MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
+7
jafrikayiti
Thunder
ainsi ne soit-il
kami
revelation
Le gros roseau
Joel
11 participants
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 3 sur 6
Page 3 sur 6 • 1, 2, 3, 4, 5, 6
MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Rappel du premier message :
DE GRAFF se youn lan pi gwo lengwis sou planèt lan.Repitasyon misye entènasyonal sou zafè lengwistik.Pa gen tankou misye sou lang KREYÒL yo;sou tout lang KREYOL.
E moun ki gen pwoblèm ekri kreyòl toujou swiv òtograf misye ize an,sa ap ede nou anpil:
http://www.lenouvelliste.com/articlephp?PubID=1&ArticleID=82891&PubDate=2010-08-30

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
"Langue" fransèz la san zokun dout, u'n dè "langues" lè plu prestijyeuz o mond. Elit de nenpOrt kèl peyi (Aristokrat, Diplomat, ...) manifeste yon trè gran enterê dan laprantisaj de sèt langue.
Sèul vrè trezOr nou herite, nou anvizaje likide li.
A New-York (O Zetazuni), par exanpl, yon kantite non neglijabl de rezidan antr otr blan ameriken exprime yo san tro de mal an fransè.
"Langue" fransèz la anseye nan bon nonbr dekOl e dan pluzyeur zeta dè Zetazuni.
Yon bon paran, kèlkeswa son nivo sosyal, senskri dan la lojik ke :
Pitit li dwe frekante dexselant ekOl, e souvan, de meyèur ekOl ke "celle" paran an lwi mê'm te fèr etud li.
Paran an souwete, ti moun nan akerir le plus de konesans posibl o kour skolarite li. Ensi donk, a nivo detud ekivalan : pitit la dwe absoluman fèr "mieux" ke paran an lwi-mê'm te reusi.
Amour paran ayisyen an jeneral pour "langue" fransèz la endefektibl.
Pou Otorite yo evite sistèm edukatif ayisyen an "prend l'eau".
Leta ayisyen dwe anjandre dè refOrme a limaj dè peyi zendustriyalize frankofOn.
Resèt pou ti moun devnu de vrè "bilingue" kreyOl-Fransè:
Nou pal wè kOman nou trè familye avèk program sa a (Se ansyen sistèm edukatif ayisyen an a lidantik)
A partir de 2 zan e demi, admisyon a lekOl matèrnèl.
Pandan plu zou mwen trwa zan, pwerikultris (kOr anseyan matèrnèl plu jeneralman) e anfan dwe komunike kan fransè. Tandi ka la mezon, paran yo pa dwe lache kreyOl la yon may (l'enfant et ses parents doivent toujours s'exprimer en créole à la maison).
Bezwen humen ======>kOr anseyan matèrnèl dwe enperativman parle koura'mman le fransè.
Materyèl pedagojik duzaj ekri an fransè
Lè 6 zane fondamantal (primèr) :
Mê'm topo a dwe obsèrve (a lekOl ti moun nan ap tande, parle e ekri yon sèul "langue" fransè pour answit parle e ekoute, ... an kreyOl a la mezon).
Bezwen humen ======> Enstitutèur yo a se nivo dwe parle e ekri remarkableman le fransè.
Materyèl pedagojik duzaj ekri an fransè.
Lè 6 w 7 ane segondèr :
Fransè pi rèd nan lekOl nou yo e a la mezon kreyol pran kay la !!!
Mè, dè la sizyèm (premyèr ane segondèr) nou dwe ofri ti moun yo posibilite pou yo aprandr dotr langue :
Anglè =======> parle + ekri
EspanyOl ====> parle + ekri
KreyOl ======> ekri
°
°
°
A la sOrti, metOd sa a ap mete tout moun dakOr !!!
Tout ayisyen ki âje jodia de plu de 6 zan pap kapabl rantre nan kadr projè ke nou propoze plu ho a. Nou dwe prevwar yon "voie" entèrmedyèr (yon plan B an kèlke sOrt).
Amoph

Amoph- Star
-
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Le nou te piti, paran nou te toujou di ke lang kreyol la se yon "patwa" ke nou kap palé antrenou. Nou te toujou pale'l men nou pat jamb ekwi'l souvan.Joel di: Dr DEJAN pa mande pou yo elimine okenn lang;men misye di ke lekòl paka fèt ann AYITI an franse.Misye,depi 30 ak 40 an ap repete ,ke timoun yo dwe aprann franse tankou yon lang etranje
Men le nou nan lakou lekol, e nan salon, par respe e politess yo te toujou di nou ke se an franse pou nou addresse granmoun!
An nou remesyé Bondye deske nou tout sou forum nan, nou recevwa yon edikasyon nou an bon Franse kom premye lang nou.
Edikasyon an Franse nou yo kom Ayisyen pran premye prix e pat kanmarad lot edikasyon peyi Frankofonn yo nan Karayb la e an Afrik.
Franse profese Ayisyen nou yo e system pedagojik edikasyon Ayisyen yo te fe mervey an Afrik.
Se kreyolo-fou yo ki vle itilize kreyol la kom yon zamm revolitione sou pretex ke pitit pep la pakab pale franse. Se yon mank degard saa!!
Nou vle rejete yon lang ke nou konnen deja, e prive pep la pran avantaj memm jan ak nou sou pretex ke lang saa se yon lang kolon, se yon lang madichon!
Pedagojikman palan lang nou pale a e ke nou rele kreyol la se "Ayisyen" pou yo rele'l memm jan ak lot lang franse, italyen, anglais, Almand, Panyol etc.. Paske nou pakab rele'l kreyol. Paske li pap an iniformite avek lot kreyol ke yo pale nan karayb la e lot kote.
Mande Michel Degraff, Dejean, Joel, Roseau, Jaff etc.. pou yo chita e syntaxé e gramatizé e reglé lang "Ayisyen" an pou yo fe'l pedagojikman akseptab a edikasyon pep la e mande kominote international la axsepte'l kom lang Ayisyen.
Si se pa sa, anpil moun nan pep la pap vle ke piti yo edike an "kreyol ke kiltirelman nou te konsidere kom yon "patwa".
Komanse pa konvink e chanje mantalité pep la dabo avan ke nou komanse depanse lajan nou nan yon edikasyon ki kap kweyé konfizyon nan lespri pep la e ba nou plis pwoblem devan.
Lelite la ak klass mwayenn nan ap kontinye edikasyon pitit yo an "franse" e nou pakab fosse yo pou yo resevwa'l an kreyol.
Si nan 20 a 50 an pep la nan fenwa toujou pa vinn di ke se diskriminasyon e rasism!!
Se nou memm aktivist revolisyone ki vle satisfe ego nou e itilize piti pep la kom cobalt.
Zafe di ke timoun pe pale e addresse professe yo an franse se yon problem sosyal e sikolojik nan sosyete a!!
Sa pa gen enyen pou we ak lang nan paske se yon lang kolon!
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
si gran moun lakay w te konn di w sa men se pa tout manman ak papa ki te kon di pitit yo pou yo meprise lang ke yo pale ya.o my lord have mercy on revelatyon's soul ;they brainwashed the poor guy since his chilhood.ah ah ah ki jan fè pou manman ak papa nou te ka mande pou nou adrese yo an franseuu si ni yo ni nou pat pale franseuuuu?wi mwen te konn pè pose frè yo kestyon paske premyeman mwen pat konnen ki jan pou mwen te fòmile kestyon an byen an franse e mwen te pè pou yo pat kritike mwen .pafwa menm si w genyen odas pou pose kestyon an malman frè ya li menm li meprise w kom yon ka pèdi paske li pa konprann kestyon w pose ya paske nou tou 2 pa pale menm lang.Le w enerve twop li fout ou anpil kalot pou kitel an repo.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Amoph mwen pa janm tande Hilary clinton ni presidan Obama di yon mo franseuu poutan se chak jou ou tande Sakorzy ki ap pale angle.ki lang ki prestijye konsa ?nan tet ki moun li prestijye konsa?nan tet francofou yo.mwen pa janm tande prince charles ni reine d'angleterre ap eksprime l an franseuu non.Chanselye almand non plis ni RWA d'espagne la non plis.Mwen pa kwe Ben ki moon ni bill clinton pale franseuu.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Ou fè fot Roseau
elizabeth 2 pale franse tou
elizabeth 2 pale franse tou
Invité- Invité
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Le gros Roseau a écrit:
Wi Roseau ou gin rezon, mwen pa rayi franse paske franse pa fèm anyin, min mwen rayi sa yo te fè zansèt yo, jan yo te soufri kom esklav, mwen rayi ak kriminel yo anver esklav yo pandan yo te kolonize Ayiti; e jus jounin joudiya mwen regret ke gouvenman ayisyen te peye la frans pou dindependans Ayiti; zansèt nou yo te peye pou indepandans nou avek san yo. Mwen rayi, deteste akt yo min mwen toujou rete poli e trete franse avek respè.
Si wou ou renmen franse yon moun ka konpran w paske depi nan ginen neg ap trayi neg epi te genyen esklav ki te konn di met "kay nou ap boule."
Wi Roseau ou gin rezon, mwen pa rayi franse paske franse pa fèm anyin, min mwen rayi sa yo te fè zansèt yo, jan yo te soufri kom esklav, mwen rayi ak kriminel yo anver esklav yo pandan yo te kolonize Ayiti; e jus jounin joudiya mwen regret ke gouvenman ayisyen te peye la frans pou dindependans Ayiti; zansèt nou yo te peye pou indepandans nou avek san yo. Mwen rayi, deteste akt yo min mwen toujou rete poli e trete franse avek respè.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Eske yo yo trete peyi w ak presidan w ak respè?eske genyen yon ayisyen ki ta ka ale nan residans jacques chirac tankou Regis Debray te fè ya poul di Aristide yap assasinen w poul te kraponnnen Aristide ki te mande pou yo remet lajan ke yo te eskroke nan men Boyer ya?
bon ki mele peyisan ayisyen ke franse ta vrèman prestijye tankou yon malerez te di mwen te kwè se yon byè ki rele prestij lè yon moun tap pale l de prestij lang franse.(lol)
bon ki mele peyisan ayisyen ke franse ta vrèman prestijye tankou yon malerez te di mwen te kwè se yon byè ki rele prestij lè yon moun tap pale l de prestij lang franse.(lol)
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
La Frans rete pi bon zanmi ayiti.
Mesie, manyè li sa a avan nou koumanse pale La Frans mal.
Haïti - France : 250 étudiants boursier prêt à partir
Annou di ansanm e 1000 fwa, Mèsi Sarkozy.
Mesie, manyè li sa a avan nou koumanse pale La Frans mal.
Haïti - France : 250 étudiants boursier prêt à partir
Annou di ansanm e 1000 fwa, Mèsi Sarkozy.
Invité- Invité
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
[b]Amòph ,mwen kwè w ap viv an FRANS .Ou di ke Franse gen prestij OZETAZINI ,se pa sa?
PREMYÈMAN ,gen plis moun ki pale KREYÒL OZETAZINI ke franse.Lan pi fò biwo LETA lan Eta NOUYÒK yo genyen entèpretè KREYÒL.
Tout lwa ETA NOUYÒK ,MASACHOUSETS,FLORIDA deja an KREYÒL.Se yon pil ak yon pakèt wi.
E si w ap pale de materyèl pedagojik ;""GOOGLE"" GLENCOE MACGRAW HILL.W ap jwenn ,MATEMATIK de matènèl a TÈMINAL;""SCIENCE"",""LIFE SCIENCE"",an kreyòl.Se materyèl pou edikasyon bileng lan
Mesye ,nou pèdi pari an ,lè gen yon gouvènman serye ,nou pa menm bezwen fè diskisyon sa ankò
PREMYÈMAN ,gen plis moun ki pale KREYÒL OZETAZINI ke franse.Lan pi fò biwo LETA lan Eta NOUYÒK yo genyen entèpretè KREYÒL.
Tout lwa ETA NOUYÒK ,MASACHOUSETS,FLORIDA deja an KREYÒL.Se yon pil ak yon pakèt wi.
E si w ap pale de materyèl pedagojik ;""GOOGLE"" GLENCOE MACGRAW HILL.W ap jwenn ,MATEMATIK de matènèl a TÈMINAL;""SCIENCE"",""LIFE SCIENCE"",an kreyòl.Se materyèl pou edikasyon bileng lan
Mesye ,nou pèdi pari an ,lè gen yon gouvènman serye ,nou pa menm bezwen fè diskisyon sa ankò
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Si se pou sa poum di Sakorzy mèsi e byen mon chè se pa nan bouch mwen lap jwen mèsi saa.Lè ma tande l deklare ak bouch li ke se abi la frans te fè ayisyen e ke la frans ap remet kob la menm si se nan 20 lane chak ane li ap ba nou en pe lè saa vre map di Sakorzy yon gwo mèsi.menm si mwen pap janm yo frankofou.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Le gros roseau a écrit:Si se pou sa poum di Sakorzy mèsi e byen mon chè se pa nan bouch mwen lap jwen mèsi saa.Lè ma tande l deklare ak bouch li ke se abi la frans te fè ayisyen e ke la frans ap remet kob la menm si se nan 20 lane chak ane li ap ba nou en pe lè saa vre map di Sakorzy yon gwo mèsi.menm si mwen pap janm yo frankofou.
Rozo,
Se pa ou ki tap fè'm sa.
Pandan Kanada ap volè pwofesyonèl nou yo, La Frans ap fome yo pou nou gratis ti cheri.
Monchè, edikasyon se pi gwo kado ou ka bay yon moun.
Kanpe bo kote mwen pou di Sarkozy yon gwo mèsi.
Invité- Invité
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Le gros roseau a écrit:Wi mwen ak Joel ka rayi franse vre e tout ayisyen ki pa rayi franse pa kon istwa peyi yo.Mwen pap pale sou pwen de vi individyel ,map pale de sa gouvenman franse yo fè deja an ayiti ki lakoz jodya nou nan eta saa.Si wou ou renmen franse yon moun ka konpran w paske depi nan ginen neg ap trayi neg epi te genyen esklav ki te konn di met "kay nou ap boule."
epi nanpren moun ki di moun ki vle aprann franse pa genyen dwa aprann li non. ayisyen dwe aprann tout lang ke yo vle.mwen ta renmen aprann chinwa sim te genyen tan.mwen ta renmen aprann portugè tou.men mwen konnen ke lang pam lan se kreyol e se ladann ke mwen ta rnemn ke yo anseye m lè m te ti moun paske se li mwen te pale e konprann byen.
Si tout moun te panse konsa, kijan lemond t ap ye? Ki peyi ki pa genyen eskèlèt sere anba kabann yo? kisa Dominiken t a di pou Ayisyen? Kisa Ayisyen ta di pou Dominiken tou?
Mwen ap toujou pwoteje yon moun kèlkeswa nasyonalite yo, Franse ou pa, si lavi yon moun an danje, m ap fè tout posib mwen pou l pwoteje l, menm si se yo Ayisyen parèy mwen ki ta sòti pou l fè yon zak kriminèl sou moun sa a . Li lè pou nou retire la haine sa a nan kè nou kont tout yon pèp, sa pa genyen lòt non ke rasism.
Mwen konprann ke nou gen dwa pa renmen Lafrans paske yo te di Compadre Tutus ke yo p ap ba li sekirite lè li t ap rele "vini vit" lan, men mwen si ke nou pat genyen menm rega a anvè Lafrans an 1991-1994. Epi nou mete kwonoloji evenman yo a lanvè. Se apre ke Lafrans te apiye Ameriken ki te di ke seleksyon 2000 yo te genyen koken ke Compadre Tutus te gen tan sonje ke Ayiti te peye Lafrans, men lè li t ap fwote moustach ak Jean Raphael Dufour an 1991-94, li te bliye ke se te menm Lafrans sa a ke Ayiti te peye an?
...Brèf! se te jis yon parantèz
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Joel a écrit:[b]Tonnè fout!
Se sa k fè mwwen rayi fè kwelkeswa echanj lan ak ou.Ki kote KREYÒL te sòti an FRANS lan ?
Panyòl,Pòtigè,Italyen,Franse gen baz yo lan LATEN ;se menm lang yo ,yo ye?
Se lang ki transfòme lan jiwon ,lan nannan kote diferan pèp yo ta p viv.
Annou pran lang franse an ,li a baz Laten ,men li gen mo SELTIK ladann pa egzanp.Lan mo LOUP GAROU an pa egzanp ;mo GAROU an se yon mo SELTIK li ye;yon mo ki vle di ""transfòmasyon""
Pou KREYÒL ta yon lang franse ;eske si w al an FRANS kelkeswa kote lan EKZAGÒN lan w al pale KREYÒL;y ap konprann ou?
TONNÈ!
Kalme w ti kòk! ...Pa genyen rezon pou tout move san sa yo la a.
Ban m refòmile sa ke mwen vle di w lan, paske w sanble pa konprann. Eske Kreyòl te pran nesans an Ayiti, sinon ki kote? E se ki moun ki enpòte l an Ayiti?
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Thunder
mwen byen di mwen pap pale sou yon plan individyel;se vle di mwen pa ka rayi yon franse ki pat genyen anyen pou wè ak desisyon ke charles X te pran an,ni desisyon ke Jacques Chirac ak de villepin te pran an.men tou pwoverb ayisyen an di bay kou bliye pote mak sonje.nanpren moun ki ap fè m chante "La marseillaise" non.Si wou ou vle chante l se dwa w men ou pa ka vle impose volonte w sou moun ki pa vle adore la frans.
se moun bet selman ki ka rayi moun sou baz rasyal nan tan modern saa.nanpren ras sou la tè,se yon konsep ke iyoran lontan te konn mete devan pou ba tet yo valè ke yo pa genyen.Genyen moun mechan nan tout ethni.tankou genyen bon moun tou nan tout etni.mwen sonje yon teks ke Pierre Clitandre te ekri kote li tap repwoche swa disan ofisye nwa parey li yo ki tap maltrete l nan Casernes dessalines apre ke yo te finn touye papal.Li te di yo se pa milat ki touye papam.alò zafè asosyem ak mo rasis la ou met bliye sa.Ou pa ka fem soufri amnesie non pli poum bliye listwa esklavaj la ki pi gran krim ki komet nan limanite.pou genyen padon fok genyen konfesyon o mwen .or non selman pa genyen konfesyon men opresè yo kontinye ap banm kout fwet toujou de tan zan tan depi enterè yo menase.yo vle se pou esklavaj modern lan toujou rete an ayiti.Alò ou pa ka kont mwen sim revolte.Mwen pa nan zafè Aristide ankò depi lontan .Arsitide ka genyen kalite li men li pat ka yon revolutyonè, or se sel yon revolutyon ki pou retire pep ayisyen anba iyorans, anba maladi, anba grangou kloroks,anba viv nan salte.mwen se sa map defann ,mwen pa nan defann Aristide ki te dwe konnen lè w an afè ak bet sovaj ou mete baryè ant wou e yo.

Mwen wè gen nèg ki vle di SARKOZY mèsi ,pase l ap bay 200 a 400 bous detid?
ADYE WIDAN!
Si pou yo ta di SARKOZY mèsi e FERNANDEZ se yon stati pou yo ta fè pou li;paske misye ap bati yon INIVÈSITE lan NÒ an ki pral genyen 10 mil etidyan e ki ap koute gouvènman l lan 40 milyon dola.
Tankou JAF renmen di ,FRANS pa t bezwen mete chenn lan pye nou ankò;paske li pi difisil pou w kase chenn lan tèt lan ke chenn lan pye.
ADYE WIDAN!
Si pou yo ta di SARKOZY mèsi e FERNANDEZ se yon stati pou yo ta fè pou li;paske misye ap bati yon INIVÈSITE lan NÒ an ki pral genyen 10 mil etidyan e ki ap koute gouvènman l lan 40 milyon dola.
Tankou JAF renmen di ,FRANS pa t bezwen mete chenn lan pye nou ankò;paske li pi difisil pou w kase chenn lan tèt lan ke chenn lan pye.
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Ala kote moun ka tande koze!
Sou menm lojik konpatriyòt ki rekonesan devan Lafrans yo, mwenmenm, mwen mande pou nou pote yon bouke flè rekonesans devan Michèle Bennett ak Jean-Claude Duvalier, paske yo te abitye fè viwonn lavil Pòtoprens ap voye sache ranpli ak goud ladan yo...Mwen sonje kijan yon malere manke pèdi lavi li nan twouregou devan lakay la, yon jou kote koup prezidansyèl avi a t ap manifeste jenewozite li pou pèp yo renmen an. Li lojik tou wi, se nan peyi Lafrans pitit tig la al geri bosko li.
kanta pou kanmarad ki deside l ap ekri kreyol la tankou se M. Zuzu T. Eddy Dupiton ki te monte alfabè a, m ap mande li souple fè yon ti efò 30 minit pou li aprann òtograf ofisyèl lang nan ki tabli depi 1980.
http://www.kreyol.org/aprann.html
Se yon fenomèn ki grav anpil pou ou wè ki jan anpil nèg refize respekte keseswa konvansyon, lwa, règleman - toutotan se pa "blan" ki di yo se pou yo respekte li. Epitou ki te mele mwen rèn angletè pale franse? Sa sa gen arevwa ak noumenm? Pou jan moun sa yo ap viv nan Burkinham Palace depi plizyè syèk, si yo chak pa pale 26 lang, se parese ki nan kò yo. Se yon ekip parazit ki pa janm leve ni lou, ni lejè tout lavi yo.
Si nou gen pou nou pran ekzanp sou moun ki gen merit pale anpil lang, mwen envite nou ale Little Haiti nan Miami pou nou rankontre yon kantite konpatriyòt, ki leve nan sistèm tèt bòbèch lakay la, kote yo elve yo po you konplekse devan lang manman yo montre yo depi nan vant lan. Si yo te gen pòtinite pase sou ban lekòl, yo pèdi yon pakèt ane nan lavi yo nan konfizyon paske sou ban lekòl yo te vle montre yo listwa blan yo ann Ayiti - an franse, yo te vle aprann yo matematik an franse....Lè yon jou yo monte batiman yo ale chwa Bahamas, yo pa pale lang moun yo, yo degaje yo jouk yo jwenn opòtinite pran yon lòt bato lage yo Miami....Nan mitan yon pil moun k ap pale angle ak panyòl, yo demele yo jan yo konnen. Yo fè vye dyòb sou vye dyòb, yo kabre ajan imigrasyon, yo dejwe trayizon "move konpatriyòt patekwè" ki te twò pare pou vann yo bay imigrasyon - sou pretèks yo pa kanmarad botpipòt - paske yomenm yo se "planepeople" - e ben se savan sa yo ki merite respè pou kantite lang yo reyisi aprann nan kondisyon difisil.
Mèzalò pou kisa plizyè jenerasyon sètoblije ap monte menm maswife sa a? Si nou reprann bonnanj nou, yon Ayisyen pap bezwen pase tout peripesi sa yo pou li aprann kominike, pou li aprann devlope lakonesans nan tout kalite domèn.
Lè nou aprann devlope sèvo nou onivo syantifik - premyèman apati lang NOUT TOUT nou metrize a, lang ki prezan toutpatou nan reyalite lavi nasyon an, lè sa a, non sèlman l ap pran nou mwens tan pou nou aprann keseswa syans li ye a, keseswa nouvo lang li ye a... men tou nou va sispann parèt bègwè osnon bèkèkè tandiske se yon senp kesyon lang ki pou rezoud alabaz.
Si yo te ekzije tout ti japonè pase premye ane lekòl yo ak pwofesè k ap mamote an Zulu - ou kwè se sòt yo ta parèt sòt - jouk yomenm menm yo ta rive kwè yo sòt vre?
Jaf

jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Nou remake ke se la virond ke Roseau ap pede fe tout jounen byen ke yo bali repons yo deja nan plizye post.Roseau di:ki jan fè pou manman ak papa nou te ka mande pou nou adrese yo an franseuu si ni yo ni nou pat pale franseuuuu?
Amoph, Colocolo, Jaf etc.. di ke se yon fierte pou peyizan le li tande pitit li kap pale franse memm si li pa konprand byen.
Tout moun peyizan ou pa ta toujou renmen we ke pitit soti siperye a yo memm. Sa montre ke yo pa travay pou granmesi, pitit yo pran grad nan sosiyete a.
Dr. Duvalier te konn bay pitit Makout yo bourse d'etude pou al an France ou byen an Belgique. Makout a sa yo, sete yon fierte pou yo pou tande pitit yo kap pale franse le pitit yo retounnen an Ayiti. Yo te konnen mennen pitit yo nan salon palais jou fet pou Duvalier sa tande pitit Makout kap pale bon franse.
Prezidan te emerveye, li te kontan,li bayo la jan e pafwa post diplomatik, li toujou di ke pitit pep la retounen lakay avek yon "butin" ki rand la france jaloux.
Jan Jaf di a Ayisyen adapte'l tout kote!
Si'l rivé Bahamas, lap palé anglé,
Si'l rivé St. Domingue, lap palé panyol,
Si'l travesé Martinique lap debrouye yo an franse.
Si nou mete yo chita sou ban lekol an Ayiti, wap gen opotinite pale tout lang sa yo tou!!
Il sifi ke nou reforme system edikasyon peyi a mete yo nan yon environman akademik e vokasyon profesyonel.
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
JAF
Mesyedam ki refize respekte òtograf ofisyèl lan;se ekspre yo fè.Se derespekte yo vle derespekte lang lan.
Menm mesyedam sa yo ,si yon moun ta ekri kèk fraz an franse e li ta gen malè fè kèk fot òtograf ou byen gramè;y ap pase l lan betiz.
Mesyedam ki refize respekte òtograf ofisyèl lan;se ekspre yo fè.Se derespekte yo vle derespekte lang lan.
Menm mesyedam sa yo ,si yon moun ta ekri kèk fraz an franse e li ta gen malè fè kèk fot òtograf ou byen gramè;y ap pase l lan betiz.
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Joel a écrit:JAF
Mesyedam ki refize respekte òtograf ofisyèl lan;se ekspre yo fè.Se derespekte yo vle derespekte lang lan.
Menm mesyedam sa yo ,si yon moun ta ekri kèk fraz an franse e li ta gen malè fè kèk fot òtograf ou byen gramè;y ap pase l lan betiz.
Mwen pa janm we sa fet sou fowom nan, peson pa janm ri vye franse pakotim nan.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Rev
mwen ap fèmen diskisyon saa paske san ke mwen pap manke w dega men pou mwen ni je w ni zorey w fèmen otomatikman menm si w pa vle fè sa pou pa konprann sa ke mwen ekri.Mwen pale de akiltiratyon ki genyen an ayiti sa vle di yon paket moun ki ap imite sa yon lot moun genyen lakay yo o lye yo apresye sa ki pa yo.Ki jan pou abitan an pa ta kontan tande pitit li ki ap pale franse si sosyete kote li ap viv rekonet ke se moun ki pale franse yo selman ki moun?
men eske w kwè ke li ta panse menm jan si li tap viv nan yon peyi tankou Vietnam?Kote genyen dirijan ki pragmatik e ki fyè de lang yo de kilti yo eki pa mystifikatè ki ap fè demagoji pou fè moun kwè ke li se menm moun ak yo tandiske li pa fè anyen pou retire yo nan maladi, iyorans, todi, grangou kloroks,injistis, chomaj etc.Mwen konnen se tanm map pèdi ak ou paske nou pap defann menm koz.
mwen ap fèmen diskisyon saa paske san ke mwen pap manke w dega men pou mwen ni je w ni zorey w fèmen otomatikman menm si w pa vle fè sa pou pa konprann sa ke mwen ekri.Mwen pale de akiltiratyon ki genyen an ayiti sa vle di yon paket moun ki ap imite sa yon lot moun genyen lakay yo o lye yo apresye sa ki pa yo.Ki jan pou abitan an pa ta kontan tande pitit li ki ap pale franse si sosyete kote li ap viv rekonet ke se moun ki pale franse yo selman ki moun?
men eske w kwè ke li ta panse menm jan si li tap viv nan yon peyi tankou Vietnam?Kote genyen dirijan ki pragmatik e ki fyè de lang yo de kilti yo eki pa mystifikatè ki ap fè demagoji pou fè moun kwè ke li se menm moun ak yo tandiske li pa fè anyen pou retire yo nan maladi, iyorans, todi, grangou kloroks,injistis, chomaj etc.Mwen konnen se tanm map pèdi ak ou paske nou pap defann menm koz.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
kanta pou kanmarad ki deside l ap ekri kreyol la tankou se M. Zuzu T. Eddy Dupiton ki te monte alfabè a, m ap mande li souple fè yon ti efò 30 minit pou li aprann òtograf ofisyèl lang nan ki tabli depi 1980.
Jaf ak Joel,
Sa Jaf ekri a fè m ri anpil, paske lan epòk koudeta Cedras lan, mwen te wè Senatè DUPUTON lan yon entèvyou lan CNN kap pale kreyòl pwentu.
Mwen te mande m eske nèg saa serye ou si li se komedyen.
Mwen tèlman ri, mwen manke toufe.
Gen kèk tan mwen jennen avèk pwoblem saa e mwen ta p chèche yon jan poum fè remak saa san m pa ofanse nèg lan. Men mwen kwè ke mesaj lan pase san derespekte pèsonn.
Mwen dakò tou ke se yon rezistans a règ lang nou an ke nèg pa vle aksepte vokabilè ak gramè ki deja tabli e aktif lan kominikasyon ant ayisyen.
Lan ka saa, li ta preferab yon moun ekri an franse kareman, paske li pi fasil pou lòt moun konprann franse olye wa p eseye dechifre yon tèks ki andeyò yon konvensyon.

Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Bon mesye mwen dakò ak nou,men se sa ke mwen tap eseye fè yon fwa ak franse tou byen ke mwen pa maton nan lang franse ya tou men mwen panse li pi fasil pou fè moun lan wè erè li si li se moun ki konprann chak fwa li fè yon erè ou montre l se pa konsa yo ekri tel mo pase apre yon moun kite lekol lontan li pa fasil pou li al chita ap aprann syntaks yon lang ankò,men si chak fwa li ekri ou dil jantiman li ta preferab ke w ekri mo sa fason saa pou tout moun ka konprann saw vle di mwen kwè ke metod saa ta pi bon.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU
Le roseau mon ami, gen gwo diferans ant yon moun ki pa sèten ki jan pou li ekri yon fraz, ak yon moun ki pa sou sa.
Gen yon pyès Sixto fè sou do konpè Jeneral Solèy (Jacques Stephen ALexis) - yon Ayisyen respektab epi respekte. Mwen pran ekzanp sa a ekspre, paske Alexis se yon nonm mwen admire pou kouraj li epi gran kalite entèlektyèl li. Men, Sixto fè nou remake ki jan misye te sibi enfliyans epòk li, ki lakòz li te adopte atitid tradisyonèl politisyen k ap pale yon langaj teyatral. Nan pyès Sixto a ki pote tit "Jeneral Ti Kòk", gen yon ti gason ki di Mèt Alexis "Mèt si se baRto ki te mennen ou an, ou ap tanDRR, henben, li paRti!". Nan finisman pyès la, se yon peyizan (Jal ti Kòk) ki ede nou konprann sa Sixto t ap fè nou wè nan pyès la, kote Peyizan an mande Alexis gras pou kantite pwèm ak pawòl van li layite sou li - poutèt yon chwal li te bezwen mande prete. Peyizan an di se tout jimnastik initil sa yo mesye nou yo abitye fè lè pou yo ale prete yon lajan nan non peyi a, ki lakòz anyen pa janm regle, ni anyen pap janm regle tou. Nou ka ajoute, se nan pale "pwentu" Mèt la, li te pèdi okazyon "baRRto" a tou. Orezime, gen diferan nivo leson nan ti bout pyès sa a.
Estil komik Sixto adopte a enpòtan anpil paske toutotan nou pa ekspoze aspè ridikil ki makonnen ak konpòtman moun k ap pete tèt yo, nan chanje vwa, chanje fòm bouch yo pou yo pale tankou zòt dekwa pou yo mistifye konpatriyòt menm plim menm plimaj ak yo - se yon espektak k ap kontinye ridikile tout yon nasyon epi - n ap kontinye gaspiye tan ak enèji nan kafou tenten.
Gade kisa konpatriyòt la te ekri nan mesaj li a "Elit de nenpOrt kèl peyi (Aristokrat, Diplomat, ...) manifeste yon trè gran enterê dan laprantisaj de sèt langue".
Mezanmi, nan ki peyi sou planèt la, nou abitye tande kalite kreyòl sa a! "dans l'apprentissage de cette langue"!? Se pousa wi Beethova di, "sa a dim sa du pou di!".

jaf
se sak fè anpil nan yo di w ke w pa ka di ou ekri nenpot bagay an kreyol paske yo se yon bann snob ki refize pale lang kreyol la byen.Komsi si yo pale kreyol la byen san ke yo pa foure 2 mo franseuu sa fè yo pa zintelektyel .Mwen pa sonje ki moun ki te ekri sa yon fwa :Ki kalite kreyol rek saa wap vinn ekri la.?"Mwen te blije mande l si genyen 2 kreyol :yon kreyol rek ak yon kreyol fransise..Mon chè Sixto pat yon sosyolog ni psykolog men ke vyej pete je m li te konn peyi ya byen wi.
se sak fè anpil nan yo di w ke w pa ka di ou ekri nenpot bagay an kreyol paske yo se yon bann snob ki refize pale lang kreyol la byen.Komsi si yo pale kreyol la byen san ke yo pa foure 2 mo franseuu sa fè yo pa zintelektyel .Mwen pa sonje ki moun ki te ekri sa yon fwa :Ki kalite kreyol rek saa wap vinn ekri la.?"Mwen te blije mande l si genyen 2 kreyol :yon kreyol rek ak yon kreyol fransise..Mon chè Sixto pat yon sosyolog ni psykolog men ke vyej pete je m li te konn peyi ya byen wi.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Page 3 sur 6 • 1, 2, 3, 4, 5, 6
Sujets similaires
» Yon Ewo ki rele MICHEL DE GRAFF
» Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF
» Yon kokenn travay MICHEL DE GRAFF deja fè.
» Et vous faites la promotion de Michel Martelly , de Michel francois,de Totot Con
» Yon ENTEVYOU Pwofese MICHEL DE GRAFF bay TRACES DREAMS
» Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF
» Yon kokenn travay MICHEL DE GRAFF deja fè.
» Et vous faites la promotion de Michel Martelly , de Michel francois,de Totot Con
» Yon ENTEVYOU Pwofese MICHEL DE GRAFF bay TRACES DREAMS
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 3 sur 6
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum