotion de Michel Martelly , de Michel francois,de Totot Con
» Yon ENTEVYOU Pwofese MICHEL DE GRAFF bay TRACES DREAMS
» Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF
» Yon kokenn travay MICHEL DE GRAFF deja fè.
» Et vous faites la promotion de Michel Martelly , de Michel francois,de Totot Con
» Yon ENTEVYOU Pwofese MICHEL DE GRAFF bay TRACES DREAMS
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 2 sur 6
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum